Pannkòt la, se prèv klè Bondye te voye Lespri Sen an. Jezi te di li p ap kite nou pou kont nou, l ap voye yon konsolatè ban nou. Li te kenbe pawòl li. Istwa sa a, ou ka jwenn li nan liv Travay Apot yo.
Pannkòt se yon gwo jou nan listwa kretyen yo. Disip Jezi yo te reyini yon kote, lè Lespri Sen an desann sou yo tankou flanm dife. Yo te kòmanse pale lòt lang epi anonse mesaj Bondye a bay tout nasyon ki te la nan Jerizalèm jou sa a.
Pannkòt la se pa sèlman yon evènman ki te pase nan listwa. Chak fwa nou fete Pannkòt, nou sonje Lespri Sen ki te vini sou premye kretyen yo, epi misyon nou genyen pou n anonse Bòn Nouvèl la toupatou. Se tankou Bondye ba nou fòs ak Lespri Sen an pou n ka viv lavi kretyen nou.
Lè mwen reflechi sou Pannkòt la, sa fè mwen poze tèt mwen kesyon sou relasyon mwen ak Bondye, ak relasyon mwen ak lòt moun. Sa ankouraje m pou m kite Lespri Sen an gide m nan tout sa m ap fè, nan tout desizyon m ap pran.
Lè jou Lapannkòt la rive, yo tout te reyini ansanm menm kote a. Gen moun Friji, moun Panfili, moun Lejip, moun teritwa Libi ki toupre Sirèn. Genyen ki sòti lavil Wòm. Nan nou gen jwif, gen moun lòt nasyon ki te konvèti nan relijyon jwif yo, gen moun ki sòti Lakrèt, gen moun Arabi tou. Ki jan nou fè tande yo ap pale lang nou, y'ap rakonte bèl bagay Bondye te fè? Yo tout te sezi, yo pat konn sa pou yo te kwè. Yonn t'ap di lòt: — Sa sa vle di? Gen lòt moun menm ki t'ap pase yo nan rizib. Yo t'ap di: — Moun sa yo sou. Lè sa a, Pyè kanpe ansanm ak lòt onz apòt yo, li pale byen fò, li di foul moun yo konsa: — Nou menm moun Jide ansanm ak nou tout k'ap pase kèk jou isit lavil Jerizalèm, nou fèt pou nou konnen sa. Koute sa m pral di nou la a. Moun sa yo pa sou jan nou kwè a. Se nevè dimaten li ye sèlman. Men, sa pwofèt Jowèl te fè konnen gen pou rive a, se sa k'ap pase kounyeya: Men sa k pral rive nan dènye tan an: Se Bondye menm k'ap pale: M'ap vide Lespri m sou tout moun sou latè. Pitit gason nou ak pitit fi nou yo va pale tankou pwofèt. Jenn gason nou yo va gen vizyon. Granmoun nou yo va fè rèv. Wi, lè sa a, m'ap vide Lespri m sou tout sèvitè m yo, fi kou gason, epi y'a bay mesay ki sòti nan Bondye. Mwen pral fè mèvèy parèt anwo nan syèl la, mwen pral fè mirak anba sou latè! Va gen san, dife ak gwo nyaj lafimen. Yo rete konsa, epi yon sèl bri sot nan syèl la tankou yon gwo van k'ap soufle. Li plen tout kay kote yo te chita a.
Lè sa a, yo wè yon bann filang tou long parèt tankou lang flanm dife. Yo separe yonn ak lòt epi y'al poze yonn pa yonn sou tèt yo chak. Men, David te yon pwofèt, li te konnen sa Bondye te pwomèt la. Bondye te sèmante li t'ap fè yonn nan pitit li yo wa tankou li. David te wè sa Bondye ta pral fè a. Se konsa li te di Kris la te gen pou l leve sòti vivan nan lanmò lè l di: Yo p'ap kite l kote mò yo ye a. Kò li p'ap tounen pouriti. — Bondye fè Jezi sa a leve sòti vivan. Nou tout nou temwen bagay sa a. Bondye fè l moute nan syèl la vin sou bò dwat li, li resevwa Sentespri Papa a te pwomèt la, li vide l sou nou. Enben, se sa n'ap wè, se sa n'ap tande kounyeya. Se pa David ki te moute nan syèl la. Men, li te di: Bondye te di Senyè mwen an: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou. — Tout pèp Izrayèl la fèt pou konnen sa byen: Jezi, nonm nou te kloure sou kwa a, se li menm Bondye fè Senyè, se li menm Bondye fè Kris la. Lè pèp la tande pawòl sa yo, yo santi kè yo boulvèse. Yo mande Pyè ansanm ak lòt apòt yo: — Frè nou yo, kisa pou nou fè? Pyè reponn yo: — Tounen vin jwenn Bondye, epi yonn apre lòt vin resevwa batèm nan non Jezikri, pou Bondye padonnen tout peche nou yo. Apre sa, n'a resevwa Sentespri, kado Bondye a. Paske pwomès la, Bondye fè l pou nou, pou pitit nou yo, pou tout moun ki byen lwen, pou tout moun Bondye, Mèt nou, va rele vin jwenn li. Yo tout te vin anba pouvwa Sentespri, epi yo pran pale lòt lang dapre jan Lespri Bondye a t'ap fè yo pale.
Lè yo fin lapriyè, kote yo te ye a pran tranble. Yo tout te anba pouvwa Sentespri, epi yo pran anonse pawòl Bondye a avèk konviksyon.
Men, lè Sentespri a va desann sou nou, n'a resevwa yon pouvwa. Lè sa a, n'a sèvi m temwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide ak nan tout peyi Samari, jouk nan dènye bout latè.
