Vèsè Biblik

Piblisite


Soukategori

111 Vèsè Biblik sou Aprantisaj

Chè mwen, li Pawòl Bondye a chak jou se pi bon fason pou w ka metrize l. Premye bagay pou w fè se pran yon bon moman, kote w ka dekonekte ak tout distraksyon. Chèche yon ti kwen pa w, kote se ou menm ak Sentespri a sèlman. Konsa, w ap wè pa gen anyen ki pou deranje w. Lè w fin jwenn kote pa w la, men sa pou w fè:

1) Li pawòl la awotvwa. Sa ap ede w kenbe l pi byen nan tèt ou. Ou ka repete l 2 a 3 fwa.

2) Ekri sa w li a. Sa ap ede w memorize l pi byen toujou, epi w ap vin pi familye ak li.

3) Medite sou li. Meditasyon se yon abitid tout kretyen dwe genyen.

Li enpòtan anpil pou w kenbe pawòl Bondye a nan kè w epi pou w aprann nan li. Toujou gen yon vèsè, yon chapit, oubyen yon liv ki pral make lavi w. Sonje byen, tout bagay senp depandan de volonte w ak sa w vle fè.


Pwovèb 1:5

Se pou moun ki gen konesans koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka mete sou sa yo konnen deja. Se pou moun ki gen lespri koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka konnen ki jan pou yo mennen bak yo pi byen,

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 4:7

Chache gen konesans, se premye bagay yon nonm lespri dwe fè. Nenpòt kisa ou ka genyen, bay li pou ou vin gen konprann.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 18:15

Moun lespri toujou ap chache gen plis konesans. Zòrèy moun konprann toujou pare pou li konnen plis toujou.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 119:66

Moutre m sa ki byen, louvri lespri m, ban m konesans, paske mwen gen konfyans nan kòmandman ou yo.

Chapit   |  Vèsyon
Eklezyas 7:12

Bon konprann pwoteje ou menm jan lajan ka fè l. Men, avantaj yon moun genyen lè li gen konesans avèk bon konprann, sa l konnen an ap fè l viv.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 2:6

Se Senyè a ki bay konesans. Pawòl ki sòti nan bouch li bay lespri ak konprann.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 32:8

Senyè a di: M'a louvri lespri ou sou anpil bagay. M'a moutre ou chemen pou ou swiv la. M'a ba ou bon konsèy. M'ap voye je sou ou.

Chapit   |  Vèsyon
Jak 1:5

Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremesi.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 9:9

Si ou pale ak yon moun ki gen bon konprann, w'ap fè l gen plis bon konprann toujou. Plis w'ap moutre yon nonm debyen, plis l'ap mete sou konesans li.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 119:105

Pawòl ou se yon chandèl ki fè m wè kote m'ap mete pye m, se yon limyè k'ap klere chemen mwen.

Chapit   |  Vèsyon
Women 15:4

Se konsa, tou sa ki te ekri nan Liv la depi nan tan lontan, yo te ekri yo pou moutre nou anpil bagay, wi, pou bagay nou jwenn ekri nan Liv la ka ban nou pasyans ak ankourajman pou n ka mete tout espwa nou nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon
Kolosyen 3:16

Se pou pawòl Kris la ak tout richès li yo rete fèm nan lavi nou. Se pou nou yonn aprann nan men lòt, se pou yonn konseye lòt ak anpil konprann. Se pou nou chante sòm, kantik ak tout lòt chante legliz pou di Bondye mèsi ak tout kè nou.

Chapit   |  Vèsyon
2 Timote 2:15

Fè jefò pou ou ka resevwa lwanj nan men Bondye tankou yon travayè ki pa wont travay li fè, yon travayè ki fè konnen pawòl verite Bondye a jan l ye a.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 10:14

Moun ki gen bon konprann toujou ap aprann. Men, lè moun san konprann ap pale, malè pa lwen.

Chapit   |  Vèsyon
Efezyen 5:15-16

Se sa ki fè, konnen ki jan pou n mennen tèt nou! Pa mennen tèt nou tankou moun ki sòt, men tankou moun ki gen konprann.

Pa kite okenn okazyon pase pou fè sa ki byen. Paske, jou sa yo n'ap viv la a pa bon menm.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 1:7

Krentif pou Bondye, se premye baz konesans. Moun fou pa konn valè konesans. Yo pase sa nan rizib.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 119:130

Esplikasyon nou jwenn nan pawòl ou klere lespri nou. Yo louvri lespri moun ki san konprann yo pou yo konprann.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 11:29

Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n'a viv ak kè poze.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 3:5-6

Mete tout konfyans ou nan Senyè a. Pa gade sou sa ou konnen.

