Lè w gade kouraj nan Bib la, ou wè anpil istwa k ap enspire w, k ap montre w vrè sans kouraj. Bib la pale de gason ak fi ki te gen kouraj, ki te mete konfyans yo nan Bondye, ki te fè fas ak defi, ki te lite kont advèsite, epi ki te kanpe ak detèminasyon devan eprèv yo.
Istwa David ak Golyat se yon bèl egzanp kouraj nan Bib la. David, yon jèn bèje, te gen kouraj pou l fè fas ak yon gran jeyan ki te byen ame, malgre jan sa te parèt enposib epi malgre moun t ap pase l nan rizib. David te mete konfyans li nan Bondye epi li te oze afwonte lènmi an. Kwayans li nan Bondye ak kouraj li te pote viktwa, epi tout moun te sezi.
Gen kouraj, se mete konfyans ou nan Bondye epi aji selon volonte l, menm lè obstak yo parèt enposib pou simonte. Se pa sèlman montre ou gen fòs fizik oubyen ou djè, men se gen lafwa ak konviksyon ke Bondye avè w nan chak pa w ap fè.
Lespri Sen an ban nou kouraj la, li montre nou nou pa poukont nou e Bondye ban nou fòs pou n fè fas ak nenpòt sitiyasyon, menm si li parèt difisil.
Lè n ap reflechi sou kouraj, nou dwe sonje nou gen pou n brav nan konviksyon nou nan Bondye ak nan aksyon nou yo. Pafwa, n ap rankontre difikilte ak defi k ap teste kouraj nou. Men, nou ka jwenn konsolasyon nan pawòl ki nan Jozye 1:9 la: "Mwen ba ou lòd pou ou mete kouraj sou ou, pou ou pa pè, paske Senyè a, Bondye ou la, ap kanpe avè ou kote ou pase".
Chonje lòd mwen te ba ou! Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje! Ou pa bezwen tranble, ou pa bezwen pè, paske Senyè a, Bondye ou la, ap toujou kanpe la avèk ou kote ou pase.
Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.
Se pou nou vanyan. Se pou nou mete gason sou nou! Nou pa bezwen pè. Pa tranble lè yo parèt devan nou. Senyè a, Bondye nou an, kanpe la avèk nou. Li p'ap janm lage nou, li p'ap janm kite nou pou kont nou.
Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou.
(1b) Senyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m pè? Se Senyè a k'ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m tranble?
Apre sa, wa David di Salomon, pitit li a: — Mete gason sou ou! Pran kouray, pitit mwen! Fè sa ou gen pou fè a! Pa kite anyen fè ou pè, paske Senyè a, Bondye mwen an, kanpe la avè ou, jouk tout travay pou sèvis Tanp lan fini.
Menm lè m'ape pase anba lonbray lanmò, Mwen p'ape pè anyen, Paske, Senyè, ou la avèk mwen. Se baton ou ak pwoteksyon ou ki fè kè m' pa kase.
— M'ap ban nou kè poze. M'ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p'ap fè li pou nou jan sa fèt dapre prensip ki nan lemonn. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè.
Se mwen menm, Senyè a, ki Bondye nou! M'ap pran men nou, m'ap di nou: Nou pa bezwen pè. M'ap ede nou!
Men lè yo wè l'ap mache sou lanmè a, yo te kwè se te yon zonbi. Yo pran rele. Se konsa li pat kapab fè okenn mirak la, esèpte pou de ou twa moun malad. Li te mete men sou tèt yo, li geri yo. Yo tout yo te wè li, yo tout te pè. Menm lè a, Jezi pale avèk yo, li di yo konsa: — Pran tèt nou non. Se mwen menm. Nou pa bezwen pè.
Wi. Sèl bagay mwen mande ou, se mete gason sou ou, pa janm dekouraje. Veye kò ou pou ou mache dapre tout lòd Moyiz, sèvitè m lan, te ba ou yo. Pa janm neglije anyen nan sa li te di ou, pou zafè ou ka mache byen kote ou pase.
