Nan Bib la, yo di nou "Se pawòl Seyè a ki fè syèl la, se souf bouch li ki fè tout zetwal yo. Li pale, bagay la fèt. Li bay lòd, bagay la rive." (Sòm 33:6,9). Tout kote nan Bib la, Bondye montre nou pouvwa pawòl li, yon pawòl ki gen pouvwa pou kreye, paske se pawòl lavi. Sa vle di Bib la vivan, li pa sèlman ban nou enfòmasyon, men li gen yon pouvwa ki fè bagay yo rive.
Menm si li ka parèt difisil pou konprann oubyen li ka twouble w si w fèk vin kretyen, lè w kòmanse li levanjil yo, l ap pi fasil pou w konprann plan Bondye gen pou ou. Konsa, w ap ka mache dwat devan Bondye nan tout sikonstans, nan direksyon objektif li gentan rezerve pou ou a, epi w ap wè glwa li yon fason mayifik lè w suiv kòmandman ak prensip Seyè a.
Tou sa ki ekri [ nan liv la ] se Bondye ki enspire yo. Yo itil pou moutre verite, pou konbat erè, pou korije, pou moutre jan pou viv dwat. Konsa, yon moun k'ap sèvi Bondye, li tou pare, li gen tou sa li bezwen pou l fè tou sa ki byen.
Pawòl ou se yon chandèl ki fè m wè kote m'ap mete pye m, se yon limyè k'ap klere chemen mwen.
Li kraze lògèy nou, li fè nou soufri grangou. Apre sa, li ba nou lamàn pou nou manje, yon kalite manje ni nou menm ni zansèt nou yo pat janm konnen. Li fè tou sa pou li te fè nou konnen se pa pen ase moun bezwen pou yo viv. Yo bezwen tout pawòl ki sòti nan bouch Senyè a tou pou yo viv.
Paske, se pa pawòl nou ka pran konsa konsa. Se lavi yo ye pou nou. Se yo menm k'ap fè nou viv lontan nan peyi nou pral pran pou nou an, lè n'a fin janbe lòt bò larivyè Jouden an.
Se pou pawòl ki nan liv lalwa a toujou nan bouch ou. Se pou w'ap kalkile yo nan tèt ou lajounen kou lannwit, pou ou ka viv dapre sa ki ekri nan liv la. Se konsa w'a mennen bak ou byen. Tout zafè ou va mache byen.
(8) Lalwa Senyè a bon sou tout pwen. Li moutre nou jan pou nou viv. Nou mèt gen konfyans nan kòmandman Senyè a. Tout moun ki pa gen konprann, l'ap ba yo konprann. (9) Regleman Senyè a se bagay ki dwat. Moun ki swiv yo ap gen kè kontan. Kòmandman li yo klè. Yo louvri je moun.
Se pou nou fè tou sa pawòl la mande nou fè. Pa rete ap koute ase. Lè sa a, se pwòp tèt nou n'ap twonpe.
Jezi reponn li: — Moun ki koute pawòl Bondye epi ki mete l an pratik, se yo menm Bondye beni.
(31) Bondye oo! Tou sa ou fè bon nèt ale. Ou toujou kenbe pawòl ou. Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl ou.
— Konsa, moun ki tande pawòl mwen fenk sot di a, epi ki fè sa mwen mande li fè a, l'ap tankou yon moun lespri ki bati kay li sou wòch.
Esplikasyon nou jwenn nan pawòl ou klere lespri nou. Yo louvri lespri moun ki san konprann yo pou yo konprann.
Jezi reponn li: — Men sa ki ekri: Moun pa kapab viv ak manje ase. Yo bezwen tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye tou.
Pitit mwen, louvri lespri ou pou ou konprann byen sa m'ap di ou la a. Louvri zòrèy ou pou ou koute pawòl k'ap sòti nan bouch mwen. Pa janm kite yo sòti devan je ou. Kenbe yo nan kè ou. Pa janm bliye yo. Se lavi pou moun ki jwenn yo. Se lasante pou tout moun ki konprann yo.
(5) Mwen gen konfyans nan Bondye. M'ap fè lwanj pawòl li. Mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè m?
Konsa tou pou pawòl ki sòti nan bouch mwen: li p'ap tounen vin jwenn mwen san li pa fè sa m te vle l fè a, san li pa fè tou sa mwen te voye l fè a.
