Sòm 28 - 1998 HaïtienneSÒM 28 (27) Senyè a tande rèl nou (1a) Se yon sòm David. 1 (1b) Senyè, se ou menm ki twou wòch kote m kache a, se nan pye ou m'ap rele. Pa fè tankou ou pa tande m. Si ou pa reponn mwen, m'ap tankou yon kadav y'ap antere. 2 Tande m non, lè m'ap rele ou, lè m'ap mande ou sekou. Koute m non, lè mwen leve de bra m nan direksyon kay ki apa pou ou a. 3 Pa mete m nan menm sak ak mechan yo, ak moun k'ap fè sa ki mal, ak moun ki gen bèl pawòl nan bouch yo men ki gen mechanste plen kè yo. 4 Pini yo pou sa yo fè, pou tou sa yo fè ki mal. Pini yo pou tou sa yo fè, ba yo sa yo merite. 5 Yo pa pran ka sa Senyè a te fè, sa l te fè ak men l. Se pou Senyè a detwi yo, se pou l disparèt yo nèt ale. 6 Ann fè lwanj Senyè a. Li tande m lè mwen rele l. 7 Senyè a ap pwoteje m, l'ap pran defans mwen. Mwen mete tout konfyans mwen nan li. Li ede m, kè m kontan. M'ap chante pou m fè lwanj li. 8 Se Senyè a ki tout fòs pèp li a. L'ap defann wa li chwazi a, l'ap delivre l. 9 Senyè, sove pèp ou a non! Beni tout moun pa ou yo! Aji ak yo tankou yon bon gadò. Pran swen yo tout tan tout tan. |
Haitian Creole DC Bible © Societé Biblique Haïtienne, 1998.
Haitian Bible Society