Biblia Todo Logo
Vèsè Biblik
- Piblisite -


64 Vèsè Biblik sou Move Ofrann

64 Vèsè Biblik sou Move Ofrann

Cheri mwen, lè ou chwazi viv san Bondye, ou ka pèdi krent pou li epi aji yon fason ki pa dakò ak prensip li yo. Sa ka rive paske ou poko vrèman rankontre l. Kè nou, kè tout moun, gen tandans twonpe nou, li mennen nou dèyè move lanvi nou yo.

Sèl fason pou nou viv dwat, se kenbe pawòl Bondye a nan kè nou epi fè volonte l. Konsa, nap viv yon lavi ki pwòp, yon lavi ki vre, ki soti byen fon nan kè nou.

Bondye pa kontan lè nou mal sèvi ak ofrann nou yo. Ofrann yo la pou fè travay Bondye a grandi, pou gaye bon nouvèl la bay tout moun, jan Senyè a te mande nou an.

Lapriyè enpòtan anpil pou nou byen sèvi ak ofrann yo epi pou Bondye gide nou selon volonte li.




Matye 23:18-19

Nou di ankò: O wi, si yon moun sèmante sou lotèl la, se pa anyen sa. Li pa bezwen kenbe pawòl li. Men, si l sèmante sou ofrann ki sou lotèl la, se pou l kenbe pawòl li. Bann je pete! Kisa ki pi konsekan: ofrann lan osinon lotèl la kote yo mete ofrann lan apa pou Bondye?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Levitik 20:23-25

Piga nou swiv move mès moun lòt nasyon mwen te mete deyò pou nou te ka antre nan peyi a. Yo te ban m degoutans ak tout move bagay yo t'ap fè a. Men, mwen te pwomèt mwen t'ap ban nou peyi sa a pou peyi pa nou. Se yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Wi, se mwen menm Senyè a, Bondye nou an, ki te chwazi nou nan mitan tout pèp yo pou mete nou apa. Se konsa, kounyeya, piga nou mele zannimo nou gendwa manje ak zannimo nou pa gendwa manje, zwazo nou gendwa manje ak zwazo nou pa gendwa manje. Pa kite okenn zannimo ni okenn zwazo nou pa gendwa manje, ni bèt k'ap trennen sou vant mwen menm mwen di ki pa bon pou nou, mete nou nan kondisyon pou nou pa ka fè sèvis mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 17:1

Piga nou janm pran bèf, osinon kabrit, oswa mouton domaje ofri bay Senyè Bondye nou an, paske Senyè a rayi vye pratik konsa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 9:7

Se pou chak moun bay jan yo te deside nan kè yo, san yo pa regrèt anyen, san moun pa bezwen fòse yo, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Malachi 3:8

Mwen menm m'ap mande nou: Eske yon moun ka twonpe Bondye? Non. Men se twonpe n'ap twonpe m'. N'ap mande kijan n'ap twonpe m' lan. Enben m'ap reponn nou: - Se nan kesyon ladim ak lòt bagay nou fèt pou nou ofri mwen yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 5:23-24

Konsa, si lè w'ap mete ofrann ou sou lotèl la bay Bondye, epi antan ou la devan lotèl la, ou chonje frè ou gen kichòy kont ou, men sa pou ou fè: Kite ofrann lan la devan lotèl la, ale byen ak frè ou la anvan. Apre sa, w'a tounen vin bay Bondye ofrann ou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 21:4

Paske, tout moun sa yo, se sa yo pa bezwen yo mete nan bwat la. Men li menm, nan tout mizè li, li bay tou sa l te gen pou l viv.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jenèz 4:4-5

Abèl menm, bò pa l, pran sa ki pi gra nan premye pitit mouton l yo, li ofri bay Senyè a. Senyè a te kontan ofrann Abèl la. Men, li pa te asepte ofrann Kayen an. Lè Kayen wè sa, li nève, li move, li mare figi li byen mare.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Malachi 1:6-8

Senyè ki gen tout pouvwa a ap pale ak nou kounyeya, nou menm prèt yo ki pa respekte l. Li di nou konsa: Yon pitit fèt pou l respekte papa l. Yon domestik fèt pou l gen krentif pou mèt li. Mwen se papa nou. Poukisa nou pa respekte m? Mwen se mèt nou. Poukisa nou pa gen krentif pou mwen? Epi nou gen kouray pou nou di: Ki jan nou derespekte ou la? Men ki jan: nou pran manje ki pa bon pou fè sèvis pou mwen, nou ofri l sou lotèl la ban mwen. Epi n'ap di: nou pa wè ki jan nou derespekte ou la a? Mwen menm, mwen di nou se lè nou di lotèl Senyè a pa merite yo respekte l. Lè nou mennen bèt avèg pou fè sakrifis pou mwen, sa se pa bagay ki mal? Lè nou mennen bèt bwete, bèt tou malad ban mwen, atò sa se pa bagay mal nou fè? Enben seye pote yon bèt konsa bay yon gwo chèf non! Eske l'ap kontan? Eske l'a fè ou yon favè?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Levitik 22:19-20

se pou l chwazi yon towo bèf, yon belye osinon yon bouk kabrit san okenn enfimite si li vle pou m asepte ofrann lan. — Men sa w'a di Arawon ak pitit gason l yo. Se pou yo konnen ki jan pou yo sèvi ak sa moun pèp Izrayèl yo ofri m, ofrann yo mete apa pou mwen, pou yo pa derespekte non m. Se mwen menm ki Senyè a. Si nou ofri yon bèt ki gen nenpòt enfimite, Senyè a p'ap asepte l nan men nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jenèz 4:3-5

Kèk tan apre sa, Kayen pran nan rekòt li, li ofri bay Senye a. Abèl menm, bò pa l, pran sa ki pi gra nan premye pitit mouton l yo, li ofri bay Senyè a. Senyè a te kontan ofrann Abèl la. Men, li pa te asepte ofrann Kayen an. Lè Kayen wè sa, li nève, li move, li mare figi li byen mare.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Detewonòm 15:21

Men, si l'ap bwete, osinon si li pèdi yon je, oswa si li gen nenpòt lòt enfimite ki konsekan, se pa ppou nou touye li pou Senyè a, Bondye nou an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Levitik 22:20-22

Si nou ofri yon bèt ki gen nenpòt enfimite, Senyè a p'ap asepte l nan men nou. Lè yon moun ap fè ofrann pou di Bondye mèsi, kit se paske li te fè yon ve, kit se paske li menm li vle fè ofrann lan, se pou bèt l'ap ofri a, li te mèt gwo bèt, li te mèt ti bèt, pa gen okenn enfimite, si li vle pou m asepte l. Piga nou janm ofri bay Senyè a bèt je pete, bèt k'ap bwete, bèt ki pèdi janm, bèt ki gen maleng, bèt ki gen maladi po. Piga nou janm pran yon bèt konsa pou nou mete sou lotèl la pou nou boule nan dife pou Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 14:40

Men, tout bagay fèt pou fèt avèk respè, avèk disiplin.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Malachi 1:8

Lè nou mennen bèt avèg pou fè sakrifis pou mwen, sa se pa bagay ki mal? Lè nou mennen bèt bwete, bèt tou malad ban mwen, atò sa se pa bagay mal nou fè? Enben seye pote yon bèt konsa bay yon gwo chèf non! Eske l'ap kontan? Eske l'a fè ou yon favè?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Malachi 1:7

Men ki jan: nou pran manje ki pa bon pou fè sèvis pou mwen, nou ofri l sou lotèl la ban mwen. Epi n'ap di: nou pa wè ki jan nou derespekte ou la a? Mwen menm, mwen di nou se lè nou di lotèl Senyè a pa merite yo respekte l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Levitik 19:5

Lè n'ap touye bèt pou fè ofrann pou di Senyè a mèsi, se pou nou fè l jan mwen mande l la pou m ka asepte l nan men nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Malachi 1:13-14

Lèfini, n'ap plede di: Nou bouke ak tout bagay sa yo. Nou pa pran ka m ankò. Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. Nou pran bèt nou vòlò, bèt enfim, osinon bèt malad, nou vin ofri ban mwen. Senyè a mande nou: Nou kwè mwen ka asepte bagay konsa nan men nou? Se Senyè a ki mande nou sa. Madichon pou moun k'ap twonpe m yo. Yo vin ofri bèt ki pa bon pou yo touye pou mwen epi yo kite bon ti mal yo te pwomèt y'ap ban mwen an nan bann mouton yo. Paske, se yon wa ki gen anpil pouvwa mwen ye. Moun tout nasyon va respekte m. Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Samyèl 15:22

Lè sa a, Samyèl di li konsa: — Dapre ou, kisa Senyè a pito? Yon moun k'ap boule bèt sakrifye pou li, yon moun k'ap fè tout lòt kalite sakrifis bèt pou li, osinon yon moun k'ap fè sa li di li fè tout bon? Konn sa tande! Pito yon moun fè sa Senyè a di li fè a pase pou li fè sakrifis bèt pou Bondye. Pito yon moun soumèt devan Bondye pase pou li ofri mouton byen gra bay Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Egzòd 9:2

Si ou derefize kite yo ale, si ou kenbe yo toujou, men sa k pral rive:

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 21:27

Senyè a pa ka sipòte lè mechan yo ap ofri bèt pou touye pou li. Sa pi mal toujou lè yo ofri bèt pou touye ba li avèk lide mechanste dèyè tèt yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Egzòd 12:5

Se pou ti bèt nou chwazi a yon timal ki gen ennan, epi ki pa gen okenn enfimite, li te mèt mouton, li te mèt kabrit.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Nonb 28:31

N'a ofri bèt sa yo ansanm ak ofrann bwason ki mache avèk yo chak, anplis ofrann bèt pou yo boule chak jou a ansanm ak ofrann grenn jaden yo. Se pou tout bèt yo san okenn enfimite.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 1:11-13

Li di yo: Sa pou m fè ak pakèt bèt n'ap plede ofri pou touye pou mwen yo? Mwen bouke ak belye mouton n'ap boule sou lotèl la, ak grès towo n'ap ofri ban mwen yo. Kanta pou san bèf, san mouton ak san kabrit yo menm, mwen pa bezwen sa. Lè n'ap vin fè sèvis pou mwen, ki moun ki mande nou pou nou fè tout ale vini sa yo nan lakou Tanp mwen an? Nou mèt sispann fè bann ofrann sa yo ki p'ap sèvi nou anyen. Mwen pa ka sipòte lafimen lansan n'ap ofri m lan. Mwen pa vle wè fèt lalin nouvèl nou yo, jou repo nou yo ak tout lòt reyinyon n'ap fè yo. M pa ka sipòte fèt moun k'ap fè mechanste yo ap fè pou mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 21:1-4

Jezi pwonmennen je l toupatou nan tanp lan, epi li wè moun rich yo ki t'ap mete lajan nan bwat kote yo mete ofrann nan tanp lan. Li di yo ankò: — Yon pèp va goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi. Va gen gwo tranblemanntè. Nan divès kote va gen grangou ak epidemi. Lè sa a, va gen bagay terib ak gwo kokenn chenn siy k'ap parèt nan syèl la. Men anvan tou sa, y'ap arete nou, y'ap maltrete nou. Y'ap trennen nou nan sinagòg pou yo jije nou. Y'ap mete nou nan prizon, y'ap fè nou konparèt devan wa ak chèf gouvènman poutèt mwen. Se va yon bèl okazyon pou nou kanpe pale verite a. Mete sa byen nan tèt nou: nou pa bezwen bat tèt nou pou nou konnen davans ki jan nou pral fè defans nou. Se mwen menm ki va mete pawòl nan bouch nou, ki va ban nou konprann. Konsa, nan moun ki nan kont avèk nou yo, yo yonn p'ap ka kenbe tèt ak nou, ni yo p'ap kapab demanti sa n'a di. Lè sa a, se papa nou ak manman nou, frè nou, pwòp fanmi nou ak bon zanmi nou ki va denonse nou, y'ap fè touye anpil nan nou. Tout moun pral rayi nou poutèt mwen. Men, pa yon grenn cheve nan tèt nou p'ap pèdi. Kenbe fèm, se konsa n'a sove lavi nou. Li wè yon pòv vèv tou ki lage de pyès senk kòb nan kès la. — Lè n'a wè yon bann lame ap sènen lavil Jerizalèm toupatou, n'a konnen lè sa a yo prèt pou kraze l nèt. Wi, lè sa a tout moun ki nan peyi Jide, se sove al nan mòn. Moun ki nan mitan lavil Jerizalèm, se kouri met deyò. Moun ki nan jaden p'ap bezwen antre lavil. Jou sa yo, se va Jou Chatiman, lè tou sa ki te ekri nan Liv la pral rive. Lè sa a, se p'ap ti lapenn pou fanm ansent ak nouris yo, paske va gen yon gwo dezolasyon nan peyi a: kòlè Bondye pral tonbe sou pèp sa a. Y'ap touye yo ak nepe, y'ap mete men sou yo, y'ap depòte yo nan tout lòt peyi. Pou lavil Jerizalèm lan menm, moun lòt nasyon yo gen pou yo foule l anba pye yo, jouk tan dèle yo ba yo a va bout. — Gen siy ki pou parèt nan solèy, nan lalin ak nan zetwal yo. Sou latè menm, tout pèp yo pral pran tranble, yo p'ap konn sa pou yo fè devan gwo bri lanmè a ap fè ak lanm li yo. Gen moun k'ap mouri tèlman y'ap pè lè y'a chonje malè ki pral rive sou tout latè, paske pouvwa ki nan syèl yo va tranble. Lè sa a, y'a wè m, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, ap vini nan yon nyaj, avèk anpil pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay. Lè bagay sa yo va konmanse rive, leve kanpe, leve tèt nou, paske Bondye p'ap lwen vin delivre nou. Epi Jezi di yo yon parabòl: — Gade pye fig frans lan ak tout lòt pyebwa yo. Li di: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: pòv vèv sa a bay plis pase tout lòt moun yo. Lè nou wè yo konmanse ap boujonnen, nou tou konnen lete sou nou. Menm jan an tou, lè n'a wè bagay sa yo rive, nou mèt konnen Gouvènman Bondye ki Wa a toupre. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: gen moun k'ap viv kounyeya ki p'ap gentan mouri anvan tout bagay sa yo rive. Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen yo p'ap janm pase. — Pran prekosyon nou, pa kite banbòch, bweson ak traka lavi sa a chaje tèt nou pou jou a pa rive sou nou lè n pa ta kwè. Paske, jou sa a ap tonbe tankou yon privye sou tout moun ki rete sou latè. Pa kite dòmi pran nou, lapriyè tout tan. Konsa n'a gen fòs pou n chape anba tou sa ki gen pou rive, pou n ka kanpe dwat devan Moun Bondye voye nan lachè a. Tout lajounen Jezi te nan tanp lan, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Men, lè solèy fin kouche, li te konn sòti al pase nwit sou mòn Oliv la. Chak maten, byen bonè, tout pèp la te konn al jwenn li nan tanp lan pou tande sa l t'ap di. Paske, tout moun sa yo, se sa yo pa bezwen yo mete nan bwat la. Men li menm, nan tout mizè li, li bay tou sa l te gen pou l viv.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 29:13

Senyè a di: — Lè moun sa yo ap fè sèvis pou mwen, se pawòl nan bouch! Y'ap louvri bouch yo pou fè lwanj mwen, men lespri yo byen lwen. Si y'ap mache di yo gen krentif pou mwen, se pawòl granmoun lontan moutre yo y'ap repete lè konsa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 6:20

Ki mele m ak lansan y'al chache nan peyi Saba, ak plant santi bon ki sòti nan peyi byen lwen! Zannimo n'ap ofri pou boule pou mwen yo pa fè m plezi menm. Bèt n'ap touye pou mwen yo pa di m anyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 15:8-9

Se nan bouch pèp sa a respekte mwen. Men, kè yo byen lwen mwen. Se tan yo y'ap pèdi, lè y'ap fè sèvis pou mwen. Paske, nan sa y'ap di, se pawòl lèzòm y'ap moutre moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 13:16

Pa bliye, se pou nou fè sa ki byen, se pou nou yonn ede lòt. Se ofrann konsa ki fè Bondye plezi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Amòs 5:21-23

Senyè a di konsa: Mwen pa vle wè gwo fèt n'ap fè pou mwen yo. Mwen pa ka santi yo. Mwen pa ka sipòte lè nou reyini pou fè sèvis pou mwen. Lè n'a pote bèt pou boule pou mwen, lè n'a fè m ofrann gato, sa p'ap fè m plezi. Ni mwen p'ap menm gade bèt gra nou pote vin ofri m pou di m mèsi. Sispann chante kantik nou yo nan zòrèy mwen. Mwen pa vle tande mizik gita nou yo ankò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 15:8

Senyè a pa ka sipòte lè mechan yo ap ofri bèt pou touye pou li. Men, sa fè l plezi anpil lè moun k'ap mache dwat yo ap lapriyè nan pye l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Miche 6:6-8

Lè sa a, pèp la di: Kisa m'a pote ofri bay Senyè a, Bondye ki nan syèl la, lè m'a vin adore l? Eske m'a pote pou li jenn ti towo bèf ki fenk gen ennan pou yo ka boule pou li? Eske Senyè a ap kontan si m pote ba li mil belye mouton ak di mil barik lwil? Eske m'a ofri premye pitit gason m lan pou m peye pou sa m fè ki mal? Eske mwen ka pran sa ki sòti nan zantray mwen pou m bay pou kouvri peche mwen? Y'a reponn li: Non monchè. Senyè a te moutre ou sa ki byen. Tou sa li mande ou, se pou ou fè sa ki dwat, se pou ou gen kè sansib nan tout sa w'ap fè, se pou ou mache san lògèy devan li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 6:1-4

— Fè atansyon lè n'ap fè devwa nou pou Bondye pou nou pa fè l yon jan pou fè moun wè. Lè nou fè l konsa, Papa nou ki nan syèl la p'ap ban nou okenn rekonpans. Vin tabli gouvènman ou, pou yo fè volonte ou sou latè, tankou yo fè l nan syèl la. Manje nou bezwen an, ban nou l jòdi a. Padonnen tou sa nou fè ki mal, menm jan nou padonnen moun ki fè nou mal. Pa kite nou nan pozisyon pou n tonbe nan tantasyon, men, delivre nou anba Satan. [Paske, se pou ou tout otorite, tout pouvwa ak tout lwanj, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn.] — Si nou padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou ki nan syèl la va padonnen nou tou. Men, si nou pa padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou p'ap padonnen peche nou yo nonplis. — Lè n'ap fè jèn, pa pran pòz kagou nou tankou ipokrit yo: Y'ap mache ak figi yo rale konsa pou tout moun ka wè y'ap fè jèn. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo. Men ou menm, lè w'ap fè jèn, penyen tèt ou byen penyen, lave figi ou byen lave. Konsa, moun p'ap wè si w'ap fè jèn. Papa ou ki la pou kont li avè ou, se li ase ki konn sa. Konsa, Papa ou menm ki wè sa ou fè an sekrè a, se li ki va ba ou rekonpans ou. — Pa anpile richès nou isit sou latè, kote vè ak lawouj ap manje yo, kote vòlè kapab vòlè yo pote ale. — Se sa ki fè tou, lè w'ap bay yon moun ki nan nesesite kichòy, ou pa bezwen fè tout moun wè sa, tankou ipokrit yo fè l nan sinagòg ak nan lari. Yo fè sa pou moun ka fè lwanj yo. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo. Okontrè, anpile richès nou nan syèl la. Paske la pa gen vè ni lawouj ki pou manje yo, ni vòlè ki pou pran yo pote ale. Paske, kote richès ou ye, se la kè ou ye tou. — Je ou se lanp kò ou. Si je ou nan bon eta, tout kò ou nan limyè. Men, si je ou nan move eta, tout kò ou nan fènwa. Se sa ki fè si limyè ki andan ou la se fènwa li ye, se pa ti fè nwa anndan ou fè nwa. — Pèsonn pa ka sèvi byen ak de mèt anmenmtan. Li gen pou l rayi yonn si l renmen lòt la. L'ap sèvi byen ak yonn, men l'ap meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak lajan anmenmtan. — Se poutèt sa mwen di nou: Pa bat kò nou pou keksyon manje ak keksyon bwè, ni pou keksyon rad. Paske èske lavi pa pi konsekan pase manje? Eske kò a pa gen plis valè pase rad? Gade zwazo k'ap vole nan syèl la: yo pa plante, yo pa fè rekòt, yo pa sere anyen nan galata. Men, Papa nou ki nan syèl la ba yo manje. Eske nou pa vo pi plis pase zwazo yo? Kilès nan nou, afòs li fè tèt li travay, li kapab ajoute yon ti longè anplis sou lavi li? — Poukisa pou n'ap bat kò nou pou rad pou nou mete sou nou? Gade ki jan flè raje yo pouse nan savann. Yo pa travay, yo pa fè rad. Malgre sa, m'ap di nou sa, wa Salomon ki wa Salomon, ak tout richès li yo, pat gen bèl rad tankou yonn nan flè sa yo. Men, lè w'ap ede moun ki nan nesesite, fè sa yon jan pou men ki bay la, lòt men an pa bezwen konn sa. Se konsa Bondye abiye pye zèb yo ki la nan jaden an jòdi a, men denmen yo jete sa nan dife pou chofe fou. Nou pa bezwen mande si li p'ap abiye nou tou. Ala manke nou manke konfyans nan Bondye! — Pa chaje tèt nou ak yon bann kèsyon: Kisa n pral manje? Kisa n pral bwè? Kisa n pral mete sou nou? Tout bagay sa yo, se moun lòt nasyon yo k'ap kouri dèyè yo tout tan. Men nou menm, nou gen yon Papa nan syèl la ki konnen nou bezwen tout bagay sa yo. Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou. Se sa ki fè, pa chaje tèt nou pou denmen, paske denmen va gen zafè pa li. Chak jou gen kont chay pa yo. Konsa, byen ou fè a rete sekrè. Bondye ki konnen sa ou fè a, l'a ba ou rekonpans ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 51:16-17

(18) Si se bèt ou ta vle yo touye pou ofri ou, mwen ta ofri bèt ba ou. Men, ou pa pran plezi nan vyann bèt y'ap boule ofri ba ou yo. (19) Ofrann ki fè Bondye plezi, se lè yon moun soumèt tèt li devan li. Bondye, ou p'ap janm meprize moun ki soumèt tèt li devan ou, moun ki rekonèt tò li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 23:23

— Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou bay Bondye ladim nan rekòt pye mant, pye ani etwale ak pye pèsi, men, nou neglije bagay ki pi konsekan nan lalwa a: n'ap fè lenjistis, nou pa gen kè sansib, nou pa kenbe pawòl nou. Men sa pou n te fè san nou pa neglije lòt bagay yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Egzòd 35:5

Se pou nou pran nan sa nou genyen pou fè ofrann pou Senyè a. Tout moun ki vle bay ak tout kè yo pou fè yon ofrann pou Senyè a va fè l. Y'a pote lò, ajan ak kwiv,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Mak 12:41-44

Apre sa, Jezi te chita vizavi ak bwat kote yo mete ofrann nan tanp lan. Li t'ap gade moun yo ap mete lajan ladan li. Plizyè moun rich t'ap mete anpil lajan. Yon pòv vèv vin rive tou. Li lage de ti pyès senk kòb. Lè sa a Jezi rele disip li yo, li di yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Pòv vèv sa a bay plis pase tout moun ki mete ofrann nan bwat la. Paske, tout moun sa yo mete sa yo pa bezwen. Men li menm, nan tout mizè li, li bay tou sa l te genyen, tout sa l te gen pou l viv.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 1:7

Yon moun konsa pa bezwen mete nan tèt li l'ap resevwa anyen nan men Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Pyè 2:5

Nou menm tou, tankou wòch vivan, kite Bondye sèvi ak nou pou bati kay li a ak pouvwa Sentespri, pou nou ka sèvi l tankou prèt k'ap viv pou li. Konsa, gremesi Jezikri, n'a ofri bay Bondye ofrann ki sòti nan kè nou, ofrann ki pou fè l plezi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 26:1-2

(1b) Fè m jistis, Senyè, paske m'ap viv yon jan ki san repwòch. Mwen mete tout konfyans mwen nan ou, mwen pa janm lage ou. ansanm ak moun sa yo k'ap fè krim tout tan, ki toujou pare pou achte bouch moun. Pou mwen menm, m'ap mennen yon lavi ki san repwòch. Delivre m, gen pitye pou mwen. M'ap mache byen fèm nan chemen ki pa gen move pa a. M'a fè lwanj Senyè a nan mitan pèp la lè l reyini. Fouye m, Senyè. Wè tou sa ki nan kè mwen. Sonde m. Wè tou sa ki nan lide m.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 13:3

Menm si m'ta separe tou sa m'genyen fè kado, menm si m'ta livre kò mwen pou yo boule vif, si m'pa gen lamou nan kè mwen, sa p'ap sèvi anyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:1

Se sa ki fè, frè mwen yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri nou tankou yon sakrifis apa bay Bondye, yon sakrifis vivan k'ap fè li plezi. Se sèl jan pou nou sèvi Bondye tout bon vre.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Malachi 1:14

Madichon pou moun k'ap twonpe m yo. Yo vin ofri bèt ki pa bon pou yo touye pou mwen epi yo kite bon ti mal yo te pwomèt y'ap ban mwen an nan bann mouton yo. Paske, se yon wa ki gen anpil pouvwa mwen ye. Moun tout nasyon va respekte m. Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 6:7-8

Pa twonpe tèt nou. Moun pa ka pase Bondye nan betiz. Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte. Moun ki simen sa ki fè kò l plezi, li gen pou l rekòlte lanmò. Men, moun ki simen sa ki fè Lespri Bondye a plezi, Lespri a va fè l rekòlte lavi ki p'ap janm fini an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 4:3

Menm lè nou mande, nou pa resevwa anyen, paske nou mande mal. Nou mande bagay ki pou satisfè pwòp dezi pa nou sèlman.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 6:10

Paske, renmen lajan fè moun fè tout kalite bagay ki mal. Gen moun ki sitèlman anvi gen lajan, yo pèdi chemen lafwa a nèt: se pa de ti soufrans ki tonbe sou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 5:17

Kò a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans Lespri Bondye a. Konsa tou, Lespri Bondye a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans kò a. Se de bagay ki pa mache ansanm menm. Se sa k fè nou pa kapab fè sa nou vle.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Eklezyas 5:1-2

Gade byen ki jan w'ap mete pye ou lakay Bondye a. Pito ou ale la pou ou ka aprann kichòy pase pou ou al ofri bèt pou touye pou Bondye tankou moun san konprann sa yo ki pa konn sa ki byen ak sa ki mal. Si ou renmen lajan, ou p'ap janm fin gen ase. Si w'ap kouri dèyè richès, plis ou genyen, se plis w'ap anvi genyen toujou. Sa a tou, se rapousib van. Plis ou gen lajan, se plis bouch w'ap gen pou bay manje. Sèl benefis ou jwenn nan tou sa, se wè w'a wè ou rich. Yon travayè te mèt manje kont li, li te mèt pa manje kont li, l'ap toujou byen dòmi lannwit. Men, moun rich yo, yo sitèlman genyen, yo pase nwit yo blanch ak kè sote. Men mwen wè sou latè yon bagay ki fè lapenn anpil: Moun sere lajan epi sa vire mal pou yo. Yon malè pase, tout lajan an pèdi. Li vin fè yon pitit, li pa gen anyen pou l ba li. Li sòti toutouni nan vant manman l, konsa tou l'ap tounen san anyen anba tè. Pa gen anyen nan tou sa li travay fè li ka pran pote ale ak li. Wi, sa se bagay ki pou fann kè nou ak lapenn: Jan nou vini an, se konsa nou prale. Nou travay, men sa p'ap rapòte nou anyen. Sa ki pi rèd la, nou pase tout lavi nou nan fènwa, nan lapenn, nan kè sere, nan maladi, nan fè kòlè. Men sa mwen jwenn ankò: Pi bon bagay yon moun ka fè sou latè, se manje, se bwè, se jwi sa li travay di fè a, pandan de twa jou Bondye ba li pou li viv la. Men, se sa ase ki pou yon moun nan lavi. Si Bondye bay yon moun richès ak byen, se pou li jwi yo, se pou l di Bondye mèsi, se pou l jwi tou sa li travay fè. Sa se kado Bondye ba li. Fè tèt ou travay anvan ou louvri bouch ou pale. Pa prese fè okenn pwomès bay Bondye. Bondye, se nan syèl li ye, ou menm ou sou latè. Pa di plis pase sa ou dwe di a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 24:3-4

Ki moun ki gendwa moute sou mòn ki pou Senyè a? Ki moun li kite antre nan kay ki apa pou li a? Se moun ki pa fè anyen ki mal, moun ki pa gen move lide nan tèt yo. Se moun ki pa nan bay manti, moun ki pa nan fè sèman pou twonpe moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:8

Moun ki resevwa don pou l bay ankourajman, se pou li bay ankourajman. Moun k'ap bay nan sa li genyen an, se pou l fè sa san gad dèyè. Moun k'ap dirije a, se pou l fè sa byen. Moun k'ap moutre jan li gen kè sansib la, se pou li fè sa ak kè kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Korent 8:12-15

Paske si nou mete tout kè nou pou nou bay, Bondye ap asepte kado nou bay la. L'ap gade sou sa nou genyen, li p'ap gade sou sa nou pa genyen. Sa pa vle di se pou nou mete tèt nou nan lamizè lè n'ap soulaje lòt moun. Men, se pou tout moun menm jan. Si kounyeya nou gen anpil, se pou n ede sa ki nan nesesite yo. Si yon jou pita nou vin nan nesesite, epi yo menm yo gen anpil, lè sa a y'a kapab ede nou tou. Konsa tout moun va menm jan, dapre sa ki te ekri nan Liv la: Moun ki te ranmase plis yo pat gen twòp. Moun ki te ranmase pi piti yo pat manke anyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Travay 5:1-4

Konsa tou, yon nonm yo te rele Ananyas ak Safira madanm li vann yon tè yo te genyen. Menm lè a, li tonbe atè nan pye Pyè, li mouri frèt. Jenn gason yo antre, yo jwenn li mouri. Yo pran l, y'al antere bò kote mari li. Tout legliz la ak tout moun ki te tande bagay sa yo te pè anpil. Apòt yo t'ap fè anpil mirak ak anpil bèl bagay nan mitan pèp la. Yo tout te reyini ansanm anba Galeri Salomon an. Tout moun te pè mele ak yo, apa moun ki te kwè yo. Men, pèp la t'ap pale byen sou yo. Anpil moun, fanm kou gason, t'ap vin jwenn disip yo paske yo te kwè nan Senyè a. Lè sa a, yo tanmen pote moun malad yo deyò nan lari. Yo mete yo sou kabann, sou nat, yon jan pou lè Pyè vin ap pase menm lonbray li te ka kouvri kèk nan yo. Moun te sòti nan tout ti bouk ki nan vwazinay Jerizalèm. Yo pote moun malad ak moun move lespri t'ap toumante. Yo tout te geri. Lè sa a, yon sèl jalouzi pran granprèt la ansanm ak sadiseyen yo ki te patizan li. Yo fè arete apòt yo, mete yo nan gran prizon. Men, nan mitan lannwit, yon zanj Bondye louvri pòt prizon an, li fè apòt yo sòti. Li di yo: Men, dakò ak madanm li, Ananyas kenbe enpe nan lajan an pou li, epi l'al renmèt apòt yo rès la. — Ale kanpe nan mitan tanp lan, epi anonse pèp la tout bagay sou jan pou yo viv kounyeya. Apòt yo obeyi zanj lan: Nan granmaten, y'al nan tanp lan epi yo tanmen moutre pèp la anpil bagay. Granprèt la ansanm ak patizan l yo sanble tout chèf fanmi nan pèp Izrayèl la, yo reyini Gran Konsèy la. Apre sa, yo voye chache apòt yo nan prizon an. Men, lè gad yo rive nan prizon an, yo pa jwenn yo. Yo tounen nan Gran Konsèy la, yo fè rapò yo. Yo di: — Nou jwenn prizon an byen fèmen, avèk gad yo nan pòs devan pòt prizon an. Men, lè nou louvri pòt yo, nou pa jwenn pèsonn anndan an. Lè kòmandan lagad tanp lan ak chèf prèt yo tande sa, yo t'ap mande ki jan apòt yo fè disparèt, kisa ki te rive. Men, yon moun vin rive, li di yo: — Mesye nou te mete nan prizon yo, men yo nan tanp lan, y'ap pale ak pèp la. Lè sa a, kòmandan lagad la ale avèk gad li yo, li mennen apòt yo tounen. Men, yo pat aji brital ak yo paske yo te pè pou pèp la pat touye yo ak kout wòch. Lè yo mennen yo tounen, yo fè yo konparèt devan Gran Konsèy la. Epi granprèt la pran poze yo kèsyon. Li di yo: — Eske nou pat defann nou pale ak pèp la nan non nonm sa a? Gade sàn fè. Nou gaye pawòl nou yo nan tout Jerizalèm. Nou vle rann nou reskonsab lanmò nonm lan. Pyè ansanm ak lòt apòt yo reponn li: — Se pou n obeyi Bondye pase pou n obeyi moun. Lè sa a, Pyè di li: — Ananyas, ki jan ou fè kite Satan antre nan kè ou pou l fè ou bay Sentespri manti, pou l fè ou kenbe enpe nan lajan tè a pou ou? Bondye zansèt nou yo te fè Jezi leve sòti vivan nan lanmò, Jezi nou te fè touye lè n te kloure l sou kwa a. Bondye fè l moute chita sou bò dwat li, li mete l Chèf sou nou, li fè l delivre nou. Li fè sa pou bay pèp Izrayèl la yon bèl chans pou l tounen vin jwenn Bondye, pou l resevwa padon pou peche l yo. Nou se temwen tout bagay sa yo, nou menm ansanm ak Sentespri Bondye bay tout moun ki obeyi l yo. Lè yo tande pawòl sa yo, manm Gran Konsèy yo fin pran chenn. Tèlman yo te ankòlè, yo te vle fè touye apòt yo. Men, te gen nan mitan yo, Gamalyèl, yon farizyen. Se te yon direktè lalwa pèp la te respekte anpil. Li kanpe nan mitan Gran Konsèy la, li mande fè apot yo soti yon moman. Apre sa, li di: — Nou menm moun pèp Izrayèl, pran tèt nou anvan nou fè sa nou pral fè ak mesye yo. Sa pa gen lontan, Tedas te parèt. Li te pran pòz enpòtan li. Li te jwenn katsan moun konsa ki te fè bann ak li. Yo touye li, epi tout moun ki t'ap swiv li yo gaye. Se konsa mouvman an te tou kraze. Apre sa, lè resansman an, te gen Jida, yon nonm Galile, ki te parèt. Li te trennen yon bann moun dèyè li. Li menm tou, yo touye li. Epi tout moun ki t'ap swiv li yo gaye tou. Pou kounyeya, men sa m'ap di nou: Pa okipe mesye sa yo ankò. Kite y ale. Si plan travay yo a sòti nan lèzòm, li gen pou l disparèt. Men, si sa soti nan Bondye, nou p'ap kapab kraze li. Atansyon pou se pa avèk Bondye nou annafè tande! Manm Konsèy yo tonbe dakò avèk Gamalyèl. Anvan ou te vann tè a, se pa pou ou li te ye? Apre ou te fin vann li, tout lajan an te pou ou, pa vre? Ki jan ou fè mete nan tèt ou pou fè yon bagay konsa? Se pa moun ou bay manti non. Se Bondye ou twonpe.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 7:21

— Se pa tout moun k'ap plede di: Senyè, Senyè non, k'ap antre nan peyi wa ki nan syèl la. Men se sèlman moun ki fè volonte Papa mwen ki nan syèl la k'ap ka antre.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 4:23

Pase tout lòt bagay, veye byen lide k'ap travay nan tèt ou, paske se yo k'ap di ou ki jan pou ou viv.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 12:15

Apre sa, li di yo tout: — Fè atansyon. Veye kò nou pou lajan pa pran tèt nou. Paske, se pa anpil byen ki garanti lavi yon nonm, li te mèt rich kont kò li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ebre 11:4

Se konfyans ki fè Abèl te bay Bondye yon ofrann ki pi bon pase ofrann Kayen an. Paske Abèl te gen konfyans nan Bondye, Bondye te asepte li pou moun dwat. Se konsa li te asepte kado Abèl te fè li a. Se akoz konfyans sa a ki fè n'ap lonmen non Abèl jouk koulyeya, malgre li mouri a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 16:2

Chak premye jou nan senmenn lan, se pou chak moun mete yon ti lajan apa dapre sa yo te fè. Y'a sere l lakay yo. Konsa, nou p'ap bezwen tann se lè m rive lakay nou pou n'ap chache lajan an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Galat 3:10

Moun ki mete nan lide yo lalwa a ka sove yo, yo anba madichon. Men sa ki ekri nan Liv la: Madichon pou tout moun ki pa fè tou sa ki ekri nan Liv lalwa a tout tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:36-37

Fè m pi anvi swiv prensip ou yo pase pou m anvi gen lajan. Pa kite m kouri dèyè bagay ki pa vo anyen. Fè m swiv chemen ou mete devan m lan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 19:21

Jezi di li: — Si ou vle bon nèt san manke anyen, ale vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Lè sa a, w'a gen yon richès nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Timote 6:17-19

Mande moun ki gen anpil byen sou latè a pou yo pa kite lògèy vire tèt yo. Piga yo mete espwa yo nan richès sa yo ki pa sèten. Se pou yo mete espwa yo nan Bondye ki ban nou tout bagay an kantite pou nou ka gen jwisans yo. Mande yo pou yo fè anpil byen, pou yo ka rich devan Bondye. Piga yo chich. Se pou yo toujou pare pou separe sa yo genyen an ak lòt. Konsa, y'a anpile yon bon trezò byen solid pou pita, y'a resevwa lavi tout bon an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi

Lapriyè bay Bondye

Papa Bondye ki nan syèl la, tout glwa ak tout onè pou ou! Nan non Jezi, mwen vin devan ou, mwen rekonèt ou sèl Mèt, ou sèl Kreyatè tout bagay. Ou mete m' jeran fanmi mwen, sante mwen, travay mwen, byen mwen ak tout sa m' genyen. Mwen pa vle gaspiye anyen nan sa ki pou ou. Senyè, tanpri ede m' pou m' byen jere sa ou ban mwen, pou m' fidèl nan dim ak ofrann mwen. Ede m' pou m' toujou sonje yon dizyèm nan tout sa m' resevwa se pa pou mwen, se pou ou. Papa, mwen pa vle fè ou lapenn, mwen pa vle vòlè, mwen pa vle anba malediksyon paske mwen vòlè sa ki pou ou. Moutre m' kijan pou m' gen yon kè rekonesan, pou m' ka prezante dim ak ofrann mwen devan ou san repwòch, pou m' di ou mèsi pou tout sa ou fè pou mwen. Nan non Jezi. Amèn.
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite