Zanmi m, ou konnen nou kreye pou n' adore epi louwe Bondye? Lè n'ap fè sa, gen anpil benefis n'ap jwenn tou.
Kite m rakonte w yon ti istwa nan Bib la, nan Travay Apot yo 16:25-26. Pòl ak Silas te nan prizon, minwi rive, yo t'ap priye epi chante pou Bondye. Dèyè yon gwo tranblemanntè souke prizon an, pòt yo louvri, epi tout chenn prizonye yo kase. Ou wè puisans lwanj lan?
Si nou te byen konprann enpak lwanj genyen, nou t'ap chante pou Senyè a tout tan. Pa gen pwoblèm kijan vwa w ye, non Jezi merite pou nou leve l' anlè tout tan.
Lè n'ap rekonèt grandè li epi pwoklame puisans li, pòt ap louvri, chenn ap kase nan lavi nou tou. Fok nou toujou sonje sa.
Delivre nou non, Senyè, Bondye nou. Fè nou sòti nan tout peyi kote nou gaye yo. Sanble nou non, pou nou ka di ou mèsi pou tout bagay ou menm ase ou ka fè, pou nou ka kontan lè n'ap fè lwanj ou.
Senyè a gen gwo pouvwa, li merite pou yo fè lwanj li vre. Moun p'ap janm fin konprann jan li gen pouvwa!
Senyè a gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre. Se pou tout moun pè l pi plis pase lòt bondye yo.
Men, lè a ap rive, li rive deja: tout moun k'ap sèvi tout bon yo pral sèvi Papa a nan kè yo jan sa dwe fèt. Se moun konsa Bondye vle pou sèvi li.
(2) M'a fè lwanj ou ak tout kè m, Senyè. M'a rakonte tout bèl mèvèy ou yo. (11) Moun ki konnen ou, Senyè, y'ap mete konfyans yo nan ou. Paske, ou pa lage moun k'ap chache ou. (12) Ann fè lwanj Senyè a k'ap gouvènen sou mòn Siyon an. Ann fè tout nasyon yo konnen sa li te fè. (13) Bondye chonje moun k'ap soufri yo, li pa bliye rèl malere yo, li pini moun ki fè yo mal. (14) Gen pitye pou mwen, Senyè! Gade nan ki mizè moun ki rayi m yo mete m. Vin sove m! Pa kite m mouri, Senyè, (15) pou m ka kanpe devan moun lavil Jerizalèm yo, pou m di yo poukisa m'ap fè lwanj ou. M'ap kontan nèt, paske ou te delivre m. (16) Moun lòt nasyon yo fouye yon gwo twou: se yo menm ki tonbe ladan li. Yo tann yon pèlen: se pye yo ki pran ladan li. (17) Senyè a fè yo konnen ki moun li ye, li jije yo san patipri. Sa mechan yo fè a tounen kont yo. (18) Tout mechan yo gen pou mouri. Tout moun ki bliye gen Bondye gen pou mouri tou. (19) Se pa tout tan yo ka bliye moun ki nan mizè. Se pa tout tan yo ka wete espwa moun ki nan lafliksyon. (20) Leve non, Senyè! Pa kite lèzòm genyen batay la! Mennen moun lòt nasyon yo vin jije devan ou. (3) Se ou menm k'ap fè m chante, se ou menm k'ap fè kè m kontan. Bondye ki anwo nan syèl la, m'a chante lwanj ou.
Gremesi Jezikri, sèl ofrann san n'ap ofri bay Bondye a, se lwanj n'ap ba li tout tan. Se tout tan pou non l nan bouch nou.
Lè nou ansanm yonn ak lòt, sèvi ak pawòl sòm yo, kantik yo epi ak pawòl chante Lespri enspire nou. Chante kantik ak Sòm pou Senyè a, lè n'ap fè lwanj li ak tout kè nou.
N'a fè lwanj li, se li menm ki Bondye nou. Nou te wè ak je nou tout gwo bagay ak bèl mèvèy li te fè pou nou.
Zanj yo t'ap chante byen fò: Ti Mouton yo te touye a merite vre pou yo ba l pouvwa, richès, bon konprann ak fòs, respè, onè ak lwanj.
Apre sa, mwen tande tout kreyati Bondye yo nan syèl la, sou latè, anba tè a, nan lanmè, yo tout yo t'ap chante: Lwanj, respè, pouvwa, otorite pou Moun ki chita sou fòtèy la, ak pou ti Mouton an pou tout tan.
Senyè a ap pwoteje m, l'ap pran defans mwen. Mwen mete tout konfyans mwen nan li. Li ede m, kè m kontan. M'ap chante pou m fè lwanj li.
(4) Men, se ou menm ki Bondye, ou chita sou fòtèy ki apa pou ou a. Pèp Izrayèl la ap fè lwanj ou.
