Cheri mwen, fanm yo se vreman vanyan, yo tankou ewo, yo kapab fè bagay ekstraòdinè, se sak fè yo pa janm bliye. Nan lantèman, pi bèl bagay ou ka fè se pataje bèl bagay Bondye te fè atravè yo. Konsa, w'ap enspire tout moun ki la pou yo louwe Senyè a ansanm, pou yo rekonèt bonte l ak mizèrikòd etènèl li.
Lè yon moun nou renmen mouri, sa toujou kite yon gwo vid nan kè nou, paske se moun ki kite yon mak ki p'ap janm efase nan lavi nou. Gen espwa pou nou rewè yo si, anvan yo ale, yo te aksepte Jezi nan kè yo epi yo te mache dwat.
Jou sa yo, anpil moun mouri san Kris, se poutèt sa mwen konseye w pou toujou pataje lanmou ak mizèrikòd Bondye ak fanmi w. Konsa, w'ap jwenn konsolasyon lè w konnen yo ale nan syèl la epi yon jou w'ap reyini avèk yo ankò.
Jezi di li: — Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri.
Nou pa bezwen sezi. Lè a pral rive: tout mò ki nan tonm yo pral tande vwa li, yo pral leve sòti vivan nan tonm yo. Moun ki fè sa ki byen pral leve pou resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Men, tout moun ki fè sa ki mal pral leve pou resevwa kondannasyon yo.
M'ap devwale nou yon sekrè: Se pa nou tout k'ap gentan mouri. Men, nou tout nou gen pou n chanje fòm nan yon ti kadè, anvan nou bat je nou, lè dènye kout klewon an va kònen. Paske, lè klewon an va kònen, moun ki te mouri deja yo va leve sòti vivan pou yo pa janm mouri ankò. Apre sa, nou tout nou va chanje fòm. Paske, moun ki gen kò ki fèt pou pouri a, yo gen pou yo resevwa yon lòt kò ki p'ap ka pouri. Moun ki gen kò k'ap mouri a, yo gen pou yo resevwa yon lòt kò ki p'ap janm mouri.
Se konsa, pa gen yon sèl moun nan nou k'ap viv pou tèt pa li. Pa gen yonn nan nou tou k'ap mouri pou tèt pa li. Paske si n'ap viv, n'ap viv pou Senyè a, si n'ap mouri, n'ap mouri pou Senyè a tou. Konsa, kit nou vivan, kit nou mouri, se pou Senyè a nou ye. Paske, Kris la te mouri, apre sa li leve sòti vivan ankò pou l te kapab Mèt tout moun, ni moun vivan yo ni moun mouri yo.
Pou mwen menm, mwen konnen sa fen. Moun k'ap vin defann mwen an, li vivan. Se li menm k'ap kanpe andènye sou latè pou pale pou mwen. Apre mwen fin mouri, l'ap leve mwen kanpe ankò. Ak pwòp je mwen, m'ap wè Bondye mwen an.
Paske viv pou mwen se Kris, mouri se gany. Men si viv sou tè sa a toujou, sa ap pèmèt mwen akonpli kèk bagay itil, nan ka sa a mwen pa konn sa pou m'chwazi. Mwen anbalan: mwen ta renmen kite tè sa a pou mwen avèk Kris. Sa ta preferab.
(15) se Bondye sa a ki Bondye nou pou tout tan tout tan. Se li menm k'ap kondi nou jouk sa kaba.
Jezi di li: — Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri. Moun k'ap viv, epi ki mete konfyans yo nan mwen, yo p'ap janm mouri. Eske ou kwè sa?
Sa pa fasil pou moun jwenn yon bon madanm. Lè li jwenn li, li gen plis valè pase yon boul lò.
Konsa tou, kounyeya nou nan lapenn. Men, mwen gen pou m wè nou ankò. Lè sa a, kè nou pral kontan, pèsonn p'ap ka wete kontantman sa a nan kè nou.
Gen yon tan pou ou fèt, gen yon tan pou ou mouri. Gen lè pou plante, gen lè pou rekòlte,
Se konsa, pa gen yon sèl moun nan nou k'ap viv pou tèt pa li. Pa gen yonn nan nou tou k'ap mouri pou tèt pa li. Paske si n'ap viv, n'ap viv pou Senyè a,
Ki bò mwen ta ale pou m pa jwenn ak ou? Ki bò mwen ta ale pou ou pa wè m devan je ou? Si m moute nan syèl la, se la ou ye. Si m desann kote mò yo ye a, ou la tou.
Menm jan tout moun gen pou mouri paske yo fè yonn ak Adan, konsa tou, tout moun ki fè yonn ak Kris la ap gen lavi ankò.
(1b) Senyè a se gadò mwen, mwen p'ap janm manke anyen. Kote zèb yo pi bèl, se la li fè m pran repo. Kote dlo a koule poze, se la li mennen m bwè. Li fè m reprann fòs. Li fè m mache nan chemen dwat, pou sa sèvi yon lwanj pou non li. Menm lè m'ape pase anba lonbray lanmò, Mwen p'ape pè anyen, Paske, Senyè, ou la avèk mwen. Se baton ou ak pwoteksyon ou ki fè kè m' pa kase.
Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l, bagay lèzòm pa ka konprann. La kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri.
Lè moun ki gen kò ki fèt pou pouri a va resevwa kò ki p'ap ka pouri ankò a, lè moun ki gen kò k'ap mouri a va resevwa kò ki pa ka mouri a, lè sa a, pawòl ki ekri nan Liv la va rive vre: Pa gen lanmò ankò, nou genyen batay la nèt. Lanmò! Kote batay ou genyen an? Lanmò! Kote pouvwa ou te gen pou fè nou lapenn lan? Se peche ki bay lanmò pouvwa pou fè nou lapenn. Se lalwa a ki bay peche a tout fòs li. Men, ann di Bondye mèsi, li menm ki fè nou genyen batay la sou lanmò gremesi Jezikri, Senyè nou an!
Menm jan nou kwè Jezi te mouri epi li te leve sòti vivan ankò a, konsa tou, se pou n kwè tout moun ki te gen konfyans nan li lè yo te mouri, Bondye va fè yo tounen ansanm ak Jezi. Dapre sa Senyè a te moutre m lan, men sa m'ap di nou: Nou menm k'ap vivan toujou lè Senyè a va vini an, nou p'ap pran devan moun ki mouri deja yo. Lè sa a, n'a tande yon gwo lòd pase, n'a tande vwa chèf zanj lan ansanm ak kout klewon Bondye a: epi Senyè a menm va desann sot nan syèl la. Moun ki te mete konfyans yo nan Kris la lè yo te mouri, se yo ki va leve sòti vivan an premye. Apre sa, nou menm ki va vivan toujou lè sa a, y'ap vin pran nou, nou menm ansanm ak moun ki sòti vivan nan lanmò yo, y'ap mete nou sou nyaj yo pou n'al kontre Senyè a anwo a. Konsa, nou tout n'ap toujou ansanm ak Senyè a.
Senyè a pral fè pa janm gen lanmò ankò. Li pral siye dlo nan je tout moun. Li pral wete lawont sa a ki te sou pèp li a toupatou sou latè. Se Senyè a menm ki di sa!
si n'ap mouri, n'ap mouri pou Senyè a tou. Konsa, kit nou vivan, kit nou mouri, se pou Senyè a nou ye.
Paske, Kris la te mouri, apre sa li leve sòti vivan ankò pou l te kapab Mèt tout moun, ni moun vivan yo ni moun mouri yo.
Paske mwen gen lasirans sa a, anyen pa ka fè nou pèdi lamou Kris gen pou nou an: kit se lavi, kit se lanmò, ni zanj yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, te mèt se tan jodi a, te mèt se tan k'ap vini yo, ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki nan zantray tè a. Non, pa gen anyen nan tout kreyasyon an ki ka rive fè nou pèdi lamou Bondye fè nou wè li gen pou nou nan Jezikri, Senyè nou an.
Kò m te mèt ap deperi, lespri m te mèt ap gaga, se ou menm menm, Bondye, ki tout fòs mwen, se ou menm ki tout mwen.
Mwen tande yon vwa ki t'ap sòti bò fòtèy la, li t'ap di byen fò: — Kounyeya, kay Bondye a se nan mitan moun l'ap ye. L'ap rete nan mitan yo, lèzòm ap yon pèp pou li. Se Bondye menm k'ap viv avèk yo, li va Bondye pou yo. Li gen pou l cheche tout dlo nan je yo. P'ap gen lanmò ankò, yo p'ap nan lapenn ankò, yo p'ap janm plenyen ankò, yo p'ap janm soufri ankò. Tout vye bagay sa yo pral disparèt.
Gen yon lè pou chak bagay. Gen yon tan fikse pou chak bagay k'ap fèt sou latè. Mwen rive konnen ki kalite travay Bondye bay moun pou yo fè. Li fikse yon lè pou chak bagay byen fèt. Li mete nan kè moun lanvi pou yo konnen sa ki gen pou rive denmen. Men, li pa janm kite yo fin konprann nèt travay l'ap fè a. Mwen wè pi bon bagay moun ka fè nan lavi, se fè kè ou kontan epi fè tèt ou plezi. Tout moun fèt pou yo manje, pou yo bwè, pou yo jwi sa travay yo rapòte yo. Sa se kado Bondye ba yo. Mwen konnen tou sa Bondye fè, yo la pou toutan. Ou pa ka mete anyen sou li, ni ou pa ka wete anyen ladan. Bondye fè sa konsa pou lèzòm ka gen krentif pou li. Sa ki rive jodi a te rive deja! Sa ki gen pou rive te rive deja tou! Bondye fè sa ki te rive deja, yo vin rive ankò! Apre sa, mwen wè sou latè se mechanste ou jwenn kote pou ou ta jwenn jistis. Malveyans chita nan tribinal yo. Mwen di nan kè mwen: Bondye ap jije ni bon ni mechan. Paske chak bagay gen jou pa yo. Gen yon tan pou tou sa w'ap fè. Mwen di nan kè mwen ankò: Bondye ap gade kote moun ye. L'ap fè yo wè yo pa pi bon pase zannimo. Lè ou gade byen, sò moun ak sò zannimo, se menm bagay. Ni yonn, ni lòt gen pou mouri. Se menm souf la ki nan toulede. Moun pa gen okenn avantaj sou zannimo, paske lavi pa vo anyen ni pou yonn ni pou lòt. Gen yon tan pou ou fèt, gen yon tan pou ou mouri. Gen lè pou plante, gen lè pou rekòlte, Toulede pral menm kote Toulede soti nan pousyè tè. Toulede ap tounen nan pousyè tè. Ki moun ki konnen si nanm moun moute anwo nan syèl epi nanm zannimo desann anba tè vre? Konsa, mwen wè pa gen pi bon bagay yon moun ka fè sou latè pase jwi sa travay li rapòte l. Se sèlman sa li ka fè. Epitou, ki moun k'ap fè l tounen pou l ka konnen sa k'ap rive apre li fin mouri? lè pou ou touye, lè pou ou geri, lè pou ou kraze, lè pou ou bati. Gen lè pou kriye, gen lè pou ri, gen lè pou nan lapenn, gen lè pou nan fèt,
Ou menm, Bondye, w'ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w'ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou!
Apre sa mwen tande yon vwa nan syèl la ki di mwen: — Men, ekri sa: Benediksyon pou tout moun ki depi kounyeya mouri nan sèvis Senyè a. Lespri Bondye a reponn, li di: Wi, benediksyon pou yo. Yo pral poze kò yo apre yo fin travay di. Travay yo fè a pral mache ak yo.
Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.
(2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray. (11) Li di: — Rete la! Sispann goumen! Konnen se mwen menm ki Bondye. Se mwen k'ap donminen sou tout nasyon yo. Se mwen k'ap donminen sou tout latè. (12) Senyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n kache! (3) Se poutèt sa, nou te mèt wè tè a ap tranble, nou te mèt wè mòn yo ap chavire tonbe nan mitan lanmè, nou pa bezwen pè anyen.
Ou pa bezwen pè pou sa ou pral soufri ankò. Koute, Satan pral chache sonde nou tout, li pral jete anpil nan nou nan prizon. Nou pral soufri pandan dis jou. Men, kenbe fèm menm si nou gen pou n mouri. M'a ban nou lavi pou rekonpans.
Ann fè lwanj Bondye ki papa Jezikri, Senyè nou an, Papa ki gen kè sansib la, Bondye ki toujou la pou ban nou ankourajman an. Li ankouraje nou nan tout lapenn nou, konsa nou menm tou nou ka ankouraje moun ki nan tout kalite lapenn lè n'a ba yo menm ankourajman nou te resevwa nan men li an.
Li gen pou l cheche tout dlo nan je yo. P'ap gen lanmò ankò, yo p'ap nan lapenn ankò, yo p'ap janm plenyen ankò, yo p'ap janm soufri ankò. Tout vye bagay sa yo pral disparèt.
(1b) Mwen leve je m, mwen gade mòn yo, mwen di: — Ki bò m'a jwenn sekou? Sekou mwen sòti nan men Senyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.
Jezi di yo: — Pa kite tèt nou toumante. Mete konfyans nou nan Bondye, mete konfyans nou nan mwen tou. Gen lè ou pa kwè mwen nan Papa a? Ou pa kwè Papa a nan mwen tou? Tout pawòl mwen di nou yo, se pa nan mwen yo sòti. Papa a ki fè yonn ak mwen an, se li menm k'ap fè travay li. Se pou nou kwè m lè m di nou: Mwen nan Papa a, Papa a nan mwen tou. Osinon, se pou nou kwè akòz sa m'ap fè a. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki mete konfyans li nan mwen, li gen pou l fè tou sa m'ap fè a. L'a menm rive fè pi gwo bagay toujou, paske mwen pral jwenn Papa a. Tou sa n'a mande nan non mwen, m'a fè l' pou nou pou Pitit la ka wè pouvwa Papa a. (Nenpòt kisa n'a mande nan non m, m'a fè l pou nou.) — Si nou renmen m, se pou n obeyi kòmandman m yo. Mwen menm, m'ap mande Papa a ban nou yon lòt pwotektè dekwa pou li toujou la avèk nou. Se Lespri verite a. Sila a lemonn pa ka resevwa a, paske yo pa wè li, ni yo pa konnen li. Men nou menm, nou konnen li paske li la avèk nou epi l'ap nan nou. — Mwen p'ap kite nou pou kont nou: M'ap tounen vin jwenn nou ankò. Anvan lontan ankò, lemonn p'ap wè m, men nou menm n'a wè mwen. Paske m'ap viv, nou menm tou n'ap viv. Lakay Papa a gen anpil kote pou moun rete. Mwen pral pare plas pou nou. Si se pat vre, mwen pa ta di nou sa. Lè jou sa a va rive, n'a konnen mwen nan Papa a, nou menm nou nan mwen, epi mwen menm mwen nan nou. — Moun ki asepte kòmandman m yo, ki obeyi yo, se moun sa a ki renmen mwen. Papa m va renmen moun ki renmen mwen. Mwen menm tou, m'a renmen l, epi m'a fè l wè mwen. Jid (se pa Jida Iskaryòt la non) di l konsa: — Senyè, ki jan pou ou fè nou wè ou san pou moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo pa wè ou? Jezi reponn li: — Moun ki renmen m, se li menm ki va fè tou sa m di l fè. Papa m va renmen l tou. Papa m va vin jwenn li ansanm avè m, n'a viv nan li. Moun ki pa renmen m, li p'ap fè tou sa m di l fè. Tou sa nou tande m'ap di a, se pa nan mwen yo sòti, men se nan Papa m ki voye m lan yo sòti. — Mwen di nou tou sa antan m la ankò avèk nou. Men pwotektè a, Sentespri Papa mwen ap voye nan non mwen an, se li menm ki va anseye nou tout bagay. Epi l'a fè nou sonje tou sa mwen te di nou yo. — M'ap ban nou kè poze. M'ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p'ap fè li pou nou jan sa fèt dapre prensip ki nan lemonn. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè. Nou tande m di nou: Mwen prale, men m'ap tounen vin jwenn nou. Si nou te renmen m, nou ta kontan konnen mwen pral jwenn Papa a, paske Papa a gen plis pouvwa pase mwen. Mwen tou di nou sa kounyeya anvan bagay sa yo rive, pou lè yo rive nou ka kwè. Lè m'a fin pare plas la pou nou, m'a tounen vin chache nou. Konsa, kote m'a ye a, se la n'a ye tou.
Men, apre n'a fin soufri yon ti tan, Bondye li menm va rann nou bon nèt, l'a kenbe nou fèm, l'a ban nou fòs, l'ap fè nou kanpe san brannen. Paske Bondye bay tout kalite favè. Se li menm ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n te patisipe nan pouvwa li ki p'ap janm fini.
Frè m yo, sou kèsyon moun ki mouri deja yo, mwen ta renmen nou konn verite a, pou nou pa gen lapenn tankou lòt moun yo ki pa gen espwa nan Senyè a. Menm jan nou kwè Jezi te mouri epi li te leve sòti vivan ankò a, konsa tou, se pou n kwè tout moun ki te gen konfyans nan li lè yo te mouri, Bondye va fè yo tounen ansanm ak Jezi.
Wi, se ou ki fòme tout pati nan kò m, se ou ki ranje yo byen ranje nan vant manman m. M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen.
Ou menm, Bondye, w'ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w'ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou! Mete konfyans nou nan Bondye pou tout tan paske Senyè a ap toujou la pou pwoteje nou.
(6) Paske, lè li ankòlè, se pou yon ti tan. Men, li ban nou favè l pou tout tan n'ap viv. Lannwit nou kriye, Kou l jou, kè nou kontan.
Li gen anpil kouray, tout moun respekte l, li pa pè denmen. Lè li louvri bouch li, se bon konsèy li bay. Li toujou gen bon pawòl nan bouch li.
Wi, se ou ki fòme tout pati nan kò m, se ou ki ranje yo byen ranje nan vant manman m. M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen. Ou te konnen tout zo nan kò m, depi lè m t'ap fòme kote moun pat ka wè a, depi lè ou t'ap travay mwen ak ladrès nan fon tè a. Depi anvan m te fèt, tout lavi m te devan je ou. Tou sa mwen ta pral fè te deja ekri nan liv ou, anvan menm mwen te fè yo.
Konsa, nou la nan mitan foul moun sa yo ki te moutre jan yo te gen konfyans nan Bondye. Ann voye tout bagay k'ap antrave kous nou jete byen lwen, ansanm ak peche a ki fasil pou vlope nou. Ann kouri avèk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an. Papa nou sou latè a te konn pini nou pou yon ti tan, dapre sa yo te kwè ki te bon. Men, Bondye pini nou pou byen pa nou menm, pou nou ka rive viv menm jan l'ap viv la. Lè y'ap rale zòrèy nou, sa fè nou pi tris pase sa fè nou kontan. Men pita, moun ki soti byen pare, apre tout egzèsis sa yo, yo pral mennen yon lavi dwat ak kè poze. Se poutèt sa, souke kò nou. Pa kite fatig antre sou nou. Mache kote ki plat pou pye k'ap bwete a pa foule pi plis, okontrè pou l ka geri. Chache viv ak kè poze ak tout moun. Mennen yon lavi apa pou Bondye. Si se pa sa, pa gen moun k'ap wè Senyè a. Pa kite pèsonn vire do bay favè Bondye a. Pa kite pèsonn tounen tankou yon plant anmè k'ap pouse rasin k'ap anpwazonnen lòt yo. Pa kite pèsonn tonbe nan move vis, ni pèdi respè yo dwe genyen pou bagay ki fèt pou respekte, tankou Ezayi ki te vann dwa li kòm premye pitit pou yon plat manje. Nou konnen ki jan pita, lè li te vle resevwa benediksyon papa li, yo te mete l sou kote. Malgre tout kriye li te kriye bay papa a, pat gen mwayen chanje sa ki te fin fèt la. Nou pat pwoche bò kote yon bagay nou ka manyen tankou pèp Izrayèl la ki te pwoche bò kote Mòn Sinayi a. Sou mòn sa a te gen yon gwo dife ansanm ak yon fènwa ki pat piti, te gen yon bann bagay tou pou fè moun pè. Yon gwo van tanpèt t'ap soufle sou mòn lan. Yo te tande son klewon k'ap kònen, ansanm ak vwa yon moun k'ap pale. Lè pitit Izrayèl yo tande vwa sa a, yo mande l sispann pale. Ann kenbe je nou kole sou Jezi. Se nan li konfyans nou sòti, se li menm tou k'ap kenbe nou nan konfyans sa a jouk sa kaba. Li kite yo fè l soufri sou kwa a. Li pa pran wont sa a pou anyen, paske li te toujou chonje apre l te fin soufri a, Bondye t'ap fè kè l kontan. Kifè kounyeya li chita sou bò dwat fòtèy Bondye a.
W'a fè m konnen chemen ki bay lavi a. Paske ou la avè m, mwen pa manke kontan. Bò kote ou, Senyè, se yon plezi ki p'ap janm fini.
Mezanmi, koulyeya nou se pitit Bondye. Sa nou pral ye a, nou poko fin konnen li nèt. Men nou konnen lè Kris va parèt, nou pral tounen tankou li. Paske nou pral wè li jan li ye a.
Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l fè kè nou kontan nèt, pou l fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.
(2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.
Mwen fin mennen batay la byen mennen, mwen rive nan bout kous mwen, mwen kenbe konfyans mwen fèm nan Bondye. Kounyeya, se rekonpans mwen m'ap tann pou lavi dwat mwen te mennen an. Lè gran jou a va rive, Senyè k'ap jije san patipri a ap mete rekonpans mwen an tankou yon kouwòn sou tèt mwen. Men, se pa mwen ase l'ap bay li. Tout moun k'ap tann ak tout kè yo lè la gen pou l parèt la, va resevwa l tou.