Sòm 121 - 1998 HaïtienneSÒM 121 (120) Senyè a se tout pwoteksyon mwen (1a) Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. 1 (1b) Mwen leve je m, mwen gade mòn yo, mwen di: — Ki bò m'a jwenn sekou? 2 Sekou mwen sòti nan men Senyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a. 3 Li p'ap kite pye ou chape, moun k'ap veye sou ou a p'ap janm dòmi. 4 Moun k'ap veye sou pèp Izrayèl la p'ap kabicha, li p'ap dòmi. 5 Se Senyè a k'ap veye sou ou, l'ap kanpe bò dwat ou tankou lonbray ou. Se li ki tout pwoteksyon ou. 6 Lajounen, solèy la p'ap fè ou anyen, lannwit, lalin lan p'ap fè ou anyen. 7 Senyè a ap pwoteje ou pou anyen pa rive ou, li p'ap kite anyen rive ou. 8 L'ap pwoteje ou kit w'ap antre, kit w'ap sòti, depi kounyeya ak pou tout tan. |
Haitian Creole DC Bible © Societé Biblique Haïtienne, 1998.
Haitian Bible Society