Vèsè Biblik

Piblisite


Soukategori

147 Vèsè Biblik pou Moun k'ap Soufri


Matye 5:4

Benediksyon pou moun ki nan lapenn, paske Bondye va ba yo kouray.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 34:18

(19) Senyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 147:3

L'ap bay moun ki nan gwo lapenn yo kouray. L'ap geri moun ki blese yo.

Chapit   |  Vèsyon
Jan 14:27

— M'ap ban nou kè poze. M'ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p'ap fè li pou nou jan sa fèt dapre prensip ki nan lemonn. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 23:4

Menm lè m'ape pase anba lonbray lanmò, Mwen p'ape pè anyen, Paske, Senyè, ou la avèk mwen. Se baton ou ak pwoteksyon ou ki fè kè m' pa kase.

Chapit   |  Vèsyon
Ezayi 41:10

Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.

Chapit   |  Vèsyon
1 Tesalonisyen 4:13-14

Frè m yo, sou kèsyon moun ki mouri deja yo, mwen ta renmen nou konn verite a, pou nou pa gen lapenn tankou lòt moun yo ki pa gen espwa nan Senyè a.

Menm jan nou kwè Jezi te mouri epi li te leve sòti vivan ankò a, konsa tou, se pou n kwè tout moun ki te gen konfyans nan li lè yo te mouri, Bondye va fè yo tounen ansanm ak Jezi.

Chapit   |  Vèsyon
Women 8:18

Pou mwen, nou pa ka konpare sa n'ap soufri kounyeya ak bèl bagay Bondye pral fè nou wè yo.

Chapit   |  Vèsyon
2 Korent 1:3-4

Ann fè lwanj Bondye ki papa Jezikri, Senyè nou an, Papa ki gen kè sansib la, Bondye ki toujou la pou ban nou ankourajman an.

Li ankouraje nou nan tout lapenn nou, konsa nou menm tou nou ka ankouraje moun ki nan tout kalite lapenn lè n'a ba yo menm ankourajman nou te resevwa nan men li an.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 30:5

(6) Paske, lè li ankòlè, se pou yon ti tan. Men, li ban nou favè l pou tout tan n'ap viv. Lannwit nou kriye, Kou l jou, kè nou kontan.

Chapit   |  Vèsyon
Lamantasyon 3:22-23

Sous bonte Senyè a p'ap janm teri. Mizerikòd li poko janm bout.

Li renouvle yo chak maten Ala kenbe ou konn kenbe pawòl ou, Senyè!

Chapit   |  Vèsyon
Filipyen 4:6-7

Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l mèsi tou lè n'ap lapriyè.

Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l, bagay lèzòm pa ka konprann. La kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon
Ezayi 43:2

Lè n'ap pase sou lanmè, m'ap kanpe la avèk nou. Lè n'ap janbe gwo dlo, dlo a p'ap bwote nou ale. Lè n'ap mache nan mitan dife, dife p'ap boule nou. Flanm dife a p'ap fè nou anyen.

Chapit   |  Vèsyon
1 Pyè 5:7

Lage tout tèt chaje nou yo ba li, paske l'ap pran swen nou.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 55:22

(23) Renmèt sò ou nan men Senyè a, l'a kenbe ou fèm. Li p'ap janm kite moun ki mache dwat devan li yo rete atè lè yo tonbe.

Chapit   |  Vèsyon
Jan 14:1-3

Jezi di yo: — Pa kite tèt nou toumante. Mete konfyans nou nan Bondye, mete konfyans nou nan mwen tou.

Gen lè ou pa kwè mwen nan Papa a? Ou pa kwè Papa a nan mwen tou? Tout pawòl mwen di nou yo, se pa nan mwen yo sòti. Papa a ki fè yonn ak mwen an, se li menm k'ap fè travay li.

Se pou nou kwè m lè m di nou: Mwen nan Papa a, Papa a nan mwen tou. Osinon, se pou nou kwè akòz sa m'ap fè a.

Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki mete konfyans li nan mwen, li gen pou l fè tou sa m'ap fè a. L'a menm rive fè pi gwo bagay toujou, paske mwen pral jwenn Papa a.

Tou sa n'a mande nan non mwen, m'a fè l' pou nou pou Pitit la ka wè pouvwa Papa a.

(Nenpòt kisa n'a mande nan non m, m'a fè l pou nou.)

— Si nou renmen m, se pou n obeyi kòmandman m yo.

Mwen menm, m'ap mande Papa a ban nou yon lòt pwotektè dekwa pou li toujou la avèk nou.

Se Lespri verite a. Sila a lemonn pa ka resevwa a, paske yo pa wè li, ni yo pa konnen li. Men nou menm, nou konnen li paske li la avèk nou epi l'ap nan nou.

— Mwen p'ap kite nou pou kont nou: M'ap tounen vin jwenn nou ankò.

Anvan lontan ankò, lemonn p'ap wè m, men nou menm n'a wè mwen. Paske m'ap viv, nou menm tou n'ap viv.

Lakay Papa a gen anpil kote pou moun rete. Mwen pral pare plas pou nou. Si se pat vre, mwen pa ta di nou sa.

Lè jou sa a va rive, n'a konnen mwen nan Papa a, nou menm nou nan mwen, epi mwen menm mwen nan nou.

— Moun ki asepte kòmandman m yo, ki obeyi yo, se moun sa a ki renmen mwen. Papa m va renmen moun ki renmen mwen. Mwen menm tou, m'a renmen l, epi m'a fè l wè mwen.

Jid (se pa Jida Iskaryòt la non) di l konsa: — Senyè, ki jan pou ou fè nou wè ou san pou moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo pa wè ou?

Jezi reponn li: — Moun ki renmen m, se li menm ki va fè tou sa m di l fè. Papa m va renmen l tou. Papa m va vin jwenn li ansanm avè m, n'a viv nan li.

Moun ki pa renmen m, li p'ap fè tou sa m di l fè. Tou sa nou tande m'ap di a, se pa nan mwen yo sòti, men se nan Papa m ki voye m lan yo sòti.

— Mwen di nou tou sa antan m la ankò avèk nou.

Men pwotektè a, Sentespri Papa mwen ap voye nan non mwen an, se li menm ki va anseye nou tout bagay. Epi l'a fè nou sonje tou sa mwen te di nou yo.

— M'ap ban nou kè poze. M'ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p'ap fè li pou nou jan sa fèt dapre prensip ki nan lemonn. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè.