Se konsa, yo kònen kòn belye yo. Tande pèp la tande son kòn belye yo, yo pouse yon sèl gwo rèl, epi miray ranpa lavil la tonbe plat atè. Epi chak moun pran mache dwat devan yo sou lavil la, yo anvayi l.
Lè sa a, Moyiz ak moun pèp Izrayèl yo chante yon chante pou Senyè a. Men sa chante a di: — M'ap chante pou Senyè a, paske li genyen batay la. Li voye chwal yo ak tout kavalye yo jete nan lanmè.
(12) Wi, poukisa mwen kagou konsa? Poukisa m'ap plenn konsa nan kè mwen? M'ap mete espwa m nan Bondye, paske mwen gen pou m fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m, se li ki Bondye mwen.
(2) Nou tout pèp yo, bat bravo! Fè lwanj Senyè a! Rele ak kè kontan! (3) Paske, Senyè ki anwo nan syèl la, se moun ki pa nan jwèt, se moun pou nou pè. Se yon gwo wa k'ap gouvènen sou tout latè.
(2) Senyè a gen gwo pouvwa! Li merite pou yo fè lwanj li nan lavil Bondye nou an, sou mòn ki apa pou li a.
Lè yon moun chonje di m mèsi pou tout bagay, se lè sa a li fè lwanj mwen. M'ap delivre tout moun k'ap veye kote y'ap mete pye yo.
(8) Bondye, mwen pare, wi, mwen pare. Mwen pral chante, mwen pral fè lwanj ou. (9) M'ap souke kò mwen, m'ap leve. M'ap pran gita mwen, m'ap pran bandjo mwen. Mwen pral fè solèy leve! (10) Senyè, ma fè lwanj ou nan mitan pèp yo! M'a chante pou ou nan mitan tout nasyon yo!
(4) Renmen ou gen pou nou an pi bon pase lavi. Se poutèt sa m'ap fè lwanj ou. (5) Konsa ma pase tout lavi m ap di ou mèsi. Se ou menm sèlman m'a lapriyè.
(1b) Nou tout ki rete sou latè, rele ak kè kontan pou Bondye! Fe fèt pou fè lwanj Bondye! Bondye, ou te fè nou pase anba tray pou ou te wè kote nou ye. Wi, menm jan yo pase lò nan dife pou wè si li bon, se konsa ou te fè nou pase anba tray. Ou te kite nou tonbe nan pèlen an. Ou te mete yon chay lou sou do nou. Ou kite nenpòt moun ap pase nou lòd. Nou pase nan dife, nou pase nan gwo dlo. Men, ou wete nou nan tout move pa, ou delivre nou. M'a vin lakay ou ak bèt pou yo boule pou ou, m'a ofri ou sa mwen te pwomèt ou a. M'a kenbe pawòl mwen te di lè m te nan tray la. M'a ofri mouton byen gra pou yo boule pou ou sou lotèl la, ansanm ak odè vyann y'ap boukannen pou ou. Wi, m'a ofri ou towo bèf ak bouk kabrit. Vin koute non, nou tout ki gen krentif pou Bondye. M'a di nou sa Bondye fè pou mwen. Mwen rele nan pye l, mwen te deja pare pou m te fè lwanj li. Si mwen te gen move lide nan tèt mwen, Senyè a pa ta koute sa m t'ap di l la. Men Bondye te koute sa m t'ap di l la, li te tande m lè m t'ap lapriyè. Chante pouvwa Bondye! Fè gwo fèt pou fè lwanj li!
(2) Sa bon nèt pou nou di Senyè a mèsi, pou nou chante pou ou, Bondye ki anwo nan syèl la. (11) Ou fè m gen menm fòs ak towo bèf mawon yo. Ou fè kè m kontan. (12) Mwen wè ak je m jan lènmi m yo pèdi batay la, mwen tande jan moun ki pa vle wè m yo ap rele. (13) Moun k'ap mache dwat yo pral pouse tankou palmis, y'ap grandi tankou pye sèd nan peyi Liban. (14) Yo tankou pyebwa yo plante nan kay Senyè a, y'ap pouse bèl branch nan Tanp Bondye nou an. (15) Yo te mèt granmoun, y'ap donnen, y'ap toujou vèt, y'ap toujou gen fòs. (16) Sa fè nou wè jan Senyè a pa gen patipri. Se li ki tout pwoteksyon mwen. Pa gen lenjistis nan kè li. (3) Sa bon nèt pou chak maten nou fè konnen jan ou gen kè sansib, pou chak swa nou fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou.
Chante yon chante tou nèf pou Senyè a! Nou tout ki rete sou latè, chante pou Senyè a! Mache di nan tout peyi yo: Se Senyè a ki sèl wa. Latè kanpe fèm, anyen pa ka brannen l. L'ap jije tout moun san patipri. Se pou syèl la kontan, se pou latè a fè fèt. Se pou lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan l pran fè bri sitèlman yo kontan. Se pou jaden yo ak tou sa ki ladan yo fè fèt. Se pou tout pyebwa nan gwo rak yo rele sitèlman yo kontan, lè Senyè a parèt. Paske, l'ap vini. L'ap vini pou l jije tout moun ki sou latè. L'ap jije tout moun san patipri. L'ap jije tout pèp yo jan sa dwe fèt. Chante pou Senyè a, fè lwanj li! Chak jou, fè konnen jan li delivre nou.
Antre nan Tanp li, di l mèsi! Antre kote ki apa pou li a, chante pou li! Wi, fè lwanj li, di l mèsi!
(1b) Kite m di Senyè a mèsi! Kite m di Senyè ki pa tankou tout moun lan mèsi ak tout nanm mwen! Li pa aji ak nou jan nou ta merite l la, li pa pini nou jan l ta dwe pini nou. Menm jan syèl la byen lwen anwo tè a, se konsa Senyè a renmen moun ki gen krentif pou li. Menm jan kote solèy leve a byen lwen ak kote solèy kouche a, se konsa li wete peche nou yo, li voye yo jete byen lwen nou. Menm jan yon papa sansib pou pitit li, se konsa Senyè a sansib pou moun ki gen krentif pou li. Li konnen ak kisa nou fèt, li chonje se pousyè tè nou ye. Lèzòm menm, lavi yo tankou zèb. Yo grandi, yo fleri tankou flè savann. Kou van soufle sou yo, yo disparèt. Pèsonn pa rekonèt kote yo te ye a. Men renmen Bondye pou moun ki gen krentif pou li yo, se bagay ki la pou tout tan. L'ap gen pitye pou pitit pitit yo, pou moun ki kenbe pawòl yo ak li, pou moun ki chonje kòmandman li yo pou obeyi yo. Senyè a mete fòtèy li anwo nan syèl la, l'ap gouvènen tout bagay. Wi, kite m di Senyè a mèsi. Mwen pa dwe janm bliye tout byen li fè pou mwen.
Lwanj pou Senyè a! Fè konnen jan li gen pouvwa! Fè nasyon yo konnen sa li fè! Sa li te pwomèt Abraram lan, li fè l tounen yon lwa pou pitit Jakòb yo, yon kontra ak pèp Izrayèl la pou tout tan. Li te di: — M'ap ba ou peyi Kanaran an pou pòsyon ki rele ou pa ou nan byen m yo. Lè sa a, pèp Bondye a pat anpil, yo te sèlman yon ti ponyen moun, yo te tankou etranje toujou nan peyi a. Yo t'ap mache ale vini nan tout nasyon yo, yo t'ap sòti nan yon peyi ale nan yon lòt. Men, li pat kite pèsonn maltrete yo. Li te menm rive pini anpil wa poutèt yo. Li te di: Piga nou manyen moun mwen chwazi yo. Piga nou fè pwofèt mwen yo anyen. Lè Senyè a te voye yon grangou sou peyi yo a, lè li te koupe tout viv yo, li te voye Jozèf devan yo, menm Jozèf yo te vann tankou esklav la. Yo te mete pye l nan sèp, yo te pase yon chenn nan kou li, jouk sa li te di a te rive vre. Konsa, pawòl Senyè a te fè wè se Jozèf ki te gen rezon. Chante pou li! Fè lwanj li! Rakonte tout mèvèy li te fè yo!
Non! Lwanj lan pa pou nou, Senyè! Se pa pou nou lwanj lan ye, Senyè! Non! Se pa pou nou! Men, se pou ou menm sèl, paske ou renmen nou, paske ou toujou kenbe pawòl ou!
Nou menm nasyon yo, fè lwanj Senyè a! Nou menm tout pèp yo, fè lwanj li! Paske, li renmen nou anpil anpil, l'ap toujou kenbe pawòl li. Lwanj pou Senyè a!
(1b) Senyè, m'ap di ou mèsi ak tout kè m. La, devan lòt bondye yo, m'ap chante, m'ap jwe gita pou ou! M'ap mete ajenou devan kay ki apa pou ou a, m'ap fè lwanj ou, paske ou gen bon kè, paske ou toujou kenbe pawòl ou, paske ou fè sa ou te pwomèt la. Se tout moun k'ap nonmen non ou kounyeya.
(1b) Bondye mwen, wa mwen, m'a fè konnen jan ou gen pouvwa. M'ap di ou mèsi tout tan tout tan. Senyè, tou sa ou fè ap fè lwanj ou! Tout moun pa ou yo ap di ou mèsi! Y'a di jan ou gouvènen avèk otorite. Y'a fè konnen jan ou gen pouvwa, pou tout moun ka konnen jan ou gen fòs, jan ou gouvènen avèk otorite. Gouvènman ou lan la pou tout tan. W'ap donminen pou tout tan. Senyè a ap toujou kenbe pawòl li yo, Li bon nan tou sa li fè. L'ap soutni tout moun k'ap tonbe. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouray. Senyè, se sou ou tout moun ap gade. Ou ba yo manje lè yo bezwen manje. Ou louvri men ou, ou bay ni moun, ni bèt, ni plant tou sa yo bezwen. Senyè a san patipri nan tou sa l'ap fè. Li gen kè sansib nan tou sa l'ap fè. Senyè a kanpe toupre moun k'ap rele l, toupre tout moun k'ap rele l ak tout kè yo. L'ap bay tout moun ki gen krentif pou li sa yo ta renmen. Li tande lè y'ap rele l, l'ap delivre yo. Chak jou m'ap di ou mèsi. M'ap fè lwanj ou tout tan tout tan. L'ap pwoteje tout moun ki renmen l. Men, l'ap detwi tout mechan yo. M'a fè lwanj Senyè a ak bouch mwen. Se pou tout moun fè lwanj Bondye ki yon Bondye apa. Se pou yo fè l tout tan tout tan. Senyè a gen gwo pouvwa, li merite pou yo fè lwanj li vre. Moun p'ap janm fin konprann jan li gen pouvwa!
Lwanj pou Senyè a! Wi, kite m fè lwanj Senyè a! Senyè a ap gouvènen pou tout tan. Nou menm, moun Siyon, Bondye nou an ap gouvènen pou tout tan. Lwanj pou Senyè a! M'ap pase tout lavi m ap fè lwanj Senyè a. M'ap chante pou Bondye mwen pandan tout tan m'ap viv.
Lwanj pou Senyè a! Sa bon nèt pou nou chante pou Senyè a. Sa bon nèt pou nou fè lwanj Senyè a. Wi, li merite l vre!
Lwanj pou Senyè a! Lwanj pou Bondye nan Tanp ki apa pou li a! Lwanj pou Bondye nan syèl la kote pouvwa li parèt aklè! Lwanj pou li pou bèl bagay li fè yo! Lwanj pou li pou jan li gen anpil anpil fòs! Lwanj pou li ak twonpèt! Lwanj pou li ak gita ak bandjo! Lwanj pou li ak tanbou! Danse pou fè lwanj li! Lwanj pou li ak gita ak vaksin! Lwanj pou li ak senbal ki bay bèl son! Lwanj pou li ak senbal ki fè gwo bri! Se pou tou sa ki gen souf fè lwanj Senyè a! Lwanj pou Senyè a!
Senyè a, se tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m. Se Bondye mwen li ye, m'ap fè lwanj li. Se Bondye zansèt mwen yo, m'ap di jan li gen pouvwa.
Se poutèt sa m'a fè moun lòt nasyon yo konnen ki moun ou ye. M'a chante pou fè lwanj ou.
Nou tout ki rete sou latè, chante pou Senyè a! Chak jou, fè konnen jan li delivre nou. Fè nasyon yo konnen pouvwa li. Fè tout pèp yo konnen bèl bagay li fè yo. Senyè a gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre. Se pou tout moun pè l pi plis pase lòt bondye yo.
Lè sa a, David fè lwanj Bondye devan tout pèp la ki te reyini. Li di konsa: — Lwanj pou ou, Senyè a, Bondye Izrayèl, papa nou, depi tout tan ak pou tout tan! Senyè, ou gen pouvwa, ou gen kouray! Se pou ou tout lwanj. W'ap donminen sou tout bagay pou tout tan. Tou sa ki nan syèl la ak sou latè a se pou ou yo ye. Se ou menm Senyè ki sel wa, paske ou sèl chèf sou tout bagay. Se nan men ou tout richès ak tout byen sòti. Ou gouvènen tout bagay avèk fòs ponyèt ou ak pouvwa ou. Se ou menm ki bay tout moun pouvwa ak fòs. Kounyeya, Bondye nou, nou di ou mèsi. N'ap fè lwanj pou ou sitèlman ou gen pouvwa.
Lè tout moun sa yo mete ansanm pou yo pran kònen twonpèt, pou yo chante fè lwanj Bondye, pou di li mèsi, nan mitan bèl mizik yo t'ap jwe nan twonpèt ak senbal ak lòt enstriman mizik yo, ou tande vwa moun yo ki t'ap chante: Lwanj pou Senyè a, paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou! Lè sa a, nyaj la plen Tanp Senyè a nèt. Poutèt nyaj la, prèt yo pat ka rete fè sevis yo, paske limyè prezans Senyè a te plen Tanp lan nèt.