Lè n'ap pase sou lanmè, m'ap kanpe la avèk nou. Lè n'ap janbe gwo dlo, dlo a p'ap bwote nou ale. Lè n'ap mache nan mitan dife, dife p'ap boule nou. Flanm dife a p'ap fè nou anyen. Bèt nan bwa pral fè lwanj mwen. Chen mawon ak grangozye pral fè fèt pou mwen. Paske m'ap mete dlo nan dezè a. M'ap fè gwo dlo koule nan savann lan pou pèp mwen chwazi pou rele l' pa m' lan ka jwenn dlo pou yo bwè. Pèp mwen te fè pou mwen an va chante, l'a fè lwanj mwen. Senyè a di: — Men se pa mwen menm nou te sèvi, nou menm fanmi Jakòb yo! Nou menm pèp Izrayèl la, nou te bouke avè m. Nou pat ofri mouton nou yo pou yo te boule pou mwen. Se pat pou fè lwanj mwen nou te touye bèt nou yo. Mwen pat fòse nou fè ofrann grenn jaden nou yo pou mwen. Mwen pat fatige nou pou lansan nou pa boule pou mwen. Nou pat depanse lajan nou achte lansan pou mwen. Ni nou pat ofri m grès bèt nou touye yo pou sa te fè m plezi. Men, se nou menm ki kraze m ak peche nou yo. Se nou menm ki fatige m ak mechanste n'ap fè yo. Se mwen menm ankò k'ap efase tou sa nou fè ki mal. Se paske se mwen kifè m'ap fè l. Mwen p'ap kenbe nou nan kè poutèt peche nou yo. Ede m chonje sa ki te pase. Ann konparèt ansanm nan tribinal la. Ou pral pale pou defann tèt ou, pou fè wè se ou ki gen rezon. Premye zansèt nou an te fè sa li pat dwe fè. Mesaje nou yo te vire do ban mwen. Se poutèt sa mwen avili moun ki reskonsab kay yo mete apa pou mwen an. Se poutèt sa mwen lage fanmi Jakòb la pou yo detwi yo nèt. Mwen kite yo pase moun pèp Izrayèl yo nan betiz. Paske mwen menm, mwen se Senyè a, Bondye nou an. Se Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Se mwen menm k'ap delivre nou! Pou m te ka delivre nou mwen te bay peyi Lejip, peyi Letyopi ansanm ak peyi Seba a nan plas nou.
Senyè a va pran devan ou, l'a kanpe la avè ou. Li p'ap janm lage ou, li p'ap kite ou pou kont ou: Ou pa bezwen pè. Ou pa bezwen tranble.
Nou pa bezwen pè moun sa yo menm. Senyè a, Bondye nou an, kanpe la avèk nou. Se yon Bondye ki gen anpil pouvwa, yon Bondye ki fè tout moun respekte l.
Senyè a ap pwoteje m, l'ap pran defans mwen. Mwen mete tout konfyans mwen nan li. Li ede m, kè m kontan. M'ap chante pou m fè lwanj li.
Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.
Nenpòt sitirasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m, gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouray.
Konsa, nou kapab di avèk konfyans: Se Bondye k'ap vin ede mwen. Mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè mwen?
(30) Avè ou, mwen fonse sou bann lènmi m yo ki ame jouk nan dan. Avèk ou, mwen eskalade miray ki sèvi yo defans.
(4) Bondye ki anwo nan syèl la, lè mwen pè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. (5) Mwen gen konfyans nan Bondye. M'ap fè lwanj pawòl li. Mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè m?
Koute, pèp Izrayèl, pèp mwen! Mwen pral pale avè ou! Mwen pral mete tout bagay aklè avè ou! Se mwen menm ki Bondye, se mwen menm ki Bondye ou.
Men, Bondye ap toujou kenbe pawòl li. L'ap ban nou fòs, l'a pwoteje nou anba Satan.
Men, Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.
Mete tout konfyans ou nan Senyè a. Pa gade sou sa ou konnen. Toujou chonje Senyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, la moutre ou chemen pou ou pran.
