Sòm 29 - 1998 HaïtienneSÒM 29 (28) Vwa Senyè a (1a) Se yon sòm David. 1 (1b) Nou tout pitit Bondye yo, fè lwanj Senyè a! Fè lwanj Senyè a pou pouvwa ak fòs li genyen! 2 Fè lwanj non Senyè ki gen pouvwa a! Adore Senyè a nan bèl kay ki apa pou li a! 3 Senyè a fè tande vwa li sou lanmè. Bondye ki gen pouvwa a fè loray yo gwonde. Senyè a ap mache sou tout lanmè a. 4 Vwa Senyè a se yon vwa ki gen pouvwa! Se yon vwa ki mande pou moun respekte l! 5 Vwa Senyè a kase pye sèd yo, li kase pye sèd peyi Liban yo. 6 Li fè mòn nan peyi Liban yo sote ponpe tankou ti gazèl bèf. Li fè mòn Siryon yo sote ponpe tankou jenn ti towo bèf. 7 Vwa Senyè a fè zèklè. 8 Vwa Senyè a fè dezè a tranble. Wi, li fè dezè Kadès la tranble. 9 Vwa Senyè a tòde pye chenn yo. Li fè tout fèy nan rakbwa tonbe. Nan Tanp li, tout moun ap fè lwanj pou li. 10 Senyè a te chita sou fòtèy li lè te gen gwo inondasyon an. L'ap gouvènen tankou wa pou tout tan. 11 Senyè a va bay pèp li a fòs, l'a beni yo, l'a ba yo kè poze. |
Haitian Creole DC Bible © Societé Biblique Haïtienne, 1998.
Haitian Bible Society