Apre sa, li fè yo pale ak pèp la. Li fè kèk mizisyen pran mache devan sòlda yo ak rad seremoni yo sou yo. Yo t'ap mache devan sòlda yo, yo t'ap chante: — Beniswa Letènèl! Li p'ap janm sispann renmen nou! Lè yo tanmen chante ak kè kontan pou fè lwanj Senyè a, Senyè a lage yon sèl bouyay nan mitan moun Amon yo, moun Mowab yo ak moun mòn Seyi yo ki te vin atake peyi Jida a, yo pèdi batay la.
Yo t'ap fè lwanj Senyè a, yo t'ap di li mèsi, yo t'ap chante yonn apre lòt: Ala bon Senyè a bon! Non, li p'ap janm sispann renmen pèp Izrayèl la. Tout pèp la t'ap rele byen fò. Yo t'ap fè lwanj Senyè a paske yo t'ap mete men nan fondasyon Tanp Senyè a.
Apre sa, moun Levi sa yo: Jozye, Kadmyèl, Bani, Achabnya, Cherebya, Odija, Chebanya ak Petaja pran lapawòl. Yo di: — Leve non, mezanmi! Fè lwanj Senyè a, Bondye nou an, pou toutan toutan! Se pou nou tout fè lwanj non li ki gen pouvwa, malgre moun p'ap janm ka rive fin di li mèsi ni fè lwanj li jan li merite l la. Senyè, se ou menm ki sèl mèt. Pa gen lòt. Se ou ki fè syèl la, sa ki anwo syèl la ansanm ak tout sa ki ladan l. Se ou ki fè tè a ak tou sa ki sou li, lanmè a ak tou sa ki ladan l. Se ou ki bay tout bagay sa yo lavi. Tout pouvwa nan syèl la bese tèt devan ou pou adore ou.
Epi Jòb di: — San anyen, mwen soti nan vant manman mwen. M'ap tounen anba tè san anyen. Bondye bay, Bondye pran. Lwanj pou Bondye!
Jou sa a, n'a chante: Ann di Bondye mèsi! Annou fè lwanj non li! Annou fè tout nasyon yo konnen sa li fè! Chante pou Senyè a, paske li fè gwo mèvèy. Fè tout moun sou latè konn sa!
Senyè, se ou ki Bondye mwen! M'a di jan ou gen gwo pouvwa, m'a fè lwanj ou! Ou fè anpil bèl bagay. Plan travay ou te fè nan tèt ou depi lontan an, ou realize l nèt, jan ou te vle l la.
Chante yon chante tou nèf pou Senyè a! Se pou tout moun toupatou sou latè fè lwanj li! Depi moun k'ap vwayaje sou lanmè ak tout bèt ki nan lanmè yo, jouk moun ki rete nan zile byen lwen yo.
pou m'bay moun Siyon ki nan lafliksyon yo kè kontan nan plas lapenn yo, kontantman nan plas kè sere yo. Yon chante remèsiman nan bouch yo nan plas yon chante lapenn. Yo pral grandi tankou gwo pyebwa nan jaden Senyè a te plante ak men li. Yo pral fè sa ki dwat devan Bondye pou tout moun ka fè lwanj bèl pou vwa li.
M'a chante pou m fè konnen tout bèl bagay Senyè a fè pou nou. M'a fè lwanj li pou tou sa li fè pou nou, pou jan li bon pou moun fanmi Izrayèl yo. Li moutre nou jan li gen kè sansib pou nou, jan li renmen nou anpil.
Pye fig frans yo te mèt pa donnen, pye rezen yo te mèt pa bay rezen, rekòt oliv yo te mèt pa bon, jaden yo te mèt pa bay manje, mouton yo te mèt mouri nan sèka yo, bèf yo te mèt mouri nan pak yo, mwen menm, m'ap toujou kontan poutèt Senyè a. M'ap fè fèt pou Bondye k'ap delivre m lan.
Nou menm moun ki rete sou mòn Siyon an, fè fèt, fè gwo fèt! Nou menm moun lavil Jerizalèm, rele, chante tèlman nou kontan! Gade! Men wa nou an ap vin jwenn nou! Li rann jistis san patipri. Li genyen batay la. Li san lògèy. Li moute yon bourik, yon ti bourik dèyè manman.
Ni foul moun ki t'ap mache devan Jezi a, ni moun ki t'ap mache dèyè l yo, yo tout t'ap rele: — Lwanj pou Pitit David la! Benediksyon pou Moun ki vini nan non Mèt la. Lwanj pou Bondye jouk anwo nan syèl la!
Yo di Jezi konsa: — Eske ou pa tande sa y'ap di? Jezi reponn yo: — M tande wi. Eske nou pa janm li pawòl sa a nan Liv la: Ou fè timoun piti ak tibebe nan tete fè gwo lwanj pou ou?
Lè sa a, Mari di: Kite m' chante pou Mèt ki gen tout pouvwa a. Lespri m pran plezi nan Bondye ki delivrans mwen.
Menm lè a, yon foul lòt zanj nan syèl la vin jwenn zanj lan. Yo t'ap fè lwanj Bondye, yo t'ap di konsa: Lwanj pou Bondye nan syèl la, kè poze pou tout moun sou latè ki byen dispoze.
Lè li rive toupre Jerizalèm, nan ladesant mòn Olivye, yon sèl kontantman pran foul ki t'ap swiv li a. Moun yo pran rele: Beniswa Letènèl, byen fò pou tout mirak yo te wè. Yo t'ap di: — Benediksyon pou Wa ki vini nan non Mèt la! Kè poze pou tout moun nan syèl la! Lwanj pou Bondye!
Men, lè a ap rive, li rive deja: tout moun k'ap sèvi tout bon yo pral sèvi Papa a nan kè yo jan sa dwe fèt. Se moun konsa Bondye vle pou sèvi li. Bondye, se Lespri. Fòk tout moun k'ap adore li, adore sou gid Sentespri a ak nan laverite.
Toulejou, yo tout reyini ansanm nan tanp lan. Yo te konn separe pen an bay tout moun nan kay yo, yo te manje ansanm avèk kè kontan san okenn pretansyon. Yo t'ap fè lwanj Bondye. Tout moun te renmen yo. Chak jou Bondye t'ap mete lòt moun li t'ap delivre yo nan gwoup la.
Vè menwi konsa, Pòl ak Silas t'ap lapriyè, yo t'ap chante fè lwanj pou Bondye. Lòt prizonye yo menm t'ap koute. Epi, yo rete konsa, tè a pran tranble byen fò, li souke prizon an jouk nan fondasyon li. Menm lè a, tout pòt prizon yo louvri, chenn tout prizonye yo kase.
Men, li te vini pou moun lòt nasyon yo tou, pou yo te ka fè lwanj Bondye pou jan li gen kè sansib, jan sa te ekri nan Liv la: Se poutèt sa m'a fè lwanj ou nan mitan lòt nasyon yo. Se poutèt sa m'a chante pou non ou.
Pou fini, kisa m vle di menm, frè m yo? Lè nou sanble pou sèvis Bondye a yon moun va gen yon kantik pou l chante, yon lòt va gen kichòy pou l moutre nou, yon lòt va gen yon revelasyon pou l bay, yon lòt ankò va gen yon mesay an langay, yon lòt menm va bay esplikasyon mesay la: Se pou tou sa k'ap fèt ede legliz la grandi nan lafwa.
Ann fè lwanj Bondye ki papa Jezikri, Senyè nou an, Papa ki gen kè sansib la, Bondye ki toujou la pou ban nou ankourajman an. Li ankouraje nou nan tout lapenn nou, konsa nou menm tou nou ka ankouraje moun ki nan tout kalite lapenn lè n'a ba yo menm ankourajman nou te resevwa nan men li an.
Se poutèt sa, ann toujou fè lwanj Bondye pou bèl favè sa a li fè nou kado, gremesi Pitit li renmen anpil la!
Se sa k fè, nou menm ki premye moun ki t'ap tann Kris la, n'ap viv yon jan ki sèvi yon lwanj pou pouvwa Bondye a.
Pa soule tèt ou ak bweson. Sa ka mennen ou nan lavi pèvèti. Okontrè se pou nou ranpli ak Sentespri. Lè nou ansanm yonn ak lòt, sèvi ak pawòl sòm yo, kantik yo epi ak pawòl chante Lespri enspire nou. Chante kantik ak Sòm pou Senyè a, lè n'ap fè lwanj li ak tout kè nou. Se pou nou viv ak renmen nan kè nou, menm jan Kris la te fè l la, li menm ki te renmen nou, ki te bay lavi l pou nou tankou yon ti mouton yo ofri pou touye pou Bondye, ofrann k'ap fè Bondye plezi ak bon sant li. Nan non Senyè nou an, Jezikri, se tout tan pou n'ap di Bondye Papa a mèsi pou tout bagay.
Konsa, Jezikri va fè nou fè anpil bagay ki dwat epi ki bon, pou sa ka sèvi yon lwanj ak yon bèl bagay pou Bondye.
Se pou nou toujou kontan nan lavi n'ap mennen ansanm nan Senyè a. M'ap repete l ankò: Fè kè nou kontan anpil.