— Nou menm moun ras Izrayèl, koute sa m pral di nou la a: Jezi, moun Nazarèt la, se Bondye menm ki te voye l, paske nou te wè tout mirak, tout bèl bagay ak tout siy Bondye te ba l pouvwa fè nan mitan nou. Sa se bagay nou tout konnen. Yo te lage nonm sa a nan men nou, jan Bondye te vle l la, dapre plan li te deja fè nan tèt li. Nou menm, nou fè touye l, nou fè yon bann mechan kloure l sou yon kwa. Men, Bondye fè l leve vivan ankò, li delivre l anba doulè lanmò a, paske se pat posib pou lanmò te kenbe l anba pouvwa li.
Men pwotektè a, Sentespri Papa mwen ap voye nan non mwen an, se li menm ki va anseye nou tout bagay. Epi l'a fè nou sonje tou sa mwen te di nou yo.
Mwen te konmanse pale lè Sentespri a desann sou yo menm jan li te desann sou nou premye jou a.
Men sa David te ekri sou li: Mwen te wè Bondye, Mèt la, tout tan devan je mwen. Paske li toujou bò kote m. Anyen pa ka brannen m. Se poutèt sa kè m kontan anpil, se pawòl kontantman ase ki nan bouch mwen. Menm kò mwen, m ap poze l avèk espwa nan Bondye. Paske, ou p'ap kite m kote mò yo ye a. Ou p'ap pèmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè. Ou fè m konnen tout chemen ki bay lavi a. M'ap kontan nèt paske ou toujou la avèk mwen.
Pyè reponn yo: — Tounen vin jwenn Bondye, epi yonn apre lòt vin resevwa batèm nan non Jezikri, pou Bondye padonnen tout peche nou yo. Apre sa, n'a resevwa Sentespri, kado Bondye a.
Lè pèp la tande pawòl sa yo, yo santi kè yo boulvèse. Yo mande Pyè ansanm ak lòt apòt yo: — Frè nou yo, kisa pou nou fè? Pyè reponn yo: — Tounen vin jwenn Bondye, epi yonn apre lòt vin resevwa batèm nan non Jezikri, pou Bondye padonnen tout peche nou yo. Apre sa, n'a resevwa Sentespri, kado Bondye a. Paske pwomès la, Bondye fè l pou nou, pou pitit nou yo, pou tout moun ki byen lwen, pou tout moun Bondye, Mèt nou, va rele vin jwenn li.
Men, Bondye gen pou l voye lespri li desann sou nou ankò. Dezè a va tounen yon bon venn tè. Jaden nou yo va bay bèl rekòt.
Bondye fè l moute nan syèl la vin sou bò dwat li, li resevwa Sentespri Papa a te pwomèt la, li vide l sou nou. Enben, se sa n'ap wè, se sa n'ap tande kounyeya.
Yo rete konsa, epi yon sèl bri sot nan syèl la tankou yon gwo van k'ap soufle. Li plen tout kay kote yo te chita a.
Yon jou, pandan Jezi t'ap manje ak yo, li ba yo lòd sa a: — Pa kite Jerizalèm. Rete tann pwomès Papa a te fè nou an, sa mwen te anonse nou an. Jan te batize nou avèk dlo, men nou menm, nan kèk jou ankò, nou pral batize nan Sentespri.
Se konsa tou, Lespri Bondye a vin ede nou, atout nou fèb la, paske nou pa konnen kisa pou n mande lè n'ap lapriyè, ni ki jan pou nou lapriyè. Men, se Lespri Bondye a menm k'ap lapriyè Bondye pou nou. L'ap pouse gwo soupi moun pa ka esplike.
Yo tout te vin anba pouvwa Sentespri, epi yo pran pale lòt lang dapre jan Lespri Bondye a t'ap fè yo pale.
Espwa sa a p'ap janm twonpe nou, paske Bondye te fè nou wè jan l renmen nou lè li ban nou Sentespri li.
Lè sa a, yo wè yon bann filang tou long parèt tankou lang flanm dife. Yo separe yonn ak lòt epi y'al poze yonn pa yonn sou tèt yo chak.
Mwen menm, mapral voye ban nou sa Papa m te pwomèt la. Nou menm, rete lavil Jerizalèm jouk pouvwa k'ap sòti anwo nan syèl la va desann sou nou.
Mwen menm, m'ap mande Papa a ban nou yon lòt pwotektè dekwa pou li toujou la avèk nou. Se Lespri verite a. Sila a lemonn pa ka resevwa a, paske yo pa wè li, ni yo pa konnen li. Men nou menm, nou konnen li paske li la avèk nou epi l'ap nan nou.
Jan te batize nou avèk dlo, men nou menm, nan kèk jou ankò, nou pral batize nan Sentespri.
Anpil ladan yo te kwè sa Pyè t'ap di a, yo te resevwa batèm. Jou sa a, te gen twamil (3.000) moun konsa ki te mete tèt yo ansanm ak disip yo.
Nou se temwen tout bagay sa yo, nou menm ansanm ak Sentespri Bondye bay tout moun ki obeyi l yo.
Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seryozite, li fè ou gen bon manyè. Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo.
Men sa k pral rive nan dènye tan an: Se Bondye menm k'ap pale: M'ap vide Lespri m sou tout moun sou latè. Pitit gason nou ak pitit fi nou yo va pale tankou pwofèt. Jenn gason nou yo va gen vizyon. Granmoun nou yo va fè rèv.
Wi, lè sa a, m'ap vide Lespri m sou tout sèvitè m yo, fi kou gason, epi y'a bay mesay ki sòti nan Bondye.
Mwen pral fè mèvèy parèt anwo nan syèl la, mwen pral fè mirak anba sou latè! Va gen san, dife ak gwo nyaj lafimen. Yo rete konsa, epi yon sèl bri sot nan syèl la tankou yon gwo van k'ap soufle. Li plen tout kay kote yo te chita a. Solèy la pral vin tou nwa. Lalin lan pral vin wouj kou san, anvan jou Mèt la rive. Se va yon gwo jou, yon bèl jou tou! Lè sa a nenpòt moun ki va rele Bondye va delivre.
Apre sa, m'a vide lespri mwen sou tout moun. Pitit gason ak pitit fi nou yo va bay mesay m'a ba yo. Granmoun nou yo va fè rèv. Jennmoun nou yo va gen vizyon. Wi, lè sa a, m'a vide lespri m sou tout moun, ata sou moun k'ap travay lakay nou, fi kou gason.
M'ap vide dlo sou tè sèk la. M'ap fè sous dlo koule nan dezè a. M'ap bay pitit nou yo pouvwa lespri mwen. M'ap voye benediksyon m sou pitit pitit nou yo.
Chanje lavi nou, tounen vin jwenn Bondye pou l ka efase peche nou yo. Bò Bèl Pòt la (se konsa yo te rele yon pòt nan tanp lan), te gen yon nonm ki te enfim depi l te fèt. Chak jou yo te pote l bò Bèl Pòt la pou l te kapab mande moun k'ap antre nan tanp lan lacharite. Lè sa a, Bondye va fè nou jwenn yon rafrechi pou nanm nou devan li, l'a voye Jezikri, moun li te chwazi davans pou nou an.
Pyè t'ap pale toujou lè Sentespri a desann sou tout moun ki t'ap koute mesay la. Frè ki te sòti lavil Jope ansanm ak Pyè yo se jwif yo te ye. Yo te sezi wè ki jan Bondye te bay moun ki pa jwif yo Sentespri l an kantite. Yo te tande moun lòt nasyon yo ap pale nan lòt lang. Yo t'ap fè lwanj Bondye, yo t'ap di jan li gen pouvwa. Lè sa a Pyè di:
Mwen te konmanse pale lè Sentespri a desann sou yo menm jan li te desann sou nou premye jou a. Lè sa a, mwen vin chonje sa Senyè a te di: Jan te batize nan dlo, men nou menm nou gen pou n resevwa batèm nan Sentespri a.
Antan Apolòs te lavil Korent, Pòl menm t'ap pase nan tout mòn peyi Lazi yo jouk li rive lavil Efèz. Li jwenn kèk disip nan lavil la. Pandan dezan, sa mache konsa. Se sa k fè tout moun ki te rete nan pwovens Lazi a, jwif kou moun lòt nasyon yo, yo tout te tande pawòl Senyè a. Bondye te sèvi ak Pòl pou l te fè anpil gwo mirak. Se konsa yo te konn pran mouchwa ak lòt rad ki te fwote ak kò l, yo pote yo bay moun malad. Lamenm malad yo te geri, epi tout move lespri yo te met deyò. Te gen kèk jwif ki t'ap mache toupatou ap chase move lespri sou moun malad. Yo menm tou, yo t'ap seye chase move lespri yo nan non Jezi. Se konsa yo te konn di move lespri yo: — Pa pouvwa Jezi Pòl ap fè konnen an, mwen ba ou lòd sòti. (Se te sèt pitit gason Seva, yon granprèt jwif, ki t'ap fè sa.) Men move lespri a reponn yo: — Mwen konnen Jezi, mwen konnen Pòl. Men nou menm, ki moun nou ye? Lè sa a, nonm ki te gen move lespri sou li a fonse sou yo, li moutre li te gen plis fòs pase yo tout mete ansanm. Li malmennen yo sitèlman yo pran kouri sòti nan kay la toutouni, tout kò yo an san. Tout moun lavil Efèz, jwif kou moun lòt nasyon yo, te rive konn bagay sa a. Yo tout te pè, men yo te vin gen gwo respè pou non Senyè Jezi a. Anpil nan moun ki te kwè yo vini, yo kanpe devan tout moun, yo t'ap avwe tou sa yo te fè, yo t'ap rekonèt sa an piblik. Te gen anpil ladan yo ki te konn pratike maji, yo pote liv yo, yo boule yo devan tout moun. Dapre kalkil yo te fè, te gen liv pou desansenkanntmil (250.000) goud antou. Li mande yo: — Eske nou te resevwa Sentespri lè nou te kwè? Yo reponn li: — Yo pat janm di nou te gen yon Sentespri. Se konsa pawòl Bondye a t'ap gaye avèk pouvwa, li t'ap moutre fòs li. Apre bagay sa yo fin pase, Pòl fè lide pase nan Masedouàn ak Lakayi, apre sa pou l'al Jerizalèm. Li t'ap di: — Apre mwen sòti la, se pou mal wè lavil Wòm tou. Lè sa a, li voye Timote ak Eras, de nan moun ki t'ap ede l nan sèvis la, devan nan peyi Masedouàn. Li menm li rete kèk tan ankò nan pwovens Lazi. Se lè sa a yon gwo dezòd pete nan lavil Efèz poutèt chemen Bondye a. Te gen Demetriyis, yon bòs òfèv, ki te konn fè ak lajan ti eskilti tanp deyès Atemis. Travay sa a te konn rapòte ouvriye yo bon ti kòb. Yon jou, li sanble tout ouvriye l yo ansanm ak tout lòt moun ki te konn fè menm travay sa a tou. Li di yo: — Mesye, nou konnen se travay sa a ki fè nou viv. Men, nou wè ak je nou, nou tande ak zòrèy nou sa nonm yo rele Pòl la ap fè. L'ap mache di bondye moun fè ak men se pa bondye yo ye menm. Se konsa, li resi rive pran tèt anpil moun, pa isit nan lavil Efèz la ase, men nan tout pwovens Lazi a. Talè konsa, metye nou an pral pote move non. Men sa ki pi rèd la ankò, kay deyès Atemis lan pral pèdi repitasyon li. Lè sa a menm, gwo bondye moun ap adore nan tout pwovens Lazi ak toupatou sou latè a pral pase pou anyen. Lè yo tande sa, foul moun yo vin ankòlè anpil, yo pran rele: — Atemis moun Efèz yo, se gwo nègès! Dezòd la gaye nan tout lavil la. Moun yo pase men yo, yo pran Gayis ak Aristak, de moun Masedwàn ki te ansanm ak Pòl nan vwayaj la, foul la kouri, y'ale nan Estad la. Lè sa a, Pòl mande yo: — Ki batèm nou te resevwa? Yo reponn li: — Batèm Jan an. Pòl te vle ale li menm tou devan pèp la, men disip yo te di l non. Te gen de twa gwo chèf peyi Lazi a ki te zanmi li, yo voye mande li pou li pa fè enpridans parèt nan Estad la. Pandan tout tan sa a, te gen gwo bouyay nan asanble a. Yon pòsyon moun t'ap rele yon bagay, yon lòt pòsyon menm t'ap rele yon lòt bagay. Pifò ladan yo pat konnen ojis poukisa yo te sanble. Kèk moun nan foul la esplike bagay la bay Aleksann, yon nonm jwif yo te mete alatèt yo. Aleksann fè siy ak men li, li te vle pale pou l pran defans jwif yo devan pèp la. Men, lè yo rekonèt se jwif li ye, yo tout pran rele ansanm menm bagay la pandan dezèdetan: — Atemis moun Efèz yo, se gwo nègès. Bout pou bout, sekretè lakomin lan te resi fè foul la sispann rele, li di yo konsa: — Moun Efèz, koute! Tout moun konnen lavil Efèz se li menm k'ap veye sou kay Atemis, gwo nègès, ansanm ak estati li a ki te tonbe sot nan syèl la. Pèsonn pa ka di se pa vre. Se sa ki fè, se pou n mete tèt nou anplas pou n pa fè anyen san nou pa kalkile byen. Bon! Mesye sa yo nou mennen isit la, yo pa fè pyès zak derespektan ni pale lèd sou Atemis, deyès nou an. Si Demetriyis ak ouvriye l yo gen yon kont yo vle regle ak yon moun, gen jou pou tribinal la travay, epi gen chèf pou sa tou: se la pou y'al pote plent. Apre sa, si nou gen lòt reklamasyon nou vle fè, n'a regle sa yon lè tout sitwayen yo va reyini dapre lalwa. Pòl di yo: — Jan te batize moun ki te asepte tounen vin jwenn Bondye, li t'ap di pèp Izrayèl la pou yo te kwè nan moun ki t'ap vini apre l la, ki vle di Jezi. Ak sa ki pase jodi a, yo kapab al di se revòl n'ap fè kont otorite yo wi. Pa gen rezon pou tout dezòd sa a. Pa gen lòt esplikasyon yo ka bay rasanbleman sa a non. Lè li fin di sa, li voye tout moun lakay yo. Lè yo tande sa, yo mande pou resevwa batèm nan non Senyè Jezi. Apre sa, Pòl mete men sou tèt yo, epi Sentespri desann sou yo. Yo pran pale nan lang lòt peyi, yo t'ap bay mesay ki sòti nan Bondye.
Se konsa tou, Lespri Bondye a vin ede nou, atout nou fèb la, paske nou pa konnen kisa pou n mande lè n'ap lapriyè, ni ki jan pou nou lapriyè. Men, se Lespri Bondye a menm k'ap lapriyè Bondye pou nou. L'ap pouse gwo soupi moun pa ka esplike. Bondye menm ki konnen sa ki nan kè tout moun, li konnen kisa Lespri li a vle mande, paske sa Bondye vle a se sa Lespri li a ap mande pou tout moun k'ap viv pou Bondye.
Se pa lespri k'ap travay nan moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan nou te resevwa. Lespri nou resevwa a, se Lespri Bondye te voye ban nou an pou n te ka konnen tout favè Bondye te fè nou.
Pou fè nou wè nou se pitit li tout bon, Bondye te voye Lespri Pitit li a k'ap rele: Papa, nan kè nou.
Konsa tou, nou menm, moun lòt nasyon yo, apre nou te fin tande mesaj laverite a, bonnouvèl k'ap fè nou konnen jan Bondye renmen nou an, nou mete konfyans nou nan Kris la, n'ap viv ansanm ak li tou. Bondye make letanp li sou nou, li ban nou Sentespri li te pwomèt la. Sentespri sa a, se yon avalwa Bondye ban nou sou eritaj li te pwomèt li t'ap bay pèp li a. Sa ban nou garanti Bondye gen pou fin delivre moun pa l yo nèt. Se sa k fè, nou menm tou, moun lòt nasyon yo, n'ap sèvi yon lwanj pou pouvwa Bondye a tou.
Paske, gremesi Kris la, nou tout, kit nou jwif kit nou pa jwif, nou ka pwoche bò kote Papa a, nan pouvwa yon sèl ak menm Sentepri a.
M'ap mande Bondye pou li ban nou, dapre richès pouvwa li a, fòs ak kouray nan kè nou, pa mwayen pouvwa Sentespri a, pou nou ka grandi nan karaktè nou,
Pa fè Sentespri Bondye a lapenn, paske Lespri a se mak letanp Bondye sou nou, li ban nou garanti Bondye ap fin delivre nou lè jou a va rive.
paske mwen konnen tout bagay sa yo pral vire anbyen pou mwen, gremesi lapriyè n'ap fè pou mwen ak lasistans Lespri Jezikri a ap ban mwen.
Paske, Bondye vle fè moun pa li yo konnen tout richès ak tout bèl pouvwa ki nan sekrè li te sere pou moun ki pa jwif yo. Men sekrè a: nou menm moun ki pa jwif yo, Kris ap viv nan lavi nou tou, li ban nou espwa nou gen pou nou patisipe nan bèl pouvwa Bondye a.
Se poutèt sa, moun ki pa asepte pawòl sa a, se pa pawòl lèzòm li pa koute, se pawòl Bondye ki ban nou Sentespri l la menm li pa koute.
Anmenmtan an tou, Bondye te fè anpil siy, anpil bèl bagay ak anpil mirak pou fè wè sa moun sa yo t'ap di a se te vre. Li separe kado Sentespri a bay moun jan l vle.
Se sa Sentespri di nou tou. Paske, lè li fin di: Men kontra mwen pral fè ak yo apre jou sa yo. (Se Bondye menm ki di sa.) M'a mete lwa m yo nan kè yo, m'a make lwa m yo nan lespri yo. Apre sa, li di: Mwen p'ap janm chonje ni peche yo, ni sa yo fè ki mal.
Pou nou menm, nou te resevwa Sentespri Kris la te voye sou nou an, konsa nou tout nou konn verite a.
Moun ki kenbe kòmandman Bondye yo, y'ap fè yonn ak Bondye, Bondye ap fè yonn ak yo tou. Men ki jan nou konnen Bondye fè yonn ak nou: nou konnen sa paske li ban nou Sentespri li.
Yo te tande moun lòt nasyon yo ap pale nan lòt lang. Yo t'ap fè lwanj Bondye, yo t'ap di jan li gen pouvwa. Lè sa a Pyè di:
Lespri Bondye a fè travay li yon jan nan lavi chak moun, men li fè l pou byen tout moun.
Se Bondye menm ki kenbe m fèm, ansanm ak nou tout, nan lavi n'ap mennen nan Kris la. Se li menm ki mete nou apa pou li, li menm ki mete letanp li nan kè nou, Sentespri a, kou yon garanti sou tout sa li sere pou nou.
Se Bondye menm ki pare chanjman sa a pou nou. Li ban nou Sentespri li kòm avangou sou tout byen li sere pou nou yo.
Sa te fèt konsa pou moun ki pa jwif yo te ka rive resevwa benediksyon Bondye te pwomèt Abraram lan gremesi Jezikri, pou nou tout te ka resevwa Lespri Bondye te pwomèt la, paske nou te mete konfyans nou nan li.
Konsa, nou menm tou avèk lavi n'ap mennen nan Kris la, nou antre nan batisman sa a pou nou fè ansanm ak lòt yo yon sèl kay kote Bondye ap viv ak pouvwa Sentespri li.
Tout lwanj lan se pou Bondye. Paske, ak pouvwa k'ap travay nan nou an, li kapab fè pi plis pase tou sa nou ka mande, pi plis pase tou sa nou ka mete nan lide nou.
Konsa, si se nan Kris la nou jwenn fòs kouray nou tout bon vre, si se renmen li renmen nou an ki ban nou ankourajman tout bon vre, si Sentespri l rete nan kè nou tout bon vre, si tout bon vre nou yonn renmen lòt, si nou sansib yonn pou lòt,
Se pou nou viv byen yonn ak lòt, jan Kris la vle l la. Paske, Bondye rele nou pou nou viv byen yonn ak lòt pou nou ka fè yon sèl kò. Toujou chonje sa li fè pou nou.
Yo tout te ansanm. Yo te toujou reyini pou yo lapriyè. Medam yo te la tou ansanm ak Mari, manman Jezi, ak frè li yo tou.
Yo t'ap fè lwanj Bondye. Tout moun te renmen yo. Chak jou Bondye t'ap mete lòt moun li t'ap delivre yo nan gwoup la.
Lè sa a, Pyè di li: — Mwen pa gen ni lajan ni lò. Men, sa m genyen an, m'ap ba ou li. Nan non Jezikri, moun Nazarèt la, leve mache. Li pran men dwat li, li fè l kanpe. Menm lè a tou, pla pye enfim lan ak zo jwenti pye l yo vin fèm. Li fè yon sèl sote, li kanpe sou de pye li, li pran mache. Li antre nan Tanp lan ak yo. Li t'ap mache, li t'ap ponpe, li t'ap rele: Beniswa Letènèl!
Nou wè nonm sa nou konnen an, se pouvwa ki nan non Jezi a mete ak konfyans nou gen nan non sa a ki ba li fòs ankò. Se konfyans nou gen nan Jezi ki fè l geri nèt, jan nou ka wè l la.
Apòt yo menm ki te lavil Jerizalèm, lè yo tande moun Samari te asepte pawòl Bondye a, yo voye Pyè ak Jan bò kote yo. Lè Pyè ak Jan rive Samari, yo lapriyè pou moun ki kwè yo pou yo te kapab resevwa Sentespri, paske Sentespri a pat ankò desann sou okenn nan yo. Yo te resevwa batèm nan non Senyè Jezi a sèlman. Lè sa a, Pyè ak Jan mete men sou tèt yo, yo resevwa Sentespri.
Frè ki te sòti lavil Jope ansanm ak Pyè yo se jwif yo te ye. Yo te sezi wè ki jan Bondye te bay moun ki pa jwif yo Sentespri l an kantite.
— Moun sa yo resevwa Sentespri menm jan avèk nou. Kounyeya, ki moun ki ka anpeche nou batize yo nan dlo tou?
Li mande yo: — Eske nou te resevwa Sentespri lè nou te kwè? Yo reponn li: — Yo pat janm di nou te gen yon Sentespri.
Lespri Bondye a pral desann sou li. L'ap ba li bon konprann ak lespri. L'ap ba li konesans ak ladrès pou l dirije. L'ap fè l konn Senyè a, l'ap fè l gen krentif pou li.
Senyè a di ankò: Men kontra mwen pral pase ak yo a: M'ap mete lespri m sou yo. M'ap ba yo lòd mwen yo pou lòd mwen yo ka nan bouch yo, nan bouch pitit yo ak nan bouch pitit pitit yo, pou tout tan tout tan. Se mwen menm Senyè a ki di sa.
Bondye pale, li di konsa: Men sèvitè m lan, se mwen menm ki chwazi li. Men moun mwen renmen anpil la. Li fè kè m kontan anpil. M'a mete Lespri m sou li, l'a fè tout nasyon yo konnen jijman mwen.
Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a. Yo rete konsa, epi tè a pran tranble byen fò. Yon zanj Bondye desann sòti nan syèl la, li vini, li woule wòch la sou kote, lèfini li chita sou li. Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.
Moun ki kwè va fè anpil mirak. Y'a chase move lespri nan non mwen, y'a pale lòt lang. Yo ta mèt kenbe sèpan, yo ta mèt bwè pwazon, anyen p'ap rive yo. Y'a mete men sou tèt moun malad, moun malad yo va geri.
Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou bon bagay, se pa Papa nou ki nan syèl la ki pou ta refize ban nou Sentespri l, lè nou mande l li.
Dènye jou fèt la, se li ki te pi enpòtan. Jou sa a, Jezi kanpe devan foul moun yo, li di yo byen fò: — Si yon moun swaf dlo, li mèt vin jwenn mwen, li mèt vin bwè. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, y'ap wè gwo kouran dlo k'ap bay lavi koule sòti nan kè yo, jan sa ekri nan Liv la. (Jezi t'ap pale ki jan moun ki kwè nan li yo ta pral resevwa Sentespri. Lè sa a, Sentespri pat ankò desann sou pèsonn, paske Jezi pat ankò moute nan syèl la.)
Men, li menm Lespri k'ap moutre verite a, lè l'a vini, l'a mennen nou nan tout verite a. Paske li p'ap pale pawòl pa li. Men, tou sa l'a tande, se sa l'a di nou: l'a fè nou konnen bagay ki gen pou rive.
Yo pase tout tan yo ap koute sa apòt yo t'ap moutre yo, yo t'ap viv ansanm tankou frè yonn ak lòt, yo reyini pou separe pen an bay tout moun, epi yo t'ap lapriyè.
Lè Pyè ak Jan rive Samari, yo lapriyè pou moun ki kwè yo pou yo te kapab resevwa Sentespri, paske Sentespri a pat ankò desann sou okenn nan yo. Yo te resevwa batèm nan non Senyè Jezi a sèlman. Lè sa a, Pyè ak Jan mete men sou tèt yo, yo resevwa Sentespri.
Ananyas ale, li antre nan kay la, li mete men l sou tèt Sòl, li di li: — Sòl, frè mwen, Senyè Jezi voye m kote ou. Se li menm ki te parèt devan ou sou granchemen an lè ou t'ap vini an. Li voye m pou ou ka wè ankò, pou ou vin anba pouvwa Sentespri.
Nou konnen tou ki jan Bondye te vide pouvwa Sentespri l sou Jezi, moun Nazarèt la. Jezi mache nan tout peyi a, li t'ap fè byen, li t'ap geri tout moun ki te anba pouvwa Satan paske Bondye te kanpe avèk li.
Banabas sa a te yon bon gason. Li te gen anpil konfyans nan Bondye, epi Sentespri te kenbe l anba pouvwa l tout tan. Anpil moun te vin kwè nan Senyè a.
Yo t'ap bay disip yo fòs, yo t'ap ankouraje yo pou yo rete fèm nan konfyans yo. Yo t'ap di yo: — Nou gen pou nou soufri anpil anvan pou n antre nan peyi kote Bondye wa a.
Enben, Bondye ki konnen sa ki nan kè moun, li moutre nou ki jan li menm li asepte yo: li ba yo Sentespri menm jan li te fè l pou nou an.
Lè yo rive toupre lavil Mizi, yo te vle ale Bitini, men Lespri Jezi a pat pèmèt yo fè sa.
Yon sèl bagay mwen konnen: Nan chak vil kote mwen pase, Sentespri avèti m' se prizon ak anpil soufrans k'ap tann mwen.
Lespri Bondye ban nou an, se pa yon lespri k'ap fè nou esklav pou n'ap tranble devan Bondye toujou. Okontrè, Lespri Bondye a fè nou tounen pitit Bondye. Se li menm ki penmèt nou rele Bondye Papa.
Bondye menm ki konnen sa ki nan kè tout moun, li konnen kisa Lespri li a vle mande, paske sa Bondye vle a se sa Lespri li a ap mande pou tout moun k'ap viv pou Bondye.
Bondye voye Sentespri li ki devwale sekrè travay sa a ban nou. Lespri Bondye sonde tout bagay, menm sa ki nan fon sekrè Bondye. Pran nenpòt moun: Kilès ki ka konnen sa ki nan kè li? Se lespri ki nan li a sèlman ki ka konn sa. Konsa tou, sèl Lespri Bondye a konnen tout bagay ki nan Bondye. Se pa lespri k'ap travay nan moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan nou te resevwa. Lespri nou resevwa a, se Lespri Bondye te voye ban nou an pou n te ka konnen tout favè Bondye te fè nou.
Chache gen renmen nan kè nou. Men, se pou nou chache gen kado Sentespri bay yo tou. Chache gen don pou fè konnen mesay ki sòti nan Bondye yo.
Moun ki te resevwa limyè Bondye a yon fwa deja, yo te goute kado Bondye te ba yo a, yo te resevwa pòsyon pa yo nan Sentespri Bondye a.
Pèsonn pa janm wè Bondye. Men, si nou yonn renmen lòt, Bondye fè yonn ak nou. Konsa n'a renmen tout bon, jan Bondye renmen an. Nou konnen nou fè yonn ak Bondye, Bondye fè yonn ak nou, paske li ban nou Sentespri li.
Lespri Bondye, Senyè a, desann sou mwen. Paske Senyè a chwazi m, li voye m pou m anonse bòn nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m geri tout moun k'ap soufri yo, pou m fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.
Men, yo te fè wòklò avè l, yo te fè l lapenn anpil. Se konsa Senyè a te tounen yon lènmi pou yo, li fè yo lagè.
Lè sa a, Jan di yo tout: — Mwen batize nou nan dlo. Men, gen yon moun ki gen pou vini ki gen plis pouvwa anpil pase mwen. Mwen menm, mwen pa bon ase pou m ta demare kòd sapat ki nan pye li. Se li menm ki va batize nou nan Sentespri ak nan dife.
Mwen menm, mwen batize nou nan dlo, pou fè wè nou tounen vin jwenn Bondye. Men, moun k'ap vin apre mwen an gen plis pouvwa anpil pase m. Mwen pa bon ase menm pou m ta wete sapat ki nan pye li. Se li menm ki va batize nou nan Sentespri ak nan dife.
Moun sa yo pa sou jan nou kwè a. Se nevè dimaten li ye sèlman. Men, sa pwofèt Jowèl te fè konnen gen pou rive a, se sa k'ap pase kounyeya: Men sa k pral rive nan dènye tan an: Se Bondye menm k'ap pale: M'ap vide Lespri m sou tout moun sou latè. Pitit gason nou ak pitit fi nou yo va pale tankou pwofèt. Jenn gason nou yo va gen vizyon. Granmoun nou yo va fè rèv. Wi, lè sa a, m'ap vide Lespri m sou tout sèvitè m yo, fi kou gason, epi y'a bay mesay ki sòti nan Bondye. Mwen pral fè mèvèy parèt anwo nan syèl la, mwen pral fè mirak anba sou latè! Va gen san, dife ak gwo nyaj lafimen. Yo rete konsa, epi yon sèl bri sot nan syèl la tankou yon gwo van k'ap soufle. Li plen tout kay kote yo te chita a. Solèy la pral vin tou nwa. Lalin lan pral vin wouj kou san, anvan jou Mèt la rive. Se va yon gwo jou, yon bèl jou tou! Lè sa a nenpòt moun ki va rele Bondye va delivre.
Se avèk anpil pouvwa apot yo t'ap bay prèv kijan Bondye te resisite Jezi nan lanmò. Bondye menm te vide benediksyon li ankantite sou yo tout.
Men Etyèn, anba pouvwa Sentespri, leve je l anlè, li gade syèl la. Li wè tout bèl pouvwa Bondye a ansanm ak Jezi kanpe sou bò dwat Bondye.
Simon te wè jan moun yo te resevwa Sentespri lè apòt yo mete men sou tèt yo. Li ofri Pyè ak Jan lajan.
Pyè t'ap kalkile toujou sou sans pou l te bay vizyon an, lè Sentespri di li: — Koute. Gen twa moun anba a k'ap mande pou ou.
Se sa ki fè, frè mwen yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri nou tankou yon sakrifis apa bay Bondye, yon sakrifis vivan k'ap fè li plezi. Se sèl jan pou nou sèvi Bondye tout bon vre. Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k'ap viv ansanm ak Kris la. Nan tou sa n'ap fè, se pou nou gen respè yonn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan. Travay di, pa fè parese. Mete aktivite nan sèvis n'ap rann Mèt la. Pandan n'ap tann lan, fè kè n kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè. Bay moun k'ap viv pou Bondye yo konkou lè nou wè yo nan bezwen. Resevwa moun ki vin lakay nou byen. Mande Bondye pou l beni moun k'ap pèsekite nou. Mande benediksyon, pa mande madichon pou yo. Fè kè n kontan ak moun ki kontan, kriye ak moun k'ap kriye. Viv byen yonn ak lòt. Pa kite lògèy moute tèt nou. Viv tankou moun ki san pretansyon. Pa kwè nou gen pi bon konprann pase sa. Si yon moun fè nou mal, pa chache fè l mal tou. Chache fè sa ki byen nan je tout moun. Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun, mezi nou kapab fè li. Mezanmi, pa tire revanj. Men kite kòlè Bondye fè travay li. Paske men sa ki ekri nan Liv la: Se mwen sèl ki gendwa tire revanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se Bondye menm ki di sa. Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l'a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale.
Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k'ap viv nan lavi nou! Sentespri Bondye ban nou an! Nou pa mèt tèt nou ankò. Kouman? Se konnen nou pa konnen moun ki fè pati pèp Bondye a gen pou jije moun ki nan lemonn yo? Si nou gen pou nou jije moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo, ki jan nou fè pa kapab jije bagay ki pi piti pase sa? Bondye achte nou kach, li peye chè pou sa. Se poutèt sa, sèvi ak kò nou yon jan pou fè lwanj Bondye.
li menm ki mete letanp li nan kè nou, Sentespri a, kou yon garanti sou tout sa li sere pou nou.
Se poutèt sa, men sa m'ap di nou: Kite Lespri Bondye dirije lavi nou. Pa obeyi egzijans kò a. Kò a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans Lespri Bondye a. Konsa tou, Lespri Bondye a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans kò a. Se de bagay ki pa mache ansanm menm. Se sa k fè nou pa kapab fè sa nou vle.
Lè yon moun di li gen konfyans nan Bondye, sa vle di li sèten li gen pou li resevwa sa l'ap tann lan. Li gen konviksyon bagay nou pa ka wè ak je nou, yo egziste tout bon vre.
Vè menwi konsa, Pòl ak Silas t'ap lapriyè, yo t'ap chante fè lwanj pou Bondye. Lòt prizonye yo menm t'ap koute. Epi, yo rete konsa, tè a pran tranble byen fò, li souke prizon an jouk nan fondasyon li. Menm lè a, tout pòt prizon yo louvri, chenn tout prizonye yo kase.
Kounyeya, nanpwen okenn kondannasyon pou moun ki fè yon sèl kò ak Jezikri. Se vre, akoz peche, eta kò a se lanmò, men si Kris ap viv nan ou, Lespri Bondye ba ou lavi, paske ou jwenn gras devan Bondye. Si Lespri Bondye ki te fè Jezikri leve sòti vivan nan lanmò a rete nan nou, li menm ki te fè Jezikri leve sòti vivan nan lanmò a, li va bay kò nou yo ki la pou mouri a lavi tou, pa pouvwa Lespri li a ki rete nan nou. Se sa ki fè, frè mwen yo, nou gen yon dèt. Men se pa dèt pou viv selon lachè. Se poutèt sa, si n'ap viv dapre egzijans lachè, nou sou wout mouri. Men si, okontrè, ak pouvwa Lespri Bondye a, nou touye egzijans lachè, n'ap gen lavi. Paske, tout moun Lespri Bondye a ap dirije, se pitit Bondye yo ye. Lespri Bondye ban nou an, se pa yon lespri k'ap fè nou esklav pou n'ap tranble devan Bondye toujou. Okontrè, Lespri Bondye a fè nou tounen pitit Bondye. Se li menm ki penmèt nou rele Bondye Papa. Lespri Bondye a bay lespri pa nou an lasirans se pitit Bondye nou ye. Si se pitit Bondye nou ye, nou gen pòsyon pa nou nan eritaj Bondye te pwomèt moun pa l yo, n'a resevwa pa nou ansanm ak Kris la nan tou sa Bondye te sere pou li. Paske, si nou soufri ansanm ak li, n'a resevwa lwanj nan men Bondye ansanm ak li tou. Pou mwen, nou pa ka konpare sa n'ap soufri kounyeya ak bèl bagay Bondye pral fè nou wè yo. Tout kreyasyon an ap tann konsa kilè Bondye ap fè pitit li yo parèt. Lalwa Sentespri a ap fè nou viv ansanm ak Jezikri. Li delivre nou anba lalwa peche ak anba lanmò.
Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo kounyeya.
Pitit mwen, aprann sa m'ap moutre ou la a. Chache pou ou pa janm bliye sa mwen di ou fè a. Lè sa a, w'a gen bon konprann nan ou. W'a pran tout plezi ou nan konesans ou genyen. Entelijans ou p'ap kite anyen rive ou, konesans ou pral yon pwoteksyon pou ou. Yo p'ap kite ou fè sa ki mal. Yo p'ap kite moun k'ap fè bèl diskou pou twonpe moun pwoche bò kote ou. Moun sa yo, se moun ki kite chemen dwat la pou lage kò yo nan fènwa. Se moun ki pran plezi yo nan fè sa ki mal. Se moun ki kontan anpil pou wè mechanste lòt moun ap fè. Ou pa janm konnen kote ou ye ak moun sa yo, tout kò yo se plan. Entèlijans ou ak konesans ou va delivre ou anba fanm ki pa madanm ou, anba lòt fanm k'ap chache pran tèt ou ak bèl pawòl dous. Fanm konsa se fanm k'ap twonpe mari yo, fanm ki bliye pwomès yo te fè Bondye. Si ou mete pye lakay yo, ou sou wout lanmò. Si ou ale lakay yo, ou pa lwen ale kote mò yo ye a. Lakay yo, se antre pa sòti. Pa gen lavi pou ou ankò! Se poutèt sa, louvri zòrèy ou pou ou tande sa moun ki gen sajès ap di ou. Chache konprann yo. Se poutèt sa, swiv egzanp moun debyen. Mache pye pou pye dèyè moun ki pa fè chemen kwochi. Paske se moun k'ap mache dwat yo ki pral rete nan peyi a. Se moun serye yo ki pral la. Men, y' ap disparèt mechan yo nan peyi a. Y'ap rache moun ki nan foub yo tankou yo rache move zèb. Wi, pa janm sispann chache gen konesans. Mande pou ou gen bon konprann. Kouri dèyè konesans tankou moun k'ap kouri dèyè lajan. Chache konesans tankou moun k'ap chache ja lajan. Si ou fè tou sa, w'a konnen sa ki rele gen krentif pou Bondye. W'a resi konnen ki moun Bondye ye.
Moun ki fè kè l kontan, se moun ki gen krentif pou li, se moun ki mete tout espwa yo nan li, paske yo konnen li renmen yo.
Se Bondye ki delivre m! Mwen gen konfyans nan li. Kè m pa kase ankò! Se Senyè a ki tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m!
Jezi reponn li: — Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide ou. Se kòmandman sa a ki pi gwo, ki pi konsekan.
Lespri Bondye a sou mwen. Li chwazi m pou m anonse bòn nouvèl la bay pòv yo. Li voye m pou m fè tout prizonye yo konnen yo lage, pou m fè tout avèg yo konnen yo kapab wè ankò, pou m delivre moun y'ap maltrete yo,
Jan di yo: — Mwen wè Lespri soti nan syèl la sou fòm yon pijon desann sou li. Lè sa a, mwen pa t'ankò konnen ki moun li ye. Men Bondye ki voye m' batize moun nan dlo a te di m': - Moun w'a wè Lespri desann vin rete sou li a, se li menm ki va batize moun nan Sentespri.
Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l fè kè nou kontan nèt, pou l fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.
Moun ki te resevwa limyè Bondye a yon fwa deja, yo te goute kado Bondye te ba yo a, yo te resevwa pòsyon pa yo nan Sentespri Bondye a. Yo te goute pawòl Bondye a, yo te wè l te gou. Yo te santi nan lavi yo pouvwa k'ap travay nan tan k'ap vini an. Apre sa, si yo voye konfyans yo nan Bondye jete, pa gen mwayen pou yo tounen vin jwenn Bondye ankò. Paske, yo kloure Pitit Bondye a yon dezyèm fwa sou kwa a. Yo fè l wont devan tout moun ankò.
Pouvwa Bondye a ban nou tou sa nou bezwen pou nou ka viv, pou nou ka sèvi li. Li fè nou konnen moun ki te rele nou an, lè li te fè nou wè pouvwa li ak bèl bagay li yo. Se konsa, Bondye ban nou pwomès li yo ki gwo anpil, ki gen anpil valè, pou nou kapab patisipe nan sa Bondye ye a, pou nou kapab chape anba koripsyon ki nan lemonn, akòz move lanvi ki nan kè moun.
Pou nou menm, nou te resevwa Sentespri Kris la te voye sou nou an, konsa nou tout nou konn verite a. Si m'ap ekri nou lèt sa a, se pa paske nou pa konn verite a non. Men, okontrè, se paske nou konnen li. Paske nou konnen pa gen manti ki ka sòti nan verite a.
Mwen mande Senyè a yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil anpil: Se pou m ta pase tout lavi m nan kay Senyè a, pou m ka gade bèl bagay li yo byen, pou m ka pran tan m pou m kalkile nan kay ki apa pou li a.
Apre sa, Pòl mete men sou tèt yo, epi Sentespri desann sou yo. Yo pran pale nan lang lòt peyi, yo t'ap bay mesay ki sòti nan Bondye.