Jezi te toujou antoure ak zanmi l yo, li kite yon bèl egzanp pou nou swiv. Yon zanmi, se yon moun ki enpòtan anpil nan lavi nou. Bib la di nou: “De pi bon pase youn, paske si youn tonbe, lòt la ap ede l leve.” Se yon benediksyon, se yon privilèj pou w gen yon bon zanmi, yon vrè zanmi.
Yon zanmi, se tankou yon frè, yon sè nan moman difisil. Zanmi an konseye w, li kontan lè w reyisi, epi l' la avè w lè w nan lapenn. Yon zanmi toujou swete w byen, li vle w reyisi, li ede w pwoche bò kote Bondye.
Nan tout etap lavi a, ou ap toujou bezwen zanmi. Zanmi yo tounen fanmi nou. Se poutèt sa li enpòtan pou w konnen ou gen yon bon zanmi, yon zanmi ki sensè. Jan 15:13 di nou: “Pa gen pi gran lanmou pase lè yon moun bay lavi l pou zanmi l yo.”
Men, Senyè a gen bon kè tou: Jou malè, se li ki pwoteje pèp li. Li pran swen tout moun ki vin kache anba zèl li.
Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n soufri anpil sou latè. Men, pran kouray, lemonn deja pèdi devan mwen.
Nenpòt sitirasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m, gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouray.
Se pou nou vanyan. Se pou nou mete gason sou nou! Nou pa bezwen pè. Pa tranble lè yo parèt devan nou. Senyè a, Bondye nou an, kanpe la avèk nou. Li p'ap janm lage nou, li p'ap janm kite nou pou kont nou.
Se poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fòtèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite.
(23) Renmèt sò ou nan men Senyè a, l'a kenbe ou fèm. Li p'ap janm kite moun ki mache dwat devan li yo rete atè lè yo tonbe.
(3) Se ou menm ki twou wòch kote m kache a. Se ou menm ki sèvi m ranpa. Se ou menm ki delivre m. Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k'ap sove m. Se anba zèl ou mwen jwenn kote pou m kache.
Senyè a, se yon gwo ranpa byen solid. Se la moun k'ap mache dwat yo kouri al chache pwoteksyon.
(11) Moun rich konn manke manje, yo konn rete grangou. Men, moun k'ap chache fè volonte Senyè a p'ap manke anyen.
Se bò kote ou mwen vin kache. Jou malè w'ap delivre m. M'ap chante fè konnen jan ou pwoteje m.
Senyè a di: M'a louvri lespri ou sou anpil bagay. M'a moutre ou chemen pou ou swiv la. M'a ba ou bon konsèy. M'ap voye je sou ou.
Senyè a va pran devan ou, l'a kanpe la avè ou. Li p'ap janm lage ou, li p'ap kite ou pou kont ou: Ou pa bezwen pè. Ou pa bezwen tranble.
Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l mèsi tou lè n'ap lapriyè.
(5) Mwen te kriye nan pye Senyè a, li te reponn mwen. Li delivre m anba tout sa ki t'ap fè m pè yo.
Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.
Frè m yo, se pou nou santi nou kontan anpil lè nou wè nou tonbe anba nenpòt kalite eprèv.
Paske, nou konnen byen lè nou tonbe anba eprèv akoz konfyans nou gen nan Bondye, sa fè nou gen pasyans.
Men, fòk pasyans sa a fin fè travay li nèt pou nou kapab bon nèt sou tout pwen, byen devlope, san nou pa manke anyen.
Jezi reponn yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou te gen konfyans nan Bondye, si nou pat gen doutans nan kè nou, se pa sèlman sa k rive pye fig frans lan nou ta fè. Men, nou ta ka di mòn sa a: Wete kò ou la. Ale jete tèt ou nan lanmè. Sa ta fèt vre.
(2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.
(3) Se poutèt sa, nou te mèt wè tè a ap tranble, nou te mèt wè mòn yo ap chavire tonbe nan mitan lanmè, nou pa bezwen pè anyen.
(4) Nou te mèt wè lanm lanmè yo move, y'ap kimen, jouk mòn yo rive tranble lè lanmè a ap frape sou rivay la, nou pa bezwen pè.
Se Bondye ki delivre m! Mwen gen konfyans nan li. Kè m pa kase ankò! Se Senyè a ki tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m!
Se Senyè a k'ap veye sou ou, l'ap kanpe bò dwat ou tankou lonbray ou. Se li ki tout pwoteksyon ou.
Lajounen, solèy la p'ap fè ou anyen, lannwit, lalin lan p'ap fè ou anyen.
Senyè a ap pwoteje ou pou anyen pa rive ou, li p'ap kite anyen rive ou.
L'ap pwoteje ou kit w'ap antre, kit w'ap sòti, depi kounyeya ak pou tout tan.
(1b) Senyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m pè? Se Senyè a k'ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m tranble?
(10) Moun y'ap peze yo, se bò kote Senyè a yo jwenn pwoteksyon. Se la yo jwenn yon kote pou yo kache, lè yo nan tray.
(11) Moun ki konnen ou, Senyè, y'ap mete konfyans yo nan ou. Paske, ou pa lage moun k'ap chache ou.
Ann fè lwanj Bondye ki papa Jezikri, Senyè nou an, Papa ki gen kè sansib la, Bondye ki toujou la pou ban nou ankourajman an.
Li ankouraje nou nan tout lapenn nou, konsa nou menm tou nou ka ankouraje moun ki nan tout kalite lapenn lè n'a ba yo menm ankourajman nou te resevwa nan men li an.
Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l, pou byen tout moun li te fè lide rele.
Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou.
Senyè a ap pwoteje m, l'ap pran defans mwen. Mwen mete tout konfyans mwen nan li. Li ede m, kè m kontan. M'ap chante pou m fè lwanj li.
(2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.
— M'ap ban nou kè poze. M'ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p'ap fè li pou nou jan sa fèt dapre prensip ki nan lemonn. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè.
(17) Men, mwen rele Senyè a, Bondye mwen; l'a delivre mwen.
(18) Maten, midi, aswè, m'ap plenyen, m'ap plenn. L'a tande vwa mwen.
(19) L'a fè m viv ak kè poze, l'a delivre m nan batay m'ap mennen ak moun ki leve dèyè m yo. Yo te mèt anpil.
Jenn gason konn pèdi souf, yo konn bouke. Lè konsa, yo bite, yo tonbe.
Men, Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.
Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l mèsi tou lè n'ap lapriyè.
Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l, bagay lèzòm pa ka konprann. La kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri.
(1b) Mwen leve je m, mwen gade mòn yo, mwen di: — Ki bò m'a jwenn sekou?
Sekou mwen sòti nan men Senyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.
Pye fig frans yo te mèt pa donnen, pye rezen yo te mèt pa bay rezen, rekòt oliv yo te mèt pa bon, jaden yo te mèt pa bay manje, mouton yo te mèt mouri nan sèka yo, bèf yo te mèt mouri nan pak yo,
mwen menm, m'ap toujou kontan poutèt Senyè a. M'ap fè fèt pou Bondye k'ap delivre m lan.
Mwen kouche atè nan pousyè a! Ban m lavi ankò, jan ou te pwomèt la.
Mwen di ou tou sa m te fè, ou reponn mwen. Tanpri, moutre m tou sa ou vle m fè.
Se vre wi, frè m'yo. Mwen pa kwè mwen deja rive kote m' dwe rive a. Men mwen gen yon sèl bagay m'dwe fè: se bliye tout distans m'fin fè deja yo pou fikse lide mwen sou distans ki rete mwen an.
Konsa, m'ap kouri dwat devan m sou mak kote m prale a, pou m ka jwenn rekonpans Bondye rele m vin resevwa nan syèl la, gremesi Jezikri.
Paske mwen gen lasirans sa a, anyen pa ka fè nou pèdi lamou Kris gen pou nou an: kit se lavi, kit se lanmò, ni zanj yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, te mèt se tan jodi a, te mèt se tan k'ap vini yo,
ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki nan zantray tè a. Non, pa gen anyen nan tout kreyasyon an ki ka rive fè nou pèdi lamou Bondye fè nou wè li gen pou nou nan Jezikri, Senyè nou an.
Ou menm, Bondye, w'ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w'ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou!
Mete konfyans nou nan Bondye pou tout tan paske Senyè a ap toujou la pou pwoteje nou.
— Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou.
Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n'a viv ak kè poze.
Paske, jouk m'ap ban nou an fasil pou pote, chay m'ap ban nou an pa lou.
Kò m te mèt ap deperi, lespri m te mèt ap gaga, se ou menm menm, Bondye, ki tout fòs mwen, se ou menm ki tout mwen.
Se pou kè nou toujou kontan.
Pa janm sispann lapriyè.
Di Bondye mèsi pou tout bagay. Se sa Bondye mande nou, nou menm ki mete konfyans nou nan Jezikri.
Tout lwanj lan se pou Bondye. Paske, ak pouvwa k'ap travay nan nou an, li kapab fè pi plis pase tou sa nou ka mande, pi plis pase tou sa nou ka mete nan lide nou.
Se sa ki fè, pa chaje tèt nou pou denmen, paske denmen va gen zafè pa li. Chak jou gen kont chay pa yo.
Men, Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.
(10) Moun y'ap peze yo, se bò kote Senyè a yo jwenn pwoteksyon. Se la yo jwenn yon kote pou yo kache, lè yo nan tray.
Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l fè kè nou kontan nèt, pou l fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.
Se sa ki fè mwen pa janm dekouraje. Menm si kò mwen ap bese chak jou, men lespri m' rete toujou jenn.
Sa m'ap sibi kounyeya, se yon ti soufrans ki la pou pase. Men, soufrans sa a ap pare pou mwen yon bèl pouvwa k'ap la pou tout tan, pouvwa ki depase ti soufrans sa a anpil.
Paske, mwen p'ap konsidere bagay moun wè, men bagay moun pa wè. Sa moun wè, se bagay ki pa la pou lontan, men sa moun pa wè, se bagay ki la pou tout tan.
(4) Bondye ki anwo nan syèl la, lè mwen pè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.
(5) Mwen gen konfyans nan Bondye. M'ap fè lwanj pawòl li. Mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè m?
Nou pa manke kontan menm lè n'ap soufri.
Poukisa? Paske nou konnen lè n'ap soufri sa fè nou gen pasyans. Lè nou gen pasyans konsa, sa ban nou kouray pou nou soufri. Plis nou gen kouray, se plis nou gen espwa.
Espwa sa a p'ap janm twonpe nou, paske Bondye te fè nou wè jan l renmen nou lè li ban nou Sentespri li.
Lè n'ap pase sou lanmè, m'ap kanpe la avèk nou. Lè n'ap janbe gwo dlo, dlo a p'ap bwote nou ale. Lè n'ap mache nan mitan dife, dife p'ap boule nou. Flanm dife a p'ap fè nou anyen.
(12) Wi, poukisa mwen kagou konsa? Poukisa m'ap plenn konsa nan kè mwen? M'ap mete espwa m nan Bondye, paske mwen gen pou m fè lwanj li ankò. Se li k'ap delivre m, se li ki Bondye mwen.