Mwen fè sèman sou tèt mwen, sa m'ap di la a se laverite klè. Pèsonn p'ap ka demanti pawòl mwen yo. Tout moun pral vin ajenou devan mwen. Nan tout lang, y'ap pran non mwen pou yo fè sèman.
Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa, Senyè k'ap delivre yo a, men sa li di: — Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an. Se mwen menm k'ap moutre nou sa ki pou byen nou. Se mwen menm k'ap mennen nou nan chemen pou nou swiv la.
Si nou fè yonn ak mwen, si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou mèt mande sa nou vle, y'a ban nou li.
Gade! Lapli ak lawouze sòti nan syèl la, yo pa tounen kote yo sòti a san yo pa wouze latè, san yo pa fè l donnen, san yo pa fè plant yo pouse pou bay kiltivatè yo grenn pou yo simen ak manje pou yo manje. Konsa tou pou pawòl ki sòti nan bouch mwen: li p'ap tounen vin jwenn mwen san li pa fè sa m te vle l fè a, san li pa fè tou sa mwen te voye l fè a.
Se pou pawòl Kris la ak tout richès li yo rete fèm nan lavi nou. Se pou nou yonn aprann nan men lòt, se pou yonn konseye lòt ak anpil konprann. Se pou nou chante sòm, kantik ak tout lòt chante legliz pou di Bondye mèsi ak tout kè nou.
Apre sa, Senyè a lonje men l, li manyen bouch mwen. Epi li di m: — Men mwen mete pawòl mwen nan bouch ou.
Bondye o! Tou sa ou fè bon nèt ale. Ou pa gen de pawòl. Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl ou.
Tou sa ki nan pawòl ou se verite. Tout jijman ou yo se jijman ki san patipri. Yo la pou tout tan.
Se poutèt sa, men sa Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, di m: — Jeremi, poutèt sa yo di a, m'ap fè pawòl mwen mete nan bouch ou tounen yon dife. Yo menm, y'ap tankou fachin. Dife a pral boule yo nèt.
Mesaj mwen tankou dife, tankou mato k'ap fann wòch fè miyèt moso. Se mwen menm menm Senyè a ki di sa.
Simon Pyè reponn li: — Senyè, ki moun pou n'al jwenn? Se ou menm ki gen pawòl k'ap bay lavi ki p'ap janm fini an.
Se poutèt sa, w'a di yo: Men sa Senyè a, Bondye sèl mèt la, voye di yo: Mesay m'ap bay la p'ap pran tan pou l rive vre. Pawòl m'ap di a pral rive. Se mwen menm Senyè a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa.
Men kaptenn lan reponn li: — Mèt, mwen pa merite pou ou antre lakay mwen. Men, annik bay yon lòd ase, domestik mwen an va geri.
M'ap di nou sa: Jou jijman an, moun gen pou rann kont pou tout pawòl yo di yo pat bezwen di. Paske, se dapre pawòl ou y'a jije ou: Se pawòl ou k'ap di si ou inonsan, osinon si ou koupab.
Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a. Yo rete konsa, epi tè a pran tranble byen fò. Yon zanj Bondye desann sòti nan syèl la, li vini, li woule wòch la sou kote, lèfini li chita sou li. Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.
Yo te sezi tande sa l t'ap moutre yo, paske li t'ap pale tankou moun ki gendwa di sa l'ap di a.
— Anverite moun ki koute pawòl mwen, ki mete konfyans yo nan moun ki voye mwen an, l'ap gen lavi etènèl. Yo yo p'ap kondannen li. Li deja soti nan lanmò, li antre nan lavi.
Se lespri a ki fè viv, kò a pa vo anyen. Pawòl mwen di nou yo, se pawòl ki soti nan Lespri, se pawòlki pote lavi.
Jezi di jwif ki te kwè nan li yo: — Si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou se disip mwen vre. N'a konnen verite a, verite a va ban nou libète.
Lè yo fin lapriyè, kote yo te ye a pran tranble. Yo tout te anba pouvwa Sentespri, epi yo pran anonse pawòl Bondye a avèk konviksyon.
Pawòl Bondye a t'ap gaye. Disip yo t'ap vin pi plis toujou nan Jerizalèm. Menm pami prèt yo, te gen anpil ki te asepte kwè pawòl la.
Mwen pa wont levanjil la. Li se yon pisans Bondye ki la pou delivre tout moun ki kwè: jwif yo anpremye, epi moun lòt nasyon yo apre sa.