Nou tande m di nou: Mwen prale, men m'ap tounen vin jwenn nou. Si nou te renmen m, nou ta kontan konnen mwen pral jwenn Papa a, paske Papa a gen plis pouvwa pase mwen.

Mwen tou di nou sa kounyeya anvan bagay sa yo rive, pou lè yo rive nou ka kwè.

Lè m'a fin pare plas la pou nou, m'a tounen vin chache nou. Konsa, kote m'a ye a, se la n'a ye tou.

Chapit   |  Vèsyon
Women 8:28

Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l, pou byen tout moun li te fè lide rele.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 46:1-2

(2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.

(11) Li di: — Rete la! Sispann goumen! Konnen se mwen menm ki Bondye. Se mwen k'ap donminen sou tout nasyon yo. Se mwen k'ap donminen sou tout latè.

(12) Senyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n kache!

(3) Se poutèt sa, nou te mèt wè tè a ap tranble, nou te mèt wè mòn yo ap chavire tonbe nan mitan lanmè, nou pa bezwen pè anyen.

Chapit   |  Vèsyon
Ezayi 61:1-3

Lespri Bondye, Senyè a, desann sou mwen. Paske Senyè a chwazi m, li voye m pou m anonse bòn nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m geri tout moun k'ap soufri yo, pou m fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.

Se pa ti kontan kè m kontan pou sa Senyè a fè. M'ap fè fèt pou Bondye mwen an. Paske mwen tankou yon nèg k'ap marye ki fin abiye pou nòs la, tankou yon lamarye k'ap ranje bijou l yo sou li. Li kouvri m ak pouvwa li pou l sove m. Li vlope m nan bra li pou l delivre m.

Menm jan grenn anba tè jèmen leve, menm jan rasin boujonnen pouse, konsa tou Senyè a ap fè lajistis parèt pou pèp li a. Toupatou, tout nasyon va fè lwanj li.

Li voye m anonse lè a rive pou Senyè a vin delivre pèp li a, jou a rive pou Bondye nou an vin tire revanj pou nou. Li voye m ankouraje tout moun ki nan lafliksyon,

pou m'bay moun Siyon ki nan lafliksyon yo kè kontan nan plas lapenn yo, kontantman nan plas kè sere yo. Yon chante remèsiman nan bouch yo nan plas yon chante lapenn. Yo pral grandi tankou gwo pyebwa nan jaden Senyè a te plante ak men li. Yo pral fè sa ki dwat devan Bondye pou tout moun ka fè lwanj bèl pou vwa li.

Chapit   |  Vèsyon
Ebre 13:5

Pa kite renmen lajan pran nanm nou. Se pou nou kontan ak sa nou genyen. Paske Bondye te di: Mwen p'ap janm vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 73:26

Kò m te mèt ap deperi, lespri m te mèt ap gaga, se ou menm menm, Bondye, ki tout fòs mwen, se ou menm ki tout mwen.

Chapit   |  Vèsyon
Revelasyon 21:4

Li gen pou l cheche tout dlo nan je yo. P'ap gen lanmò ankò, yo p'ap nan lapenn ankò, yo p'ap janm plenyen ankò, yo p'ap janm soufri ankò. Tout vye bagay sa yo pral disparèt.

Chapit   |  Vèsyon
Women 12:15

Fè kè n kontan ak moun ki kontan, kriye ak moun k'ap kriye.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 27:13-14

Mwen menm, mwen sèten m'a viv pou m wè jan Bondye sèvi byen ak pèp li a.

Mete espwa ou nan Senyè a! Gen konfyans, pa dekouraje! Wi, mete espwa ou nan Senyè a!

Chapit   |  Vèsyon
Ezayi 25:8

Senyè a pral fè pa janm gen lanmò ankò. Li pral siye dlo nan je tout moun. Li pral wete lawont sa a ki te sou pèp li a toupatou sou latè. Se Senyè a menm ki di sa!

Chapit   |  Vèsyon
1 Korent 15:55-57

Lanmò! Kote batay ou genyen an? Lanmò! Kote pouvwa ou te gen pou fè nou lapenn lan?

Se peche ki bay lanmò pouvwa pou fè nou lapenn. Se lalwa a ki bay peche a tout fòs li.

Men, ann di Bondye mèsi, li menm ki fè nou genyen batay la sou lanmò gremesi Jezikri, Senyè nou an!

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 116:15

Sa fè Senyè a lapenn anpil lè li wè yonn nan moun k'ap sèvi l yo mouri!

Chapit   |  Vèsyon
Jan 11:25-26

Jezi di li: — Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri.

Moun k'ap viv, epi ki mete konfyans yo nan mwen, yo p'ap janm mouri. Eske ou kwè sa?

Chapit   |  Vèsyon
1 Korent 13:12

Epi, pou reyalite koulyeya, sa nou wè a se annik yon imaj tou twoub nou apèsi, se tankou yon pòtre n'ap devinen nan yon gas. Men, pita, nou pral fasafas. Koulyeya, nou pa fin konnen tout bagay. Gen yon jou m'ap konnen nèt jan Bondye konnen mwen an.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 62:1-2

(2) Se sou Bondye sèlman mwen konte, se li menm ki pou delivre mwen.

(11) Pa mete konfyans nou nan fè britalite. Pa mete nan tèt nou nou ka genyen anyen nan vòlò. Lè nou wè n'ap fè lajan, pa kite l pran nanm nou.

(12) An de fwa, men sa m tande Bondye di: — Se nan men m pouvwa rete.

(13) Wi, Senyè, ou gen bon kè, paske w'ap bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.

(3) Se li menm ase k'ap pwoteje m, k'ap delivre m. Se li ki tout defans mwen. Li p'ap janm kite anyen rive m.

Chapit   |  Vèsyon
Women 8:38-39

Paske mwen gen lasirans sa a, anyen pa ka fè nou pèdi lamou Kris gen pou nou an: kit se lavi, kit se lanmò, ni zanj yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, te mèt se tan jodi a, te mèt se tan k'ap vini yo,

ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki nan zantray tè a. Non, pa gen anyen nan tout kreyasyon an ki ka rive fè nou pèdi lamou Bondye fè nou wè li gen pou nou nan Jezikri, Senyè nou an.

Chapit   |  Vèsyon
Ezayi 51:3

Mwen menm Senyè a, mwen pral gen pitye pou peyi Siyon an, pou tout moun k'ap viv nan kay kraze li yo. M'ap fè tout dezè li yo tounen jaden Edenn, m'ap fè tout savann li yo vin jaden Letènèl Se kè kontan, se fèt ase ki va gen la. Y'a chante, y'a fè mizik pou di m mèsi.

Chapit   |  Vèsyon
1 Pyè 1:3-4

Beniswa Letènèl, li menm ki se Papa Jezikri, Senyè nou an. Paske nan kè sansib li, li ban nou lavi ankò, lè li te fè Jezikri leve soti vivan nan lanmò a. Sa fè nou viv ak anpil espwa.

N'ap tann lè pou n resevwa eritaj Bondye a, eritaj ki p'ap janm pouri, ki p'ap janm sal, ni ki p'ap janm pèdi frechè l, eritaj li sere pou nou nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon
2 Timote 4:7-8

Mwen fin mennen batay la byen mennen, mwen rive nan bout kous mwen, mwen kenbe konfyans mwen fèm nan Bondye.

Kounyeya, se rekonpans mwen m'ap tann pou lavi dwat mwen te mennen an. Lè gran jou a va rive, Senyè k'ap jije san patipri a ap mete rekonpans mwen an tankou yon kouwòn sou tèt mwen. Men, se pa mwen ase l'ap bay li. Tout moun k'ap tann ak tout kè yo lè la gen pou l parèt la, va resevwa l tou.

Chapit   |  Vèsyon
1 Jan 4:18

Kote ki gen renmen, pa gen kè kase. Okontrè, lè nou renmen tout bon, si kè nou te kase, li pa kase ankò. Konsa, yon moun ki pè toujou, li poko fin renmen nèt. Paske si ou pè, se paske ou pè chatiman.

Chapit   |  Vèsyon
Jan 16:22

Konsa tou, kounyeya nou nan lapenn. Men, mwen gen pou m wè nou ankò. Lè sa a, kè nou pral kontan, pèsonn p'ap ka wete kontantman sa a nan kè nou.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 34:4-5

(5) Mwen te kriye nan pye Senyè a, li te reponn mwen. Li delivre m anba tout sa ki t'ap fè m pè yo.

(6) Lè nou vire je nou gade l, sa fè kè nou kontan. Nou p'ap janm wont.

Chapit   |  Vèsyon
Ebre 4:16

Se poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fòtèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite.

Chapit   |  Vèsyon
Women 15:13

Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l fè kè nou kontan nèt, pou l fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 91:1-2

Moun ki rete anba pwoteksyon Bondye ki nan syèl la, Moun ki kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a

okenn malè p'ap rive ou, okenn mechan p'ap ka pwoche bò kote kay ou.

Bondye ap pase zanj li yo lòd pou yo veye sou ou, pou yo pwoteje ou kote ou pase.

Y'ap pote ou nan men yo, pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch.

W'ap mache sou lyon ak sou sèpan, w'ap kraze jenn ti lyon yo ak eskòpyon yo anba pye ou.

Bondye di: M'ap sove moun ki renmen mwen, m'ap pwoteje moun ki konnen mwen.

Lè l rele m, m'ap reponn li. Lè l nan tray, m'ap la avèk li. M'ap delivre l, m'ap fè yo respekte l.

M'ap fè l viv lontan, m'a fè l wè jan m'ap delivre l.

yo ka di Senyè a: — Se ou ki tout defans mwen. Se ou ki tout pwoteksyon mwen. Ou se Bondye mwen. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.

Chapit   |  Vèsyon
1 Korent 15:42-44

Se menm jan an sa pral ye lè moun ki mouri yo va leve sòti vivan nan lanmò. Lè yo te antere kò a, se te yon kò ki te kapab pouri. Men, lè kò a va leve sòti vivan nan lanmò, l'ap yon kò ki p'ap kapab pouri.

Lè yo te antere l, li te yon kò tou lèd, tou fèb. Men, lè li va leve vivan ankò, l'ap bèl, l'ap gen fòs.

Lè yo te antere l, li te yon kò ki fèt ak labou. Men, lè la leve vivan, l'ap tounen yon kò ki sòti nan Lespri. Si gen yon kò ki fèt ak labou, fòk gen yon kò ki sòti nan Lespri tou.

Chapit   |  Vèsyon
Revelasyon 22:3-5

P'ap gen anyen nan lavil la k'ap tonbe anba madichon Bondye. Fòtèy Bondye ak ti Mouton an va nan mitan lavil la. Tout sèvitè yo va adore li.

Y'a parèt devan l. Y'a gen non l make sou fwon yo.

P'ap janm fè nwit ankò. Moun yo p'ap bezwen ni limyè lanp ni limyè solèy, paske Mèt la, Bondye, va klere yo, li va yon limyè pou yo. Lè sa a y'a gouvènen pou tout tan.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 119:50

Nan mizè mwen, tout konsolasyon m, se pwomès ou fè m lan. Se sa ki fè m viv.

Chapit   |  Vèsyon
Ezayi 57:1-2

Moun k'ap mache dwat yo ap fin mouri nan peyi a, sa pa fè pèsonn anyen. Moun k'ap sèvi Bondye ak tout kè yo ap fin disparèt, pèsonn pa wè sa. Mechanste fè moun k'ap mache dwat yo disparèt.

Nou fatige kò nou ap vwayaje, men nou pa janm kite! Nou mete nan tèt nou zidòl yo ap ban nou fòs pou nou pa janm bouke.

Senyè a di: kilès bondye sa yo ki t'ap ban nou kè sote, ki t'ap fè nou pè konsa kifè ou bay tout manti sa yo? Kilès sa a ki fè nou bliye m' konsa? Nou pa dòmi reve mwen. Eske se paske mwen rete mwen pa di anyen kifè nou sispann gen krentif pou mwen?

M'ap denonse tou sa n'ap plede fè pou sove tèt nou. Nou kwè l'ap bon pou nou, men sa p'ap sèvi nou anyen.

Lè n'a rele mande sekou, se pou tout zidòl nou yo vin sove nou si yo kapab! Yon senp ti van ap pote yo ale, yon ti briz van ap pati ak yo. Men, moun ki mete konfyans yo nan mwen va rete nan peyi a, y'a rete sou mòn ki apa pou mwen an.

Lè sa a, Senyè a di: — Pare wout la pou pèp la tounen vin jwenn mwen. Mete ranble. Wete tout bagay k'ap bare wout la devan pèp mwen an.

