Vèsè Biblik

- Piblisite -


121 Vèsè Biblik pou Beni Pastè/Lidè w la

121 Vèsè Biblik pou Beni Pastè/Lidè w la

Pastè nou yo pote yon gwo chay sou zepòl yo. Anplis mwen priye pou bezwen pèsonèl yo ak relasyon yo ak Bondye, fòk mwen sonje priye tou pou relasyon *mwen* avèk yo. Se pa fasil pou yon moun jere pwòp pwoblèm li epi an menm tan ap eseye ede lòt moun.

Yo dwe yon egzanp nan konduit yo ak nan lafwa yo pou lòt moun ka wè Bondye nan lavi yo. Yo pase nan anpil sitiyasyon difisil pandan plizyè ane ap sèvi Bondye ak pèp li a.

Se poutèt sa, Pawòl Bondye a di: "Obeyi chèf espirityèl nou yo, soumèt devan yo. Paske se yo menm k'ap veye sou nanm nou, paske yo gen pou yo rann kont bay Bondye. Si nou obeyi yo, y'a fè travay yo ak kè kontan. Men, si nou pa obeyi yo, y'a plenyen, epi sa p'ap fè nou anyen" (Ebre 13:17).




1 Timote 5:17

Kanta chèf reskonsab yo k'ap dirije legliz la byen, se pou yo resevwa yon lajan doub, sitou ansyen k'ap bay tout tan yo pou bay pawòl la ak pou fè enstriksyon moun yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Nonb 6:24-26

Se pou Senyè a beni nou, se pou l pran swen nou. Se pou Senyè a fè nou santi li la avèk nou, se pou l gen pitye pou nou. Se pou Senyè a fè nou wè jan li renmen nou, se pou l ban nou kè poze.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 15:13

Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l fè kè nou kontan nèt, pou l fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jozye 1:5

Pandan tout rès vi ou, pèsonn p'ap ka kenbe tèt ak ou. M'ap toujou kanpe la avèk ou, menm jan mwen te toujou la avèk Moyiz. Mwen p'ap vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 52:7

Ala bèl sa bèl lè ou wè l'ap parèt sou mòn yo mesaje k'ap kouri pote bon nouvèl k'ap bay kè poze a! L'ap fè konnen delivrans Bondye a. L'ap di moun Siyon yo: Se Bondye ou la k'ap gouvènen!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 121:8

L'ap pwoteje ou kit w'ap antre, kit w'ap sòti, depi kounyeya ak pou tout tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
3 Jan 1:2

Gayis monchè, mwen swete tout bagay ap mache byen pou ou. Mwen swete ou an sante nan kò ou tankou ou an sante nan lespri ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 29:11

Se mwen menm ki konnen sa m'gen nan tèt nou pou nou. Se mwen menm Senyè a k'ap pale. Se pwojè byen mwen gen pou nou, se pa pwojè malè. Sa mwen vle pou nou, se yon denmen ki chaje espwa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 40:31

Men, Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:19

Bondye ki rich anpil la va ban nou tou sa nou bezwen nan Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 128:5

Se pou Senyè a rete sou mòn Siyon an pou l beni ou! Mwen mande l pou l fè ou wè lavil Jerizalèm rete kanpe jouk jou ou mouri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 5:12

(13) Paske ou menm Senyè, ou beni moun ki obeyi ou. Ou kouvri yo avèk favè ou, w'ap kanpe bò kote yo pou pran defans yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 1:11

Se pou Senyè a, Bondye zansèt nou yo, ban nou mil fwa plis pitit pase sa nou gen kounyeya. Se pou l beni nou jan li te pwomèt nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 20:4

(5) Se pou l ba ou tou sa ou ta renmen. Se pou l fè tou sa ou gen lide fè rive vre.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 37:4-5

Si se nan Senyè a ou pran tout plezi ou, l'a ba ou tou sa ou ta renmen.Renmèt kòz ou nan men Senyè a! Mete konfyans ou nan li, l'a ede ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 15:6

Wi, Senyè a, Bondye nou an, va beni nou, jan li te pwomèt nou an, konsa n'a gen lajan pou prete anpil lòt nasyon. Men, nou menm nou p'ap janm bezwen prete nan men pèsonn. N'a donminen sou anpil lòt pèp. Men, yo yonn p'ap gen pye sou kou nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 9:8

Bondye menm gen pouvwa pou l ban nou tout kalite benediksyon an kantite. Li fè sa, pa sèlman pou nou ka toujou genyen tou sa nou bezwen, men pou nou ka gen rès ki rete pou n fè tout kalite bon zèv.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 3:15

M'ap ban nou chèf k'ap fè tou sa m vle yo fè. Y'a gen konesans ak bon konprann pou gouvènen nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 13:7

Pa bliye moun ki te konn dirije nou yo, moun ki te fè nou konnen pawòl Bondye a. Egzaminen jan yo te viv, jan yo te mouri. Pran egzanp sou konfyans yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 5:12-13

Frè m yo, m'ap mande nou pou nou gen anpil respè pou moun k'ap travay nan mitan nou yo, moun Senyè a chwazi pou dirije nou, pou ankouraje nou.Se pou nou gen anpil konsiderasyon pou yo, se pou nou renmen yo poutèt travay y'ap fè a. Se pou nou viv byen ak kè poze yonn ak lòt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 13:17

Obeyi chèf nou yo, soumèt devan yo. Se tout tan y'ap veye sou nanm nou paske yo gen pou yo rann Bondye kont pou travay yo. Si nou obeyi yo, y'a fè travay yo ak kè kontan. Men, si nou pa obeyi yo, y'a fè l ak kè sere. Lè sa a, p'ap gen okenn avantaj pou nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 28:2

Wi, si nou koute Senyè a, Bondye nou an, men benediksyon l'ap vide sou nou:

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Rit 2:12

Mwen ande Senyè a pou li rekonpanse ou pou tou sa ou te fè. Wi, ou vini mete ou anba zèl li pou li pwoteje ou. Se pou Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ba ou yon bèl rekonpans!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 6:6

Moun k'ap resevwa Bòn Nouvèl la fèt pou separe tout byen l yo ak moun k'ap ba li l la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 1:3-5

Mwen di Bondye mwen an mèsi pou nou chak fwa lide m frape sou nou.Chak fwa m'ap lapriyè tou pou nou, mwen fè l ak kè kontan,poutèt jan nou te ede m gaye bòn nouvèl la, depi premye jou a jouk kounyeya.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 5:4

Konsa, lè gran gadò a va parèt, n'a resevwa yon kouwòn ki p'ap janm fennen: n'a resevwa lwanj Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 25:21

Mèt la di l: Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè toujou. Vin fè fèt avèk mèt ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 5:2-3

Men sa m'ap di nou: Tankou gadò, se pou nou swen bann mouton Bondye ki sou kont nou an. Pa fè sa tankou si se fòse y'ap fòse nou. Men, fè l paske nou vle fè sa Bondye vle. Pa fè travay la tankou si se dèyè lajan nou ye. Men, fè l ak tout kè nou.Pa fè menm jan ak chèf k'ap maltrete moun ki sou kont yo. Okontrè, se pou nou tounen yon egzanp pou mouton yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 1:8

Anvan m di nou lòt bagay, kite m di Bondye mèsi pou nou gremesi Jezikri. Paske, toupatou sou latè y'ap pale jan nou gen konfyans nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 1:2-3

Se tout tan n'ap di Bondye mèsi pou nou tout. Nou pa janm bliye nou lè n'ap lapriyè.Devan Bondye Papa nou, mwen toujou chonje jan n'ap viv byen paske nou gen konfyans nan Bondye, jan n'ap travay di paske nou gen renmen nan kè nou, jan nou rete fèm nan espwa nou gen nan Jezikri, Senyè nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sofoni 3:17

Senyè a, Bondye nou an, la nan mitan nou! Se yon vanyan gason. Se li menm k'ap delivre nou. Li kontan wè sa n'ap fè. L'ap mete ou kanpe ankò paske li renmen ou. W'ap fè kè l kontan. L ap chante

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 4:11-12

Se li menm ki fè lèzòm kado divès pouvwa. Li bay kèk ladan yo pouvwa pou sèvi apòt, li bay lòt ladan yo pouvwa pou sèvi pwofèt, li bay lòt ankò pouvwa pou anonse bòn nouvèl la, li bay dòt ankò pouvwa pou sèvi tankou pastè ak dirèktè.Konsa, li byen oganize pèp Bondye a pou yo chak fè travay sèvis yo, pou kò Kris la ka grandi nan konfyans.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 10:15

si pa gen pèsonn pou fè konnen mesay la? Ki jan pou yo fè fè konnen mesay la, si pa gen moun yo voye pou sa? Dapre sa ki te ekri a: Ala bèl bagay lè ou wè moun k'ap pote yon Bòn Nouvèl ap vini!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 5:2-4

Men sa m'ap di nou: Tankou gadò, se pou nou swen bann mouton Bondye ki sou kont nou an. Pa fè sa tankou si se fòse y'ap fòse nou. Men, fè l paske nou vle fè sa Bondye vle. Pa fè travay la tankou si se dèyè lajan nou ye. Men, fè l ak tout kè nou.Pa fè menm jan ak chèf k'ap maltrete moun ki sou kont yo. Okontrè, se pou nou tounen yon egzanp pou mouton yo.Konsa, lè gran gadò a va parèt, n'a resevwa yon kouwòn ki p'ap janm fennen: n'a resevwa lwanj Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Mak 6:34

Lè Jezi rive pou l debake sot nan kannòt la, li wè tout bann moun yo. Kè l fè l mal pou yo, paske yo te tankou yon bann mouton san gadò. Lamenm, li tanmen esplike yo anpil bagay.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 20:28

Veye kò nou, veye sou tout bann mouton Sentespri a mete sou kont nou. Okipe legliz Bondye a, legliz li te achte ak pwòp san Pitit li a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 11:14

Lè pa gen bon dirijan, peyi a nan ka. Men lè gen moun k'ap bay bon konsèy, peyi a sove.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:105

Pawòl ou se yon chandèl ki fè m wè kote m'ap mete pye m, se yon limyè k'ap klere chemen mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:23-24

Nenpòt travay yo ban nou fè, fè l ak tout kè nou tankou si se pa pou lèzòm nou t'ap travay, men pou Senyè a.Chonje byen: Senyè a gen pou ban nou rekonpans nou: l'ap ban nou eritaj li sere pou moun pa l yo. Paske, mèt n'ap sèvi tout bon an se Kris la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 28:19-20

Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a.Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 37:4

Si se nan Senyè a ou pran tout plezi ou, l'a ba ou tou sa ou ta renmen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 2:15

Fè jefò pou ou ka resevwa lwanj nan men Bondye tankou yon travayè ki pa wont travay li fè, yon travayè ki fè konnen pawòl verite Bondye a jan l ye a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:6-8

Bondye pa bay tout moun menm don. Men, nou fèt pou nou sèvi ak kado a dapre favè Bondye fè nou an. Si yon moun resevwa don pou l anonse mesay ki sòti nan Bondye, se pou l fè sa dapre lafwa li genyen an.Si yon lòt resevwa don pou l fè yon travay, se pou l fè travay la. Moun ki resevwa don pou l moutre lòt anpil bagay, se sa pou l fè.Moun ki resevwa don pou l bay ankourajman, se pou li bay ankourajman. Moun k'ap bay nan sa li genyen an, se pou l fè sa san gad dèyè. Moun k'ap dirije a, se pou l fè sa byen. Moun k'ap moutre jan li gen kè sansib la, se pou li fè sa ak kè kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 15:58

Konsa, frè m yo, kenbe fèm, pa brannen. Se pou n toujou pi cho nan travay Senyè a, paske nou konnen travay n'ap fè pandan n'ap viv ansanm ak Senyè a p'ap janm pèdi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 22:29

Moutre m yon nonm ki gen ladrès nan sa l'ap fè. Se moun konsa k'ap rive travay ak chèf. Li pa pral travay ak moun ki pa anyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 145:4

Papa va fè lwanj ou devan pitit yo pou tou sa ou te fè. Y'a rakonte tout bèl bagay ou fè yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 1:3

Li tankou yon pyebwa yo plante bò kannal dlo: Li donnen lè sezon l rive. Fèy li p'ap janm fennen. Tou sa l fè sòti byen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:16

Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n'ap fè yo, y'a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 15:4

Se konsa, tou sa ki te ekri nan Liv la depi nan tan lontan, yo te ekri yo pou moutre nou anpil bagay, wi, pou bagay nou jwenn ekri nan Liv la ka ban nou pasyans ak ankourajman pou n ka mete tout espwa nou nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:165

Moun ki renmen lalwa ou la ap viv ak kè poze. Pa gen anyen ki pou fè yo bite.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 6:10-11

Pou fini, chache fòs nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Senyè a ak nan gwo pouvwa li.Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 86:17

Fè kichòy pou mwen, Senyè! Fè moun ki pa vle wè m yo wont, lè yo wè se ou menm ki pote m sekou, se ou menm ki ban m konsolasyon!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 41:10

Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 121:1-2

(1b) Mwen leve je m, mwen gade mòn yo, mwen di: — Ki bò m'a jwenn sekou?Sekou mwen sòti nan men Senyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 1:28

Konsa, m'ap fè tout moun konnen Kris la. M'ap bay tout moun konsèy, m'ap moutre yo tout bagay avè bon konprann, jan m kapab pou yo tout ka parèt devan Bondye tankou granmoun ki byen grandi nan lavi y'ap mennen ansanm ak Kris la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 5:13

Kanta nou menm, frè m yo, Bondye te rele nou pou n te ka gen libète nou. Sèlman, pa pran libète a sèvi eskiz pou nou viv dapre egzijans lachè. Okontrè, se pou nou yonn sèvi lòt nan renmen nou yonn gen pou lòt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 10:24-25

Se pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè yo, pou yonn ka ankouraje lòt nan sa ki byen.Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, kounyeya pi plis pase anvan, paske nou wè jou Senyè a ap pwoche.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 12:1

Moun ki renmen yo korije yo, se moun ki toujou vle konnen. Men, moun ki pa renmen yo rale zòrèy yo, se moun san konprann.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:13

Nenpòt sitirasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m, gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouray.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 138:8

W'a fin fè sa ou te konmanse fè pou mwen an. Senyè, ou p'ap janm sispann renmen nou. Pa vire do ou kite travay ou konmanse fè a!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 7:7

— Mande, y'a ban nou. Chache, n'a jwenn. Frape, y'a louvri pou nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 4:1-2

Se poutèt sa, nou menm moun Korent, se pou nou rekonèt se sèvitè Kris la mwen ye, tankou yon jeran Bondye mete reskonsab plan travay li yo ki te kache.Yon sèl bagay yo mande yon jeran, se pou l yon moun serye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:31-32

Kisa n'a di ankò sou pwen sa a? Si Bondye pou nou, kilès ki ka kont nou?Li pat menm refize nou pwòp Pitit li a, men li bay li pou nou tout. Ki jan pou l pa ta ban nou tout bagay avèk Pitit la tou pou gremesi?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 19:14

(15) Senyè, se ou ki twou wòch kote m kache a, se ou ki delivrans mwen, mwen mande ou pou pawòl ki sòti nan bouch mwen, ak lide k'ap travay nan tèt mwen fè ou plezi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 40:29-31

Lè yon moun pèdi souf, li ba li fòs. Lè yon moun febli, li ba l kouray ankò!Jenn gason konn pèdi souf, yo konn bouke. Lè konsa, yo bite, yo tonbe.Men, Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 16:3

Mande Senyè a pou l beni tout travay w'ap fè, w'ap reyisi nan tou sa w'ap fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 4:19

Pou nou menm, nou gen renmen nan kè nou, paske Bondye te renmen nou anvan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 20:1-2

(2) Se pou Senyè a reponn ou lè ou anba tray. Se pou Bondye Jakòb la pwoteje ou.(3) Se pou l rete lakay li pou l voye ede ou. Se pou l rete sou mòn Siyon an pou l soutni ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:12

Nou tout nou fè pati pèp Bondye a: se li menm ki te renmen nou, ki te chwazi nou pou n ka viv pou li. Se poutèt sa, se pou nou gen kè sansib anpil, pou n aji byen yonn ak lòt, san lògèy, avèk anpil dousè, anpil pasyans.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 4:5-6

Konprann sa byen, se pa tèt pa m m'ap fè nou konnen: men se Jezikri, Senyè a, m'ap fè nou konnen. Mwen menm mwen di nou se sèvi m'ap sèvi nou poutèt Jezi.Bondye ki te di: Mwen vle pou limyè a klere nan mitan fènwa a, se li menm tou ki fè limyè li a klere nan kè nou pou li fè nou konnen pouvwa li ki yon limyè ki klere byen bèl nan figi Kris la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 10:41

Moun ki resevwa yon pwofèt Bondye paske se pwofèt Bondye li ye, moun sa a va resevwa rekonpans yo bay yon pwofèt. Moun ki resevwa yon nonm k'ap mache dwat devan Bondye paske se yon moun dwat li ye, moun sa a va resevwa rekonpans yo bay yon moun k'ap mache dwat.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 6:13

Pa lage okenn pati nan kò nou nan peche, pou peche a pa sèvi avè l pou fè sa ki mal. Okontrè, tankou moun ki delivre anba lanmò epi k'ap viv, ann lage kò nou nan men Bondye. Wi, mete tout pati nan kò nou nan men Bondye pou l ka sèvi ak yo pou fè sa ki byen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 28:7

Senyè a ap pwoteje m, l'ap pran defans mwen. Mwen mete tout konfyans mwen nan li. Li ede m, kè m kontan. M'ap chante pou m fè lwanj li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 6:9

Pa janm bouke fè byen. Paske, si nou pa dekouraje, n'a rekòlte lè lè a va rive.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 18:16

Kado ou fè louvri chemen pou ou toupatou, ata chemen ki mennen lakay grannèg.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:73

Se ou ki te kreye m, se ou ki te fè m ak men ou. Ban m lespri pou m ka aprann kòmandman ou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 58:10

si nou manje ak moun ki grangou, si nou plen vant moun ki nan nesesite, limyè va klere pou nou nan mitan fènwa. Lannwit va fè klè pou nou tankou gwo midi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 6:11

Men ou menm ki moun Bondye, evite tout bagay sa yo. Chache mennen yon lavi ki dwat pou ou ka sèvi Bondye nan tou sa w'ap fè, avèk konfyans, avèk renmen, avèk pasyans ak dousè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 1:6

Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l kontinye l jouk li va fini l nèt, lè jou Jezikri a va rive.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:3

Poutèt favè Bondye fè m lan, men sa m'ap mande nou tout: Piga nou mete nan tèt nou nou plis pase sa nou ye. Okontrè, pa mete gwo lide nan tèt nou. Se pou chak moun konsidere tèt li dapre sa Bondye ba li ki pa l nan lafwa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 1:7

Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 54:4

(6) Men, Bondye ap vin ede m. Senyè a ap pran defans mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 9:37-38

Lè sa a, li di disip li yo: — Rekòt la anpil, men manke bra.Soupriye mèt jaden an pou li voye plis ouvriye nan travay la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 145:18

Senyè a kanpe toupre moun k'ap rele l, toupre tout moun k'ap rele l ak tout kè yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 3:8

Moun ki plante a ak moun ki wouze a, se menm bagay yo ye. Bondye va ba yo sa yo merite dapre travay yo fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 4:2

Pa janm sispann lapriyè. Pa kite dòmi pran nou. Toujou chonje lapriyè pou di Bondye mèsi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:11

Mwen sere pawòl ou nan kè mwen pou mwen pa peche kont ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 20:5

Lide yon nonm gen nan tèt li, se tankou dlo nan yon pi byen fon. Men, yon moun lespri ka rale yo mete deyò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 4:10

Chak moun dwe pran kado Bondye ba yo a pou yo rann lòt yo sèvis. Konsa, tankou bon jeran, n'a pran kado Bondye yo, ki divès kalite, n'a fè yo travay.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 28:20

Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 37:23

Senyè a pran men lèzòm, li mete yo nan bon chemen. Li kontan wè yo mache dwat.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 46:4

M'ap toujou aji konsa ak nou jouk n'a vye granmoun. M'ap toujou soutni nou jouk n'a gen cheve blan. M'a pote nou nan men m jan m te toujou fè l la. M'a pran nou sou kont mwen, m'a delivre nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 4:12

Pawòl Bondye a se pawòl ki gen nanm, li gen pouvwa. Li file pase kouto famasi. Li ka koupe jouk li jwenn kote nanm ak lespri kontre fè yonn, jouk kote vyann ak mwèl rankontre. Li jije tout santiman ak tout lide ki nan kè moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 1:3-4

Ann fè lwanj Bondye ki papa Jezikri, Senyè nou an, Papa ki gen kè sansib la, Bondye ki toujou la pou ban nou ankourajman an.Li ankouraje nou nan tout lapenn nou, konsa nou menm tou nou ka ankouraje moun ki nan tout kalite lapenn lè n'a ba yo menm ankourajman nou te resevwa nan men li an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 2:2

enben, men sa m'ap mande nou: Fè kè m kontan nèt. Se pou nou viv byen yonn ak lòt, se pou nou yonn renmen lòt menm jan an, pou nou tout gen yon sèl lide nan tèt nou ak yon sèl santiman nan kè nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 15:5-6

Se pou Bondye ki bay pasyans ak ankourajman an fè nou viv byen yonn ak lòt, pou nou ka swiv egzanp nou jwenn nan Jezikri.Konsa, n'a mete kè nou ak bouch nou ansanm pou fè lwanj Bondye, papa Jezikri, Senyè nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:36

Fè m pi anvi swiv prensip ou yo pase pou m anvi gen lajan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 16:24

Bon pawòl se siwo myèl. Yo bon pou sante ou, yo dous pou nanm ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 2:9

Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, prèt k'ap sèvi wa a, nasyon k'ap viv apa pou Bondye, pèp li peye pou li a. Li fè tou sa, pou nou te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 3:20

Tout lwanj lan se pou Bondye. Paske, ak pouvwa k'ap travay nan nou an, li kapab fè pi plis pase tou sa nou ka mande, pi plis pase tou sa nou ka mete nan lide nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:14-16

— Se limyè nou ye pou moun sou latè. Moun pa kapab kache yon lavil ki bati sou yon mòn.Ni yo pa limen lanp pou mete li anba tab. Men yo mete li sou etajè pou li klere tout moun nan kay la.Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n'ap fè yo, y'a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 5:22-23

Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seryozite, li fè ou gen bon manyè.Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 73:26

Kò m te mèt ap deperi, lespri m te mèt ap gaga, se ou menm menm, Bondye, ki tout fòs mwen, se ou menm ki tout mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 30:21

Si nou chankre sou bò dwat osinon sou bò gòch, n'a tande yon vwa nan do nou k'ap di nou: Men bon chemen an bò isit. Se la a pou ou pase!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 91:15

Lè l rele m, m'ap reponn li. Lè l nan tray, m'ap la avèk li. M'ap delivre l, m'ap fè yo respekte l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:10

Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k'ap viv ansanm ak Kris la. Nan tou sa n'ap fè, se pou nou gen respè yonn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 12:12-13

Konsa, Kris la se tankou yon kò ki gen anpil manm. Kò a toujou yon sèl kò, ou mèt wè li gen anpil manm.Se sa k fè, nou menm, kit nou jwif, kit nou pa jwif, kit nou esklav, kit nou pa esklav, nou tout nou te resevwa batèm pou n te ka fè yon sèl kò ansanm, pa pouvwa yon sèl Lespri a. Nou tout nou te bwè nan yon sèl Lespri a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 62:1

(2) Se sou Bondye sèlman mwen konte, se li menm ki pou delivre mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 15:22

Lè ou pa pran konsèy, plan travay ou p'ap mache. Lè ou pran konsèy nan men anpil moun, ou mèt sèten travay ou ap mache byen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:4

Se pou nou toujou kontan nan lavi n'ap mennen ansanm nan Senyè a. M'ap repete l ankò: Fè kè nou kontan anpil.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:9

Benediksyon pou moun k'ap travay pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, paske Bondye va rele yo pitit li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 6:10

Paske, Bondye pa mechan pou l ta bliye travay nou fè, ni renmen nou moutre nou gen pou li, lè nou t'ap rann moun k'ap viv pou li yo anpil sèvis, sèvis n'ap rann yo jouk kounyeya toujou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:1

Nou menm ki deja resisite ak Kris, se pou nou chache bagay ki nan syèl la kote Kris chita adwat Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Tesalonisyen 3:12-13

Mwen mande Senyè a pou nou gen plis renmen yonn pou lòt ak pou tout moun, menm jan mwen renmen nou.Konsa, nou menm moun Tesalonik, Kris la va fòtifye kè nou pou nou ka san repwòch devan Bondye, Papa nou, tankou moun k'ap viv apa pou li jouk lè Jezikri, Senyè nou an, va vini ansanm ak tout moun pa l yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:18

Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun, mezi nou kapab fè li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 6:10

Se sa k fè, toutotan nou jwenn okazyon, ann fè byen pou tout moun, sitou pou frè ak sè nou yo ki gen menm konfyans ak nou nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 138:3

Lè m te rele ou, ou te reponn mwen, ou te ban m plis kouray.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:148

Lannwit poko rive, mwen moute kabann mwen pou m kalkile pawòl ou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 1:10

Frè m' yo, mwen soupriye nou angras, nan non Jezikri, Senyè nou an. Tanpri, mete nou dakò sou tout pwen. Pa kite divizyon mete pye nan mitan nou. Okontrè se pou nou fè yon sèl. Se pou nou tout gen menm konpreyansyon ak menm panse.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 2:14-15

Nan tou sa n'ap fè, pa plenyen, pa diskite,pou yo pa jwenn anyen pou yo repwoche nou, pou nou ka fè sa ki byen tankou veritab pitit Bondye, antan n'ap viv nan mitan bann malonèt ak pèvèti ki sou latè yo. Se pou nou sèvi limyè pou lemonn,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 10:23

Ann kenbe espwa nou genyen an byen fèm. Paske, nou mèt sèten, Bondye ap kenbe pwomès li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi

Lapriyè bay Bondye

Bondye Papa ki nan syèl la, Granmèt nou ki p'ap janm fini! M'ap louwe w paske ou Jis, ou Sen, ou merite tout glwa ak tout adorasyon. Papa Sen, m'ap mande w pou w vide benediksyon w sou lavi pastè mwen an, moun ou chwazi pou gide m' nan chemen w lan. M'ap priye pou w mete Lespri Sen w sou li, pou w ba l' fòs nan ministè ou ba li a. Bondye Toupuisan, ba li sajès pou l' byen jere bagay wayòm ou yo, pou l' ka enfliyanse legliz ou a dapre pawòl ou. Beni lavi li ak lavi fanmi li, ede yo rete ini nan lapè, pou yo toujou yon bon egzanp. Fè mouton l' yo swaf pou yo tande ansèyman l' yo, epi sitou pou yo mete yo an pratik, pou yo ka yon legliz obeyisan. Fè figi w klere sou li, pou gras ou ak favè w toujou rete sou li. Ba li fòs pou l' fè fas ak tout difikilte, kit se nan ministè a, nan finans li, oswa nan fanmi li. Senyè, m'ap mande w pou w pwoteje lavi li ak lavi fanmi li kont tout pyèj ak tout atak lènmi an. Nan non Jezi. Amèn!
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite