Depi byen jèn, ou ka wè Jezi te gen yon gwo misyon, yon bagay Bondye te planifye pou li depi nan vant manman li. Paran li yo, avèk pasyans ak lanmou, te montre l' ki misyon sa a ye, sa ki te pèmèt li, menm lè l' te timoun toujou, fè volonte Papa l' sou latè.
Paran yo jwe yon wòl enpòtan anpil nan lavi pitit yo. Se devwa yo pou gide yo nan chemen Bondye, pou demen yo ka mache dwat devan l'. Bondye pa gen limit. Li sèvi ak inosans timoun yo pou l' fè wè glwa li, paske timoun yo pa kenbe rankin, yo padone fasil, epi kè yo toujou ouvè.
Se poutèt sa Jezi te di pou nou vin tankou timoun, paske wayòm Bondye a se pou moun ki tankou yo. Mwen swete pou ou menm tou, ou grandi nan pawòl Bondye a, nan lapriyè, nan chante ki fè lwanj pou Senyè a. Konsa, w'ap vin yon moun ki brav, ki gen yon misyon Bondye ba ou, epi w'ap kapab chase fènwa a epi mennen anpil nanm bay Kris.
Nan tan sa yo n'ap viv la, Bondye pral sèvi anpil avèk timoun yo. Li enpòtan pou nou prepare yo epi ba yo tout sa yo bezwen pou moman sa a.
Enben, se Senyè a menm ki pral ban nou yon siy. Men jenn fi a ansent. Li pral fè yon pitit gason. Y'a rele li Emanyèl Non sa a vle di: “Bondye avèk nou”.
Lè papa l ak manman l wè l, yo pat manke sezi. Manman li di l konsa: — Pitit mwen, poukisa ou fè nou sa? Se pa ti chache papa ou avè m nou pa chache ou. Ou fè kè n kase. Jezi di yo: — Poukisa pou n'ap chache m konsa? Nou pat konnen fòk mwen okipe zafè papa mwen?
Li fè premye pitit li a, yon ti gason. Mari vlope pitit la nan kouchèt, li mete l kouche nan yon kay kote yo bay bèt manje, paske pat gen plas pou yo nan lotèl la.
Pitit la menm t'ap grandi, li t'ap devlope. Li te gen kont lespri l, epi favè Bondye te avèk li.
Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l: Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a!
Li pral fè yon pitit gason. W'a rele l Jezi. Se li menm ki pral delivre pèp li a anba peche l yo.
Men li, jenn fi a pral ansent, li pral fè yon pitit gason. Y'a rele l Emannwèl. (Non sa a vle di: Bondye avèk nou.)
Men ki siy k'ap fè nou rekonèt li: n'a jwenn yon tibebe vlope nan kouchèt ki kouche nan yon ganmèl kote yo bay bèt manje.
Ti pitit la menm t'ap grandi, lespri l t'ap devlope. Li te rete nan dezè a jouk jou pou l te parèt an piblik devan pèp Izrayèl la.
Tout moun ki te tande pawòl sa yo t'ap kalkile nan kè yo. Yonn t'ap di lòt: — Kisa pitit sa a pral ye menm? Pouvwa Bondye a te avèk ti pitit la tout bon vre.
Men kijan Jezikri te rive fèt. Manman li Mari te fyanse ak Jozèf. Anvan menm yo te antre viv nan kay ansanm, Sentespri fè Mari vin twouve li ansent. Jozèf, fyanse l la, te yon nonm dwat. Li pat vle fè eskandal ak sa. Li te vle kase fiyansay la san bri san kont. Abraram te papa Izarak. Izarak te papa Jakòb. Jakòb te papa Jida ak lòt frè l yo. Li t'ap kalkile sou jan li ta pral fè sa lè li wè yon zanj Bondye parèt devan li nan dòmi. Zanj lan di li: — Jozèf, pitit pitit David, ou pa bezwen pè pran Mari pou madanm ou. Paske, pitit l'ap pote a se travay Sentespri. Li pral fè yon pitit gason. W'a rele l Jezi. Se li menm ki pral delivre pèp li a anba peche l yo. Tou sa pase konsa pou pawòl Bondye te mete nan bouch pwofèt la te ka rive vre. Men sa l te di: Men li, jenn fi a pral ansent, li pral fè yon pitit gason. Y'a rele l Emannwèl. (Non sa a vle di: Bondye avèk nou.) Lè Jozèf leve nan dòmi an, li fè tou sa zanj Bondye a te di l fè: li pran madanm li lakay li. Men, Jozèf pat kouche ak Mari, jouk lè li te fin akouche yon ti gason. Jozèf te rele pitit la Jezi.
Men kijan Jezikri te rive fèt. Manman li Mari te fyanse ak Jozèf. Anvan menm yo te antre viv nan kay ansanm, Sentespri fè Mari vin twouve li ansent.
Sou sizyèm mwa gwosès Elizabèt, Bondye voye zanj Gabriyèl zòn Galile nan vil Nazarèt. Bondye te voye l kay yon jennfi ki te fyanse ak yon nonm yo rele Jozèf. Jozèf sa a, se te moun ras David. Yo te rele jennfi a Mari. Zanj lan antre lakay Mari, li di li: — Bonjou, Mari, ou menm ki resevwa anpil favè. Mèt la avèk ou. Lè Mari tande pawòl sa yo, tèt li te boulvèse, li t'ap mande nan kè l kisa bonjou sa a te vle di. Se konsa, mwen menm tou, mwen chache konnen tout bagay sa yo byen depi nan konmansman yo. Kounyeya, mwen kwè se yon bon bagay pou m ekri yo tout, yonn apre lòt, jan sa te pase a pou ou menm tou, chèf mwen. Men, zanj lan di li: — Pa pè, Mari. Ou jwenn favè nan men Bondye. Ou pral vin ansent, ou va fè yon pitit gason. W'a rele l Jezi. Y'ap ba li anpil konsiderasyon, y'a rele li Pitit Bondye ki nan syèl la. Mèt la, Bondye nou an, va fè li wa tankou David, granpapa li. L'a gouvènen pèp Izrayèl la pou tout tan, gouvènman l lan p'ap janm fini. Mari di zanj lan konsa: — Ki jan sa pral fè rive? Ala mwen poko janm konn gason! Zanj lan reponn li: — Sentespri a pral vin sou ou. Pouvwa Bondye ki anwo nan syèl la pral kouvri ou tankou yon lonbray. Se pou sa tou, tipitit ki pral fèt la pral viv apa pou Bondye, y'a rele l Pitit Bondye. Ou konnen Elizabèt, fanmi ou lan? Atout li fin vye a, men l ansent yon pitit gason. Yo te di l pat kapab fè pitit, men li deja sou sis mwa gwosès. Tou sa rive paske pa gen anyen Bondye pa ka fè. Mari di li: — Men mwen, se sèvant Mèt la mwen ye. Mwen swate pou sa rive m jan ou di a. Epi zanj lan kite li.
Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l: Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a! Gouvènman li p'ap gen finisman. Nan peyi l'ap gouvènen an se va kè poze san rete. L'ap chita sou fòtèy wa David la. L'ap gouvènen peyi wa David la. L'ap fè gouvènman an byen chita, l'ap ba li bon pye paske l'ap fè sa ki dwat. Li p'ap nan patipri, depi kounyeya jouk sa kaba. Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki sòti pou fè tou sa rive vre!
Jezi di yo: — Kite timoun yo vin jwenn mwen non. Pa enpoze yo vini. Paske, Peyi Wa ki nan syèl la, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo li ye.
Antan yo te la, jou pou Mari te akouche a rive. Li fè premye pitit li a, yon ti gason. Mari vlope pitit la nan kouchèt, li mete l kouche nan yon kay kote yo bay bèt manje, paske pat gen plas pou yo nan lotèl la.
Jezi reponn li: — Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pèsonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen.
Yon ti bout tan apre sa, Mari leve bridsoukou, li met deyò. Li pran wout mòn zòn Jide. Konsa w'a kapab rekonèt tou sa yo te moutre ou yo se verite yo ye. Li antre lakay Zakari, li di Elizabèt bonjou. Lè Elizabèt tande boujou Mari di li a, pitit la pran jwe kò li nan vant li, sitèlman li kontan. Lamenm, Elizabèt vin anba pouvwa Sentespri. Li pran pale byen fò, li di konsa: — Nan tout fanm ki sou latè, ou menm ou se yon fanm Bondye beni anpil. Pitit ki nan vant ou a tou Bondye beni li. Kisa m ye menm, pou manman Mèt mwen vin rann mwen vizit? Gade! Bonjou a poko menm rive nan zòrèy mwen, pitit la gentan pran brase kò li nan vant mwen, tèlman li kontan. Ou se yon fanm beni! Paske, ou te kwè tout pawòl Mèt la voye di ou yo gen pou rive vre.
Se tankou lè m'te timoun piti. M'te pale, m'te panse, m'te reflechi tankou timoun piti. Men lè m'vin gran, m'kite lespri timoun nan.
Se poutèt sa, moun ki va soumèt tèt li devan Bondye, ki va tounen tankou timoun sa a, se li ki va gen plis enpòtans nan Peyi Wa ki nan syèl la.
Lè sa a, Mari di: Kite m' chante pou Mèt ki gen tout pouvwa a. Lespri m pran plezi nan Bondye ki delivrans mwen. Paske li voye je l sou mwen, yon sèvant ki soumèt devan li. Wi, depi kounyeya, epi pou tout tan, tout moun pral di: Ou se yon fanm Bondye beni! Paske Bondye ki gen tout pouvwa a fè anpil bèl bagay pou mwen. Non li, se yon non pou tout moun respekte. Nan tan Ewòd te wa nan peyi Jide a, te gen yon prèt yo te rele Zakari. Li te fè pati gwoup prèt Abiya yo. Madanm li te rele Elizabèt: se te yon moun ras Arawon, ansyen granprèt la. L'ap toujou gen pitye pou tout moun ki gen krentif pou li. Li fè lèzòm santi fòs ponyèt li. Li fè moun ki gen lògèy ak gwo lide nan kè yo pèdi tèt yo. Li desann chèf ki te byen chita nan fòtèy yo. Li leve moun ki pa gen pretansyon yo. Li bay moun ki grangou yo anpil byen. Li voye rich yo ale san anyen. Li vin pote sekou bay pèp Izrayèl k'ap sèvi l la. Li pa bliye fè wè jan li toujou gen kè sansib, pou Abraram ansanm ak tout ras li a, dapre pwomès li te fè zansèt nou yo.
Yo prese ale, yo jwenn Mari ak Jozèf, ansanm ak ti pitit la kouche kote yo bay bèt manje a. Lè yo wè l, yo tanmen rakonte sa zanj lan te di yo sou pitit la.
Jezi te fèt Betlyèm nan Jide sou wa Ewòd. Apre li fèt, kèk espesyalis nan etid zetwal te soti peyi solèy leve, yo rive Jerizalèm. Lè yo te wè zetwal la, yo pat manke kontan. Yo antre nan kay la, yo wè ti pitit la ansanm ak Mari, manman li. Yo mete ajenou devan l, yo adore l. Apre sa, yo louvri sak yo, yo ba li anpil kado: te gen lò, lansan ak lami. Apre sa, Bondye pale ak nèg save yo nan dòmi, li avèti yo pou yo pa tounen bò kote Ewòd ankò. Se konsa mesye yo fè yon lòt wout pou yo tounen al nan peyi yo. Lè nèg save yo fin ale, yon zanj Bondye parèt devan Jozèf nan dòmi. Zanj lan di l konsa: — Leve non, pran ti pitit la ansanm ak manman l. Sove ale nan peyi Lejip. W'a rete la jouk lè m'a di ou pou ou tounen. Paske, Ewòd pral chache touye ti pitit la. Jozèf leve nan mitan lannwit lan, li pran ti pitit la ansanm ak manman l. Li pati, l'ale nan peyi Lejip. Jozèf rete la jouk lè Ewòd mouri. Se konsa, pawòl Bondye te mete nan bouch pwofèt la te rive vre. Li te di: Mwen rele pitit mwen, mwen fè l sòti kite peyi Lejip. Lè Ewòd vin konprann se woule nèg yo woule li, li fè yon sèl kòlè! Li bay lòd touye dènye ti gason ki te Betleyèm, ak nan tout vwazinaj la, depi sa ki te fenk fèt jouk rive sou sa ki gen dezan, dapre dat mesye yo te ba li a. Se konsa, pawòl pwofèt Jeremi te di a rive vre: Yo tande yon rèl nan lavil Rama. Yo tande kriye ak gwo anmwe. Se Rachèl k'ap kriye pou pitit li yo. Li pa vle pèsonn ba li kouray, paske pitit li yo mouri. Apre Ewòd mouri, yon zanj Bondye parèt devan Jozèf nan dòmi, antan l nan peyi Lejip la. Yo t'ap mande: — Kote wa jwif yo ki fèk fèt la. Nou wè zetwal li depi peyi nou. Nou vin pou adore li.
Lè sa a, Seza Ogis te bay lòd pou yo fè resansman tout moun nan peyi l'ap gouvènen yo. Men zanj lan di yo konsa: — Pa pè. Mwen vin anonse nou yon bonnouvèl ki pral fè tout pèp la kontan anpil. Jòdi a, nan lavil David la, nou gen yon Sovè ki fenk fèt: se Kris la, Senyè a. Men ki siy k'ap fè nou rekonèt li: n'a jwenn yon tibebe vlope nan kouchèt ki kouche nan yon ganmèl kote yo bay bèt manje. Menm lè a, yon foul lòt zanj nan syèl la vin jwenn zanj lan. Yo t'ap fè lwanj Bondye, yo t'ap di konsa: Lwanj pou Bondye nan syèl la, kè poze pou tout moun sou latè ki byen dispoze. Zanj yo kite gadò mouton yo, yo tounen al nan syèl la. Lè sa a, gadò mouton yo yonn di lòt: — Ann al jouk Betleyèm, ann al wè sa ki rive, sa Bondye fè nou konnen an. Yo prese ale, yo jwenn Mari ak Jozèf, ansanm ak ti pitit la kouche kote yo bay bèt manje a. Lè yo wè l, yo tanmen rakonte sa zanj lan te di yo sou pitit la. Tout moun ki t'ap koute yo te sezi tande sa yo t'ap rakonte a. Mari menm te kenbe tout pawòl sa yo nan kè l, li t'ap repase yo nan tèt li. Premye resansman an te fèt nan tan Kiriniyis t'ap gouvènen peyi Siri. Apre sa, gadò mouton yo al fè wout yo. Yo t'ap di jan Bondye gen pouvwa, yo t'ap fè lwanj li, paske tou sa yo te tande ak tou sa yo te wè a te dakò ak sa zanj lan te fè yo konnen. Wit jou apre, se te dat pou yo te sikonsi pitit la. Yo rele l Jezi dapre non zanj lan te bay anvan menm manman l te vin ansent li. Apre sa, jou a te rive pou Jozèf ak Mari te al fè sèvis pou yo ka mete Mari nan kondisyon fè sèvis Bondye dapre lalwa Moyiz. Lè sa a, yo pote tipitit la lavil Jerizalèm pou mete l apa pou Bondye, dapre sa ki ekri nan lalwa Bondye a: Konsakre tout premye pitit gason yo bay Mèt la. Yo te ofri tou yon pè toutrèl osinon de jenn pijon pou yo touye pou Bondye, jan yo bay lòd fè sa nan lalwa Bondye a. Lè sa a, te gen yon nonm nan Jerizalèm yo te rele Simeyon. Nonm sa a te mache dwat devan Bondye, li te respekte Bondye anpil, li t'ap tann konsa moun Bondye t'ap voye pou delivre pèp Izrayèl la. Sentespri Bondye a te avèk li. Li te fè l konnen li pa t'ap mouri san l pa wè Kris la, moun Bondye te chwazi pou l voye a. Lespri Bondye a pouse Simeyon ale nan tanp lan. Lè Jozèf ak Mari pote tipitit la pou yo fè sa lalwa mande pou li a, Simeyon pran tipitit la nan bra l, li di Bondye mèsi. Li di: Kounyeya, Mèt, ou kenbe pawòl ou; ou mèt kite sèvitè ou la mouri ak kè poze. Tout moun te al fè pran non yo nan lavil kote fanmi yo te sòti. Paske mwen wè ak je mwen moun ou voye pou delivre nou an. Ou pare l mete devan tout pèp yo. Se yon limyè ki pou fè tout pèp yo konnen ou; se va yon lwanj pou Izrayèl pèp ou a. Papa ak manman Jezi te sezi tande sa Simeyon t'ap di sou pitit yo a konsa. Simeyon rele benediksyon Bondye sou yo, li di Mari, manman Jezi: — Bondye chwazi pitit sa a. L'ap lakòz anpil moun nan pèp Izrayèl la tonbe. Men, l'ap fè anpil moun nan pèp la jwenn delivrans tou. Li pral yon siy pou Bondye, men moun p'ap vle wè li. Se konsa l'ap devwale tout lide k'ap travay nan fon kè anpil moun. Kanta pou ou menm, Mari, doulè gen pou fann kè ou tankou yon nepe. Te gen yon fanm ki te pwofèt la a tou. Li te rele Ana, pitit fi Fanwèl, nan branch fanmi Azè. Li te fin granmoun. Li te viv setan ak nonm li te marye depi li te jennfi a. Apre sa, li te rete vèv. Lè sa a, li te gen katrevenkatran, li pat janm kite tanp lan. Li t'ap sèvi Bondye lajounen kou lannwit: tout tan li t'ap fè jèn, li t'ap lapriyè. Menm lè sa a tou, li vin rive, li t'ap di Bondye mèsi. Li t'ap pale sou Jezi bay tout moun ki t'ap tann Bondye vin delivre lavil Jerizalèm. Lè yo fin fè tou sa lalwa Bondye te mande yo fè a, Jozèf ak Mari tounen ansanm avèk tipitit la nan peyi yo, lavil Nazarèt nan Galile. Jozèf te rete Galile nan bouk Nazarèt. Men paske li te moun nan fanmi ras David, li moute, l'ale nan Jide, nan Betleyèm, vil David. Pitit la menm t'ap grandi, li t'ap devlope. Li te gen kont lespri l, epi favè Bondye te avèk li. Chak ane, pou fèt Pak, manman ak papa Jezi te konn ale Jerizalèm. Lè Jezi vin gen douzan, yo moute Jerizalèm al nan fèt la jan yo te toujou fè. Lè jou fèt yo fin pase, moun yo t'ap retounen lakay yo. Pitit la menm rete Jerizalèm san papa li ak manman li pa konn sa. Yo te kwè li te avèk lòt moun ki t'ap vwayaje ansanm ak yo. Yo gentan fè yon jounen ap mache. Se lè sa a, yo pran chache li pami fanmi yo ak zanmi yo. Men yo pa jwenn li. Yo tounen Jerizalèm al chache li. Apre twa jou, yo jwenn li nan tanp lan, chita nan mitan dirèktè yo. Li t'ap koute yo, li t'ap poze yo kèsyon tou. Tout moun ki t'ap tande l te sezi pou jan l te gen lespri, ak jan l t'ap reponn yo. Lè papa l ak manman l wè l, yo pat manke sezi. Manman li di l konsa: — Pitit mwen, poukisa ou fè nou sa? Se pa ti chache papa ou avè m nou pa chache ou. Ou fè kè n kase. Jezi di yo: — Poukisa pou n'ap chache m konsa? Nou pat konnen fòk mwen okipe zafè papa mwen? Jozèf ta pral fè yo pran non l ansanm ak non Mari, fyanse li, ki te ansent. Men yo pat konprann sa l t'ap di yo. Apre sa, li desann ak yo, li tounen Nazarèt. Li te soumèt devan yo. Manman l menm te kenbe tout bagay sa yo nan kè li. Jezi t'ap devlope, li te vin gen plis lespri toujou, li t'ap aji yon jan ki te fè ni Bondye ni lèzòm plezi. Antan yo te la, jou pou Mari te akouche a rive. Li fè premye pitit li a, yon ti gason. Mari vlope pitit la nan kouchèt, li mete l kouche nan yon kay kote yo bay bèt manje, paske pat gen plas pou yo nan lotèl la.
Yo antre nan kay la, yo wè ti pitit la ansanm ak Mari, manman li. Yo mete ajenou devan l, yo adore l. Apre sa, yo louvri sak yo, yo ba li anpil kado: te gen lò, lansan ak lami.
Jezi te fèt Betlyèm nan Jide sou wa Ewòd. Apre li fèt, kèk espesyalis nan etid zetwal te soti peyi solèy leve, yo rive Jerizalèm. Lè yo te wè zetwal la, yo pat manke kontan. Yo antre nan kay la, yo wè ti pitit la ansanm ak Mari, manman li. Yo mete ajenou devan l, yo adore l. Apre sa, yo louvri sak yo, yo ba li anpil kado: te gen lò, lansan ak lami. Apre sa, Bondye pale ak nèg save yo nan dòmi, li avèti yo pou yo pa tounen bò kote Ewòd ankò. Se konsa mesye yo fè yon lòt wout pou yo tounen al nan peyi yo.
— Nenpòt moun ki resevwa yon timoun konsa poutèt mwen, se mwen menm menm li resevwa. Nenpòt moun ki resevwa m, se pa mwen li resevwa, men se moun ki voye m lan li resevwa.
Lè sa a, Sentespri te fè kè Jezi kontan anpil. Jezi di konsa: — O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mèsi anpil deske ou pran bagay ou te kache nan je gwo save yo ak moun gwo lespri yo, ou devwale yo bay ti piti yo. Wi, Papa mwen, sa pase konsa paske se konsa ou te vle li.
Jezi t'ap devlope, li te vin gen plis lespri toujou, li t'ap aji yon jan ki te fè ni Bondye ni lèzòm plezi.
Lè nèg save yo fin ale, yon zanj Bondye parèt devan Jozèf nan dòmi. Zanj lan di l konsa: — Leve non, pran ti pitit la ansanm ak manman l. Sove ale nan peyi Lejip. W'a rete la jouk lè m'a di ou pou ou tounen. Paske, Ewòd pral chache touye ti pitit la. Jozèf leve nan mitan lannwit lan, li pran ti pitit la ansanm ak manman l. Li pati, l'ale nan peyi Lejip. Jozèf rete la jouk lè Ewòd mouri. Se konsa, pawòl Bondye te mete nan bouch pwofèt la te rive vre. Li te di: Mwen rele pitit mwen, mwen fè l sòti kite peyi Lejip.
Lè nèg save yo fin ale, yon zanj Bondye parèt devan Jozèf nan dòmi. Zanj lan di l konsa: — Leve non, pran ti pitit la ansanm ak manman l. Sove ale nan peyi Lejip. W'a rete la jouk lè m'a di ou pou ou tounen. Paske, Ewòd pral chache touye ti pitit la.
Lè Ewòd vin konprann se woule nèg yo woule li, li fè yon sèl kòlè! Li bay lòd touye dènye ti gason ki te Betleyèm, ak nan tout vwazinaj la, depi sa ki te fenk fèt jouk rive sou sa ki gen dezan, dapre dat mesye yo te ba li a. Se konsa, pawòl pwofèt Jeremi te di a rive vre: Yo tande yon rèl nan lavil Rama. Yo tande kriye ak gwo anmwe. Se Rachèl k'ap kriye pou pitit li yo. Li pa vle pèsonn ba li kouray, paske pitit li yo mouri.
Chak ane, pou fèt Pak, manman ak papa Jezi te konn ale Jerizalèm. Lè Jezi vin gen douzan, yo moute Jerizalèm al nan fèt la jan yo te toujou fè.
Apre Ewòd mouri, yon zanj Bondye parèt devan Jozèf nan dòmi, antan l nan peyi Lejip la. Yo t'ap mande: — Kote wa jwif yo ki fèk fèt la. Nou wè zetwal li depi peyi nou. Nou vin pou adore li. Zanj lan di l: — Leve non, pran ti pitit la ansanm ak manman l, tounen nan peyi Izrayèl la. Paske, moun yo ki te vle touye ti pitit la mouri. Lamenm Jozèf leve, li pran ti pitit la ansanm ak manman l, li tounen nan peyi Izrayèl la. Men, lè Jozèf vin konnen se Akelayis ki t'ap gouvènen peyi Jide a nan plas Ewòd, papa l, Jozèf te pè ale la. Bondye pale avè l ankò nan dòmi. Lè sa a, li pati, l'ale nan peyi Galile. Li vin rete nan yon vil yo rele Nazarèt. Se konsa, pawòl pwofèt yo te di a rive vre: Y'a rele l moun Nazarèt.
Wit jou apre, se te dat pou yo te sikonsi pitit la. Yo rele l Jezi dapre non zanj lan te bay anvan menm manman l te vin ansent li. Apre sa, jou a te rive pou Jozèf ak Mari te al fè sèvis pou yo ka mete Mari nan kondisyon fè sèvis Bondye dapre lalwa Moyiz. Lè sa a, yo pote tipitit la lavil Jerizalèm pou mete l apa pou Bondye, dapre sa ki ekri nan lalwa Bondye a: Konsakre tout premye pitit gason yo bay Mèt la. Yo te ofri tou yon pè toutrèl osinon de jenn pijon pou yo touye pou Bondye, jan yo bay lòd fè sa nan lalwa Bondye a.
Lè sa a, te gen yon nonm nan Jerizalèm yo te rele Simeyon. Nonm sa a te mache dwat devan Bondye, li te respekte Bondye anpil, li t'ap tann konsa moun Bondye t'ap voye pou delivre pèp Izrayèl la. Sentespri Bondye a te avèk li. Li te fè l konnen li pa t'ap mouri san l pa wè Kris la, moun Bondye te chwazi pou l voye a. Lespri Bondye a pouse Simeyon ale nan tanp lan. Lè Jozèf ak Mari pote tipitit la pou yo fè sa lalwa mande pou li a, Simeyon pran tipitit la nan bra l, li di Bondye mèsi. Li di: Kounyeya, Mèt, ou kenbe pawòl ou; ou mèt kite sèvitè ou la mouri ak kè poze. Tout moun te al fè pran non yo nan lavil kote fanmi yo te sòti. Paske mwen wè ak je mwen moun ou voye pou delivre nou an. Ou pare l mete devan tout pèp yo. Se yon limyè ki pou fè tout pèp yo konnen ou; se va yon lwanj pou Izrayèl pèp ou a. Papa ak manman Jezi te sezi tande sa Simeyon t'ap di sou pitit yo a konsa. Simeyon rele benediksyon Bondye sou yo, li di Mari, manman Jezi: — Bondye chwazi pitit sa a. L'ap lakòz anpil moun nan pèp Izrayèl la tonbe. Men, l'ap fè anpil moun nan pèp la jwenn delivrans tou. Li pral yon siy pou Bondye, men moun p'ap vle wè li. Se konsa l'ap devwale tout lide k'ap travay nan fon kè anpil moun. Kanta pou ou menm, Mari, doulè gen pou fann kè ou tankou yon nepe.
Te gen yon fanm ki te pwofèt la a tou. Li te rele Ana, pitit fi Fanwèl, nan branch fanmi Azè. Li te fin granmoun. Li te viv setan ak nonm li te marye depi li te jennfi a. Apre sa, li te rete vèv. Lè sa a, li te gen katrevenkatran, li pat janm kite tanp lan. Li t'ap sèvi Bondye lajounen kou lannwit: tout tan li t'ap fè jèn, li t'ap lapriyè. Menm lè sa a tou, li vin rive, li t'ap di Bondye mèsi. Li t'ap pale sou Jezi bay tout moun ki t'ap tann Bondye vin delivre lavil Jerizalèm.
Lè yo fin fè tou sa lalwa Bondye te mande yo fè a, Jozèf ak Mari tounen ansanm avèk tipitit la nan peyi yo, lavil Nazarèt nan Galile. Jozèf te rete Galile nan bouk Nazarèt. Men paske li te moun nan fanmi ras David, li moute, l'ale nan Jide, nan Betleyèm, vil David. Pitit la menm t'ap grandi, li t'ap devlope. Li te gen kont lespri l, epi favè Bondye te avèk li.
Chak ane, pou fèt Pak, manman ak papa Jezi te konn ale Jerizalèm. Lè Jezi vin gen douzan, yo moute Jerizalèm al nan fèt la jan yo te toujou fè. Lè jou fèt yo fin pase, moun yo t'ap retounen lakay yo. Pitit la menm rete Jerizalèm san papa li ak manman li pa konn sa. Yo te kwè li te avèk lòt moun ki t'ap vwayaje ansanm ak yo. Yo gentan fè yon jounen ap mache. Se lè sa a, yo pran chache li pami fanmi yo ak zanmi yo. Men yo pa jwenn li. Yo tounen Jerizalèm al chache li. Apre twa jou, yo jwenn li nan tanp lan, chita nan mitan dirèktè yo. Li t'ap koute yo, li t'ap poze yo kèsyon tou. Tout moun ki t'ap tande l te sezi pou jan l te gen lespri, ak jan l t'ap reponn yo. Lè papa l ak manman l wè l, yo pat manke sezi. Manman li di l konsa: — Pitit mwen, poukisa ou fè nou sa? Se pa ti chache papa ou avè m nou pa chache ou. Ou fè kè n kase. Jezi di yo: — Poukisa pou n'ap chache m konsa? Nou pat konnen fòk mwen okipe zafè papa mwen? Jozèf ta pral fè yo pran non l ansanm ak non Mari, fyanse li, ki te ansent. Men yo pat konprann sa l t'ap di yo. Apre sa, li desann ak yo, li tounen Nazarèt. Li te soumèt devan yo. Manman l menm te kenbe tout bagay sa yo nan kè li. Jezi t'ap devlope, li te vin gen plis lespri toujou, li t'ap aji yon jan ki te fè ni Bondye ni lèzòm plezi.
Senyè a di ankò: Men ou menm, lavil Betleyèm, Efrata, ou se yonn nan pi piti nan tout lavil peyi Jida yo, se vre! Men, se nan mitan ou m'ap fè sòti pou mwen yon chèf pou pèp Izrayèl la, yon chèf k'ap sòti nan yon fanmi ki la depi lontan lontan.
Lè Izrayèl te jenn toujou, mwen te renmen li. Epi kòm li se pitit gason mwen. Mwen fè li soti kite peyi Lejip.
Wa peyi Tasis ak wa zile yo va vin ofri l kado. Wa peyi Saba ak wa peyi Seba va pote kado ba li. Wa tout lòt peyi yo va soumèt devan li. Tout lòt peyi yo va sèvi l.