Kisa yo di ankò? Men sa yo di: Pawòl la toupre ou, li nan bouch ou, li nan kè ou. Epi pawòl la se mesay konfyans nan Bondye, mesay n'ap anonse a.
Se konsa, tou sa ki te ekri nan Liv la depi nan tan lontan, yo te ekri yo pou moutre nou anpil bagay, wi, pou bagay nou jwenn ekri nan Liv la ka ban nou pasyans ak ankourajman pou n ka mete tout espwa nou nan Bondye.
Pou moun k'ap anfouraye tèt yo, pawòl lakwa a, se pawòl moun fou. Men pou nou menm ki sove deja yo, se pawòl pisans Bondye li ye.
Lè m te fè nou konnen tout bagay sa yo, lè m te anonse nou nouvèl la, se pat avèk bèl pawòl bon konprann lèzòm mwen t'ap chache pran tèt nou. Men, se te avèk pouvwa Lespri Bondye a ki t'ap bay tout prèv pou fè nou kwè. Konsa, konfyans nou gen nan Bondye a pa chita sou bon konprann lèzòm, men sou pouvwa Bondye.
Se li menm k'ap delivre nou tou, depi nou kenbe l jan mwen te anonse l ban nou an. Si se pa konsa, se ta pou gremesi nou ta mete konfyans nou nan Bondye.
Nou pa tankou anpil moun k'ap defòme pawòl Bondye a. Okontrè, nou pale pawòl la jan li ye a devan Bondye, tankou moun k'ap viv nan Kris la, paske se Bondye menm ki voye nou.
Mwen voye tout bagay lèd lèzòm ap fè an kachèt yo jete. Mwen pa fè okenn riz. Mwen pa chanje anyen nan pawòl Bondye a. Okontrè, mwen fè tout moun konnen verite a jan l ye a. Se konsa bagay sa yo rekòmande mwen devan Bondye bay tout moun ki gen konsyans.
Konsa tou, nou menm, moun lòt nasyon yo, apre nou te fin tande mesaj laverite a, bonnouvèl k'ap fè nou konnen jan Bondye renmen nou an, nou mete konfyans nou nan Kris la, n'ap viv ansanm ak li tou. Bondye make letanp li sou nou, li ban nou Sentespri li te pwomèt la.
Li te fè sa pou li te ka mete legliz la apa pou Bondye. Li lave legliz la nan dlo ak nan pawòl li.
Resevwa pouvwa Bondye k'ap delivre nou an tankou yon kas an fè nan tèt nou. Asepte pawòl Bondye a tankou yon nepe Sentespri a ban nou.
lè n'ap ba yo mesay ki bay lavi a. Konsa, n'a fè kè m kontan lè jou Kris la va rive. Paske, m'a konnen mwen pat fatige kò m pou gremesi, mwen pat travay mal.
Depi premye jou yo fè nou konnen bonnouvèl la ki se yon mesaj verite, nou gen espwa jwenn sa Bondye sere pou nou nan syèl la. Se espwa sa a ki fè nou gen konfyans sa a ak tout renmen nan kè nou.
Se konsa, mwen pa sispann di Bondye mèsi tou pou jan nou te pare zòrèy nou koute lè m t'ap fè nou konnen pawòl Bondye a. Nou te resevwa l pou sa l ye a: pou pawòl Bondye, pa pou pawòl lèzòm. Se pawòl sa a k'ap travay nan kè nou, nou menm ki gen konfyans nan Bondye.
Pandan w'ap tann mwen vini an, pa janm sispann li Liv la pou tout moun. Ankouraje frè yo, moutre yo tout bagay.
Fè jefò pou ou ka resevwa lwanj nan men Bondye tankou yon travayè ki pa wont travay li fè, yon travayè ki fè konnen pawòl verite Bondye a jan l ye a.
Depi ou te tou piti, ou konnen sa ki nan Liv Bondye a. Se liv sa a k'ap ba ou bon konprann, bon konprann ki fè moun rive delivre, gremesi konfyans yo gen nan Jezikri.
Se pou l kenbe mesay verite a byen fèm, jan Kris la te bay li a, pou l ka ankouraje lòt yo ak pawòl verite a, pou li ka demanti moun k'ap vire pawòl la lanvè.
Pitit sa a reflete limyè bèl pouvwa Bondye a, se bon pòtre Bondye li ye. Se li menm k'ap soutni tout bagay ak pouvwa pawòl li. Lè li fin delivre moun anba peche yo, li moute chita anwo nan syèl la, sou bò dwat Bondye, Gran Wa a.