(2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray. (11) Li di: — Rete la! Sispann goumen! Konnen se mwen menm ki Bondye. Se mwen k'ap donminen sou tout nasyon yo. Se mwen k'ap donminen sou tout latè. (12) Senyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n kache! (3) Se poutèt sa, nou te mèt wè tè a ap tranble, nou te mèt wè mòn yo ap chavire tonbe nan mitan lanmè, nou pa bezwen pè anyen.
Men nou menm, mete gason sou nou! Pa dekouraje, paske n'ap jwenn rekonpans travay nou.
Kote ki gen renmen, pa gen kè kase. Okontrè, lè nou renmen tout bon, si kè nou te kase, li pa kase ankò. Konsa, yon moun ki pè toujou, li poko fin renmen nèt. Paske si ou pè, se paske ou pè chatiman.
(5) Mwen te kriye nan pye Senyè a, li te reponn mwen. Li delivre m anba tout sa ki t'ap fè m pè yo.
Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n soufri anpil sou latè. Men, pran kouray, lemonn deja pèdi devan mwen.
Men, si nou rive soufri poutèt byen nou fè, konsidere sa tankou yon benediksyon. Nou pa bezwen pè moun, nou pa bezwen toumante tèt nou pou anyen.
Se Bondye ki delivre m! Mwen gen konfyans nan li. Kè m pa kase ankò! Se Senyè a ki tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m!
Mete gason sou nou. Kouray! Nou pral goumen rèd mare pou pèp nou an ak pou lavil Bondye nou an. Bondye va fè sa li vle li menm.
Senyè a, Bondye nou an, ap mache avèk nou. L'a goumen pou nou kont lènmi nou yo pou l fè nou genyen batay la.
Konsa, tout bagay va mache byen pou ou si ou veye kò ou pou ou mennen bak ou dapre lòd ak regleman Senyè a te bay Moyiz pou pèp Izrayèl la. Mete gason sou ou, kenbe fèm! Pa kite anyen fè ou pè.
Nou pa bezwen pè moun ki kapab touye kò nou, men ki pa kapab touye nanm nou. Se Bondye pou nou pè pito, paske li menm li kapab detwi nanm nou ansanm ak tout kò nou nan lanfè.
Okontrè, al lakay nou, fè fèt! Separe vyann gra ak bon ti likè nou genyen ak moun ki pa genyen, paske jou sa a se yon jou nou fèt pou mete apa pou Senyè a. Pa kite lapenn pran nou! Kontantman Bondye ap mete nan kè nou an va ban nou fòs!
Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, men sa Senyè a ap di nou kounyeya, li menm ki te kreye nou an. Nou menm moun Izrayèl yo, men sa l'ap di nou, li menm ki te fè nou ak men l: — Nou pa bezwen pè anyen! M'ap toujou pwoteje nou. Se mwen menm ki te ban nou non nou pote a. Se pou mwen nou ye. Men pawòl Senyè a di: — Se nou menm menm ki pou sèvi m temwen. Se nou menm mwen te chwazi pou sèvi m, pou nou konnen m, pou nou kapab mete konfyans nou nan mwen, pou nou ka konprann se mwen menm sèl ki Bondye tout bon an. Anvan mwen, pat gen lòt bondye. Apre mwen, p'ap gen lòt bondye. Se mwen menm sèl ki Granmèt la, Senyè a. Pa gen lòt ki ka delivre nou pase mwen menm! Se mwen menm ki te di nou davans sa ki gen pou rive. Se mwen menm ki delivre nou. Pa gen okenn lòt bondye lòt nasyon yo ki janm fè sa pou nou. Nou menm, se temwen mwen nou ye. Se mwen ki Bondye. Se Senyè a menm ki di sa. M pa janm chanje. Pèsonn pa ka chape anba men mwen. Ki moun ki ka defèt sa mwen fè? Men sa Senyè k'ap delivre nou an di: Men sa Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa a di: — Pou m ka sove nou, m'ap voye yon lame mache sou lavil Babilòn. M'ap fè yo tout kouri met deyò. Wi, moun Kalde yo pral desann sòti sou batiman ki te tout lògèy yo a. Se mwen menm Senyè a, Bondye pa nou an, ki yon Bondye apa. Se mwen menm ki te kreye pèp Izrayèl la. Se mwen menm ki wa nou! Nan tan lontan, se li menm, Senyè a, ki te louvri yon chemen nan mitan lanmè a pou nou. Li te fè yon wout nan mitan gwo dlo ki te fin debòde yo. Li te fè moun yo sanble yon gwo lame ak anpil zam, anpil cha lagè ak tout chwal yo. Li fè yo tonbe atè, yo pa janm ka leve ankò. Yo mouri tankou yon bouji lè ou soufle sou li. Men sa Senyè a di: Pa chita ap chonje tan lontan. Pa rete ap kalkile sa ki fin pase! Men m'ap fè yon lòt bagay pou nou. Li konmanse rive deja. Nou pa wè li? Mwen pral fè yon wout nan mitan dezè a. Mwen pral fè gwo dlo koule nan savann lan. Lè n'ap pase sou lanmè, m'ap kanpe la avèk nou. Lè n'ap janbe gwo dlo, dlo a p'ap bwote nou ale. Lè n'ap mache nan mitan dife, dife p'ap boule nou. Flanm dife a p'ap fè nou anyen.
David di sòlda Filisti a konsa: — W'ap mache sou mwen avèk nepe, gwo frenn ak ti frenn. Men mwen menm, m'ap mache sou ou nan non Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye lame pèp Izrayèl la. Se li menm ou te mete an defi vin goumen avè ou. Jòdi a menm, Senyè a pral lage ou nan men m. M'ap vide ou atè, m'ap koupe tèt ou. Lèfini, m'ap kite kadav ou ansanm ak kadav sòlda Filisti yo pou zwazo nan syèl ak bèt nan bwa manje. Konsa, tout moun nan peyi a va konnen pèp Izrayèl la gen yon Bondye. Wi, tout moun ki sanble isit la a va wè Bondye pa bezwen ni nepe ni frenn pou delivre pèp li a. Batay la rele l pa l. Se li menm ki pral lage tout moun Filisti yo nan men pèp Izrayèl la.
Mwen jwenn tout kalite difikilte. Men, mwen pa janm kwense nèt. Mwen konn rive nan sitirasyon mwen pa konn ni sa pou m fè, ni sa pou m di. Men, mwen pa janm pèdi espwa. Yo pèsekite m, men Bondye pa janm lage mwen. Mwen pran gwo sò, men mwen pa rete atè a.
(3) Se ou menm ki twou wòch kote m kache a. Se ou menm ki sèvi m ranpa. Se ou menm ki delivre m. Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k'ap sove m. Se anba zèl ou mwen jwenn kote pou m kache.
Se poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fòtèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite.
Konsa, frè m yo, kenbe fèm, pa brannen. Se pou n toujou pi cho nan travay Senyè a, paske nou konnen travay n'ap fè pandan n'ap viv ansanm ak Senyè a p'ap janm pèdi.
— Mete gason sou nou! Kenbe fèm! Pa kite anyen fè nou pè, ni devan wa Lasiri a, ni devan gwo chèf lame k'ap mache avèk li a, paske nou gen plis fòs avèk nou pase li.
Nou pa manke kontan menm lè n'ap soufri. Poukisa? Paske nou konnen lè n'ap soufri sa fè nou gen pasyans. Lè nou gen pasyans konsa, sa ban nou kouray pou nou soufri. Plis nou gen kouray, se plis nou gen espwa.
Paske, depi se pitit Bondye ou ye, ou kapab genyen batay la sou lemonn. Men ki jan nou fè genyen batay la sou lemonn, se paske nou gen konfyans nan Bondye.
— Talè konsa, mwen pral kase kòd kite tè sa a tankou tout moun. Pran kouraj, pitit mwen! Mete gason sou ou! Batcheba di konsa: — Mwen ta renmen mande yon ti favè. Tanpri, pa refize m sa. Wa reponn: — Manman, mande m sa ou vle. Mwen p'ap refize ou li. Batcheba di l: — Kite Adonija, frè ou la, pran Abichag, tifi lavil Chounam lan, pou madanm li. Wa a reponn manman li, li di li: — Poukisa w'ap mande m pou m bay Adonija Abichag, tifi lavil Chounam lan? Ou ta mèt tou mande m pou m ba li plas wa a tou, se gran frè m li ye. Lèfini, li gen Abyata, prèt la, ak Joab, pitit Sewouja a, avè l. Apre sa Salomon fè sèman sa a devan Senyè a: — Se pou Bondye ban m pi gwo pinisyon ki genyen si mwen pa fè Adonija peye pou sa l mande m la a! Senyè a vivan. Se li menm ki mete m' chita sou fòtèy David, papa mwen. Li kenbe pwomès li, li mete mwen chèf. Lèfini, li di se pitit mwen ki pou vin chèf apre mwen. Mwen sèmante devan Senyè a: Se pou Adonija mouri jodi a menm. Se konsa Salomon bay Benaja, pitit gason Jeojada a, lòd pou l'al touye Adonija. Benaja ale, li touye Adonija. Apre sa, wa a pale ak Abyata, prèt la, li di l konsa. — Ale fè wout ou Anatòt, lakay ou. Ou merite lanmò tou. Men, jòdi a mwen p'ap fè yo touye ou, paske se ou ki te pote Bwat Kontra Senyè a devan David, papa m. Lèfini, ou te soufri ansanm avè l. Salomon revoke Abyata, li enpoze l sèvi tankou prèt Senyè a. Se konsa, sa Senyè a te di lavil Silo sou Eli, prèt la, ak sou pitit li yo, rive vre. Lè Joab vin konnen sa ki te rive, li kouri al kache nan Tant Randevou a. Li kenbe kòn lotèl la pou yo pa touye l. Joab te pran pozisyon pou Adonija, men li pat janm pran pozisyon pou Absalon. Y'al di Salomon men Joab kouri al kache nan Tant Randevou a, li kanpe bò lotèl la. Salomon voye Benaja, pitit Jeojada a, pou touye Joab. Se pou ou fè tou sa Senyè a, Bondye ou la, va ba ou lòd fè. W'a fè volonte Bondye, w'a mache dapre lòd, kòmandman, regleman ak prensip li bay yo jan sa ekri nan liv Lalwa Moyiz la, pou tout zafè ou mache byen kote ou pase, nan tou sa w'ap fè.
Apre sa, Senyè a bay Jozye, pitit gason Noun lan, lòd li yo. Li di l konsa: — Mete gason sou ou. Se pou ou vanyan. Paske se ou menm ki pou fè moun pèp Izrayèl yo antre nan peyi mwen te pwomèt m'ap ba yo a. M'ap kanpe la avè ou.
Men, tout zam y'a fè pou sèvi kont ou yo p'ap fè ou anyen. W'a gen repons nan bouch ou pou tout moun ki va akize ou nan tribinal. Se sa m'ap fè pou tout sèvitè m yo. Se mwen k'ap defann kòz yo. Se Senyè a menm ki di sa!
Ak lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la, gremesi konfyans nou gen nan li a, nou lib pou nou pwoche devan Bondye san kè sote.
Moun ki rete anba pwoteksyon Bondye ki nan syèl la, Moun ki kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a okenn malè p'ap rive ou, okenn mechan p'ap ka pwoche bò kote kay ou. Bondye ap pase zanj li yo lòd pou yo veye sou ou, pou yo pwoteje ou kote ou pase. Y'ap pote ou nan men yo, pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch. W'ap mache sou lyon ak sou sèpan, w'ap kraze jenn ti lyon yo ak eskòpyon yo anba pye ou. Bondye di: M'ap sove moun ki renmen mwen, m'ap pwoteje moun ki konnen mwen. Lè l rele m, m'ap reponn li. Lè l nan tray, m'ap la avèk li. M'ap delivre l, m'ap fè yo respekte l. M'ap fè l viv lontan, m'a fè l wè jan m'ap delivre l. yo ka di Senyè a: — Se ou ki tout defans mwen. Se ou ki tout pwoteksyon mwen. Ou se Bondye mwen. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.
Pa kite renmen lajan pran nanm nou. Se pou nou kontan ak sa nou genyen. Paske Bondye te di: Mwen p'ap janm vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou. Konsa, nou kapab di avèk konfyans: Se Bondye k'ap vin ede mwen. Mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè mwen?
Nou menm ki konnen sa ki dwat, koute sa m'ap di nou. Nou menm k'ap mache selon kòmandman mwen yo, nou pa bezwen pè lè moun ap trennen nou nan labou. Nou pa bezwen tranble lè moun ap joure nou.
(1b) Lwanj pou Bondye! Se li ki pwoteksyon mwen, se li ki moutre m jan pou m goumen, se li ki pare m pou m al nan batay.
Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p'ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, l'a ban nou fòs pou nou ka sipòte l, pou nou ka sòti anba li.
Ou menm, Bondye, w'ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w'ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou! Mete konfyans nou nan Bondye pou tout tan paske Senyè a ap toujou la pou pwoteje nou.
Ou pa bezwen pè pèsonn. Paske m'ap kanpe la avè ou pou m pwoteje ou. Se mwen menm Senyè a ki di ou sa.
(1b) Mwen leve je m, mwen gade mòn yo, mwen di: — Ki bò m'a jwenn sekou? Sekou mwen sòti nan men Senyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.
Senyè a, se tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m. Se Bondye mwen li ye, m'ap fè lwanj li. Se Bondye zansèt mwen yo, m'ap di jan li gen pouvwa.
Se poutèt sa, annou sote ponpe ak kè kontan, menm si eprèv gen pou fè nou soufri pou yon ti tan. Paske, konfyans nou se tankou lò li ye. Yo blije pase lò a, ki yon bagay perisab, nan dife pou wè si l bon. Konsa tou, konfyans nou ki gen plis valè pase lò a gen pou pase anba eprèv tou, pou nou ka resevwa lwanj, onè ak respè lè Jezikri va parèt.
Lè sa a, zanj ki t'ap pale avè m lan reponn mwen, li di m: — Men mesay Senyè a voye pou Zowobabèl: Se pa avèk vanyan sòlda ou yo, ni avèk pwòp kouray ou ou pral rive nan sa ou gen pou fè a. Men se va avèk pouvwa lespri pa m m'ap ba ou a. Se Senyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.
Menm si yon lame moun ta sènen mwen toupatou, mwen p'ap pè anyen. Menm si yo ta vle fè mwen lagè, m'ap toujou gen konfyans nan Bondye.
Se poutèt sa, depi kounyeya, pran tout zam Bondye bay yo. Konsa, lè move jou a va rive, n'a ka kenbe tèt ak lènmi an. Lè batay la va fini nèt, n'a kanpe la byen fèm nan pozisyon nou toujou.
Pa kite okenn lènmi kraponnen nou. Se pou tout bagay sa yo sèvi tankou yon prèv pou fè lènmi yo wè se pèdi y'ap pèdi tèt yo. Men, pou nou menm, yo fè wè se delivre n'ap delivre. Sa se travay Bondye.
Ou p'ap bezwen pè: malè p'ap rete konsa pou l tonbe sou tèt ou. Ni tou, sa ki rive mechan yo p'ap rive ou. Paske se Senyè a ki tout espwa ou. Li p'ap kite ou pran nan pèlen.
Bondye o! Tou sa ou fè bon nèt ale. Ou pa gen de pawòl. Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl ou. Ki moun ki Bondye si se pa Senyè a? Ki moun ki defans nou si se pa Bondye nou an? Se Bondye ki pwoteje m avè fòs li. Li fè m mennen yon lavi san repwòch.
Nou menm ki pa vle wè lavil Jerizalèm, nou pa bezwen kontan wè malè rive nou, nou menm moun lavil Jerizalèm. Nou tonbe, n'a leve ankò! Nou te mèt chita nan fènwa kounyeya, Senyè a va yon limyè pou nou.
Frè m yo, nou pa bezwen sezi devan gwo eprèv sa yo k'ap tonbe sou nou tankou yon gwo dife. Nou pa bezwen konprann sa se yon bagay estraòdinè k'ap rive nou la a. Okontrè, fè kè n kontan. Paske, menm jan nou patisipe nan soufrans Kris yo, konsa tou n'a kontan nèt ale lè gwo pouvwa Kris la va parèt.
Se ou ki defans mwen, se ou ki tout pwoteksyon mwen. Mwen mete tout espwa m nan pawòl ou.
Nou p'ap bezwen nan goumen menm. N'ap annik pran pozisyon nou. Apre sa, tann. N'ap wè Senyè a ap ban nou gany. Wi, nou menm moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm, nou pa bezwen pè, nou pa bezwen gen kè kase. Denmen, mache pran yo, paske Senyè a ap kanpe la avèk nou.
Se bò kote ou mwen vin kache. Jou malè w'ap delivre m. M'ap chante fè konnen jan ou pwoteje m. Senyè a di: M'a louvri lespri ou sou anpil bagay. M'a moutre ou chemen pou ou swiv la. M'a ba ou bon konsèy. M'ap voye je sou ou.
(12) Wi, poukisa mwen kagou konsa? Poukisa m'ap plenn konsa nan kè mwen? M'ap mete espwa m nan Bondye, paske mwen gen pou m fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m, se li ki Bondye mwen.
Senyè a, Bondye a, ap pote m sekou. Se poutèt sa, jouman yo pa ka fè m anyen. Mwen sere dan m, mwen mare kè m pou m soufri. Mwen sèten, Bondye p'ap fè m wont.
(18) Lè moun ki mache dwat yo rele l, li tande yo. Li wete yo anba tray. (19) Senyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa.
Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l fè kè nou kontan nèt, pou l fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.
(8) Gen moun ki mete konfyans yo nan machin pou fè lagè. Gen lòt moun, se nan chwal yo yo mete konfyans yo. Men nou menm, se nan pouvwa Senyè a, Bondye nou an, nou mete konfyans nou.
Pale ak moun ki dekouraje yo. Di yo konsa: Pran kouray! Pa pè! Men Bondye nou an ap vini! Li pral tire revanj sou lènmi nou yo, li pral fè yo peye sa yo fè. Se li menm menm ki pral fè sa pou l ka delivre nou.
Men, Senyè a gen bon kè tou: Jou malè, se li ki pwoteje pèp li. Li pran swen tout moun ki vin kache anba zèl li.
(2) Gen pitye pou mwen, Bondye! — Gen pitye pou mwen! Paske, se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon. Se anba zèl ou m'ap kache jouk lè danje a fin pase.
Pandan n'ap tann lan, fè kè n kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè.
(31) Bondye oo! Tou sa ou fè bon nèt ale. Ou toujou kenbe pawòl ou. Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl ou.
(23) Renmèt sò ou nan men Senyè a, l'a kenbe ou fèm. Li p'ap janm kite moun ki mache dwat devan li yo rete atè lè yo tonbe.
Lè yon moun gen krentif pou Bondye, li gen kote pou l apiye. Pitit li yo ap jwenn pwoteksyon bò kote Bondye.
Men, Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa, di pèp la: Tounen vin jwenn mwen, bay kè ou repo, se la delivrans ou ye. Kenbe tèt ou anplas, fè mwen konfyans, se la fòs ou ye. Men nou pa te vle.
(7) Se li menm sèlman k'ap pwoteje m, k'ap delivre m. Se li ki tout defans mwen, li p'ap janm kite anyen rive m.
Se pou Bondye ki bay pasyans ak ankourajman an fè nou viv byen yonn ak lòt, pou nou ka swiv egzanp nou jwenn nan Jezikri.
(8) Paske se ou ki tout sekou m, m'ap rete kache anba zèl ou, m'ap chante sitèlman mwen kontan. (9) Mwen kole kò m sou ou, se pouvwa ou k'ap soutni mwen.