Se mwen menm Bondye ki anwo nan syèl la, Bondye ki la pou tout tan an, Bondye ki apa nèt la. Men sa mwen di: mwen rete yon kote ki anwo nèt, yon kote ki apa pou mwen nèt. Men mwen kanpe la avèk moun ki soumèt yo devan mwen, avèk moun ki regrèt tou sa yo fè ki mal, pou m'ka remoute kouraj yo, pou m'ka ba yo konfyans ankò.

Mwen pa vle nan diskit tout tan ak yo, mwen pa vle rete ankòlè tout tan pou moun mwen bay lavi yo pa pèdi kouray.

Wi, mwen te fache anpil sou yo paske yo te gen move lanvi nan kè yo. Mwen te fè kòlè, mwen te pini yo, mwen te lage yo, paske yo t'ap fè tèt di, yo t'ap fè sa yo pi pito.

Mwen te wè tou sa yo t'ap fè, men m'ap geri yo. Mwen pral pran men yo pou m mennen yo sou bon chemen an. M'a remoute kouray sa ki nan lapenn yo.

M'a di yo: Kè poze pou nou tout ki lwen, kè poze pou nou tout ki pre. M'a mete lwanj nan bouch yo, m'ap ba yo tout kè poze, m'ap geri yo.

Moun ki t'ap mache dwat yo antre kote pou yo jwenn repo, yo kouche nan tonm yo.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 3:5-6

Mete tout konfyans ou nan Senyè a. Pa gade sou sa ou konnen.

Toujou chonje Senyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, la moutre ou chemen pou ou pran.

Chapit   |  Vèsyon
Lamantasyon 3:31-33

Bondye sèl Mèt la p'ap janm lage nou nèt.

Li ka fè nou lapenn, men l'ap gen pitye pou nou paske li renmen nou anpil.

Li pa pran plezi nan fè nou soufri, ni nan ban nou lapenn.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 73:23-24

Mwen menm, mwen toujou la avèk ou, ou kenbe men m pou m pa tonbe.

Ou ban m konsèy pou m pa pèdi chemen m. Lèfini, ou resevwa m lakay ou.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 11:28-30

— Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou.

Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n'a viv ak kè poze.

— Eske se ou ki moun nou konnen ki gen pou vini an, osinon eske nou dwe tann yon lòt?

Paske, jouk m'ap ban nou an fasil pou pote, chay m'ap ban nou an pa lou.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 42:11

(12) Wi, poukisa mwen kagou konsa? Poukisa m'ap plenn konsa nan kè mwen? M'ap mete espwa m nan Bondye, paske mwen gen pou m fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m, se li ki Bondye mwen.

Chapit   |  Vèsyon
1 Korent 2:9

Men, jan sa te ekri nan Liv la: Bagay pèsonn pat janm wè, ni pat janm tande, bagay okenn moun pat janm mete nan tèt yo, se sa Bondye te pare pou moun ki renmen li.

Chapit   |  Vèsyon
Women 5:5

Espwa sa a p'ap janm twonpe nou, paske Bondye te fè nou wè jan l renmen nou lè li ban nou Sentespri li.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 56:8

(9) Ou konnen tout kouri kache mwen yo. Ou konnen jan dlo koule nan je m. Eske tout sa pa ekri nan liv ou a?

Chapit   |  Vèsyon
Ezayi 40:1

Cheche dlo nou! Wi, cheche dlo nan je nou! Se Bondye nou an menm ki di sa.

Chapit   |  Vèsyon
Ebre 11:1

Lè yon moun di li gen konfyans nan Bondye, sa vle di li sèten li gen pou li resevwa sa l'ap tann lan. Li gen konviksyon bagay nou pa ka wè ak je nou, yo egziste tout bon vre.

Chapit   |  Vèsyon
Jan 10:28-29

Mwen ba yo lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap janm peri, pèsonn p'ap janm ka rache yo nan men mwen.

Sa Papa m ban mwen an pi gran pase tout. Pèsonn pa ka rache anyen ki nan men Papa a.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 103:2-4

Wi, kite m di Senyè a mèsi. Mwen pa dwe janm bliye tout byen li fè pou mwen.

Nou menm zanj li yo ki vanyan, ki gen fòs, nou menm k'ap fè tou sa li mande nou fè, nou menm k'ap koute sa l'ap di nou, fè lwanj Senyè a!

Nou tout ki fè pati lame ki nan syèl la, nou tout k'ap sèvi l, k'ap fè volonte li, di Senyè a mèsi!

Nou tout kreyati Bondye, nou tout ki toupatou kote l'ap gouvènen, di Senyè a mèsi! Wi, kite m di Senyè a mèsi!

Li padonnen tout peche m yo, li geri tout maladi m yo.

Li wete m nan bouch twou a. Li beni m, li fè m wè jan li renmen m, jan li gen pitye pou mwen.

Chapit   |  Vèsyon
Ezayi 41:13

Se mwen menm, Senyè a, ki Bondye nou! M'ap pran men nou, m'ap di nou: Nou pa bezwen pè. M'ap ede nou!

Chapit   |  Vèsyon
2 Korent 4:16-18

Se sa ki fè mwen pa janm dekouraje. Menm si kò mwen ap bese chak jou, men lespri m' rete toujou jenn.

Sa m'ap sibi kounyeya, se yon ti soufrans ki la pou pase. Men, soufrans sa a ap pare pou mwen yon bèl pouvwa k'ap la pou tout tan, pouvwa ki depase ti soufrans sa a anpil.

Paske, mwen p'ap konsidere bagay moun wè, men bagay moun pa wè. Sa moun wè, se bagay ki pa la pou lontan, men sa moun pa wè, se bagay ki la pou tout tan.

Chapit   |  Vèsyon
Revelasyon 7:17

Paske, ti Mouton ki nan mitan fòtèy la va tankou yon gadò pou yo. L'a mennen yo bò sous dlo ki bay lavi a. Se Bondye menm ki va siye dlo nan je yo.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 27:1

(1b) Senyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m pè? Se Senyè a k'ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m tranble?

Chapit   |  Vèsyon
Women 6:5

Menm jan nou fè yonn ak li paske nou te mouri yon jan tankou li menm li te mouri a, konsa tou n'a fè yonn avè li, paske n'a leve sòti vivan nan lanmò tankou l tou.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 18:28

(29) Senyè, ou se limyè mwen, ou se Bondye mwen. Se ou ki wete m nan fènwa kote m te ye a.

Chapit   |  Vèsyon
Jeremi 29:11

Se mwen menm ki konnen sa m'gen nan tèt nou pou nou. Se mwen menm Senyè a k'ap pale. Se pwojè byen mwen gen pou nou, se pa pwojè malè. Sa mwen vle pou nou, se yon denmen ki chaje espwa.

Chapit   |  Vèsyon
Filipyen 4:13

Nenpòt sitirasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m, gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouray.

Chapit   |  Vèsyon
Jan 3:16

Bondye sitèlman renmen lèzòm, li bay sèl pitit li a pou yo. Konsa, moun ki mete konfyans yo nan li, yo p'ap peri. Okontrè, y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.

Chapit   |  Vèsyon
Women 8:35-37

Kisa, atò, ki va fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou an? Soufrans ka fè nou sa? Osinon, kè sere? Osinon, pèsekisyon? Osinon, grangou, mizè, gwo danje, lanmò?

Dapre sa ki ekri nan Liv la: Se poutèt ou, tout moun yo sòti pou touye nou. Yo gade nou tankou mouton y'ap mennen labatwa.

Men, sou tout bagay sa yo, nou genyen batay la nèt ale, gremesi moun ki renmen nou an.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 121:1-2

(1b) Mwen leve je m, mwen gade mòn yo, mwen di: — Ki bò m'a jwenn sekou?

Sekou mwen sòti nan men Senyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.

Chapit   |  Vèsyon
Ebre 10:23

Ann kenbe espwa nou genyen an byen fèm. Paske, nou mèt sèten, Bondye ap kenbe pwomès li.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 40:1-3

(2) Mwen te mete tout espwa m nan Senyè a. Li te panche zòrèy li bò kote m, li te tande m lè m t'ap rele.

(11) Mwen pat manke pa di jan ou fè nou gras, jan ou bay moun sekou. Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, mwen pat manke pa di jan ou renmen nou, jan ou toujou kenbe pawòl ou.

(12) Senyè, ou pa janm sispann gen pitye pou mwen. W'ap toujou pwoteje m, paske ou renmen m. Ou p'ap janm lage m.

(13) Kote m vire, malè tonbe sou mwen. Mwen pa ka konte yo. Peche m yo twòp pou mwen. Mwen pa k'ap sipòte yo. Yo pi plis pase cheve nan tèt mwen. Mwen pèdi tout kouray mwen.

(14) Senyè, tanpri, delivre m non! Prese vin pote m sekou, Senyè.

(15) Moun k'ap chache touye m yo, se pou yo tout wont, se pou yo pa ka leve tèt yo. Moun ki anvi wè malè rive mwen, se pou yo renka kò yo, se pou yo wont.

(16) Moun k'ap lonje dwèt sou mwen yo, se pou sezisman pran yo tèlman yo wont.

(17) Men, tout moun ki vin jwenn ou, se pou yo kontan, se pou yo fè fèt. Tout moun ki renmen jan ou delivre yo a, se tout tan pou yo di: — Senyè a gen gwo pouvwa!

(18) Pou mwen menm, se yon pòv malere san sekou mwen ye. Men ou menm ki mèt mwen, pa bliye m. Se ou ki tout sekou mwen, se ou ki tout delivrans mwen. Bondye mwen, pa mize!

(3) Li rale m sòti nan twou kote m t'ap peri a, nan gwo m'a labou a. Li mete m sou gwo wòch la, li fè m kanpe dwat ankò.

(4) Li mete yon chante tou nèf nan bouch mwen, yon chante pou m fè lwanj Bondye nou an. Anpil moun, lè yo wè sa, yo pral pè, y'a mete konfyans yo nan Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon
Ezayi 26:3-4

Ou menm, Bondye, w'ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w'ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou!

Mete konfyans nou nan Bondye pou tout tan paske Senyè a ap toujou la pou pwoteje nou.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 63:7-8

(8) Paske se ou ki tout sekou m, m'ap rete kache anba zèl ou, m'ap chante sitèlman mwen kontan.

(9) Mwen kole kò m sou ou, se pouvwa ou k'ap soutni mwen.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 6:33-34

Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou.

Se sa ki fè, pa chaje tèt nou pou denmen, paske denmen va gen zafè pa li. Chak jou gen kont chay pa yo.

Chapit   |  Vèsyon
1 Tesalonisyen 5:16-18

Se pou kè nou toujou kontan.

Pa janm sispann lapriyè.

Di Bondye mèsi pou tout bagay. Se sa Bondye mande nou, nou menm ki mete konfyans nou nan Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 73:25-26

Se ou menm sèl mwen gen nan syèl la. Mwen pa gen lòt. Se ou ki tout plezi m sou latè.

Kò m te mèt ap deperi, lespri m te mèt ap gaga, se ou menm menm, Bondye, ki tout fòs mwen, se ou menm ki tout mwen.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 46:10

(11) Li di: — Rete la! Sispann goumen! Konnen se mwen menm ki Bondye. Se mwen k'ap donminen sou tout nasyon yo. Se mwen k'ap donminen sou tout latè.

Chapit   |  Vèsyon
Lik 6:21

Benediksyon pou nou menm ki grangou kounyeya, paske n'a jwenn manje an kantite. Benediksyon pou nou menm k'ap kriye kounyeya, paske nou pral nan kè kontan.

Chapit   |  Vèsyon
Efezyen 2:8-9

Se paske li renmen nou kifè li delivre nou, nou menm ki mete konfyans nou nan li. Sa pa sòti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban nou.

Non, nou pa fè anyen pou sa. Konsa, pèsonn pa ka vante tèt yo.

Chapit   |  Vèsyon
Ezayi 53:4

Men, se soufrans nou ta gen pou nou soufri a li t'ap soufri pou nou. Se doulè nou ta gen pou santi nan kò pa nou li te pran sou do l. Nou menm menm, nou te konprann se pini Bondye t'ap pini l. Nou te konprann se frape Bondye t'ap frape l, se kraze Bondye t'ap kraze l anba men l.

Chapit   |  Vèsyon
Women 15:4

Se konsa, tou sa ki te ekri nan Liv la depi nan tan lontan, yo te ekri yo pou moutre nou anpil bagay, wi, pou bagay nou jwenn ekri nan Liv la ka ban nou pasyans ak ankourajman pou n ka mete tout espwa nou nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon
2 Korent 5:1

Wi, lè kò nou rete ladan sou latè a demoli, Bondye sere yon lòt bitasyon pou nou nan syèl la, yon kay byen solid k'ap dire tout tan. Se li menm menm k'ap bati kay sa a pou nou.

Chapit   |  Vèsyon
1 Pyè 5:10

Men, apre n'a fin soufri yon ti tan, Bondye li menm va rann nou bon nèt, l'a kenbe nou fèm, l'a ban nou fòs, l'ap fè nou kanpe san brannen. Paske Bondye bay tout kalite favè. Se li menm ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n te patisipe nan pouvwa li ki p'ap janm fini.

Chapit   |  Vèsyon
Jan 6:40

Men sa Papa m vle: Tout moun ki wè Pitit la, ki kwè nan li, se pou yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Mwen gen pou m fè yo leve sòti vivan nan lanmò nan dènye jou a.

Chapit   |  Vèsyon
Filipyen 3:20-21

Men nou menm, nou se sitwayen syèl la. N'ap tann Sovè nou, Jezikri Senyè nou k'ap sot nan syèl la.

Se li menm k'ap pran pouvwa li genyen pou soumèt tout bagay anba men l lan, l'ap chanje vye kò tou fèb nou yo pou l fè yo tounen tankou kò pa l la ki gen bèl pouvwa.

Chapit   |  Vèsyon
Women 14:8

si n'ap mouri, n'ap mouri pou Senyè a tou. Konsa, kit nou vivan, kit nou mouri, se pou Senyè a nou ye.

Chapit   |  Vèsyon
Ebre 13:14

Paske nou pa gen sou latè yon lavil ki la pou tout tan. N'ap chache lavil ki gen pou vini an.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 16:8-9

Mwen toujou mete Senyè a devan je m. Paske li toujou bò kote m. Anyen pa ka brannen m.

Se poutèt sa, kè m kontan anpil. Mwen santi se tout tan mwen ta chante. Ata kò mwen m'ap poze ak konfyans nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon
Jan 14:18

— Mwen p'ap kite nou pou kont nou: M'ap tounen vin jwenn nou ankò.

Chapit   |  Vèsyon
Ezayi 66:13

Menm jan yon manman konsole pitit li, se konsa m'ap konsole nou nan lavil Jerizalèm.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 32:7

Se bò kote ou mwen vin kache. Jou malè w'ap delivre m. M'ap chante fè konnen jan ou pwoteje m.

Chapit   |  Vèsyon
1 Korent 15:22

Menm jan tout moun gen pou mouri paske yo fè yonn ak Adan, konsa tou, tout moun ki fè yonn ak Kris la ap gen lavi ankò.

Chapit   |  Vèsyon
Women 8:1

Kounyeya, nanpwen okenn kondannasyon pou moun ki fè yon sèl kò ak Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 94:19

Lè m nan tèt chaje, lè mwen pa konn sa pou m fè, se ou menm ki ban m kouray, se ou menm ki fè kè m kontan.

Chapit   |  Vèsyon
Filipyen 1:6

Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l kontinye l jouk li va fini l nèt, lè jou Jezikri a va rive.

Chapit   |  Vèsyon
Women 15:5

Se pou Bondye ki bay pasyans ak ankourajman an fè nou viv byen yonn ak lòt, pou nou ka swiv egzanp nou jwenn nan Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 139:23-24

Sonde m, Bondye! Wè tou sa ki nan kè m! Fouye m! Wè tou sa ki nan lide m!

Gade wè si m sou yon move chemen. Mennen m sou chemen ki la pou tout tan an.

Chapit   |  Vèsyon
Ezayi 12:2

Se Bondye ki delivre m! Mwen gen konfyans nan li. Kè m pa kase ankò! Se Senyè a ki tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m!

Chapit   |  Vèsyon
Lik 1:37

Tou sa rive paske pa gen anyen Bondye pa ka fè.

Chapit   |  Vèsyon
1 Pyè 1:6-7

Se poutèt sa, annou sote ponpe ak kè kontan, menm si eprèv gen pou fè nou soufri pou yon ti tan.

Paske, konfyans nou se tankou lò li ye. Yo blije pase lò a, ki yon bagay perisab, nan dife pou wè si l bon. Konsa tou, konfyans nou ki gen plis valè pase lò a gen pou pase anba eprèv tou, pou nou ka resevwa lwanj, onè ak respè lè Jezikri va parèt.

Chapit   |  Vèsyon
Jan 15:11

Mwen di nou tou sa pou kè kontan m lan ka nan nou, pou nou ka kontan nèt ale.

Chapit   |  Vèsyon
Women 5:8

Sou pwen sa a, Bondye moutre nou jan li renmen nou anpil. Paske nou te nan peche toujou lè Kris la mouri pou nou.

Chapit   |  Vèsyon
1 Jan 3:2

Mezanmi, koulyeya nou se pitit Bondye. Sa nou pral ye a, nou poko fin konnen li nèt. Men nou konnen lè Kris va parèt, nou pral tounen tankou li. Paske nou pral wè li jan li ye a.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 77:1-2

(2) Mwen rele byen fò nan pye Bondye. Wi, mwen rele nan pye Bondye, li koute mwen.

(11) Apre sa mwen di: Men sa k fè m pi mal ankò! Gen lè Bondye ki anwo nan syèl la pa menm jan an ankò?

(12) Senyè, m'a rakonte gwo bagay ou te fè yo, paske mwen chonje bèl mèvèy ou te fè nan tan lontan.

(13) M'ap kalkile tout sa ou te fè yo, m'ap egzaminen tout gwo bagay estraòdinè ou te fè yo!

(14) Tout sa ou fè, Bondye, se bagay apa! Nan tout bondye yo, nanpwen ki gen pouvwa tankou ou!

(15) Ou se Bondye ki fè mèvèy. Ou fè nasyon yo wè pouvwa ou.

(16) Avèk fòs ponyèt ou ou te delivre pèp ou a, pitit pitit Jakòb yo ak pitit pitit Jozèf yo.

(17) Lè dlo yo wè ou, Bondye, dlo yo sòti pè. Lè dlo yo wè ou, fon lanmè yo pran tranble.

(18) Nyaj yo pran vide gwo lapli, kout loray pran woule nan nyaj yo, kout zèklè fè yanyan nan tout syèl la.

(19) Bri loray la pran woule nan syèl la. Kout zèklè klere toupatou. Tè a sòti pè, li pran tranble.

(20) Ou louvri yon chemen pou ou nan mitan lanmè a. Ou pase nan mitan gwo lanmè fon fon an. Men pèsonn pa ka wè mak pye kote ou pase.

(3) Lè mwen nan tray, mwen lapriyè nan pye Senyè a. Tout lannwit m'ap lapriyè san rete, mwen pa ka jwenn konsolasyon.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 31:24

(25) Nou tout ki met espwa nou nan Senyè a, pran kouray, kenbe fèm.

Chapit   |  Vèsyon
Efezyen 3:20-21

Tout lwanj lan se pou Bondye. Paske, ak pouvwa k'ap travay nan nou an, li kapab fè pi plis pase tou sa nou ka mande, pi plis pase tou sa nou ka mete nan lide nou.

Wi, tout lwanj lan pou Bondye nan legliz la ak nan Jezikri, pou tout tan ak pou tout tan. Amèn. Se sa menm!

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 147:1

Lwanj pou Senyè a! Sa bon nèt pou nou chante pou Senyè a. Sa bon nèt pou nou fè lwanj Senyè a. Wi, li merite l vre!

Chapit   |  Vèsyon
Revelasyon 14:13

Apre sa mwen tande yon vwa nan syèl la ki di mwen: — Men, ekri sa: Benediksyon pou tout moun ki depi kounyeya mouri nan sèvis Senyè a. Lespri Bondye a reponn, li di: Wi, benediksyon pou yo. Yo pral poze kò yo apre yo fin travay di. Travay yo fè a pral mache ak yo.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 116:2

Li te panche zòrèy li bò kote m chak fwa mwen rele l.

Chapit   |  Vèsyon
Women 5:3-5

Nou pa manke kontan menm lè n'ap soufri.

Poukisa? Paske nou konnen lè n'ap soufri sa fè nou gen pasyans. Lè nou gen pasyans konsa, sa ban nou kouray pou nou soufri. Plis nou gen kouray, se plis nou gen espwa.

Espwa sa a p'ap janm twonpe nou, paske Bondye te fè nou wè jan l renmen nou lè li ban nou Sentespri li.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 61:1-2

(2) Bondye, tande jan m'ap rele nan pye ou! Koute lè m'ap lapriyè ou!

(3) Kè m kase, mwen lwen lakay mwen. M'ap rele ou. Tanpri, mennen m al chache pwoteksyon sou wòch kote mwen pa ka rive a.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 62:5-6

(6) Wi, se sou Bondye ase pou m konte. Se nan li mwen mete tout espwa mwen.

(7) Se li menm sèlman k'ap pwoteje m, k'ap delivre m. Se li ki tout defans mwen, li p'ap janm kite anyen rive m.

Chapit   |  Vèsyon
Jan 8:12

Jezi pale ankò ak foul moun yo, li di: — Se mwen menm ki limyè k'ap klere tout moun ki sou latè. Moun ki swiv mwen va gen limyè ki bay lavi a. Yo p'ap janm mache nan fènwa.

Chapit   |  Vèsyon
1 Korent 15:58

Konsa, frè m yo, kenbe fèm, pa brannen. Se pou n toujou pi cho nan travay Senyè a, paske nou konnen travay n'ap fè pandan n'ap viv ansanm ak Senyè a p'ap janm pèdi.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 18:2

(3) Se ou menm ki twou wòch kote m kache a. Se ou menm ki sèvi m ranpa. Se ou menm ki delivre m. Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k'ap sove m. Se anba zèl ou mwen jwenn kote pou m kache.

Chapit   |  Vèsyon
Ezayi 55:8-9

Lide pa m pa menm ak lide pa nou. Chemen pa nou pa menm ak chemen pa m. Se Senyè a menm ki di sa.

Menm jan syèl la byen lwen anwo latè, se konsa lide pa m byen lwen anwo lide pa nou, chemen pa m byen lwen chemen pa nou.

Chapit   |  Vèsyon
1 Pyè 4:19

Se poutèt sa, moun k'ap soufri paske se sa Bondye vle pou yo a, se pou yo pa sispann fè sa ki byen, se pou yo renmèt nanm yo nan men Bondye ki kreye yo, epi ki p'ap lage yo.

Chapit   |  Vèsyon
2 Timote 1:7

Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 139:1-2

(1b) Senyè, ou sonde m, ou konnen ki moun mwen ye.

la ankò, w'ap toujou la pou mennen m, w'ap la pou pwoteje m.

Si mwen di: — Bon! M pral kache nan fènwa a. M pral rete kote tout limyè mouri.

Fènwa pa fè nwa pou ou. Lannwit klere kou lajounen pou ou. Kit li fènwa, kit li lajounen, se menm bagay pou ou.

Wi, se ou ki fòme tout pati nan kò m, se ou ki ranje yo byen ranje nan vant manman m.

M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen.

Ou te konnen tout zo nan kò m, depi lè m t'ap fòme kote moun pat ka wè a, depi lè ou t'ap travay mwen ak ladrès nan fon tè a.

Depi anvan m te fèt, tout lavi m te devan je ou. Tou sa mwen ta pral fè te deja ekri nan liv ou, anvan menm mwen te fè yo.

Bondye, sa ki nan tèt ou twò difisil pou m konprann, lèfini yo anpil!

Si m ta vle konte yo, yo ta pi plis pase grenn sab ki bò lanmè. Si m ta janm rive fin konte yo, mwen p'ap pi konnen ou pase sa.

Bondye, si ou ta vle touye mechan yo! Si ou ta vle fè ansasen yo manyè kite m an repo!

Ou konnen lè m chita, ou konnen lè m kanpe. Ou rete byen lwen, ou konnen tou sa k'ap pase nan tèt mwen.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 28:20

Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.

Chapit   |  Vèsyon
1 Jan 5:14-15

Se poutèt sa kè nou pa sote devan Bondye. Nou konnen l'ap koute nou si nou mande l kichòy ki dakò ak volonte li.

Konsa, non sèlman nou konnen l'ap koute nou lè nou fè l yon demann, men nou konnen tou l'ap ban nou sa nou mande l la.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 31:5

(6) Mwen renmèt lespri mwen nan men ou. W'a delivre m, Senyè, paske ou se yon Bondye ki kenbe pawòl li.

Chapit   |  Vèsyon
Women 11:36

Se li menm, Bondye, ki fè tout bagay. Se gremesi li tout bagay la. Se pou li tout bagay ye. Lwanj pou Bondye tout tan tout tan! Amèn.

Chapit   |  Vèsyon
Ezayi 58:11

Se tout tan Senyè a va moutre nou chemen pou nou pran, l'a rafrechi nanm nou nan tan chechrès. L'a ban nou fòs ak kouray. N'a tankou yon jaden ki byen wouze, tankou yon sous dlo ki pa janm chèch.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 18:30

(31) Bondye oo! Tou sa ou fè bon nèt ale. Ou toujou kenbe pawòl ou. Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl ou.

Chapit   |  Vèsyon
Jeremi 17:7-8

Benediksyon pou moun ki mete konfyans yo nan Senyè a, wi, pou moun ki mete tout espwa yo nan li.

L'ap tankou pyebwa yo plante bò larivyè. L'ap plonje rasin ni fon nan dlo. Li pa pè anyen lè sezon chalè rive paske fèy li ap toujou rete vèt. Te mèt gen yon lane sechrès, sa p'ap fè li anyen, l'ap toujou donnen.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 145:18-19

Senyè a kanpe toupre moun k'ap rele l, toupre tout moun k'ap rele l ak tout kè yo.

L'ap bay tout moun ki gen krentif pou li sa yo ta renmen. Li tande lè y'ap rele l, l'ap delivre yo.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 63:1-4

(2) Bondye, se ou ki Bondye mwen. Jan manvi wè ou! Jan m'ap tann ou sa a! Se tout kò m k'ap mande pou ou, tankou tè sèk nan solèy k'ap tann lapli.

(11) Yo gen pou yo mouri nan lagè, chen mawon gen pou manje kadav yo.

(12) Men, Bondye ap fè kè wa a kontan. Tout moun ki mete non l devan va gen kè kontan tou. Men, y'ap fèmen bouch moun k'ap bay manti yo.

(3) Fè m antre kote ki apa pou ou nan kay ou a pou m wè ou, pou m wè jan ou gen pouvwa, jan ou merite pou yo fè lwanj ou.

(4) Renmen ou gen pou nou an pi bon pase lavi. Se poutèt sa m'ap fè lwanj ou.

(5) Konsa ma pase tout lavi m ap di ou mèsi. Se ou menm sèlman m'a lapriyè.

Chapit   |  Vèsyon
2 Korent 1:3

Ann fè lwanj Bondye ki papa Jezikri, Senyè nou an, Papa ki gen kè sansib la, Bondye ki toujou la pou ban nou ankourajman an.

Chapit   |  Vèsyon
Women 8:16-17

Lespri Bondye a bay lespri pa nou an lasirans se pitit Bondye nou ye.

Si se pitit Bondye nou ye, nou gen pòsyon pa nou nan eritaj Bondye te pwomèt moun pa l yo, n'a resevwa pa nou ansanm ak Kris la nan tou sa Bondye te sere pou li. Paske, si nou soufri ansanm ak li, n'a resevwa lwanj nan men Bondye ansanm ak li tou.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 18:10

Senyè a, se yon gwo ranpa byen solid. Se la moun k'ap mache dwat yo kouri al chache pwoteksyon.

Chapit   |  Vèsyon
1 Pyè 3:15

Sèl bagay, se pou nou toujou rekonèt se Kris la ki sèl Mèt nan lavi nou. Se pou nou toujou pare pou n'reponn chak fwa moun mande nou esplikasyon sou espwa nou gen nan nou an.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 23:6

Wi, mwen konnen w'ap toujou renmen m, w'ap toujou bon pou mwen pandan tout lavi m. Se lakay ou m'ap rete tout tan tout tan.

Chapit   |  Vèsyon
Ezayi 26:19

Se pou mò ou yo reviv! Se pou kadav yo resisite! Reveye nou non epi fè kè nou kontan, nou menm ki tounen pousyè deja! Menm jan lawouze rafrechi latè, se konsa Senyè a pral fè mò li yo reviv ankò.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 68:20

(21) Bondye sa a se Bondye delivrans nou! Senyè a, Bondye nou an, ap wete nou nan bouch twou a.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 28:6

Enben, li pa isit la. Li leve vivan jan l te di a. Vini wè kote l te kouche a.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 119:76

Jan ou te pwomèt mwen sa, mwen menm sèvitè ou la, konsole m, paske ou renmen m.

Chapit   |  Vèsyon
Jan 11:35

Dlo kouri nan je Jezi.

Chapit   |  Vèsyon
Women 8:24-25

Paske, Bondye delivre nou, men nou menm n'ap tann toujou. Si nou wè sa n'ap tann lan, nou pa nan tann ankò. Ki moun k'ap rete tann sa li wè deja?

Men, si n'ap tann sa nou pa wè, n'ap tann li avèk pasyans.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 84:11

(12) Paske, se Senyè a ki tout defans mwen, se li menm k'ap pwoteje nou. L'ap ban nou favè li, l'ap fè yo respekte nou. Lè yon moun ap mennen yon vi ki san repwòch, Bondye p'ap janm refize l okenn bon bagay.

Chapit   |  Vèsyon
Revelasyon 3:5

— Tout moun ki goumen jouk yo genyen batay la pral mete rad blan an sou yo. Mwen p'ap wete non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. M'ap rekonèt yo pou moun pa m devan Papa mwen ak devan zanj li yo.

Chapit   |  Vèsyon
Women 15:33

Se pou Bondye ki bay kè poze a avèk nou tout. Amèn.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 48:14

(15) se Bondye sa a ki Bondye nou pou tout tan tout tan. Se li menm k'ap kondi nou jouk sa kaba.

Chapit   |  Vèsyon
Filipyen 4:7

Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l, bagay lèzòm pa ka konprann. La kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon
Jan 11:23-25

Jezi di li: — Frè ou la va leve vivan ankò.

Mat reponn li: — Wi, mwen konn sa. Li gen pou l leve vivan ankò nan dènye jou a, lè tout moun mouri yo va leve.

Jezi di li: — Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri.

Chapit   |  Vèsyon
1 Tesalonisyen 5:23-24

Mwen mande Bondye ki bay kè poze a pou l fè nou favè pou nou viv pou li nèt ale. Konsa, lè Jezikri, Senyè nou an, va vini, li p'ap jwenn nou ak okenn defo, ni nan kò nou, ni nan lespri nou ni nan nanm nou.

Bondye ki rele nou an va fè sa pou nou, paske li toujou kenbe pawòl li.

Chapit   |  Vèsyon
Revelasyon 1:17-18

Lè mwen wè l, mwen tonbe nan pye l tankou yon moun ki mouri. Li mete men dwat li sou mwen, li di m konsa: — Ou pa bezwen pè! Se mwen ki premye, se mwen ki dènye.

Mwen se moun ki vivan an. Mwen te mouri, men kounyeya, mwen vivan pou tout tan. Mwen gen pouvwa sou lanmò ak sou peyi kote mò yo ye a.

Chapit   |  Vèsyon