Yo te goute pawòl Bondye a, yo te wè l te gou. Yo te santi nan lavi yo pouvwa k'ap travay nan tan k'ap vini an.
Se konfyans nan Bondye ki fè nou ka konprann se ak pawòl Bondye te kreye tout bagay. Li sèvi ak sa je pa ka wè pou li fè tout sa je ka wè.
Pa bliye moun ki te konn dirije nou yo, moun ki te fè nou konnen pawòl Bondye a. Egzaminen jan yo te viv, jan yo te mouri. Pran egzanp sou konfyans yo.
Gremesi pawòl verite a, li ban nou lavi jan l te vle l la, pou nou kapab gen premye plas nan tou sa li kreye.
Se poutèt sa, derasinen tout vye abitid ki pa dakò ak volonte Bondye ansanm ak tout kras mechanste ki nan lavi nou, voye yo jete. Soumèt nou devan Bondye, asepte pawòl li te plante nan kè nou an, paske se pawòl sa a ki ka sove nanm nou.
Konsa tou ak lang moun. Piti kou li piti, li vante tèt li pou gwo bagay li ka fè. Gade ki jan yon ti flanm dife ka boule yon gwo rakbwa! Enben, lang se tankou dife. Se la tout lenjistis rete. Paske se yon manm nan kò nou li ye, l'ap kontaminen tout kò a nèt. Se lanfè menm ki mete dife nan li. Apre sa, li menm pou tèt pa l, li mete dife nan tout lavi nou.
Gremesi pawòl Bondye a ki yon pawòl vivan epi ki la pou tout tan, nou resevwa yon lòt lavi. Fwa sa a, nou pa sòti nan yon jèm ki ka mouri, men nan yon jèm ki pa ka mouri. Jan sa ekri nan Liv la: Moun se tankou zèb, Tout bèl yo bèl, se bèlte flè zèb, Zèb la chèch, flè a tonbe. Men, pawòl Bondye a la pou tout tan. Se pawòl sa a levanjil la te pote ban nou.
Tankou timoun ki fenk fèt, se pou nou kriye dèyè bon lèt san dekoupe ki sòti nan Bondye, pou nou kapab grandi, pou nou kapab fin delivre nèt.
Si yon moun ap pale, se pou l pale tankou si se te pawòl Bondye li t'ap di. Si yon moun ap rann sèvis, se pou li fè l ak fòs Bondye ba li. Konsa, nan tout bagay lwanj lan va pou Bondye, gremesi Jezikri. Se pou Jezikri tout lwanj ak tout pouvwa pou tout tan. Amèn.
Se poutèt sa, mwen pran pawòl pwofèt yo pou pawòl ki sèten nèt. Nou menm tou, nou byen fèt lè nou pran pawòl sa yo ak gwo konsiderasyon, tankou yon lanp k'ap klere nan fènwa jouk jou a parèt nèt, jouk zetwal bajou kase leve nan kè nou. M'ap mande Bondye pou nou resevwa anpil benediksyon ak kè poze, gremesi konesans Bondye ak Jezikri, Senyè nou an, nou genyen. Men, anvan tout bagay, se pou nou konn sa byen: pèsonn pa gendwa pran mesay pwofèt ki ekri nan Liv la pou li ba li sans li vle. Paske, pwofèt yo pat janm bay mesay paske yo menm yo te vle. Okontrè, se Sentespri ki te pouse yo lè yo t'ap bay mesay ki sòti nan Bondye.
Men moun sa yo, lè y'ap pale konsa, yo fè espre bliye sa ki te rive nan tan lontan: Bondye te pale epi syèl la te fèt. Se li ki te fè tè a soti nan dlo a. Se li ki te fè dlo a, se li ki te fè tè a. Se li ki te fè dlo a moute kouvri latè nan tan lontan pou l te detwi tout bagay. Dapre menm pawòl Bondye a, syèl la ak tè a ki la kounyeya ap tann dife a. Yo la ap tann jou jijman an, lè tout mechan yo va disparèt.
Sa ki te egziste depi nan koumansman an, Sa nou te tande a, Sa nou te wè ak pwòp je nou an, Sa nou te pran tan nou gade byen gade a, Sa nou te poze san nou manyen ak men nou an konsènan pawòl ki bay lavi a, Se sou li menm m'ap ekri nou an.
