Zanmi mwen, nan Kolosyen 2:13-15, ou wè pouvwa Kris la klè klè sou tout fòs mal yo, sou tout peche, sou tout chèf dominasyon. Bib la di nou: "Nou menm ki te mouri poutèt peche nou yo ak poutèt nou pa t' sikonsi, Bondye ban nou lavi ankò ansanm ak Kris la. Li padonnen nou tout peche nou yo. Li chire papye kote yo te ekri tout bagay nou te dwe fè dapre lalwa a. Lalwa sa a te kondannen nou. Kris la detwi l' nèt lè li kloure l' sou kwa a. Kris la dezabiye tout chèf ak tout otorite yo, li fè yo pase wont devan tout moun lè li fè yo mache tankou prizonye nan gwo defile laviktwa li a, sou kwa a."
Fòk ou kite verite sa a antre fon nan kè ou. Se pou nou konprann byen sa Kris la fè pou nou. Pouvwa sa a, otorite sa a, se pou fè non Jezikri parèt gran, paske se li menm ki te fè Papa a parèt gran tou. Epi se Papa a ki voye nou pou montre pouvwa sa a isit sou latè, nan legliz yo, nan tout peyi yo, pou n pote mesaj delivrans lan bay tout moun.
Tout moun t'ap chache manyen l, paske te gen yon fòs ki t'ap sòti nan Jezi ki t'ap geri yo tout.
Enben, m'ap fè nou konnen mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pouvwa sou latè pou m padonnen peche. Li vire, li di nonm paralize a: — Leve kanpe, pran kabann ou, ale lakay ou.
Mesye yo te sezi anpil. Yo di konsa: — Ki kalite moun sa a menm, pou jouk van ak dlo lanmè obeyi li?
Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap anonse Bon Nouvèl peyi kote Bondye wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite pèp la te ka genyen. Toupatou nan peyi Siri a, se tout moun ki t'ap nonmen non li. Se sa ki fè yo te mennen tout kalite moun malad ba li, ansanm ak tout moun ki soufri doulè, moun ki te gen move lespri sou yo, moun ki soufri malkadi ak moun ki paralize. Jezi geri yo tout.
Pèsonn pa ka wete lavi m'. Se mwen ki bay li, paske mwen vle. Mwen gen pouvwa pou m'bay li, mwen gen pouvwa pou m' reprann li. Se sa menm Papa m' te ban m' lòd fè.
Pitit sa a reflete limyè bèl pouvwa Bondye a, se bon pòtre Bondye li ye. Se li menm k'ap soutni tout bagay ak pouvwa pawòl li. Lè li fin delivre moun anba peche yo, li moute chita anwo nan syèl la, sou bò dwat Bondye, Gran Wa a.
— Lè Jezi fin di pawòl sa yo, foul moun yo te sezi tande sa l t'ap moutre yo. Se pat menm jan ak dirèktè lalwa yo, paske li te pale ak yo tankou yon moun ki otorize.
Yon jou, Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay. Kèk farizyen ak kèk dirèktè lalwa te chita la. Yo te sòti nan tout bouk Galile yo, nan bouk Jide yo ak nan lavil Jerizalèm. Pouvwa Bondye te avèk Jezi, li t'ap geri malad yo.
Se ak Pawòl la Bondye fè tout bagay. Nan tou sa ki te fèt, pat gen anyen ki te fèt san Pawòl la.
Kilès sa a k'ap vini sot lavil Bozra nan peyi Edon an, ak yon rad tou wouj sou li a? L'ap mache byen bwòdè ak bèl rad li sou li. L'ap mache tèt li byen wo, l'ap pile tè a byen fò. Se mwen menm, Senyè a, ki gen pouvwa pou delivre moun lan, k'ap pale sou koze delivrans lan.
Lè solèy fin kouche, yo mennen anpil moun ki te gen move lespri sou yo bay Jezi. Li annik pale ak move lespri yo, li chase yo. Li te geri tout moun malad yo tou. Se konsa pawòl pwofèt Ezayi te di a rive vre: Li pran enfimite nou yo sou li. Li pote maladi nou yo sou do li.
Se poutèt sa, depi kounyeya, epi pou tout tan, li ka delivre tout moun, l'ap fè yo pwoche bò kote Bondye paske li menm li toujou vivan, l'ap lapriyè Bondye pou yo.
Jezi di yo: — Poukisa nou pè konsa? Ala moun manke konfyans! Apre sa, Jezi leve kanpe, li pale byen fò ak van an ansanm ak dlo a. Lamenm yon gwo kalmi fèt. Mesye yo te sezi anpil. Yo di konsa: — Ki kalite moun sa a menm, pou jouk van ak dlo lanmè obeyi li?
Men, dapre Sentespri ki fè nou viv pou Bondye, li te fè nou wè avèk pouvwa se Pitit Bondye a li ye, lè l te leve sòti vivan nan lanmò.
Nou konnen tou ki jan Bondye te vide pouvwa Sentespri l sou Jezi, moun Nazarèt la. Jezi mache nan tout peyi a, li t'ap fè byen, li t'ap geri tout moun ki te anba pouvwa Satan paske Bondye te kanpe avèk li.
Bondye fè l moute chita sou bò dwat li, li mete l Chèf sou nou, li fè l delivre nou. Li fè sa pou bay pèp Izrayèl la yon bèl chans pou l tounen vin jwenn Bondye, pou l resevwa padon pou peche l yo.
Men pou tout moun Bondye rele yo, kit yo jwif kit yo pa jwif, Kris se pisans ak bon konprann Bondye.
Jezi t'ap mache nan tout lavil yo ak tout ti bouk yo. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap fè konnen Bòn Nouvèl Peyi kote Bondye Wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite.
Jezi rele douz disip li yo. Li ba yo pouvwa pou chase move lespri ak pouvwa pou geri tout kalite maladi ak enfimite.
— Papa m renmèt mwen tout bagay. Pèsonn pa konn kilès moun Pitit la ye, esèpte Papa a. Konsa tou, pèsonn pa konn kilès moun Papa a ye, esèpte Pitit la, ak moun Pitit la vle fè konnen li.
Douvan jou, Jezi pran mache sou dlo a pou l'al jwenn yo. Lè disip yo wè l'ap mache sou dlo a, yo te pè anpil paske yo t'ap di: — Woy, men yon zonbi. Yo pran rele tèlman yo te pè. Menm lè a, Jezi di yo: — Pran tèt nou. Se mwen menm. Nou pa bezwen pè.
Moun peyi a rekonèt Jezi, yo voye nouvèl la nan tout rejyon an. Yo mennen tout malad yo ba li. Yo di Jezi: — Tanpri souple, kite malad yo manyen bò rad ou ase. Tout moun malad ki te manyen rad li te geri.
Yon bann moun vin jwenn li. Yo mennen moun k'ap bwete, moun ki avèg, bèbè, enfim ansanm ak anpil lòt moun malad ankò. Yo mete yo nan pye Jezi. Jezi geri yo. Foul moun yo te sezi anpil lè yo wè sa: bèbè yo pale, enfim yo geri, moun k'ap bwete yo mache dwat, avèg yo wè. Lè sa a, yo pran fè lwanj Bondye pèp Izrayèl la.
Mwen menm, men sa m'ap di ou: Ou se yon wòch, Pyè. Se sou wòch sa a m'ap bati legliz mwen. Ata lanmò p'ap kapab fè l anyen. M'ap ba ou kle Peyi Wa ki nan syèl la. Tou sa ou va defann moun fè sou latè, yo p'ap kapab fè l nan syèl la nonplis. Tou sa ou va pèmèt moun fè sou latè, y'a kapab fè l nan syèl la tou.
Jezi di yo: — Se paske nou manke konfyans nan Bondye. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si nou te gen konfyans nan Bondye gwosè yon ti grenn moutad, nou ta di ti mòn sa a: wete kò ou la, al laba, li ta chanje plas. Pa gen anyen nou pa ta kapab fè. [ Men, kalite lespri sa yo, se fòs lapriyè ak jèn ki pou fè yo sòti.]
— Se vre wi, sa m'ap di nou la a: Tou sa n'a defann moun fè sou latè, yo p'ap kapab fè l nan syèl la nonplis. Tou sa n'a pèmèt moun fè sou latè, y'a kapab fè l nan syèl la tou. — Men sa m'ap di nou ankò: Si de nan nou mete yo dakò sou latè pou mande nenpòt ki bagay lè y'ap lapriyè, Papa m ki nan syèl la va ba yo li. Jezi rele yon timoun, li mete l nan mitan yo. Paske, chak fwa de ou twa moun mete tèt yo ansanm nan non mwen, m'ap la nan mitan yo.
Jezi pwoche bò kote yo, li di yo konsa: — Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a.
Tout moun yo te sitèlman sezi, yonn t'ap mande lòt: — Sa sa ye la a menm! Sa se yon lòt bagay l'ap moutre nou la a. Menm move lespri yo, li pase yo lòd ak otorite, yo obeyi li. Se tout moun ki t'ap nonmen non l nan peyi Galile a.
Paske, jan li t'ap geri anpil moun, tout malad yo te vide sou li pou yo te manyen li. Chak fwa move lespri yo te wè l, yo te tonbe nan pye l ap plede rele: — Ou se pitit Bondye a.
Jezi leve, li pale byen fò ak van an, li di: — Pe la. Li di dlo a: — Rete trankil. Latou, van an tonbe epi vin gen yon gwo kalmi. Pandan li t'ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an. Zwazo vini, yo manje yo. Apre sa, li di yo: — Men, poukisa nou pè konsa? Nou poko gen konfyans toujou? Men disip yo te pè anpil anpil. Yonn t'ap di lòt: — Ki moun li ye menm pou menm van ak lanmè obeyi li a?
Jezi ak disip li yo rive lòt bò lanmè Galile a, nan peyi Jerazenyen yo. Epi li di Jezi: — Tanpri souple, pa mete nou deyò nan peyi a. Te gen yon dal kochon ki t'ap manje sou mòn toupre a. Tout move lespri yo pran mande Jezi: — Tanpri souple, voye nou sou kochon sa yo non pou n antre nan yo. Jezi bay yo pèmisyon sa a. Lè sa a, move lespri yo sòti sou nonm lan, yo antre nan kochon yo. Lamenm, tout bann kochon yo pran degrengole desann bò falèz la, al neye tèt yo nan lanmè. Te gen demil (2.000) kochon konsa nan bann lan. Moun ki t'ap gade kochon yo pran kouri. Yo gaye nouvèl la nan lavil la kou andeyò. Moun sòti toupatou vin wè sa k te rive. Lè yo rive bò kote Jezi te ye a, yo wè nonm ki te gen rejiman move lespri sou li a. Li te chita chita l, byen abiye ak tout bon sans li sou li. Yo tout te pè. Moun ki te asiste bagay la mete rakonte lòt yo sa ki te rive nonm ak move lespri a ansanm ak kochon yo. Lè sa a, yo mande Jezi: — Tanpri souple, kite peyi a. Antan Jezi t'ap moute nan kannòt la, nonm ki te gen move lespri a mande l pèmisyon pou l'ale avè l tou. Men, Jezi pat kite l ale, li di l konsa: — Ale, tounen lakay ou, nan mitan fanmi ou yo. Rakonte yo tou sa Bondye fè pou ou, kijan li te gen pitye pou ou. Jezi desann sòti nan kannòt la. Menm lè a, yon nonm sòti nan mitan tonm mò yo, li vin devan Jezi. Nonm lan pati. L'ale nan tout rejyon Dekapòl la. Li kòmanse rakonte tout sa Jezi te fè pou li. Se te yon gwo sezisman pou tout moun ki te tande l'ap pale.
Men te gen yon fanm nan foul la ki te malad: li te gen pèdisyon depi douzan. Li te soufri anpil nan men plizyè dòktè, li te fin depanse tout byen li. Men li pat jwenn okenn soulajman. Okontrè, maladi a te vin pi rèd sou li. Li te tande pale sou Jezi. Li fofile kò l nan foul la pa dèyè Jezi, epi li manyen ke rad li. Fanm lan te di nan kè l: Si m kapab manyen ke rad li sèlman, m'a geri. Menm lè a san an rete, epi madanm lan santi kò l gaya. Nonm sa a te gen yon move lespri sou li, li te pran tonm yo fè kay li. Pèsonn pat kapab mare l, pa menm avèk chenn. Latou, Jezi santi te gen yon fòs ki sòti nan li. Li vire nan mitan foul moun yo, li di konsa: — Ki moun ki manyen rad mwen an, en? Disip li yo reponn li: — Ou wè jan foul moun yo ap kwense ou, epi w'ap mande: Ki moun ki manyen ou? Men Jezi t'ap pwonmennen je l toupatou pou wè moun ki te fè l sa a. Fanm lan menm ki te konnen sa k te rive l t'ap tranble kou yon fèy bwa tank li te pè. Li vin lage kò l nan pye Jezi. Li di l tout verite a. Jezi di li: — Mafi, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Ou mèt ale ak kè poze, tande. Ou geri nèt.
Li pran men li epi li di li: — Talita koum, - ki vle di: Tifi, mwen di ou leve. Menm lè a, ti fi a leve, li pran mache, li te gen douzan. Se pa ti sezi moun yo te sezi lè yo wè sa.
Lè sa a, Jezi rele douz disip li yo, li voye yo de pa de. Li ba yo pouvwa chase move lespri.
Toupatou kote Jezi te rive, kit nan bouk, kit nan lavil ou andeyò, yo te mete malad yo sou plas piblik, yo te mande Jezi pou l te kite yo manyen bò rad li ase. Tout moun ki te manyen rad li te geri.
Lè sa a, li fè foul la chita. Li pran sèt pen yo. Li rann Bondye gras. Li separe yo epi li bay disip yo distribye bay foul la. Disip yo mache bay tout moun pen. Te gen kèk pwason la tou. Jezi rann Bondye gras pou yo, epi li mande disip yo mache distribye bay tout moun. Tout moun te manje vant plen. Yo plen sèt panyen pote ale avèk moso ki te rete. Te gen katmil (4.000) moun konsa antou. Apre sa, Jezi voye yo ale.
Jezi di li: — Si m kapab menm!... Tout bagay posib wi pou moun ki met konfyans yo nan Bondye.
Jezi gade yo nan je, li di yo konsa: — Moun pa ka fè sa, men Bondye ka fè l, paske pa gen anyen Bondye pa ka fè.
Moun ki kwè va fè anpil mirak. Y'a chase move lespri nan non mwen, y'a pale lòt lang. Yo ta mèt kenbe sèpan, yo ta mèt bwè pwazon, anyen p'ap rive yo. Y'a mete men sou tèt moun malad, moun malad yo va geri.
Lespri Bondye a sou mwen. Li chwazi m pou m anonse bòn nouvèl la bay pòv yo. Li voye m pou m fè tout prizonye yo konnen yo lage, pou m fè tout avèg yo konnen yo kapab wè ankò, pou m delivre moun y'ap maltrete yo, pou m fè yo konnen lè a rive pou Bondye vin delivre pèp li a.
Tout moun te sezi, yonn t'ap di lòt: — Ki pawòl sa a, mezanmi? Ak otorite, ak pouvwa, li pase movezespri yo lòd sevè, epi yo soti ale vre. Se tout moun ki t'ap nonmen non l nan tout peyi a.
Pandan Jezi te nan yon lavil, yon nonm ki te kouvri ak lalèp vin rive. Lè l wè Jezi, li lage kò l fas atè, li di l konsa: — Mèt, si ou vle, ou ka geri mwen. Jezi lonje men l, li manyen nonm lan, li di l: — Wi, mwen vle ou geri. Menm lè a, lalèp la kite li.
Enben, m'ap fè nou konnen mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pouvwa sou latè pou m padonnen peche tande. Apre sa, Jezi di nonm paralize a: — Se mwen menm k'ap pale avè ou: Leve kanpe, pran kabann ou, ale lakay ou.
Li desann ti mòn lan ak yo, li rete sou yon ti platon. Te gen anpil nan disip li yo ki te sanble la ak yon gwo mas pèp. Moun yo te sòti toupatou. Te gen moun Jide, moun lavil Jerizalèm, ak moun nan lavil Tir ak lavil Sidon ki bò lanme a. Yo te vin tande l, yo t'ap mande l geri malad yo tou. Moun ki te gen move lespri ap toumante yo te geri tou. Tout moun t'ap chache manyen l, paske te gen yon fòs ki t'ap sòti nan Jezi ki t'ap geri yo tout.
Apre sa li pwoche, li manyen sèkèy la. Moun ki t'ap pote l yo ret kanpe. Li di: — Jennonm, se mwen menm k'ap pale avè ou. Leve. Epi mò a leve chita, li konmanse pale. Jezi renmèt li bay manman li.
Lè sa a, Jezi t'ap geri anpil moun malad ak anpil moun enfim, li t'ap wete yo anba pouvwa move lespri, li t'ap fè anpil avèg wè ankò.
Epi Jezi di yo: — Kote konfyans nou ye? Men yo te pè, yo te sezi. Yonn t'ap di lòt: — Ki moun li ye menm? Li kòmande menm van ak lanmè, epi yo obeyi li.
Te gen yon fanm nan foul moun yo ki te malad: Depi douzan li t'ap pèdi san. Li te fin depanse tout byen l kay dòktè, san yo yonn pat kapab geri li. Li pwoche pa dèyè, li manyen ke rad Jezi. Latou, san an rete. Jezi mande: — Ki moun ki manyen m lan? Tout moun pran di se pa yo. Lè sa a, Pyè di li: — Men, Mèt, se nan mitan yon foul moun ou ye, moun ap kwense ou tout jan. Men, Jezi reponn li: — Mwen di ou gen yon moun ki manyen m, paske mwen santi yon fòs sòti sou mwen. Lè sa a, fanm lan wè yo te dekouvri l, li pran tranble kou yon fèy bwa, li vin lage kò l nan pye Jezi, li pran rakonte devan tout pèp la poukisa li te manyen l, ki jan li te geri menm lè a tou. Jezi di li: — Mafi, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Ale ak kè poze.
Jezi sanble douz disip li yo, li ba yo pouvwa ak otorite pou chase tout move lespri, pou geri tout maladi. Lè apòt yo tounen, yo rakonte Jezi tou sa yo te fè. Li pran yo avèk li, yo pati ansanm pou kont yo pou lavil Betsayda. Men, lè foul moun yo vin konn sa, yo pati dèyè li. Jezi resevwa yo, li pale yo sou peyi kote Bondye Wa a, li geri tout moun ki te malad. Lè solèy konmanse kouche, douz disip yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: — Voye moun yo ale pou yo ka achte manje, pou yo jwenn kote pou yo dòmi nan bouk yo ak nan vwazinay la. Paske isit la nou nan mitan yon dezè. Jezi di yo: — Poukisa nou pa ba yo manje pito! Men, yo reponn: — Nou gen senk pen ak de pwason sèlman. Ou ta vle pou n'al achte manje pou n bay tout pèp sa a? (Te gen senkmil (5.000) gason konsa.) Jezi di disip li yo: — Fè yo chita pa ranje senkant konsa. Disip yo koute l, yo fè tout moun chita. Jezi pran senk pen ak de pwason yo, li leve je li nan syèl, li rann gras sou manje a. Apre sa, li separe li, li renmèt disip yo pou mache distribye bay foul la. Tout moun manje vant plen. Lèfini, disip yo ranmase douz panyen plen moso ki te rete. Yon jou, Jezi te pou kont li, li t'ap lapriyè. Disip li yo vin jwenn li, li mande yo: — Ki moun yo di mwen ye? Yo reponn li: — Gen moun ki di ou se Jan Batis! Gen lòt ki di ou se Eli. Gen lòt ankò ki di ou se yonn nan ansyen pwofèt yo ki leve pami mò yo. Apre sa, li voye yo mache fè konnen gouvènman Bondye Wa a, li voye yo geri malad yo tou.
Men, lè foul moun yo vin konn sa, yo pati dèyè li. Jezi resevwa yo, li pale yo sou peyi kote Bondye Wa a, li geri tout moun ki te malad.
Tout moun te sezi pou wè jan Bondye gen pouvwa. Pandan moun yo te nan ladmirasyon pou tou sa Jezi t'ap fè konsa, Jezi di disip li yo:
Swasanndis disip yo tounen ak kè kontan, yo di li: — Mèt, ata move lespri yo soumèt devan nou, lè nou pran non ou pou chase yo. Jezi di yo: — Mwen te wè Satan ap tonbe soti nan syèl la tankou zetwal k'ap file. Koute: Mwen ban nou pouvwa pou nou mache sou sèpan ak eskòpyon, pou nou kraze tout pouvwa Satan anba pye nou, pou anyen pa kapab fè nou mal.
Mwen menm, mapral voye ban nou sa Papa m te pwomèt la. Nou menm, rete lavil Jerizalèm jouk pouvwa k'ap sòti anwo nan syèl la va desann sou nou.
Pawòl la tounen moun. Li te vin viv nan mitan nou, li mennen yon lavi ki te konfòm nèt ak verite a, ak renmen nan tout kè li. Nou wè pouvwa li, se te pouvwa Bondye Papa a te bay sèl Pitit li a.
Jezi di moun ki t'ap sèvi yo: — Plen ja yo dlo. Yo plen yo ra bouch. Lè yo fini, Jezi di yo: — Pran ti gout nan dlo sa a, pote bay chèf kanbiz la goute. Yo pote ti gout bay chèf kanbiz la. Chèf kanbiz la goute dlo ki te tounen diven an. Li pat konnen ki bò diven sa a te sòti. (Men, domestik yo ki te pran dlo a te konnen.) Li rele nonm ki t'ap marye a,
— Anverite moun ki koute pawòl mwen, ki mete konfyans yo nan moun ki voye mwen an, l'ap gen lavi etènèl. Yo yo p'ap kondannen li. Li deja soti nan lanmò, li antre nan lavi. — Anverite gen yon lè k'ap rive, li deja rive, mò yo pral tande vwa Pitit Bondye a. Tout mò ki tande vwa a, yo pral reviv ankò.
Jezi di yo: — Se mwen menm, pen ki bay lavi a. Moun ki vi jwenn mwen p'ap janm grangou. Moun ki kwè nan mwen p'ap janm swaf.
Se lespri a ki fè viv, kò a pa vo anyen. Pawòl mwen di nou yo, se pawòl ki soti nan Lespri, se pawòlki pote lavi.
Jezi pale ankò ak foul moun yo, li di: — Se mwen menm ki limyè k'ap klere tout moun ki sou latè. Moun ki swiv mwen va gen limyè ki bay lavi a. Yo p'ap janm mache nan fènwa.
Lè vòlè a vini, se vòlò li vin vòlò, se touye li vin touye, se detwi li vin detwi, se sa ase li vin fè. Mwen menm, mwen vin pou moun ka gen lavi, epi pou yo genyen l an kantite.
Mwen ba yo lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap janm peri, pèsonn p'ap janm ka rache yo nan men mwen. Sa Papa m ban mwen an pi gran pase tout. Pèsonn pa ka rache anyen ki nan men Papa a. Moun k'ap veye pòt la louvri l pou li. Tout mouton yo rekonèt vwa li. Li rele tout mouton l yo, li ba yo chak non yo, li mennen yo deyò. Mwen menm ak Papa m, nou fè yon sèl.
Jezi di li: — Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri. Moun k'ap viv, epi ki mete konfyans yo nan mwen, yo p'ap janm mouri. Eske ou kwè sa?
Jezi reponn li: — Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pèsonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen.
Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki mete konfyans li nan mwen, li gen pou l fè tou sa m'ap fè a. L'a menm rive fè pi gwo bagay toujou, paske mwen pral jwenn Papa a. Tou sa n'a mande nan non mwen, m'a fè l' pou nou pou Pitit la ka wè pouvwa Papa a. (Nenpòt kisa n'a mande nan non m, m'a fè l pou nou.)
Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki fè yonn avè m, moun mwen fè yonn ak li, l'ap donnen anpil, paske nou pa kapab fè anyen san mwen.
Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n soufri anpil sou latè. Men, pran kouray, lemonn deja pèdi devan mwen.
Men, lè Sentespri a va desann sou nou, n'a resevwa yon pouvwa. Lè sa a, n'a sèvi m temwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide ak nan tout peyi Samari, jouk nan dènye bout latè.
— Nou menm moun ras Izrayèl, koute sa m pral di nou la a: Jezi, moun Nazarèt la, se Bondye menm ki te voye l, paske nou te wè tout mirak, tout bèl bagay ak tout siy Bondye te ba l pouvwa fè nan mitan nou. Sa se bagay nou tout konnen.
— Tout pèp Izrayèl la fèt pou konnen sa byen: Jezi, nonm nou te kloure sou kwa a, se li menm Bondye fè Senyè, se li menm Bondye fè Kris la.
Lè sa a, Pyè di li: — Mwen pa gen ni lajan ni lò. Men, sa m genyen an, m'ap ba ou li. Nan non Jezikri, moun Nazarèt la, leve mache.
Nou tout ki la a ansanm ak tout pèp Izrayèl la, nou fèt pou nou konn sa: si nonm sa a kanpe devan nou tou gaya, se gremesi Jezikri, moun Nazarèt nou te kloure sou kwa a, men ki leve vivan sòti nan lanmò ak pouvwa Bondye.
Lonje men ou pou yo ka fè gerizon, mirak ak lòt bèl bagay nan non Jezi, sèvitè ki te viv pou ou a.
Apòt yo t'ap fè anpil mirak ak anpil bèl bagay nan mitan pèp la. Yo tout te reyini ansanm anba Galeri Salomon an.
Li t'ap fè sa pandan plizyè jou. Pòl menm te bouke ak fi a. Li vire, li di lespri a: — Nan non Jezikri, mwen ba ou lòd, sòti sou fi a. Menm lè a, lespri a sòti sou li.
Se vre wi. Poutèt peche yon sèl moun, lanmò te donminen akòz li menm sèlman. Men, gremesi yon sèl moun tou, Jezikri, nou jwenn plis toujou: tout moun ki resevwa favè Bondye a an kantite, tout moun ki resevwa kado Bondye a lè li fè yo gras, yo gen pou yo viv, pou yo donminen akòz Kris la.
Si Lespri Bondye ki te fè Jezikri leve sòti vivan nan lanmò a rete nan nou, li menm ki te fè Jezikri leve sòti vivan nan lanmò a, li va bay kò nou yo ki la pou mouri a lavi tou, pa pouvwa Lespri li a ki rete nan nou.
Ki moun ki kab kondannen yo? Pèsonn. Paske Jezikri te mouri. Sa k pi rèd ankò, li leve sòti vivan nan lanmò, epi li chita sou bò dwat Bondye, kote l'ap plede pou nou.
Bondye te fè Senyè a leve sòti vivan nan lanmò. L'a fè menm bagay la tou pou nou ak pouvwa li.
Men, ann di Bondye mèsi, li menm ki fè nou genyen batay la sou lanmò gremesi Jezikri, Senyè nou an!
Chak fwa, li reponn mwen: Se favè m ase ou bezwen. Paske lè ou fèb, se lè sa a moun wè pouvwa mwen nan ou. Se poutèt sa, nan fon kè m, mwen pito pale sou feblès mwen pou pouvwa Kris la ka mete m anba zèl li.
Mwen mande l pou nou ka konnen tou ki jan pouvwa li k'ap travay nan nou menm ki kwè nan li a, se yon gwo pouvwa ki san limit. Se menm gwo pouvwa sa a Bondye te fè moun wè, Mwen mande Bondye Papa nou ansanm ak Jezikri, Senyè nou, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze. lè li resisite Kris la nan mitan mò yo, li fè li chita adwat li nan syèl la. Li mete Kris la anwo tout chèf, anwo tout otorite, tout pouvwa ak tout dominasyon. Kris la pi wo pase tout gwo non yo kapab bay moun non sèlman kounyeya sou latè, men nan tan ki gen pou vini an tou.
M'ap mande Bondye pou li ban nou, dapre richès pouvwa li a, fòs ak kouray nan kè nou, pa mwayen pouvwa Sentespri a, pou nou ka grandi nan karaktè nou, pou Kris la rete nan kè nou ak konfyans nou gen nan li a. M'ap mande Bondye pou nou pouse rasin, pou nou chita byen fèm nan renmen,
Se ak li Bondye te kreye tou sa ki nan syèl la ak sou latè, sa nou wè ak sa nou pa wè. Se ak li li kreye tout lespri yo ki chita ap donminen, ki gen otorite, ki chèf epi ki gen pouvwa. Se ak Kris la Bondye te kreye yo tout, epi se pou li li te kreye yo. Kris la te la anvan tout bagay. Se nan li yo tout jwenn plas yo.
Se Bondye menm ki te vle pou tou sa l ye a, se sa pou Kris la ye tou. voye bay tout pèp Bondye ki lavil Kolòs la, k'ap kenbe fèm nan lavi n'ap mennen ansanm tankou frè nan Kris la. Nou mande Bondye, Papa nou, pou li ban nou benediksyon ak kè poze. Se li menm tou ki te vle fè tout bagay byen avè li ankò, gremesi Kris la, tou sa ki sou latè ak tou sa ki nan syèl la. Li mete lapè toupatou, gremesi san Kris la ki koule sou kwa a.
Se pat avèk pawòl ase mwen te anonse nou bòn nouvèl la. Men tou, se te avèk pouvwa Sentespri a, avèk lasirans fèm sa m t'ap di a se vre. Nou menm tou, nou konnen jan mwen te mennen tèt mwen nan mitan nou. Mwen te fè l pou byen nou.
Chatiman moun sa yo, se disparèt y'ap disparèt yo pou tout tan. Y'ap wete yo devan Senyè a, y'ap voye yo jete byen lwen pou yo pa janm resevwa pa yo nan pouvwa Senyè a ak nan lwanj y'ap fè pou li a.
Sa se yon pawòl sèten, li merite pou nou fè li tout konfyans: Jezikri te vini sou latè pou sove lèzòm, pou mwen menm anpremye ki pi gwo pechè a. Men, se poutèt sa Bondye te gen pitye pou mwen. Mwen menm ki te pi mal pase yo tout, se pou mwen Jezikri te moutre jan l ka gen pasyans. Konsa, mwen tounen yon egzanp pou tout moun ki pita va gen pou mete konfyans yo nan li, pou yo ka resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Se poutèt sa, onè respè, beniswa letènèl pou tout tan gen tan! Wi, li menm ki sèl Bondye nou pa ka wè a, sèl wa ki la pou tout tan an. Amèn.
Kounyeya, li fè nou konnen favè sa a avèk Jezikri, Sovè nou, ki te vini an. Paske, Jezikri kraze pouvwa lanmò te genyen an. Avèk bòn nouvèl la, li fè lavi ki p'ap fini nan lanmò a parèt aklè.
Moun li rele pitit li yo, se moun ki gen yon kò ki fèt ak chè ak san. Jezi vin tankou yo tou, menm chè ak yo, menm san ak yo. Konsa, lè li mouri, li detwi Satan ki te gen pouvwa pou touye moun. Li delivre tout moun ki pase tout lavi yo esklav paske yo te pè lanmò.
Granprèt nou an, se pa yon moun ki pa kapab soufri ak nou nan feblès nou. Okontrè, nou gen yon granprèt ki te pase anba tout kalite tantasyon menm jan ak nou. Men, li pat janm fè okenn peche. Se poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fòtèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite.
Kris la te pote peche nou yo nan kò li sou bwa a, pou nou te kapab mouri annegad peche, pou nou te ka viv dwat devan Bondye. Li te kite yo maltrete l pou l te ka geri nou.
Kris la menm mouri yon sèl fwa pou peche nou, li p'ap janm mouri ankò. Li menm ki t'ap mache dwat devan Bondye, li mouri pou moun ki pa t'ap mache dwat yo, pou li te ka mennen yo bay Bondye. Li mouri, men ak pouvwa Lespri Bondye a, li resisite nan lanmò.
Moun k'ap kontinye viv nan peche, se moun Satan yo ye, paske Satan ap fè peche depi nan konmansman. Pitit Bondye a parèt toutespre pou kraze travay Satan an.
Paske, depi se pitit Bondye ou ye, ou kapab genyen batay la sou lemonn. Men ki jan nou fè genyen batay la sou lemonn, se paske nou gen konfyans nan Bondye. Ki moun ki ka genyen batay la sou lemonn? Se sèlman moun ki kwè Jezi se pitit Bondye a.
Mwen se konmansman, mwen se finisman, depi A jiska Z. Se Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa a ki di sa, li menm ki la, ki te la, k'ap toujou la, epi ki gen pou vini an.