Sòm 67 - 1998 HaïtienneSÒM 67 (66) Se pou tout moun fè lwanj Bondye (1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sòm sa a se yon chante. 1 (2) Tanpri, Bondye, gen pitye pou nou! Voye benediksyon ou sou nou! Fè nou santi ou la avèk nou, 2 (3) pou tout moun sou latè ka konnen sa ou vle, pou tout lòt nasyon yo ka konnen se ou ki delivre lèzòm. 3 (4) Se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou, Bondye. Wi, se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou. 4 (5) Se pou tout nasyon yo fè kè yo kontan. Se pou yo chante tèlman yo kontan, paske ou jije pèp yo san patipri, ou dirije tout nasyon ki sou latè. 5 (6) Se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou, Bondye. Wi, se pou tout pèp sou latè fè lwanj ou. 6 (7) Latè bay rekòt. Bondye ki Bondye nou an te voye benediksyon li sou nou. 7 (8) Wi, Bondye te voye benediksyon li sou nou. Se pou tout moun toupatou sou latè gen krentif pou li. |
Haitian Creole DC Bible © Societé Biblique Haïtienne, 1998.
Haitian Bible Society