Biblia Todo Logo
Vèsè Biblik
- Piblisite -


109 Vèsè Biblik pou Sonje

109 Vèsè Biblik pou Sonje

Zanmi mwen, si w gen lafwa nan Bondye, tout bagay posib. Bib la di nou tout bagay posib nan Kris ki ban nou fòs.

Bondye ba w kapasite pou w memorize pawòl li, li retire tout limit nan lespri w, epi l ap kòmanse mete w devan defi pou w wè kijan w ka reyisi.

Yon rezon enpòtan pou w grave pawòl Bondye nan panse w, se lè lènmi an vle pale nan konsyans ou, w ap kapab defann sa w deja genyen anndan w.

Fè pawòl la pran vi nan lavi w, pou l fòme yon gwo fòtrès, Satan p ap jwenn kote pou l febli w.

Bondye vle pou tout sa w di dirije pa volonte l, epi w ap konnen volonte l lè w aprann plis nan ekriti sakre yo.




Sòm 5:12

(13) Paske ou menm Senyè, ou beni moun ki obeyi ou. Ou kouvri yo avèk favè ou, w'ap kanpe bò kote yo pou pran defans yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jozye 1:9

Chonje lòd mwen te ba ou! Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje! Ou pa bezwen tranble, ou pa bezwen pè, paske Senyè a, Bondye ou la, ap toujou kanpe la avèk ou kote ou pase.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 11:28

— Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 41:10

Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 108:3

(4) Senyè, m'a fè lwanj ou nan mitan pèp yo! M'a chante pou ou nan mitan tout nasyon yo!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 3:16

Bondye sitèlman renmen lèzòm, li bay sèl pitit li a pou yo. Konsa, moun ki mete konfyans yo nan li, yo p'ap peri. Okontrè, y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 91:11

Bondye ap pase zanj li yo lòd pou yo veye sou ou, pou yo pwoteje ou kote ou pase.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 13:4

Moun ki gen lamou, li gen pasyans, li gen bon kè. Li pa anvye sò moun. Li pa nan fè grandizè. Li pa nan moute kòlèt sou moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 23:1

(1b) Senyè a se gadò mwen, mwen p'ap janm manke anyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 89:1

(2) Senyè, mwen p'ap janm sispann chante pou fè konnen jan ou renmen nou. Se tout tan m'a fè konnen jan ou se moun ki kenbe pawòl ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 12:27

Gade ki jan flè raje yo pouse: yo pa travay, yo pa fè rad. Men, m'ap di nou sa: Wa Salomon ki wa Salomon, ak tout richès li yo, li pat gen bèl rad tankou yonn nan flè sa yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 61:2

(3) Kè m kase, mwen lwen lakay mwen. M'ap rele ou. Tanpri, mennen m al chache pwoteksyon sou wòch kote mwen pa ka rive a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:28

Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l, pou byen tout moun li te fè lide rele.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 40:31

Men, Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:13

Nenpòt sitirasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m, gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouray.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:105

Pawòl ou se yon chandèl ki fè m wè kote m'ap mete pye m, se yon limyè k'ap klere chemen mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 3:5-6

Mete tout konfyans ou nan Senyè a. Pa gade sou sa ou konnen. Toujou chonje Senyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, la moutre ou chemen pou ou pran.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 4:19

Pou nou menm, nou gen renmen nan kè nou, paske Bondye te renmen nou anvan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 6:33

Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 46:1

(2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:2

Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l'a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 5:22-23

Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seryozite, li fè ou gen bon manyè. Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 5:17

Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo kounyeya.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 34:18

(19) Senyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 11:1

Lè yon moun di li gen konfyans nan Bondye, sa vle di li sèten li gen pou li resevwa sa l'ap tann lan. Li gen konviksyon bagay nou pa ka wè ak je nou, yo egziste tout bon vre.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 37:4

Si se nan Senyè a ou pran tout plezi ou, l'a ba ou tou sa ou ta renmen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 2:8-9

Se paske li renmen nou kifè li delivre nou, nou menm ki mete konfyans nou nan li. Sa pa sòti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban nou. Non, nou pa fè anyen pou sa. Konsa, pèsonn pa ka vante tèt yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:6-7

Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l mèsi tou lè n'ap lapriyè. Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l, bagay lèzòm pa ka konprann. La kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 18:10

Senyè a, se yon gwo ranpa byen solid. Se la moun k'ap mache dwat yo kouri al chache pwoteksyon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:11

Mwen sere pawòl ou nan kè mwen pou mwen pa peche kont ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 5:7

Lage tout tèt chaje nou yo ba li, paske l'ap pran swen nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 139:14

M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 26:3

Ou menm, Bondye, w'ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w'ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 15:13

Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l fè kè nou kontan nèt, pou l fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 10:13

Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p'ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, l'a ban nou fòs pou nou ka sipòte l, pou nou ka sòti anba li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 28:20

Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 12:25

Tèt chaje kraze kouray yon moun. Men, yon bon pawòl fè kè l kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 1:5

Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremesi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 100:4

Antre nan Tanp li, di l mèsi! Antre kote ki apa pou li a, chante pou li! Wi, fè lwanj li, di l mèsi!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 10:9

Si ou deklare ak bouch ou devan tout moun Jezi se Senyè a, si ou kwè tout bon nan kè ou Bondye te fè l leve sòti vivan pami mò yo, w'a sove.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 4:32

Okontrè, se pou nou aji byen yonn ak lòt, se pou nou gen bon kè yonn pou lòt, pou nou yonn padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:36

Fè m pi anvi swiv prensip ou yo pase pou m anvi gen lajan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:2

Pa kite bagay ki sou latè pran tèt nou, mete lide nou sou bagay ki anwo nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 4:12

Pawòl Bondye a se pawòl ki gen nanm, li gen pouvwa. Li file pase kouto famasi. Li ka koupe jouk li jwenn kote nanm ak lespri kontre fè yonn, jouk kote vyann ak mwèl rankontre. Li jije tout santiman ak tout lide ki nan kè moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 55:22

(23) Renmèt sò ou nan men Senyè a, l'a kenbe ou fèm. Li p'ap janm kite moun ki mache dwat devan li yo rete atè lè yo tonbe.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 1:6

Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l kontinye l jouk li va fini l nèt, lè jou Jezikri a va rive.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 2:20

Se sa ki fè, viv m'ap viv koulyeya, se pa mwen k'ap viv, men se Kris k'ap viv nan mwen: Lavi sa a m'ap viv la, m'ap viv li nan konfyans mwen gen nan Pitit Bondye a ki sitèlman renmen mwen, li bay lavi li pou mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 51:10

(12) O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m sa kenbe fèm.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 6:23

Peche peye kach, se lanmò li bay. Men kado Bondye bay gratis la, se lavi etènèl nan Jezikri, Senyè nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 1:7

Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:16

Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n'ap fè yo, y'a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 19:14

(15) Senyè, se ou ki twou wòch kote m kache a, se ou ki delivrans mwen, mwen mande ou pou pawòl ki sòti nan bouch mwen, ak lide k'ap travay nan tèt mwen fè ou plezi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 16:3

Mande Senyè a pou l beni tout travay w'ap fè, w'ap reyisi nan tou sa w'ap fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 6:10-11

Pou fini, chache fòs nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Senyè a ak nan gwo pouvwa li. Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 1:9

Si nou rekonèt peche nou devan Bondye, nou mèt gen konfyans nan li. L'ap fè sa ki dwe fèt la: l'a padonnen tout peche nou, l'a netwaye nou anba sa ki mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 118:24

Ala yon bèl jounen Senyè a ban nou! Ann pase jounen an ap fè fèt, ann fè kè nou kontan!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 53:5

Men, se pou peche nou kifè yo te mete san l deyò konsa. Se akòz mechanste nou kifè yo te kraze l anba kou konsa. Chatiman ki te pou nou an se sou li li tonbe. Se konsa li ban nou kè poze. Avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 2:5

Se pou nou yonn gen pou lòt menm santiman ki te nan Jezi Kris la:

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:31

Kisa n'a di ankò sou pwen sa a? Si Bondye pou nou, kilès ki ka kont nou?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:165

Moun ki renmen lalwa ou la ap viv ak kè poze. Pa gen anyen ki pou fè yo bite.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 3:23

Nenpòt travay yo ban nou fè, fè l ak tout kè nou tankou si se pa pou lèzòm nou t'ap travay, men pou Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 6:19-21

— Pa anpile richès nou isit sou latè, kote vè ak lawouj ap manje yo, kote vòlè kapab vòlè yo pote ale. — Se sa ki fè tou, lè w'ap bay yon moun ki nan nesesite kichòy, ou pa bezwen fè tout moun wè sa, tankou ipokrit yo fè l nan sinagòg ak nan lari. Yo fè sa pou moun ka fè lwanj yo. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo. Okontrè, anpile richès nou nan syèl la. Paske la pa gen vè ni lawouj ki pou manje yo, ni vòlè ki pou pran yo pote ale. Paske, kote richès ou ye, se la kè ou ye tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 6:9

Pa janm bouke fè byen. Paske, si nou pa dekouraje, n'a rekòlte lè lè a va rive.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 3:7

Pa mete nan tèt ou ou gen plis konprann pase sa. Gen krentif pou Senyè a, refize fè sa ki mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 130:5

Mwen mete tout espwa m nan Senyè a, mwen mete espwa m nan sa li di.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:37

Men, sou tout bagay sa yo, nou genyen batay la nèt ale, gremesi moun ki renmen nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:50

Nan mizè mwen, tout konsolasyon m, se pwomès ou fè m lan. Se sa ki fè m viv.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 2:9

Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, prèt k'ap sèvi wa a, nasyon k'ap viv apa pou Bondye, pèp li peye pou li a. Li fè tou sa, pou nou te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 3:20

Tout lwanj lan se pou Bondye. Paske, ak pouvwa k'ap travay nan nou an, li kapab fè pi plis pase tou sa nou ka mande, pi plis pase tou sa nou ka mete nan lide nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 94:19

Lè m nan tèt chaje, lè mwen pa konn sa pou m fè, se ou menm ki ban m kouray, se ou menm ki fè kè m kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 15:1

Yon bon repons dous ap kalme yon moun ki ankòlè. Men, si ou reponn li rèd, w'ap fè l pi eksite.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 55:8-9

Lide pa m pa menm ak lide pa nou. Chemen pa nou pa menm ak chemen pa m. Se Senyè a menm ki di sa. Menm jan syèl la byen lwen anwo latè, se konsa lide pa m byen lwen anwo lide pa nou, chemen pa m byen lwen chemen pa nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 7:7

— Mande, y'a ban nou. Chache, n'a jwenn. Frape, y'a louvri pou nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 10:24-25

Se pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè yo, pou yonn ka ankouraje lòt nan sa ki byen. Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, kounyeya pi plis pase anvan, paske nou wè jou Senyè a ap pwoche.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 112:7

Kè l p'ap kase lè li pran move nouvèl. Li gen yon konfyans fèm nan Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 4:16

Se sa ki fè mwen pa janm dekouraje. Menm si kò mwen ap bese chak jou, men lespri m' rete toujou jenn.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:12

Pandan n'ap tann lan, fè kè n kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 4:5

Pran prekosyon pou nou aji byen avè moun ki pa kretyen yo. Pa kite okenn chans pase.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 139:23-24

Sonde m, Bondye! Wè tou sa ki nan kè m! Fouye m! Wè tou sa ki nan lide m! Gade wè si m sou yon move chemen. Mennen m sou chemen ki la pou tout tan an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 6:12

Padonnen tou sa nou fè ki mal, menm jan nou padonnen moun ki fè nou mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 2:4

Osinon, eske se meprize w'ap meprize Bondye ki gen bon kè anpil, ki gen pasyans anpil, ki sipòte nou anpil? Se konnen ou pa konnen se pou l ka rele ou vin chanje lavi ou kifè Bondye gen bon kè konsa?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 4:8

Pou fini, frè m yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou wont.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 38:15

(16) Senyè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen, se ou menm ki va reponn pou mwen, o Senyè, Bondye mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 5:16

Se poutèt sa, men sa m'ap di nou: Kite Lespri Bondye dirije lavi nou. Pa obeyi egzijans kò a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 16:14

Se pou nou fè tout bagay avèk renmen nan kè nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 10:12

Lè ou gen renmen nan kè ou, ou padonnen tout peche. Men, lè ou rayi moun, ou toujou ap chache kont.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 55:1

(2) Bondye, panche zòrèy ou bò kote m! Koute m non lè m'ap lapriyè! Piga ou vire do ban mwen lè m'ap rele nan pye ou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 1:3

Lwanj pou Bondye, Papa Jezikri, Senyè nou an! Se li menm ki beni nou nan lavi n'ap mennen an. Nan Kris, li ban nou tout kalite benediksyon ki nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 8:1

Kounyeya, nanpwen okenn kondannasyon pou moun ki fè yon sèl kò ak Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 41:13

Se mwen menm, Senyè a, ki Bondye nou! M'ap pran men nou, m'ap di nou: Nou pa bezwen pè. M'ap ede nou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 46:10

(11) Li di: — Rete la! Sispann goumen! Konnen se mwen menm ki Bondye. Se mwen k'ap donminen sou tout nasyon yo. Se mwen k'ap donminen sou tout latè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:9

Benediksyon pou moun k'ap travay pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, paske Bondye va rele yo pitit li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 12:9

Chak fwa, li reponn mwen: Se favè m ase ou bezwen. Paske lè ou fèb, se lè sa a moun wè pouvwa mwen nan ou. Se poutèt sa, nan fon kè m, mwen pito pale sou feblès mwen pou pouvwa Kris la ka mete m anba zèl li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 13:5

Pa kite renmen lajan pran nanm nou. Se pou nou kontan ak sa nou genyen. Paske Bondye te di: Mwen p'ap janm vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Filipyen 3:14

Konsa, m'ap kouri dwat devan m sou mak kote m prale a, pou m ka jwenn rekonpans Bondye rele m vin resevwa nan syèl la, gremesi Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 28:7

Senyè a ap pwoteje m, l'ap pran defans mwen. Mwen mete tout konfyans mwen nan li. Li ede m, kè m kontan. M'ap chante pou m fè lwanj li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 5:14

Se poutèt sa kè nou pa sote devan Bondye. Nou konnen l'ap koute nou si nou mande l kichòy ki dakò ak volonte li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 6:12-13

Pa kite peche donminen sou kò nou ki gen pou mouri a, pou l fè nou fè tou sa kò a anvi fè. Pa lage okenn pati nan kò nou nan peche, pou peche a pa sèvi avè l pou fè sa ki mal. Okontrè, tankou moun ki delivre anba lanmò epi k'ap viv, ann lage kò nou nan men Bondye. Wi, mete tout pati nan kò nou nan men Bondye pou l ka sèvi ak yo pou fè sa ki byen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 4:20-22

Pitit mwen, louvri lespri ou pou ou konprann byen sa m'ap di ou la a. Louvri zòrèy ou pou ou koute pawòl k'ap sòti nan bouch mwen. Pa janm kite yo sòti devan je ou. Kenbe yo nan kè ou. Pa janm bliye yo. Se lavi pou moun ki jwenn yo. Se lasante pou tout moun ki konprann yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:48

Non, nou fèt pou nou bon nèt, menm jan Bondye Papa nou ki nan syèl la bon nèt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 1:10

Konsa, n'a viv jan Bondye vle l la, n'a toujou fè sa ki fè l plezi. N'a fè tout kalite bon bagay, n'a grandi nan konesans Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 107:1

Lwanj pou Senyè a paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 6:19

Espwa sa a, se tankou yon lank batiman li ye pou nou. L'ap kenbe nanm nou fè m, byen solid. Lank sa nou genyen an, li chouke jouk lòt bò rido tanp ki nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:173

Se pou ou vin ede m ak fòs ponyèt ou, paske mwen pran desizyon pou m swiv lòd ou yo!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 2:15

Fè jefò pou ou ka resevwa lwanj nan men Bondye tankou yon travayè ki pa wont travay li fè, yon travayè ki fè konnen pawòl verite Bondye a jan l ye a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 4:4

Jezi reponn li: — Men sa ki ekri: Moun pa kapab viv ak manje ase. Yo bezwen tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:1-2

Se sa ki fè, frè mwen yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri nou tankou yon sakrifis apa bay Bondye, yon sakrifis vivan k'ap fè li plezi. Se sèl jan pou nou sèvi Bondye tout bon vre. Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k'ap viv ansanm ak Kris la. Nan tou sa n'ap fè, se pou nou gen respè yonn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan. Travay di, pa fè parese. Mete aktivite nan sèvis n'ap rann Mèt la. Pandan n'ap tann lan, fè kè n kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè. Bay moun k'ap viv pou Bondye yo konkou lè nou wè yo nan bezwen. Resevwa moun ki vin lakay nou byen. Mande Bondye pou l beni moun k'ap pèsekite nou. Mande benediksyon, pa mande madichon pou yo. Fè kè n kontan ak moun ki kontan, kriye ak moun k'ap kriye. Viv byen yonn ak lòt. Pa kite lògèy moute tèt nou. Viv tankou moun ki san pretansyon. Pa kwè nou gen pi bon konprann pase sa. Si yon moun fè nou mal, pa chache fè l mal tou. Chache fè sa ki byen nan je tout moun. Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun, mezi nou kapab fè li. Mezanmi, pa tire revanj. Men kite kòlè Bondye fè travay li. Paske men sa ki ekri nan Liv la: Se mwen sèl ki gendwa tire revanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se Bondye menm ki di sa. Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l'a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 84:11

(12) Paske, se Senyè a ki tout defans mwen, se li menm k'ap pwoteje nou. L'ap ban nou favè li, l'ap fè yo respekte nou. Lè yon moun ap mennen yon vi ki san repwòch, Bondye p'ap janm refize l okenn bon bagay.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jan 13:35

Si nou yonn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi

Lapriyè bay Bondye

Bondye, se ou menm ki anlè nan tout tan. Nanm mwen beni ou, li anvi adore ou, Bondye mwen ki bon. Ou gen anpil valè pou mwen, ou se refij mwen. Mèsi Senyè, paske ou pwoche m' ankò bò pawòl ou a avèk lajwa ak sajès, pou m' ka aprann chak vèsè ki la pou beni m' epi bati lavi m', ansanm ak lavi moun ki bò kote m' yo. Sentespri, touche sèvo m' ak chak ti nè mwen yo, pou m' ka kenbe pawòl ou yo fasil. Lè m' nan difikilte oswa nan move tan, fè yo monte nan lespri m' pou ban m' fòs ak kouraj. Pawòl ou di: "Liv lalwa sa a pa dwe janm kite bouch ou. Se pou ou medite l' lajounen kou lannwit, pou ou ka swiv tou sa ki ekri ladan l'. Se konsa w'a reyisi nan tou sa w'ap fè." Senyè, voye Lespri ou pou m' ka resevwa pawòl ou a ak verite ak senplisite, pou l' chanje panse m'. Kite pawòl ou a antre nan mwen tankou yon nepe, pou l' moule karaktè m', pou l' chanje jan m' ye a. Kite kè m' rete ouvè, menm jan ak David lè li t'ap li pawòl ou yo. Menm jan pawòl ou te tounen aksyon nan lavi David, fè l' tounen aksyon nan lavi m' tou, selon volonte ou. Nan non Jezi. Amèn!
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite