Lè w panse ak pawòl Bondye a, ou jwenn yon kalm ou bezwen. Nan mitan tout batay ki ap pase nan tèt ou chak jou yo, pi bon fason pou w genyen viktwa se fikse lespri w sou Bib la.
Mwen ta di w kenbe Bib la fèm, fè l tounen youn nan liv ou pi renmen yo. Andan l, wap jwenn gidans, sajès, konesans, libète, restorasyon, ak anpil lòt bagay ankò.
Jodi a se jou a pou w reflechi sou sa k ap ranpli tèt ou, pou w debarase w de sa ki pa bon pou ou, epi pou w kite Bondye ranpli w pandan w ap medite sou pawòl li a.
ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki nan zantray tè a. Non, pa gen anyen nan tout kreyasyon an ki ka rive fè nou pèdi lamou Bondye fè nou wè li gen pou nou nan Jezikri, Senyè nou an.
Se pou nou renmen Senyè a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, avèk tout fòs kouray nou.
Moun ki gen Pitit la, yo gen lavi sa a tou. Men, moun ki pa gen Pitit Bondye a, yo pa gen lavi sa a nonplis.
— Mwen te konnen ou anvan menm mwen te ba ou lavi nan vant manman ou. Mwen te mete ou apa pou mwen anvan menm ou te fèt. Mwen te chwazi ou pou te pwofèt lòt nasyon yo.
Jezi gade yo nan je, li di yo konsa: — Moun pa ka fè sa, men Bondye ka fè l, paske pa gen anyen Bondye pa ka fè.
M'ap mete lòt santiman nan kè nou. M'ap mete lòt lide nan tèt nou. M'ap wete tèt di nou an, m'ap fè nou tande lè m pale nou.
(15) Senyè, se ou ki twou wòch kote m kache a, se ou ki delivrans mwen, mwen mande ou pou pawòl ki sòti nan bouch mwen, ak lide k'ap travay nan tèt mwen fè ou plezi.
M'ap kalkile sa ou ban nou lòd fè. M'ap egzaminen chemen ou mete devan nou. Moun ki sòti pou touye m yo pwoche bò kote m. Se moun sa yo ki vire do bay lalwa a depi lontan. Men, ou toupre m, Senyè. Tout kòmandman ou yo se bagay ki vre. Gen lontan depi mwen konnen prensip ou yo. Yo la pou tout tan. Gade nan ki mizè mwen ye. Delivre m non, paske mwen pa janm bliye lalwa ou! Defann kòz mwen, delivre m. Ban m lavi ankò, jan ou te pwomèt la. Mechan yo p'ap janm sove, paske yo p'ap chache konnen sa ou vle yo fè. Senyè, ou pa manke gen kè sansib! Ban m lavi ankò, jan ou te deside l la. Mwen gen anpil moun ki pa vle wè m. Mwen pa janm mete prensip ou yo sou kote. Lè m'ap gade bann trèt sa yo, sa ban m degoutans, paske se pa moun k'ap obeyi pawòl ou. Gade jan m renmen lòd ou yo, Senyè! Ban m lavi ankò, paske ou renmen m. Mwen pran tout plezi m nan fè sa ou mande. Mwen p'ap bliye pawòl ou yo.
Se pou pawòl ki nan liv lalwa a toujou nan bouch ou. Se pou w'ap kalkile yo nan tèt ou lajounen kou lannwit, pou ou ka viv dapre sa ki ekri nan liv la. Se konsa w'a mennen bak ou byen. Tout zafè ou va mache byen.
men ki pran tout plezi l nan lalwa Senyè a, k'ap repase l nan tèt li lajounen kou lannwit. Li tankou yon pyebwa yo plante bò kannal dlo: Li donnen lè sezon l rive. Fèy li p'ap janm fennen. Tou sa l fè sòti byen.
Se paske li renmen nou kifè li delivre nou, nou menm ki mete konfyans nou nan li. Sa pa sòti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban nou.
Kris la te pote peche nou yo nan kò li sou bwa a, pou nou te kapab mouri annegad peche, pou nou te ka viv dwat devan Bondye. Li te kite yo maltrete l pou l te ka geri nou.
Rele m, m'a reponn ou. M'a fè ou konnen yon bann gwo bagay, yon bann mèvèy ou pat janm konnen.
Pou fini, frè m yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou wont.
Mwen chonje tan lontan, m'ap kalkile tou sa ou te fè. Tou sa ou te fè yo vin nan tèt mwen ankò.
(13) M'ap kalkile tout sa ou te fè yo, m'ap egzaminen tout gwo bagay estraòdinè ou te fè yo!
Pitit mwen, louvri lespri ou pou ou konprann byen sa m'ap di ou la a. Louvri zòrèy ou pou ou koute pawòl k'ap sòti nan bouch mwen. Pa janm kite yo sòti devan je ou. Kenbe yo nan kè ou. Pa janm bliye yo. Se lavi pou moun ki jwenn yo. Se lasante pou tout moun ki konprann yo.
Ou menm, Bondye, w'ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w'ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou!
(11) Li di: — Rete la! Sispann goumen! Konnen se mwen menm ki Bondye. Se mwen k'ap donminen sou tout nasyon yo. Se mwen k'ap donminen sou tout latè.
Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l'a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale.
Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou.
Mete tout konfyans ou nan Senyè a. Pa gade sou sa ou konnen. Toujou chonje Senyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, la moutre ou chemen pou ou pran.
Pawòl ou se yon chandèl ki fè m wè kote m'ap mete pye m, se yon limyè k'ap klere chemen mwen.
Men, Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.
(2) Se sou Bondye sèlman mwen konte, se li menm ki pou delivre mwen. (11) Pa mete konfyans nou nan fè britalite. Pa mete nan tèt nou nou ka genyen anyen nan vòlò. Lè nou wè n'ap fè lajan, pa kite l pran nanm nou. (12) An de fwa, men sa m tande Bondye di: — Se nan men m pouvwa rete. (13) Wi, Senyè, ou gen bon kè, paske w'ap bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. (3) Se li menm ase k'ap pwoteje m, k'ap delivre m. Se li ki tout defans mwen. Li p'ap janm kite anyen rive m.
Mwen mete konfyans mwen nan ou. Depi granmaten, fè m chonje jan ou renmen m anpil. Se ou menm m'ap lapriyè. Moutre m chemen pou m pran an.
Rete dousman devan Senyè a, pran san ou. Tann li fè sa l gen pou l fè a. Pa fè kòlè lè ou wè moun gen zafè yo ap mache byen. Lè ou wè moun reyalize tout move lide yo gen nan tèt yo.
Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l mèsi tou lè n'ap lapriyè. Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l, bagay lèzòm pa ka konprann. La kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri.
Pawòl Bondye a se pawòl ki gen nanm, li gen pouvwa. Li file pase kouto famasi. Li ka koupe jouk li jwenn kote nanm ak lespri kontre fè yonn, jouk kote vyann ak mwèl rankontre. Li jije tout santiman ak tout lide ki nan kè moun.
lògèy ki anpeche lèzòm konn Bondye, m'ap kraze sa nèt. M'ap derasinen tout vye lide nan tèt lèzòm pou fè yo vin obeyi Kris.
— Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou. Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n'a viv ak kè poze. — Eske se ou ki moun nou konnen ki gen pou vini an, osinon eske nou dwe tann yon lòt? Paske, jouk m'ap ban nou an fasil pou pote, chay m'ap ban nou an pa lou.
Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seryozite, li fè ou gen bon manyè. Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo.
Lide pa m pa menm ak lide pa nou. Chemen pa nou pa menm ak chemen pa m. Se Senyè a menm ki di sa. Menm jan syèl la byen lwen anwo latè, se konsa lide pa m byen lwen anwo lide pa nou, chemen pa m byen lwen chemen pa nou.
Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l fè kè nou kontan nèt, pou l fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.
Senyè, moutre m jan ou vle m viv la. M'a toujou obeyi ou nan tout sikonstans. Moutre m jan pou m sèvi ou avèk krentif.
Si nou rekonèt peche nou devan Bondye, nou mèt gen konfyans nan li. L'ap fè sa ki dwe fèt la: l'a padonnen tout peche nou, l'a netwaye nou anba sa ki mal.
Pa mete nan tèt ou ou gen plis konprann pase sa. Gen krentif pou Senyè a, refize fè sa ki mal.
Esplikasyon nou jwenn nan pawòl ou klere lespri nou. Yo louvri lespri moun ki san konprann yo pou yo konprann.
Tout lwanj lan se pou Bondye. Paske, ak pouvwa k'ap travay nan nou an, li kapab fè pi plis pase tou sa nou ka mande, pi plis pase tou sa nou ka mete nan lide nou.
Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l, pou byen tout moun li te fè lide rele.
Moun ki pa fè kòlè fasil, se moun ki gen bon konprann. Men, moun ki gen san wo fè wè jan li sòt.
Se pou kè nou toujou kontan. Pa janm sispann lapriyè. Di Bondye mèsi pou tout bagay. Se sa Bondye mande nou, nou menm ki mete konfyans nou nan Jezikri.
(1b) Kite m di Senyè a mèsi! Kite m di Senyè ki pa tankou tout moun lan mèsi ak tout nanm mwen! Li pa aji ak nou jan nou ta merite l la, li pa pini nou jan l ta dwe pini nou. Menm jan syèl la byen lwen anwo tè a, se konsa Senyè a renmen moun ki gen krentif pou li. Menm jan kote solèy leve a byen lwen ak kote solèy kouche a, se konsa li wete peche nou yo, li voye yo jete byen lwen nou. Menm jan yon papa sansib pou pitit li, se konsa Senyè a sansib pou moun ki gen krentif pou li. Li konnen ak kisa nou fèt, li chonje se pousyè tè nou ye. Lèzòm menm, lavi yo tankou zèb. Yo grandi, yo fleri tankou flè savann. Kou van soufle sou yo, yo disparèt. Pèsonn pa rekonèt kote yo te ye a. Men renmen Bondye pou moun ki gen krentif pou li yo, se bagay ki la pou tout tan. L'ap gen pitye pou pitit pitit yo, pou moun ki kenbe pawòl yo ak li, pou moun ki chonje kòmandman li yo pou obeyi yo. Senyè a mete fòtèy li anwo nan syèl la, l'ap gouvènen tout bagay. Wi, kite m di Senyè a mèsi. Mwen pa dwe janm bliye tout byen li fè pou mwen. Nou menm zanj li yo ki vanyan, ki gen fòs, nou menm k'ap fè tou sa li mande nou fè, nou menm k'ap koute sa l'ap di nou, fè lwanj Senyè a! Nou tout ki fè pati lame ki nan syèl la, nou tout k'ap sèvi l, k'ap fè volonte li, di Senyè a mèsi! Nou tout kreyati Bondye, nou tout ki toupatou kote l'ap gouvènen, di Senyè a mèsi! Wi, kite m di Senyè a mèsi! Li padonnen tout peche m yo, li geri tout maladi m yo. Li wete m nan bouch twou a. Li beni m, li fè m wè jan li renmen m, jan li gen pitye pou mwen. Li kouvri m ak benediksyon pandan tout lavi m, li fè m rete jenn ak tout fòs mwen, tankou malfini.
Se pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè yo, pou yonn ka ankouraje lòt nan sa ki byen. Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, kounyeya pi plis pase anvan, paske nou wè jou Senyè a ap pwoche.
(2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.
Yon bon repons dous ap kalme yon moun ki ankòlè. Men, si ou reponn li rèd, w'ap fè l pi eksite.
— Se limyè nou ye pou moun sou latè. Moun pa kapab kache yon lavil ki bati sou yon mòn. Ni yo pa limen lanp pou mete li anba tab. Men yo mete li sou etajè pou li klere tout moun nan kay la. Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n'ap fè yo, y'a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.
Pandan n'ap tann lan, fè kè n kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè.
(23) Renmèt sò ou nan men Senyè a, l'a kenbe ou fèm. Li p'ap janm kite moun ki mache dwat devan li yo rete atè lè yo tonbe.
Men, Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa, di pèp la: Tounen vin jwenn mwen, bay kè ou repo, se la delivrans ou ye. Kenbe tèt ou anplas, fè mwen konfyans, se la fòs ou ye. Men nou pa te vle.
Se sa k fè, kit n'ap manje, kit n'ap bwè, nenpòt kisa n'ap fè, fè l pou sa sèvi yon lwanj pou Bondye.
Senyè a pou mwen, mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè m? Se Senyè a k'ap ede mwen. Se konsa m'ap kanpe gade moun ki rayi m yo.
Pa kite okenn move pawòl sòti nan bouch nou. Pale bon koze ki ka ede lòt yo grandi nan konfyans Bondye, koze ki ka ede yo lè yo nan move pa. Konsa, se yon byen n'a fè pou moun k'ap tande nou yo.
(6) Paske, lè li ankòlè, se pou yon ti tan. Men, li ban nou favè l pou tout tan n'ap viv. Lannwit nou kriye, Kou l jou, kè nou kontan.
Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou.
Kote ki gen renmen, pa gen kè kase. Okontrè, lè nou renmen tout bon, si kè nou te kase, li pa kase ankò. Konsa, yon moun ki pè toujou, li poko fin renmen nèt. Paske si ou pè, se paske ou pè chatiman.
(4) Lè m'ap gade syèl la byen ou fè ak pwòp men ou Lalin ak zetwal ou mete ladan li, (5) m'ap mande: — Kisa lèzòm ye pou ou chonje yo konsa? Kisa yo ye menm pou ou pran ka yo konsa?
— Mande, y'a ban nou. Chache, n'a jwenn. Frape, y'a louvri pou nou. Paske, nenpòt moun ki mande va resevwa. Moun ki chache va jwenn. Y'a louvri pou moun ki frape.
Mezanmi, pa tire revanj. Men kite kòlè Bondye fè travay li. Paske men sa ki ekri nan Liv la: Se mwen sèl ki gendwa tire revanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se Bondye menm ki di sa.
Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.
Nou tout nou fè pati pèp Bondye a: se li menm ki te renmen nou, ki te chwazi nou pou n ka viv pou li. Se poutèt sa, se pou nou gen kè sansib anpil, pou n aji byen yonn ak lòt, san lògèy, avèk anpil dousè, anpil pasyans.
Kounyeya, paske nou gen konfyans nan Bondye, Bondye fè nou gras, n'ap viv san kè sote ak Bondye, gremesi Jezikri, Senyè nou an. Nou te lènmi ak Bondye lè Pitit Bondye a mouri pou l te fè nou byen ak Bondye ankò. Kounyeya nou se zanmi Bondye, nou pa bezwen mande si lavi Pitit Bondye a p'ap delivre nou. Epi se pa sa sèlman. Nou jwenn tout plezi nou nan Bondye, gremesi Jezikri, Senyè nou an, ki fè nou byen ak Bondye ankò depi kounyeya. Se poutèt yon sèl moun kifè peche antre nan lemonn. Peche louvri pòt bay lanmò. Se konsa, lanmò vin pou tout moun, paske tout moun peche. Peche te deja nan lemonn bèldriv anvan lalwa Moyiz la. Men paske pa te gen lalwa, Bondye pa te pran sanksyon kont peche. Men, sòti nan tan Adan rive nan tan Moyiz, lanmò te donminen sou tout moun, malgre yo pat fè peche tankou Adan ki te dezobeyi Bondye. Adan, se te pòtre moun ki te gen pou vini an. Men, peche Adan an pa menm bagay ak kado Bondye bay pou gremesi a. Se fòt yon sèl moun ki lakòz yon bann lòt moun mouri. Men, favè Bondye a gen plis pouvwa toujou. Gremesi yon sèl moun, Jezikri, Bondye bay anpil moun yon kado ki pi gwo toujou. Gen yon lòt diferans ankò ant kado Bondye a ak konsekans peche Adan an. Apre yon sèl moun te fin peche, lè yo jije moun, yo tout tonbe anba kondannasyon. Men, apre tout kantite peche moun fè, Bondye fè yo yon favè, li fè yo gras. Se vre wi. Poutèt peche yon sèl moun, lanmò te donminen akòz li menm sèlman. Men, gremesi yon sèl moun tou, Jezikri, nou jwenn plis toujou: tout moun ki resevwa favè Bondye a an kantite, tout moun ki resevwa kado Bondye a lè li fè yo gras, yo gen pou yo viv, pou yo donminen akòz Kris la. Se sa k fè menm jan fòt yon sèl moun lakòz tout moun kondannen, konsa tou gremesi yon sèl moun ki mache dwat devan Bondye, tout moun delivre anba jijman kondannasyon, yo jwenn lavi. Si dezobeyisans yon sèl moun lakòz yon foul moun peche, konsa tou, obeyisans yon sèl moun lakòz Bondye va fè anpil moun gras. Paske nou gen konfyans nan li, Jezi fè nou antre nan favè Bondye. Epi n'ap kenbe fèm kote nou kanpe a. Nou pa manke kontan paske nou gen espwa resevwa pa nou nan pouvwa Bondye a ansanm avèk li.
Yon moun te mèt fè tout kalite lide nan tèt li. Men, sa Senyè a vle a, se sa ki pou rive.
Konsa, nou la nan mitan foul moun sa yo ki te moutre jan yo te gen konfyans nan Bondye. Ann voye tout bagay k'ap antrave kous nou jete byen lwen, ansanm ak peche a ki fasil pou vlope nou. Ann kouri avèk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an.
(12) O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m sa kenbe fèm.
Pou fini, chache fòs nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Senyè a ak nan gwo pouvwa li. Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan.
Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, prèt k'ap sèvi wa a, nasyon k'ap viv apa pou Bondye, pèp li peye pou li a. Li fè tou sa, pou nou te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a.
Lè n'ap pase sou lanmè, m'ap kanpe la avèk nou. Lè n'ap janbe gwo dlo, dlo a p'ap bwote nou ale. Lè n'ap mache nan mitan dife, dife p'ap boule nou. Flanm dife a p'ap fè nou anyen.
(1b) Mwen leve je m, mwen gade mòn yo, mwen di: — Ki bò m'a jwenn sekou? Sekou mwen sòti nan men Senyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.
Se pou pawòl Kris la ak tout richès li yo rete fèm nan lavi nou. Se pou nou yonn aprann nan men lòt, se pou yonn konseye lòt ak anpil konprann. Se pou nou chante sòm, kantik ak tout lòt chante legliz pou di Bondye mèsi ak tout kè nou.
Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l kontinye l jouk li va fini l nèt, lè jou Jezikri a va rive.
Pa lage okenn pati nan kò nou nan peche, pou peche a pa sèvi avè l pou fè sa ki mal. Okontrè, tankou moun ki delivre anba lanmò epi k'ap viv, ann lage kò nou nan men Bondye. Wi, mete tout pati nan kò nou nan men Bondye pou l ka sèvi ak yo pou fè sa ki byen.
pou m'bay moun Siyon ki nan lafliksyon yo kè kontan nan plas lapenn yo, kontantman nan plas kè sere yo. Yon chante remèsiman nan bouch yo nan plas yon chante lapenn. Yo pral grandi tankou gwo pyebwa nan jaden Senyè a te plante ak men li. Yo pral fè sa ki dwat devan Bondye pou tout moun ka fè lwanj bèl pou vwa li.
(11) Moun ki konnen ou, Senyè, y'ap mete konfyans yo nan ou. Paske, ou pa lage moun k'ap chache ou.
Se sa ki fè mwen pa janm dekouraje. Menm si kò mwen ap bese chak jou, men lespri m' rete toujou jenn. Sa m'ap sibi kounyeya, se yon ti soufrans ki la pou pase. Men, soufrans sa a ap pare pou mwen yon bèl pouvwa k'ap la pou tout tan, pouvwa ki depase ti soufrans sa a anpil. Paske, mwen p'ap konsidere bagay moun wè, men bagay moun pa wè. Sa moun wè, se bagay ki pa la pou lontan, men sa moun pa wè, se bagay ki la pou tout tan.
(1b) Si se pa Senyè a ki bati kay la, travay moun k'ap bati yo pa vo anyen. Si se pa Senyè a k'ap pwoteje lavil la, travay moun k'ap veye yo pa vo anyen.
Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n'a viv ak kè poze.
Se tankou lawouze ki sòti sou mòn Emon, k'ap desann sou mòn Siyon yo. Se la Senyè a pwomèt pou l bay benediksyon l, lavi ki p'ap janm fini an.
Se pou nou toujou kontan nan lavi n'ap mennen ansanm nan Senyè a. M'ap repete l ankò: Fè kè nou kontan anpil.
Tou sa ki ekri [ nan liv la ] se Bondye ki enspire yo. Yo itil pou moutre verite, pou konbat erè, pou korije, pou moutre jan pou viv dwat. Konsa, yon moun k'ap sèvi Bondye, li tou pare, li gen tou sa li bezwen pou l fè tou sa ki byen.