Toujou chonje Senyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, la moutre ou chemen pou ou pran.

Chapit   |  Vèsyon
1 Korent 1:25

Paske, sa ki sanble yon bagay moun fou Bondye ap fè a, li pi bon konprann pase bon konprann lèzòm. Sa ki sanble yon feblès Bondye ap moutre, li pi fò pase fòs lèzòm.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 119:18

Louvri je m pou m ka wè bèl bagay ki nan lalwa ou la.

Chapit   |  Vèsyon
Ezayi 28:9

Y'ap pale sou mwen, y'ap di: Ki moun l'ap moutre tout bagay sa yo? Ki moun l'ap fè konprann sa Bondye fè l konnen an? Gen lè se pou timoun ki fenk sevre, timoun ki fenk kite tete?

Chapit   |  Vèsyon
Filipyen 4:9

Fè tou sa mwen te moutre nou, ni sa nou te resevwa nan menm m, ni sa nou te tande m di ak tou sa nou te wè m fè. Konsa, Bondye k'ap bay kè poze a va toujou la avè nou.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 15:14

Yon moun ki gen konprann toujou ap chache gen konesans. Men, moun sòt pran plezi nan pale koze san sans.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 119:97

Ala renmen mwen renmen lalwa ou la! Se tout lajounen m'ap kalkile sou li.

Chapit   |  Vèsyon
Ebre 5:12-14

Depi tout tan sa a, se pou n te fò deja tankou moun k'ap moutre nou yo. Men, okontrè, se bezwen nou bezwen toujou pou moun montre nou bagay ki pi fasil yo, premye konesans nan pawòl Bondye a. Se ti lèt nou bezwen bwè toujou, nou poko ka manje gwo manje.

Se timoun ki nan bwè lèt, paske timoun pa gen kont esperyans pou konnen sa ki bon ak sa ki pa bon.

Okontrè, se granmoun ki manje gwo manje, paske granmoun yo konn jije, yo konn fè diferans ant sa ki bon ak sa ki mal.

Chapit   |  Vèsyon
Eklezyas 12:12

Pitit mwen, men sa pou ou fè: Pran leson sou bagay sa yo. Si pou yo ta ekri anpil liv, yo pa ta janm fini. Lè ou etidye twòp, sa fè kè ou fè ou mal.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 4:13

Pa janm bliye sa yo te moutre ou, kenbe l fèm. Pa kite l chape anba men ou, se tout lavi ou.

Chapit   |  Vèsyon
Jòb 28:28

Apre sa, Bondye di moun konsa: — Gen krentif pou Bondye, se sa ki rele bon konprann. Vire do bay sa ki mal, men sa ki rele gen lespri.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 22:6

Bay yon timoun prensip li dwe swiv. Jouk li mouri, li p'ap janm bliye l.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 147:5

Senyè nou an gen pouvwa. Li gen anpil fòs. Konesans li pa gen limit.

Chapit   |  Vèsyon
2 Pyè 3:18

Okontrè, se pou nou grandi nan favè ak konesans Jezikri, Senyè nou ak Sovè nou. Se pou li tout lwanj la, kounyeya ak pou tout tan. Amèn.

Chapit   |  Vèsyon
Kolosyen 1:10

Konsa, n'a viv jan Bondye vle l la, n'a toujou fè sa ki fè l plezi. N'a fè tout kalite bon bagay, n'a grandi nan konesans Bondye.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 16:16

Pito ou gen bon konprann pase pou ou gen byen. Pito ou gen konesans pase ou gen lajan.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 119:72

Lalwa ou ban mwen an gen plis valè pou mwen pase tout richès ki sou latè.

Chapit   |  Vèsyon
Ezayi 40:28-31

Se konnen nou pa konnen? Kouman? Se di yo pa janm di nou sa? Senyè a se Bondye ki la pou tout tan an! Se li menm ki kreye tout latè. Li pa janm bouke, li pa konn pèdi souf. Pèsonn pa ka konprann lide li gen nan tèt li.

Lè yon moun pèdi souf, li ba li fòs. Lè yon moun febli, li ba l kouray ankò!

Yo vvwa rele byen fò, li di: — Pare chemen Senyè a nan dezè a. Louvri yon wout nan savann nan pou Bondye nou an.

Jenn gason konn pèdi souf, yo konn bouke. Lè konsa, yo bite, yo tonbe.

Men, Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 7:24-25

— Konsa, moun ki tande pawòl mwen fenk sot di a, epi ki fè sa mwen mande li fè a, l'ap tankou yon moun lespri ki bati kay li sou wòch.

Lapli tonbe, dlo desann, gwo van soufle sou kay la ak tout fòs. Kay la pa tonbe, paske yo te moute fondasyon kay la sou wòch.

Chapit   |  Vèsyon
Eklezyas 3:18-19

Mwen di nan kè mwen ankò: Bondye ap gade kote moun ye. L'ap fè yo wè yo pa pi bon pase zannimo.

Lè ou gade byen, sò moun ak sò zannimo, se menm bagay. Ni yonn, ni lòt gen pou mouri. Se menm souf la ki nan toulede. Moun pa gen okenn avantaj sou zannimo, paske lavi pa vo anyen ni pou yonn ni pou lòt.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 19:7-8

(8) Lalwa Senyè a bon sou tout pwen. Li moutre nou jan pou nou viv. Nou mèt gen konfyans nan kòmandman Senyè a. Tout moun ki pa gen konprann, l'ap ba yo konprann.

(9) Regleman Senyè a se bagay ki dwat. Moun ki swiv yo ap gen kè kontan. Kòmandman li yo klè. Yo louvri je moun.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 24:5

Pito ou gen bon konprann pase ou gen fòs. Wi, moun ki gen konesans vo plis pase moun ki grannèg.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 13:20

Fè zanmi ak moun ki gen konesans, ou menm tou w'a vin gen konesans. Fè zanmi ak moun ki san konprann, ou nan pwoblèm.

Chapit   |  Vèsyon
1 Pyè 5:10

Men, apre n'a fin soufri yon ti tan, Bondye li menm va rann nou bon nèt, l'a kenbe nou fèm, l'a ban nou fòs, l'ap fè nou kanpe san brannen. Paske Bondye bay tout kalite favè. Se li menm ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n te patisipe nan pouvwa li ki p'ap janm fini.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 25:4-5

Senyè, fè m konnen jan ou vle m viv la! Moutre m nan ki chemen ou vle pou m mache a!

Moutre m sa pou m fè pou m viv yon jan ki konfòm ak verite ou la, paske se ou menm ki delivrans mwen. Se sou ou mwen konte tout jounen.

Chapit   |  Vèsyon
Galat 6:7

Pa twonpe tèt nou. Moun pa ka pase Bondye nan betiz. Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 119:103

Ala dous pawòl ou yo dous anba lang mwen! Yo pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen.

Chapit   |  Vèsyon
Filipyen 2:12-13

Se konsa, zanmi m yo, nou tout nou te toujou obeyisan lè m te la avèk nou. Kounyeya m pa la ankò, se lè sa a pou n pi obeyisan: toujou fè jefò pou nou ka fin sove nèt, avèk krentif pou Bondye, avèk soumisyon devan li.

Paske, se Bondye menm k'ap travay ni nan volonte nou ni nan fòs nou pou fè nou fè jan lide li di li.

Chapit   |  Vèsyon
Ezayi 1:17

Manyè aprann fè sa ki byen! Chache fè sa ki dwat devan mwen! Pran defans moun y'ap kraze yo! Defann kòz ti òfelen san papa yo ak fanm ki pèdi mari yo.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 12:1

Moun ki renmen yo korije yo, se moun ki toujou vle konnen. Men, moun ki pa renmen yo rale zòrèy yo, se moun san konprann.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 37:30-31

Moun ki mache dwat devan Bondye bay bon konsèy. Se bon pawòl ase ki sòti nan bouch li.

Li kenbe lalwa Bondye a fèm nan kè li, li p'ap janm bite.

Chapit   |  Vèsyon
1 Korent 10:31

Se sa k fè, kit n'ap manje, kit n'ap bwè, nenpòt kisa n'ap fè, fè l pou sa sèvi yon lwanj pou Bondye.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 11:2

Kote ki gen lògèy wont pa lwen. Men, moun ki soumèt devan Bondye, se yo ki gen bon konprann.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 119:100

Mwen gen plis konprann pase granmoun cheve blan, paske mwen toujou swiv lòd ou yo.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 28:19-20

Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a.

Yo rete konsa, epi tè a pran tranble byen fò. Yon zanj Bondye desann sòti nan syèl la, li vini, li woule wòch la sou kote, lèfini li chita sou li.

Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.

Chapit   |  Vèsyon
Women 8:28

Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l, pou byen tout moun li te fè lide rele.

Chapit   |  Vèsyon
Efezyen 1:17

M'ap mande Bondye, Senyè nou an Jezikri, papa ki gen tout pouvwa a, pou li ban nou Lespri bon konprann pou moutre nou sa Bondye ap devwale nou an pou nou ka rive konnen li byen.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 19:20

Koute konsèy y'ap ba ou. Louvri zòrèy ou pou aprann. Konsa w'a gen bon konprann jouk ou mouri.

Chapit   |  Vèsyon
Jak 3:17

Pou konmanse, moun ki gen bon konprann ki sòti nan Bondye a ap fè volonte Bondye, l'ap viv byen ak tout moun, l'ap respekte tout moun, l'ap tande rezon, l'ap gen kè sansib, l'ap fè anpil anpil byen, li pa nan de fas ni nan ipokrit.

Chapit   |  Vèsyon
Kolosyen 3:2

Pa kite bagay ki sou latè pran tèt nou, mete lide nou sou bagay ki anwo nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon
1 Timote 4:15

Fè travay sa a ak anpil swen, bay tout tan ou pou li, pou tout moun ka wè jan w'ap fè pwogrè.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 119:34

Ban m lespri pou m ka obeyi lalwa ou, pou m fè sa l mande a ak tout kè mwen.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 16:21

Lè yon moun gen bon konprann, yo di li gen lespri. Lè ou byen pale, sa fè ou gen plis konesans.

Chapit   |  Vèsyon
Ebre 6:12

Mwen pa ta vle nou lage kò nou nan fè parès. Okontrè, se pou nou swiv egzanp moun ki gen konfyans yo, moun ki rete tann ak pasyans. Se poutèt sa yo te resevwa sa Bondye te pwomèt la.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 20:15

Lè moun konprann pale, sa gen plis valè pase kantite lò ak kantite pyè koute chè.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 119:111

Prensip ou yo se byen m pou tout tan, se yo ki fè kè m kontan.

Chapit   |  Vèsyon
Women 15:14

Frè m yo, mwen gen fèm konviksyon nou gen kont bon santiman nan kè nou, nou gen kont konesans sou nou pou yonn ka bay lòt konsèy.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 15:22

Lè ou pa pran konsèy, plan travay ou p'ap mache. Lè ou pran konsèy nan men anpil moun, ou mèt sèten travay ou ap mache byen.

Chapit   |  Vèsyon
1 Korent 2:12

Se pa lespri k'ap travay nan moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan nou te resevwa. Lespri nou resevwa a, se Lespri Bondye te voye ban nou an pou n te ka konnen tout favè Bondye te fè nou.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 119:86

Tout kòmandman ou yo se bagay ki sèten. Y'ap pèsekite m san rezon. Vin pote m sekou!

Chapit   |  Vèsyon
Galat 5:25

Se Lespri Bondye a ki ban nou lavi, se pou n kite li dirije lavi nou nan tout bagay.

Chapit   |  Vèsyon
2 Korent 10:5

lògèy ki anpeche lèzòm konn Bondye, m'ap kraze sa nèt. M'ap derasinen tout vye lide nan tèt lèzòm pou fè yo vin obeyi Kris.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 8:10-11

Pito ou chache gen bon konprann pase pou ou gen lajan. Pito ou chache gen konesans pase pou ou gen pi bon lò.

Paske, mwen menm Bon Konprann, mwen pi bon pase boul lò. Pa gen anyen ou ta renmen genyen ki ka konpare avè m.

Chapit   |  Vèsyon
1 Jan 2:27

Pou nou menm, Kris la te voye Sentespri a sou nou. Toutotan Sentespri a nan kè nou, nou pa bezwen pèsonn moutre nou anyen, paske Sentespri a ap moutre nou tout bagay. Sa l'ap moutre nou an se verite, se pa manti. Se poutèt sa, ann fè sa Sentespri a ap moutre nou, ann toujou fè yonn ak Kris la.

Chapit   |  Vèsyon
Ezayi 32:3-4

Je tout moun va louvri pou yo wè sa k'ap pase. Zòrèy tout moun va louvri pou yo konnen sa k'ap fèt nan peyi a.

Moun kè cho yo va pran san yo pou yo konprann anvan yo aji. Moun bege yo pral pale byen klè pou tout moun konprann.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 5:6

Benediksyon pou moun ki anvi viv jan Bondye vle l la, paske Bondye va ba yo sa yo vle a.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 141:5

Ou mèt kite yon moun ki mache dwat pini m. Ou mèt kite yon moun k'ap sèvi ou rale zòrèy mwen. Men, pa kite m patisipe nan okenn fèt mechan yo. Paske, lè m'ap lapriyè, m'ap toujou denonse sa y'ap fè ki mal.

Chapit   |  Vèsyon
Women 12:1

Se sa ki fè, frè mwen yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri nou tankou yon sakrifis apa bay Bondye, yon sakrifis vivan k'ap fè li plezi. Se sèl jan pou nou sèvi Bondye tout bon vre.

Chapit   |  Vèsyon
Eklezyas 7:19

Sa konesans fè pou yon moun, dis grannèg pa ka fè l pou yon lavil.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 2:3-5

Wi, pa janm sispann chache gen konesans. Mande pou ou gen bon konprann.

Kouri dèyè konesans tankou moun k'ap kouri dèyè lajan. Chache konesans tankou moun k'ap chache ja lajan.

Si ou fè tou sa, w'a konnen sa ki rele gen krentif pou Bondye. W'a resi konnen ki moun Bondye ye.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 146:5

Ala bon sa bon pou moun ki gen Bondye Jakòb la pou tout sekou l, pou moun ki mete tout espwa l nan Senyè a, Bondye li!

Chapit   |  Vèsyon
1 Timote 6:20-21

Timote monchè, veye byen sou sa yo te renmèt ou a. Pa pèdi tan ou nan diskou san sans ki pa dakò ak verite a, ni nan diskisyon pou bagay anpil moun pran pou konesans.

Gen moun ki konprann yo gen konesans sa a. Ale wè atò! Se kite yo kite chemen lafwa a. Benediksyon Bondye pou ou.

Chapit   |  Vèsyon
Filipyen 4:8

Pou fini, frè m yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou wont.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 13:1

Yon pitit gason ki gen bon konprann ap koute lè papa l ap rale zòrèy li. Men, moun k'ap pase moun nan betiz p'ap janm koute lè y'ap fè l obsèvasyon pou korije l.

Chapit   |  Vèsyon
Kolosyen 2:3

Se nan li tout richès ki nan bon konprann ak konesans Bondye a kache.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 119:58

M'ap mande ou favè sa a ak tout kè m: Tanpri, gen pitye pou mwen, jan ou te di l la.

Chapit   |  Vèsyon
Women 1:20

Se vre wi. Depi Bondye te fin kreye tout bagay, tout moun ki egzaminen travay li yo ka konprann ki kalite moun Bondye ye, bagay nou pa ka wè ak je nou: ki vle di, jan li gen yon pouvwa ki p'ap janm fini, jan li se Bondye tout bon. Se sa k fè moun sa yo pa gen eskiz menm.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 103:7

Li fè Moyiz konnen sa l te gen nan tèt li, li fè pitit Izrayèl yo wè mèvèy li yo.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 29:15

Baton ki korije timoun ap ba yo konprann. Men, timoun yo kite fè sa yo pito gen pou fè manman yo wont.

Chapit   |  Vèsyon
Galat 6:9

Pa janm bouke fè byen. Paske, si nou pa dekouraje, n'a rekòlte lè lè a va rive.

Chapit   |  Vèsyon
Eklezyas 1:18

Paske plis ou gen konprann, se plis ou nan tèt chaje. Plis ou konnen, se plis ou soufri.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 14:15

Yon moun sòt ap kwè tou sa yo di l. Men, moun ki gen konprann veye kote l'ap mete pye l.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 19:14

(15) Senyè, se ou ki twou wòch kote m kache a, se ou ki delivrans mwen, mwen mande ou pou pawòl ki sòti nan bouch mwen, ak lide k'ap travay nan tèt mwen fè ou plezi.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 119:151

Men, ou toupre m, Senyè. Tout kòmandman ou yo se bagay ki vre.

Chapit   |  Vèsyon
Women 10:17

Konsa, se lè ou tande mesay la ou vin gen konfyans. Mesay la, se pawòl Kris la y'ap anonse.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 77:6

(7) Mwen pase nwit ap repase chante yo, m'ap kalkile anpil nan kè m m'ap egzaminen, m'ap di:

Chapit   |  Vèsyon
1 Korent 3:18-19

Piga pèsonn twonpe tèt yo. Si yon moun mete nan lide l li gen bon konprann tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo, pito li vin fou pou l ka gen bon konprann tout bon.

Paske, bon konprann moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo, se foli sa ye devan Bondye. Paske men sa nou jwenn ki ekri nan Liv la: - Bondye pran moun lespri yo nan pwòp pèlen yo.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 119:164

Sèt fwa chak jou m'ap di ou mèsi pou jijman ou yo ki san patipri.

Chapit   |  Vèsyon
Detewonòm 6:5

Se pou nou renmen Senyè a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, avèk tout fòs kouray nou.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 18:1

(2) Ala renmen mwen renmen ou, Senyè! Se ou menm ki tout fòs mwen.

Chapit   |  Vèsyon
Lik 10:27

Nonm lan reponn: — Se pou ou renmen Mèt la, Senyè Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout fòs ou, ak tout entelijans ou. Se pou ou renmen pwochen ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.

Chapit   |  Vèsyon
Jozye 1:5

Pandan tout rès vi ou, pèsonn p'ap ka kenbe tèt ak ou. M'ap toujou kanpe la avèk ou, menm jan mwen te toujou la avèk Moyiz. Mwen p'ap vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou.

Chapit   |  Vèsyon
2 Kwonik 7:14

lè sa a si pèp ki pote non m lan lapriyè nan pye m, si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache m ankò, si yo vire do bay vye peche yo t'ap fè yo, m'ap tande yo nan syèl kote m ye a, m'ap padonnen peche yo, m'ap fè peyi a kanpe ankò.

Chapit   |  Vèsyon
Jak 2:23

Se konsa, pawòl ki te ekri nan Liv la rive vre: Abraram te mete konfyans li nan Bondye, epi Bondye fè l gras. Se sa k fè yo te rele Abraram zanmi Bondye.

Chapit   |  Vèsyon
Women 6:23

Peche peye kach, se lanmò li bay. Men kado Bondye bay gratis la, se lavi etènèl nan Jezikri, Senyè nou an.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 9:1

(2) M'a fè lwanj ou ak tout kè m, Senyè. M'a rakonte tout bèl mèvèy ou yo.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 4:4

Jezi reponn li: — Men sa ki ekri: Moun pa kapab viv ak manje ase. Yo bezwen tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye tou.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 150:6

Se pou tou sa ki gen souf fè lwanj Senyè a! Lwanj pou Senyè a!

Chapit   |  Vèsyon
Jan 13:34

Men, m'ap ban nou yon kòmandman nouvo: Se pou nou yonn renmen lòt. Wi, se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 34:1

(2) Se tout tan m'ap di Senyè a mesi, mwen p'ap janm sispann fè lwanj li.

Chapit   |  Vèsyon
Women 12:2

Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l'a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 103:1

(1b) Kite m di Senyè a mèsi! Kite m di Senyè ki pa tankou tout moun lan mèsi ak tout nanm mwen!

Chapit   |  Vèsyon

Lapriyè bay Bondye

Granmèt Lespri Sen, ou bèl anpil, ou se konsolatè mwen. Ou mennen m' nan tout verite a, ou moutre m' sa ki bon pou nanm mwen. Ou banm kouraj, ou fè m' wè kote m' ap fè fot, ou leve m' ak pawòl ou. Papa, nan non pitit ou renmen anpil la, Jezi, mwen vin devan ou pou m' mande w' pou w' netwaye lespri m' ak kè m', kounye a pandan m'ap prepare m' pou m' li pawòl ou. M'ap mande w' ranpli m' ak sajès pou m' ka konprann epi sere chak vèsè nan kè m'. Louvri je konpreyansyon mwen Senyè, pou m' ka aprann yo pa kè, Lespri Sen, pou m' ka di menm jan ak David "Mwen sere pawòl ou nan kè m' pou m' pa peche kont ou". M'ap mande w' yon lespri renouvle, mete lonksyon sou chak selil nan sèvo m', chak newòn pou yo ka kenbe pawòl ou yo san m' pa bliye anyen. Paske men sa ki ekri: "Temwayaj ou yo bèl anpil; se poutèt sa nanm mwen obsève yo. Lè ou esplike pawòl ou yo, ou klere lespri moun; ou fè moun ki pa konnen anyen yo konprann". Papa, m'ap mande w' pou lespri m' kenbe byen lekti jodi a, ansanm ak tout sa m' bezwen etidye. Mwen deklare pa gen okenn panse, ni bri k'ap deranje m' pou m' aprann byen san m' pa ajoute ni retire anyen nan pawòl ou yo. Gide m' Sentespri Bondye, nan non Jezi. Amèn!