Mwen konnen li difisil pou w aksepte ou p ap wè yon moun ou te renmen anpil ankò. Yon moun ki te enpòtan nan lavi w, ou p ap ka pale avè l, ri avè l, pataje bèl moman avè l ankò. Sa fè mal, se vre. Nou tout konn pase nan moman tristès sa yo, nan dèy. Lè sa rive, li nòmal pou w kriye, pou w santi w tris. Pa gen peche ladan l. Menm Jezi te kriye lè yo te di l Laza, yon zanmi l, te mouri (Jan 11:35). Li enpòtan pou w kite santiman w yo soti.
Men, malgre tristès la ak dèy la, pa kite l fin avè w. Bondye la avè w pou l siye dlo nan je w, pou l konsole kè w, pou l fè w souri ankò. Sèlman, kite l fè l. (2 Korentyen 1:3) Beni soit Bondye, Papa Senyè nou Jezikri a, Papa ki gen kè sansib, Bondye tout konsolasyon an.
Se pou nou renmen Senyè a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, avèk tout fòs kouray nou.
Tout moun ki rekonèt Jezi se Kris la, se pitit Bondye yo ye. Si ou renmen yon papa, se pou ou renmen pitit li tou.
Nou renmen Bondye, lè nou fè tou sa li mande nou fè. Sa Bondye mande nou fè yo pa twò difisil pase sa.
Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l, pou byen tout moun li te fè lide rele.
Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout lide ou, avèk tout fòs ou.
Mwen renmen Senyè a, paske li tande mwen, li koute lapriyè mwen.
Li te panche zòrèy li bò kote m chak fwa mwen rele l.
Jezi reponn li: — Moun ki renmen m, se li menm ki va fè tou sa m di l fè. Papa m va renmen l tou. Papa m va vin jwenn li ansanm avè m, n'a viv nan li.
(12) Men, tout moun ki mete konfyans yo nan ou, fè kè yo kontan. Se pou yo chante san rete tèlman yo kontan. W'ap pwoteje moun ki renmen ou. Ou fè yo chante pou ou tèlman yo kontan.
Men kisa renmen an ye: Se pa nou menm ki te renmen Bondye, se li menm pito ki te renmen nou, ki te voye Pitit li a pou nou te ka resevwa padon pou peche nou yo, gremesi Pitit la.
Mezanmi, se pou nou yonn renmen lòt paske renmen sòti nan Bondye. Moun ki gen renmen nan kè yo, se pitit Bondye yo ye. Yo konnen ki moun Bondye ye.
Moun ki pa gen renmen nan kè yo, yo pa konn Bondye, paske Bondye se renmen menm.
Jezi reponn li: — Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide ou.
Se kòmandman sa a ki pi gwo, ki pi konsekan.
Se pou nou rekonèt Senyè a, Bondye nou an, se sèl Bondye ki genyen, sèl Bondye k'ap toujou kenbe pawòl li. Wi, l'ap toujou kenbe kontra li pase a. L'ap toujou renmen moun ki renmen l, moun ki fè tou sa l mande yo fè, de pitit an pitit, pandan mil jenerasyon.
Si yon moun di: mwen renmen Bondye, pou anmenmtan pou l rayi frè l, moun sa a ap bay manti. Paske, si li pa renmen frè l, yon moun li ka wè, li pa ka renmen Bondye li pa ka wè a.
Okontrè, ann pale verite a avèk renmen nan kè nou, konsa n'a ka grandi nan tout sans nan Kris la ki chèf kò a.
Renmen Senyè a, Bondye nou an. Koute l. Pa lage l menm, paske se li menm ki tout lavi nou, se li k'ap fè nou viv lontan nan peyi Senyè a te fè pwomès li t'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb, zansèt nou yo.
Si nou koute tou sa mwen mande nou la a, si nou kenbe yo nan kè nou, si nou swiv yo pwen pa pwen, Senyè a, Bondye nou an, va toujou kenbe kontra li te pase ak zansèt nou yo. L'ap toujou renmen nou jan li te sèmante bay zansèt nou yo.
Mwen mande Senyè a pou l dirije kè nou pou nou ka renmen Bondye, pou nou ka gen pasyans tankou Kris la.
Se pou nou renmen Senyè a, Bondye nou an. Se pou nou toujou kenbe lòd, prensip ak kòmandman li ban nou yo.
Moun ki renmen lavi l ap pèdi li. Men moun ki rayi lavi li pandan l sou latè a, l'ap konsève l pou lavi ki p'ap janm fini an.
Espwa sa a p'ap janm twonpe nou, paske Bondye te fè nou wè jan l renmen nou lè li ban nou Sentespri li.
Gade kijan Papa a renmen nou non! Li sitèlman renmen nou, li rele nou pitit li. Epi se sa nou ye vre. Se poutèt sa, lemonn pa rekonèt nou, paske li pa rekonèt Bondye.
Mwen mande Senyè a yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil anpil: Se pou m ta pase tout lavi m nan kay Senyè a, pou m ka gade bèl bagay li yo byen, pou m ka pran tan m pou m kalkile nan kay ki apa pou li a.
Paske, se kalite renmen Kris la gen pou nou an k'ap dirije m: mwen gen konviksyon sa a, si yon sèl moun te mouri pou tout lòt yo, sa vle di tout lòt yo mouri ansanm avè li.
Li mouri pou tout moun. Konsa, moun k'ap viv yo p'ap viv pou tèt pa yo ankò, men y'ap viv pou moun ki te mouri epi ki te leve sòti vivan nan lanmò pou yo a.
Kote ki gen renmen, pa gen kè kase. Okontrè, lè nou renmen tout bon, si kè nou te kase, li pa kase ankò. Konsa, yon moun ki pè toujou, li poko fin renmen nèt. Paske si ou pè, se paske ou pè chatiman.
Senyè a pase devan Moyiz, li pale byen fò, li di: — Senyè a, Senyè a se yon Bondye ki gen pitye pou moun, yon Bondye ki gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen, l'ap toujou kenbe pawòl li.
ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki nan zantray tè a. Non, pa gen anyen nan tout kreyasyon an ki ka rive fè nou pèdi lamou Bondye fè nou wè li gen pou nou nan Jezikri, Senyè nou an.
Pèsonn pa janm wè Bondye. Men, si nou yonn renmen lòt, Bondye fè yonn ak nou. Konsa n'a renmen tout bon, jan Bondye renmen an.
Nou mèt sèten, si nou mache dapre kòmandman mwen ban nou jòdi a, si nou renmen Senye a, Bondye nou an, si nou sèvi l ak tout kè nou ak tout nanm nou,
Sa m'ap mande nou jòdi a, se pou nou renmen Senyè a, Bondye nou an, se pou nou viv jan li vle l la, se pou nou fè tou sa li mande nou fè nan kòmandman li yo, nan lòd li yo ak nan regleman li yo. Konsa, n'a gen lavi, n'a gen anpil pitit. Senyè a, Bondye nou an, va beni nou nan peyi nou pral pran pou rele nou pa nou an.
(24) Nou tout k'ap sèvi Senyè a, se pou nou renmen l. Wi, Senyè a pwoteje tout moun ki kenbe fèm nan li. Men, se pa ti pini l'ap pini moun k'ap vante tèt yo.
Senyè a renmen moun ki rayi sa ki mal. Li pwoteje lavi pèp li a, li delivre yo anba men mechan yo.
Jan Papa a renmen m lan, se konsa mwen renmen nou tou. Nou menm, se pou nou renmen menm jan mwen renmen nou an.
— Moun ki renmen papa l osinon manman l plis pase m pa kapab moun pa m. Moun ki renmen pitit gason l osinon pitit fi l plis pase m pa kapab moun pa m.
Benediksyon Bondye pou tout moun ki renmen Jezikri, Senyè nou an, ak yon renmen ki p'ap janm fini.
Nonm lan reponn: — Se pou ou renmen Mèt la, Senyè Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout fòs ou, ak tout entelijans ou. Se pou ou renmen pwochen ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.
Pwoche bò kote Bondye, Bondye va pwoche bò kote nou tou. Nou menm k'ap fè peche, lave men nou. Netwaye kè nou, nou menm k'ap woule de bò.
— Moun ki asepte kòmandman m yo, ki obeyi yo, se moun sa a ki renmen mwen. Papa m va renmen moun ki renmen mwen. Mwen menm tou, m'a renmen l, epi m'a fè l wè mwen.
M'ap bay tout moun lòt nasyon yo pou m ka sove lavi nou, paske mwen konsidere nou anpil. Nou gen anpil valè pou mwen, mwen renmen nou anpil.
Lè m'ap lapriyè Bondye, mwen mande l pou nou gen plis renmen toujou, ak bonkou konesans pou nou ka rive konprann tout bagay,
Kanta nou menm, frè m yo, Bondye te rele nou pou n te ka gen libète nou. Sèlman, pa pran libète a sèvi eskiz pou nou viv dapre egzijans lachè. Okontrè, se pou nou yonn sèvi lòt nan renmen nou yonn gen pou lòt.
Se sa ki fè, frè mwen yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri nou tankou yon sakrifis apa bay Bondye, yon sakrifis vivan k'ap fè li plezi. Se sèl jan pou nou sèvi Bondye tout bon vre.
Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou.
Nou renmen l, atout nou pa te wè l. Nou gen konfyans nan li, atout nou pa wè l kounyeya. Konsa, nou kontan ak yon kontantman nou pa ka esplike men ki merite lwanj,
Se pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè yo, pou yonn ka ankouraje lòt nan sa ki byen.
Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, kounyeya pi plis pase anvan, paske nou wè jou Senyè a ap pwoche.
Men dezyèm kòmandman an ki gen menm enpòtans ak premye a: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.
Lè yo fin manje, Jezi di Simon Pyè konsa: — Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen plis pase moun sa yo? Simon Pyè reponn: — Wi, Senyè, ou konnen mwen renmen ou. Jezi di li: — Pran swen ti mouton mwen yo.
Li mande li yon dezyèm fwa: — Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen? Li reponn li: — Wi, Senyè, ou konnen mwen renmen ou. Jezi di li: — Fè ou gadò mouton mwen yo.
Apre sa, li mande li yon twazyèm fwa: — Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen? Sa te fè Simon mal anpil lè li wè Jezi mande l' yon twzyèm fwa: Eske ou renmen mwen? Li reponn li: — Senyè, ou konn tout bagay. Ou konnen mwen renmen ou. Jezi di li: — Pran swen mouton mwen yo.
Pa renmen lemonn, ni anyen ki soti nan lemonn. Si yon moun renmen vye prensip k'ap mennen lemonn yo, li pa ka renmen prensip Papa a.
Moun ki gen renmen nan kè yo pa fè moun mal: se sa k fè lè nou renmen, nou fè tou sa lalwa a mande nou fè.
Mete tout konfyans ou nan Senyè a. Pa gade sou sa ou konnen.
Toujou chonje Senyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, la moutre ou chemen pou ou pran.