Pou fini, frè m yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou wont.
Ak kè kontan, se pou nou di Papa a mèsi, li menm ki ban nou privilèj resevwa pòsyon pa nou nan eritaj Bondye sere pou tout moun pa l yo nan peyi limyè a.
Se pou pawòl Kris la ak tout richès li yo rete fèm nan lavi nou. Se pou nou yonn aprann nan men lòt, se pou yonn konseye lòt ak anpil konprann. Se pou nou chante sòm, kantik ak tout lòt chante legliz pou di Bondye mèsi ak tout kè nou. Tou sa n'ap fè, tou sa n'ap di, fè l nan non Senyè Jezi a, san nou pa janm bliye di Bondye mèsi nan li.
Se pou kè nou toujou kontan. Pa janm sispann lapriyè. Di Bondye mèsi pou tout bagay. Se sa Bondye mande nou, nou menm ki mete konfyans nou nan Jezikri.
Se poutèt sa, onè respè, beniswa letènèl pou tout tan gen tan! Wi, li menm ki sèl Bondye nou pa ka wè a, sèl wa ki la pou tout tan an. Amèn.
jan l te di sa nan Liv la: Bondye, m'a nonmen non ou bay frè m yo. M'a fè lwanj ou lè yo tout reyini ansanm.
Konsa, frè m yo, gremesi san Kris la ki koule lè li mouri pou nou an, nou gen antre lib kote yo mete apa pou Bondye a. Si moun ki fè sèvis sa yo pou Bondye te lave tout bon anba peche yo, yo pa ta santi yo koupab okenn peche ankò. Yo ta sispann fè ofrann bèt pou touye. Kris la louvri yon chemen nèf pou nou, yon chemen k'ap ban nou lavi, yon chemen ki pase nan mitan vwal la, sa vle di: nan kò l menm. Nou gen yon granprèt ki reskonsab tout kay Bondye a. Ann pwoche bò kote Bondye ak tout kè nou, ak yon konfyans byen chita, san nou pa gen anyen nan kè nou ki pou boulvèse konsyans nou, kò nou menm byen netwaye nan yon dlo byen pwòp.
Peyi wa nou resevwa pou eritaj la pa ka brannen. Se pou nou di mèsi pou sa. Ann fè wè nou pa bliye sa li fè pou nou. Ann sèvi Bondye yon jan ki pou fè l plezi, avèk respè, avèk krentif.
Beniswa Letènèl, li menm ki se Papa Jezikri, Senyè nou an. Paske nan kè sansib li, li ban nou lavi ankò, lè li te fè Jezikri leve soti vivan nan lanmò a. Sa fè nou viv ak anpil espwa.
Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, prèt k'ap sèvi wa a, nasyon k'ap viv apa pou Bondye, pèp li peye pou li a. Li fè tou sa, pou nou te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a.
Si yon moun ap pale, se pou l pale tankou si se te pawòl Bondye li t'ap di. Si yon moun ap rann sèvis, se pou li fè l ak fòs Bondye ba li. Konsa, nan tout bagay lwanj lan va pou Bondye, gremesi Jezikri. Se pou Jezikri tout lwanj ak tout pouvwa pou tout tan. Amèn.
Okontrè, se pou nou grandi nan favè ak konesans Jezikri, Senyè nou ak Sovè nou. Se pou li tout lwanj la, kounyeya ak pou tout tan. Amèn.
Gade kijan Papa a renmen nou non! Li sitèlman renmen nou, li rele nou pitit li. Epi se sa nou ye vre. Se poutèt sa, lemonn pa rekonèt nou, paske li pa rekonèt Bondye.
Kounyeya tout lwanj, tout grandè, tout pouvwa ak tout otorite pou yon sèl Bondye a, pou Bondye ki ka kenbe nou pou nou pa tonbe, li menm ki kapab fè nou parèt san repwòch ak kè kontan devan l nan tout bèl pouvwa li. Li menm, sèl Bondye ki delivre nou gremesi Jezikri, Senyè nou an, wi, se pou li tout lwanj, tout grandè, tout pouvwa ak tout otorite, depi nan tan lontan, kounyeya ak pou tout tan. Amèn.
Li fè nou tounen wa ak prèt pou n sèvi Bondye Papa li. Se pou li tout lwanj ak tout otorite pou tout tan. Amèn.
Zanj yo t'ap chante byen fò: Ti Mouton yo te touye a merite vre pou yo ba l pouvwa, richès, bon konprann ak fòs, respè, onè ak lwanj. Apre sa, mwen tande tout kreyati Bondye yo nan syèl la, sou latè, anba tè a, nan lanmè, yo tout yo t'ap chante: Lwanj, respè, pouvwa, otorite pou Moun ki chita sou fòtèy la, ak pou ti Mouton an pou tout tan.
Yo t'ap di: O Mèt, Bondye ki gen tout pouvwa, ou menm ki la epi ki te toujou la, n'ap di ou mèsi dèske ou sèvi ak gwo pouvwa ou la, pou ou pran gouvènman an nan men ou.
Apre sa, mwen tande yon gwo vwa nan syèl la ki t'ap di: — Kounyeya, Bondye pral vin delivre nou. Kounyeya Bondye fè wè li gen pouvwa, se li ki sèl Mèt! Kounyeya, Kris li a fè wè otorite li. Paske, moun ki t'ap plede akize frè nou yo, moun ki te kanpe la devan Bondye, lajounen kou lannwit, ap pote plent pou yo a, yo mete l deyò nan syèl la. Frè nou yo goumen ak li jouk yo gen batay la, gremesi san ti Mouton an ki te koule ak verite yo t'ap pibliye a: yo pat renmen lavi yo jouk pou yo ta pè lanmò.
Yo t'ap chante chante Moyiz, sèvitè Bondye a, ansanm ak chante ti Mouton an. Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa, tou sa ou fè, se bèl bagay! Ou menm ki wa tout nasyon, plan travay ou yo dwat, se verite yo ye. Ki moun ki pa ta gen krentif pou ou, Mèt? Ki moun ki pou ta refize fè lwanj ou? Se ou menm sèl ki sen. Tout nasyon yo gen pou vini pou yo bese tèt yo devan ou, pou yo adore ou. Paske, yo wè aklè sa ou fè se bagay ki dwat.
Apre sa, mwen tande yon bri tankou vwa yon gwo foul moun nan syèl la ki t'ap pale byen fò. Yo t'ap di: — Lwanj pou Bondye nou an! Se li menm ki delivre nou. Tout onè, tout pouvwa se pou li.
Yon vwa pale fò kot fòtèy la, li t'ap di: — Ann fè lwanj Bondye nou an, nou tout k'ap sèvi li yo, nou tout nèt ki gen krentif pou li yo, piti kou gran! Apre sa, mwen tande yon bri tankou vwa yon gwo foul moun, tankou yon gwo dlo k'ap tonbe nan yon kaskad, ou ankò tankou yon gwo kout loray. Mwen tande yo t'ap di: — Lwanj pou Bondye! Paske Mèt la, Bondye nou ki gen pouvwa a, ap gouvènen tankou yon wa.
Vini non, ann fè kè nou kontan, ann chante pou Senyè a! Ann fè fèt pou moun k'ap pwoteje nou an, pou moun k'ap delivre nou an! Pandan karantan, ras moun sa yo ban m degoutans. Mwen te di: Y'ap fè move lide nan tèt yo. Yo derefize obeyi kòmandman mwen yo. Se sa k fè, lè m te ankòlè a, mwen sèmante yo p'ap mete pye yo kote pou yo pran repo ansanm ak mwen an. Ann parèt devan li pou nou di l mèsi! Ann chante yon chante pou fè lwanj li!
Nou tout ki rete sou latè, rele pou fè lwanj Senyè a tèlman nou kontan! Rele! Fè fèt! Chante! Chante pou Senyè a avèk gita! Avèk gita, chante kantik! Soufle klewon, kònen lanbi! Rele devan Senyè a sitèlman nou kontan, paske se li ki wa.
Senyè a ap gouvènen pou tout tan. Nou menm, moun Siyon, Bondye nou an ap gouvènen pou tout tan. Lwanj pou Senyè a!
Lè tout moun pèp Izrayèl yo wè dife desann soti nan syèl la ak bèl limyè prezans Senyè a ki klere tout anndan Tanp lan, yo mete ajenou, yo bese tèt jouk fon yo touche tè, yo adore Bondye, yo fè lwanj Senyè a, yo di li mèsi paske li bon, paske li p'ap janm sispann renmen yo.
Li di: — Benediksyon pou Bondye pou tout tan tout tan. Se li ki gen tout konesans, se li ki gen tout fòs.
Lè sa a, yo koupe fèy palmis, yo soti ale kontre li. Yo t'ap plede rele: — Beniswa Letènèl! Benediksyon pou moun ki vini nan non Mèt la! Wi, benediksyon pou Wa pèp Izrayèl la!
Lwanj pou Senyè a! Chante yon chante tou nèf pou Senyè a! Fè lwanj li nan mitan tout moun k'ap sèvi l yo lè yo reyini! Se pou pèp Izrayèl la fè kè l kontan, paske se li menm ki fè yo. Se pou tout pèp Siyon an fè fèt, paske se li menm ki wa yo. Se pou nou danse pou fè lwanj li! Se pou nou bat tanbou, se pou nou jwe gita pou li!