Vèsè Biblik

Piblisite


Soukategori

VÈSÈ POU ANTEMAN - VELÓRIOS

Mwen konnen li difisil lè w pèdi yon moun ou renmen. Li nòmal pou w santi w tris, pou kè w sere. Men, pa kite tristès la pran w twòp tan. Sonje nou genyen Konsolatè nou an, Sentespri a, ki pou konsole nou, ban nou fòs ak kouraj pou nou simonte tristès la.

Kòm kwayan, nou konnen lè nou kite tè sa a, n ap al yon pi bon kote ak Senyè nou an, Jezikri. Nou konnen tou anvan nou rive la, gen anpil moun pa nou ki pral ale anvan nou. Sonje yo nan yon pi bon plas. Fè kè w kontan lè w konnen nanm yo sove.

Bondye kreye nou. Pawòl li di si nou vivan, se pou Senyè a nou vivan, si nou mouri, se pou Senyè a nou mouri. Kit nou vivan, kit nou mouri, se pou Senyè a nou ye. Alò, chèche konsolasyon w nan Bondye, repoze sou li. Mete konfyans ou nan li; li avè w, li vle ba w fòs, li vle konsole nanm ou. Kite Bondye aji nan lavi w.

Jezi di: “Mwen menm, mwen se rezireksyon an, mwen se lavi a. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, menm si l' mouri, l'ap viv toujou.” (Jan 11:25)


1 Jan 3:1

Gade kijan Papa a renmen nou non! Li sitèlman renmen nou, li rele nou pitit li. Epi se sa nou ye vre. Se poutèt sa, lemonn pa rekonèt nou, paske li pa rekonèt Bondye.

Chapit   |  Vèsyon
Efezyen 1:5

Bondye te deside depi davans pou li adopte nou pou pitit li nan Jezikri, paske sa fè li plezi.

Chapit   |  Vèsyon
Women 5:8

Sou pwen sa a, Bondye moutre nou jan li renmen nou anpil. Paske nou te nan peche toujou lè Kris la mouri pou nou.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 106:8

Men, li te sove yo pou sa sèvi yon lwanj pou li, pou l moutre jan li gen pouvwa.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 23:3

Li fè m reprann fòs. Li fè m mache nan chemen dwat, pou sa sèvi yon lwanj pou non li.

Chapit   |  Vèsyon
Sofoni 3:17

Senyè a, Bondye nou an, la nan mitan nou! Se yon vanyan gason. Se li menm k'ap delivre nou. Li kontan wè sa n'ap fè. L'ap mete ou kanpe ankò paske li renmen ou. W'ap fè kè l kontan. L ap chante

Chapit   |  Vèsyon
Women 5:5

Espwa sa a p'ap janm twonpe nou, paske Bondye te fè nou wè jan l renmen nou lè li ban nou Sentespri li.

Chapit   |  Vèsyon
Women 8:39

ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki nan zantray tè a. Non, pa gen anyen nan tout kreyasyon an ki ka rive fè nou pèdi lamou Bondye fè nou wè li gen pou nou nan Jezikri, Senyè nou an.

Chapit   |  Vèsyon
Efezyen 2:4

Men, Bondye sitèlman gen kè sansib, li sitèlman renmen nou,

Chapit   |  Vèsyon
Tit 3:4-5

Men, lè Bondye fè nou wè jan li gen bon kè, jan li renmen tout moun,

li te delivre nou. Li pat delivre nou paske nou te fè kèk bagay ki bon, men paske li menm li te gen pitye pou nou. Li delivre nou lè li lave nou, li voye pouvwa Sentespri li nan nou pou chanje nou nèt, pou n te ka viv yon lòt jan.

Chapit   |  Vèsyon
2 Tesalonisyen 3:5

Mwen mande Senyè a pou l dirije kè nou pou nou ka renmen Bondye, pou nou ka gen pasyans tankou Kris la.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 8:17

Mwen renmen moun ki renmen m. Depi yon moun chache m, fòk li jwenn mwen.

Chapit   |  Vèsyon
Jeremi 31:3

Byen lwen, Senyè a te fè m wè li. Li t'ap di: Nou menm moun pèp Izrayèl, mwen p'ap janm sispann renmen nou. Se poutèt sa m'ap toujou aji byen ak nou.

Chapit   |  Vèsyon
Jan 3:16

Bondye sitèlman renmen lèzòm, li bay sèl pitit li a pou yo. Konsa, moun ki mete konfyans yo nan li, yo p'ap peri. Okontrè, y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.

Chapit   |  Vèsyon
Jan 17:23

mwen nan yo, ou nan mwen, pou yo tout fè yon sèl nèt ale, pou moun ki nan lemonn yo ka rive rekonèt se ou ki te voye m, pou yo ka rive konnen ou renmen yo menm jan ou renmen m lan.

Chapit   |  Vèsyon
Jan 14:23

Jezi reponn li: — Moun ki renmen m, se li menm ki va fè tou sa m di l fè. Papa m va renmen l tou. Papa m va vin jwenn li ansanm avè m, n'a viv nan li.

Chapit   |  Vèsyon
1 Jan 4:19

Pou nou menm, nou gen renmen nan kè nou, paske Bondye te renmen nou anvan.

Chapit   |  Vèsyon
Women 8:37

Men, sou tout bagay sa yo, nou genyen batay la nèt ale, gremesi moun ki renmen nou an.

Chapit   |  Vèsyon
1 Jan 4:12

Pèsonn pa janm wè Bondye. Men, si nou yonn renmen lòt, Bondye fè yonn ak nou. Konsa n'a renmen tout bon, jan Bondye renmen an.

Chapit   |  Vèsyon
Revelasyon 3:19

Moun mwen renmen se yo mwen korije, se yo mwen pini. Mete plis aktivite nan sèvis ou. Tounen vin jwenn Bondye.

Chapit   |  Vèsyon
1 Jan 4:10

Men kisa renmen an ye: Se pa nou menm ki te renmen Bondye, se li menm pito ki te renmen nou, ki te voye Pitit li a pou nou te ka resevwa padon pou peche nou yo, gremesi Pitit la.

Chapit   |  Vèsyon
2 Korent 8:9

Nou konnen ki favè Jezikri, Senyè a, fè nou. Li menm ki te rich, li fè tèt li tounen pòv pou nou. Konsa, lè l fè tèt li tounen pòv la, li fè nou rich.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 94:18-19

Lè mwen di: Men m'ap tonbe wi! Se ou menm, Senyè, ki soutni m paske ou gen bon kè.

Lè m nan tèt chaje, lè mwen pa konn sa pou m fè, se ou menm ki ban m kouray, se ou menm ki fè kè m kontan.

Chapit   |  Vèsyon
Lamantasyon 3:22-23

Sous bonte Senyè a p'ap janm teri. Mizerikòd li poko janm bout.

Li renouvle yo chak maten Ala kenbe ou konn kenbe pawòl ou, Senyè!

Chapit   |  Vèsyon
Jan 16:27

paske Papa a li menm, li renmen nou. Li renmen nou paske nou renmen m, paske nou kwè mwen sòti nan Papa a.

Chapit   |  Vèsyon
Women 8:38-39

Paske mwen gen lasirans sa a, anyen pa ka fè nou pèdi lamou Kris gen pou nou an: kit se lavi, kit se lanmò, ni zanj yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, te mèt se tan jodi a, te mèt se tan k'ap vini yo,

ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki nan zantray tè a. Non, pa gen anyen nan tout kreyasyon an ki ka rive fè nou pèdi lamou Bondye fè nou wè li gen pou nou nan Jezikri, Senyè nou an.

Chapit   |  Vèsyon
2 Tesalonisyen 2:16

M'ap lapriyè Jezikri, Senyè nou an, ansanm ak Bondye, Papa nou ki renmen nou, ki fè nou favè, ki ban nou yon kouray ki p'ap janm febli ansanm ak yon bèl espwa.

Chapit   |  Vèsyon
1 Jan 4:16

Nou menm nou konnen jan Bondye renmen nou, nou kwè se vre. Bondye se renmen an menm. Moun ki gen renmen nan kè yo, yo fè yonn ak Bondye, Bondye fè yonn ak yo.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 3:3-4

Se pou ou toujou viv byen ak tout moun. Se pou ou toujou gen yon sèl pawòl. Mete pawòl mwen yo nan kou ou tankou yon kolye, kenbe yo nan kè ou pou ou pa janm bliye yo.

Pa fè kabouya san rezon ak yon moun san li pa janm fè ou anyen ki mal.

Pa anvye sò mechan yo. Pa mete nan tèt ou pou ou fè tankou yo.

Paske Senyè a pa vle wè moun ki deprave. Men, li mete moun ki mache dwat yo nan tout sekrè l yo.

Madichon Bondye chita lakay mechan yo. Men, benediksyon l ap kouvri kay moun ki mache dwat yo.

Moun k'ap pase moun nan betiz, Bondye ap pase yo nan betiz tou. Men, moun ki fè byen, l'ap moutre yo jan li renmen yo.

Y'a fè lwanj moun ki gen bon konprann yo, men moun fou yo, se wont y'a wont.

Si ou fè sa, Bondye va kontan ak ou, lèzòm va nonmen non ou anbyen.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 30:5

(6) Paske, lè li ankòlè, se pou yon ti tan. Men, li ban nou favè l pou tout tan n'ap viv. Lannwit nou kriye, Kou l jou, kè nou kontan.

Chapit   |  Vèsyon
Ezayi 54:10

Ou te mèt wè mòn yo ap souke, ti mòn yo ap tranble, mwen p'ap janm sispann renmen ou. M'ap toujou kenbe kontra mwen te pase pou m te toujou byen avè ou la. Se Senyè ki renmen ou lan ki di ou sa.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 143:8

Mwen mete konfyans mwen nan ou. Depi granmaten, fè m chonje jan ou renmen m anpil. Se ou menm m'ap lapriyè. Moutre m chemen pou m pran an.

Chapit   |  Vèsyon
Ebre 12:6

Paske Bondye pini moun li renmen. Se moun li rekonèt pou pitit li li bat.

Chapit   |  Vèsyon
Efezyen 5:2

Se pou nou viv ak renmen nan kè nou, menm jan Kris la te fè l la, li menm ki te renmen nou, ki te bay lavi l pou nou tankou yon ti mouton yo ofri pou touye pou Bondye, ofrann k'ap fè Bondye plezi ak bon sant li.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 136:26

Di Bondye nan syèl la mèsi. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!

Chapit   |  Vèsyon
Detewonòm 5:10

Men, lè yon moun renmen m, lè li fè sa m mande l fè, m'ap moutre l jan moun rimnen l tou ansanm ak tout pitit pitit li yo pandan mil jenerasyon.

Chapit   |  Vèsyon
Detewonòm 7:9

Se pou nou rekonèt Senyè a, Bondye nou an, se sèl Bondye ki genyen, sèl Bondye k'ap toujou kenbe pawòl li. Wi, l'ap toujou kenbe kontra li pase a. L'ap toujou renmen moun ki renmen l, moun ki fè tou sa l mande yo fè, de pitit an pitit, pandan mil jenerasyon.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 94:18

Lè mwen di: Men m'ap tonbe wi! Se ou menm, Senyè, ki soutni m paske ou gen bon kè.

Chapit   |  Vèsyon
Jid 1:20

Men, nou menm, mezanmi, annou kontinye grandi toujou nan konfyans nou k'ap fè nou viv pou Bondye nèt ale. Avèk pouvwa Sentespri a, annou lapriyè san rete.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 57:10

(11) Ou renmen nou anpil anpil, ou toujou kenbe pawòl ou.

Chapit   |  Vèsyon
Efezyen 2:4-5

Men, Bondye sitèlman gen kè sansib, li sitèlman renmen nou,

Li ban nou lavi nan Kris la, nou menm ki t'ap viv nan lanmò akoz peche nou. Se yon favè Bondye fè nou lè li delivre nou.

Chapit   |  Vèsyon
Oze 14:4

Senyè a di ankò: — M'ap rale pèp la tounen vin jwenn mwen ankò. M'ap renmen yo ak tout kè m. Mwen p'ap ankòlè sou yo ankò.

Chapit   |  Vèsyon
1 Korent 8:3

Men, moun ki renmen Bondye, Bondye konnen li.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 42:8

(9) Lajounen, Senyè a fè m anpil favè. Lannwit, mwen chante yon chante pou li. Mwen lapriyè Bondye ki tout lavi mwen.

Chapit   |  Vèsyon
1 Korent 2:9

Men, jan sa te ekri nan Liv la: Bagay pèsonn pat janm wè, ni pat janm tande, bagay okenn moun pat janm mete nan tèt yo, se sa Bondye te pare pou moun ki renmen li.

Chapit   |  Vèsyon
Ezayi 49:15

Senyè a reponn: — Eske yon manman ka bliye pitit l'ap bay tete? Eske li ka pa sansib pou pitit ki soti nan zantray li? Menm si yon manman ta rive bliye pitit li, mwen menm, mwen p'ap janm bliye nou!

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 3:12

Paske Senyè a korije moun li renmen, menm jan yon papa korije pitit li renmen anpil la.

Chapit   |  Vèsyon
Jòb 33:26

Li lapriyè Bondye, Bondye reponn li. L'al adore Bondye ak kè kontan. Bondye padonnen l devan tout moun.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 103:8

Senyè a gen kè sansib, li gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen nou.

Chapit   |  Vèsyon
Egzòd 20:6

Men, lè yon moun renmen m, lè li fè sa m mande l fè, m'ap moutre l jan mwen renmen l tou ansanm ak tout pitit pitit li yo pandan mil generasyon.

Chapit   |  Vèsyon
1 Pyè 5:7

Lage tout tèt chaje nou yo ba li, paske l'ap pran swen nou.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 136:1

Di Bondye mèsi paske li gen bon kè. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!

Chapit   |  Vèsyon
Efezyen 3:17-19

pou Kris la rete nan kè nou ak konfyans nou gen nan li a. M'ap mande Bondye pou nou pouse rasin, pou nou chita byen fèm nan renmen,

pou nou ka konprann, ansanm ak tout pèp Bondye a, jan renmen Kris la laj, jan li long, jan li fon, jan li wo.

Wi, mwen mande pou nou rive konnen kalite renmen Kris la gen pou nou, atout pèsonn p'ap janm ka rive konnen l nèt. Konsa, n'a vin plen nèt ak tou sa ki nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 145:9

Senyè a bon pou tout moun san patipri. Li gen pitye pou tou sa li fè.

Chapit   |  Vèsyon
Galat 2:20

Se sa ki fè, viv m'ap viv koulyeya, se pa mwen k'ap viv, men se Kris k'ap viv nan mwen: Lavi sa a m'ap viv la, m'ap viv li nan konfyans mwen gen nan Pitit Bondye a ki sitèlman renmen mwen, li bay lavi li pou mwen.

Chapit   |  Vèsyon
Women 8:32

Li pat menm refize nou pwòp Pitit li a, men li bay li pou nou tout. Ki jan pou l pa ta ban nou tout bagay avèk Pitit la tou pou gremesi?

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 86:15

Senyè, ou se yon Bondye ki gen pitye pou nou, yon Bondye ki gen bon kè. Ou pa fasil fè kòlè, ou p'ap janm sispann renmen nou, ou toujou kenbe pawòl ou!

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 136:23-24

Li pa te bliye nou lè nou te anba kou. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!

Li delivre nou anba men moun ki t'ap peze nou yo. Non, li p'ap janm sispann renmen nou!

Chapit   |  Vèsyon
Ezayi 63:9

nan tout tèt chaje yo. Se pat yon moun ni yon zanj li te voye fè travay la pou li. Se li menm menm ki te vin delivre yo. Li sitèlman renmen yo, kè l sitèlman fè l mal pou yo, se li menm menm ki te vin delivre yo. Nan tan lontan, li te toujou pran swen yo.

Chapit   |  Vèsyon
1 Korent 13:4-7

Moun ki gen lamou, li gen pasyans, li gen bon kè. Li pa anvye sò moun. Li pa nan fè grandizè. Li pa nan moute kòlèt sou moun.

Lamou pa fè anyen pou fè moun wont. Lamou pa chache avantaj pa li. Li pa fè kòlè, li pa kenbe moun nan kè.

Lamou tout bon pa pran plezi nan fè sa ki mal. Tout plezi li, se nan sa ki vre.

Lacharite pèmèt sipòte tout bagay. Anyen pa brannen konfyans li. Lacharite pa pèdi espwa, l'ap toujou moutre pasyans li.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 36:7

(8) Bondye, ala bon sa bon, renmen ou gen pou nou an! Se anba zèl ou lèzòm jwenn pwoteksyon.

Chapit   |  Vèsyon
Jan 15:9

Jan Papa a renmen m lan, se konsa mwen renmen nou tou. Nou menm, se pou nou renmen menm jan mwen renmen nou an.

Chapit   |  Vèsyon
Women 15:30

Men sa mwen mande nou, frè mwen yo: Nan non Jezikri, Senyè nou an, nan non lamou Lespri ban nou an, tanpri, pa lage m' nan batay la poukont mwen. Lapriyè Bondye pou mwen.

Chapit   |  Vèsyon
Kolosyen 3:14

Men, anvan tout bagay, se pou nou gen renmen ki tankou yon kòd k'ap mare nou ansanm yonn ak lòt.

Chapit   |  Vèsyon
Zakari 2:8

Men sa Senyè ki gen tout pouvwa di: Se li menm ki voye m. Men sa li di sou nasyon ki te piye pèp li a. Si yon moun manyen pèp la, se tankou si li te foure dwèt nan je m.

Chapit   |  Vèsyon

Lapriyè bay Bondye

Bondye etènèl mwen, gran e puisan, ou menm sèl ki diy pou resevwa tout glwa ak tout onè! Jounen jodi a, mwen vin jwenn ou, nan non Senyè Jezikri, Pitit ou a, paske mwen kwè nan pawòl ou ki di: “Byenere moun k'ap kriye yo, paske y'a jwenn konsolasyon.” Lanmò moun ki apa pou ou yo gen anpil valè pou ou. N ap di ou mèsi pou tan ou te kite frè/sè nou an viv sou tè a, pou chans li te genyen pou l sèvi nan wayòm ou an. Mwen mande w pou w fòtifye fanmi l, zanmi l yo. Se pou Lespri Sen ou a ba yo lapè ak konsolasyon nan moman difisil sa a. Mèsi pou viktwa ou ba li, paske li fin konbat bon konba lafwa a. Pawòl ou di: “Pou mwen, viv se Kris la, mouri se genyen. Mwen pa konn sa pou m' chwazi: mwen ta renmen mouri pou m' al jwenn Kris la, sa ta pi bon pou mwen.” Epi nou menm ki rete avèk ou, nou pa mouri, men n ap viv, e byento n ap resisite avèk ou. Nan non Jezi, Amèn.