Zanmi mwen, yon bon pastè pataje pawòl Bondye paske li vle sèvi epi nouri nou ak manje espirityèl la. Manje sa a, se li k ap fè nou viv lavi abondan Jezi te pwomèt la. Jezi di: "Vòlè a vini pou vòlè, pou touye, pou detwi. Mwen menm, mwen vini pou moun yo ka gen lavi, epi pou yo genyen l an abondans." (Jan 10:10)
Pastè ak ansyen yo gen responsablite pou gide nou epi pran swen nou nan legliz la. Se poutèt sa, nou dwe obeyi yo, jan Bib la di nou nan Ebre 13:17: "Obeyi chèf nou yo, soumèt devan yo. Se yo menm k ap veye sou nanm nou, paske yo gen pou rann kont bay Bondye. Si nou obeyi yo, y ap fè travay yo ak kè kontan. Men, si nou pa obeyi yo, y ap plenyen, epi sa p ap bon pou nou."
Bondye kontan lè nou obeyi l, epi obeyi pastè nou yo se yon fason pou nou montre jan nou gen bon relasyon avèk Bondye. Obeyi vle di swiv san nou pa poze kesyon, san nou pa kritike, san nou pa gen prejije, ak tout kè nou. Lè nou fè sa, Jezi ap beni nou epi lavi nou ap an sekirite nan pwomès li yo.
Pa bliye toujou priye pou pastè nou yo, pou Sentespri a gide yo epi ba yo fòs. Ann onore lavi yo epi ann toujou pare pou nou sèvi yo tou.
Obeyi chèf nou yo, soumèt devan yo. Se tout tan y'ap veye sou nanm nou paske yo gen pou yo rann Bondye kont pou travay yo. Si nou obeyi yo, y'a fè travay yo ak kè kontan. Men, si nou pa obeyi yo, y'a fè l ak kè sere. Lè sa a, p'ap gen okenn avantaj pou nou.
Pa bliye moun ki te konn dirije nou yo, moun ki te fè nou konnen pawòl Bondye a. Egzaminen jan yo te viv, jan yo te mouri. Pran egzanp sou konfyans yo.
Fè jefò pou ou ka resevwa lwanj nan men Bondye tankou yon travayè ki pa wont travay li fè, yon travayè ki fè konnen pawòl verite Bondye a jan l ye a.
Se pou nou fè tou sa pawòl la mande nou fè. Pa rete ap koute ase. Lè sa a, se pwòp tèt nou n'ap twonpe.
Bon. Koute sa m'ap di ou: se yon konsèy m'ap ba ou pou Bondye ka ede ou. Se ou menm ki va prezante pou pèp la devan Bondye. W'a mete tout pwoblèm yo devan Bondye.
Anvan tout bagay sa yo te rive, Moyiz te voye Sefora, madanm li, al jwenn Jetwo, papa li. Kounyeya, Jetwo mennen Sefora tounen bay Moyiz
W'a moutre yo lòd Bondye, Senyè a, bay ansanm ak sa li mande yo pou yo fè. W'a fè yo konnen jan pou yo viv ak sa yo dwe fè.
Men, w'a chwazi nan mitan pèp la kèk moun ki kapab, moun ki gen krentif pou Bondye. Fòk se moun ou ka konte sou yo, moun ki p'ap kite lajan pran nanm yo. W'a mete yo chèf pou dirije pèp la, chèf sou mil moun, chèf sou san moun, chèf sou senkant moun ak chèf sou dis moun.
Moun sa yo va toujou la pou sèvi jij pou pèp la. Lè y'a gen gwo zafè, y'a pote yo devan ou. Men lòt ti zafè, y'a regle sa yo menm. Konsa, chay la va pi lèjè pou ou, paske y'a ede ou pote l.
Si ou fè sa, Bondye va dirije ou. W'a kapab fè travay ou, epitou, tout pèp la va tounen lakay li ak kè poze.
Moyiz koute konsèy bòpè l la vre. Li fè tou sa Jetwo te di l fè yo.
M'ap ban nou chèf k'ap fè tou sa m vle yo fè. Y'a gen konesans ak bon konprann pou gouvènen nou.
Kanta chèf reskonsab yo k'ap dirije legliz la byen, se pou yo resevwa yon lajan doub, sitou ansyen k'ap bay tout tan yo pou bay pawòl la ak pou fè enstriksyon moun yo.
Senyè a reponn Moyiz: — Pran Jozye, pitit gason Noun lan. Se yon nonm ki gen lespri Bondye k'ap travay nan kè l. W'a mete men ou sou tèt li,
epi w'a fè l kanpe devan Eleaza, prèt la, ak devan tout pèp la. Epi la, devan yo tout, w'a ba li tout lòd ou gen pou ba li.
Medam yo vini, yo kanpe devan Moyiz ak Eleaza, prèt la, devan cèf fanmi yo ak devan tout pèp la, devan pòt Tant Randevou a, epi yo di:
W'a separe avè l pouvwa otorite ou genyen an, pou tout moun nan pèp Izrayèl la ka obeyi l.
Frè m yo, m'ap mande nou pou nou gen anpil respè pou moun k'ap travay nan mitan nou yo, moun Senyè a chwazi pou dirije nou, pou ankouraje nou.
Se pou nou gen anpil konsiderasyon pou yo, se pou nou renmen yo poutèt travay y'ap fè a. Se pou nou viv byen ak kè poze yonn ak lòt.
Men, si yon moun ap fè grandizè, epi li pa koute ni prèt ki la pou sèvis Bondye a, ni jij la, se pou yo touye l. Se konsa n'a wete bagay mal sa a ki t'ap fèt nan mitan pèp la.
Yo tout yo reponn Jozye, yo di l: — Tou sa ou ban nou lòd fè, n'ap fè l! Kote ou voye nou, nou prale!
Menm jan nou te obeyi Moyiz, se konsa n'ap obeyi ou tou. Sèl bagay, nou swete pou Senyè Bondye ou la toujou kanpe ak ou, menm jan li te kanpe ak Moyiz la.
Lè sa a, Samyèl di li konsa: — Dapre ou, kisa Senyè a pito? Yon moun k'ap boule bèt sakrifye pou li, yon moun k'ap fè tout lòt kalite sakrifis bèt pou li, osinon yon moun k'ap fè sa li di li fè tout bon? Konn sa tande! Pito yon moun fè sa Senyè a di li fè a pase pou li fè sakrifis bèt pou Bondye. Pito yon moun soumèt devan Bondye pase pou li ofri mouton byen gra bay Senyè a.
Men Granmèt la di l: — Pa gade sou bèl aparans li, ni sou bèl wotè li. Paske mwen mete l sou kote. Mwen pa jije valè yon moun jan lèzòm fè l la. Lèzòm gade sou sa ki parèt devan je yo. Men, mwen menm mwen gade sa ki nan kè moun.
Li di moun li yo: — Mande Bondye padon! Mwen p'ap fè bagay konsa sou mèt mwen, moun Bondye chwazi pou wa a. Mwen p'ap janm leve men mwen sou li, paske se Senyè a menm ki te chwazi l pou wa.
Se li menm ki fè lèzòm kado divès pouvwa. Li bay kèk ladan yo pouvwa pou sèvi apòt, li bay lòt ladan yo pouvwa pou sèvi pwofèt, li bay lòt ankò pouvwa pou anonse bòn nouvèl la, li bay dòt ankò pouvwa pou sèvi tankou pastè ak dirèktè.
Konsa, li byen oganize pèp Bondye a pou yo chak fè travay sèvis yo, pou kò Kris la ka grandi nan konfyans.
Apre sa David pale ankò ak tout pèp la ki te reyini, li di yo: — Annou fè lwanj pou Senyè a, Bondye nou an! Tout pèp la nèt pran fè lwanj Senyè a, Bondye zansèt yo. Yo mete jenou yo atè, yo bese tèt yo byen ba devan Senyè a ak devan wa a.
Nan denmen maten, byen bonè, pèp la leve, li pati nan dezè Tekowa a. Lè yo ta pral derape, Jozafa pale ak yo, li di konsa: — Nou menm, moun Jida ak moun Jerizalèm, koute sa m'ap di nou! Mete konfyans nou nan Senyè a, Bondye nou an! Nou p'ap vole gadjè. Se pou nou kwè sa pwofèt li yo di nou an. N'ap genyen batay la.
(1b) Senyè a se gadò mwen, mwen p'ap janm manke anyen.
Kote zèb yo pi bèl, se la li fè m pran repo. Kote dlo a koule poze, se la li mennen m bwè.
Li fè m reprann fòs. Li fè m mache nan chemen dwat, pou sa sèvi yon lwanj pou non li.
Menm lè m'ape pase anba lonbray lanmò, Mwen p'ape pè anyen, Paske, Senyè, ou la avèk mwen. Se baton ou ak pwoteksyon ou ki fè kè m' pa kase.
Apre tout pawòl sa yo, se yon sèl bagay pou m di nan sa: Gen krentif pou Bondye. Fè tou sa li mande ou fè yo. Se pou sa ase Bondye te kreye moun.
Se pou nou di: Ala bèl bagay pou moun ki mache dwat yo! Zafè yo mache byen tou. Y'a jwi pwofi travay yo.
Men, podyab mechan yo, ala va traka! Anyen p'ap regle pou yo. Y'a rekòlte sa yo te plante.
M'a mete lòt chèf ki va okipe yo. Pèp mwen an p'ap pè anyen ankò, yo p'ap viv ak kè sote ankò. Yonn ladan yo p'ap pèdi. Se mwen menm Senyè a ki di sa.
Men sa Senyè a di moun Jerizalèm yo: — Pa koute sa pwofèt sa yo ap di nou lè y'ap ban nou mesay. Se manti y'ap ban nou pou yo ka pran tèt nou. Se sa ki vin nan tèt yo y'ap di pèp la. Sa yo di a pa sòti nan mwen.
M'ap ba yo yon wa k'ap tankou David, sèvitè m lan. Se li menm ki pral okipe yo, k'ap mennen yo manje. Se li menm k'ap gadò yo.
Nou menm, moun, se mouton mwen nou ye, bann mouton m'ap okipe yo. Mwen menm, se Bondye nou mwen ye. Se Senyè sèl Mèt la ki di sa.
Se devwa prèt yo pou yo moutre moun sa Bondye ye. Moun al kote yo pou yo ka konnen sa Bondye mande yo fè. Paske se mesaje Senyè ki gen tout pouvwa a yo ye.
— Moun ki resevwa nou, se mwen menm li resevwa. Moun ki resevwa mwen, li resevwa moun ki voye m lan tou.
Moun ki resevwa yon pwofèt Bondye paske se pwofèt Bondye li ye, moun sa a va resevwa rekonpans yo bay yon pwofèt. Moun ki resevwa yon nonm k'ap mache dwat devan Bondye paske se yon moun dwat li ye, moun sa a va resevwa rekonpans yo bay yon moun k'ap mache dwat.
Jezi rele yo, li di yo: — Nou konnen ki jan chèf nasyon yo trete pèp la tankou esklav. Grannèg yo renmen fè moun santi jan yo gen pouvwa.
Men, se pa konsa pou sa fèt nan mitan nou. Okontrè si yonn nan nou ta vle vin pi enpòtan, se pou li fè li sèvitè nou tout.
Si yonn nan nou vle chèf, se pou li fè li domestik nou tout.
Paske mwen menm, moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun sèvi mwen, men mwen vini pou sèvi. Wi, mwen vin bay lavi mwen pou delivrans anpil moun.
Se pou nou koute yo, se pou nou fè tou sa yo di nou fè. Men, pa fè tankou yo. Paske yo menm, yo pa fè sa yo di nou fè.
— Ki moun ki ka di li se yon jeran entelijan ki fè tout travay li byen? Se moun sa a mèt kay la va mete pou veye sou moun nan kay la, pou bay lòt domestik yo manje lè pou yo manje.
Se va bèl bagay pou domestik la si mèt la jwenn li ap fè travay li lè l tounen lakay li.
Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Mèt la va mete l reskonsab tout byen l yo.
Li di disip li yo ankò: — Moun ki koute nou, se mwen menm yo koute. Moun ki repouse nou, se mwen menm yo repouse. Moun ki repouse m, se moun ki voye m lan yo repouse.
Mwen menm, mwen se gadò mouton yo. Papa a konnen m, mwen konn Papa a. Konsa tou, mwen konnen mouton m yo. Yo menm tou yo konnen mwen.
Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki resevwa moun mwen voye a, li resevwa m tou. Moun ki resevwa m, li resevwa moun ki voye m lan.
Douz apot yo rasanble tout disip yo, yo di: — Li pa nòmal pou nou neglije preche pawòl la poutèt nou chita nan sèvi moun manje.
Se pou sa, frè m' yo, chwazi sèt nèg pami nou ki gen bon repitasyon, ki anba pouvwa Sentespri, ki gen bon konprann sou yo. N'a ba yo reskonsab sèvis sa a.
Konsa nou menm, n'a toujou bay tout tan nou pou lapriyè, ak pou fè moun konnen pawòl Bondye a.
Nan chak legliz, yo chwazi kèk chèf fanmi. Yo fè jèn, yo lapriyè. Apre sa, yo renmèt yo nan men Bondye, Senyè ki te gen tout konfyans yo a.
Veye kò nou, veye sou tout bann mouton Sentespri a mete sou kont nou. Okipe legliz Bondye a, legliz li te achte ak pwòp san Pitit li a.
Se pou tout moun soumèt anba otorite ki sou tèt yo. Paske nanpwen otorite ki pa soti nan Bondye. Epi tout otorite ki la, se Bondye ki mete yo.
Moun ki gen renmen nan kè yo pa fè moun mal: se sa k fè lè nou renmen, nou fè tou sa lalwa a mande nou fè.
Se sa menm pou nou fè, paske nou konnen ki jan tan an ye deyò a. Li lè pou nou leve sòti nan dòmi, lè a sonnen, paske kounyeya, lè pou n fin delivre a pi pre nou pase lè nou te fenk mete konfyans lan.
Nwit lan vanse fini, jou prèt pou kase. Ann sispann fè bagay yo fè nan fènwa. Ann pran zam nou pou nou ka goumen devan tout moun.
Ann mennen bak nou yon jan tankou moun k'ap viv nan limyè. Pa fè eksè ni nan manje, ni nan bwè. Pa lage tèt nou nan debòch, ni nan vis, ni nan lobo ak pesonn, ni nan jalouzi.
Se pou nou pran Jezikri pou zam nou. Pa kite egzijans lachè pran pye sou nou pou fè nou fè tou sa li anvi fè.
Se poutèt sa, moun k'ap kenbe tèt ak otorite, se refize yo refize obeyi prensip Bondye tabli. Moun ki refize obeyi, y'ap rale jijman sou tèt yo.
Peye chak moun sa ou dwe yo. Peye enpo kote pou peye enpo. Peye taks kote pou peye taks. Gen krentif pou moun ou dwe gen krentif. Gen onè respè pou moun ou dwe gen onè respè.
Se poutèt sa, nou menm moun Korent, se pou nou rekonèt se sèvitè Kris la mwen ye, tankou yon jeran Bondye mete reskonsab plan travay li yo ki te kache.
Konsa tou, Senyè a bay lòd pou tout moun k'ap anonse bòn nouvèl la fèt pou yo viv sou kont travay bòn nouvèl la.
Frè m yo, nou konnen Estefanas ak tout fanmi li. Nou konnen se yo menm premye moun nan peyi Lakayi ki te mete konfyans yo nan Kris la. Tout moun nan fanmi an te ofri tèt yo pou sèvi pèp Bondye a.
Enben, moun konsa ansanm ak moun nou wè k'ap travay ak yo epi k'ap sèvi ak yo, nou mèt kite yo mennen nou.
Mwen p'ap chache fòse nou kwè anyen, paske nou deja kanpe fèm nan lafwa. Men, mwen ta renmen travay ansanm ak nou pou fè kè nou kontan.
Enpi, menm si m te fè grandizè yon ti jan twòp pou otorite Senyè a ban mwen an, mwen pa wont pou sa. Paske, otorite sa li ban mwen an, se pou m fè nou grandi nan konfyans nan li, se pa pou m kraze nou.
Konsa, resevwa l ak kè kontan tankou yon frè nan Senyè a. Se pou nou gen anpil respè pou moun ki tankou Epafwodit,
Fè tou sa mwen te moutre nou, ni sa nou te resevwa nan menm m, ni sa nou te tande m di ak tou sa nou te wè m fè. Konsa, Bondye k'ap bay kè poze a va toujou la avè nou.
Se Epafras, yon bon zanmi k'ap travay ansanm avè m, ki te moutre nou tou sa. L'ap ede m nan travay la tankou yon bon sèvitè Kris la.
Nou menm domestik, obeyi mèt nou gen sou latè a nan tout bagay. Se pa sèlman lè nou anba je yo pou nou obeyi yo, tankou moun k'ap fè lèzòm plezi. Men, se pou n obeyi yo ak tout kè nou, akòz respè nou gen pou Senyè a.
Nenpòt travay yo ban nou fè, fè l ak tout kè nou tankou si se pa pou lèzòm nou t'ap travay, men pou Senyè a.
Chonje byen: Senyè a gen pou ban nou rekonpans nou: l'ap ban nou eritaj li sere pou moun pa l yo. Paske, mèt n'ap sèvi tout bon an se Kris la.
Senyè a fè m gen konfyans nan nou: li ban m lasirans n'ap fè sa m te mande nou fè a, epi n'ap toujou kontinye fè l tou.
Sa se yon pawòl kach: Si yon moun dèyè dirije legliz, li dèyè yon bèl travay.
Se pou nou sonde yo anvan. Si apre sa, nou pa jwenn anyen pou repwoche yo, yo ka sèvi dyak.
Se pou madanm yo moun ki respektab, ki pa nan tripotaj: se pou yo konn kontwole tèt yo, pou yo seryèz nan tout bagay.
Yon dyak fèt pou l gen yon sèl madanm, se pou l konn dirije pitit li yo ak tout kay li byen.
Paske, dyak ki fè travay yo byen, y'a rive jwenn yon bon pozisyon pou tèt yo, y'a gen plis konfyans pou yo ka pale verite nou jwenn nan Jezikri a.
M'ap ekri ou lèt sa a. Men, mwen gen espwa mwen ka vin wè ou anvan lontan.
Men, si m pran reta, lèt sa a va fè ou konnen ki jan pou nou mennen tèt nou nan fanmi Bondye a, sa vle di nan legliz Bondye vivan an. Legliz la tankou yon poto k'ap soutni verite a.
Tout moun fèt pou rekonèt jan sekrè relijyon nou an se yo gwo zafè. Li te parèt tankou yon moun. Lespri a fè nou wè jan li mache dwat devan Bondye. Epi tout zanj yo te wè l tou. Se li menm y'ap mache fè konnen nan tout nasyon. Se nan li moun toupatou mete konfyans yo. Apre sa, yo resevwa l nan syèl la.
Pou yon moun chèf nan legliz, se pou l san repwòch. Se pou l gen yon sèl madanm. Se pou l yon nonm serye, ki konn kenbe tèt li anplas, ki gen lòd. Se pou l konn resevwa moun lakay li. Se pou l konn ki jan pou l moutre moun verite a.
Pa kite pèsonn pase ou nan betiz paske ou twò jenn. Men, se pou ou tounen yon egzanp pou moun ki kwè yo, nan jan ou pale, nan jan ou mennen tèt ou, nan jan ou gen renmen, nan jan ou gen konfyans, nan jan w'ap mennen yon lavi ki dakò ak volonte Bondye.
Veye sou konpòtman ou, fè atansyon ak pawòl verite w'ap anonse a. Pa lage travay ou menm. Si ou fè sa konsa, w'a sove tèt ou ansanm ak tout moun k'ap koute ou yo.
Pa kite pèsonn vin pote plent pou yon chèf reskonsab, esèpte si moun lan gen de osinon twa temwen avè li.
Tout moun k'ap sèvi kou domestik fèt pou gen anpil respè pou mèt yo. Konsa, pèsonn p'ap kapab pale non Bondye a ni verite n'ap anonse a mal.
Paske, renmen lajan fè moun fè tout kalite bagay ki mal. Gen moun ki sitèlman anvi gen lajan, yo pèdi chemen lafwa a nèt: se pa de ti soufrans ki tonbe sou yo.
Men ou menm ki moun Bondye, evite tout bagay sa yo. Chache mennen yon lavi ki dwat pou ou ka sèvi Bondye nan tou sa w'ap fè, avèk konfyans, avèk renmen, avèk pasyans ak dousè.
Mennen batay pou lafwa a byen. Kenbe lavi ki p'ap janm fini an fèm. Paske, se Bondye menm ki te rele ou pou ou te konnen lavi sa a, lè ou te byen pale devan yon bann temwen, pou fè konnen jan ou gen lafwa.
Devan Bondye ki bay tout bagay lavi, devan Jezikri ki te fè yon bèl deklarasyon devan Pons Pilat pou fè wè jan li gen lafwa, men sa m'ap mande ou:
Swiv kòmandman mwen ba ou a, pa chanje anyen ladan l pou yo pa jwenn anyen pou repwoche ou lè Jezikri, Senyè nou an, va parèt.
Lè lè a va rive, Bondye va fè nou wè l. Se li menm ki sèl otorite, se pou li sèl nou dwe fè lwanj. Li wa tout wa, li chèf tout chèf.
Se sèl moun ki p'ap janm mouri, li rete nan yon limyè kote pèsonn pa ka pwoche. Pèsonn pa janm wè l, pèsonn pa ka wè li. Se pou li tout onè ak tout pouvwa pou tout tan. Amèn.
Mande moun ki gen anpil byen sou latè a pou yo pa kite lògèy vire tèt yo. Piga yo mete espwa yo nan richès sa yo ki pa sèten. Se pou yo mete espwa yo nan Bondye ki ban nou tout bagay an kantite pou nou ka gen jwisans yo.
Mande yo pou yo fè anpil byen, pou yo ka rich devan Bondye. Piga yo chich. Se pou yo toujou pare pou separe sa yo genyen an ak lòt.
Konsa, y'a anpile yon bon trezò byen solid pou pita, y'a resevwa lavi tout bon an.
Si yon domestik ap sèvi yon mèt ki kwè nan Bondye, li pa fèt pou l manke l respè sou pretèks se yon frè nan lafwa li ye. Okontrè, se lè sa a pou l sèvi l pi byen, paske moun l'ap rann sèvis la se yon moun ki kwè, se yon moun li renmen. Men sa ou gen pou moutre moun yo. Men sa pou ou preche yo.
Pran egzanp sou pawòl verite mwen te ba ou yo. Kenbe fèm nan konfyans ak nan renmen nou jwenn nan Jezikri.
Ak lasistans Sentespri ki nan kè ou la, kenbe tout bon pawòl yo te moutre ou yo tankou yon depo ki sou kont ou.
Yon moun k'ap sèvi Bondye pa fèt pou nan kont. Se pou l viv byen ak tout moun, se pou l konn ki jan yo fè enstriksyon moun, se pou l gen pasyans.
Se pou l korije moun ki pa dakò avè l avèk dousè. Ou pa janm konnen: Bondye ka ba yo yon chans pou yo chanje jan y'ap viv la, pou yo vin konn verite a.
Fè konnen pawòl Bondye a, mache bay li san pran souf, nan tout sikonstans, tan an te mèt bon li te mèt pa bon. Bay tout kalite prèv, rale zòrèy, bay konsèy, moutre moun yo verite a avèk pasyans nèt ale.
Mwen kite ou zile Krèt pou kapab òganize tou sa ki pa te ankò fin regle. Ou gen pou mete yon gwoup ansyen alatèt legliz ki nan chak vil yo. Sonje sa mwen te di ou:
Se pou l kenbe mesay verite a byen fèm, jan Kris la te bay li a, pou l ka ankouraje lòt yo ak pawòl verite a, pou li ka demanti moun k'ap vire pawòl la lanvè.
Ou menm, nan tout bagay, se pou ou bay bon egzanp: toujou fè sa ki byen. Lè w'ap moutre yo kichòy, se pou ou serye: ba yo verite a san chache twonpe yo.
Pale pawòl ki dakò ak verite a pou yo pa kritike ou. Konsa, lènmi nou yo va wont. Yo p'ap jwenn anyen pou yo di sou nou.
Se bagay sa yo pou ou moutre moun yo. Otorite yo ba ou a se pou ankouraje sa ki bezwen ankouraje, pou rale zòrèy sa ki bezwen gen zòrèy yo rale. Pa bay pèsonn okazyon meprize ou.
Se paske mwen konnen w'ap fè sa m mande ou la ki fè m ekri ou lèt sa a. Mwen konnen ou va fè pi plis pase sa m mande ou la.
Di tout moun k'ap dirije nou yo bonjou ansanm ak tout pèp Bondye a. Tout frè ki nan peyi Itali yo voye bonjou pou nou tout.
Frè m yo, se pa pou anpil moun nan mitan nou kouri dèyè plas dirèktè. Paske, konnen byen: lè nou dirèktè, Bondye ap jije nou pi sevè pase lòt yo.
Soumèt devan tout otorite lèzòm etabli. Fè sa pou Bondye. Soumèt devan wa a, paske se li ki pi gwo chèf.
Soumèt nou devan majistra yo, paske wa a mete yo la pou pini moun ki fè sa ki pa sa epi pou yo fè lwanj moun k'ap fè sa ki byen.
Mwen menm ki yon chèf reskonsab, m'ap pale kounyeya ak chèf reskonsab ki nan mitan nou yo. Mwen menm ki te wè jan Kris la te soufri a, mwen pral patisipe tou nan bèl pouvwa Bondye ki gen pou parèt la.
Men, apre n'a fin soufri yon ti tan, Bondye li menm va rann nou bon nèt, l'a kenbe nou fèm, l'a ban nou fòs, l'ap fè nou kanpe san brannen. Paske Bondye bay tout kalite favè. Se li menm ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n te patisipe nan pouvwa li ki p'ap janm fini.
Se pou li tout pouvwa a, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn.
Se avèk konkou frè Silven, yon nonm serye dapre sa mwen konnen, m'ap ekri nou lèt sa a, pou m ka ankouraje nou, pou m fè nou konnen jan favè Bondye pou nou an se yon bagay ki vre. Kenbe fèm nan li.
Legliz Bondye chwazi nan lavil Babilòn lan voye bonjou pou nou, ansanm ak Mak, pitit mwen an.
Bò pa nou, yonn di lòt bonjou pou mwen, yonn bo lòt tankou frè ak frè. Mwen mande pou nou tout k'ap viv ansanm nan Kris la, pou nou gen kè poze.
Men sa m'ap di nou: Tankou gadò, se pou nou swen bann mouton Bondye ki sou kont nou an. Pa fè sa tankou si se fòse y'ap fòse nou. Men, fè l paske nou vle fè sa Bondye vle. Pa fè travay la tankou si se dèyè lajan nou ye. Men, fè l ak tout kè nou.
Pa fè menm jan ak chèf k'ap maltrete moun ki sou kont yo. Okontrè, se pou nou tounen yon egzanp pou mouton yo.
Menm jan an tou, nou menm jennjan yo, se pou nou soumèt devan chèf reskonsab yo. Nan tout rapò nou yonn ak lòt, se pou nou soumèt devan Bondye. Paske Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy. Men, moun ki soumèt devan l, li ba yo favè li.
Men, anvan tout bagay, se pou nou konn sa byen: pèsonn pa gendwa pran mesay pwofèt ki ekri nan Liv la pou li ba li sans li vle.
Paske, pwofèt yo pat janm bay mesay paske yo menm yo te vle. Okontrè, se Sentespri ki te pouse yo lè yo t'ap bay mesay ki sòti nan Bondye.
Malgre sa, te gen kèk fo pwofèt nan mitan pèp Bondye a nan tan lontan. Konsa tou, va gen kèk dirèktè nan mitan nou k'ap bay manti. Yo pral vin ak yon bann bèl pawòl ki pa vre pou yo seye pèdi nou. Y'ap vire do bay Mèt la ki te delivre yo. Y'ap rale yon chatiman sou tèt yo k'ap detwi yo lapoula.
Men, nou menm, nou se moun Bondye. Tout moun ki konnen Bondye, yo koute lè n'ap pale ak yo. Moun ki pa moun Bondye p'ap koute nou. Se konsa nou ka konnen diferans ki genyen ant lespri k'ap pale verite a ak lespri k'ap bay manti a.
Menm jan an tou, mesye sa yo, avèk tout vizyon y'ap plede fè yo, y'ap fè tout kalite vye bagay ak kò yo, y'ap meprize otorite Bondye, y'ap pale pouvwa ki nan syèl yo mal.
Men sans kache sèt zetwal ou wè nan men dwat mwen an, ansanm ak sans sèt gwo lanp sèt branch lò yo. Sèt zetwal yo se zanj sèt legliz yo. Sèt gwo lanp sèt branch yo, se sèt legliz yo.
Ekri zanj legliz ki nan lavil Efèz la. Di l konsa: — Moun ki kenbe sèt zetwal yo nan men dwat li a, moun k'ap mache nan mitan sèt gwo lanp sèt branch lò yo, men sa li voye di ou:
— Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo! — Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'ap ba yo dwa pou yo manje nan pyebwa ki bay lavi a, pyebwa ki nan mitan jaden Bondye a.
Elize kite Eli, li tounen tounen l, li pran yon pè bèf, li touye yo. Li pran bwa jouk yo, li limen dife, li kwit vyann lan. Li bay moun ki te avè l yo pou yo manje. Lèfini, li pati al jwenn Eli, li rete avè l.
Lè pwofèt Jeriko yo ki te pi devan an wè sa, yo di: — Lespri Eli a sou Elize! Yo vin jwenn li, yo bese tèt yo jouk atè devan l.
Li te chwazi David, yon moun ki t'ap sèvi l. Li wete l dèyè mouton li t'ap okipe yo,
dèyè manman mouton ki gen pitit dèyè yo, li fè l wa sou pitit Jakòb yo. Li mete l gadò pèp Izrayèl la.
David pran swen yo ak tout kè li. Li kondi yo avèk anpil ladrès.
Louvri zòrèy nou pou nou tande sa m'ap moutre nou. N'a vin gen bon konprann. Pa meprize bagay konsa.
Moun ki renmen yo korije yo, se moun ki toujou vle konnen. Men, moun ki pa renmen yo rale zòrèy yo, se moun san konprann.
Moun k'ap repase nan tèt li tou sa yo moutre l va wè zafè l mache byen. Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan Senyè a!
Koute konsèy y'ap ba ou. Louvri zòrèy ou pou aprann. Konsa w'a gen bon konprann jouk ou mouri.
Tankou yon gadò, l'ap okipe mouton l yo. Se li menm k'ap sanble yo. L'ap pote ti mouton yo sou bra l. Tou dousman l'ap mennen manman mouton ki gen pitit dèyè yo.
Gade. Mwen te fè l chèf pou l te kòmande nasyon yo. Mwen te fè l sèvi m temwen nan mitan yo.
Y'a reponn li: Non monchè. Senyè a te moutre ou sa ki byen. Tou sa li mande ou, se pou ou fè sa ki dwat, se pou ou gen kè sansib nan tout sa w'ap fè, se pou ou mache san lògèy devan li.
Madichon pou move gadò a! Li kouri kite mouton yo pou kont yo. Se pou lagè fini ak pouvwa l la. Se pou bra l vin pòk, se pou li pa wè nan je dwat li.
Se konsa, nou wè nan legliz la Bondye mete apòt yo an premye, pwofèt yo an dezyèm, dirèktè yo an twazyèm. Apre sa, nou jwenn moun k'ap fè mirak, moun ki gen don pou geri moun malad, moun k'ap ede lòt, moun k'ap dirije, moun ki gen don pou pale divès lang.
Mwen moutre nou ki jan pou n travay di nan tou sa n'ap fè pou n ka ede pi fèb yo, pou nou toujou chonje pawòl Senyè a ki te di ak pwòp bouch li: Gen plis benediksyon pou moun k'ap bay pase pou moun k'ap resevwa.
Paske, Bondye pa mechan pou l ta bliye travay nou fè, ni renmen nou moutre nou gen pou li, lè nou t'ap rann moun k'ap viv pou li yo anpil sèvis, sèvis n'ap rann yo jouk kounyeya toujou.
Si yon lòt resevwa don pou l fè yon travay, se pou l fè travay la. Moun ki resevwa don pou l moutre lòt anpil bagay, se sa pou l fè.
Moun ki resevwa don pou l bay ankourajman, se pou li bay ankourajman. Moun k'ap bay nan sa li genyen an, se pou l fè sa san gad dèyè. Moun k'ap dirije a, se pou l fè sa byen. Moun k'ap moutre jan li gen kè sansib la, se pou li fè sa ak kè kontan.
Pouvwa Bondye a ban nou tou sa nou bezwen pou nou ka viv, pou nou ka sèvi li. Li fè nou konnen moun ki te rele nou an, lè li te fè nou wè pouvwa li ak bèl bagay li yo.
Konsa, se Bondye menm, nan kè sansib li gen pou mwen an, ki te renmèt mwen travay sa a pou m fè. Se poutèt sa, mwen pa janm pèdi kouray.
Se konsa, kote m pase mwen pote soufrans lanmò Jezi a nan kò mwen, pou tout moun ka wè pouvwa lavi Jezi a ap travay nan kò m tou.
Nan lavi m, se tout tan m'ap pase toupre lanmò poutèt Jezi, pou pouvwa lavi Jezi a ka parèt aklè nan kò mwen ki la pou mouri.
Konsa, lanmò ap travay nan mwen, men se lavi k'ap travay nan nou menm moun Korent.
Men sa ki ekri nan Liv la: Mwen te gen konfyans, se poutèt sa mwen te pale. Mwen menm tou, mwen gen menm konfyans sa a, se poutèt sa m'ap pale.
Mwen konnen Bondye ki te fè Senyè Jezi leve sòti vivan nan lanmò a, li gen pou l fè m tounen vivan ankò ansanm ak Jezi, li gen pou l fè m parèt ansanm ak nou devan li.
Se poutèt nou menm, moun Korent, kifè tout bagay sa yo rive, paske fòk gen plis moun toujou k'ap resevwa favè Bondye a pou sa gen plis moun tou k'ap lapriyè pou di Bondye mèsi pou pouvwa li.
Se sa ki fè mwen pa janm dekouraje. Menm si kò mwen ap bese chak jou, men lespri m' rete toujou jenn.
Sa m'ap sibi kounyeya, se yon ti soufrans ki la pou pase. Men, soufrans sa a ap pare pou mwen yon bèl pouvwa k'ap la pou tout tan, pouvwa ki depase ti soufrans sa a anpil.
Paske, mwen p'ap konsidere bagay moun wè, men bagay moun pa wè. Sa moun wè, se bagay ki pa la pou lontan, men sa moun pa wè, se bagay ki la pou tout tan.
Mwen voye tout bagay lèd lèzòm ap fè an kachèt yo jete. Mwen pa fè okenn riz. Mwen pa chanje anyen nan pawòl Bondye a. Okontrè, mwen fè tout moun konnen verite a jan l ye a. Se konsa bagay sa yo rekòmande mwen devan Bondye bay tout moun ki gen konsyans.