Vèsè Biblik

Piblisite


Soukategori

Vèsè pou ti ti ti tifi

Timoun yo se yon benediksyon Bondye ban nou. Fòk nou montre yo chemen Senyè a, fòk nou aprann yo gen krentif pou Bondye depi yo tou piti. Konsa, lè yo vin granmoun, lè yo rankontre difikilte nan lavi a, y ap sonje sa nou te moutre yo a epi y ap toujou chèche Bondye.

Jezi renmen timoun anpil, li menm di granmoun yo pou yo vin tankou timoun pou yo ka antre nan wayòm syèl la. Li di: “Kite timoun yo vin jwenn mwen, pa anpeche yo, paske wayòm syèl la se pou moun ki tankou yo.” (Matye 19:14)

Timoun yo gen yon kè ki pwòp, yo gen imilite, yo padone fasil. Tout bagay sa yo fè Bondye renmen yo anpil. Annou pwoteje kè timoun yo, annou ba yo bon levasyon, annou moutre yo pawòl Bondye a lajounen kou lannwit. Jan pwovèb la di: “Enstwi yon timoun nan chemen li dwe swiv la, lè l’a granmoun, li p’ap janm kite l.” (Pwovèb 22:6)


Women 12:18

Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun, mezi nou kapab fè li.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 10:12

Lè ou gen renmen nan kè ou, ou padonnen tout peche. Men, lè ou rayi moun, ou toujou ap chache kont.

Chapit   |  Vèsyon
1 Jan 3:15

Tout moun ki rayi frè yo, se ansasen yo ye. Nou konnen yon ansasen pa gen lavi ki p'ap janm fini an nan li.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 17:9

Si ou vle moun renmen ou, padonnen lè yo fè ou mal. Si w'ap mache repete bagay moun fè ki mal, w'ap mete zanmi dozado.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 16:28

Ipokrit toujou ap pouse dife. Moun k'ap fè tripotay mete zanmi dozado.

Chapit   |  Vèsyon
Efezyen 6:12

Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k'ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 25:17

Konsa tou, pa al rann vizit twò dri lakay zanmi ou, pou li pa bouke avè ou, pou l pa rayi ou.

Chapit   |  Vèsyon
1 Pyè 2:1

Se poutèt sa, derasinen tout mechanste ki te nan lavi nou. Sispann bay manti, sispann fè ipokrizi, sispann fè jalouzi ak tripotaj.

Chapit   |  Vèsyon
1 Korent 15:33

Piga nou twonpe tèt nou: move zanmi gate bon levasyon.

Chapit   |  Vèsyon
1 Jan 2:9

Moun ki di yo nan limyè epi pou anmenmtan yo rayi frè yo, moun konsa nan fènwa toujou.

Chapit   |  Vèsyon
Jak 4:4

Ala bann moun pa fidèl! Se konnen nou pa konnen lamitye pou lemonn se rayisans pou Bondye! Moun ki vle vin zanmi lemonn, li tou chwazi pou li lènmi Bondye.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 5:43-44

— Nou tande ki jan nan tan lontan yo te di: Se pou nou renmen frè parèy nou, men se pou nou rayi lènmi nou yo.

Men mwen menm, men sa mwen di nou: Renmen lènmi nou. Lapriyè pou moun k'ap pèsekite nou.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 12:26

Moun ki mache dwat ap toujou moutre zanmi l bon chemen. Men, mechan an ap fè yo pèdi chemen yo.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 133:1

(1b) Ala bèl bagay, ala bon sa bon lè frè ak frè ap viv ansanm!

Chapit   |  Vèsyon
Ebre 12:14-15

Chache viv ak kè poze ak tout moun. Mennen yon lavi apa pou Bondye. Si se pa sa, pa gen moun k'ap wè Senyè a.

Pa kite pèsonn vire do bay favè Bondye a. Pa kite pèsonn tounen tankou yon plant anmè k'ap pouse rasin k'ap anpwazonnen lòt yo.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 27:10

Pa janm bliye zanmi ou, ni zanmi papa ou. Lè zafè ou pa bon, pa al lakay frè ou. Yon bon vwazen pi bon pase yon frè ki lwen.

