Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l mèsi tou lè n'ap lapriyè. Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l, bagay lèzòm pa ka konprann. La kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri.
Men ou menm, lè w'ap lapriyè, antre nan chanm ou. Fèmen pòt ou. Lapriyè Papa ou ki la pou kont li avè ou. Konsa, Papa ou menm ki wè sa ou fè an sekrè a, se li ki va ba ou rekonpans ou.
Se pou kè nou toujou kontan. Pa janm sispann lapriyè. Di Bondye mèsi pou tout bagay. Se sa Bondye mande nou, nou menm ki mete konfyans nou nan Jezikri.
Tou sa n'a mande nan non mwen, m'a fè l' pou nou pou Pitit la ka wè pouvwa Papa a. (Nenpòt kisa n'a mande nan non m, m'a fè l pou nou.)
— Mande, y'a ban nou. Chache, n'a jwenn. Frape, y'a louvri pou nou. Paske, nenpòt moun ki mande va resevwa. Moun ki chache va jwenn. Y'a louvri pou moun ki frape.
Se pou nou konfese peche nou yo yonn bay lòt. Se pou yonn lapriyè pou lòt, pou nou kapab geri. Lè yon moun ap viv dwat devan Bondye, lapriyè moun sa a gen anpil pouvwa.
Se poutèt sa kè nou pa sote devan Bondye. Nou konnen l'ap koute nou si nou mande l kichòy ki dakò ak volonte li. Konsa, non sèlman nou konnen l'ap koute nou lè nou fè l yon demann, men nou konnen tou l'ap ban nou sa nou mande l la.
Pandan n'ap tann lan, fè kè n kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè.
Pandan n'ap fè tou sa, pa janm bliye lapriyè. Mande Bondye konkou li. Lapriyè nan tout sikonstans avèk pouvwa Sentespri a. Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, kenbe fèm nan sa n'ap fè a. Lapriyè pou tout pèp Bondye a.
Paske, Bondye veye sou moun k'ap mache dwat devan li. Li tande yo lè y'ap lapriyè nan pye l. Men, l'ap vire do bay moun k'ap fè sa ki mal.
(4) Chak maten ou tande vwa m. Kou solèy leve, mwen mete lapriyè m devan ou. M'ap tann ou reponn mwen.
(7) Nan mizè mwen te ye a, mwen rele nan pye Senyè a. Mwen mande Bondye m lan sekou. Kote l chita lakay li a, li tande vwa mwen, rèl mwen rive jouk nan zòrèy li.
Lè mechan yo ap lapriyè, Senyè a pa sou bò yo. Men, li pare zòrèy li pou l koute sa moun ki mache dwat yo ap di l.
Pa janm sispann lapriyè. Pa kite dòmi pran nou. Toujou chonje lapriyè pou di Bondye mèsi.
Pa kite dòmi pran nou, tande. Lapriyè pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men kò nou fèb.
Yo tout te ansanm. Yo te toujou reyini pou yo lapriyè. Medam yo te la tou ansanm ak Mari, manman Jezi, ak frè li yo tou.
Se konsa tou, Lespri Bondye a vin ede nou, atout nou fèb la, paske nou pa konnen kisa pou n mande lè n'ap lapriyè, ni ki jan pou nou lapriyè. Men, se Lespri Bondye a menm k'ap lapriyè Bondye pou nou. L'ap pouse gwo soupi moun pa ka esplike.
Tou sa n'a mande l, l'a ban nou l, paske nou menm nou fè tou sa li mande nou, nou fè sa ki fè l plezi.
Men Bondye te koute sa m t'ap di l la, li te tande m lè m t'ap lapriyè. Chante pouvwa Bondye! Fè gwo fèt pou fè lwanj li! Lwanj pou Bondye! Mèsi Bondye! Ou pat kite m lapriyè pou gremesi. Ou pat refize fè m wè jan ou gen bon kè.
Se poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fòtèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite.
Se pou lapriyè m moute devan ou tankou lansan y'ap boule pou ou a! Wi, se pou lè m leve men m pou m lapriyè, se tankou ofrann yo fè pou ou chak swa a.
Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremesi. Men, se pou li mande ak konfyans, san l pa gen doutans. Paske, moun ki gen doutans, li tankou lanm lanmè van ap boulvèse.
Jezi rakonte yo parabòl sa a pou l te moutre yo nesesite pou yo toujou lapriyè san yo pa janm dekouraje:
(2) Mwen te mete tout espwa m nan Senyè a. Li te panche zòrèy li bò kote m, li te tande m lè m t'ap rele.
Yo pase tout tan yo ap koute sa apòt yo t'ap moutre yo, yo t'ap viv ansanm tankou frè yonn ak lòt, yo reyini pou separe pen an bay tout moun, epi yo t'ap lapriyè.
Senyè, ala bon ou bon! Ou padonnen peche nou yo. Ou p'ap janm sispann renmen moun k'ap rele non ou. Senyè, koute m non lè m'ap lapriyè! Tande m non lè m'ap rele mande sekou! Lè m nan tray, se ou menm mwen rele, paske ou toujou reponn mwen.
(2) Lè m rele ou, reponn mwen non, Bondye, ou menm k'ap fè m jistis! Lè m te nan tèt chaje, ou te vin ede m. Gen pitye pou mwen. Koute lapriyè mwen.
Rele m, m'a reponn ou. M'a fè ou konnen yon bann gwo bagay, yon bann mèvèy ou pat janm konnen.
lè sa a si pèp ki pote non m lan lapriyè nan pye m, si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache m ankò, si yo vire do bay vye peche yo t'ap fè yo, m'ap tande yo nan syèl kote m ye a, m'ap padonnen peche yo, m'ap fè peyi a kanpe ankò.
Anvan menm yo fin lapriyè, m'ap gentan reponn yo. Anvan menm yo fèmen bouch yo, m'ap gentan ba yo sa yo mande a.
Nou konnen pèsonn pa ka fè Bondye plezi si li pa gen konfyans nan Bondye. Moun ki vle pwoche bò kote Bondye, se pou yo kwè gen yon Bondye, yon Bondye k'ap rekonpanse tout moun k'ap chache li.
Pwoche bò kote Bondye, Bondye va pwoche bò kote nou tou. Nou menm k'ap fè peche, lave men nou. Netwaye kè nou, nou menm k'ap woule de bò.
Tout lwanj lan se pou Bondye. Paske, ak pouvwa k'ap travay nan nou an, li kapab fè pi plis pase tou sa nou ka mande, pi plis pase tou sa nou ka mete nan lide nou.
— Men sa m'ap di nou ankò: Si de nan nou mete yo dakò sou latè pou mande nenpòt ki bagay lè y'ap lapriyè, Papa m ki nan syèl la va ba yo li. Jezi rele yon timoun, li mete l nan mitan yo. Paske, chak fwa de ou twa moun mete tèt yo ansanm nan non mwen, m'ap la nan mitan yo.
Pou konmanse, m'ap mande pou nou lapriyè Bondye pou tout moun. Fè l tout kalite demann pou yo, mande l padon pou yo, di l mèsi pou yo.
Senyè a pa ka sipòte lè mechan yo ap ofri bèt pou touye pou li. Men, sa fè l plezi anpil lè moun k'ap mache dwat yo ap lapriyè nan pye l.
(2) Bondye, tande jan m'ap rele nan pye ou! Koute lè m'ap lapriyè ou! (3) Kè m kase, mwen lwen lakay mwen. M'ap rele ou. Tanpri, mennen m al chache pwoteksyon sou wòch kote mwen pa ka rive a.
Si nou fè yonn ak mwen, si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou mèt mande sa nou vle, y'a ban nou li.
Mwen menm, mande Bondye padon! mwen p'ap sispann lapriyè pou nou. Se ta yon gwo peche mwen ta fè devan Senyè a si m ta fè sa. M'a moutre nou jan pou nou viv byen, jan pou nou mache dwat devan Senyè a.
(14) Men mwen menm, se ou menm m'ap toujou lapriyè. Reponn mwen, Bondye, lè w'a wè l nesesè, paske ou gen bon kè, paske w'ap toujou pote m sekou.
Men, nou lapriyè Bondye nou an, epi nou mete moun ap veye lajounen kou lannwit, pou pwoteje nou.
Senyè, Bondye m, tanpri, se sèvitè ou mwen ye. Tanpri, tande jan m'ap lapriyè ou. Koute jan m'ap rele nan pye ou jòdi a.
(1b) Senyè, koute m lè m'ap lapriyè. Panche zòrèy ou pou tande jan m'ap kriye nan pye ou. Reponn mwen, paske ou toujou kenbe pawòl ou. Ou pa nan patipri.
Tande m non, lè m'ap rele ou, lè m'ap mande ou sekou. Koute m non, lè mwen leve de bra m nan direksyon kay ki apa pou ou a.
Lè sa a, si nou lapriyè nan pye m, m'a reponn nou. Si nou rele m, m'a di men mwen! Si nou rache tout mechanste nan kè nou voye jete, si nou sispann kraponnen moun, si nou sispann pale moun mal,
Lè m santi mwen taprale vre, mwen vin chonje ou, Senyè! Mwen lapriyè nan pye ou. Kote ou chita nan Tanp ki apa ou a, ou tande m.
Se pou sa mwen di nou: Tou sa n'ap mande lè n'ap lapriyè, si nou gen fèm konviksyon nou resevwa l deja, n'a wè sa rive vre.
Lè l rele m, m'ap reponn li. Lè l nan tray, m'ap la avèk li. M'ap delivre l, m'ap fè yo respekte l.
(23) Mwen te pè, mwen t'ap di nan kè m: — Gen lè ou voye m jete byen lwen ou. Men, ou te tande rèl mwen, lè m t'ap mande ou sekou.
Li di: — Papa, si ou vle, tanpri, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, se pa volonte m ki pou fèt, se volonte pa ou. [
Mwen leve je m nan syèl la pou m lapriyè Senyè a, Bondye a, ak tout kè m. Mwen t'ap kriye nan pye l, mwen te rete san manje, yon rad sak sou mwen. Mwen te chita sou sann dife.
Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l fè kè nou kontan nèt, pou l fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.
Wi, mwen vle pou, nenpòt ki kote, lèzòm ka lapriyè Bondye san fè kòlè san fè diskisyon.
Gremesi Jezikri, sèl ofrann san n'ap ofri bay Bondye a, se lwanj n'ap ba li tout tan. Se tout tan pou non l nan bouch nou.
Si yon moun nan nou ap soufri, se pou li lapriyè. Si yon moun nan nou gen kè kontan, se pou l chante kantik.
— Lè n'ap lapriyè, pa fè tankou ipokrit yo ki renmen kanpe nan mitan sinagòg ak nan pwent kalfou pou yo lapriyè. Yo fè sa pou moun kapab wè yo. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo.
(1b) Senyè, tanpri panche zòrèy ou bò kote m, reponn mwen, paske se yon pòv malere san sekou mwen ye.
Konsa nou menm, n'a toujou bay tout tan nou pou lapriyè, ak pou fè moun konnen pawòl Bondye a.
Li gade zanj lan, li te pè, li di l konsa: — Sa k genyen, Mèt? Zanj lan reponn li: — Bondye asepte lapriyè ou yo ansanm ak tout byen ou te fè pou pòv yo. Epi li chonje ou.
Tounen vin jwenn Senyè a, pandan nou ka jwenn li an. Lapriyè nan pye l pandan li toupre nou an.
Men sa mwen mande nou, frè mwen yo: Nan non Jezikri, Senyè nou an, nan non lamou Lespri ban nou an, tanpri, pa lage m' nan batay la poukont mwen. Lapriyè Bondye pou mwen.
(31) M'a chante pou Bondye, m'a fè lwanj li. M'a di l mèsi, m'a fè konnen jan li gen pouvwa.
M'ap rele ou, Bondye, paske ou reponn mwen. Tanpri, panche zòrèy ou bò kote m, koute sa m'ap di ou:
Aa Senyè, panche zòrèy ou pou tande lapriyè, mwen menm, Sèvitè ou, m'ap fè nan pye ou, lapriyè tout sèvitè ou yo ki pran plezi gen krentif pou ou! Tanpri, Senyè, fè tout bagay mache byen pou mwen jodi a. Fè lanperè a resevwa mwen byen. Lè sa a, mwen te chèf kanbiz lanperè a.
L'al yon ti kras pi lwen, li lage kò l fas atè, li lapriyè konsa: — O Papa mwen. Si se posib, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, se sa ou vle a ki pou fèt, pa sa mwen vle a.
(9) Lajounen, Senyè a fè m anpil favè. Lannwit, mwen chante yon chante pou li. Mwen lapriyè Bondye ki tout lavi mwen.
Li lapriyè Bondye, Bondye reponn li. L'al adore Bondye ak kè kontan. Bondye padonnen l devan tout moun.
(1b) Senyè, m'ap fè lapriyè m moute devan ou. Bondye mwen, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.
(12) O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m sa kenbe fèm.
Kisa m pral fè kounyeya? Mwen pral lapriyè avèk bonnanj mwen, men mwen pral lapriyè avèk lespri mwen tou. Mwen pral chante avèk bonnanj mwen, men mwen pral chante avèk lespri mwen tou.
Pèseptè kontribisyon an menm te rete dèyè, li pat menm gen kouray leve je l nan syèl. Li t'ap bat lestonmak li, li t'ap di: Bondye, gen pitye pou mwen ki fè anpil peche.
Mwen mete konfyans mwen nan ou. Depi granmaten, fè m chonje jan ou renmen m anpil. Se ou menm m'ap lapriyè. Moutre m chemen pou m pran an.
Lespri Bondye ban nou an, se pa yon lespri k'ap fè nou esklav pou n'ap tranble devan Bondye toujou. Okontrè, Lespri Bondye a fè nou tounen pitit Bondye. Se li menm ki penmèt nou rele Bondye Papa.
Men Jabèz te lapriyè Bondye pèp Izrayèl la, li te di l: — Tanpri, Bondye, beni mwen. Ban m anpil tè. Kanpe la avè m. Pa kite okenn malè rive m pou m pa soufri. Se konsa Bondye ba li sa l te mande a.
Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, se ou menm ki te fè m konnen tou sa. Ou te di m, mwen menm sèvitè ou la, w'ap ban mwen yon fanmi, lèfini w'ap fè baton gouvènman an toujou rete nan men fanmi mwen. Se poutèt sa mwen gen kouray fè lapriyè sa a nan pye ou.
Lè yo fin lapriyè, kote yo te ye a pran tranble. Yo tout te anba pouvwa Sentespri, epi yo pran anonse pawòl Bondye a avèk konviksyon.
Bon, si ou kontan m vre, tanpri, fè m konnen lide ou gen nan tèt ou pou m ka konnen ki moun ou ye, pou m ka toujou fè ou plezi. Chonje tou, pèp sa a se pa ou li ye wi!
Nenpòt sitirasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m, gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouray.
(2) Bondye, se ou ki Bondye mwen. Jan manvi wè ou! Jan m'ap tann ou sa a! Se tout kò m k'ap mande pou ou, tankou tè sèk nan solèy k'ap tann lapli.
— Simon, Simon, koute: Satan mande pouvwa pou l pase nou tout nan laye, tankou grenn y'ap vannen. Men, mwen lapriyè pou ou, Simon, pou konfyans ou nan Bondye pa febli. Ou menm, lè w'a tounen vin jwenn mwen, bay frè ou yo fòs.
Tanpri, ban mwen lespri veyatif pou m ka gouvènen pèp ou a san patipri, pou m konn sa ki byen ak sa ki mal. Si se pa sa, ki jan m'a fè pou m gouvènen pèp ou a ak tout moun sa yo ki ladan l?
Lajounen kou lannwit, m'ap mande ak tout kè mwen pou Bondye ban m chans yon lè vizite nou ankò, pou m ka fin moutre nou sa nou manke nan lafwa a toujou.
Jezi di yo: — Lè n'ap lapriyè, men sa pou n di: Papa, nou mande pou non ou toujou respekte. Vin tabli gouvènman ou lan. Non. Se avèk pouvwa Bondye mwen chase move lespri yo. Sa vle di, pouvwa gouvènman Bondye ki Wa a gentan rive sou nou. — Lè yon nonm vanyan ap veye kay li, zam li nan men l, tout byen l yo byen pwoteje. Men, si yon pi vanyan pase l vin rive, l'ap bat li, l'ap wete zam ki te ba l fòs yo nan men l, l'ap piye tou sa l te genyen an l'ap separe ak lòt. Moun ki pa avèk mwen, se kont mwen yo ye. Moun ki p'ap ede m ranmase, se gaye y'ap gaye. — Lè yon move lespri sòti nan yon nonm, l'al pwonmennen toupatou nan dezè, l'ap chache yon kote pou l pran repo. Si l pa jwenn, l'ap di nan kè li: m'ap tounen lakay mwen kote m sòti a. Lè l rive, li jwenn nonm lan tankou yon kay byen bale, byen ranje. Lè sa a, l'al chache sèt lòt lespri pi mechan pase li, yo antre nan kay la, epi yo enstale yo. Konsa, ka nonm lan vin pi grav pase jan li te ye anvan an. Pandan Jezi t'ap pale konsa, yon fanm pran pale byen fò nan mitan foul la, epi l di: — Fanm ki te pote ou nan vant li epi ki te ba ou tete a, se yon fanm Bondye beni! Jezi reponn li: — Moun ki koute pawòl Bondye epi ki mete l an pratik, se yo menm Bondye beni. Anpil moun t'ap vin an kantite bò kote Jezi. Li pran di yo: — Ala move moun se moun alèkile yo! Y'ap mande yon mirak ki pou fè yo wè Bondye dakò ak sa k'ap fèt la. Men, yo p'ap jwenn lòt mirak pase mirak Jonas la. Chak jou, ban nou manje nou bezwen pou jounen an. Menm jan Jonas te yon avètisman pou moun lavil Niniv yo, se konsa tou Moun Bondye voye nan lachè a va yon avètisman pou moun alèkile yo. Jou jijman an, larenn peyi ki nan sid la va leve kanpe, l'a fè yo kondannen moun alèkile yo. Paske, li te sòti byen lwen, jouk nan dènye bout latè, pou l te vin tande pawòl bon konprann wa Salomon yo. Men isit la, gen bagay ki pi konsekan pase wa Salomon. Jou jijman an tou, moun lavil Niniv va leve kanpe y'a fè yo kondannen moun alèkile yo. Paske yo menm, yo te tounen vin jwenn Bondye, lè Jonas te fè yo konnen mesay la. Men isit la, gen bagay ki pi konsekan pase Jonas. — Pa gen moun k'ap fin limen yon lanp epi pou li sere yon kote, osinon pou li mete li anba yon tab. Okontrè l'ap mete lanp lan yon kote byen wo pou limyè li ka klere tout moun k'ap antre nan kay la. Je ou se lanp kò ou. Si je ou bon, tout kò ou nan limyè. Men si je ou pa bon, tout kò ou nan fènwa. Fè pou limyè ki anndan ou lan pa fènwa. Paske si tout kò ou nan limyè san yon sèl pati ladan l pa nan fènwa, l'a klere nèt tankou lè yon lanp klere ou ak bèl limyè li. Lè Jezi fin pale, yon farizyen envite l vin manje lakay li. Jezi antre, l'al chita bò tab la. Farizyen an te sezi lè l wè Jezi pat lave men l anvan l manje. Men, Jezi di li: — Nou menm farizyen, se konsa nou ye. Nou netwaye tout deyò gode a ak deyò plat la, men anndan kè nou se lide vòlò ak mechanste ase ki genyen. Padonnen peche nou yo, paske nou menm tou nou padonnen tout moun ki fè nou mal. Pa kite nou nan pozisyon pou n tonbe nan tantasyon.
Lè Danyèl vin konnen wa a te siyen lòd sa a, l'al lakay li. Te gen yon chanm anwo sou teras la ak yon fennèt ki bay nan direksyon lavil Jerizalèm. Li moute, li mete ajenou devan fennèt la ki te louvri, li lapriyè Bondye l jan li te toujou fè, twa fwa pa jou a.
(1b) Senyè, m'ap rele ou, prese vin kote m non! Panche zòrèy ou pou tande lè m'ap rele nan pye ou!
Jezi reponn yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou te gen konfyans nan Bondye, si nou pat gen doutans nan kè nou, se pa sèlman sa k rive pye fig frans lan nou ta fè. Men, nou ta ka di mòn sa a: Wete kò ou la. Ale jete tèt ou nan lanmè. Sa ta fèt vre.
(3) M'ap kriye nan pye Bondye ki anwo nan syèl la, nan pye Bondye ki fè anpil byen pou mwen an.
Paske, se Bondye menm k'ap travay ni nan volonte nou ni nan fòs nou pou fè nou fè jan lide li di li.
Se poutèt sa, nou pa janm sispann lapriyè pou nou depi jou nou vin konn sa. Nou mande Bondye pou li fè nou fin konn volonte li nèt, grasa lespri epi bon konprann Sentespri ban nou.
(6) Mwen pale ak tèt mwen, mwen di: — Poukisa m kagou konsa? Poukisa m'ap plede plenn konsa nan kè m? M'ap met espwa m nan Bondye, paske mwen gen pou m fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m, se li ki Bondye mwen.
Se tout tan n'ap di Bondye mèsi pou nou tout. Nou pa janm bliye nou lè n'ap lapriyè.
Se poutèt sa, depi kounyeya, epi pou tout tan, li ka delivre tout moun, l'ap fè yo pwoche bò kote Bondye paske li menm li toujou vivan, l'ap lapriyè Bondye pou yo.
Se konsa, moun k'ap sèvi ou ak tout kè yo gen pou lapriyè ou lè yo nan tray. Si yo nan gwo dlo, anyen p'ap rive yo.
Mwen mande l pou l louvri lespri nou, pou nou ka konnen kisa n'ap tann nan men Bondye ki rele nou an, ki vle di eritaj Bondye pwomèt l'ap bay moun ki pou li yo, yon eritaj ki rich anpil, ki bèl anpil.
Bon! Eske Bondye pa ta regle zafè pitit li yo, moun li menm li chwazi yo, lè y'ap rele nan pye l lajounen kou lannwit? Eske l'ap pran anpil tan pou l ede yo? M'ap di nou sa: L'ap regle zafè yo vit vit. Men lè Moun Bondye voye nan lachè a retounen, poudi l'ap jwenn moun sou latè ki gen konfyans nan Bondye toujou?
Apre sa, Jezi ale ak disip yo yon kote yo rele Jetsemane. Li di yo: — Chita la. Mwen menm, mwen pral lapriyè pi lwen.
depi nou menm moun Korent nou ban m ankourajman, nou lapriyè pou mwen. Se konsa Bondye va tande tout lapriyè sa yo n'ap fè pou mwen, l'a ban mwen benediksyon l, anpil moun va di l mèsi pou mwen.
(1b) Senyè, koute kòz mwen lè m gen rezon! Pran ka m, lè m'ap rele nan pye ou! Koute m non, lè m'ap lapriyè ou, paske mwen p'ap bay manti.
Konsa, n'a mete kè nou ak bouch nou ansanm pou fè lwanj Bondye, papa Jezikri, Senyè nou an.
Pandan Jezi t'ap viv sou latè, li te lapriyè Bondye, li te fè demann li avèk gwo rèl ak dlo nan je bay Bondye, sèl moun ki te kapab sove l anba lanmò. Bondye koute l, paske li te soumèt devan Bondye.
— Lè w'ap lapriyè, pa plede repete yon bann pawòl pou gremesi. Se konsa moun lòt nasyon yo fè. Yo mete nan tèt yo Bondye va tande yo si yo pale anpil.
Se pa pou yo sèlman m'ap lapriyè, men pou tout moun ki va mete konfyans yo nan mwen lè y'a tande mesay la. M'ap lapriyè pou yo tout fè yon sèl. Papa, se pou yo tout fè yonn ansanm ak nou, menm jan ou menm ou nan mwen, mwen menm mwen nan ou. Se pou yo tout fè yon sèl pou moun ki nan lemonn yo ka kwè se ou ki te voye mwen.
Wi, koute lapriyè m'ap fè ak lapriyè pèp Izrayèl ou a ap fè nan pye ou isit la. Nan syèl kote ou rete a, koute lapriyè nou, padonnen nou.
Pandan yo t'ap voye wòch sou Etyèn, Etyèn menm t'ap lapriyè, li t'ap di: — Senyè Jezi, resevwa lespri mwen. Men sa Bondye te di l: Pitit pitit ou yo gen pou y'al viv nan yon peyi etranje, kote y'ap fè yo tounen esklav, kote y'ap maltrete yo pandan katsanzan (400 an). Apre sa, li tonbe ajenou, li rele byen fò: — Senyè, pa mete peche sa a sou kont yo. Lè l fin di sa, li mouri.