Vèsè Biblik

Piblisite


Soukategori

Vèsè pou envitation

Imajine w, ou ka mete Bondye nan tout bagay! Menm lè w gen yon aktivite, tankou yon maryaj, yon anivèsè, yon gradyasyon, ou ka chwazi yon vèsè biblik pou mete sou envitasyon an. Se yon bèl bagay pou w gen yon pawòl Bondye avè w. Nan seksyon sa a, ou ap jwenn yon vèsè pou nenpòt aktivite w ap fè. Mwen swete l ba w anpil benediksyon epi l ka ede w.


Pwovèb 9:11

Bon konprann ap fè ou viv lontan. L'ap fè ou wè plizyè lanne.

Chapit   |  Vèsyon
3 Jan 1:2

Gayis monchè, mwen swete tout bagay ap mache byen pou ou. Mwen swete ou an sante nan kò ou tankou ou an sante nan lespri ou.

Chapit   |  Vèsyon
Nonb 6:24-26

Se pou Senyè a beni nou, se pou l pran swen nou.

Se pou Senyè a fè nou santi li la avèk nou, se pou l gen pitye pou nou.

Se pou Senyè a fè nou wè jan li renmen nou, se pou l ban nou kè poze.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 20:4

(5) Se pou l ba ou tou sa ou ta renmen. Se pou l fè tou sa ou gen lide fè rive vre.

Chapit   |  Vèsyon
Jeremi 1:5

— Mwen te konnen ou anvan menm mwen te ba ou lavi nan vant manman ou. Mwen te mete ou apa pou mwen anvan menm ou te fèt. Mwen te chwazi ou pou te pwofèt lòt nasyon yo.

Chapit   |  Vèsyon
Filipyen 4:4

Se pou nou toujou kontan nan lavi n'ap mennen ansanm nan Senyè a. M'ap repete l ankò: Fè kè nou kontan anpil.

Chapit   |  Vèsyon
Ezayi 46:4

M'ap toujou aji konsa ak nou jouk n'a vye granmoun. M'ap toujou soutni nou jouk n'a gen cheve blan. M'a pote nou nan men m jan m te toujou fè l la. M'a pran nou sou kont mwen, m'a delivre nou.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 4:10

Koute sa m'ap di ou, pitit mwen. Pa bliye sa m'ap moutre ou la a, konsa w'a viv lontan.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 118:24

Ala yon bèl jounen Senyè a ban nou! Ann pase jounen an ap fè fèt, ann fè kè nou kontan!

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 90:12

Moutre nou pou nou pa bliye jan lavi nou kout, pou nou kapab chache konprann tout bagay.

Chapit   |  Vèsyon
Jid 1:2

Mwen mande pou li gen pitye pou nou, pou li ban nou kè poze ak renmen an kantite.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 139:13-14

Wi, se ou ki fòme tout pati nan kò m, se ou ki ranje yo byen ranje nan vant manman m.

M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 65:11

(12) Ala yon bèl rekòt ou ban nou lè lanne a fini! Tout kote ou pase gen labondans an kantite!

Chapit   |  Vèsyon
Sofoni 3:17-18

Senyè a, Bondye nou an, la nan mitan nou! Se yon vanyan gason. Se li menm k'ap delivre nou. Li kontan wè sa n'ap fè. L'ap mete ou kanpe ankò paske li renmen ou. W'ap fè kè l kontan. L ap chante

tankou lè gen fèt: Senyè a di: — Mwen wete sa ki t'ap fè nou pè a. Mwen wete wont ki te sou nou an.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 91:11

Bondye ap pase zanj li yo lòd pou yo veye sou ou, pou yo pwoteje ou kote ou pase.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 139:16

Depi anvan m te fèt, tout lavi m te devan je ou. Tou sa mwen ta pral fè te deja ekri nan liv ou, anvan menm mwen te fè yo.

Chapit   |  Vèsyon
Efezyen 2:10

Se Bondye ki fè nou. Li kreye nou nan Jezikri pou nou pratike sa ki byen, bon zèv li te pare davans pou nou fè yo.

Chapit   |  Vèsyon
Women 15:13

Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l fè kè nou kontan nèt, pou l fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.

Chapit   |  Vèsyon
Jeremi 29:11

Se mwen menm ki konnen sa m'gen nan tèt nou pou nou. Se mwen menm Senyè a k'ap pale. Se pwojè byen mwen gen pou nou, se pa pwojè malè. Sa mwen vle pou nou, se yon denmen ki chaje espwa.

Chapit   |  Vèsyon
Lamantasyon 3:22-23

Sous bonte Senyè a p'ap janm teri. Mizerikòd li poko janm bout.

Li renouvle yo chak maten Ala kenbe ou konn kenbe pawòl ou, Senyè!

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 37:4

Si se nan Senyè a ou pran tout plezi ou, l'a ba ou tou sa ou ta renmen.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 4:7

(8) Kontantman ou mete nan kè m pi gwo pase kontantman ki nan kè lèzòm lè yo gen anpil manje ak anpil bwason.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 16:11

W'a fè m konnen chemen ki bay lavi a. Paske ou la avè m, mwen pa manke kontan. Bò kote ou, Senyè, se yon plezi ki p'ap janm fini.

Chapit   |  Vèsyon
Filipyen 1:3

Mwen di Bondye mwen an mèsi pou nou chak fwa lide m frape sou nou.

Chapit   |  Vèsyon
Jan 15:11

Mwen di nou tou sa pou kè kontan m lan ka nan nou, pou nou ka kontan nèt ale.

Chapit   |  Vèsyon
2 Korent 9:15

Ann di Bondye mèsi pou gwo kado sa a li ban nou, yon kado ki pa gen parèy li!

Chapit   |  Vèsyon
Mak 12:30

Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout lide ou, avèk tout fòs ou.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 27:4

Mwen mande Senyè a yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil anpil: Se pou m ta pase tout lavi m nan kay Senyè a, pou m ka gade bèl bagay li yo byen, pou m ka pran tan m pou m kalkile nan kay ki apa pou li a.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 9:2

(3) Se ou menm k'ap fè m chante, se ou menm k'ap fè kè m kontan. Bondye ki anwo nan syèl la, m'a chante lwanj ou.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 92:4

(5) Paske, Senyè, ou fè kè m kontan ak bèl mèvèy ou yo, m'ap fè fèt lè m wè tou sa w'ap fè.

Chapit   |  Vèsyon
Filipyen 1:6

Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l kontinye l jouk li va fini l nèt, lè jou Jezikri a va rive.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 121:7-8

Senyè a ap pwoteje ou pou anyen pa rive ou, li p'ap kite anyen rive ou.

L'ap pwoteje ou kit w'ap antre, kit w'ap sòti, depi kounyeya ak pou tout tan.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 91:16

M'ap fè l viv lontan, m'a fè l wè jan m'ap delivre l.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 21:4

(5) Li mande ou lavi, ou ba li l. Ou ba l yon lavi ki long, yon lavi ki p'ap janm fini.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 36:5

(6) Senyè, ou renmen nou anpil anpil. Ou toujou kenbe pawòl ou.

Chapit   |  Vèsyon
1 Kwonik 16:34

Lwanj pou Senyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou.

Chapit   |  Vèsyon
Ezayi 40:31

Men, Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 119:105

Pawòl ou se yon chandèl ki fè m wè kote m'ap mete pye m, se yon limyè k'ap klere chemen mwen.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 16:9

Lèzòm fè plan travay yo nan kè yo. Men, se Senyè a k'ap dirije sa y'ap fè a.

Chapit   |  Vèsyon
Galat 5:22-23

Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seryozite, li fè ou gen bon manyè.

Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 107:1

Lwanj pou Senyè a paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou!

Chapit   |  Vèsyon
2 Korent 5:17

Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo kounyeya.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 145:4

Papa va fè lwanj ou devan pitit yo pou tou sa ou te fè. Y'a rakonte tout bèl bagay ou fè yo.

Chapit   |  Vèsyon
Ezayi 41:10

Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.

Chapit   |  Vèsyon
Kolosyen 3:23-24

Nenpòt travay yo ban nou fè, fè l ak tout kè nou tankou si se pa pou lèzòm nou t'ap travay, men pou Senyè a.

Chonje byen: Senyè a gen pou ban nou rekonpans nou: l'ap ban nou eritaj li sere pou moun pa l yo. Paske, mèt n'ap sèvi tout bon an se Kris la.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 3:5-6

Mete tout konfyans ou nan Senyè a. Pa gade sou sa ou konnen.

Toujou chonje Senyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, la moutre ou chemen pou ou pran.

Chapit   |  Vèsyon
Women 12:2

Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l'a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 28:7

Senyè a ap pwoteje m, l'ap pran defans mwen. Mwen mete tout konfyans mwen nan li. Li ede m, kè m kontan. M'ap chante pou m fè lwanj li.

Chapit   |  Vèsyon
1 Pyè 4:10

Chak moun dwe pran kado Bondye ba yo a pou yo rann lòt yo sèvis. Konsa, tankou bon jeran, n'a pran kado Bondye yo, ki divès kalite, n'a fè yo travay.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 118:1

Fè lwanj Senyè a paske li bon. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!

Chapit   |  Vèsyon
Ebre 10:24-25

Se pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè yo, pou yonn ka ankouraje lòt nan sa ki byen.

Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, kounyeya pi plis pase anvan, paske nou wè jou Senyè a ap pwoche.

Chapit   |  Vèsyon
Efezyen 3:20

Tout lwanj lan se pou Bondye. Paske, ak pouvwa k'ap travay nan nou an, li kapab fè pi plis pase tou sa nou ka mande, pi plis pase tou sa nou ka mete nan lide nou.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 104:33-34

M'ap pase tout lavi m ap chante pou Senyè a. M'ap fè lwanj Bondye pandan tout tan m'ap viv la.

Mwen ta swete pawòl mwen fè l plezi, paske se li ki fè kè m kontan.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 145:18-19

Senyè a kanpe toupre moun k'ap rele l, toupre tout moun k'ap rele l ak tout kè yo.

L'ap bay tout moun ki gen krentif pou li sa yo ta renmen. Li tande lè y'ap rele l, l'ap delivre yo.

Chapit   |  Vèsyon
Women 8:28

Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l, pou byen tout moun li te fè lide rele.

Chapit   |  Vèsyon
Kolosyen 2:6-7

Se konsa, nou menm ki asepte Kris la pou Senyè nou an, se pou nou viv yon jan ki dakò ak li.

Se pou nou anrasinen nan li, se pou nou bati tout lavi nou sou li. Kenbe pi fèm toujou nan konfyans nou gen nan li, jan yo te moutre nou sa, san nou pa janm sispann di Bondye mèsi.

Chapit   |  Vèsyon
1 Tesalonisyen 5:16-18

Se pou kè nou toujou kontan.

Pa janm sispann lapriyè.

Di Bondye mèsi pou tout bagay. Se sa Bondye mande nou, nou menm ki mete konfyans nou nan Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon
Filipyen 4:4-7

Se pou nou toujou kontan nan lavi n'ap mennen ansanm nan Senyè a. M'ap repete l ankò: Fè kè nou kontan anpil.

Se pou tout moun konnen nou se moun ki gen bon kè. Senyè a ap vini anvan lontan.

Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l mèsi tou lè n'ap lapriyè.

Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l, bagay lèzòm pa ka konprann. La kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 15:15

Lè ou nan lafliksyon, chak jou se pwoblèm. Men, lè kè ou kontan, lavi se yon fèt pou ou.

Chapit   |  Vèsyon

Lapriyè bay Bondye

Bondye fidèl, Bondye tout-puisan! M'ap louwe w, ou jis, ou sen, ou merite tout glwa, tout lwanj. M'ap vini devan w, Papa, nan non Jezi, pou m di w mèsi pou tout ane sa yo mwen viv, pou tout eksperyans ou pèmèt mwen fè. Bondye, mwen konnen ou rekonpanse moun k'ap chache w. Mwen kriye nan pye w, ou te ede m nan moman difisil yo, ou mennen m kote m ye jodi a. Mèsi, Senyè, pou prezans ou, pou gidans ou, nan chemen difisil sa a, lè m te prèske abandone. Mèsi paske ou te la nan chak etap nan lavi m. Jan ou fidèl, jan ou renmen m! Mwen wè favè w, mwen wè ou pran swen m depi premye jou mwen te kòmanse mache avè w. Tout sa mwen rive fè, tout rèv mwen rive reyalize, se gras a pouvwa w, gras a mizèrikòd ou. Se poutèt sa, jodi a, devan tout zanmi m ak pwofesè m yo, mwen vle ba w glwa, mwen vle ba w onè. San ou, mwen pa t ap kapab. Tanpri, ban m sajès, ban m lanmou pou m byen jere tout sa ou ban mwen. Senyè, kenbe flanm pasyon an, angajman an, respè a ak senserite a nan kè m. Nan non Jezi. Amèn!