Biblia Todo Logo
Vèsè Biblik
- Piblisite -


148 Vèsè Biblik pou Konbat Tantasyon

148 Vèsè Biblik pou Konbat Tantasyon


1 Korent 10:13

Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p'ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, l'a ban nou fòs pou nou ka sipòte l, pou nou ka sòti anba li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 4:7

Se poutèt sa, desann nou devan Bondye. Men, pran pozisyon kont Satan, la kouri kite nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 26:41

Pa kite dòmi pran nou, tande. Lapriyè pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men kò nou fèb.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 5:8-9

Kenbe tèt nou anplas, rete sou prigad nou. Paske dyab la, lènmi nou an, ap veye nou tankou yon lyon ki move, k'ap chache moun pou l devore. Kanpe fèm nan konfyans nou, kenbe tèt avè l, paske nou konnen lòt frè nou yo ki nan lemonn ap soufri menm soufrans ak nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 2:18

Kounyeya, li ka pote sekou bay tout moun ki anba tantasyon, paske li menm tou li te pase anba tantasyon, li menm tou li te soufri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:11

Mwen sere pawòl ou nan kè mwen pou mwen pa peche kont ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 13:14

Se pou nou pran Jezikri pou zam nou. Pa kite egzijans lachè pran pye sou nou pou fè nou fè tou sa li anvi fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 5:16

Se poutèt sa, men sa m'ap di nou: Kite Lespri Bondye dirije lavi nou. Pa obeyi egzijans kò a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 6:11

Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 6:13

Pa kite nou nan pozisyon pou n tonbe nan tantasyon, men, delivre nou anba Satan. [Paske, se pou ou tout otorite, tout pouvwa ak tout lwanj, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn.]

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 2:15-17

Pa renmen lemonn, ni anyen ki soti nan lemonn. Si yon moun renmen vye prensip k'ap mennen lemonn yo, li pa ka renmen prensip Papa a. Bagay ki sòti nan lemonn se egzijans lachè, se gwo tantasyon, se lògèy k'ap vire tèt moun lè yo gen anpil byen sou latè. Tou sa pa sòti nan Papa a. Se nan lemonn sa sòti. Se pase lemonn ap pase, ansanm ak tou sa moun jwenn ladan l yo ta vle genyen. Men, moun ki fè sa Bondye vle, y'ap viv pou tout tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 1:12-15

Benediksyon pou moun ki sipòte eprèv li ak pasyans. Lè l'a fin pase anba eprèv yo, l'a resevwa pou rekonpans lavi Bondye te pwomèt tout moun ki renmen li yo. Lè eprèv tonbe sou yon moun, lè li anba tantasyon, moun sa a pa dwe di se Bondye k'ap tante li. Paske Bondye pa janm tante fè sa ki mal. Konsa tou, Bondye pa ka tante pesonn pou fè li fè sa ki mal. Men, lè yon moun anba tantasyon, se pwòp move dezi moun lan k'ap rale l, k'ap pouse li. Konsa, move dezi a travay nan kè li, li fè l fè peche. Lè peche a fin fèt, li bay lanmò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 2:22

Pa kite lanvi ki nan jenn moun yo pran pye sou ou. Rete lwen yo. Men mete ou ansanm ak moun ki nan kondisyon pou sèvi Bondye, moun k'ap rele Bondye, k'ap chache fè sa ki dwat devan li epi k'ap chache gen konfyans, renmen ak kè poze.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 6:12-14

Pa kite peche donminen sou kò nou ki gen pou mouri a, pou l fè nou fè tou sa kò a anvi fè. Pa lage okenn pati nan kò nou nan peche, pou peche a pa sèvi avè l pou fè sa ki mal. Okontrè, tankou moun ki delivre anba lanmò epi k'ap viv, ann lage kò nou nan men Bondye. Wi, mete tout pati nan kò nou nan men Bondye pou l ka sèvi ak yo pou fè sa ki byen. Peche pa dwe donminen sou nou, paske nou pa anba pouvwa lalwa Moyiz la ankò, se anba favè Bondye a nou ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:8

Pou fini, frè m yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou wont.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 101:3

M'ap mennen yon lavi san repwòch anndan lakay mwen. Mwen p'ap mete okenn move lide nan tèt mwen. Mwen rayi sa moun ki vire do bay Bondye yo ap fè. Bagay konsa pa ka pran tèt mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:29-30

Si se grenn je dwat ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, rache l voye jete byen lwen ou. Pito ou pèdi yon sèl manm nan kò ou, pase pou yo voye tout kò ou nèt jete nan lanfè. Benediksyon pou moun ki konnen se pòv yo ye devan Bondye, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye. Si se men dwat ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l voye jete byen lwen ou. Pito ou pèdi yon sèl nan manm ou yo, pase pou tout kò a nèt al nan lanfè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 4:14-15

Pa fè menm chemen ak mechan yo. Pa swiv egzanp moun ki deprave yo. Pa fè sa, pa pran chemen sa yo menm. Refize fè tankou yo, fè chemen pa ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 4:15-16

Granprèt nou an, se pa yon moun ki pa kapab soufri ak nou nan feblès nou. Okontrè, nou gen yon granprèt ki te pase anba tout kalite tantasyon menm jan ak nou. Men, li pat janm fè okenn peche. Se poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fòtèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 4:4

Men, nou menm, pitit mwen yo, nou se moun Bondye, nou kraze fo pwofèt yo, paske lespri ki nan nou an gen plis pouvwa pase lespri ki nan moun ki pou lemonn yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 6:27-28

Ou pa ka sere dife anndan rad ou pou dife a pa pran sou ou. Ou pa ka mache sou chabon dife pou pye ou pa boule.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:37

Men, sou tout bagay sa yo, nou genyen batay la nèt ale, gremesi moun ki renmen nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 1:6-7

Se poutèt sa, annou sote ponpe ak kè kontan, menm si eprèv gen pou fè nou soufri pou yon ti tan. Paske, konfyans nou se tankou lò li ye. Yo blije pase lò a, ki yon bagay perisab, nan dife pou wè si l bon. Konsa tou, konfyans nou ki gen plis valè pase lò a gen pou pase anba eprèv tou, pou nou ka resevwa lwanj, onè ak respè lè Jezikri va parèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 141:4

