Nan anivèsè w la, pran yon ti tan pou w di mèsi! Di Bondye mèsi pou yon lòt ane lavi, pou prezans li avè w toujou, e pou kado lavi a.
Depi w fèt, chak pa w fè, chak pawòl ki soti nan bouch ou, prezans fanmi w ak zanmi w yo, se rezon pou w di mèsi. Pa fikse w sou sa w pa genyen oubyen sa w poko rive fè, bagay sa yo ap sèlman ba w lapenn. Okontrè, di mèsi pou sa w genyen epi kenbe espwa pou sa k pral vini yo.
Ou se yon benediksyon, Bondye kreye w pou sa. Gen anpil moun ki renmen w e ki di mèsi pou egzistans ou. Bay valè ti bagay Bondye ba w yo, jwenn lanmou li nan souri ak akolad moun ki bò kote w yo.
Kite rekonesans debòde nan kè w, paske Bondye renmen w e l ap kontinye montre w sa anko e anko. Bon fèt!
Di Bondye mèsi pou tout bagay. Se sa Bondye mande nou, nou menm ki mete konfyans nou nan Jezikri.
Se pou Senyè a beni nou, se pou l pran swen nou.
Se pou Senyè a fè nou santi li la avèk nou, se pou l gen pitye pou nou.
Se pou Senyè a fè nou wè jan li renmen nou, se pou l ban nou kè poze.
Mwen di Bondye mwen an mèsi pou nou chak fwa lide m frape sou nou.
Batay n'ap mennen an, se menm batay la m'ap mennen tou. Se menm batay nou te wè m'ap mennen nan tan lontan an. Se li menm m'ap mennen jouk kounyeya, jan nou konnen an.
Chak fwa m'ap lapriyè tou pou nou, mwen fè l ak kè kontan,
Wi, se ou ki fòme tout pati nan kò m, se ou ki ranje yo byen ranje nan vant manman m.
M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen.
(12) Ala yon bèl rekòt ou ban nou lè lanne a fini! Tout kote ou pase gen labondans an kantite!
Se tout tan m'ap di Bondye mèsi pou sa l fè pou nou menm, frè lavil Korent yo, pou favè li te fè nou jwenn nan Jezikri.
Nou mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Senyè a, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze.
Bondye mete nou ansanm ak Jezikri, li fè Kris la tounen bon konprann pou nou. Se Kris la ki fè Bondye fè nou gras. Se li menm k'ap fè nou viv apa pou Bondye, se li menm ki delivre nou.
Konsa, jan sa ekri nan Liv la: Si yon moun vle fè lwanj tèt li, se pou l fè lwanj tèt li nan sa Bondye fè pou li.
Se tout tan m'ap di Bondye mèsi pou sa l fè pou nou menm, frè lavil Korent yo, pou favè li te fè nou jwenn nan Jezikri.
Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l, pou byen tout moun li te fè lide rele.
Gayis monchè, mwen swete tout bagay ap mache byen pou ou. Mwen swete ou an sante nan kò ou tankou ou an sante nan lespri ou.
— Mwen te konnen ou anvan menm mwen te ba ou lavi nan vant manman ou. Mwen te mete ou apa pou mwen anvan menm ou te fèt. Mwen te chwazi ou pou te pwofèt lòt nasyon yo.
Se mwen menm ki konnen sa m'gen nan tèt nou pou nou. Se mwen menm Senyè a k'ap pale. Se pwojè byen mwen gen pou nou, se pa pwojè malè. Sa mwen vle pou nou, se yon denmen ki chaje espwa.
Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, men sa Senyè a ap di nou kounyeya, li menm ki te kreye nou an. Nou menm moun Izrayèl yo, men sa l'ap di nou, li menm ki te fè nou ak men l: — Nou pa bezwen pè anyen! M'ap toujou pwoteje nou. Se mwen menm ki te ban nou non nou pote a. Se pou mwen nou ye.
Men pawòl Senyè a di: — Se nou menm menm ki pou sèvi m temwen. Se nou menm mwen te chwazi pou sèvi m, pou nou konnen m, pou nou kapab mete konfyans nou nan mwen, pou nou ka konprann se mwen menm sèl ki Bondye tout bon an. Anvan mwen, pat gen lòt bondye. Apre mwen, p'ap gen lòt bondye.
Se mwen menm sèl ki Granmèt la, Senyè a. Pa gen lòt ki ka delivre nou pase mwen menm!
Se mwen menm ki te di nou davans sa ki gen pou rive. Se mwen menm ki delivre nou. Pa gen okenn lòt bondye lòt nasyon yo ki janm fè sa pou nou. Nou menm, se temwen mwen nou ye. Se mwen ki Bondye. Se Senyè a menm ki di sa.
M pa janm chanje. Pèsonn pa ka chape anba men mwen. Ki moun ki ka defèt sa mwen fè?
Men sa Senyè k'ap delivre nou an di: Men sa Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa a di: — Pou m ka sove nou, m'ap voye yon lame mache sou lavil Babilòn. M'ap fè yo tout kouri met deyò. Wi, moun Kalde yo pral desann sòti sou batiman ki te tout lògèy yo a.
Se mwen menm Senyè a, Bondye pa nou an, ki yon Bondye apa. Se mwen menm ki te kreye pèp Izrayèl la. Se mwen menm ki wa nou!
Nan tan lontan, se li menm, Senyè a, ki te louvri yon chemen nan mitan lanmè a pou nou. Li te fè yon wout nan mitan gwo dlo ki te fin debòde yo.
Li te fè moun yo sanble yon gwo lame ak anpil zam, anpil cha lagè ak tout chwal yo. Li fè yo tonbe atè, yo pa janm ka leve ankò. Yo mouri tankou yon bouji lè ou soufle sou li.
Men sa Senyè a di: Pa chita ap chonje tan lontan. Pa rete ap kalkile sa ki fin pase!
Men m'ap fè yon lòt bagay pou nou. Li konmanse rive deja. Nou pa wè li? Mwen pral fè yon wout nan mitan dezè a. Mwen pral fè gwo dlo koule nan savann lan.
Lè n'ap pase sou lanmè, m'ap kanpe la avèk nou. Lè n'ap janbe gwo dlo, dlo a p'ap bwote nou ale. Lè n'ap mache nan mitan dife, dife p'ap boule nou. Flanm dife a p'ap fè nou anyen.
Pitit mwen, pa janm bliye sa mwen moutre ou yo. Kenbe tou sa mwen di ou fè yo nan kè ou.
Lè ou fè sa, galata ou ap toujou chaje danre. Barik diven ou yo ap plen ra bouch.
Pitit mwen, lè Senyè a ap pini ou, pa betize ak sa. Lè l'ap korije ou, pa dekouraje.
Paske Senyè a korije moun li renmen, menm jan yon papa korije pitit li renmen anpil la.
Ala bon sa bon pou moun ki gen konesans, pou moun ki rive gen bon konprann!
Benefis l'ap rapòte pi bon pase sa lajan bay. Avantaj l'ap bay gen plis valè pase lò.
Sajès pi bon pase boul lò. Nanpwen anyen moun ta renmen genyen ki ka parèt devan li.
Yon bò, bon konprann ap fè moun viv lontan. Yon lòt bò, l'ap bay richès, l'ap fè moun respekte ou.
L'ap fè moun viv ak kè kontan. L'ap fè ou reyisi nan tou sa w'ap fè.
Moun ki gen bon konprann jwenn lavi. Sa bon nèt pou moun ki gen bon konprann!
Avèk bon konprann li, Bondye kreye latè. Avèk entelijans li, li mete syèl la nan plas li.
Se yo k'ap fè ou viv lontan. Se yo k'ap fè ou viv ak kè poze.
Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l fè kè nou kontan nèt, pou l fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.
Lè yon moun mache dwat, Senyè a ba li bon konsèy. Lè yon moun serye, li pwoteje l.
Li pwoteje moun ki pa fè lenjistis. Li pran defans moun ki kenbe fèm nan sèvis li.
M'ap toujou aji konsa ak nou jouk n'a vye granmoun. M'ap toujou soutni nou jouk n'a gen cheve blan. M'a pote nou nan men m jan m te toujou fè l la. M'a pran nou sou kont mwen, m'a delivre nou.
Se pou nou toujou kontan nan lavi n'ap mennen ansanm nan Senyè a. M'ap repete l ankò: Fè kè nou kontan anpil.
Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l kontinye l jouk li va fini l nèt, lè jou Jezikri a va rive.
W'a fin fè sa ou te konmanse fè pou mwen an. Senyè, ou p'ap janm sispann renmen nou. Pa vire do ou kite travay ou konmanse fè a!
Sous bonte Senyè a p'ap janm teri. Mizerikòd li poko janm bout.
Li renouvle yo chak maten Ala kenbe ou konn kenbe pawòl ou, Senyè!
(2) Sa bon nèt pou nou di Senyè a mèsi, pou nou chante pou ou, Bondye ki anwo nan syèl la.
(11) Ou fè m gen menm fòs ak towo bèf mawon yo. Ou fè kè m kontan.
(12) Mwen wè ak je m jan lènmi m yo pèdi batay la, mwen tande jan moun ki pa vle wè m yo ap rele.
(13) Moun k'ap mache dwat yo pral pouse tankou palmis, y'ap grandi tankou pye sèd nan peyi Liban.
(14) Yo tankou pyebwa yo plante nan kay Senyè a, y'ap pouse bèl branch nan Tanp Bondye nou an.
(15) Yo te mèt granmoun, y'ap donnen, y'ap toujou vèt, y'ap toujou gen fòs.
(16) Sa fè nou wè jan Senyè a pa gen patipri. Se li ki tout pwoteksyon mwen. Pa gen lenjistis nan kè li.
(3) Sa bon nèt pou chak maten nou fè konnen jan ou gen kè sansib, pou chak swa nou fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou.
Se Bondye ki fè nou. Li kreye nou nan Jezikri pou nou pratike sa ki byen, bon zèv li te pare davans pou nou fè yo.
M'ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen.
Vini non, ann fè kè nou kontan, ann chante pou Senyè a! Ann fè fèt pou moun k'ap pwoteje nou an, pou moun k'ap delivre nou an!
Pandan karantan, ras moun sa yo ban m degoutans. Mwen te di: Y'ap fè move lide nan tèt yo. Yo derefize obeyi kòmandman mwen yo.
Se sa k fè, lè m te ankòlè a, mwen sèmante yo p'ap mete pye yo kote pou yo pran repo ansanm ak mwen an.
Ann parèt devan li pou nou di l mèsi! Ann chante yon chante pou fè lwanj li!
Men, Senyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.
Mwen di Bondye mwen an mèsi pou nou chak fwa lide m frape sou nou.
Batay n'ap mennen an, se menm batay la m'ap mennen tou. Se menm batay nou te wè m'ap mennen nan tan lontan an. Se li menm m'ap mennen jouk kounyeya, jan nou konnen an.
Chak fwa m'ap lapriyè tou pou nou, mwen fè l ak kè kontan,
poutèt jan nou te ede m gaye bòn nouvèl la, depi premye jou a jouk kounyeya.
Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l kontinye l jouk li va fini l nèt, lè jou Jezikri a va rive.
Mete tout konfyans ou nan Senyè a. Pa gade sou sa ou konnen.
Toujou chonje Senyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, la moutre ou chemen pou ou pran.
Pandan n'ap tann lan, fè kè n kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè.
Chache gen konesans, se premye bagay yon nonm lespri dwe fè. Nenpòt kisa ou ka genyen, bay li pou ou vin gen konprann.
(12) Paske, se Senyè a ki tout defans mwen, se li menm k'ap pwoteje nou. L'ap ban nou favè li, l'ap fè yo respekte nou. Lè yon moun ap mennen yon vi ki san repwòch, Bondye p'ap janm refize l okenn bon bagay.
M'ap bay tout moun lòt nasyon yo pou m ka sove lavi nou, paske mwen konsidere nou anpil. Nou gen anpil valè pou mwen, mwen renmen nou anpil.
Lwanj pou Senyè a! Ala bon sa bon pou moun ki gen krentif pou Senyè a, ki pran tout plezi l nan fè sa li mande!
Lè mechan wè sa, li move. Li manje dan l, kè l grenn. Tou sa mechan an t'ap tann lan pa rive.
Pitit li yo va grannèg nan peyi a. Bondye ap toujou voye benediksyon sou pitit moun ki mache dwat devan li.
Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou. M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.
Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo kounyeya.
(1b) Senyè a se gadò mwen, mwen p'ap janm manke anyen.
Kote zèb yo pi bèl, se la li fè m pran repo. Kote dlo a koule poze, se la li mennen m bwè.
(1b) Senyè a se gadò mwen, mwen p'ap janm manke anyen.
Kote zèb yo pi bèl, se la li fè m pran repo. Kote dlo a koule poze, se la li mennen m bwè.
Li fè m reprann fòs. Li fè m mache nan chemen dwat, pou sa sèvi yon lwanj pou non li.
Chak moun dwe pran kado Bondye ba yo a pou yo rann lòt yo sèvis. Konsa, tankou bon jeran, n'a pran kado Bondye yo, ki divès kalite, n'a fè yo travay.
Mwen mande Senyè a yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil anpil: Se pou m ta pase tout lavi m nan kay Senyè a, pou m ka gade bèl bagay li yo byen, pou m ka pran tan m pou m kalkile nan kay ki apa pou li a.