Bondye kreye w, li pwoteje w, li ba w tout sa w bezwen. Li gen tout pouvwa, li gen mizèrikòd, li padone, li bon. Ou ka konnen Bondye nan pawòl li a. Li enterese nan lavi w, li renmen w epi li gen yon bèl plan pou ou.
Menm anvan bagay yo rive, Bondye konnen yo deja. Renmen Bondye pa gen limit. Jan Izayi 41:13 di: “Paske, mwen menm, Seyè a, Bondye ou la, k ap kenbe men dwat ou, k ap di ou: Pa pè. M ap ede ou.” Se konsa Bondye ye, l ap toujou la avèk nou. Nou sèlman bezwen pwoche bò kote l.
Bondye kreye tout bagay, li soutni tout bagay, epi li sove lemonn nan Jezikri, Pitit Gason l lan.
Gremesi Jezikri, sèl ofrann san n'ap ofri bay Bondye a, se lwanj n'ap ba li tout tan. Se tout tan pou non l nan bouch nou.
(4) Li mete yon chante tou nèf nan bouch mwen, yon chante pou m fè lwanj Bondye nou an. Anpil moun, lè yo wè sa, yo pral pè, y'a mete konfyans yo nan Senyè a.
Senyè a gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre. Se pou tout moun pè l pi plis pase lòt bondye yo.
(1b) Bondye mwen, wa mwen, m'a fè konnen jan ou gen pouvwa. M'ap di ou mèsi tout tan tout tan.
Lè sa a, lavil Jerizalèm pral fè kè m kontan. Li pral sèvi yon lwanj pou mwen, yon bèl bagay devan tout lòt nasyon ki sou latè. Lè y'a konnen tout byen mwen pral fè pou moun Jerizalèm yo, lè y'a wè tout bèl bagay m'a fè pou yo, y'a tranble tèlman y'a pè, y'a sezi.
M'a fè lwanj Senyè a ak bouch mwen. Se pou tout moun fè lwanj Bondye ki yon Bondye apa. Se pou yo fè l tout tan tout tan.
Vini non! Ann bese tèt nou devan li, ann adore li! Ann tonbe ajenou devan Senyè ki kreye nou an!
Se li ki Bondye nou, se pèp li nou ye, l'ap pran swen nou tankou mouton ki nan savann li. Si sèlman nou te vle tande jòdi a sa l'ap di nou:
Senyè a, se tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m. Se Bondye mwen li ye, m'ap fè lwanj li. Se Bondye zansèt mwen yo, m'ap di jan li gen pouvwa.
Senyè a gen gwo pouvwa, li merite pou yo fè lwanj li vre. Moun p'ap janm fin konprann jan li gen pouvwa!
Men sa pou ou fè pou Bondye: Di l mèsi pou tout bagay. Fè tout sa ou te pwomèt fè pou Bondye ki anwo nan syèl la.
Senyè, nan tout bondye yo, kilès ki tankou ou! Pouvwa ou fè yo respekte ou! Ou se Bondye ki apa nèt! Kilès ki tankou ou? Ou menm ki fè mirak, ou menm ki fè mèvèy pou fè moun pè! Kilès ki tankou ou?
Antre nan Tanp li, di l mèsi! Antre kote ki apa pou li a, chante pou li! Wi, fè lwanj li, di l mèsi!
Men, m'ap chante pou m fè lwanj ou, m'a ofri bèt pou yo touye pou ou. M'a kenbe angajman mwen te pran an. Se Senyè a ki delivrans nou.
(10) Mwen menm, mwen p'ap janm sispann nonmen non Bondye Jakòb la. Mwen p'ap janm sispann chante pou fè lwanj li.
Senyè a gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre. Se pou moun pè l pi plis pase lòt bondye yo.
jan l te di sa nan Liv la: Bondye, m'a nonmen non ou bay frè m yo. M'a fè lwanj ou lè yo tout reyini ansanm.
Nou tout k'ap viv jan Bondye vle l la, fè kè nou kontan pou sa Senyè a fè. Nou tout k'ap mache dwat devan li, li bon pou n fè lwanj li.
Bondye zansèt mwen yo, m'ap fè lwanj ou, m'ap di ou mèsi paske ou ban m fòs ak bon konprann. Ou fè m konnen sa nou te mande ou la, ou fè nou konnen sa ki t'ap boulvèse wa a.
Nou p'ap kache bagay sa yo pou pitit nou yo pa konnen yo. N'ap fè lwanj Senyè a devan timoun k'ap vini yo. N'ap fè yo konnen jan l gen pouvwa, jan l gen fòs, jan li fè gwo mèvèy.
Pa gen Bondye tankou Senyè a. Non, pa gen tankou l. Pa gen moun ki ka pwoteje tankou Bondye nou an.
(5) Kè m ap fann lè m chonje bagay tan lontan: mwen te konn mache ansanm ak yon foul moun, ki te konn ale lakay Bondye. Moun yo te konn fè fèt, yo te konn chante, yo t'ap di Bondye mèsi.
Lè sa a nou menm, pèp ou a, mouton ki nan savann ou yo, nou p'ap janm sispann di ou mèsi. Pitit an pitit, n'a fè lwanj ou.
(26) M'a fè lwanj ou pou sa ou fè, nan mitan tout moun yo lè yo reyini. M'a fè sa mwen te pwomèt ou yo, devan tout moun ki gen krentif pou ou yo.
(12) Ann fè lwanj Senyè a k'ap gouvènen sou mòn Siyon an. Ann fè tout nasyon yo konnen sa li te fè.
Se sa ki fè, frè mwen yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri nou tankou yon sakrifis apa bay Bondye, yon sakrifis vivan k'ap fè li plezi. Se sèl jan pou nou sèvi Bondye tout bon vre.
Apre sa, gadò mouton yo al fè wout yo. Yo t'ap di jan Bondye gen pouvwa, yo t'ap fè lwanj li, paske tou sa yo te tande ak tou sa yo te wè a te dakò ak sa zanj lan te fè yo konnen.
Yon vwa pale fò kot fòtèy la, li t'ap di: — Ann fè lwanj Bondye nou an, nou tout k'ap sèvi li yo, nou tout nèt ki gen krentif pou li yo, piti kou gran!
Peyi wa nou resevwa pou eritaj la pa ka brannen. Se pou nou di mèsi pou sa. Ann fè wè nou pa bliye sa li fè pou nou. Ann sèvi Bondye yon jan ki pou fè l plezi, avèk respè, avèk krentif.
Paske Bondye nou an se tankou yon dife k'ap detwi tout bagay.
Se pou pawòl Kris la ak tout richès li yo rete fèm nan lavi nou. Se pou nou yonn aprann nan men lòt, se pou yonn konseye lòt ak anpil konprann. Se pou nou chante sòm, kantik ak tout lòt chante legliz pou di Bondye mèsi ak tout kè nou.
Tou sa n'ap fè, tou sa n'ap di, fè l nan non Senyè Jezi a, san nou pa janm bliye di Bondye mèsi nan li.
Jezi reponn li: — Demaske ou devan m' lan, Satan! Paske men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou la, pou adore. Se li menm sèl pou sèvi.
Fè lwanj Senyè a, paske li merite sa! Pote ofrann ba li anndan lakay li! Adore Bondye nan bèl kay ki apa pou li a!
Nou pa fèt pou nou sèvi lòt bondye paske mwen menm, Senyè a, yo rele m Bondye ki fè jalouzi. Mwen se yon Bondye ki fè jalouzi anpil.
(1b) Kite m di Senyè a mèsi! Kite m di Senyè ki pa tankou tout moun lan mèsi ak tout nanm mwen!
(4) Men, se ou menm ki Bondye, ou chita sou fòtèy ki apa pou ou a. Pèp Izrayèl la ap fè lwanj ou.
O Bondye, Mèt nou, ou merite pou ou resevwa lwanj, respè ak pouvwa. Se ou menm ki fè tout bagay. Si yo la, si yo gen lavi, se paske ou vle l.
Vini non, ann fè kè nou kontan, ann chante pou Senyè a! Ann fè fèt pou moun k'ap pwoteje nou an, pou moun k'ap delivre nou an!
Ann parèt devan li pou nou di l mèsi! Ann chante yon chante pou fè lwanj li!
Senyè, ou gen pouvwa, ou gen kouray! Se pou ou tout lwanj. W'ap donminen sou tout bagay pou tout tan. Tou sa ki nan syèl la ak sou latè a se pou ou yo ye. Se ou menm Senyè ki sel wa, paske ou sèl chèf sou tout bagay.
Se nan men ou tout richès ak tout byen sòti. Ou gouvènen tout bagay avèk fòs ponyèt ou ak pouvwa ou. Se ou menm ki bay tout moun pouvwa ak fòs.
(8) Men mwen menm, m'a antre lakay ou, paske ou renmen m anpil. M'ap lage kò m nan pye ou, nan kay ki apa pou ou a. M'ap adore ou.
Mwen chache obeyi ou ak tout kè mwen. Pa kite m dezobeyi kòmandman ou yo.
Mwen sere pawòl ou nan kè mwen pou mwen pa peche kont ou.
(1b) Senyè, m'ap di ou mèsi ak tout kè m. La, devan lòt bondye yo, m'ap chante, m'ap jwe gita pou ou!
M'ap mete ajenou devan kay ki apa pou ou a, m'ap fè lwanj ou, paske ou gen bon kè, paske ou toujou kenbe pawòl ou, paske ou fè sa ou te pwomèt la. Se tout moun k'ap nonmen non ou kounyeya.
(7) Chante pou Bondye, fè lwanj li! Wi, chante pou wa nou an, fè lwanj li!
(8) Paske, se Bondye ki wa sou tout latè. Chante yon chante espesyal pou li!
Tout zanj yo kanpe, yo fè yon wonn, yo mete fòtèy la, granmoun yo ak kat bèt vivan yo nan mitan yo. Yo lage kò yo atè devan fòtèy la, yo bese tèt yo byen ba pou adore Bondye,
yo t'ap di: — Se vre wi. Lwanj, onè, bon konprann, rekonesans, respè, pouvwa ak fòs, tou sa pou Bondye nou an pou tout tan. Amèn.
Se sa k fè, kit n'ap manje, kit n'ap bwè, nenpòt kisa n'ap fè, fè l pou sa sèvi yon lwanj pou Bondye.
Yo t'ap pale yonn ak lòt byen fò. Yo t'ap di: — Senyè ki gen tout pouvwa a, li apa! Wi, li apa! Se yon Bondye ki apa vre! Pouvwa li kouvri tout latè.
(2) Bondye, se ou ki Bondye mwen. Jan manvi wè ou! Jan m'ap tann ou sa a! Se tout kò m k'ap mande pou ou, tankou tè sèk nan solèy k'ap tann lapli.
(3) Fè m antre kote ki apa pou ou nan kay ou a pou m wè ou, pou m wè jan ou gen pouvwa, jan ou merite pou yo fè lwanj ou.
(4) Renmen ou gen pou nou an pi bon pase lavi. Se poutèt sa m'ap fè lwanj ou.
(31) M'a chante pou Bondye, m'a fè lwanj li. M'a di l mèsi, m'a fè konnen jan li gen pouvwa.
(32) Sa va fè Senyè a plezi pi plis pase si m ta ofri l yon bèf, pase si m ta ba li yon jenn towo bèf ki fin fè kòn.
Jezi reponn li: — Men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou, pou ou adore. Se li menm ase pou ou sèvi.
Yo mete manti nan plas verite Bondye a. Yo pito adore kreyati Bondye, yo pito sèvi yo pase pou yo adore Bondye ki kreye yo a, li menm ki merite pou n fè lwanj li tout tan. Amèn.
Ki moun ki pa ta gen krentif pou ou, Mèt? Ki moun ki pou ta refize fè lwanj ou? Se ou menm sèl ki sen. Tout nasyon yo gen pou vini pou yo bese tèt yo devan ou, pou yo adore ou. Paske, yo wè aklè sa ou fè se bagay ki dwat.