Vèsè Biblik

Piblisite


Soukategori

VÈSÈ FÒS

Mwen vle fè w sonje jodi a, Bondye ba w tout sa w bezwen pou w afronte tout sitiyasyon difisil. Anpil fwa, nou konn panse pwoblèm yo rive sou nou, epi nou pa pare pou n fè fas ak yo. Men, ou twonpe w, Bondye toujou prepare nou. Nan pawòl li, li di nou Bondye pa ban nou yon lespri timidite, men yon lespri puisans, lanmou ak metriz. Kidonk, pran kouraj, Bondye avè w, l ap goumen pou ou nan chak batay.

Sèvi ak zouti sa yo Bondye ba ou nan pawòl li ak Sentespri a. Se pou w vanyan, mache dwat epi pran desizyon avèk asirans. “Se pou tout moun ki mete espwa yo nan Seyè a pran kouraj, e se pou kè yo fò.” (Sòm 31:24). Pran kouraj, Bondye pa janm febli.

Bondye se fòs ou, se li ki libere w, se li ki ede w, se boukliye w, se refij ou. Mete konfyans ou nan Papa nou ki nan syèl la, tout bagay ap byen. “Se Bondye ki ban m fòs, se li ki fè chemen m dwat.” (2 Samyèl 22:33)


Jòb 6:14

Nan tray m'ap pase kounyeya, mwen bezwen bon zanmi ki pou soutni m, menm si mwen ta vire do bay Bondye.

Chapit   |  Vèsyon
1 Jan 4:7

Mezanmi, se pou nou yonn renmen lòt paske renmen sòti nan Bondye. Moun ki gen renmen nan kè yo, se pitit Bondye yo ye. Yo konnen ki moun Bondye ye.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 16:28

Ipokrit toujou ap pouse dife. Moun k'ap fè tripotay mete zanmi dozado.

Chapit   |  Vèsyon
Eklezyas 4:9

Lè ou gen yon lòt moun avèk ou, li pi bon pase lè ou pou kont ou, paske ansanm nou bay pi bon rannman nan travay nou.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 27:10

Pa janm bliye zanmi ou, ni zanmi papa ou. Lè zafè ou pa bon, pa al lakay frè ou. Yon bon vwazen pi bon pase yon frè ki lwen.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 13:20

Fè zanmi ak moun ki gen konesans, ou menm tou w'a vin gen konesans. Fè zanmi ak moun ki san konprann, ou nan pwoblèm.

Chapit   |  Vèsyon
Lik 6:31

Tou sa nou va vle lòt moun fè pou nou, fè l pou yo tou.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 19:4

Lè ou gen lajan, ou toujou gen zanmi. Men lè ou pòv, dènye zanmi vire do ba ou.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 27:9

Losyon ak lwil santi bon bay kè kontan. Konsèy yon bon zanmi remoute kouray.

Chapit   |  Vèsyon
Jan 15:14-15

Nou tout, se zanmi m nou ye depi nou fè sa m mande nou fè.

Mwen p'ap rele nou domestik, paske yon domestik pa konnen sa mèt li ap fè. M'ap rele nou zanmi paske mwen fè nou konnen tou sa Papa a te moutre mwen.

Chapit   |  Vèsyon
Eklezyas 4:10

Si yonn tonbe, lòt la va ba l men pou l leve. Men, malè pou moun k'ap viv pou kont li! Si l tonbe, p'ap gen moun pou ba l men.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 133:1

(1b) Ala bèl bagay, ala bon sa bon lè frè ak frè ap viv ansanm!

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 18:24

Gen zanmi se pran yo vin pran. Men, gen zanmi tou yo plis pase frè.

Chapit   |  Vèsyon
Eklezyas 4:12

Kote dezòm ka kenbe tèt ak yon moun k'ap atake yo, yon sèl p'ap kapab. Paske yon kòd trese ak twa branch pa fasil kase.

Chapit   |  Vèsyon
Galat 6:10

Se sa k fè, toutotan nou jwenn okazyon, ann fè byen pou tout moun, sitou pou frè ak sè nou yo ki gen menm konfyans ak nou nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 17:9

Si ou vle moun renmen ou, padonnen lè yo fè ou mal. Si w'ap mache repete bagay moun fè ki mal, w'ap mete zanmi dozado.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 17:17

Yon bon zanmi p'ap janm trayi. Jou malè l'ap tankou yon frè pou ou.