Chapit   |  Vèsyon
Efezyen 4:2-3

Pa janm vante tèt nou. Aji avèk dousè ak pasyans ak tout moun. Se pou nou yonn sipòte lòt avèk renmen nan kè nou.

Sentespri a mete nou ansanm. Se pou nou fè tou sa nou kapab pou nou ka toujou fè yon sèl kò, pou nou viv ak kè poze ansanm yonn ak lòt.

Chapit   |  Vèsyon
Ezekyèl 25:15

Senyè sèl Mèt la di konsa: — Moun Filisti yo pran revanj yo, yo tire revanj sou moun yo pa vle wè depi lontan yo, yo detwi yo avèk raj.

Chapit   |  Vèsyon
Galat 5:19-20

Se fasil pou nou wè sa egzijans kò a fè moun fè: se imoralite, malpwòpte ak vis.

Se sèvi zidòl, se fè maji, se yonn fè lòt lènmi, se fè kont, fè jalouzi, fè kòlè, se yonn pa vle wè lòt, se fè ti pil gwo pil.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 24:17

Pa prese fè kè ou kontan lè malè rive lènmi ou. Pa kouri fè fèt lè li bite.

Chapit   |  Vèsyon
Jenèz 26:21

Domestik Izarak yo fouye yon lòt pi ki te lakòz yo chache yo kont ankò. Se konsa Izarak rele pi a Pi ki fè lènmi.

Chapit   |  Vèsyon
Eklezyas 4:12

Kote dezòm ka kenbe tèt ak yon moun k'ap atake yo, yon sèl p'ap kapab. Paske yon kòd trese ak twa branch pa fasil kase.

Chapit   |  Vèsyon
Galat 6:1

Frè m' yo, si nou bare yon moun ap fè sa ki pa sa, nou menm ki nan limyè Bondye, se pou nou mete li nan bon chemen. Men, fè sa ak dousè. Epi veye kò nou pou nou pa tonbe nan tantsyon tou.

Chapit   |  Vèsyon
Efezyen 4:31-32

Piga yo jwenn nan mitan nou moun ki kenbe lòt nan kè yo, moun ki gen san wo, moun ki renmen fè kòlè. Piga yo tande woywoy ak joure nan mitan nou. Nou pa fèt pou gen okenn lòt kalite mechanste k'ap fèt nan mitan nou.

Okontrè, se pou nou aji byen yonn ak lòt, se pou nou gen bon kè yonn pou lòt, pou nou yonn padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la.

Chapit   |  Vèsyon
Efezyen 2:15

Li aboli lalwa Moyiz la ansanm ak kòmandman l yo ak tout regleman l yo. Li pran de pèp sa yo, li fè yo tounen yon sèl pèp tou nouvo k'ap viv ansanm nan li. Se konsa li fè nou byen yonn ak lòt.

Chapit   |  Vèsyon
Eklezyas 4:9-10

Lè ou gen yon lòt moun avèk ou, li pi bon pase lè ou pou kont ou, paske ansanm nou bay pi bon rannman nan travay nou.

Si yonn tonbe, lòt la va ba l men pou l leve. Men, malè pou moun k'ap viv pou kont li! Si l tonbe, p'ap gen moun pou ba l men.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 22:11

Moun ki pa gen move lide dèyè tèt yo epi ki gen bon pawòl nan bouch yo ap gen wa a pou zanmi yo. Men, Bondye renmen moun ki sensè.

Chapit   |  Vèsyon
Eklezyas 4:9

Lè ou gen yon lòt moun avèk ou, li pi bon pase lè ou pou kont ou, paske ansanm nou bay pi bon rannman nan travay nou.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 13:20

Fè zanmi ak moun ki gen konesans, ou menm tou w'a vin gen konesans. Fè zanmi ak moun ki san konprann, ou nan pwoblèm.

Chapit   |  Vèsyon
1 Jan 4:7

Mezanmi, se pou nou yonn renmen lòt paske renmen sòti nan Bondye. Moun ki gen renmen nan kè yo, se pitit Bondye yo ye. Yo konnen ki moun Bondye ye.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 5:9

Benediksyon pou moun k'ap travay pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, paske Bondye va rele yo pitit li.

Chapit   |  Vèsyon
1 Pyè 3:8

Pou fini, nou tout nou dwe dakò yonn ak lòt, se pou nou gen menm santiman yonn pou lòt. Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak sè, se pou nou gen bon kè, san lògèy.

Chapit   |  Vèsyon
Lik 6:27-28

— Nou menm k'ap koute m la a, men sa m'ap di nou: Renmen tout lènmi nou yo. Fè byen pou moun ki rayi nou.

Mande benediksyon pou moun k'ap ban nou madichon. Lapriyè pou moun k'ap maltrete nou.

Chapit   |  Vèsyon
Women 5:10

Nou te lènmi ak Bondye lè Pitit Bondye a mouri pou l te fè nou byen ak Bondye ankò. Kounyeya nou se zanmi Bondye, nou pa bezwen mande si lavi Pitit Bondye a p'ap delivre nou.

Chapit   |  Vèsyon
1 Samyèl 18:29

Sayil te vin pè David plis toujou. Depi jou sa a li te lènmi David jouk jou li mouri.

Chapit   |  Vèsyon
Kolosyen 1:21-22

Nou menm tou, moun Kolòs, nan tan lontan, nou t'ap viv lwen Bondye. Nou te lènmi avè l akòz tout bagay mal nou t'ap fè yo, ak tout move lide nou te gen nan tèt nou.

Men koulyeya, gremesi Kris la ki mouri tankou tout moun lan, Bondye rekonsilye nou ak li pou nou ka parèt devan li tankou moun k'ap viv apa pou li, san tach, san repwòch.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 25:21-22

Si lènmi ou grangou, ba li manje. Si li swaf dlo, ba li dlo pou l bwè.

Lè sa a, w'a fè l wont anpil. Senyè a va rekonpanse ou.

Chapit   |  Vèsyon
1 Jan 4:20

Si yon moun di: mwen renmen Bondye, pou anmenmtan pou l rayi frè l, moun sa a ap bay manti. Paske, si li pa renmen frè l, yon moun li ka wè, li pa ka renmen Bondye li pa ka wè a.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 16:7

Lè yon moun ap viv yon jan ki fè Senyè a plezi, Senyè a ap fè ata lènmi l yo aji byen avè l.

Chapit   |  Vèsyon
Efezyen 2:14-16

Paske, se li menm k'ap fè nou byen yonn ak lòt, li fè moun lòt nasyon yo fè yon sèl pèp ansanm ak jwif yo. Avèk pwòp kò li, li kraze miray ki te separe yo epi ki te fè yo yonn lènmi lòt.

Li aboli lalwa Moyiz la ansanm ak kòmandman l yo ak tout regleman l yo. Li pran de pèp sa yo, li fè yo tounen yon sèl pèp tou nouvo k'ap viv ansanm nan li. Se konsa li fè nou byen yonn ak lòt.

Avèk lanmò Kris la sou kwa a, li wete sa ki t'ap fè de pèp sa yo yonn rayi lòt, li fè yo tou de vin byen ak Bondye, li mete yo ansanm yonn ak lòt nan yon sèl kò.

Chapit   |  Vèsyon
Women 8:7

Poukisa? Paske, lè egzijans kò a fin pran tèt yon moun, li pa vle wè Bondye ankò, li p'ap soumèt devan lalwa Bondye a, li p'ap ka soumèt menm.

Chapit   |  Vèsyon
1 Pyè 3:9

Pa rann moun mal pou mal, jouman pou jouman. Okontrè, lè konsa, mande benediksyon pou yo, paske se benediksyon Bondye te pwomèt pou l ban nou lè li te rele nou an.

Chapit   |  Vèsyon
Women 12:19-20

Mezanmi, pa tire revanj. Men kite kòlè Bondye fè travay li. Paske men sa ki ekri nan Liv la: Se mwen sèl ki gendwa tire revanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se Bondye menm ki di sa.

Okontrè, dapre sa ki ekri ankò: Si lènmi ou grangou, ba l manje. Si li swaf dlo, ba l bwè. Lè ou fè sa, se yon chalè dife ou mete nan kò l pou fè l chanje.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 55:20-21

(21) Moun ki leve men sou zanmi yo se moun ki trèt.

(22) Pawòl nan bouch yo pi dous pase siwo. Men, nan fon kè yo se yon sèl bagay yo konnen: se goumen. Pawòl yo koule dous tankou lwil, men lang yo se razwa.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 15:18

Yon moun ki gen san wo toujou ap pouse dife. Men, moun ki pa fè kòlè fasil toujou ap mete lapè.

Chapit   |  Vèsyon
Lik 23:34

Jezi di: — Papa, padonnen yo. Yo pa konnen sa y'ap fè. Sòlda yo fè tirajosò pou separe rad li.

Chapit   |  Vèsyon
Women 13:10

Moun ki gen renmen nan kè yo pa fè moun mal: se sa k fè lè nou renmen, nou fè tou sa lalwa a mande nou fè.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 109:4-5

Mwen renmen yo, men yo menm yo pa vle wè m. Pou mwen menm, m'ap lapriyè nan pye ou.

M'ap fè byen pou yo, yo menm y'ap fè m mal. Mwen renmen yo, men yo menm yo rayi m.

Chapit   |  Vèsyon
2 Korent 13:11

Kounyeya, frè m yo, mwen kite nou. Chache pou nou vin bon nèt sou tout pwen. Se pou nou yonn ankouraje lòt, mete nou dakò yonn ak lòt, viv ak kè poze. Bondye ki bay renmen ak kè poze a, va toujou avè nou.

Chapit   |  Vèsyon
2 Timote 2:23-24

Men, pa mele nan diskisyon san sans moun fou yo. Ou konnen sa toujou fini nan kont.

Yon moun k'ap sèvi Bondye pa fèt pou nan kont. Se pou l viv byen ak tout moun, se pou l konn ki jan yo fè enstriksyon moun, se pou l gen pasyans.

Chapit   |  Vèsyon
Filipyen 2:3-4

Pa fè anyen nan lide pou fè tèt nou pase pou pi bon, ni pou fè lwanj tèt nou. Men, soumèt nou devan Bondye. Mete nan tèt nou lòt yo pi bon pase nou.

Piga pèsonn chache enterè pa l ase. Se pou l chache sa ki bon pou lòt yo tou.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 20:22

Pa janm di se ou ki pou vanje tèt ou. Mete konfyans ou nan Senyè a, l'a delivre ou.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 18:21-22

Lè sa a, Pyè pwoche bò kote Jezi, li di l konsa: — Mèt, konbe fwa pou m padonnen frè m lè li fè m yon bagay mal? Sèt fwa konsa?

Jezi reponn li: — Non, Pyè. Mwen pa di ou padonnen l sèt fwa, men padonnen l swasanndis fwa sèt fwa.

Chapit   |  Vèsyon
Egzòd 23:4-5

Si nou lènmi yon moun epi nou jwenn bèt li ki pèdi, se pou nou mennen li ba li.

Si nou pa byen ak yon moun epi nou wè bèt li kouche ak chay sou li, pa do vire kite li pou kont li. Se pou nou ede li leve bèt la kanpe.

Chapit   |  Vèsyon
Women 15:5-6

Se pou Bondye ki bay pasyans ak ankourajman an fè nou viv byen yonn ak lòt, pou nou ka swiv egzanp nou jwenn nan Jezikri.

Konsa, n'a mete kè nou ak bouch nou ansanm pou fè lwanj Bondye, papa Jezikri, Senyè nou an.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 14:29

Moun ki pa fè kòlè fasil, se moun ki gen bon konprann. Men, moun ki gen san wo fè wè jan li sòt.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 7:4-5

(5) si mwen aji mal ak moun ki fè mwen byen, si mwen pèsekite lènmi ki pa vle wè mwen san rezon,

(6) ou mèt kite lènmi pousib mwen jouk li mete men sou mwen. Ou mèt kite l mache sou mwen, ou mèt kite l trennen non m nan labou.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 26:24-25

Ipokrit ki rayi moun toujou ap bay bèl pawòl. Men, nan kè l, se twonpe l'ap twonpe moun.

Lè l'ap pale konsa, ou pa bezwen kwè l, paske nan fon kè l, se mechanste ase ki genyen.

Chapit   |  Vèsyon
Women 16:17-18

M'ap ban nou yon dènye ti konsèy, frè m yo: Veye kò nou ak moun k'ap simen divizyon, k'ap pale kont sa yo te moutre nou an pou fè moun ki kwè yo pèdi tèt yo.

Moun konsa, se pa Kris la, Senyè nou an, y'ap sèvi. Se vant yo y'ap sèvi. Y'ap bay bèl pawòl, y'ap fè bèl diskou pou achte figi moun. Se konsa yo pran tèt ti inonsan yo.

Chapit   |  Vèsyon
Jan 15:18

— Si moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo rayi nou, pa bliye yo te rayi m anvan yo te rayi nou.

Chapit   |  Vèsyon
2 Korent 5:18-19

Tou sa sòti nan Bondye ki fè nou vin zanmi avè l ankò, gremesi Kris la. Se li menm tou ki fè m konfyans, ki ban m travay sa a pou mennen lèzòm vini byen avè l ankò.

Paske nan Kris la, Bondye t'ap fè tou sa li te kapab pou fè moun vin byen avè l ankò. Li pat gade sou peche lèzòm te fè. Se li menm ki mete mwen la pou fè lèzòm konnen ki jan l'ap fè yo byen avè l ankò.

Chapit   |  Vèsyon
1 Pyè 4:8

Anvan tout bagay, se pou nou yonn renmen lòt anpil. Paske, lè nou renmen, sa fè Bondye padonnen anpil peche.

Chapit   |  Vèsyon
1 Korent 1:10

Frè m' yo, mwen soupriye nou angras, nan non Jezikri, Senyè nou an. Tanpri, mete nou dakò sou tout pwen. Pa kite divizyon mete pye nan mitan nou. Okontrè se pou nou fè yon sèl. Se pou nou tout gen menm konpreyansyon ak menm panse.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 28:3

Pa mete m nan menm sak ak mechan yo, ak moun k'ap fè sa ki mal, ak moun ki gen bèl pawòl nan bouch yo men ki gen mechanste plen kè yo.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 6:14-15

— Si nou padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou ki nan syèl la va padonnen nou tou.

Men, si nou pa padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou p'ap padonnen peche nou yo nonplis.

Chapit   |  Vèsyon

Lapriyè bay Bondye

Bondye Papa ki bon pou tout tan, Granmèt ki anwo nan syèl la! M'ap fè lwanj ou paske ou Jis, ou Sen, ou merite tout glwa ak tout adorasyon. Mwen vin jwenn ou, Granmèt, nan non Jezikri, Senyè nou an. Mwen deklare ou pral akonpli plan ou nan lavi yo, pou yo ka tounen gason ak fi ki mache dwat devan ou, moun ki obeyi ou epi ki onore paran yo. Senyè, leve yon jenerasyon paran ki angaje avèk ou pou yo ka montre pitit yo chemen ou yo. M'ap mande ou pou ou pwoteje yo nan tout antre ak tout soti yo, pou ou delivre yo anba tout move plan ak tout pyèj lènmi an. Touche kè yo, Senyè. Ede yo grandi chak jou, ni nan kò yo, ni nan lespri yo, ni nan lafwa yo. Fè yo pase yon adolesans ak yon jenès ki konsakre pou ou. Nan pawòl ou, Jezi di: “Kite timoun yo vin jwenn mwen, pa anpeche yo, paske wayòm syèl la se pou moun ki tankou yo.” Lespri Sen, ba yo kouraj pou yo ka genyen batay kont laperèz, pou yo simonte eprèv yo, epi pou yo vanse chak jou nan chemen ou trase pou yo a. Pa kite yo kite move kouran nan lemonn antrene yo, men ede yo pran desizyon pou yo viv yon vi ki konsakre pou ou. Nan non Jezi. Amèn!