Vèsè Biblik

Piblisite


Soukategori

VÈSÈ POUVWA

Men kijan sa bon pou konnen, menm lè lavi a ban nou kou, nou gen puisans Bondye a nan lavi nou. Antanke pitit Bondye, nou pa janm poukont nou nan okenn sikonstans. Bondye toujou la. Li mache devan w, l ap mennen batay ou yo pou ou, l ap ranpli w ak puisans li pou w ka ranpòte laviktwa nan sitiyasyon w ap travèse a.

Nan 2 Korentyen 12:9-10, Bondye di ou pou w kontante w ak gras li, paske puisans li vin pafè nan feblès ou. Se yon bèl bagay pou w konnen, nan mitan tout sa w ap viv la, pwoblèm ou yo, feblès ou yo, Bondye la, l ap rann puisans li pafè nan lavi w.

Bondye abiye nou ak puisans li (Lik 24:49): "Mwen menm, m'ap voye sou nou sa Papa m' te pwomèt la. Men, rete lavil Jerizalèm jouk pouvwa ki soti anwo nan syèl la va desann sou nou."

Nou gen yon Bondye ki gen tout pouvwa. Pa gen anyen ki enposib pou Bondye. Li ka fè tout bagay. Mete konfyans ou nan li, epi l ap aji nan lavi w.


Detewonòm 6:5

Se pou nou renmen Senyè a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, avèk tout fòs kouray nou.

Chapit   |  Vèsyon
Kolosyen 3:23

Nenpòt travay yo ban nou fè, fè l ak tout kè nou tankou si se pa pou lèzòm nou t'ap travay, men pou Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 22:37

Jezi reponn li: — Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide ou.

Chapit   |  Vèsyon
Detewonòm 4:29

Men, lè sa a, n'a pran chache Senyè a, Bondye nou an. Si nou chache l ak tout kè nou, n'a jwenn li.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 119:10

Mwen chache obeyi ou ak tout kè mwen. Pa kite m dezobeyi kòmandman ou yo.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 119:2

Ala bon sa bon pou moun ki kenbe prensip li yo, pou moun k'ap chache obeyi l ak tout kè yo!

Chapit   |  Vèsyon
Jeremi 29:13

N'a chache m, n'a jwenn mwen paske n'a chache m ak tout kè nou.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 86:12

Senyè, Bondye mwen, m'ap fè lwanj ou ak tout kè m, mwen p'ap janm sispann fè konnen jan ou gen pouvwa!

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 9:1

(2) M'a fè lwanj ou ak tout kè m, Senyè. M'a rakonte tout bèl mèvèy ou yo.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 28:7

Senyè a ap pwoteje m, l'ap pran defans mwen. Mwen mete tout konfyans mwen nan li. Li ede m, kè m kontan. M'ap chante pou m fè lwanj li.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 119:7

M'a fè lwanj ou avèk yon konsyans ki pwòp, lè maprann tou sa ou deside nan jistis ou.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 119:34

Ban m lespri pou m ka obeyi lalwa ou, pou m fè sa l mande a ak tout kè mwen.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 51:17

(19) Ofrann ki fè Bondye plezi, se lè yon moun soumèt tèt li devan li. Bondye, ou p'ap janm meprize moun ki soumèt tèt li devan ou, moun ki rekonèt tò li.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 146:1

Lwanj pou Senyè a! Wi, kite m fè lwanj Senyè a!

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 119:58

M'ap mande ou favè sa a ak tout kè m: Tanpri, gen pitye pou mwen, jan ou te di l la.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 138:1

(1b) Senyè, m'ap di ou mèsi ak tout kè m. La, devan lòt bondye yo, m'ap chante, m'ap jwe gita pou ou!

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 145:2

Chak jou m'ap di ou mèsi. M'ap fè lwanj ou tout tan tout tan.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 139:14

M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 37:31

Li kenbe lalwa Bondye a fèm nan kè li, li p'ap janm bite.

Chapit   |  Vèsyon
Jan 4:23-24

Men, lè a ap rive, li rive deja: tout moun k'ap sèvi tout bon yo pral sèvi Papa a nan kè yo jan sa dwe fèt. Se moun konsa Bondye vle pou sèvi li.

Bondye, se Lespri. Fòk tout moun k'ap adore li, adore sou gid Sentespri a ak nan laverite.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 119:11

Mwen sere pawòl ou nan kè mwen pou mwen pa peche kont ou.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 62:8

(9) Nou menm, pèp mwen, toujou mete konfyans nou nan li! Louvri kè nou ba li, paske se li menm ki tout nou.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 111:1

Lwanj pou Senyè a! M'a fè lwanj Senyè a ak tout kè m, nan mitan moun ki mache dwat yo, nan mitan pèp Bondye a lè yo reyini.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 30:12

(13) Mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen, m'ap chante lwanj ou. Senyè, se ou menm ki Bondye mwen! Se tout tan tout tan m'ap di ou mèsi.

Chapit   |  Vèsyon
1 Samyèl 12:24

Gen krentif pou Senyè a. Sèvi l tout bon ak tout kè nou. Chonje tout bèl bagay sa yo li fè pou nou!

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 119:69

Yon bann awogan ap fè manti sou mwen. Men mwen menm, m'ap swiv lòd ou yo ak tout kè m.

Chapit   |  Vèsyon
Kolosyen 3:23-24

Nenpòt travay yo ban nou fè, fè l ak tout kè nou tankou si se pa pou lèzòm nou t'ap travay, men pou Senyè a.

Chonje byen: Senyè a gen pou ban nou rekonpans nou: l'ap ban nou eritaj li sere pou moun pa l yo. Paske, mèt n'ap sèvi tout bon an se Kris la.

Chapit   |  Vèsyon
Jan 4:24

Bondye, se Lespri. Fòk tout moun k'ap adore li, adore sou gid Sentespri a ak nan laverite.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 104:33

M'ap pase tout lavi m ap chante pou Senyè a. M'ap fè lwanj Bondye pandan tout tan m'ap viv la.

Chapit   |  Vèsyon
Ezekyèl 36:26

M'ap mete lòt santiman nan kè nou. M'ap mete lòt lide nan tèt nou. M'ap wete tèt di nou an, m'ap fè nou tande lè m pale nou.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 40:8

(9) Bondye mwen, mwen pran plezi m nan fè sa ou vle m fè. Wi, mwen kenbe lalwa ou nan fon kè m.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 59:16

(17) Men mwen menm, m'ap chante pou m di jan ou gen pouvwa. Chak maten m'a fè lwanj ou pou m di jan ou pa janm sispann renmen nou. Paske, se ou ki tout defans mwen, se bò kote ou mwen te jwenn pwoteksyon lè m te anba tray.

Chapit   |  Vèsyon
1 Kwonik 16:29

Fè lwanj Senyè a, paske li merite sa! Pote ofrann ba li anndan lakay li! Adore Bondye nan bèl kay ki apa pou li a!

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 34:1

(2) Se tout tan m'ap di Senyè a mesi, mwen p'ap janm sispann fè lwanj li.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 100:2

Fè sèvis pou Senyè a ak kè kontan! Vini non! Fè fèt devan li!

Chapit   |  Vèsyon
Ebre 13:15

Gremesi Jezikri, sèl ofrann san n'ap ofri bay Bondye a, se lwanj n'ap ba li tout tan. Se tout tan pou non l nan bouch nou.

Chapit   |  Vèsyon
Women 12:1

Se sa ki fè, frè mwen yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri nou tankou yon sakrifis apa bay Bondye, yon sakrifis vivan k'ap fè li plezi. Se sèl jan pou nou sèvi Bondye tout bon vre.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 103:1

(1b) Kite m di Senyè a mèsi! Kite m di Senyè ki pa tankou tout moun lan mèsi ak tout nanm mwen!

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 97:12

Nou tout ki mache dwat devan Bondye, fè kè nou kontan pou sa Senyè a fè pou nou. Di l mèsi! Li pa tankou tout moun.

Chapit   |  Vèsyon
Ezayi 29:13

Senyè a di: — Lè moun sa yo ap fè sèvis pou mwen, se pawòl nan bouch! Y'ap louvri bouch yo pou fè lwanj mwen, men lespri yo byen lwen. Si y'ap mache di yo gen krentif pou mwen, se pawòl granmoun lontan moutre yo y'ap repete lè konsa.

Chapit   |  Vèsyon
Detewonòm 10:12-13

Kounyeya, nou menm pèp Izrayèl, men sa Senyè a, Bondye nou an, mande nou: Se pou nou gen krentif pou Senyè a, Bondye nou an. Se pou nou swiv chemen li mete devan nou an. Se pou nou renmen l. Se pou nou sèvi l ak tout kè nou ak tout nanm nou.

Se pou nou mache dapre tout kòmandman ak tout lòd li yo. Se pou byen nou mwen ban nou yo jòdi a.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 132:7-9

Ann al lakay Senyè a. Ann al devan fòtèy li pou n adore l.

Leve non, Senyè, vin kote pou ou pran repo a. Vini non ansanm ak Bwat Kontra ou la ki fè nou wè jan ou gen pouvwa.

Se pou prèt yo fè konnen jan ou bay pèp ou a delivrans. Se pou tout pèp ou a rele sitèlman yo kontan.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 3:5-6

Mete tout konfyans ou nan Senyè a. Pa gade sou sa ou konnen.

Toujou chonje Senyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, la moutre ou chemen pou ou pran.

Chapit   |  Vèsyon
Filipyen 4:6-7

Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l mèsi tou lè n'ap lapriyè.

Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l, bagay lèzòm pa ka konprann. La kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon
1 Pyè 2:9

Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, prèt k'ap sèvi wa a, nasyon k'ap viv apa pou Bondye, pèp li peye pou li a. Li fè tou sa, pou nou te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a.

Chapit   |  Vèsyon
1 Kwonik 29:9

Pèp la menm te kontan bay sa yo t'ap bay pou Senyè a paske yo te fè l ak tout kè yo. Wa David tou te kontan anpil.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 146:1-2

Lwanj pou Senyè a! Wi, kite m fè lwanj Senyè a!

Senyè a ap gouvènen pou tout tan. Nou menm, moun Siyon, Bondye nou an ap gouvènen pou tout tan. Lwanj pou Senyè a!

M'ap pase tout lavi m ap fè lwanj Senyè a. M'ap chante pou Bondye mwen pandan tout tan m'ap viv.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 37:4

Si se nan Senyè a ou pran tout plezi ou, l'a ba ou tou sa ou ta renmen.

Chapit   |  Vèsyon
Jak 4:8

Pwoche bò kote Bondye, Bondye va pwoche bò kote nou tou. Nou menm k'ap fè peche, lave men nou. Netwaye kè nou, nou menm k'ap woule de bò.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 27:8

Ou pale nan kè m, ou di mwen vin jwenn ou. Men m'ap chache fas ou, Senyè!

Chapit   |  Vèsyon
Women 15:9

Men, li te vini pou moun lòt nasyon yo tou, pou yo te ka fè lwanj Bondye pou jan li gen kè sansib, jan sa te ekri nan Liv la: Se poutèt sa m'a fè lwanj ou nan mitan lòt nasyon yo. Se poutèt sa m'a chante pou non ou.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 147:1

Lwanj pou Senyè a! Sa bon nèt pou nou chante pou Senyè a. Sa bon nèt pou nou fè lwanj Senyè a. Wi, li merite l vre!

Chapit   |  Vèsyon
Efezyen 5:19

Lè nou ansanm yonn ak lòt, sèvi ak pawòl sòm yo, kantik yo epi ak pawòl chante Lespri enspire nou. Chante kantik ak Sòm pou Senyè a, lè n'ap fè lwanj li ak tout kè nou.

Chapit   |  Vèsyon
Women 15:16

pou m te sèvi Jezikri pandan m'ap travay nan mitan moun lòt nasyon yo. Lè m'ap fè konnen Bòn Nouvèl Bondye a, se yon sèvis apa pou Bondye m'ap rann, pou moun lòt nasyon yo ka tounen yon ofrann ki fè Bondye plezi, yon ofrann yo mete apa pou Bondye ak pouvwa Sentespri a.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 96:9

Adore Bondye nan bèl kay ki apa pou li a! Nou tout ki sou latè, tranble devan li.

Chapit   |  Vèsyon
Filipyen 3:3

Si gen moun ki sikonsi tout bon, se pa yo, se nou menm. Paske nou menm, n'ap sèvi Bondye ak Lespri Bondye a, nou kontan dèske n'ap viv ansanm ak Jezikri. Nou pa mete konfyans nou nan sa lèzòm ap fè.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 147:11

Moun ki fè kè l kontan, se moun ki gen krentif pou li, se moun ki mete tout espwa yo nan li, paske yo konnen li renmen yo.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 149:1

Lwanj pou Senyè a! Chante yon chante tou nèf pou Senyè a! Fè lwanj li nan mitan tout moun k'ap sèvi l yo lè yo reyini!

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 119:10-11

Mwen chache obeyi ou ak tout kè mwen. Pa kite m dezobeyi kòmandman ou yo.

Mwen gen plis konprann pase granmoun cheve blan, paske mwen toujou swiv lòd ou yo.

Mwen veye pou m pa mete pye m nan move chemen, pou m ka fè tou sa ou di m fè.

Mwen pa janm vire do bay sa ou deside, paske se ou menm ki moutre mwen tout bagay.

Ala dous pawòl ou yo dous anba lang mwen! Yo pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen.

Lòd ou yo fè m konprann tout bagay, konsa mwen rayi tout bagay ki ka fè m bay manti.

Pawòl ou se yon chandèl ki fè m wè kote m'ap mete pye m, se yon limyè k'ap klere chemen mwen.

Mwen sèmante epi m'ap kenbe sèman mwen: M'ap fè tou sa pawòl ou deside pou m'fè.

Senyè, m'ap soufri anpil anpil. Ban m lavi ankò jan ou te pwomèt la.

Senyè, koute lè m'ap lapriyè pou m di ou mèsi. Fè m konnen tou sa ou deside.

Se tout tan lavi m an danje. Men, mwen p'ap janm bliye lalwa ou.

Mwen sere pawòl ou nan kè mwen pou mwen pa peche kont ou.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 40:3

(4) Li mete yon chante tou nèf nan bouch mwen, yon chante pou m fè lwanj Bondye nou an. Anpil moun, lè yo wè sa, yo pral pè, y'a mete konfyans yo nan Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 15:8-9

Se nan bouch pèp sa a respekte mwen. Men, kè yo byen lwen mwen.

Se tan yo y'ap pèdi, lè y'ap fè sèvis pou mwen. Paske, nan sa y'ap di, se pawòl lèzòm y'ap moutre moun.

Chapit   |  Vèsyon
2 Korent 9:7

Se pou chak moun bay jan yo te deside nan kè yo, san yo pa regrèt anyen, san moun pa bezwen fòse yo, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 145:18

Senyè a kanpe toupre moun k'ap rele l, toupre tout moun k'ap rele l ak tout kè yo.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 20:5

(6) Lè sa a, n'ap rele, n'ap kontan dèske ou genyen batay la. N'ap fè fèt paske ou genyen batay la, n'ap fè lwanj Bondye nou an. Se pou Senyè a ba ou tou sa ou mande l.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 42:1-2

(2) Menm jan yon bèt anvi bwè dlo larivyè, se konsa mwen anvi wè ou, Bondye.

(11) Mwen santi tout zo nan kò m ap fè m mal. Lè moun k'ap pèsekite m yo ap joure m, lè tout tan y'ap mande m: — Kote Bondye ou la?

(12) Wi, poukisa mwen kagou konsa? Poukisa m'ap plenn konsa nan kè mwen? M'ap mete espwa m nan Bondye, paske mwen gen pou m fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m, se li ki Bondye mwen.

(3) Se pa ti anvi mwen pa anvi wè Bondye, Bondye ki vivan an. Kilè m'a va ale pou m adore Bondye lakay li?

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 66:2

Chante pouvwa Bondye! Fè gwo fèt pou fè lwanj li!

Chapit   |  Vèsyon

Lapriyè bay Bondye

Mèsi, Bondye, paske ou se gerisè mwen, ou se moun ki pran swen mwen, ou se pwotektè mwen. Se ou menm ki goumen batay mwen yo, se ou k ap mennen mwen de glwa an glwa. Nan non Jezi, mwen vini devan ou, m ap di ou mèsi paske lapriyè se zam ki pi puisan pou rezoud tout pwoblèm, se kle ki louvri tout pòt. Senyè, ou rele nou pou nou sèl tè a, limyè lemonn, pou nou manifeste glwa ou ak puisans ou kote nou pase. Ou di nan pawòl ou: "Mwen chwazi ou pou fè moun wè puisans mwen, pou yo ka konnen non mwen toupatou sou latè." Senyè Jezi, ede m pou m konstan, pou m priye tout tan avèk tout kalite lapriyè nan Lespri a. Moutre m kijan pou m veye, pou m leve kanpe kòm entèsede, pou m fè kloti pou fanmi mwen, pou peyi mwen, pou frè ak sè mwen nan lafwa. Nan non Jezi, Amèn!