Sòm 23 - 1998 HaïtienneSÒM 23 (22) Senyè a se gadò mwen (1a) Se yon sòm David. 1 (1b) Senyè a se gadò mwen, mwen p'ap janm manke anyen. 2 Kote zèb yo pi bèl, se la li fè m pran repo. Kote dlo a koule poze, se la li mennen m bwè. 3 Li fè m reprann fòs. Li fè m mache nan chemen dwat, pou sa sèvi yon lwanj pou non li. 4 Menm lè m'ape pase anba lonbray lanmò, Mwen p'ape pè anyen, Paske, Senyè, ou la avèk mwen. Se baton ou ak pwoteksyon ou ki fè kè m' pa kase. 5 Ou pare yon tab pou mwen devan je tout lènmi m yo. Ou resevwa m, ou fè kè m kontan ou ban m tou sa m bezwen. 6 Wi, mwen konnen w'ap toujou renmen m, w'ap toujou bon pou mwen pandan tout lavi m. Se lakay ou m'ap rete tout tan tout tan. |
Haitian Creole DC Bible © Societé Biblique Haïtienne, 1998.
Haitian Bible Society