Vèsè Biblik

Piblisite


Soukategori

VÈSÈ CÈLÈ

Pawòl Bondye a gen fòs, li chanje lavi moun. Gen anpil vèsè nou konn tande ki gen yon pouvwa pou transfòme nou, pou chanje fason nou panse, fason n ap viv. Se vèsè nou toujou ap aprann pou nou ka mete an pratik nan chak sitiyasyon.

“Mwen kapab fè tout bagay nan Kris la ki ban mwen fòs.” (Filipyen 4:13). Sa a, se youn nan vèsè nou toujou ap aprann epi nou sèvi avè l lè nou santi nou febli.

“Paske, Bondye sitèlman renmen lemonn, li bay sèl Pitit li a, pou tout moun ki mete konfyans yo nan li pa pèdi, men pou yo gen lavi ki p'ap janm fini an.” (Jan 3:16). Vèsè sa a se youn nan pi enpòtan yo, e se youn nan premye yo moun di w lè y ap prezante w Senyè nou an, Jezikri.

Gen anpil lòt vèsè ankò moun konn site souvan, epi ou ka jwenn yo tou.


Jenèz 12:3

M'ap voye benediksyon mwen sou tout moun ki va mande benediksyon pou ou. Men, m'ap madichonnen tout moun ki va ba ou madichon. Gremesi ou, tout nasyon sou latè va jwenn benediksyon.

Chapit   |  Vèsyon
Lik 6:28

Mande benediksyon pou moun k'ap ban nou madichon. Lapriyè pou moun k'ap maltrete nou.

Chapit   |  Vèsyon
Detewonòm 11:27

Se va benediksyon pou nou si nou swiv tout kòmandman Senyè a, Bondye nou an, kòmandman mwen ban nou jòdi a.

Chapit   |  Vèsyon
Detewonòm 11:26

Jòdi a, mwen mete benediksyon ak madichon devan nou. Se nou ki pou chwazi.

Chapit   |  Vèsyon
Zakari 8:13

Nou menm moun Jida ak moun Izrayèl, menm jan yon lè mwen te fè nou tounen yon madichon nan mitan lòt nasyon yo, konsa tou m'a delivre nou, m'a fè nou tounen benediksyon nan mitan lòt nasyon yo. Nou pa bezwen pè. Pran kouray!

Chapit   |  Vèsyon
Jozye 8:34

Lèfini, Jozye li tout pawòl ki te nan liv lalwa a, pawòl benediksyon yo kou pawòl madichon yo, jan yo ekri nan liv lalwa a.

Chapit   |  Vèsyon
Jak 3:10

Menm bouch la bay benediksyon, li bay madichon tou. Frè m yo, sa pa dwe fèt konsa.

Chapit   |  Vèsyon
Jak 3:9

Avèk lang nou, nou fè lwanj Bondye papa nou. Avèk menm lang lan, nou bay moun madichon, moun Bondye te kreye pòtre ak li.

Chapit   |  Vèsyon
Galat 3:13

Kris la delivre nou anba madichon lalwa lè li te pran madichon an nan plas nou. Se konsa sa te ekri nan Liv la: Madichon pou moun yo pandye sou bwa a.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 3:33

Madichon Bondye chita lakay mechan yo. Men, benediksyon l ap kouvri kay moun ki mache dwat yo.

Chapit   |  Vèsyon
Neyemi 13:2

Paske moun Amon ak moun Mowab yo te refize bay moun pèp Izrayèl yo pen ak dlo lè yo t'ap kite peyi Lejip la. Okontrè yo bay Balaram lajan pou li te madichonnen yo. Men bondyefè tou, Bondye nou an vire madichon an, li fè li tounen benediksyon.

Chapit   |  Vèsyon
Detewonòm 28:1-2

Si nou koute Senyè a, Bondye nou an, si nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, Senyè a va fè nou tounen nasyon ki pi gran pase tout lòt nasyon ki sou latè.

Lè sa a, tout pèp sou latè va wè Senyè a te chwazi nou pou pote non l, y'a gen respè pou nou.

Senyè a va kouvri nou ak benediksyon, l'a ban nou anpil pitit, anpil bèt ak anpil rekòt nan peyi Senyè a te pwomèt zansèt nou yo l'ap ban nou an.

L'a rete nan syèl la, l'a louvri trezò li, l'a voye lapli sou sezon an va rive, l'a beni tout travay n'ap fè. N'a gen dekwa pou nou prete moun. Nou p'ap janm nan bezwen prete.

Senyè a va mete nou devan, nou p'ap janm dèyè. N'a toujou anwo, nou p'ap janm anba, depi nou swiv tout lòd Senyè a, Bondye nou an, depi nou fè tou sa mwen mande nou fè jòdi a,

san nou pa janm kite chemen li mete devan nou an pou n'ale dèyè lòt bondye pou nou sèvi yo.

Men tou, si nou pa koute Senyè a, Bondye nou an, si nou pa fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, si nou pa swiv regleman mwen ban nou yo, men madichon l'ap ban nou epi k'ap tonbe sou nou:

Madichon Bondye va tonbe sou nou lavil kou andeyò.

Madichon Bondye va tonbe sou tout rekòt nou fè ak sou tout sa n'ap manje.

Madichon Bondye va tonbe sou pitit nou yo, sou rekòt jaden nou yo, sou pòte bèf, pòte kabrit ak pòte mouton nou yo.

Madichon Bondye va tonbe sou tou sa n'ap fè, depi nan mete men jouk nou bout.

Wi, si nou koute Senyè a, Bondye nou an, men benediksyon l'ap vide sou nou:

Chapit   |  Vèsyon
Detewonòm 28:15

Men tou, si nou pa koute Senyè a, Bondye nou an, si nou pa fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, si nou pa swiv regleman mwen ban nou yo, men madichon l'ap ban nou epi k'ap tonbe sou nou:

Chapit   |  Vèsyon
Detewonòm 30:19-20

Mwen pran syèl la ak latè a sèvi m temwen jòdi a: Men li, mwen mete devan nou lavi yon bò, lanmò yon bò, benediksyon yon bò, madichon yon bò pou nou chwazi. Chwazi lavi tande, pou nou ka viv, nou menm ansanm ak tout pitit nou yo.

si nou tounen vin jwenn Senyè a, Bondye nou an, si nou koute l ak tout kè nou, ak tout nanm nou, nou menm ak tout pitit nou yo, jan m'ap ban nou lòd jòdi a,

Renmen Senyè a, Bondye nou an. Koute l. Pa lage l menm, paske se li menm ki tout lavi nou, se li k'ap fè nou viv lontan nan peyi Senyè a te fè pwomès li t'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb, zansèt nou yo.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 37:22

Moun Senyè a beni va pran peyi a pou yo. Men, moun ki anba madichon Bondye gen pou disparèt sou tè a.

Chapit   |  Vèsyon
Detewonòm 30:1

Mwen mete benediksyon ak madichon devan nou. N'a chwazi. Lè tout bagay mwen te di nou yo va rive nou, si, antan n'ap viv nan mitan lòt nasyon nan peyi kote Senyè a te gaye nou yo, nou vin sonje sa m' te di nou,

Chapit   |  Vèsyon
1 Korent 4:12

N'ap fatige kò nou travay pou n ka manje. Lè yo joure nou, nou mande benediksyon pou moun k'ap joure nou. Lè yo pèsekite nou, nou mare kè nou.

Chapit   |  Vèsyon
Detewonòm 11:26-28

Jòdi a, mwen mete benediksyon ak madichon devan nou. Se nou ki pou chwazi.

Se va benediksyon pou nou si nou swiv tout kòmandman Senyè a, Bondye nou an, kòmandman mwen ban nou jòdi a.

Men se va madichon pou nou si nou pa vle mache dapre kòmandman Senyè a, Bondye nou an, si nou kite chemen mwen mande nou pou nou swiv jòdi a pou n'al kouri dèyè lòt bondye nou pa janm konnen.

Chapit   |  Vèsyon
Detewonòm 28:2

Wi, si nou koute Senyè a, Bondye nou an, men benediksyon l'ap vide sou nou:

Chapit   |  Vèsyon
Jenèz 3:17

Apre sa li di Adan: — Ou koute pawòl madanm ou, pa vre! Ou manje fwi pyebwa mwen te ba ou lòd pa manje a. Poutèt sa ou fè a, m'ap madichonnen tè a. W'a gen pou travay di toutan pou fè tè a bay sa ou bezwen pou viv.

Chapit   |  Vèsyon
Galat 6:7

Pa twonpe tèt nou. Moun pa ka pase Bondye nan betiz. Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte.

Chapit   |  Vèsyon
Detewonòm 30:19

Mwen pran syèl la ak latè a sèvi m temwen jòdi a: Men li, mwen mete devan nou lavi yon bò, lanmò yon bò, benediksyon yon bò, madichon yon bò pou nou chwazi. Chwazi lavi tande, pou nou ka viv, nou menm ansanm ak tout pitit nou yo.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 62:4

(5) Wi, yo pa gen lòt lide nan tèt yo pase fè l pèdi gwo plas kote li ye a. Yo pran plezi nan bay manti. Yo louvri bouch yo pou mande benediksyon, men nan kè yo, se madichon y'ap bay.

Chapit   |  Vèsyon
Nonb 22:6

Tanpri, vini non. Vin madichonnen yo pou mwen, paske yo pi fò pase m. Lè sa a, ou pa janm konnen, m'a ka bat yo, m'a mete yo deyò nan peyi a. Paske mwen konnen lè ou beni yon moun, li beni nèt, Konsa tou, lè ou bay yon moun madichon, li madichonnen nèt.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 10:22

Benediksyon Bondye bay moun richès. Ou te mèt travay di ou pa ka mete anyen sou li.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 26:12

Gen plis espwa pou yon moun ki san konprann pase pou yon moun ki mete nan tèt li li konprann.

Chapit   |  Vèsyon
Levitik 20:9

Depi yon moun bay manman l osinon papa l madichon, se pou yo touye l. Paske li madichonnen manman l ak papa l, se li menm sèl kab reskonsab lanmò li.

Chapit   |  Vèsyon
Malachi 2:2

Si nou pa koute sa m'ap di nou la a, si nou pa sòti pou nou sèvi yon lwanj pou mwen, m'ap voye madichon sou nou. Se Senyè ki gen tout pouvwa a k'ap pale konsa wi. M'ap madichonnen tout bon bagay k'ap vin pou nou yo. Wi, mwen madichonnen yo deja, paske nou pa sòti pou nou sèvi yon lwanj pou mwen.

Chapit   |  Vèsyon
Egzòd 21:17

Si yon moun bay papa l osinon manman l madichon, se pou yo touye l.

Chapit   |  Vèsyon
Nonb 6:24-26

Se pou Senyè a beni nou, se pou l pran swen nou.

Se pou Senyè a fè nou santi li la avèk nou, se pou l gen pitye pou nou.

Se pou Senyè a fè nou wè jan li renmen nou, se pou l ban nou kè poze.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 1:1-3

Ala bon sa bon pou moun ki pa koute konsèy mechan yo, ki pa swiv egzanp moun k'ap fè sa ki mal, ki pa chita ansanm ak moun k'ap pase Bondye nan betiz,

men ki pran tout plezi l nan lalwa Senyè a, k'ap repase l nan tèt li lajounen kou lannwit.

Li tankou yon pyebwa yo plante bò kannal dlo: Li donnen lè sezon l rive. Fèy li p'ap janm fennen. Tou sa l fè sòti byen.

Chapit   |  Vèsyon
Women 12:14

Mande Bondye pou l beni moun k'ap pèsekite nou. Mande benediksyon, pa mande madichon pou yo.

Chapit   |  Vèsyon
Efezyen 4:29

Pa kite okenn move pawòl sòti nan bouch nou. Pale bon koze ki ka ede lòt yo grandi nan konfyans Bondye, koze ki ka ede yo lè yo nan move pa. Konsa, se yon byen n'a fè pou moun k'ap tande nou yo.

Chapit   |  Vèsyon
Galat 3:13-14

Kris la delivre nou anba madichon lalwa lè li te pran madichon an nan plas nou. Se konsa sa te ekri nan Liv la: Madichon pou moun yo pandye sou bwa a.

Sa te fèt konsa pou moun ki pa jwif yo te ka rive resevwa benediksyon Bondye te pwomèt Abraram lan gremesi Jezikri, pou nou tout te ka resevwa Lespri Bondye te pwomèt la, paske nou te mete konfyans nou nan li.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 112:1-3

Lwanj pou Senyè a! Ala bon sa bon pou moun ki gen krentif pou Senyè a, ki pran tout plezi l nan fè sa li mande!

Lè mechan wè sa, li move. Li manje dan l, kè l grenn. Tou sa mechan an t'ap tann lan pa rive.

Pitit li yo va grannèg nan peyi a. Bondye ap toujou voye benediksyon sou pitit moun ki mache dwat devan li.

Li alèz lakay li, li gen anpil richès. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon
Detewonòm 28:1-14

Si nou koute Senyè a, Bondye nou an, si nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, Senyè a va fè nou tounen nasyon ki pi gran pase tout lòt nasyon ki sou latè.

Lè sa a, tout pèp sou latè va wè Senyè a te chwazi nou pou pote non l, y'a gen respè pou nou.

Senyè a va kouvri nou ak benediksyon, l'a ban nou anpil pitit, anpil bèt ak anpil rekòt nan peyi Senyè a te pwomèt zansèt nou yo l'ap ban nou an.

L'a rete nan syèl la, l'a louvri trezò li, l'a voye lapli sou sezon an va rive, l'a beni tout travay n'ap fè. N'a gen dekwa pou nou prete moun. Nou p'ap janm nan bezwen prete.

Senyè a va mete nou devan, nou p'ap janm dèyè. N'a toujou anwo, nou p'ap janm anba, depi nou swiv tout lòd Senyè a, Bondye nou an, depi nou fè tou sa mwen mande nou fè jòdi a,

san nou pa janm kite chemen li mete devan nou an pou n'ale dèyè lòt bondye pou nou sèvi yo.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 5:6

Benediksyon pou moun ki anvi viv jan Bondye vle l la, paske Bondye va ba yo sa yo vle a.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 18:21

Sa ou di ka lavi pou ou, li ka lanmò pou ou. Sa ou chwazi, se sa w'ap jwenn.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 94:23

L'ap fè mechanste yo a tonbe sou pwòp tèt yo, l'ap fè peche yo a touye yo. Senyè a, Bondye nou an, ap disparèt yo.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 34:8

(9) Goute, n'a wè jan Senyè a bon! Ala bon sa bon pou moun ki jwenn pwoteksyon anba zèl li!

Chapit   |  Vèsyon
Jòb 1:21

Epi Jòb di: — San anyen, mwen soti nan vant manman mwen. M'ap tounen anba tè san anyen. Bondye bay, Bondye pran. Lwanj pou Bondye!

Chapit   |  Vèsyon
Jak 3:10-12

Menm bouch la bay benediksyon, li bay madichon tou. Frè m yo, sa pa dwe fèt konsa.

Yon sous dlo pa ka bay dlo dous ak dlo sale anmenmtan.

Frè mwen yo, yon pye sikren pa ka donnen kenèp, ni yon pye rezen pa ka bay siwèl. Dlo sale pa ka bay dlo dous.

Chapit   |  Vèsyon
1 Pyè 3:9

Pa rann moun mal pou mal, jouman pou jouman. Okontrè, lè konsa, mande benediksyon pou yo, paske se benediksyon Bondye te pwomèt pou l ban nou lè li te rele nou an.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 30:5

(6) Paske, lè li ankòlè, se pou yon ti tan. Men, li ban nou favè l pou tout tan n'ap viv. Lannwit nou kriye, Kou l jou, kè nou kontan.

Chapit   |  Vèsyon
Galat 6:7-8

Pa twonpe tèt nou. Moun pa ka pase Bondye nan betiz. Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte.

Moun ki simen sa ki fè kò l plezi, li gen pou l rekòlte lanmò. Men, moun ki simen sa ki fè Lespri Bondye a plezi, Lespri a va fè l rekòlte lavi ki p'ap janm fini an.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 65:4

(5) Ala bon sa bon pou moun ou menm ou chwazi, pou moun ou menm ou rele bò kote ou! L'ap rete anndan lakay ou! N'ap plen vant nou ak bon bagay ki gen lakay ou, ak benediksyon ki nan kay ki apa pou ou a.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 25:34

Apre sa, wa a va pale ak sa ki sou bò dwat li yo, l'a di: Vini non, nou menm ki resevwa benediksyon Papa m, vin pran posesyon peyi ki te pare pou nou depi lè Bondye t'ap kreye lemonn lan.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 107:38

Li beni yo, li ba yo anpil pitit, li pa kite bèt yo depeple.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 112:1

Lwanj pou Senyè a! Ala bon sa bon pou moun ki gen krentif pou Senyè a, ki pran tout plezi l nan fè sa li mande!

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 119:35

Fè m viv yon jan ki dakò ak kòmandman ou yo, paske se nan yo mwen jwenn tout plezi m.

Chapit   |  Vèsyon
Egzòd 20:5

Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske mwen menm, Senyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi. Lè yon moun rayi m, mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa.

Chapit   |  Vèsyon
Egzòd 23:25-26

Se mwen menm Senyè a, Bondye nou an, pou nou sèvi. M'ap beni nou, m'ap ban nou manje pou n manje, dlo pou nou bwè. Mwen p'ap kite maladi tonbe sou nou.

Nan peyi nou an p'ap gen fanm k'ap fè fòskouch, ni fanm ki p'ap ka fè pitit. M'ap kite nou viv jouk nou fin granmoun.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 19:17

Lè ou bay pòv lacharite, se Bondye ou prete. Se li menm ki va renmèt ou sa.

Chapit   |  Vèsyon
Lik 6:38

Bay, Bondye va ban nou. L'a lage yon bon mezi, byen souke, byen foule, ak tout tiyon l, nan pòch rad nou. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm Bondye va pran pou mezire nou tou.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 128:1-2

(1b) Ala bon sa bon pou ou, ou menm ki gen krentif pou Senyè a, ou menm k'ap mache nan chemen li mete devan ou lan!

Avèk travay ou fè ak men ou, w'ap jwenn manje pou ou manje, w'ap kontan, zafè ou ap mache byen.

Chapit   |  Vèsyon
Women 15:29

Mwen konnen lè m'a rive wè nou an, se avèk tout benediksyon Kris la m'a rive.

Chapit   |  Vèsyon
Ebre 11:20

Se konfyans nan Bondye ki fè Izarak te bay Jakòb ak Ezayi benediksyon pou pi devan.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 119:17

Aji byen avè m, mwen menm k'ap sèvi ou la, pou m ka viv, pou m ka fè tou sa ou di m fè.

Chapit   |  Vèsyon
Ebre 11:6

Nou konnen pèsonn pa ka fè Bondye plezi si li pa gen konfyans nan Bondye. Moun ki vle pwoche bò kote Bondye, se pou yo kwè gen yon Bondye, yon Bondye k'ap rekonpanse tout moun k'ap chache li.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 11:11

Se bèl bagay pou yon lavil lè li gen moun serye ladan l. Men, mechan yo ap detwi l ak lang yo.

Chapit   |  Vèsyon
Eklezyas 3:13

Tout moun fèt pou yo manje, pou yo bwè, pou yo jwi sa travay yo rapòte yo. Sa se kado Bondye ba yo.

Chapit   |  Vèsyon
Detewonòm 26:2

chak moun va pran premye donn tout pyebwa nan jaden li fè sou tè Senyè a, Bondye li a, va ba li, la mete yo nan yon panyen, epi la pote l kote Senyè a te chwazi pou l rete nan mitan nou an.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 22:9

Bondye beni moun ki gen bon kè, paske lè moun ki gen bon kè wè yon pòv, yo separe sa yo genyen an avè l.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 16:5-6

Senyè, se ou menm ki tout byen mwen. Se ou ki ban m tou sa m merite. Lavi m nan men ou.

Ala yon bèl eritay ki vin pou mwen! Ala kontan mwen kontan pou pòsyon pa m lan!

Chapit   |  Vèsyon
Ezayi 65:16

Tout moun nan peyi a ki bezwen benediksyon va jwenn benediksyon nan men Bondye ki toujou kenbe pawòl li a. Tout moun nan peyi a k'ap fè sèman va fè l nan non Bondye k'ap toujou kenbe pawòl li a, paske moun yo p'ap chonje tray yo te konn pase nan tan lontan yo, m'ap bliye sa.

Chapit   |  Vèsyon
Jeremi 17:7-8

Benediksyon pou moun ki mete konfyans yo nan Senyè a, wi, pou moun ki mete tout espwa yo nan li.

L'ap tankou pyebwa yo plante bò larivyè. L'ap plonje rasin ni fon nan dlo. Li pa pè anyen lè sezon chalè rive paske fèy li ap toujou rete vèt. Te mèt gen yon lane sechrès, sa p'ap fè li anyen, l'ap toujou donnen.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 68:19

(20) Ann fè lwanj Senyè a chak jou! Li pote chay nou pou nou: Se li ki Bondye nou, se li ki delivre nou.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 21:21

Lè yon moun pa fè lenjistis, lè li gen bon kè, l'ap viv lontan. Tout zafè l ap mache byen, y'ap respekte l.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 4:7

Chache gen konesans, se premye bagay yon nonm lespri dwe fè. Nenpòt kisa ou ka genyen, bay li pou ou vin gen konprann.

Chapit   |  Vèsyon
Jenèz 12:2-3

M'ap ba ou anpil pitit pitit. Y'a tounen yon gwo nasyon. M'a beni ou. Y'a nonmen non ou toupatou. W'a sèvi yon benediksyon pou tout moun.

Farawon an pase moun li yo lòd pou fè Abram pati kite peyi a, li menm ansanm ak madanm li avèk tou sa ki te pou li.

M'ap voye benediksyon mwen sou tout moun ki va mande benediksyon pou ou. Men, m'ap madichonnen tout moun ki va ba ou madichon. Gremesi ou, tout nasyon sou latè va jwenn benediksyon.

Chapit   |  Vèsyon

Lapriyè bay Bondye

Mèsi Bondye, ou se geri mwen, ou se moun kap founi pou mwen, ou se gadò mwen. Se ou menm k ap mennen batay mwen yo, se ou k ap mennen m de glwa an glwa. Nan non Jezi ki gen tout pouvwa a, mèsi pou pawòl ou a, li se pi bon manje m, se ladan l mwen jwenn kwasans espirityèl mwen. Se li k ap klere chemen m, k ap pwoteje m pou m pa tonbe. Ban m sajès ou pou m ka konnen w epi konprann ou atravè li. Se ou k ap soutni m, k ap di m: "Pa pè, m ap ede w". Jodi a, mwen mande w pou w etabli wayòm ou a nan lavi m ak nan lavi fanmi mwen. Mèsi paske pawòl ou deklare: "Ou se pwoteksyon mwen, ou se fòs mwen, ou se sekou rapid mwen nan tray mwen yo". Nan moman difisil sa a, mwen konnen w ap pran swen m, e mwen deklare ke menm si m ap mache nan fon lanmò, mwen p ap pè anyen. Disipe tout fènwa, fè limyè Kris la briye nan lavi m ak nan kay mwen. Nan non Jezi, Amèn.