Sòm 4 - 1998 HaïtienneSÒM 4 Tout konfyans nan Bondye (1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David. 1 (2) Lè m rele ou, reponn mwen non, Bondye, ou menm k'ap fè m jistis! Lè m te nan tèt chaje, ou te vin ede m. Gen pitye pou mwen. Koute lapriyè mwen. 2 (3) Nou menm menm lèzòm, kilè n'a sispann trennen non m nan labou! Kilè n'a sispann renmen bagay ki pa vo anyen! Kilè n'a sispann kouri dèyè bagay ki pa vre! 3 (4) Pa bliye, se Senyè a ki chwazi m pou moun pa li. Senyè a tande m lè mwen rele l. 4 (5) Se pou nou tranble tèlman nou pè, se pou n sispann fè sa ki mal. Lè nou pou kont nou nan chanm nou, kalkile sou sa. Epi pe bouch nou. 5 (6) Ofri bèt Senyè a mande pou yo touye pou li. Mete konfyans nou nan li! 6 (7) Gen anpil moun k'ap di: — Jan nou ta renmen Bondye beni nou! Tanpri, Senyè, fè nou santi ou la avèk nou! 7 (8) Kontantman ou mete nan kè m pi gwo pase kontantman ki nan kè lèzòm lè yo gen anpil manje ak anpil bwason. 8 (9) Mwen moute kabann mwen ak kè poze. Kou m kouche, dòmi pran m. Senyè, se ou menm sèl ki p'ap janm kite anyen rive m. |
Haitian Creole DC Bible © Societé Biblique Haïtienne, 1998.
Haitian Bible Society