Chapit   |  Vèsyon
1 Pyè 3:8

Pou fini, nou tout nou dwe dakò yonn ak lòt, se pou nou gen menm santiman yonn pou lòt. Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak sè, se pou nou gen bon kè, san lògèy.

Chapit   |  Vèsyon
Jan 15:13

Pa gen pi bon jan pou ou moutre jan ou renmen zanmi ou pase lè ou bay lavi ou pou yo.

Chapit   |  Vèsyon
Galat 6:2

Se pou nou yonn ede lòt pote chay yo. Se konsa n'a obeyi lalwa Kris la.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 12:26

Moun ki mache dwat ap toujou moutre zanmi l bon chemen. Men, mechan an ap fè yo pèdi chemen yo.

Chapit   |  Vèsyon
Women 12:10

Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k'ap viv ansanm ak Kris la. Nan tou sa n'ap fè, se pou nou gen respè yonn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan.

Chapit   |  Vèsyon
Jòb 2:11

Twa nan zanmi Jòb yo vin konnen tout malè ki te tonbe sou li. Yo kite peyi yo, yo vin wè Job. Se te Elifaz, moun Teman, Bildad, moun Chwak, epi Sofa, moun Naama. Yo fè lide vin ansanm pou plenn sò li epi pou ba li kouray.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 27:17

Menm jan fè file fè, konsa tou pou moun, yonn aprann nan men lòt.

Chapit   |  Vèsyon
Egzòd 17:11-12

Toutotan Moyiz te kenbe men li anlè, se moun Izrayèl yo ki te pi fò. Men kou Moyiz bese men li, moun Amalèk yo vin pi fò.

Rive yon lè Moyiz te bouke, de bra l t'ap fè l mal. Arawon ak Our pran yon wòch, yo mete l deye Moyiz, yo fè Moyiz chita sou li. Yo chak pran yon bra Moyiz, yo kenbe yo anlè. Yo kenbe yo konsa jouk solèy kouche.

Chapit   |  Vèsyon
Jak 2:23

Se konsa, pawòl ki te ekri nan Liv la rive vre: Abraram te mete konfyans li nan Bondye, epi Bondye fè l gras. Se sa k fè yo te rele Abraram zanmi Bondye.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 25:17

Konsa tou, pa al rann vizit twò dri lakay zanmi ou, pou li pa bouke avè ou, pou l pa rayi ou.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 22:24-25

Pa fè zanmi ak moun ki ankòlè fasil. Pa mache ak moun ki gen san wo.

W'a pran move mès yo. W'a rale malè sou ou.

Chapit   |  Vèsyon
Egzòd 33:11

Senyè a te konn pale fasafas ak Moyiz tankou yon moun k'ap pale ak zanmi l. Apre sa, Moyiz te tounen nan kan kote pèp la te enstale a. Men, te gen yon jenn gason yo te rele Jozye, pitit gason Noum lan, ki t'ap sèvi ak Moyiz. Li menm, li pat janm kite tant lan.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 27:6

Zanmi rale zòrèy ou pou byen ou, men lènmi pase men nan kou ou pou woule ou.

Chapit   |  Vèsyon
Ebre 10:24

Se pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè yo, pou yonn ka ankouraje lòt nan sa ki byen.

Chapit   |  Vèsyon
2 Samyèl 1:23

Sayil ak Jonatan, yonn te renmen lòt! Toujou ansanm nan lavi, ansanm ansanm tou nan lanmò! Pi veyatif pase malfini, pi vanyan pase lyon.

Chapit   |  Vèsyon
1 Korent 15:33

Piga nou twonpe tèt nou: move zanmi gate bon levasyon.

Chapit   |  Vèsyon
1 Tesalonisyen 5:11

Se poutèt sa, annou yonn ankouraje lòt, yonn ede lòt, jan nou deja ap fè l la.

Chapit   |  Vèsyon
Jòb 42:10

Apre Jòb te fin lapriyè pou twa zanmi l yo, Senyè a mete l kanpe ankò. Tout zafè l vin mache byen ankò. Lèfini, Senyè a ba li de fwa lavalè tou sa li te genyen anvan an.

Chapit   |  Vèsyon
Zakari 13:6

Si yon moun mande l: Poukisa tout mak blese sa yo sou ponyèt ou? L'a reponn: Se kay yon zanmi sa rive m.

Chapit   |  Vèsyon
1 Samyèl 18:1

Lè David fin pale ak Sayil, kè Jonatan, pitit gason Sayil la, vin louvri pou David. Li vin renmen l tankou li renmen tèt pa li.

Chapit   |  Vèsyon
1 Samyèl 20:17

Jonatan fè David pwomèt li ankò l'ap toujou renmen l, paske li menm Jonatan li te renmen David tankou li renmen pwòp tèt pa li.

Chapit   |  Vèsyon
Filipyen 1:3-5

Mwen di Bondye mwen an mèsi pou nou chak fwa lide m frape sou nou.

Batay n'ap mennen an, se menm batay la m'ap mennen tou. Se menm batay nou te wè m'ap mennen nan tan lontan an. Se li menm m'ap mennen jouk kounyeya, jan nou konnen an.

Chak fwa m'ap lapriyè tou pou nou, mwen fè l ak kè kontan,

poutèt jan nou te ede m gaye bòn nouvèl la, depi premye jou a jouk kounyeya.

Chapit   |  Vèsyon
Kolosyen 3:12-14

Nou tout nou fè pati pèp Bondye a: se li menm ki te renmen nou, ki te chwazi nou pou n ka viv pou li. Se poutèt sa, se pou nou gen kè sansib anpil, pou n aji byen yonn ak lòt, san lògèy, avèk anpil dousè, anpil pasyans.

Se pou nou yonn sipòte lòt, pou nou yonn padonnen lòt si nou gen kont yonn ak lòt. Wi, se pou yonn padonnen lòt, menm jan Kris la te padonnen nou.

Men, anvan tout bagay, se pou nou gen renmen ki tankou yon kòd k'ap mare nou ansanm yonn ak lòt.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 25:14

Senyè a, se zanmi moun ki gen krentif pou li. Li fè yo konnen kontra li pase ak yo a.

Chapit   |  Vèsyon
Women 15:5-6

Se pou Bondye ki bay pasyans ak ankourajman an fè nou viv byen yonn ak lòt, pou nou ka swiv egzanp nou jwenn nan Jezikri.

Konsa, n'a mete kè nou ak bouch nou ansanm pou fè lwanj Bondye, papa Jezikri, Senyè nou an.

Chapit   |  Vèsyon
Ebre 10:24-25

Se pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè yo, pou yonn ka ankouraje lòt nan sa ki byen.

Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, kounyeya pi plis pase anvan, paske nou wè jou Senyè a ap pwoche.

Chapit   |  Vèsyon
1 Pyè 4:8

Anvan tout bagay, se pou nou yonn renmen lòt anpil. Paske, lè nou renmen, sa fè Bondye padonnen anpil peche.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 119:63

Mwen se zanmi tout moun ki gen krentif pou ou, zanmi tout moun k'ap swiv lòd ou yo.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 18:20

Paske, chak fwa de ou twa moun mete tèt yo ansanm nan non mwen, m'ap la nan mitan yo.

Chapit   |  Vèsyon
1 Jan 1:7

Men, si n'ap viv nan limyè menm jan li menm Bondye li nan limyè, lè sa a se tout bon n'ap viv ansanm yonn ak lòt. Jezi, Pitit Bondye a, va netwaye nou ak san li anba tout peche nou yo.

Chapit   |  Vèsyon
2 Korent 6:14

Pa mete tèt nou ansanm ak moun ki pa gen konfyans nan Kris la: Se pa sosyete konsa ki bon pou nou. Ki jan nou ta vle wè sa pou bagay ki bon, bagay ki dwat, mele ak bagay ki mal? Ki jan pou limyè ta ka mache ak fènwa?

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 41:9

(10) Ata pi bon zanmi m lan, moun mwen te fè konfyans anpil la, moun ki te konn manje nan menm plat avè m lan, ata li menm, li trayi m.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 55:13-14

(14) Men, se ou menm, kanmarad mwen, yon bon zanmi m ki te konn tout ti zafè m.

(15) Nou te konn fè ti koze nou ansanm. Nou te konn al lakay Bondye a ansanm ak foul moun yo.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 5:14

— Se limyè nou ye pou moun sou latè. Moun pa kapab kache yon lavil ki bati sou yon mòn.

Chapit   |  Vèsyon
Women 12:15

Fè kè n kontan ak moun ki kontan, kriye ak moun k'ap kriye.

Chapit   |  Vèsyon
1 Samyèl 18:1-3

Lè David fin pale ak Sayil, kè Jonatan, pitit gason Sayil la, vin louvri pou David. Li vin renmen l tankou li renmen tèt pa li.

Nan denmen, Bondye voye yon move lespri desann sou Sayil. Mesye t'ap depale nan tout kay la, tankou yon moun fou. David menm t'ap jwe gita, jan li te konn fè l chak jou a. Sayil te kenbe frenn li nan men l.

Sayil di nan kè l: Mwen pral kloure David sou miray la, epi li voye frenn lan an de fwa sou David. Men, chak fwa, David eskive frenn lan.

Sayil te pè David anpil, paske Senyè a te vire do bay Sayil, se avèk David li te ye kounyeya.

Se konsa Sayil voye David al byen lwen, li wete l anba je l. Li mete l chèf sou mil sòlda. David pat chita menm, tout tan li te nan goumen.

Men, kote li pase li toujou kraze lènmi yo, paske Senyè a te kanpe avèk li.

Sayil wè ki jan David t'ap reyisi kote l pase, li vin pè l pi rèd.

Men, tout moun nan peyi Izrayèl ak nan peyi Jida te renmen David paske se li yo te konnen pou chèf lame a.

Yon lè Sayil di David konsa: — Men Merab, premye pitit fi mwen an. M'ap ba ou l pou madanm. Sèl bagay se pou fè m wè se yon vanyan gason ki pa pè batay ou ye, se pou ou goumen tout kote Senyè a va voye ou al goumen pou li! Sayil t'ap di nan kè l: Konsa, se moun Filisti yo ki pral touye David, mwen p'ap bezwen fè l mwen menm.

David di Sayil: — Kisa m ye? Kisa m'ap fè pou m viv? Kisa fanmi papa m ye konsa nan peyi Izrayèl la pou m marye ak pitit fi wa a?

Men, lè lè a rive pou yo te marye Merab ak David, wa a marye Merab ak Adriyèl, moun lavil Meola.

Depi jou sa a, Sayil fè David rete ak li, li pa kite l tounen lakay papa l ankò.

Men, Mikal, yon lòt pitit fi Sayil te genyen, te tonbe pou David. Lè y'al di Sayil sa, bagay la te fè l plezi.

Sayil t'ap di nan kè l: M'ap bay David Mikal pou madanm. L'ap tounen yon pèlen pou li, epi moun Filisti yo va touye l. Se konsa Sayil rele David yon dezyèm fwa, li di l: — Monchè, ou pral vin bofi mwen.

Li pale ak moun pa li yo, li ba yo lòd al jwenn David apa pou di li: Wa a kontan ou anpil, epi tout moun pa li yo renmen ou. Se yon bon lè pou ou marye ak pitit fi wa a.

Se konsa y'al di David sa. David reponn yo: — Eske ou kwè se fasil pou moun marye ak pitit fi wa? Men se yon bagay ki twòp pou pye pòv malere tankou mwen.

Moun Sayil yo al rapòte wa a sa David te di a.

Epi Sayil di yo: — Men sa n'a di David: Wa a pa bezwen ou ba l okenn lajan pou ou marye ak pitit fi li a. Sèlman sa li ta renmen, se san po ti kòk moun Filisti. Konsa, la tire revanj sou lènmi li yo. Sayil te fè plan sa a pou David te ka tonbe nan men moun Filisti yo.

Moun Sayil yo al rapòte pawòl sa yo bay David. David te asepte kondisyon an pou li marye ak pitit fi wa a. Anvan lè a rive pou yo fè maryaj la,

David leve, li pati ak sòlda li yo. Li touye desan (200) moun Filisti. Li pote po ti kòk yo bay wa a. Li konte yo yonn pa yonn, li renmèt li yo san manke yonn, pou l te ka tounen bòfi wa a. Se konsa Sayil marye Mikal, pitit fi li a, ak David.

Lè Sayil vin konprann non sèlman Senyè a te avèk David, men Mikal, pwòp pitit fi Sayil la, te renmen David tou,

Sayil te vin pè David plis toujou. Depi jou sa a li te lènmi David jouk jou li mouri.

Jonatan mare zanmi ak David pou tout tan, paske li te renmen l tankou li te renmen tèt pa li.

Chapit   |  Vèsyon
Filipyen 2:1-2

Konsa, si se nan Kris la nou jwenn fòs kouray nou tout bon vre, si se renmen li renmen nou an ki ban nou ankourajman tout bon vre, si Sentespri l rete nan kè nou tout bon vre, si tout bon vre nou yonn renmen lòt, si nou sansib yonn pou lòt,

Konsa, tou sa ki nan syèl la, tou sa ki sou tè a ak anba tè a, yo tout va mete jenou yo atè devan Jezi pa respè pou non Bondye te ba li a.

Tout moun va rekonèt Jezikri se Senyè a. Sa va sèvi yon lwanj pou Bondye Papa a.

Se konsa, zanmi m yo, nou tout nou te toujou obeyisan lè m te la avèk nou. Kounyeya m pa la ankò, se lè sa a pou n pi obeyisan: toujou fè jefò pou nou ka fin sove nèt, avèk krentif pou Bondye, avèk soumisyon devan li.

Paske, se Bondye menm k'ap travay ni nan volonte nou ni nan fòs nou pou fè nou fè jan lide li di li.

Nan tou sa n'ap fè, pa plenyen, pa diskite,

pou yo pa jwenn anyen pou yo repwoche nou, pou nou ka fè sa ki byen tankou veritab pitit Bondye, antan n'ap viv nan mitan bann malonèt ak pèvèti ki sou latè yo. Se pou nou sèvi limyè pou lemonn,

lè n'ap ba yo mesay ki bay lavi a. Konsa, n'a fè kè m kontan lè jou Kris la va rive. Paske, m'a konnen mwen pat fatige kò m pou gremesi, mwen pat travay mal.

Menm si mwen ta dwe ofri lavi m', menm si san m' ta dwe koule pou wouze ofrann n'ap fè pou Bondye paske nou gen konfyans nan li a, m'ap kontan anpil epi m'ap fè kè nou tout kontan ak mwen.

Konsa, nou menm tou, se pou nou kontan. Se pou nou fè kè m' kontan ak nou tou.

Si Senyè Jezi vle, mwen espere voye Timote wè nou anvan lontan, pou lè m'pran nouvèl nou, sa ka ankouraje mwen.

enben, men sa m'ap mande nou: Fè kè m kontan nèt. Se pou nou viv byen yonn ak lòt, se pou nou yonn renmen lòt menm jan an, pou nou tout gen yon sèl lide nan tèt nou ak yon sèl santiman nan kè nou.

Chapit   |  Vèsyon
2 Timote 1:16-18

Mwen mande Senyè a pou li gen pitye pou moun lakay Onezifò yo. Paske, anpil fwa Onezifò vin konsole mwen. Li pat wont mwen dèske mwen te nan prizon.

Okontrè, lè li rive lavil Wòm, li touye tèt li chache m jouk li jwenn mwen.

Se pou Senyè Jezi fè Bondye gen pitye pou li lè gran jou a va rive. Ou chonje tout sèvis li te rann mwen lavil Efèz?

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 37:7-9

Rete dousman devan Senyè a, pran san ou. Tann li fè sa l gen pou l fè a. Pa fè kòlè lè ou wè moun gen zafè yo ap mache byen. Lè ou wè moun reyalize tout move lide yo gen nan tèt yo.

Pa fache, pa fè move san. Ou pa bezwen ennève! Sa kapab fè ou fè sa ki mal.

Moun ki mete konfyans yo nan Senyè a va pran peyi a pou yo. Men, y'ap disparèt mechan yo.

Chapit   |  Vèsyon
1 Korent 12:12-14

Konsa, Kris la se tankou yon kò ki gen anpil manm. Kò a toujou yon sèl kò, ou mèt wè li gen anpil manm.

Se sa k fè, nou menm, kit nou jwif, kit nou pa jwif, kit nou esklav, kit nou pa esklav, nou tout nou te resevwa batèm pou n te ka fè yon sèl kò ansanm, pa pouvwa yon sèl Lespri a. Nou tout nou te bwè nan yon sèl Lespri a.

Se pa yon sèl manm ki fè yon kò. Se anpil manm ki fè yon kò.

Chapit   |  Vèsyon
Women 1:11-12

Se pa ti anvi mwen pa anvi wè nou pou m separe ak nou kèk benediksyon Bondye ban mwen, pou n kapab vin pi fèm.

Mwen vle di pito, pou m ta la nan mitan nou, pou yonn kapab ankouraje lòt ak konfyans nou gen ansanm nan menm Bondye a.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 19:20

Koute konsèy y'ap ba ou. Louvri zòrèy ou pou aprann. Konsa w'a gen bon konprann jouk ou mouri.

Chapit   |  Vèsyon
Galat 5:13

Kanta nou menm, frè m yo, Bondye te rele nou pou n te ka gen libète nou. Sèlman, pa pran libète a sèvi eskiz pou nou viv dapre egzijans lachè. Okontrè, se pou nou yonn sèvi lòt nan renmen nou yonn gen pou lòt.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 15:4

Li meprize tout moun Bondye vire do bay, men, li respekte tout moun ki gen krentif pou Senyè a. Li toujou kenbe pawòl li, menm si sa koute l chè.

Chapit   |  Vèsyon
Efezyen 4:2-3

Pa janm vante tèt nou. Aji avèk dousè ak pasyans ak tout moun. Se pou nou yonn sipòte lòt avèk renmen nan kè nou.

Men nou menm, se pa konsa yo te fè nou konnen Kris la,

si tout bon vre nou te tande pale sou Kris la, si tout bon vre yo te moutre nou verite a jan l ye nan Jezi, lè nou te mete konfyans nou nan li a.

Se sa ki fè, se pou nou chanje vye karaktè sa a ki t'ap fè nou viv jan nou t'ap viv nan tan lontan an, vye moun sa a ki te fin pèvèti nèt ak vye dezi l yo ki t'ap twonpe nou.

Se pou nou chanje nèt ni nan kè nou ni nan lespri nou.

Se pou nou vin yon lòt kalite moun jan Bondye vle l la, pou nou sanble ak li pou nou ka mennen yon lavi ki dwat, yon lavi ki apa pou Bondye, jan verite a mande l la.

Se poutèt sa, sispann bay manti. Se pou nou di verite lè n'ap pale ak frè nou, paske nou tout se manm yon sèl kò nou ye.

Si nou ankòlè, veye kò nou pou kòlè a pa fè nou fè sa ki mal. Pa al dòmi ak kòlè nan kè nou.

Pa bay Satan pye sou nou.

Se pou moun ki te konn vòlò sispann vòlò. Okontrè, se pou l travay di ak men l san fè move konbinezon, pou l sa gen dekwa bay moun ki nan bezwen.

Pa kite okenn move pawòl sòti nan bouch nou. Pale bon koze ki ka ede lòt yo grandi nan konfyans Bondye, koze ki ka ede yo lè yo nan move pa. Konsa, se yon byen n'a fè pou moun k'ap tande nou yo.

Sentespri a mete nou ansanm. Se pou nou fè tou sa nou kapab pou nou ka toujou fè yon sèl kò, pou nou viv ak kè poze ansanm yonn ak lòt.

Chapit   |  Vèsyon

Lapriyè bay Bondye

Seyè, non ou sen e redoutab. Pa gen anyen ki ka konpare ak sentete ou. M'ap kriye nan pye ou, Bondye, paske ou se fòs mwen, wòch mwen. M'ap mande ou pou ou leve m', pou ou ede m' kenbe fwa m' fèm, pou m' ka kontinye mache. Pawòl ou di: "Moun ki fèb la ap di li fò nan ou." Seyè, mwen pa gen mwayen ankò, men mwen sèten, fòs mwen soti nan ou. Seyè, jodi a mwen bezwen ou plis pase yè. Ede m' soti anba tout chay ki peze m', ki fatige m'. Fè m' ka leve drapo viktwa nan mitan tout sikonstans, pou m' ka sèvi temwayaj pou puisans ou ki pa janm fini. Mèsi Bondye, paske nan moman lapenn mwen, ou te soutni mwen. Lè kè m' te sere, ou te ban m' fòs pou m' kontinye. Jodi a m'ap deklare pawòl ou a ki di: "Ou bay moun ki fatige yo fòs, ou miltipliye kouraj moun ki pa genyen." Nan non Jezi. Amèn!