Vèsè Biblik

Piblisite


Soukategori

VÈSÈ POU OFRAN

Cheri mwen, lè w ap ofri bay Bondye, sonje se yon bèl bagay devan je l. Se pou w ba li pi bon bagay ou genyen ak tout kè w. Fòk ou kontan, paske Bondye ban nou plis pase sa nou merite. Li beni nou anpil.

Si w bay sèlman sa w rete avèk, atann ou lavi a ap fè menm bagay la avè w tou. Fòk ou bay tankou se pou tèt ou w ap bay, san fòse, san tann anyen an retou. Pa fè bri pou moun wè w. Men gòch ou pa bezwen konnen sa men dwat ou ap fè.

Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan, li konnen sa k nan kè nou. Bay jan ou deside nan kè w, san lapenn, san fòse, paske Bondye renmen moun ki bay ak jwa. Jan 2 Korentyen 9:7 di a: "Chak moun dwe bay jan l' te deside nan kè l', san l' pa règrèt anyen, san moun pa fòse l' fè l'. Paske, Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan." Ofrann se yon fason pou n adore Bondye, pou n ba li yon pòsyon nan sa li te ban nou an premye.

Lè Bondye bay, li bay anpil, li bay ak tout kè l. Lè w ofri ak tout kè w, w ap louvri pòt pou Bondye vide benediksyon l sou ou. Plis ou bay, plis w ap resevwa.


Jak 4:4

Ala bann moun pa fidèl! Se konnen nou pa konnen lamitye pou lemonn se rayisans pou Bondye! Moun ki vle vin zanmi lemonn, li tou chwazi pou li lènmi Bondye.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 1:1

Ala bon sa bon pou moun ki pa koute konsèy mechan yo, ki pa swiv egzanp moun k'ap fè sa ki mal, ki pa chita ansanm ak moun k'ap pase Bondye nan betiz,

Chapit   |  Vèsyon
2 Jan 1:10-11

Si yon moun vin jwenn nou pou l moutre nou yon lòt bagay, pa resevwa l lakay nou. Ata bonjou pou nou refize di li.

Paske, depi ou di yon moun konsa bonjou, ou dekonplis ak li nan tout move bagay l'ap fè yo.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 14:7

Pa pwoche bò kote moun san konprann. Se pa anba bouch yo w'ap pran anyen.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 22:24-25

Pa fè zanmi ak moun ki ankòlè fasil. Pa mache ak moun ki gen san wo.

W'a pran move mès yo. W'a rale malè sou ou.

Chapit   |  Vèsyon
1 Jan 2:15

Pa renmen lemonn, ni anyen ki soti nan lemonn. Si yon moun renmen vye prensip k'ap mennen lemonn yo, li pa ka renmen prensip Papa a.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 13:20

Fè zanmi ak moun ki gen konesans, ou menm tou w'a vin gen konesans. Fè zanmi ak moun ki san konprann, ou nan pwoblèm.

Chapit   |  Vèsyon
1 Korent 5:11

Mwen te vle di pou n pa mele ak yon nonm ki swadizan frè nou nan Kris la, men k'ap viv nan dezòd, ki gen lanvi plen kè l, k'ap sèvi zidòl, k'ap pale moun mal, ki tafyatè, osinon ki vòlò. Nou pa dwe menm chita sou menm tab pou n manje ak yon nonm konsa.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 18:24

Gen zanmi se pran yo vin pran. Men, gen zanmi tou yo plis pase frè.

Chapit   |  Vèsyon
1 Korent 15:33

Piga nou twonpe tèt nou: move zanmi gate bon levasyon.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 16:28

Ipokrit toujou ap pouse dife. Moun k'ap fè tripotay mete zanmi dozado.

Chapit   |  Vèsyon
Lamantasyon 1:2

Tout lannwit l'ap plede kriye, dlo ap koule nan je l san rete. Nan tout moun ki te renmen l yo, li pa jwenn yonn menm pou konsole l. Tout zanmi l yo trayi l, yo tout fè l lènmi kounyeya.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 17:9

Si ou vle moun renmen ou, padonnen lè yo fè ou mal. Si w'ap mache repete bagay moun fè ki mal, w'ap mete zanmi dozado.

Chapit   |  Vèsyon
2 Tesalonisyen 3:6

Frè m yo, men sa m'ap mande nou nan non Jezikri, Senyè a: Pran distans nou ak tout frè k'ap fè parese, ki p'ap konfòme yo ak sa m te moutre nou.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 27:6

Zanmi rale zòrèy ou pou byen ou, men lènmi pase men nan kou ou pou woule ou.

Chapit   |  Vèsyon
Tit 3:10-11

Si yon moun vle mete divizyon, pale avè l yon premye fwa, yon dezyèm fwa. Si li pa koute ou, pa okipe li.

Paske ou konnen byen, yon moun konsa fin pèdi. Se pwòp peche li ki kondannen li.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 3:32

Paske Senyè a pa vle wè moun ki deprave. Men, li mete moun ki mache dwat yo nan tout sekrè l yo.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 16:29

Mechan an pran tèt kanmarad li, li fè l fè sa ki pa bon.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 19:4

Lè ou gen lajan, ou toujou gen zanmi. Men lè ou pòv, dènye zanmi vire do ba ou.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 28:19

Moun ki travay di nan jaden li ap jwenn kont danre pou li manje. Men moun k'ap fè bagay ki p'ap sèvi anyen ap toujou pòv.

Chapit   |  Vèsyon
2 Kwonik 19:2

Yon pwofèt yo te rele Jeou, pitit gason Anani an, vin kontre wa a, li di l konsa: — Ki jan ou fè al ede moun k'ap fè mal? Ki jan ou rive fè zanmi ak moun ki pa vle wè Senyè a? Se poutèt sa, Senyè a fache sou ou anpil.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 119:115

Wete kò nou sou mwen, bann mechan, pou m ka obeyi kòmandman Bondye mwen an.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 26:4-5

Mwen pa chita ansanm ak moun k'ap bay manti, mwen pa gen anyen pou m wè ak moun ipokrit.

Mwen rayi tout moun k'ap fè sa ki mal. Mwen pa chita ansanm ak mechan yo.

Chapit   |  Vèsyon
2 Tesalonisyen 3:14-15

Si yon moun pa swiv lòd mwen bay nan lèt sa a, make li. Piga pèsonn gen okenn rapò avè l, pou l sa wont.

Men, se pa poutèt sa pou nou fè lènmi avè li. Okontrè, pale avè l tankou yon frè.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 24:1

Pa anvye sò mechan yo. Pa chache fè zanmi ak yo.

Chapit   |  Vèsyon
Eklezyas 9:18

Konesans pi bon pase tout zam pou fè lagè. Men, fòt yon sèl moun ka fè anpil byen pèdi tou.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 12:26

Moun ki mache dwat ap toujou moutre zanmi l bon chemen. Men, mechan an ap fè yo pèdi chemen yo.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 1:1-3

Ala bon sa bon pou moun ki pa koute konsèy mechan yo, ki pa swiv egzanp moun k'ap fè sa ki mal, ki pa chita ansanm ak moun k'ap pase Bondye nan betiz,

men ki pran tout plezi l nan lalwa Senyè a, k'ap repase l nan tèt li lajounen kou lannwit.

Li tankou yon pyebwa yo plante bò kannal dlo: Li donnen lè sezon l rive. Fèy li p'ap janm fennen. Tou sa l fè sòti byen.

Chapit   |  Vèsyon
Efezyen 5:11

Nou pa gen anyen pou nou wè ak moun k'ap viv nan fènwa, moun k'ap fè bagay ki p'ap rapòte anyen. Okontrè, denonse yo pou sa yo ye.

Chapit   |  Vèsyon
2 Korent 6:14

Pa mete tèt nou ansanm ak moun ki pa gen konfyans nan Kris la: Se pa sosyete konsa ki bon pou nou. Ki jan nou ta vle wè sa pou bagay ki bon, bagay ki dwat, mele ak bagay ki mal? Ki jan pou limyè ta ka mache ak fènwa?

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 139:19-22

Bondye, si ou ta vle touye mechan yo! Si ou ta vle fè ansasen yo manyè kite m an repo!

Ou konnen lè m chita, ou konnen lè m kanpe. Ou rete byen lwen, ou konnen tou sa k'ap pase nan tèt mwen.

Yo anbachal! Y'ap revòlte kont ou. Y'ap pale ou mal.

Senyè, kouman ou ta vle pou m pa rayi moun ki rayi ou yo! Kouman ou ta vle pou m pa gen degoutans pou moun k'ap leve dèyè ou yo?

Mwen pa manke rayi yo. Mwen konsidere yo tankou lènmi m.

Chapit   |  Vèsyon
Galat 5:9

Pa bliye pawòl la: Se ti kal ledven ki fè tout pat la leve.

Chapit   |  Vèsyon
Galat 5:7-9

Nou te konmanse byen pwòp. Ki moun ki rete nou sou kous nou, k'ap anpeche nou obeyi verite a?

Bagay yo te di pou yo te ka pran tèt nou, se pa bagay ki sòti nan Bondye k'ap rele nou an.

Pa bliye pawòl la: Se ti kal ledven ki fè tout pat la leve.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 27:17

Menm jan fè file fè, konsa tou pou moun, yonn aprann nan men lòt.

Chapit   |  Vèsyon
1 Pyè 5:8

Kenbe tèt nou anplas, rete sou prigad nou. Paske dyab la, lènmi nou an, ap veye nou tankou yon lyon ki move, k'ap chache moun pou l devore.

Chapit   |  Vèsyon
1 Jan 2:15-17

Pa renmen lemonn, ni anyen ki soti nan lemonn. Si yon moun renmen vye prensip k'ap mennen lemonn yo, li pa ka renmen prensip Papa a.

Bagay ki sòti nan lemonn se egzijans lachè, se gwo tantasyon, se lògèy k'ap vire tèt moun lè yo gen anpil byen sou latè. Tou sa pa sòti nan Papa a. Se nan lemonn sa sòti.

Se pase lemonn ap pase, ansanm ak tou sa moun jwenn ladan l yo ta vle genyen. Men, moun ki fè sa Bondye vle, y'ap viv pou tout tan.

Chapit   |  Vèsyon
Women 16:17-18

M'ap ban nou yon dènye ti konsèy, frè m yo: Veye kò nou ak moun k'ap simen divizyon, k'ap pale kont sa yo te moutre nou an pou fè moun ki kwè yo pèdi tèt yo.

Moun konsa, se pa Kris la, Senyè nou an, y'ap sèvi. Se vant yo y'ap sèvi. Y'ap bay bèl pawòl, y'ap fè bèl diskou pou achte figi moun. Se konsa yo pran tèt ti inonsan yo.

Chapit   |  Vèsyon
1 Timote 6:11-12

Men ou menm ki moun Bondye, evite tout bagay sa yo. Chache mennen yon lavi ki dwat pou ou ka sèvi Bondye nan tou sa w'ap fè, avèk konfyans, avèk renmen, avèk pasyans ak dousè.

Mennen batay pou lafwa a byen. Kenbe lavi ki p'ap janm fini an fèm. Paske, se Bondye menm ki te rele ou pou ou te konnen lavi sa a, lè ou te byen pale devan yon bann temwen, pou fè konnen jan ou gen lafwa.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 1:10-15

Pitit mwen, lè moun k'ap fè sa ki mal vle detounen ou, pa kite yo pran tèt ou.

Si yo di ou: Vini ak nou non! Ann anbiske kò nou pou n touye moun. Ann pare pèlen pou nou pran inonsan yo, san yo pa gen anyen ak nou.

Ann vale yo tou vivan, tankou simityè ki pa janm refize mò. Ann vale yo tout ankè tankou kadav y'ap antere.

N'a jwenn tout kalite gwo richès, n'a plen kay nou ak tout bagay n'a pran.

W'a jwenn pa ou nan tou sa n'a pran. Va gen yon sèl kès pou nou tout.

Pitit mwen, pa mache avèk moun konsa! Pa mete pye ou kote moun sa yo pase!

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 10:9

Yon nonm serye pa janm bezwen pe anyen. Men, yo gen pou yo bare moun k'ap fè vis.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 19:20

Koute konsèy y'ap ba ou. Louvri zòrèy ou pou aprann. Konsa w'a gen bon konprann jouk ou mouri.

Chapit   |  Vèsyon
1 Pyè 4:4

Kounyeya, moun sa yo twouve sa dwòl dèske nou pa fè bann ak yo ankò nan tout eksè sa yo. Se poutèt sa, y'ap pale nou mal.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 7:15

— Pran prekosyon nou ak fo pwofèt yo. Yo pran pòz ti mouton yo lè y'ap vin sou nou, men nan fon kè yo, se bèt devoran yo ye.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 15:12

Moun k'ap pase moun nan betiz pa renmen moun rale zòrèy yo. Yo pa janm mande moun ki gen bon konprann konsèy.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 25:19

Jou malè, si ou mete konfyans ou sou moun trèt, se tankou si ou vle mòde ak dan pouri, osinon kouri sou pye foule.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 19:27

Pitit mwen, lè ou sispann aprann, ou pa lwen bliye sa ou konnen deja.

Chapit   |  Vèsyon
Galat 6:1

Frè m' yo, si nou bare yon moun ap fè sa ki pa sa, nou menm ki nan limyè Bondye, se pou nou mete li nan bon chemen. Men, fè sa ak dousè. Epi veye kò nou pou nou pa tonbe nan tantsyon tou.

Chapit   |  Vèsyon
2 Timote 2:22

Pa kite lanvi ki nan jenn moun yo pran pye sou ou. Rete lwen yo. Men mete ou ansanm ak moun ki nan kondisyon pou sèvi Bondye, moun k'ap rele Bondye, k'ap chache fè sa ki dwat devan li epi k'ap chache gen konfyans, renmen ak kè poze.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 101:4

Mwen pa tolere moun ki gen move kè bò kote m. Mwen pa gen anyen pou m wè ak moun ki mechan.

Chapit   |  Vèsyon
Kolosyen 3:2

Pa kite bagay ki sou latè pran tèt nou, mete lide nou sou bagay ki anwo nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon
Women 1:29-32

Men sèl lide ki nan tèt yo: se fè tout kalite lenjistis, tout kalite mechanste, se anvi sò moun, se fè rayisab. Se sa sèlman ki nan kè yo: fè jalouzi, touye moun, chache moun kont, fè riz, fè kokenn. Yo tripòt konsa.

Bonnouvèl sa a pale nou sou Pitit li Jezikri, Senyè nou, ki soti nan ras wa David.

Yonn pale lòt mal. Yo pa vle wè Bondye, yo ensolan, yo awogan, yo grandizè. Yo toujou ap chache lòt jan pou fè sa ki mal, yo fwonte ak paran yo.

Yo san konsyans, yo pa kenbe pawòl yo. Kè yo di konsa, yo san pitye pou lòt moun.

Yo konn jijman Bondye a byen pwòp: yo konnen moun ki fè bagay sa yo merite lanmò. Atousa, y'ap plede fè yo toujou. Sa ki pi rèd, yo dakò ak moun k'ap fè yo tou.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 17:17

Yon bon zanmi p'ap janm trayi. Jou malè l'ap tankou yon frè pou ou.

Chapit   |  Vèsyon
1 Jan 2:15-16

Pa renmen lemonn, ni anyen ki soti nan lemonn. Si yon moun renmen vye prensip k'ap mennen lemonn yo, li pa ka renmen prensip Papa a.

Bagay ki sòti nan lemonn se egzijans lachè, se gwo tantasyon, se lògèy k'ap vire tèt moun lè yo gen anpil byen sou latè. Tou sa pa sòti nan Papa a. Se nan lemonn sa sòti.

Chapit   |  Vèsyon

Lapriyè bay Bondye

Seyè, ou se Alfa ak Omega! Papa, kreyatè syèl la ak tè a, ou se premye a ak dènye a, kòmansman an ak fin an. Nan non Jezi, mwen vini pou m di ou mèsi ak tout kè mwen, ak tout lajwa mwen, pou fidelite w ak pou jan w pran swen m. Pawòl ou di: "Li pi bon pou bay pase pou resevwa". Senyè Jezi, ede m gen kè sansib pou bezwen frè ak sè m yo nan lafwa, ak pou bezwen pwochen mwen, ede m reflete lanmou ou paske sa fè kè w kontan, se tankòm yon ofrann ki santi bon devan ou. Mwen pare kè m pou m adore w, pou m onore w ak byen mwen yo, ak travay men mwen yo, paske se nan men w mwen resevwa tout sa m genyen. Jodi a mwen denonse egoyis, mwen denonse egosantris, parese ak avaris. M ap ba ou sa m genyen ki pi bon an, paske ou te ban m sa ou te genyen ki pi bon an poutèt lanmou ou pou nou. Resevwa ofrann mwen, ke l monte tankou yon bon sant devan ou. Pawòl ou di: "Moun ki simen ti kras, l ap rekòlte ti kras, moun ki simen anpil, l ap rekòlte anpil". Senyè, fè m tounen yon sous benediksyon pou lòt moun, ban m yon kè jenere, yon kè detache, pou lavi m ka yon ofrann ki fè w plezi. Mwen kwè ak tout fòs mwen ke rekonpans mwen an ap soti nan wayòm syèl la, e tout sa m bay moun ki nan bezwen, se tankou si m te ba ou li, Senyè mwen. Nan non Jezi. Amèn.