Sòm 15 - 1998 HaïtienneSÒM 15 (14) Sa Bondye mande (1a) Se yon sòm David. 1 (1b) Senyè, ki moun ki ka rete lakay ou a? Ki moun ki ka viv sou mòn ki apa pou ou a? 2 Se moun ki fè volonte Bondye nan tout bagay, ki toujou fè sa ki byen. Se moun ki pale verite a jan l ye nan kè li, 3 ki pa nan bay moun kout lang. Se moun ki p'ap fè zanmi l yo anyen ki mal, ki p'ap mache fè tripotay sou vwazinay. 4 Li meprize tout moun Bondye vire do bay, men, li respekte tout moun ki gen krentif pou Senyè a. Li toujou kenbe pawòl li, menm si sa koute l chè. 5 Li prete moun san mande enterè. Li p'ap pran lajan anba pou l bay manti sou moun ki inonsan. Moun ki fè bagay sa yo p'ap janm tonbe! |
Haitian Creole DC Bible © Societé Biblique Haïtienne, 1998.
Haitian Bible Society