Pa kite move lide pran tèt mwen. Pa kite m mete tèt ansanm ak mechan yo nan mechanste yo. Pa kite m patisipe nan fèt yo!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 7:25-27

Pa kite kè nou bat pou fanm konsa. Pa kite li fè nou pèdi chemen nou. Li lakòz anpil gason tonbe mouri. Li lakòz anpil vanyan gason pèdi lavi yo. Depi ou mete pye lakay li, ou sou chemen lanmò. W'ap desann yon pant k'ap mennen ou tou dwat nan simityè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 5:11

Nou pa gen anyen pou nou wè ak moun k'ap viv nan fènwa, moun k'ap fè bagay ki p'ap rapòte anyen. Okontrè, denonse yo pou sa yo ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:5-6

Se poutèt sa, se pou nou disparèt nan nou tou sa ki pa bon nan lemonn: imoralite, malpwòpte, vye pasyon, move lanvi, aloufa nan tout bagay (ki se menm ak sèvi zidòl). Se tout bagay sa yo ki fè kòlè Bondye tonbe sou moun ki derefize obeyi li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 10:3-5

M'ap viv kounyeya nan yon kò tankou tout moun, se vre. Men, mwen p'ap goumen menm jan ak tout moun. Zam m'ap sèvi nan batay m'ap mennen an, se pa menm ak zam moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo. Zam mwen se zanm ki gen pouvwa devan Bondye pou kraze tout gwo fò. M'ap kraze tout pawòl esplikasyon ki pa bon, lògèy ki anpeche lèzòm konn Bondye, m'ap kraze sa nèt. M'ap derasinen tout vye lide nan tèt lèzòm pou fè yo vin obeyi Kris.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:133

Soutni m avèk pawòl ou pou m pa bite. Pa kite mechanste gen pye sou mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 3:5-6

Mete tout konfyans ou nan Senyè a. Pa gade sou sa ou konnen. Toujou chonje Senyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, la moutre ou chemen pou ou pran.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 5:22

Egzante tou sa ki mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 23:3-4

Li fè m reprann fòs. Li fè m mache nan chemen dwat, pou sa sèvi yon lwanj pou non li. Menm lè m'ape pase anba lonbray lanmò, Mwen p'ape pè anyen, Paske, Senyè, ou la avèk mwen. Se baton ou ak pwoteksyon ou ki fè kè m' pa kase.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 6:13-17

Se poutèt sa, depi kounyeya, pran tout zam Bondye bay yo. Konsa, lè move jou a va rive, n'a ka kenbe tèt ak lènmi an. Lè batay la va fini nèt, n'a kanpe la byen fèm nan pozisyon nou toujou. Pare kò nou: mare verite a tankou yon sentiwon nan ren nou. Pwoteje nou ak jistis Bondye a tankou plak pwotèj sòlda yo mete sou lestonmak yo pou pwoteje yo. Pou soulye nan pye nou, mete aktivite pou anonse bòn nouvèl k'ap fè moun viv ak kè poze a. Toujou pran konfyans nou gen nan Bondye a tankou yon defans ki va penmèt nou pare tout flèch Satan an ap voye tou limen sou nou. Resevwa pouvwa Bondye k'ap delivre nou an tankou yon kas an fè nan tèt nou. Asepte pawòl Bondye a tankou yon nepe Sentespri a ban nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 12:1-2

Konsa, nou la nan mitan foul moun sa yo ki te moutre jan yo te gen konfyans nan Bondye. Ann voye tout bagay k'ap antrave kous nou jete byen lwen, ansanm ak peche a ki fasil pou vlope nou. Ann kouri avèk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an. Papa nou sou latè a te konn pini nou pou yon ti tan, dapre sa yo te kwè ki te bon. Men, Bondye pini nou pou byen pa nou menm, pou nou ka rive viv menm jan l'ap viv la. Lè y'ap rale zòrèy nou, sa fè nou pi tris pase sa fè nou kontan. Men pita, moun ki soti byen pare, apre tout egzèsis sa yo, yo pral mennen yon lavi dwat ak kè poze. Se poutèt sa, souke kò nou. Pa kite fatig antre sou nou. Mache kote ki plat pou pye k'ap bwete a pa foule pi plis, okontrè pou l ka geri. Chache viv ak kè poze ak tout moun. Mennen yon lavi apa pou Bondye. Si se pa sa, pa gen moun k'ap wè Senyè a. Pa kite pèsonn vire do bay favè Bondye a. Pa kite pèsonn tounen tankou yon plant anmè k'ap pouse rasin k'ap anpwazonnen lòt yo. Pa kite pèsonn tonbe nan move vis, ni pèdi respè yo dwe genyen pou bagay ki fèt pou respekte, tankou Ezayi ki te vann dwa li kòm premye pitit pou yon plat manje. Nou konnen ki jan pita, lè li te vle resevwa benediksyon papa li, yo te mete l sou kote. Malgre tout kriye li te kriye bay papa a, pat gen mwayen chanje sa ki te fin fèt la. Nou pat pwoche bò kote yon bagay nou ka manyen tankou pèp Izrayèl la ki te pwoche bò kote Mòn Sinayi a. Sou mòn sa a te gen yon gwo dife ansanm ak yon fènwa ki pat piti, te gen yon bann bagay tou pou fè moun pè. Yon gwo van tanpèt t'ap soufle sou mòn lan. Yo te tande son klewon k'ap kònen, ansanm ak vwa yon moun k'ap pale. Lè pitit Izrayèl yo tande vwa sa a, yo mande l sispann pale. Ann kenbe je nou kole sou Jezi. Se nan li konfyans nou sòti, se li menm tou k'ap kenbe nou nan konfyans sa a jouk sa kaba. Li kite yo fè l soufri sou kwa a. Li pa pran wont sa a pou anyen, paske li te toujou chonje apre l te fin soufri a, Bondye t'ap fè kè l kontan. Kifè kounyeya li chita sou bò dwat fòtèy Bondye a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 4:4

Jezi reponn li: — Men sa ki ekri: Moun pa kapab viv ak manje ase. Yo bezwen tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 8:36

Si Pitit Bondye a ban nou libète, n'a lib tout bon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 1:7

Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:13

Nenpòt sitirasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m, gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouray.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:37

Pa kite m kouri dèyè bagay ki pa vo anyen. Fè m swiv chemen ou mete devan m lan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 1:13

Lè eprèv tonbe sou yon moun, lè li anba tantasyon, moun sa a pa dwe di se Bondye k'ap tante li. Paske Bondye pa janm tante fè sa ki mal. Konsa tou, Bondye pa ka tante pesonn pou fè li fè sa ki mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 6:9

Pa janm bouke fè byen. Paske, si nou pa dekouraje, n'a rekòlte lè lè a va rive.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 121:7-8

Senyè a ap pwoteje ou pou anyen pa rive ou, li p'ap kite anyen rive ou. L'ap pwoteje ou kit w'ap antre, kit w'ap sòti, depi kounyeya ak pou tout tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 6:18-20

Kouri pou dezòd lachè. Yon moun te mèt fè tout lòt kalite peche, sa pa fè kò l anyen. Men, moun ki lage kò l nan dezòd lachè, li fè peche kont pwòp kò li. Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k'ap viv nan lavi nou! Sentespri Bondye ban nou an! Nou pa mèt tèt nou ankò. Kouman? Se konnen nou pa konnen moun ki fè pati pèp Bondye a gen pou jije moun ki nan lemonn yo? Si nou gen pou nou jije moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo, ki jan nou fè pa kapab jije bagay ki pi piti pase sa? Bondye achte nou kach, li peye chè pou sa. Se poutèt sa, sèvi ak kò nou yon jan pou fè lwanj Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 5:4-5

Paske, depi se pitit Bondye ou ye, ou kapab genyen batay la sou lemonn. Men ki jan nou fè genyen batay la sou lemonn, se paske nou gen konfyans nan Bondye. Ki moun ki ka genyen batay la sou lemonn? Se sèlman moun ki kwè Jezi se pitit Bondye a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:21

Pa kite sa ki mal gen pye sou ou. Okontrè, fè sa ki byen pou n kraze sa ki mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 16:3

Mande Senyè a pou l beni tout travay w'ap fè, w'ap reyisi nan tou sa w'ap fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 4:7

Tout bagay prèt pou fini. Se pou nou kenbe tèt nou anplas, veye kò nou pou n ka lapriyè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 11:4

Padonnen peche nou yo, paske nou menm tou nou padonnen tout moun ki fè nou mal. Pa kite nou nan pozisyon pou n tonbe nan tantasyon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 5:3-5

Nou pa manke kontan menm lè n'ap soufri. Poukisa? Paske nou konnen lè n'ap soufri sa fè nou gen pasyans. Lè nou gen pasyans konsa, sa ban nou kouray pou nou soufri. Plis nou gen kouray, se plis nou gen espwa. Espwa sa a p'ap janm twonpe nou, paske Bondye te fè nou wè jan l renmen nou lè li ban nou Sentespri li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:18

Louvri je m pou m ka wè bèl bagay ki nan lalwa ou la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 14:16

Moun ki gen bon konprann pran prekosyon yo, yo egzante malè. Moun sòt yo awogan, yo toujou konprann zafè yo bon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 4:27

Pa bay Satan pye sou nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 1:13

Se poutèt sa, kenbe tèt nou byen anplas. Mete tout espwa nou nan benediksyon nou pral resevwa lè Jezikri va parèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 1:5

Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremesi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 40:29-31

Lè yon moun pèdi souf, li ba li fòs. Lè yon moun febli, li ba l kouray ankò! Yo vvwa rele byen fò, li di: — Pare chemen Senyè a nan dezè a. Louvri yon wout nan savann nan pou Bondye nou an. Jenn gason konn pèdi souf, yo konn bouke. Lè konsa, yo bite, yo tonbe. Men, Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:2

Ala bon sa bon pou moun ki kenbe prensip li yo, pou moun k'ap chache obeyi l ak tout kè yo!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 7:7-8

— Mande, y'a ban nou. Chache, n'a jwenn. Frape, y'a louvri pou nou. Paske, nenpòt moun ki mande va resevwa. Moun ki chache va jwenn. Y'a louvri pou moun ki frape.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 4:3-5

Men sa Bondye vle pou nou: Se pou nou viv apa pou Bondye, pou nou pa lage kò nou nan imoralite. Se pou chak gason chwazi madanm li epi viv avèk li san vye pasyon, yon jan ki dakò ak volonte Bondye. Pa kite move lanvi pouse nou tankou moun lòt nasyon yo ki pa konnen Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 3:7

Pa mete nan tèt ou ou gen plis konprann pase sa. Gen krentif pou Senyè a, refize fè sa ki mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 6:11

Men ou menm ki moun Bondye, evite tout bagay sa yo. Chache mennen yon lavi ki dwat pou ou ka sèvi Bondye nan tou sa w'ap fè, avèk konfyans, avèk renmen, avèk pasyans ak dousè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 7:15-25

Lè m fè yon bagay, mwen pa konprann sa m fè a. Paske, sa m ta vle fè a, se pa sa m fè. Epi sa m pa vle fè a, se li mwen fè. Si sa m pat vle fè a se li mwen fè, sa vle di mwen dakò lalwa a bon. Nan kondisyon sa a, se pa mwen ki fè sa ki fèt la, men se peche ki nan mwen an ki fè li. Sa se bagay mwen konnen: Nanpwen anyen ki bon nan mwen, nan tout kò mwen. Mwen di sa, paske menm lè mwen vle fè sa ki byen, mwen pa santi m kapab fè li. Mwen pa fè byen mwen vle fè a, men mwen fè mal mwen pa vle fè a. M'ap pran yon egzanp: yon madanm marye gen angajman avèk mari l devan lalwa toutotan mari a vivan. Men, si mari a mouri, madanm lan lib devan lalwa annegad mari a. Epi, si m fè mal mwen pa vle fè a, se pa mwen ki fè l, men se peche ki nan mwen an ki fè li. Pou mwen menm, mwen jwenn lwa sa a nan mwen: lè m vle fè sa ki byen, se sa ki mal ase mwen santi m ka fè. Nan fon kè m, mwen jwenn tout plezi m nan lalwa Bondye a. Men, nan tout kò m, mwen santi yon lòt lwa k'ap goumen ak lalwa mwen renmen an. Lwa sa a kenbe m prizonye anba otorite peche a ki nan tout kò mwen. Ala malere mwen malere, mezanmi! Kilès ki va delivre m anba kò sa a k'ap trennen m nan lanmò? Gremesi Jezikri, Senyè nou an, mwen ka di: Mèsi Bondye! Konsa, men ki jan mwen ye: dapre konesans pa mwen, mwen se esklav lalwa Bondye a. Men, dapre sa m santi nan tout kò mwen, mwen se esklav lalwa peche a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:165

Moun ki renmen lalwa ou la ap viv ak kè poze. Pa gen anyen ki pou fè yo bite.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 2:11

Zanmi mwen yo, men sa m'ap mande nou. M'ap pale ak nou koulyeya paske nou se etranje, nou depasaj sou latè: Se pou nou kenbe tèt ak egzijans lachè a k'ap goumen kont nanm nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 5:24

Moun ki moun Jezikri, yo fè kò a mouri ansanm ak tout egzijans li yo, ak tout lanvi li yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 4:10

Jezi reponn li: — Demaske ou devan m' lan, Satan! Paske men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou la, pou adore. Se li menm sèl pou sèvi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 18:2-3

(3) Se ou menm ki twou wòch kote m kache a. Se ou menm ki sèvi m ranpa. Se ou menm ki delivre m. Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k'ap sove m. Se anba zèl ou mwen jwenn kote pou m kache. (21) Senyè a ban m rekonpans mwen, paske li wè m mache dwat devan li. Li ban m benediksyon, paske li wè mwen inonsan. (22) Mwen te obeyi lalwa Senyè a, mwen pa vire do bay Bondye m lan pou m fè sa ki mal. (23) Mwen fè tou sa ki nan lalwa li, mwen pa janm dezobeyi kòmandman li yo. (24) Li konnen mwen pa antò. Mwen kenbe kò m pou m pa fè sa ki mal. (25) Se konsa li ban m rekonpans mwen, paske mwen mache dwat devan li, paske li wè mwen inonsan. (26) Ou menm, Senyè, ou kenbe pawòl ou ak moun ki kenbe pawòl yo. Ou bon ak moun ki bon. (27) Ou pa fè ipokrit ak moun ki pa fè ipokrit avè ou, men ou malen ak moun ki malen. (28) Ou delivre moun ki soumèt devan ou, men ou desann moun ki konprann yo pa kanmarad pèsonn. (29) Senyè, ou se limyè mwen, ou se Bondye mwen. Se ou ki wete m nan fènwa kote m te ye a. (30) Avè ou, mwen fonse sou bann lènmi m yo ki ame jouk nan dan. Avèk ou, mwen eskalade miray ki sèvi yo defans. (4) Mwen rele Senyè a: Li delivre m anba lènmi m yo. Lwanj pou Senyè a!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 10:23

Ann kenbe espwa nou genyen an byen fèm. Paske, nou mèt sèten, Bondye ap kenbe pwomès li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:2

Pa kite bagay ki sou latè pran tèt nou, mete lide nou sou bagay ki anwo nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 13:20

Fè zanmi ak moun ki gen konesans, ou menm tou w'a vin gen konesans. Fè zanmi ak moun ki san konprann, ou nan pwoblèm.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 1:2-3

Frè m yo, se pou nou santi nou kontan anpil lè nou wè nou tonbe anba nenpòt kalite eprèv. Paske, kòlè lèzòm pa ka fè volonte Bondye. Se poutèt sa, derasinen tout vye abitid ki pa dakò ak volonte Bondye ansanm ak tout kras mechanste ki nan lavi nou, voye yo jete. Soumèt nou devan Bondye, asepte pawòl li te plante nan kè nou an, paske se pawòl sa a ki ka sove nanm nou. Se pou nou fè tou sa pawòl la mande nou fè. Pa rete ap koute ase. Lè sa a, se pwòp tèt nou n'ap twonpe. Paske, lè yon moun tande pawòl la ase, san li pa fè sa pawòl la mande l fè, li tankou yon moun ki gade figi l nan yon glas. Men, kou l vire do l ale, lamenm li bliye kisa li sanble. Men, moun ki fikse je l sou lalwa ki bon nèt la, lalwa ki bay libète a, si l sòti pou l fè sa lalwa a mande, si li pa yon moun ki kite pawòl la antre nan yon zòrèy sòti nan yon lòt, men ki fè sa lalwa a mande, moun sa a va jwenn benediksyon nan sa l'ap fè a. Si yon moun kwè l'ap sèvi Bondye, pou anmenmtan li pa bride lang li, se tèt li l'ap twonpe. Sèvi Bondye jan sa a pa vo anyen. Men jan pou nou sèvi Bondye Papa a si nou vle sèvi li yon jan ki dakò ak volonte Bondye, yon jan ki bon tout bon devan li: Pote sekou bay òfelen san papa yo. Bay vèv yo lasistans lè yo nan lafliksyon. Pa mele nan move bagay k'ap fèt sou latè pou nou pa pèdi kondisyon nou. Paske, nou konnen byen lè nou tonbe anba eprèv akoz konfyans nou gen nan Bondye, sa fè nou gen pasyans.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 4:32

Okontrè, se pou nou aji byen yonn ak lòt, se pou nou gen bon kè yonn pou lòt, pou nou yonn padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 2:13

Paske, se Bondye menm k'ap travay ni nan volonte nou ni nan fòs nou pou fè nou fè jan lide li di li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 1:10

Pitit mwen, lè moun k'ap fè sa ki mal vle detounen ou, pa kite yo pran tèt ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 5:17

Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo kounyeya.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 25:20-21

Pwoteje m non! Delivre m non! Piga ou fè m wont, paske se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon, se anba zèl ou mwen vin kache. Fè m viv yon jan ki san repwòch. Fè m mache dwat pou ou ka pwoteje m, paske tout espwa mwen se nan ou li ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 15:33

Piga nou twonpe tèt nou: move zanmi gate bon levasyon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 13:12

Nwit lan vanse fini, jou prèt pou kase. Ann sispann fè bagay yo fè nan fènwa. Ann pran zam nou pou nou ka goumen devan tout moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 2:4

Lè yon sòlda desèvis, li pa pral chaje tèt li ak pwoblèm lavi si li vle fè chèf li plezi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 16:33

Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n soufri anpil sou latè. Men, pran kouray, lemonn deja pèdi devan mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 1:9

Si nou rekonèt peche nou devan Bondye, nou mèt gen konfyans nan li. L'ap fè sa ki dwe fèt la: l'a padonnen tout peche nou, l'a netwaye nou anba sa ki mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 25:15

Se sou Senyè a m'ap gade tout tan, l'ap delivre m lè m nan move pa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 13:5-6

Pa kite renmen lajan pran nanm nou. Se pou nou kontan ak sa nou genyen. Paske Bondye te di: Mwen p'ap janm vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou. Konsa, nou kapab di avèk konfyans: Se Bondye k'ap vin ede mwen. Mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè mwen?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:2

Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l'a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:9

Kisa jenn gason dwe fè pou li mennen bak li dwat? Se pou li toujou mache jan ou vle li mache a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 4:1-2

Se sa ki fè, mwen menm ki nan prizon poutèt Senyè a, m'ap mande nou pou nou viv yon jan ki konfòm ak jan Bondye te rele nou pou n viv la. Moun ki te desann lan, se li menm tou ki te moute anwo nan syèl la, pou l te kapab plen tou sa ki egziste ak prezans li. Se li menm ki fè lèzòm kado divès pouvwa. Li bay kèk ladan yo pouvwa pou sèvi apòt, li bay lòt ladan yo pouvwa pou sèvi pwofèt, li bay lòt ankò pouvwa pou anonse bòn nouvèl la, li bay dòt ankò pouvwa pou sèvi tankou pastè ak dirèktè. Konsa, li byen oganize pèp Bondye a pou yo chak fè travay sèvis yo, pou kò Kris la ka grandi nan konfyans. Li fè sa konsa pou nou tout ansanm nou ka rive fè yon sèl kò nan konfyans nou genyen an ak nan konesans Pitit Bondye a. Konsa, nou tout ansanm nou ka vin granmoun ki byen devlope, dapre dènye mezi devlòpman Kris la ki bon nèt. Lè sa a, nou p'ap viv tankou timoun ankò, tankou moun k'ap chanje lide fasil, ki kite kouran nenpòt doktrin trennen yo ale, ki tankou jwèt nan men bann rize sa yo ki konn ki jan pou yo pran tèt moun nan bay manti. Okontrè, ann pale verite a avèk renmen nan kè nou, konsa n'a ka grandi nan tout sans nan Kris la ki chèf kò a. Gremesi Kris la, tout pati nan kò a byen òganize, yo tout byen mare yonn ak lòt nan jwenti yo. Konsa, lè chak pati fè sa yo gen pou yo fè a, tout kò a ap grandi, l'ap devlope nan renmen. Se sa ki fè, men sa m'ap di nou, men sa m'ap deklare nou nan non Senyè a: Sispann viv tankou moun ki pa konn Bondye epi k'ap swiv lide pa yo ki pa vo anyen. Lespri yo bouche, yo p'ap viv lavi Bondye bay la, paske yo pa konn anyen, kè yo fin di. Yo san wont konsa, yo lage kò yo nan tout kalite vis, yo pran plezi yo nan fè tout kalite vye bagay sal san rete. Pa janm vante tèt nou. Aji avèk dousè ak pasyans ak tout moun. Se pou nou yonn sipòte lòt avèk renmen nan kè nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Tesalonisyen 3:3

Men, Bondye ap toujou kenbe pawòl li. L'ap ban nou fòs, l'a pwoteje nou anba Satan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 6:1

Frè m' yo, si nou bare yon moun ap fè sa ki pa sa, nou menm ki nan limyè Bondye, se pou nou mete li nan bon chemen. Men, fè sa ak dousè. Epi veye kò nou pou nou pa tonbe nan tantsyon tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 6:18-19

Konsa, vin gen de bagay la a ki pa ka chanje, de bagay Bondye pa ka bay manti sou yo. Nou menm menm ki jwenn yon pwoteksyon nan men l, sa ankouraje nou anpil pou nou kenbe byen fèm espwa Bondye ofri nou an. Espwa sa a, se tankou yon lank batiman li ye pou nou. L'ap kenbe nanm nou fè m, byen solid. Lank sa nou genyen an, li chouke jouk lòt bò rido tanp ki nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 1:15-16

Okontrè, nan tou sa n'ap fè, se pou nou bon nèt, tankou Bondye ki rele nou an bon nèt tou. Paske, men sa ki ekri nan Liv la: Se pou nou bon nèt, paske mwen menm, mwen bon nèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 6:14

Pa mete tèt nou ansanm ak moun ki pa gen konfyans nan Kris la: Se pa sosyete konsa ki bon pou nou. Ki jan nou ta vle wè sa pou bagay ki bon, bagay ki dwat, mele ak bagay ki mal? Ki jan pou limyè ta ka mache ak fènwa?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 103:3-4

Li padonnen tout peche m yo, li geri tout maladi m yo. Li wete m nan bouch twou a. Li beni m, li fè m wè jan li renmen m, jan li gen pitye pou mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 26:3-4

Ou menm, Bondye, w'ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w'ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou! Mete konfyans nou nan Bondye pou tout tan paske Senyè a ap toujou la pou pwoteje nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 3:3

Tout moun ki gen espwa sa a nan kè yo ap kenbe kò yo pou yo pa fè sa ki mal, tankou Jezikri te kenbe kò l pou l pat fè sa ki mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 3:13-14

Se vre wi, frè m'yo. Mwen pa kwè mwen deja rive kote m' dwe rive a. Men mwen gen yon sèl bagay m'dwe fè: se bliye tout distans m'fin fè deja yo pou fikse lide mwen sou distans ki rete mwen an. Konsa, m'ap kouri dwat devan m sou mak kote m prale a, pou m ka jwenn rekonpans Bondye rele m vin resevwa nan syèl la, gremesi Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 4:23

Pase tout lòt bagay, veye byen lide k'ap travay nan tèt ou, paske se yo k'ap di ou ki jan pou ou viv.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 14:13

Ann sispann yonn ap jije lòt. Pito nou pran desizyon pou n pa fè anyen ki kapab fè frè nou bite osinon tonbe nan peche.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 5:10

Men, apre n'a fin soufri yon ti tan, Bondye li menm va rann nou bon nèt, l'a kenbe nou fèm, l'a ban nou fòs, l'ap fè nou kanpe san brannen. Paske Bondye bay tout kalite favè. Se li menm ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n te patisipe nan pouvwa li ki p'ap janm fini.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 1:13-14

Li rache nou anba pouvwa fènwa a, li fè nou antre nan peyi kote Pitit li renmen anpil la wa. Se gremesi Pitit sa a nou delivre, nou resevwa padon pou peche nou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 40:1-3

(2) Mwen te mete tout espwa m nan Senyè a. Li te panche zòrèy li bò kote m, li te tande m lè m t'ap rele. (11) Mwen pat manke pa di jan ou fè nou gras, jan ou bay moun sekou. Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, mwen pat manke pa di jan ou renmen nou, jan ou toujou kenbe pawòl ou. (12) Senyè, ou pa janm sispann gen pitye pou mwen. W'ap toujou pwoteje m, paske ou renmen m. Ou p'ap janm lage m. (13) Kote m vire, malè tonbe sou mwen. Mwen pa ka konte yo. Peche m yo twòp pou mwen. Mwen pa k'ap sipòte yo. Yo pi plis pase cheve nan tèt mwen. Mwen pèdi tout kouray mwen. (14) Senyè, tanpri, delivre m non! Prese vin pote m sekou, Senyè. (15) Moun k'ap chache touye m yo, se pou yo tout wont, se pou yo pa ka leve tèt yo. Moun ki anvi wè malè rive mwen, se pou yo renka kò yo, se pou yo wont. (16) Moun k'ap lonje dwèt sou mwen yo, se pou sezisman pran yo tèlman yo wont. (17) Men, tout moun ki vin jwenn ou, se pou yo kontan, se pou yo fè fèt. Tout moun ki renmen jan ou delivre yo a, se tout tan pou yo di: — Senyè a gen gwo pouvwa! (18) Pou mwen menm, se yon pòv malere san sekou mwen ye. Men ou menm ki mèt mwen, pa bliye m. Se ou ki tout sekou mwen, se ou ki tout delivrans mwen. Bondye mwen, pa mize! (3) Li rale m sòti nan twou kote m t'ap peri a, nan gwo m'a labou a. Li mete m sou gwo wòch la, li fè m kanpe dwat ankò. (4) Li mete yon chante tou nèf nan bouch mwen, yon chante pou m fè lwanj Bondye nou an. Anpil moun, lè yo wè sa, yo pral pè, y'a mete konfyans yo nan Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 2:8-9

Se paske li renmen nou kifè li delivre nou, nou menm ki mete konfyans nou nan li. Sa pa sòti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban nou. Non, nou pa fè anyen pou sa. Konsa, pèsonn pa ka vante tèt yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 1:10

Se li menm ki delivre m anba tout gwo danje lanmò sa yo. Se li menm k'ap toujou la pou delivre m. Wi, mwen gen espwa l'ap toujou delivre mwen,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 10:14

Se poutèt sa, zanmi m yo, pa mele nan sèvis zidòl yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 3:13

Konsa, nou menm moun Tesalonik, Kris la va fòtifye kè nou pou nou ka san repwòch devan Bondye, Papa nou, tankou moun k'ap viv apa pou li jouk lè Jezikri, Senyè nou an, va vini ansanm ak tout moun pa l yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 46:1

(2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 9:27

Mwen aji di ak kò m, mwen kenbe l kout, pou mwen menm yo pa voye m jete apre mwen fin moutre lòt yo sa pou yo fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 15:5

Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki fè yonn avè m, moun mwen fè yonn ak li, l'ap donnen anpil, paske nou pa kapab fè anyen san mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:8

Benediksyon pou moun ki pa gen move lide nan tèt yo, paske y'a wè Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 34:17-19

(18) Lè moun ki mache dwat yo rele l, li tande yo. Li wete yo anba tray. (19) Senyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa. (20) Lè yon moun ap mache dwat, li gen pou l soufri anpil. Men, Senyè a ap delivre l anba tout soufrans li yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:6

Lè ou kite egzijans kò a pran tèt ou, se mouri w'ap mouri. Men, lè ou kite egzijans Lespri a pran tèt ou, se viv w'ap viv ak kè poze.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 4:12-13

Frè m yo, nou pa bezwen sezi devan gwo eprèv sa yo k'ap tonbe sou nou tankou yon gwo dife. Nou pa bezwen konprann sa se yon bagay estraòdinè k'ap rive nou la a. Okontrè, fè kè n kontan. Paske, menm jan nou patisipe nan soufrans Kris yo, konsa tou n'a kontan nèt ale lè gwo pouvwa Kris la va parèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 10:9

Yon nonm serye pa janm bezwen pe anyen. Men, yo gen pou yo bare moun k'ap fè vis.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 19:14

(15) Senyè, se ou ki twou wòch kote m kache a, se ou ki delivrans mwen, mwen mande ou pou pawòl ki sòti nan bouch mwen, ak lide k'ap travay nan tèt mwen fè ou plezi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:16-17

Se pou pawòl Kris la ak tout richès li yo rete fèm nan lavi nou. Se pou nou yonn aprann nan men lòt, se pou yonn konseye lòt ak anpil konprann. Se pou nou chante sòm, kantik ak tout lòt chante legliz pou di Bondye mèsi ak tout kè nou. Tou sa n'ap fè, tou sa n'ap di, fè l nan non Senyè Jezi a, san nou pa janm bliye di Bondye mèsi nan li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:4

Se pou nou toujou kontan nan lavi n'ap mennen ansanm nan Senyè a. M'ap repete l ankò: Fè kè nou kontan anpil.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 6:18

Nou delivre anba peche. Kounyeya se esklav sa ki byen nou ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Tesalonisyen 2:16-17

M'ap lapriyè Jezikri, Senyè nou an, ansanm ak Bondye, Papa nou ki renmen nou, ki fè nou favè, ki ban nou yon kouray ki p'ap janm febli ansanm ak yon bèl espwa. M'ap mande yo pou yo fòtifye kè nou, pou yo ban nou fòs kouray pou nou fè tou sa ki byen, pou nou di tou sa ki byen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 6:24

— Pèsonn pa ka sèvi byen ak de mèt anmenmtan. Li gen pou l rayi yonn si l renmen lòt la. L'ap sèvi byen ak yonn, men l'ap meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak lajan anmenmtan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 16:13

Pa bliye kò nou. Kenbe fèm nan konfyans nou. Mete kouray sou nou. Pa moutre nou fèb.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 91:1-2

Moun ki rete anba pwoteksyon Bondye ki nan syèl la, Moun ki kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a okenn malè p'ap rive ou, okenn mechan p'ap ka pwoche bò kote kay ou. Bondye ap pase zanj li yo lòd pou yo veye sou ou, pou yo pwoteje ou kote ou pase. Y'ap pote ou nan men yo, pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch. W'ap mache sou lyon ak sou sèpan, w'ap kraze jenn ti lyon yo ak eskòpyon yo anba pye ou. Bondye di: M'ap sove moun ki renmen mwen, m'ap pwoteje moun ki konnen mwen. Lè l rele m, m'ap reponn li. Lè l nan tray, m'ap la avèk li. M'ap delivre l, m'ap fè yo respekte l. M'ap fè l viv lontan, m'a fè l wè jan m'ap delivre l. yo ka di Senyè a: — Se ou ki tout defans mwen. Se ou ki tout pwoteksyon mwen. Ou se Bondye mwen. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 1:5

Paske nou menm nou gen konfyans nan li, Bondye ap pwoteje nou ak pouvwa li jouk l'a delivre nou jan sa pral parèt aklè nan dènye tan an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 28:13

Moun k'ap kache peche p'ap janm wè zafè yo mache. Men, Bondye va gen pitye pou moun ki rekonèt peche yo, pou moun ki chanje lavi yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 3:16-17

Tou sa ki ekri [ nan liv la ] se Bondye ki enspire yo. Yo itil pou moutre verite, pou konbat erè, pou korije, pou moutre jan pou viv dwat. Konsa, yon moun k'ap sèvi Bondye, li tou pare, li gen tou sa li bezwen pou l fè tou sa ki byen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 1:8-9

Bondye va kenbe nou fèm jouk sa kaba. Konsa, yo p'ap jwenn anyen pou repwoche nou lè jou Jezikri, Senyè nou an, va rive. Bondye ki rele nou pou nou viv nan bon jan antant ak pitit li Jezikri, Senyè nou an, l'ap toujou kenbe pawòl li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 5:15-16

Se sa ki fè, konnen ki jan pou n mennen tèt nou! Pa mennen tèt nou tankou moun ki sòt, men tankou moun ki gen konprann. Pa kite okenn okazyon pase pou fè sa ki byen. Paske, jou sa yo n'ap viv la a pa bon menm.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:67

Anvan ou te pini m lan, mwen te konn fè sa ki mal. Men kounyeya, m'ap fè tou sa ou di m fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:23-24

Nenpòt travay yo ban nou fè, fè l ak tout kè nou tankou si se pa pou lèzòm nou t'ap travay, men pou Senyè a. Chonje byen: Senyè a gen pou ban nou rekonpans nou: l'ap ban nou eritaj li sere pou moun pa l yo. Paske, mèt n'ap sèvi tout bon an se Kris la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 4:12

Pawòl Bondye a se pawòl ki gen nanm, li gen pouvwa. Li file pase kouto famasi. Li ka koupe jouk li jwenn kote nanm ak lespri kontre fè yonn, jouk kote vyann ak mwèl rankontre. Li jije tout santiman ak tout lide ki nan kè moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 4:7

Jezi reponn li: — Men sa ki ekri tou: Ou pa dwe seye sonde Mèt la, Bondye ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:13

Men si, okontrè, ak pouvwa Lespri Bondye a, nou touye egzijans lachè, n'ap gen lavi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 5:18

Nou konnen depi yon moun pitit Bondye, li p'ap kontinye ap viv nan peche toujou. Paske, Pitit Bondye a ap veye sou li, Satan pa ka fè l anyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 56:3-4

(4) Bondye ki anwo nan syèl la, lè mwen pè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. (5) Mwen gen konfyans nan Bondye. M'ap fè lwanj pawòl li. Mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè m?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 1:6

Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l kontinye l jouk li va fini l nèt, lè jou Jezikri a va rive.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 11:3

Moun k'ap mache dwat konnen sa pou yo fè, paske se moun serye yo ye. Men moun k'ap mache bay koutba, yo gen pou yo fini mal, paske se bakonyè yo ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 4:8

Pwoche bò kote Bondye, Bondye va pwoche bò kote nou tou. Nou menm k'ap fè peche, lave men nou. Netwaye kè nou, nou menm k'ap woule de bò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 34:14

(15) Sispann fè sa ki mal. Fè sa ki byen! Chache jan pou nou viv byen ak moun. Fè tout sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Pyè 2:9

Konsa, Bondye konnen ki jan pou l delivre moun k'ap sèvi l yo nan mitan eprèv. Men, li kite mechan yo pou l ka pini yo jou jijman an,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 19:13

(14) Mwen menm k'ap sèvi ou la, pwoteje m tou anba peche mwen fè ak tout konesans mwen. Pa kite yo pran pye sou mwen. Se lè sa a m'a san repwòch. Se lè sa a m'a delivre anba gwo peche a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 3:18

Nou tout, nou pa kouvri figi nou. Nou tankou yon glas k'ap fè moun wè pouvwa Bondye a: konsa chak jou n'ap transfòme, pouvwa li ap grandi nan nou, jouk tan n'a rive sanble nèt ak Senyè a. Sa se travay Senyè a. Lespri Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 5:1-2

Se sa ki fè, paske nou se pitit Bondye renmen anpil, se pou nou chache fè tankou Bondye fè. Chache konnen sa k'ap fè Senyè a plezi. Nou pa gen anyen pou nou wè ak moun k'ap viv nan fènwa, moun k'ap fè bagay ki p'ap rapòte anyen. Okontrè, denonse yo pou sa yo ye. Bagay moun sa yo ap fè an kachèt, se yon wont menm pou pale sou sa. Men, lè ou mete tout bagay sa yo aklè nan limyè, lèzòm va wè sa yo ye tout bon. Paske, tout bagay ki parèt aklè tounen limyè. Se poutèt sa yo di: Leve non, ou menm k'ap dòmi an, leve sòti nan mitan mò yo. Kris la va klere ou. Se sa ki fè, konnen ki jan pou n mennen tèt nou! Pa mennen tèt nou tankou moun ki sòt, men tankou moun ki gen konprann. Pa kite okenn okazyon pase pou fè sa ki byen. Paske, jou sa yo n'ap viv la a pa bon menm. Se poutèt sa, pran tèt nou byen, chache konnen sa Senyè a vle nou fè. Pa soule tèt ou ak bweson. Sa ka mennen ou nan lavi pèvèti. Okontrè se pou nou ranpli ak Sentespri. Lè nou ansanm yonn ak lòt, sèvi ak pawòl sòm yo, kantik yo epi ak pawòl chante Lespri enspire nou. Chante kantik ak Sòm pou Senyè a, lè n'ap fè lwanj li ak tout kè nou. Se pou nou viv ak renmen nan kè nou, menm jan Kris la te fè l la, li menm ki te renmen nou, ki te bay lavi l pou nou tankou yon ti mouton yo ofri pou touye pou Bondye, ofrann k'ap fè Bondye plezi ak bon sant li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 7:13-14

— Antre nan ti pòt ki jis la. Paske pòt laj la, se chemen ki pi fasil la. L'ap mennen ou tou dwat nan pèdisyon. Anpil anpil moun pran wout sa a. Men, pòt ki jis la, chemen ki difisil la ap mennen nou tou dwat nan lavi. Pa gen anpil moun ki jwenn li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:19

Bondye ki rich anpil la va ban nou tou sa nou bezwen nan Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 16:6

Si ou pa janm vire do bay Bondye, si ou toujou kenbe pawòl ou, Bondye va padonnen peche ou yo. Lè yon moun gen krentif pou Bondye, l'ap evite fè sa ki mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 2:1-2

Pitit mwen yo, m'ap ekri nou lèt sa a pou nou pa fè peche. Men, si yon moun rive fè peche, nou gen yon avoka k'ap plede pou nou bò kote Papa a: Se Jezikri, moun ki te mache dwat devan Bondye a. Se moun ki renmen frè yo ki nan limyè a. Konsa, pa gen anyen nan yo ki ka fè yon lòt tonbe nan peche. Men, moun ki rayi frè yo, yo nan fènwa toujou. Y'ap mache nan fènwa, yo pa konnen kote yo prale, paske fènwa a rann yo avèg. Timoun mwen yo, m'ap ekri nou paske Bondye padonnen peche nou yo poutèt Jezikri. M'ap ekri nou, nou menm granmoun, paske nou konnen moun ki la depi nan konmansman an. M'ap ekri nou, nou menm jennmoun, paske nou kraze dyab la. M'ap ekri nou, nou menm timoun, paske nou konn Papa a. M'ap ekri nou, nou menm granmoun, paske nou konnen moun ki la depi nan konmansman an. M'ap ekri nou, nou menm jennmoun, paske nou gen anpil fòs: nou kenbe pawòl Bondye a nan kè nou, nou kraze dyab la. Pa renmen lemonn, ni anyen ki soti nan lemonn. Si yon moun renmen vye prensip k'ap mennen lemonn yo, li pa ka renmen prensip Papa a. Bagay ki sòti nan lemonn se egzijans lachè, se gwo tantasyon, se lògèy k'ap vire tèt moun lè yo gen anpil byen sou latè. Tou sa pa sòti nan Papa a. Se nan lemonn sa sòti. Se pase lemonn ap pase, ansanm ak tou sa moun jwenn ladan l yo ta vle genyen. Men, moun ki fè sa Bondye vle, y'ap viv pou tout tan. Pitit mwen yo, dènye jou a pa lwen rive. Nou tande yo te di nou moun k'ap goumen ak Kris la gen pou vini. Men kounyeya, se yon bann moun ki kanpe pou konbat Kris la. Se sa ki fè nou konnen dènye jou a pa lwen rive ankò. Moun sa yo pat avèk nou tout bon, se poutèt sa yo kite nou. Si yo te avèk nou tout bon, yo ta toujou rete la avèk nou. Men, yo kite nou pou tout moun ka wè aklè yo yonn pat avèk nou tout bon. Paske, Jezikri te fè sakrifis tèt li bay Bondye pou peche nou, non sèlman pou peche pa nou, men tou pou peche lemonn antye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 25:4-5

Senyè, fè m konnen jan ou vle m viv la! Moutre m nan ki chemen ou vle pou m mache a! Moutre m sa pou m fè pou m viv yon jan ki konfòm ak verite ou la, paske se ou menm ki delivrans mwen. Se sou ou mwen konte tout jounen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 15:13

Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l fè kè nou kontan nèt, pou l fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite