Vèsè Biblik

Piblisite


Soukategori

VÈSÈ POU BENI

Gen moun espesyal Bondye mete sou wout ou, moun ki pote benediksyon ak lajwa. Mwen beni yo nan non Jezi. Bib la plen vèsè pou nou di Bondye mèsi epi pou nou beni moun sa yo. Non sèlman nou dwe beni moun sa yo, men fanmi nou, peyi nou, ak frè ak sè nou nan Kris la tou.

“Se pou Senyè a beni ou, se pou l' pwoteje ou. Se pou Senyè a fè ou santi li kontan avè ou, se pou l' gen pitye pou ou. Se pou Senyè a fè ou wè jan li renmen ou, se pou l' ba ou kè poze.” (Nonb 6:24-26). N'ap beni pastè nou yo tou, paske Bondye sèvi ak yo.

“Paske, ou menm Seyè, ou beni moun ki mache dwat devan ou. Ou pwoteje yo tankou yon gwo boukliye.” (Sòm 5:12). Nou pa dwe sèlman beni moun ki fè nou byen. Bondye mande nou pou nou beni menm moun ki fè nou mal. “Mande Bondye pou l beni moun k'ap pèsekite nou yo. Mande benediksyon pou yo, pa mande madichon.” (Women 12:14)


Sòm 30:11-12

(12) Ou siye dlo nan je m, ou fè kè m kontan anpil. Ou wete rad dèy ki te sou mwen an, ou ban m yon bèl rad mete sou mwen pou m fè fèt.

(13) Mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen, m'ap chante lwanj ou. Senyè, se ou menm ki Bondye mwen! Se tout tan tout tan m'ap di ou mèsi.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 101:1

(1b) M'ap chante pou yon moun ki gen bon kè. M'ap chante pou yon moun ki pa nan patipri. Se pou ou m'ap chante, Senyè!

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 98:4-5

Nou tout ki rete sou latè, rele pou fè lwanj Senyè a tèlman nou kontan! Rele! Fè fèt! Chante!

Chante pou Senyè a avèk gita! Avèk gita, chante kantik!

Chapit   |  Vèsyon
1 Kwonik 16:9

Chante pou li! Fè lwanj li! Rakonte tout bèl bagay li te fè yo.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 109:30

M'ap louvri bouch mwen tout lajè pou m di Senyè a mèsi. M'ap fè lwanj li lè tout pèp la reyini,

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 47:1

(2) Nou tout pèp yo, bat bravo! Fè lwanj Senyè a! Rele ak kè kontan!

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 118:24

Ala yon bèl jounen Senyè a ban nou! Ann pase jounen an ap fè fèt, ann fè kè nou kontan!

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 68:3

(4) Men moun ki mache dwat yo ap kontan, y'ap fè fèt devan Bondye. Y'ap kontan anpil anpil.

Chapit   |  Vèsyon
Egzòd 34:22

W'a fete fèt Senmenn yo, fèt premye grap ble ou koupe lè rekòt la. Lèfini, nan fen lanne a w'a fete fèt Rekòt la.

Chapit   |  Vèsyon
Detewonòm 16:9-10

N'a konte sèt senmenn apre premye jou nou konmanse ranmanse rekòt grenn nan jaden nou yo.

Apre sa, n'a fete Fèt Senmenn yo pou di Senyè a, Bondye nou an, mèsi. N'a pote ba li ofrann n'a vle dapre sa Senyè a va ban nou nan favè li.

Chapit   |  Vèsyon
Egzòd 12:14

Jou sa a, se yon jou pou nou pa janm bliye. Se pou nou fete l tankou yon fèt pou Senyè a, chak lè lè a va rive. Se pou nou pase yon lwa pou nou toujou fete fèt sa a, nou menm ak tout pitit pitit nou yo.

Chapit   |  Vèsyon
Nonb 9:2

— Se pou tout moun pèp Izrayèl yo fete fèt delivrans lan dat mwen te di yo fete l la.

Chapit   |  Vèsyon
Ezayi 42:10

Chante yon chante tou nèf pou Senyè a! Se pou tout moun toupatou sou latè fè lwanj li! Depi moun k'ap vwayaje sou lanmè ak tout bèt ki nan lanmè yo, jouk moun ki rete nan zile byen lwen yo.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 147:1

Lwanj pou Senyè a! Sa bon nèt pou nou chante pou Senyè a. Sa bon nèt pou nou fè lwanj Senyè a. Wi, li merite l vre!

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 48:1

(2) Senyè a gen gwo pouvwa! Li merite pou yo fè lwanj li nan lavil Bondye nou an, sou mòn ki apa pou li a.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 66:8

Nou menm pèp yo, di Bondye mèsi! Fè tout moun tande jan n'ap fè lwanj li!

Chapit   |  Vèsyon
Ezayi 30:29

Men, nou menm pèp Bondye a, nou pral chante, nou pral fè fèt tankou nou fè l lavèy jou fèt nou. Nou pral kontan tankou moun k'ap jwe fif lè yo sou wout pou ale sou mòn Senyè a, Bondye k'ap defann pèp Izrayèl la.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 118:15

Tande jan moun k'ap mache dwat devan Bondye yo ap rele anndan lakay yo, sitèlman yo kontan! Yo genyen batay la, yo delivre. Senyè a fè bèl bagay avèk pouvwa li.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 100:1-2

(1b) Nou tout ki rete sou latè, chante pou Bondye sitèlman nou kontan.

Fè sèvis pou Senyè a ak kè kontan! Vini non! Fè fèt devan li!

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 148:13-14

Se pou nou tout fè lwanj Senyè a, paske li gen yon non ki pi gwo pase tout lòt non. Pouvwa li pi wo pase syèl la ak latè a.

Li rebay pèp li a fòs ankò. Sa te yon lwanj pou tout moun k'ap sèvi l yo, pou pitit Izrayèl yo, pou pèp li renmen anpil la. Lwanj pou Senyè a!

Chapit   |  Vèsyon
Ezayi 25:1

Senyè, se ou ki Bondye mwen! M'a di jan ou gen gwo pouvwa, m'a fè lwanj ou! Ou fè anpil bèl bagay. Plan travay ou te fè nan tèt ou depi lontan an, ou realize l nèt, jan ou te vle l la.

Chapit   |  Vèsyon
2 Samyèl 22:4

Mwen rele Senyè a, li delivre m anba lènmi m yo. Lwanj pou Senyè a!

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 75:9

(10) Mwen menm, mwen p'ap janm sispann nonmen non Bondye Jakòb la. Mwen p'ap janm sispann chante pou fè lwanj li.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 40:3

(4) Li mete yon chante tou nèf nan bouch mwen, yon chante pou m fè lwanj Bondye nou an. Anpil moun, lè yo wè sa, yo pral pè, y'a mete konfyans yo nan Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon
1 Kwonik 16:8

Lwanj pou Senyè a! Fè konnen jan li gen pouvwa! Fè nasyon yo konnen sa li fè!

Chapit   |  Vèsyon
1 Kwonik 16:25

Senyè a gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre. Se pou tout moun pè l pi plis pase lòt bondye yo.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 7:17

(18) Mwen menm, m'ap di Senyè a mèsi pou jistis li. M'ap fè lwanj Senyè a ki anwo nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 135:1-3

Lwanj pou Senyè a! Fè lwanj Senyè a! Nou tout k'ap sèvi Senyè a,

nou tout ki kanpe lakay li, nan kote ki apa pou Bondye nou an, fè lwanj li!

Fè lwanj Senyè a, paske li gen bon kè! Chante chante pou li, paske li aji byen ak nou.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 119:171

Se pou m louvri bouch mwen pou m fè lwanj ou, paske se ou ki moutre m sa ou vle m fè.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 145:21

M'a fè lwanj Senyè a ak bouch mwen. Se pou tout moun fè lwanj Bondye ki yon Bondye apa. Se pou yo fè l tout tan tout tan.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 18:49

(50) Se poutèt sa, Senyè, m'a fè moun lòt nasyon yo konnen ki moun ou ye. M'a chante pou fè lwanj ou.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 95:1-3

Vini non, ann fè kè nou kontan, ann chante pou Senyè a! Ann fè fèt pou moun k'ap pwoteje nou an, pou moun k'ap delivre nou an!

Ann parèt devan li pou nou di l mèsi! Ann chante yon chante pou fè lwanj li!

Paske, Senyè a se yon Bondye ki gen pouvwa, se yon gwo wa sou tout lòt bondye yo.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 69:30

(31) M'a chante pou Bondye, m'a fè lwanj li. M'a di l mèsi, m'a fè konnen jan li gen pouvwa.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 145:7

Y'a fè tout moun chonje jan ou gen bon kè. Y'a chante pou ou, paske ou pa nan patipri.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 81:1-3

(2) Chante ak kè kontan pou Bondye ki tout defans nou! Fè fèt pou Bondye Jakòb la!

(3) Konmanse chante a. Bat tanbouren yo! Jwe bèl mizik sou gita ak bandjo yo.

(4) Kònen twonpèt pou anonse fèt la, lè lalin lan nouvèl, ak lè li plenn!

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 47:6

(7) Chante pou Bondye, fè lwanj li! Wi, chante pou wa nou an, fè lwanj li!

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 68:32

(33) Nou menm chèf peyi latè yo, chante pou Bondye! Chante pou fè lwanj Senyè a,

Chapit   |  Vèsyon
Neyemi 8:10

Okontrè, al lakay nou, fè fèt! Separe vyann gra ak bon ti likè nou genyen ak moun ki pa genyen, paske jou sa a se yon jou nou fèt pou mete apa pou Senyè a. Pa kite lapenn pran nou! Kontantman Bondye ap mete nan kè nou an va ban nou fòs!

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 95:2

Ann parèt devan li pou nou di l mèsi! Ann chante yon chante pou fè lwanj li!

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 126:3

Wi, li te fè anpil bèl bagay pou nou, sa te fè kè nou kontan anpil.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 34:3

(4) Mete tèt nou ansanm avè m pou fè konnen jan Senyè a gen pouvwa. Ann fè lwanj li ansanm!

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 50:14

Men sa pou ou fè pou Bondye: Di l mèsi pou tout bagay. Fè tout sa ou te pwomèt fè pou Bondye ki anwo nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon
Neyemi 12:27

Lè yo ta pral fè sèvis benediksyon miray ranpa lavil Jerizalèm lan, yo fè chache tout moun Levi yo toupatou kote yo te rete, yo mennen yo lavil Jerizalèm. Yo te vle fè yon gwo fèt pou sèvis benediksyon an ak kè kontan. T'ap gen chante pou di Bondye mèsi, avèk mizik, senbal, gita ak bandjo.

Chapit   |  Vèsyon
Efezyen 5:19

Lè nou ansanm yonn ak lòt, sèvi ak pawòl sòm yo, kantik yo epi ak pawòl chante Lespri enspire nou. Chante kantik ak Sòm pou Senyè a, lè n'ap fè lwanj li ak tout kè nou.

Chapit   |  Vèsyon
Kolosyen 3:16

Se pou pawòl Kris la ak tout richès li yo rete fèm nan lavi nou. Se pou nou yonn aprann nan men lòt, se pou yonn konseye lòt ak anpil konprann. Se pou nou chante sòm, kantik ak tout lòt chante legliz pou di Bondye mèsi ak tout kè nou.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 149:1-3

Lwanj pou Senyè a! Chante yon chante tou nèf pou Senyè a! Fè lwanj li nan mitan tout moun k'ap sèvi l yo lè yo reyini!

Se pou pèp Izrayèl la fè kè l kontan, paske se li menm ki fè yo. Se pou tout pèp Siyon an fè fèt, paske se li menm ki wa yo.

Se pou nou danse pou fè lwanj li! Se pou nou bat tanbou, se pou nou jwe gita pou li!

Chapit   |  Vèsyon
Zakari 9:9

Nou menm moun ki rete sou mòn Siyon an, fè fèt, fè gwo fèt! Nou menm moun lavil Jerizalèm, rele, chante tèlman nou kontan! Gade! Men wa nou an ap vin jwenn nou! Li rann jistis san patipri. Li genyen batay la. Li san lògèy. Li moute yon bourik, yon ti bourik dèyè manman.

Chapit   |  Vèsyon
Lik 19:37-40

Lè li rive toupre Jerizalèm, nan ladesant mòn Olivye, yon sèl kontantman pran foul ki t'ap swiv li a. Moun yo pran rele: Beniswa Letènèl, byen fò pou tout mirak yo te wè.

Yo t'ap di: — Benediksyon pou Wa ki vini nan non Mèt la! Kè poze pou tout moun nan syèl la! Lwanj pou Bondye!

Te gen kèk farizyen nan mitan foul la. Yo di Jezi konsa: — Mèt, manyè fè disip ou yo pe bouch yo non.

Jezi reponn yo: — Si yo pe, ata wòch yo va pran rele nan plas yo.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 9:1-2

(2) M'a fè lwanj ou ak tout kè m, Senyè. M'a rakonte tout bèl mèvèy ou yo.

(3) Se ou menm k'ap fè m chante, se ou menm k'ap fè kè m kontan. Bondye ki anwo nan syèl la, m'a chante lwanj ou.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 34:1-3

(2) Se tout tan m'ap di Senyè a mesi, mwen p'ap janm sispann fè lwanj li.

(3) M'ap fè lwanj li pou sa li te fè. Se pou tout moun ki anba tray tande sa pou yo ka fè kè yo kontan.

(4) Mete tèt nou ansanm avè m pou fè konnen jan Senyè a gen pouvwa. Ann fè lwanj li ansanm!

Chapit   |  Vèsyon
Women 12:1-2

Se sa ki fè, frè mwen yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri nou tankou yon sakrifis apa bay Bondye, yon sakrifis vivan k'ap fè li plezi. Se sèl jan pou nou sèvi Bondye tout bon vre.

Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l'a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 42:4

(5) Kè m ap fann lè m chonje bagay tan lontan: mwen te konn mache ansanm ak yon foul moun, ki te konn ale lakay Bondye. Moun yo te konn fè fèt, yo te konn chante, yo t'ap di Bondye mèsi.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 26:30

Apre yo fin chante kantik espesyal pou fèt la, yo sòti, y'ale sou mòn Oliv la.

Chapit   |  Vèsyon
1 Pyè 2:9

Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, prèt k'ap sèvi wa a, nasyon k'ap viv apa pou Bondye, pèp li peye pou li a. Li fè tou sa, pou nou te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a.

Chapit   |  Vèsyon
Ebre 13:15

Gremesi Jezikri, sèl ofrann san n'ap ofri bay Bondye a, se lwanj n'ap ba li tout tan. Se tout tan pou non l nan bouch nou.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 66:1-4

(1b) Nou tout ki rete sou latè, rele ak kè kontan pou Bondye! Fe fèt pou fè lwanj Bondye!

Chante pouvwa Bondye! Fè gwo fèt pou fè lwanj li!

Di Bondye: Sa ou fè yo se bagay ki pou fè moun respekte ou. Ou sitèlman gen pouvwa, lènmi ou yo ap flate ou.

Tout moun ki rete sou latè ap adore ou. Y'ap chante pou ou, y'ap chante pou sa ou fè.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 96:1-3

Chante yon chante tou nèf pou Senyè a! Nou tout ki rete sou latè, chante pou Senyè a!

Chante pou Senyè a, fè lwanj li! Chak jou, fè konnen jan li delivre nou.

Fè nasyon yo konnen pouvwa li. Fè tout pèp yo konnen bèl bagay li fè yo.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 71:23

M'a chante pou ou. M'a rele sitèlman mwen kontan. M'a chante ak tout kè m paske ou te delivre m.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 103:1-2

(1b) Kite m di Senyè a mèsi! Kite m di Senyè ki pa tankou tout moun lan mèsi ak tout nanm mwen!

Wi, kite m di Senyè a mèsi. Mwen pa dwe janm bliye tout byen li fè pou mwen.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 5:11

(12) Men, tout moun ki mete konfyans yo nan ou, fè kè yo kontan. Se pou yo chante san rete tèlman yo kontan. W'ap pwoteje moun ki renmen ou. Ou fè yo chante pou ou tèlman yo kontan.

Chapit   |  Vèsyon
Egzòd 15:1-2

Lè sa a, Moyiz ak moun pèp Izrayèl yo chante yon chante pou Senyè a. Men sa chante a di: — M'ap chante pou Senyè a, paske li genyen batay la. Li voye chwal yo ak tout kavalye yo jete nan lanmè.

Senyè a, se tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m. Se Bondye mwen li ye, m'ap fè lwanj li. Se Bondye zansèt mwen yo, m'ap di jan li gen pouvwa.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 147:7-9

Chante yon chante pou Senyè a pou nou di l mèsi. Fè mizik pou Bondye nou an ak gita.

Se li ki kouvri syèl la ak nyaj yo. Se li ki pare lapli pou tè a. Se li ki fè zèb pouse sou mòn yo.

Li bay bèt yo manje, li bay ti kònèy yo manje lè yo rele.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 84:1-2

(2) Ala bèl kay ou a bèl, Senyè ki gen tout pouvwa!

(3) Jan mwen anvi wè kay Senyè a sa! M'ap deperi sitèlman manvi al lakay Senyè a. M'ap chante, m'ap fè fèt pou Bondye vivan an.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 146:1-2

Lwanj pou Senyè a! Wi, kite m fè lwanj Senyè a!

M'ap pase tout lavi m ap fè lwanj Senyè a. M'ap chante pou Bondye mwen pandan tout tan m'ap viv.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 138:1-2

(1b) Senyè, m'ap di ou mèsi ak tout kè m. La, devan lòt bondye yo, m'ap chante, m'ap jwe gita pou ou!

M'ap mete ajenou devan kay ki apa pou ou a, m'ap fè lwanj ou, paske ou gen bon kè, paske ou toujou kenbe pawòl ou, paske ou fè sa ou te pwomèt la. Se tout moun k'ap nonmen non ou kounyeya.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 9:11

(12) Ann fè lwanj Senyè a k'ap gouvènen sou mòn Siyon an. Ann fè tout nasyon yo konnen sa li te fè.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 145:5-7

M'a rakonte jan ou gen pouvwa, jan ou gen fòs. M'a fè konnen bèl mèvèy ou yo.

Y'a di jan ou gen pouvwa kifè moun respekte ou. M'a rakonte jan ou gen fòs.

Y'a fè tout moun chonje jan ou gen bon kè. Y'a chante pou ou, paske ou pa nan patipri.

Chapit   |  Vèsyon
Ezayi 61:3

pou m'bay moun Siyon ki nan lafliksyon yo kè kontan nan plas lapenn yo, kontantman nan plas kè sere yo. Yon chante remèsiman nan bouch yo nan plas yon chante lapenn. Yo pral grandi tankou gwo pyebwa nan jaden Senyè a te plante ak men li. Yo pral fè sa ki dwat devan Bondye pou tout moun ka fè lwanj bèl pou vwa li.

Chapit   |  Vèsyon
2 Kwonik 5:13-14

Lè tout moun sa yo mete ansanm pou yo pran kònen twonpèt, pou yo chante fè lwanj Bondye, pou di li mèsi, nan mitan bèl mizik yo t'ap jwe nan twonpèt ak senbal ak lòt enstriman mizik yo, ou tande vwa moun yo ki t'ap chante: Lwanj pou Senyè a, paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou! Lè sa a, nyaj la plen Tanp Senyè a nèt.

Poutèt nyaj la, prèt yo pat ka rete fè sevis yo, paske limyè prezans Senyè a te plen Tanp lan nèt.

Chapit   |  Vèsyon

Lapriyè bay Bondye

Seyè, ou se Alfa ak Omega! Papa, kreyatè syèl la ak tè a, ou se premye a ak dènye a, kòmansman an ak finisman an. Mwen vin jwenn ou, Papa, nan non Jezikri, Senyè nou an. M'ap mande w, tanpri, pou veye sou zanmi m nan, pou ba li fòs ak kouraj. Ba li sajès ak bon konprann pou l' pran bon desizyon, pou l' ka mache nan chemin ou trase pou li a. Ranfòse l', renouvle fòs li, epi fè lafwa li vin pi solid chak jou, pou prezans Sentespri w la ka priyorite nan lavi li ak nan fanmi li. Pawòl ou di: "Paske l'ap bay zanj li yo lòd pou veye sou ou nan tout chemin ou yo." Seyè, kontinye ba li tout sa li bezwen. Ba li sajès ak kouraj pou l' ka venk tout laperèz li, pou l' ka simonte tout sitiyasyon difisil l'ap travèse. Mwen deklare ou ap mache devan l' tankou yon gwo jeyan, w'ap mennen tout batay li yo. Pwoteje l' kont tout move plan ak tout pyèj lènmi an. Mèsi, Seyè. Tout glwa ak tout onè pou ou. Nan non Jezi, Amèn.