M'ap ekri nou, nou menm granmoun, paske nou konnen moun ki la depi nan konmansman an. M'ap ekri nou, nou menm jennmoun, paske nou gen anpil fòs: nou kenbe pawòl Bondye a nan kè nou, nou kraze dyab la.
Se poutèt sa kè nou pa sote devan Bondye. Nou konnen l'ap koute nou si nou mande l kichòy ki dakò ak volonte li. Konsa, non sèlman nou konnen l'ap koute nou lè nou fè l yon demann, men nou konnen tou l'ap ban nou sa nou mande l la.
Benediksyon pou moun k'ap li liv sa a. Benediksyon pou tout moun k'ap koute pawòl mesay sa a ki sòti nan Bondye, pou tout moun k'ap obeyi tou sa ki ekri nan Liv sa a, paske pa rete lontan ankò pou bagay sa yo rive.
Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen ou pa gen anpil kouray. Malgre sa, w'ap kenbe pawòl mwen. Ou pa lage mwen. Mwen louvri yon pòt devan ou, pèsonn p'ap ka fèmen li.
Frè nou yo goumen ak li jouk yo gen batay la, gremesi san ti Mouton an ki te koule ak verite yo t'ap pibliye a: yo pat renmen lavi yo jouk pou yo ta pè lanmò.
Pitit mwen, pa janm bliye sa mwen moutre ou yo. Kenbe tou sa mwen di ou fè yo nan kè ou. Lè ou fè sa, galata ou ap toujou chaje danre. Barik diven ou yo ap plen ra bouch. Pitit mwen, lè Senyè a ap pini ou, pa betize ak sa. Lè l'ap korije ou, pa dekouraje. Paske Senyè a korije moun li renmen, menm jan yon papa korije pitit li renmen anpil la. Ala bon sa bon pou moun ki gen konesans, pou moun ki rive gen bon konprann! Benefis l'ap rapòte pi bon pase sa lajan bay. Avantaj l'ap bay gen plis valè pase lò. Sajès pi bon pase boul lò. Nanpwen anyen moun ta renmen genyen ki ka parèt devan li. Yon bò, bon konprann ap fè moun viv lontan. Yon lòt bò, l'ap bay richès, l'ap fè moun respekte ou. L'ap fè moun viv ak kè kontan. L'ap fè ou reyisi nan tou sa w'ap fè. Moun ki gen bon konprann jwenn lavi. Sa bon nèt pou moun ki gen bon konprann! Avèk bon konprann li, Bondye kreye latè. Avèk entelijans li, li mete syèl la nan plas li. Se yo k'ap fè ou viv lontan. Se yo k'ap fè ou viv ak kè poze.
Pitit mwen, toujou fè sa papa ou di ou fè. Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou. Kenbe pawòl yo nan kè ou, pa janm bliye yo. Mete yo nan kou ou tankou yon kolye. Pawòl sa yo va moutre ou bon chemen nan tou sa w'ap fè. Y'ap pwoteje ou lè w'ap dòmi lannwit. Y'a ba ou konsèy lè je ou klè.
Mwen konfye ou pawòl mwen, W'ap jwenn pwoteksyon anba zèl mwen, M'ap fè yon syèl nouvo, m'ap fè yon tè tou nèf. M'ap di Siyon: Ou se pèp mwen.
Senyè a di ankò: Men kontra mwen pral pase ak yo a: M'ap mete lespri m sou yo. M'ap ba yo lòd mwen yo pou lòd mwen yo ka nan bouch yo, nan bouch pitit yo ak nan bouch pitit pitit yo, pou tout tan tout tan. Se mwen menm Senyè a ki di sa.
Moun ki resevwa pawòl la tankou grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki konprann pawòl la lè yo tande li. Lè sa a, yo donnen. Gen ladan yo ki bay san, yon lòt bay swasant, yon lòt bay trant.
Disip yo pati, y'al anonse Bòn Nouvèl la toupatou. Senyè a t'ap travay ansanm ak yo: Anmenmtan li t'ap fè anpil mirak tou pou moutre sa yo t'ap di a se vre.] [
Jezi reponn li: — Moun ki renmen m, se li menm ki va fè tou sa m di l fè. Papa m va renmen l tou. Papa m va vin jwenn li ansanm avè m, n'a viv nan li.
Pawòl Bondye a se pawòl ki gen nanm, li gen pouvwa. Li file pase kouto famasi. Li ka koupe jouk li jwenn kote nanm ak lespri kontre fè yonn, jouk kote vyann ak mwèl rankontre. Li jije tout santiman ak tout lide ki nan kè moun.
Konsa, se lè ou tande mesay la ou vin gen konfyans. Mesay la, se pawòl Kris la y'ap anonse.
Gremesi pawòl Bondye a ki yon pawòl vivan epi ki la pou tout tan, nou resevwa yon lòt lavi. Fwa sa a, nou pa sòti nan yon jèm ki ka mouri, men nan yon jèm ki pa ka mouri.
Lè ou pale avè m, mwen koute tou sa ou di m. Pawòl ou yo, se tout plezi m. Yo fè kè m kontan, paske yo mete m apa pou ou, Senyè, Bondye ki gen tout pouvwa a.
Nan kòmansman, Pawòl la te la. Pawòl la te avèk Bondye. Pawòl la te Bondye. Pawòl la te nan lemonn. Se ak Pawòl la Bondye te fè tou sa ki nan lemonn. Men, moun ki nan lemonn pat rekonèt li. Li te vin nan mitan pèp li a, men pèp li a pa te resevwa li. Men, moun ki te resevwa li yo, moun ki te kwè nan li yo, li ba yo pouvwa pou yo vin pitit Bondye. Yo pa te vin pitit Bondye jan sa fèt pami lèzòm. Paske sa pa te soti nan egzijans lachè, ni nan volonte lèzòm. Se nan Bondye menm sa te soti. Pawòl la tounen moun. Li te vin viv nan mitan nou, li mennen yon lavi ki te konfòm nèt ak verite a, ak renmen nan tout kè li. Nou wè pouvwa li, se te pouvwa Bondye Papa a te bay sèl Pitit li a. Se li menm Jan Batis t'ap pale a, lè l te di byen fò: — Men moun mwen t'ap pale nou an, lè m te di nou: L'ap vin apre mwen. Men, li gen plis pouvwa pase m, paske li te la anvan mwen. Nou tout nou resevwa pa nou nan tout kantite byen l yo. Li ban nou favè sou favè. Si Moyiz pote lalwa, se Jezikri ki pote lagras ak laverite. Pesonn pa janm wè Bondye. Men se sèl Pitit Bondye a, li menm ki nan sekrè Papa a, se li menm ki devwale nou ki moun Bondye ye. Men sa Jan Batis te di lè jwif ki lavil Jerizalèm yo te voye kèk prèt ak kèk moun Levi vin mande l ki moun li ye. Pawòl la te la avèk Bondye depi nan konmansman. Jan pat refize reponn yo, li di yo kareman devan tout moun: — Se pa mwen ki Kris la. Yo mande li: — Ki moun ou ye atò? Ou se Eli? Jan reponn yo: — Non, mwen pa Eli. Yo di li: — Ou se pwofèt la? Li reponn yo: — Non. Lè sa a yo di li: — Ki moun ou ye menm? Paske, nou gen pou n pote yon repons bay moun ki voye nou yo. Ki moun ou di ou ye? Jan reponn: — Mwen se vwa nonm k'ap rele nan dezè a: Plani chemen an byen plani pou Mèt la! (Se sa pwofèt Ezayi te di.) Gen nan moun yo te voye bò kote Jan yo ki te sòti lakay farizyen yo. Yo mande li: — Si ou pa ni Kris la, ni Eli, ni pwofèt la, di nou poukisa w'ap batize moun? Jan reponn yo: — Mwen menm, mwen batize nou nan dlo. Men, nan mitan nou la a, gen yon moun nou pa konnen. L'ap vin apre m, men mwen pa bon ase pou m ta demare kòd sapat li. Tout bagay sa yo t'ap pase Betani, lòt bò larivyè Jouden, kote Janbatis t'ap batize moun. Nan denmen, Jan wè Jezi ki t'ap vin jwenn li, li di: — Men ti mouton Bondye a k'ap wete peche moun sou tout latè. Se ak Pawòl la Bondye fè tout bagay. Nan tou sa ki te fèt, pat gen anyen ki te fèt san Pawòl la.
Pawòl la tounen moun. Li te vin viv nan mitan nou, li mennen yon lavi ki te konfòm nèt ak verite a, ak renmen nan tout kè li. Nou wè pouvwa li, se te pouvwa Bondye Papa a te bay sèl Pitit li a.