Vèsè Biblik

Piblisite


Soukategori

148 Vèsè Biblik pou devlope imilite


Filipyen 2:3-4

Pa fè anyen nan lide pou fè tèt nou pase pou pi bon, ni pou fè lwanj tèt nou. Men, soumèt nou devan Bondye. Mete nan tèt nou lòt yo pi bon pase nou.

paske li te prèt pou mouri nan travay Kris la, li riske lavi li pou li te ka ban mwen konkou nou pa te la pou ban mwen.

Piga pèsonn chache enterè pa l ase. Se pou l chache sa ki bon pou lòt yo tou.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 22:4

Soumèt ou devan Bondye, gen krentif pou li: W'a gen richès, y'a nonmen non ou, w'a viv lontan.

Chapit   |  Vèsyon
Jak 4:10

Desann nou devan Bondye, Bondye va leve nou.

Chapit   |  Vèsyon
1 Pyè 5:5-6

Menm jan an tou, nou menm jennjan yo, se pou nou soumèt devan chèf reskonsab yo. Nan tout rapò nou yonn ak lòt, se pou nou soumèt devan Bondye. Paske Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy. Men, moun ki soumèt devan l, li ba yo favè li.

Se poutèt sa, soumèt nou devan Bondye ki gen pouvwa, konsa l'a leve nou lè pou l leve nou an.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 23:12

Moun ki vle leve tèt li, y'a desann li. Moun ki desann tèt li, y'a leve li.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 11:2

Kote ki gen lògèy wont pa lwen. Men, moun ki soumèt devan Bondye, se yo ki gen bon konprann.

Chapit   |  Vèsyon
Ezayi 66:2

Se mwen menm ki fè tout bagay sa yo ak men mwen. Se pou mwen yo tout ye! Se Senyè a menm ki di sa. Moun ki fè m plezi se moun ki pa gen lògèy nan kè yo, se moun ki regrèt sa yo fè ki mal, se moun ki gen krentif pou mwen lè m pale.

Chapit   |  Vèsyon
Women 12:3

Poutèt favè Bondye fè m lan, men sa m'ap mande nou tout: Piga nou mete nan tèt nou nou plis pase sa nou ye. Okontrè, pa mete gwo lide nan tèt nou. Se pou chak moun konsidere tèt li dapre sa Bondye ba li ki pa l nan lafwa.

Chapit   |  Vèsyon
Miche 6:8

Y'a reponn li: Non monchè. Senyè a te moutre ou sa ki byen. Tou sa li mande ou, se pou ou fè sa ki dwat, se pou ou gen kè sansib nan tout sa w'ap fè, se pou ou mache san lògèy devan li.

Chapit   |  Vèsyon
Efezyen 4:2

Pa janm vante tèt nou. Aji avèk dousè ak pasyans ak tout moun. Se pou nou yonn sipòte lòt avèk renmen nan kè nou.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 5:5

Benediksyon pou moun ki dou, paske y'a resevwa byen Bondye te sere pou yo a sou latè.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 15:33

Lè ou gen krentif pou Bondye, ou deja konprann anpil bagay. Lè ou soumèt devan Bondye, moun va fè lwanj ou.

Chapit   |  Vèsyon
2 Kwonik 7:14

lè sa a si pèp ki pote non m lan lapriyè nan pye m, si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache m ankò, si yo vire do bay vye peche yo t'ap fè yo, m'ap tande yo nan syèl kote m ye a, m'ap padonnen peche yo, m'ap fè peyi a kanpe ankò.

Chapit   |  Vèsyon
Lik 14:11

Se konsa, moun ki vle leve tèt li, y'a desann li, moun ki desann tèt li, y'a leve li.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 18:4

Se poutèt sa, moun ki va soumèt tèt li devan Bondye, ki va tounen tankou timoun sa a, se li ki va gen plis enpòtans nan Peyi Wa ki nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 25:9

Li pran men moun ki soumèt devan l yo, li fè yo mache nan bon chemen an, li moutre yo jan li vle pou yo viv la.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 3:34

Moun k'ap pase moun nan betiz, Bondye ap pase yo nan betiz tou. Men, moun ki fè byen, l'ap moutre yo jan li renmen yo.

Chapit   |  Vèsyon
Women 12:16

Viv byen yonn ak lòt. Pa kite lògèy moute tèt nou. Viv tankou moun ki san pretansyon. Pa kwè nou gen pi bon konprann pase sa.

Chapit   |  Vèsyon
Kolosyen 3:12

Nou tout nou fè pati pèp Bondye a: se li menm ki te renmen nou, ki te chwazi nou pou n ka viv pou li. Se poutèt sa, se pou nou gen kè sansib anpil, pou n aji byen yonn ak lòt, san lògèy, avèk anpil dousè, anpil pasyans.

Chapit   |  Vèsyon
Jak 1:21

Se poutèt sa, derasinen tout vye abitid ki pa dakò ak volonte Bondye ansanm ak tout kras mechanste ki nan lavi nou, voye yo jete. Soumèt nou devan Bondye, asepte pawòl li te plante nan kè nou an, paske se pawòl sa a ki ka sove nanm nou.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 149:4

Senyè a pran plezi l nan pèp li a, li fè bèl bagay pou malere yo, li delivre yo.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 18:12

Lè w'ap fè awogans, yo pa lwen kraze ou. Lè ou fè kò ou piti, y'a fè lwanj ou.

Chapit   |  Vèsyon
Ezayi 57:15

Se mwen menm Bondye ki anwo nan syèl la, Bondye ki la pou tout tan an, Bondye ki apa nèt la. Men sa mwen di: mwen rete yon kote ki anwo nèt, yon kote ki apa pou mwen nèt. Men mwen kanpe la avèk moun ki soumèt yo devan mwen, avèk moun ki regrèt tou sa yo fè ki mal, pou m'ka remoute kouraj yo, pou m'ka ba yo konfyans ankò.

Chapit   |  Vèsyon
Zakari 9:9

Nou menm moun ki rete sou mòn Siyon an, fè fèt, fè gwo fèt! Nou menm moun lavil Jerizalèm, rele, chante tèlman nou kontan! Gade! Men wa nou an ap vin jwenn nou! Li rann jistis san patipri. Li genyen batay la. Li san lògèy. Li moute yon bourik, yon ti bourik dèyè manman.

Chapit   |  Vèsyon
Lik 18:14

Lè sa a, Jezi di yo: — M'ap di nou sa, se pa farizyen an non, men se pèseptè kontribisyon an ki tounen lakay li ak padon Bondye. Paske, yon moun ki vle leve tèt li, y'a desann li, yon moun ki desann tèt li, y'a leve li.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 147:6

Senyè a ap bay pòv malere yo men pou yo leve. Men, l'ap rabese mechan yo jouk atè.

Chapit   |  Vèsyon
1 Pyè 3:8

Pou fini, nou tout nou dwe dakò yonn ak lòt, se pou nou gen menm santiman yonn pou lòt. Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak sè, se pou nou gen bon kè, san lògèy.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 29:23

Awogans fè moun pèdi pye. Men, y'ap respekte moun ki soumèt devan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 11:29

Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n'a viv ak kè poze.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 34:18

(19) Senyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa.

Chapit   |  Vèsyon
Jan 13:14-15

Si mwen menm ki Senyè, mwen menm ki Mèt, mwen lave pye nou, konsa tou, nou menm, se pou nou yonn lave pye lòt.

Mwen ban nou yon egzanp pou nou ka fè menm bagay mwen te fè pou nou an.

Chapit   |  Vèsyon
Women 15:1-2

Nou menm ki fò nan konfyans nou nan Bondye, se pou nou ede sa ki fèb yo pote feblès yo. Nou pa dwe ap chache sa ki fè nou plezi sèlman.

Liv la di ankò: Nou menm moun lòt nasyon yo, fè kè nou kontan ansanm avèk pèp Bondye chwazi a.

Li di ankò: Fè lwanj Mèt la, nou menm moun lòt nasyon yo! Wi, se pou tout pèp yo fè lwanj li!

Ezayi di tou: Li gen pou l vini, pitit pitit Izayi a. Li va parèt pou gouvènen lòt nasyon yo. Nasyon yo va mete espwa yo nan li.

Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l fè kè nou kontan nèt, pou l fè kè nou poze ak konfyans nou gen nan li a. Se konsa espwa nou va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a.

Frè m yo, mwen gen fèm konviksyon nou gen kont bon santiman nan kè nou, nou gen kont konesans sou nou pou yonn ka bay lòt konsèy.

Men, mwen pèmèt mwen ekri nou sou anpil pwen pou rafrechi memwa nou. Mwen pèmèt mwen fè sa poutèt favè Bondye fè mwen an,

pou m te sèvi Jezikri pandan m'ap travay nan mitan moun lòt nasyon yo. Lè m'ap fè konnen Bòn Nouvèl Bondye a, se yon sèvis apa pou Bondye m'ap rann, pou moun lòt nasyon yo ka tounen yon ofrann ki fè Bondye plezi, yon ofrann yo mete apa pou Bondye ak pouvwa Sentespri a.

Se pou sa, mwen gendwa kontan nèt pou travay m'ap fè ansanm ak Jezikri pou Bondye.

Wi, m'ap penmèt mwen fè nou konnen sèlman sa Kris la te fè m fè ak sa li te fè m di, avèk fòs mirak ak bèl bagay ak pouvwa Lespri Bondye a. Tou sa, pou mennen moun lòt nasyon yo vin nan pye Bondye pou obeyi li. Se konsa, depi lavil Jerizalèm jouk nan peyi Iliri, mwen pa manke mache bay Bòn Nouvèl ki pale sou Kris la toupatou.

Okontrè, se pou nou chak chache fè frè parèy nou plezi pou byen l, konsa n'a fè l grandi nan konfyans li nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon
Galat 5:13

Kanta nou menm, frè m yo, Bondye te rele nou pou n te ka gen libète nou. Sèlman, pa pran libète a sèvi eskiz pou nou viv dapre egzijans lachè. Okontrè, se pou nou yonn sèvi lòt nan renmen nou yonn gen pou lòt.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 16:19

Pito ou mennen ti vi ak pòv malere yo pase pou ou nan separe ak awogan yo nan sa yo vòlò.

Chapit   |  Vèsyon
1 Korent 13:4-5

Moun ki gen lamou, li gen pasyans, li gen bon kè. Li pa anvye sò moun. Li pa nan fè grandizè. Li pa nan moute kòlèt sou moun.

Lamou pa fè anyen pou fè moun wont. Lamou pa chache avantaj pa li. Li pa fè kòlè, li pa kenbe moun nan kè.

Chapit   |  Vèsyon
Efezyen 5:21

Nou menm ki gen krentif pou Kris, soumèt nou yonn devan lòt.

Chapit   |  Vèsyon
Filipyen 2:5-8

Se pou nou yonn gen pou lòt menm santiman ki te nan Jezi Kris la:

Sa Bondye ye a, se sa l te toujou ye. Men, li pat janm konsidere sa tankou yon avantaj pou l te chache kenbe ak tout fòs.

Okontrè, se li menm menm, poutèt pa li, ki te chwazi mete sa sou kote. Li te pito desann li fè tèt li tounen sèvitè. Li vin menm ak tout moun.

Li rabese tèt li. Tankou yon moun, li soumèt devan Bondye. Li obeyi Bondye jouk li rive asepte mouri, wi jouk li asepte mouri sou kwa a.

Chapit   |  Vèsyon
1 Timote 6:17-19

Mande moun ki gen anpil byen sou latè a pou yo pa kite lògèy vire tèt yo. Piga yo mete espwa yo nan richès sa yo ki pa sèten. Se pou yo mete espwa yo nan Bondye ki ban nou tout bagay an kantite pou nou ka gen jwisans yo.

Mande yo pou yo fè anpil byen, pou yo ka rich devan Bondye. Piga yo chich. Se pou yo toujou pare pou separe sa yo genyen an ak lòt.

Konsa, y'a anpile yon bon trezò byen solid pou pita, y'a resevwa lavi tout bon an.

Chapit   |  Vèsyon
Tit 3:2

Yo pa dwe nan pale moun mal, yo pa dwe nan fè kont ak pèsonn. Se pou yo gen pasyans ak tout moun, se pou yo aji ak dousè ak tout moun.

Chapit   |  Vèsyon
2 Kwonik 34:27

Sa fè kè ou fè ou mal, ou desann ou devan mwen lè ou tande deklarasyon mwen fè sou lavil sa a ak sou tout moun li yo. Wi, lè ou tande sa, ou chire rad sou ou, dlo koule nan je ou. Se poutèt sa mwen menm tou mwen tande ou. Se mwen menm, Senyè a, k'ap di ou sa.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 12:15

Moun sòt toujou konprann sa y'ap fè a byen. Men, moun ki gen bon konprann koute konsèy yo ba yo.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 20:26-28

Men, se pa konsa pou sa fèt nan mitan nou. Okontrè si yonn nan nou ta vle vin pi enpòtan, se pou li fè li sèvitè nou tout.

Si yonn nan nou vle chèf, se pou li fè li domestik nou tout.

Paske mwen menm, moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun sèvi mwen, men mwen vini pou sèvi. Wi, mwen vin bay lavi mwen pou delivrans anpil moun.

Chapit   |  Vèsyon
1 Pyè 2:21-23

Se pou sa menm Bondye te rele nou, paske Kris la te soufri pou nou. Li kite yon egzanp pou nou swiv pye pou pye.

Li pat janm fè okenn peche. Okenn manti pat janm sòti nan bouch li.

Lè yo t'ap joure l, li pat reponn. Lè yo t'ap maltrete l, li pat mennase pèsonn. Men, li renmèt kòz li nan men Bondye k'ap jije tout bagay san patipri.

Chapit   |  Vèsyon
2 Samyèl 22:28

Ou sove moun ki soumèt yo de-van ou. Men, ou annik gade moun ki gen lògèy yo, ou desann yo.

Chapit   |  Vèsyon
Women 12:10

Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k'ap viv ansanm ak Kris la. Nan tou sa n'ap fè, se pou nou gen respè yonn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 37:11

Men, moun ki soumèt devan Bondye, yo pral resevwa peyi a pou byen yo, y'a viv ak kè poze nèt ale.

Chapit   |  Vèsyon
Jak 3:13

Si gen nan mitan nou yon moun ki gen bon konprann, ki gen lespri, se pou l moutre sa ak bon kondit li. Se pou l fè sa ki byen san lògèy, men avèk bon konprann.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 16:5

Senyè a pa ka sipòte moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun. Wè pa wè, l'ap fè yo peye sa.

Chapit   |  Vèsyon
1 Jan 3:18

Pitit mwen yo, piga nou renmen sèlman nan bouch, nan bèl diskou ak bèl pawòl. Se pou nou renmen tout bon vre. Se pou tout moun wè jan nou renmen lè yo wè sa n'ap fè.

Chapit   |  Vèsyon
Efezyen 4:31-32

Piga yo jwenn nan mitan nou moun ki kenbe lòt nan kè yo, moun ki gen san wo, moun ki renmen fè kòlè. Piga yo tande woywoy ak joure nan mitan nou. Nou pa fèt pou gen okenn lòt kalite mechanste k'ap fèt nan mitan nou.

Okontrè, se pou nou aji byen yonn ak lòt, se pou nou gen bon kè yonn pou lòt, pou nou yonn padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 21:2

Lèzòm mete nan lide yo tou sa y'ap fè dwat. Men, pa bliye, se Senyè a k'ap jije sa ki nan kè yo.

Chapit   |  Vèsyon
Jeremi 9:23-24

Piga moun ki gen lespri yo fè grandizè dèske yo gen bon konprann, ni moun ki vanyan yo dèske yo vanyan, ni moun rich yo dèske yo rich.

Men si yon moun vle fè grandizè, l'a fè grandizè dèske li konnen m, dèske li konprann mwen. Paske mwen gen bon kè, Mwen fè sa ki dwat ak sa ki kòrèk sou latè. Se bagay sa yo ki fè m plezi. Se mwen Senyè a ki di sa.

Chapit   |  Vèsyon
Jak 2:1-4

Frè m yo, nou menm ki gen konfyans nan Jezikri, Senyè nou an ki gen tout pouvwa pou li, nou pa dwe gade sou figi moun.

Men moun ki obsève tout lalwa a, men ki dezobeyi menm yon sèl nan kòmandman yo, se tankou si li te dezobeyi tout nèt.

Bondye ki di: Pa fè adiltè a, se li menm tou ki di: Pa fè zak sasinay touye moun. Konsa menm si ou pa fè adiltè, men ou fè zak sasinay touye moun, se dezobeyi ou dezobeyi lalwa.

Se pou nou pale, se pou nou aji tankou moun ki gen pou pase anba jijman dapre lalwa ki ban nou libète a.

Paske, lè Bondye ap jije, l'ap san pitye pou moun ki te san pitye. Men, moun ki gen pitye pou lòt va sòti tèt dwat lè jou jijman an.

Frè m yo, kisa sa fè pou yon moun k'ap di li gen konfyans nan Bondye, si li pa fè bagay pou moutre li gen konfyans lan vre? Eske konfyans sa a ka delivre li?

Sipoze gen yon frè osinon yon sè ki touni, ki pa gen manje pou li manje,

si yonn nan nou di yo: Ou mèt ale. Chofe kò ou, manje plen vant ou, san li pa ba yo sa yo bezwen, kisa sa ap fè pou yo?

Se konsa tou pou lafwa nan Bondye. Si li pa manifeste nan fè sa ki byen, se yon lafwa ki mouri.

Men, gen moun ki va di: Ou menm, ou gen konfyans. Mwen menm, mwen fè sa ki byen. M'a reponn li: Moutre m ki jan ou ka gen konfyans san ou pa fè sa ki byen, mwen menm m'ap moutre ou jan mwen gen konfyans ak sa m'ap fè ki byen.

Ou kwè gen yon sèl Bondye? Se byen. Se sa denmon yo kwè tou, men yo menm, sa fè yo frisonnen sitèlman yo pè.

Sipoze de moun vin antre kote nou rasanble a. Yonn byen abiye ak bèl bag lò li nan dwèt li. Lòt la se yon pòv ak rad li tou chire.

Gade jan ou manke konprann! Eske ou vle wè kijan lafwa pa vo anyen si li pa mache ak fè sa ki byen?

Abraram granpapa nou, eske Bondye pat fè l gras poutèt sa li te fè lè l te ofri Izarak, pitit li a, sou lotèl la?

Ou wè. Konfyans li te mache ansanm ak sa li te fè. Konsa tou, sa l te fè a te fè konfyans li vin bon nèt.

Se konsa, pawòl ki te ekri nan Liv la rive vre: Abraram te mete konfyans li nan Bondye, epi Bondye fè l gras. Se sa k fè yo te rele Abraram zanmi Bondye.

Ou wè, se pa sèlman paske yon moun gen lafwa kifè Bondye fè li gras, men se paske, anmenmtan, li fè sa ki byen tou.

Se menm jan an tou pou Rarab, fanm movèz vi a. Eske se pat poutèt sa l te fè a Bondye te fè l gras, lè l te resevwa mesaje jwif yo, lè l te fè yo pran yon lòt wout pou tounen lakay yo?

Menm jan yon kò san nanm se yon kadav, konsa tou lafwa nan Bondye ki pa mache ak fè sa ki byen se yon lafwa ki mouri.

Si nou leve pou n salwe nonm ki gen bèl rechanj lan, epi nou di li: Mesye, chita la nan bon plas sa a, epi si nou di pòv la: Ou menm, kanpe bò la a, osinon, chita atè bò pye m lan,

eske nou pa mete yon diferans nan mitan nou? Eske sa pa moutre nou gen move lide nan tèt nou lè n'ap jije moun?

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 22:29

Moutre m yon nonm ki gen ladrès nan sa l'ap fè. Se moun konsa k'ap rive travay ak chèf. Li pa pral travay ak moun ki pa anyen.

Chapit   |  Vèsyon
Galat 6:1

Frè m' yo, si nou bare yon moun ap fè sa ki pa sa, nou menm ki nan limyè Bondye, se pou nou mete li nan bon chemen. Men, fè sa ak dousè. Epi veye kò nou pou nou pa tonbe nan tantsyon tou.

Chapit   |  Vèsyon
1 Pyè 5:2-3

Men sa m'ap di nou: Tankou gadò, se pou nou swen bann mouton Bondye ki sou kont nou an. Pa fè sa tankou si se fòse y'ap fòse nou. Men, fè l paske nou vle fè sa Bondye vle. Pa fè travay la tankou si se dèyè lajan nou ye. Men, fè l ak tout kè nou.

Pa fè menm jan ak chèf k'ap maltrete moun ki sou kont yo. Okontrè, se pou nou tounen yon egzanp pou mouton yo.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 25:37-40

— Lè sa a, moun ki te fè byen yo va reponn li: Mèt, kilè nou te wè ou grangou pou n te ba ou manje? Kilè nou te wè ou swaf dlo pou nou te ba ou bwè?

Kilè ou te etranje jouktan nou te resevwa ou lakay nou an? Kilè ou te touni, nou te gentan ba ou rad la?

Kilè nou te wè ou malad, osinon nan prizon, pou n te al wè ou?

Men sa ki te gen bon konprann yo te pote yon boutèy plen gaz ansanm ak lanp yo.

Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m yo, se pou mwen nou te fè li.

Chapit   |  Vèsyon
Efezyen 4:1-3

Se sa ki fè, mwen menm ki nan prizon poutèt Senyè a, m'ap mande nou pou nou viv yon jan ki konfòm ak jan Bondye te rele nou pou n viv la.

Moun ki te desann lan, se li menm tou ki te moute anwo nan syèl la, pou l te kapab plen tou sa ki egziste ak prezans li.

Se li menm ki fè lèzòm kado divès pouvwa. Li bay kèk ladan yo pouvwa pou sèvi apòt, li bay lòt ladan yo pouvwa pou sèvi pwofèt, li bay lòt ankò pouvwa pou anonse bòn nouvèl la, li bay dòt ankò pouvwa pou sèvi tankou pastè ak dirèktè.

Konsa, li byen oganize pèp Bondye a pou yo chak fè travay sèvis yo, pou kò Kris la ka grandi nan konfyans.

Li fè sa konsa pou nou tout ansanm nou ka rive fè yon sèl kò nan konfyans nou genyen an ak nan konesans Pitit Bondye a. Konsa, nou tout ansanm nou ka vin granmoun ki byen devlope, dapre dènye mezi devlòpman Kris la ki bon nèt.

Lè sa a, nou p'ap viv tankou timoun ankò, tankou moun k'ap chanje lide fasil, ki kite kouran nenpòt doktrin trennen yo ale, ki tankou jwèt nan men bann rize sa yo ki konn ki jan pou yo pran tèt moun nan bay manti.

Okontrè, ann pale verite a avèk renmen nan kè nou, konsa n'a ka grandi nan tout sans nan Kris la ki chèf kò a.

Gremesi Kris la, tout pati nan kò a byen òganize, yo tout byen mare yonn ak lòt nan jwenti yo. Konsa, lè chak pati fè sa yo gen pou yo fè a, tout kò a ap grandi, l'ap devlope nan renmen.

Se sa ki fè, men sa m'ap di nou, men sa m'ap deklare nou nan non Senyè a: Sispann viv tankou moun ki pa konn Bondye epi k'ap swiv lide pa yo ki pa vo anyen.

Lespri yo bouche, yo p'ap viv lavi Bondye bay la, paske yo pa konn anyen, kè yo fin di.

Yo san wont konsa, yo lage kò yo nan tout kalite vis, yo pran plezi yo nan fè tout kalite vye bagay sal san rete.

Pa janm vante tèt nou. Aji avèk dousè ak pasyans ak tout moun. Se pou nou yonn sipòte lòt avèk renmen nan kè nou.

Men nou menm, se pa konsa yo te fè nou konnen Kris la,

si tout bon vre nou te tande pale sou Kris la, si tout bon vre yo te moutre nou verite a jan l ye nan Jezi, lè nou te mete konfyans nou nan li a.

Se sa ki fè, se pou nou chanje vye karaktè sa a ki t'ap fè nou viv jan nou t'ap viv nan tan lontan an, vye moun sa a ki te fin pèvèti nèt ak vye dezi l yo ki t'ap twonpe nou.

Se pou nou chanje nèt ni nan kè nou ni nan lespri nou.

Se pou nou vin yon lòt kalite moun jan Bondye vle l la, pou nou sanble ak li pou nou ka mennen yon lavi ki dwat, yon lavi ki apa pou Bondye, jan verite a mande l la.

Se poutèt sa, sispann bay manti. Se pou nou di verite lè n'ap pale ak frè nou, paske nou tout se manm yon sèl kò nou ye.

Si nou ankòlè, veye kò nou pou kòlè a pa fè nou fè sa ki mal. Pa al dòmi ak kòlè nan kè nou.

Pa bay Satan pye sou nou.

Se pou moun ki te konn vòlò sispann vòlò. Okontrè, se pou l travay di ak men l san fè move konbinezon, pou l sa gen dekwa bay moun ki nan bezwen.

Pa kite okenn move pawòl sòti nan bouch nou. Pale bon koze ki ka ede lòt yo grandi nan konfyans Bondye, koze ki ka ede yo lè yo nan move pa. Konsa, se yon byen n'a fè pou moun k'ap tande nou yo.

Sentespri a mete nou ansanm. Se pou nou fè tou sa nou kapab pou nou ka toujou fè yon sèl kò, pou nou viv ak kè poze ansanm yonn ak lòt.

Chapit   |  Vèsyon
Jan 3:30

Toutotan enfliyans li ap moute, se pou enfliyans pa mwen ap desann.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 15:1

Yon bon repons dous ap kalme yon moun ki ankòlè. Men, si ou reponn li rèd, w'ap fè l pi eksite.

Chapit   |  Vèsyon
Women 15:7

Se pou yonn asepte lòt jan l ye a, menm jan Kris la te asepte nou an pou sa te tounen yon lwanj pou Bondye.

Chapit   |  Vèsyon
1 Korent 3:18

Piga pèsonn twonpe tèt yo. Si yon moun mete nan lide l li gen bon konprann tankou moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo, pito li vin fou pou l ka gen bon konprann tout bon.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 51:17

(19) Ofrann ki fè Bondye plezi, se lè yon moun soumèt tèt li devan li. Bondye, ou p'ap janm meprize moun ki soumèt tèt li devan ou, moun ki rekonèt tò li.

Chapit   |  Vèsyon
Ebre 13:1-2

Se pou nou toujou yonn renmen lòt tankou frè k'ap viv ansanm nan Kris la.

Nou gen yon lotèl ki pa nou. Prèt k'ap sèvi nan tanp jwif yo pa gendwa manje nan vyann ofrann bèt nou fè sou lotèl sa a.

Lè y'ap fè ofrann bèt pou touye pou peche yo, se san an ase granprèt jwif la pote pou ofri nan kote ki apa pou Bondye a. Men, yo boule kò bèt yo lòt bò pòtay lakou kote moun yo rete a.

Se poutèt sa, Jezi te mouri lòt bò pòtay lavil la, pou l te ka mete pèp la nan kondisyon pou yo fè sèvis Bondye ak pwòp san pa li ki te koule.

Nou menm tou, ann sòti al jwenn li lòt bò pòtay lakou a pou n soufri menm wont la ansanm ak li.

Paske nou pa gen sou latè yon lavil ki la pou tout tan. N'ap chache lavil ki gen pou vini an.

Gremesi Jezikri, sèl ofrann san n'ap ofri bay Bondye a, se lwanj n'ap ba li tout tan. Se tout tan pou non l nan bouch nou.

Pa bliye, se pou nou fè sa ki byen, se pou nou yonn ede lòt. Se ofrann konsa ki fè Bondye plezi.

Obeyi chèf nou yo, soumèt devan yo. Se tout tan y'ap veye sou nanm nou paske yo gen pou yo rann Bondye kont pou travay yo. Si nou obeyi yo, y'a fè travay yo ak kè kontan. Men, si nou pa obeyi yo, y'a fè l ak kè sere. Lè sa a, p'ap gen okenn avantaj pou nou.

Pa sispann lapriyè pou mwen. Mwen sèten mwen gen konsyans mwen anpè. Paske mwen vle fè sa ki byen nan tout sikonstans.

M'ap mande nou pou nou lapriyè toutespre pou Bondye ban m okazyon tounen vin jwenn nou anvan lontan.

Chonje se devwa nou pou nou byen resevwa moun ki vin lakay nou. Se konsa, gen moun ki resevwa zanj Bondye lakay yo san yo pa konn sa.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 6:3-4

Men, lè w'ap ede moun ki nan nesesite, fè sa yon jan pou men ki bay la, lòt men an pa bezwen konn sa.

Se konsa Bondye abiye pye zèb yo ki la nan jaden an jòdi a, men denmen yo jete sa nan dife pou chofe fou. Nou pa bezwen mande si li p'ap abiye nou tou. Ala manke nou manke konfyans nan Bondye!

— Pa chaje tèt nou ak yon bann kèsyon: Kisa n pral manje? Kisa n pral bwè? Kisa n pral mete sou nou?

Tout bagay sa yo, se moun lòt nasyon yo k'ap kouri dèyè yo tout tan. Men nou menm, nou gen yon Papa nan syèl la ki konnen nou bezwen tout bagay sa yo.

Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou.

Se sa ki fè, pa chaje tèt nou pou denmen, paske denmen va gen zafè pa li. Chak jou gen kont chay pa yo.

Konsa, byen ou fè a rete sekrè. Bondye ki konnen sa ou fè a, l'a ba ou rekonpans ou.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 17:27-28

Moun ki gen konesans pa nan pale anpil. Moun ki rete dousman se moun ki gen konprann.

Moun lespri pa janm cho pou pale. Men moun sòt, lè yo rete ak bouch yo fèmen, yo pase pou moun konprann.

Chapit   |  Vèsyon
Lik 6:35

Non, nou menm, se pou nou renmen lènmi nou yo, fè yo byen. Prete san nou pa mete espwa moun ap renmèt nou. Se konsa n'a resevwa yon gwo rekonpans. Se lè sa a n'a pitit Bondye ki anwo nan syèl la. Paske li menm li bon, ni pou engra ni pou mechan.

Chapit   |  Vèsyon
1 Korent 4:7

Kilès ki di ou pi bon pase lòt yo? Kisa ou genyen se pa Bondye ki ba ou li? Enben, nan kondisyon sa a, poukisa w'ap fè grandizè pou sa ou genyen an tankou si se pa Bondye ki te ba ou li?

Chapit   |  Vèsyon
Women 13:8

Pa fè okenn dèt. Sèl dèt nou dwe genyen, se pou nou yonn renmen yonn. Moun ki renmen moun parèy li, li fè tou sa lalwa mande.

Chapit   |  Vèsyon
Filipyen 4:5

Se pou tout moun konnen nou se moun ki gen bon kè. Senyè a ap vini anvan lontan.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 131:1-2

(1b) Senyè, mwen pa gen lògèy nan kè mwen. Mwen pa gade moun avèk awogans. Mwen pa enterese nan bagay ki twò fò pou mwen, nan bagay ki twò difisil pou m konprann.

Mwen rete tou dousman, byen trankil tankou yon timoun sevre ki rete byen dousman sou janm manman l. Wi, tankou yon timoun sevre, se konsa mwen rete dousman.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 28:13

Moun k'ap kache peche p'ap janm wè zafè yo mache. Men, Bondye va gen pitye pou moun ki rekonèt peche yo, pou moun ki chanje lavi yo.

Chapit   |  Vèsyon
Women 6:13

Pa lage okenn pati nan kò nou nan peche, pou peche a pa sèvi avè l pou fè sa ki mal. Okontrè, tankou moun ki delivre anba lanmò epi k'ap viv, ann lage kò nou nan men Bondye. Wi, mete tout pati nan kò nou nan men Bondye pou l ka sèvi ak yo pou fè sa ki byen.

Chapit   |  Vèsyon
Efezyen 2:8-9

Se paske li renmen nou kifè li delivre nou, nou menm ki mete konfyans nou nan li. Sa pa sòti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban nou.

Non, nou pa fè anyen pou sa. Konsa, pèsonn pa ka vante tèt yo.

Chapit   |  Vèsyon
Filipyen 3:7-8

Men, si yon lè mwen te konsidere tout bagay sa yo tankou yon garanti, kounyeya yo pa vo anyen pou mwen, akòz Kris la.

Men, se pa sa sèlman. Se tout bagay menm ki pa vo anyen pou mwen, lè m konpare yo ak gwo avantaj mwen genyen lè m konnen Jezikri tankou Senyè mwen. Poutèt li, mwen voye tout bagay jete, mwen gade yo tankou fatra pou m sa gen Kris la,

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 86:5

Senyè, ala bon ou bon! Ou padonnen peche nou yo. Ou p'ap janm sispann renmen moun k'ap rele non ou.

Chapit   |  Vèsyon
Jak 5:16

Se pou nou konfese peche nou yo yonn bay lòt. Se pou yonn lapriyè pou lòt, pou nou kapab geri. Lè yon moun ap viv dwat devan Bondye, lapriyè moun sa a gen anpil pouvwa.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 3:7

Pa mete nan tèt ou ou gen plis konprann pase sa. Gen krentif pou Senyè a, refize fè sa ki mal.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 7:1-5

— Pa jije moun pou Bondye pa jije nou,

Eske l'a ba li yon sèpan, si li mande li yon pwason?

Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou yo bon bagay, nou pa bezwen mande si Papa nou ki nan syèl la p'ap ban nou bon bagay lè nou mande li.

— Tou sa nou vle lòt moun fè pou nou, nou menm tou, fè li pou yo tou. Se sa lalwa Moyiz la ak liv pwofèt yo mande nou fè.

— Antre nan ti pòt ki jis la. Paske pòt laj la, se chemen ki pi fasil la. L'ap mennen ou tou dwat nan pèdisyon. Anpil anpil moun pran wout sa a.

Men, pòt ki jis la, chemen ki difisil la ap mennen nou tou dwat nan lavi. Pa gen anpil moun ki jwenn li.

— Pran prekosyon nou ak fo pwofèt yo. Yo pran pòz ti mouton yo lè y'ap vin sou nou, men nan fon kè yo, se bèt devoran yo ye.

N'a rekonèt yo sou sa y'ap fè. Yo pa keyi rezen sou pye pikan. Ni yo pa keyi fig frans sou pye rakèt.

Yon bon pyebwa bay bon donn. Men, yon move pyebwa bay move donn.

Yon bon pyebwa pa ka bay move donn. Nitou yon move pyebwa pa ka bay bon donn.

Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa jete nan dife.

paske Bondye va jije nou menm jan nou jije lòt yo. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm menm Bondye va sèvi pou mezire nou tou.

Konsa tou, n'a rekonèt fo pwofèt yo sou sa y'ap fè.

— Se pa tout moun k'ap plede di: Senyè, Senyè non, k'ap antre nan peyi wa ki nan syèl la. Men se sèlman moun ki fè volonte Papa mwen ki nan syèl la k'ap ka antre.

Lè jou sa a va rive, anpil moun va di m: Mèt, Mèt, se sou non ou nou t'ap bay mesay ki sòti nan Bondye a. Se sou non ou nou te chase move lespri yo. Se sou non ou nou te fè anpil mirak.

Lè sa a, m'a di yo: Mwen pat janm konnen nou. Wete kò nou sou mwen, nou menm k'ap fè sa ki mal.

— Konsa, moun ki tande pawòl mwen fenk sot di a, epi ki fè sa mwen mande li fè a, l'ap tankou yon moun lespri ki bati kay li sou wòch.

Lapli tonbe, dlo desann, gwo van soufle sou kay la ak tout fòs. Kay la pa tonbe, paske yo te moute fondasyon kay la sou wòch.

Men, moun ki tande pawòl mwen fenk sot di a, epi ki pa fè sa mwen mande li fè a, l'ap tankou yon moun fou ki bati kay li sou sab.

Lapli tonbe, dlo desann, gwo van soufle sou kay la ak tout fòs: kay la tonbe, li fini nèt ale.

— Lè Jezi fin di pawòl sa yo, foul moun yo te sezi tande sa l t'ap moutre yo.

Se pat menm jan ak dirèktè lalwa yo, paske li te pale ak yo tankou yon moun ki otorize.

Poukisa pou w'ap gade ti pay ki nan je frè ou, epi ou pa wè gwo bout bwa ki nan je pa ou la?

Ou menm ki gen yon gwo bout bwa nan je ou la, kouman ou ka di frè ou: Kite m wete ti pay ki nan je ou la?

Ipokrit! Wete gwo bout bwa ki nan je pa ou la anvan. Apre sa, w'a wè klè pou ou ka wete ti pay ki nan je frè ou la.

Chapit   |  Vèsyon
1 Tesalonisyen 5:14-15

M'ap mande nou tou, frè m yo, pou nou rele dèyè moun k'ap fè parese yo. Ankouraje sa ki yon ti jan frèt yo, ede sa ki fèb yo. Se pou nou pran pasyans ak tout moun.

Pa kite pèsonn rann mal pou mal. Okontrè, toujou chache fè sa ki byen yonn pou lòt ak sa ki byen pou tout moun.

Chapit   |  Vèsyon
Women 12:14-16

Mande Bondye pou l beni moun k'ap pèsekite nou. Mande benediksyon, pa mande madichon pou yo.

Fè kè n kontan ak moun ki kontan, kriye ak moun k'ap kriye.

Viv byen yonn ak lòt. Pa kite lògèy moute tèt nou. Viv tankou moun ki san pretansyon. Pa kwè nou gen pi bon konprann pase sa.

Chapit   |  Vèsyon
Kolosyen 3:13

Se pou nou yonn sipòte lòt, pou nou yonn padonnen lòt si nou gen kont yonn ak lòt. Wi, se pou yonn padonnen lòt, menm jan Kris la te padonnen nou.

Chapit   |  Vèsyon
Lik 9:48

Epi li di yo: — Nenpòt moun ki resevwa timoun sa a poutèt mwen, se mwen menm li resevwa. Moun ki resevwa m', li resevwa moun ki voye m' lan. Moun nan mitan nou ki pi ba a, se li ki gen plis enpòtans lan.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 4:23

Pase tout lòt bagay, veye byen lide k'ap travay nan tèt ou, paske se yo k'ap di ou ki jan pou ou viv.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 18:21-22

Lè sa a, Pyè pwoche bò kote Jezi, li di l konsa: — Mèt, konbe fwa pou m padonnen frè m lè li fè m yon bagay mal? Sèt fwa konsa?

Jezi reponn li: — Non, Pyè. Mwen pa di ou padonnen l sèt fwa, men padonnen l swasanndis fwa sèt fwa.

Chapit   |  Vèsyon
Women 14:10-13

Men ou menm, poukisa pou w'ap jije frè ou konsa? Ou menm, poukisa pou w'ap meprize frè ou konsa? Nou tout gen pou konparèt devan tribinal Bondye a.

Paske men sa ki ekri nan Liv la: Mèt la di: Jan nou konnen mwen vivan an vre, konsa tou, tout moun gen pou mete ajenou devan mwen. Nan tout lang moun va pale byen fò pou rekonèt pouvwa Bondye.

Se konsa, chak moun gen pou rann Bondye kont pou tèt pa yo.

Ann sispann yonn ap jije lòt. Pito nou pran desizyon pou n pa fè anyen ki kapab fè frè nou bite osinon tonbe nan peche.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 119:36

Fè m pi anvi swiv prensip ou yo pase pou m anvi gen lajan.

Chapit   |  Vèsyon
Efezyen 6:18

Pandan n'ap fè tou sa, pa janm bliye lapriyè. Mande Bondye konkou li. Lapriyè nan tout sikonstans avèk pouvwa Sentespri a. Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, kenbe fèm nan sa n'ap fè a. Lapriyè pou tout pèp Bondye a.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 10:17

Moun ki koute lè yo rale zòrèy yo ap jwenn chemen lavi. Men, moun ki refize admèt lè yo antò pèdi chemen yo.

Chapit   |  Vèsyon
Lik 22:26

Men pou nou menm, se pa konsa pou sa ye. Okontrè, moun ki pi enpòtan an nan mitan nou, se pou li konpòte li tankou sa ki pi ba a. Sa k'ap kòmande a, se pou li tankou moun k'ap sèvi a.

Chapit   |  Vèsyon
1 Korent 10:24

Piga pèsonn chache sa ki bon pou tèt pa l ase. Se pou l chache enterè lòt yo tou.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 5:3

Benediksyon pou moun ki konnen se pòv yo ye devan Bondye, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye.

Chapit   |  Vèsyon
Jan 15:12-13

Men kòmandman m'ap ban nou: Se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou.

Pa gen pi bon jan pou ou moutre jan ou renmen zanmi ou pase lè ou bay lavi ou pou yo.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 141:3-4

Senyè, mete yon mò nan bouch mwen. Veye pawòl k'ap sòti nan bouch mwen!

Pa kite move lide pran tèt mwen. Pa kite m mete tèt ansanm ak mechan yo nan mechanste yo. Pa kite m patisipe nan fèt yo!

Chapit   |  Vèsyon
Filipyen 2:14-15

Nan tou sa n'ap fè, pa plenyen, pa diskite,

pou yo pa jwenn anyen pou yo repwoche nou, pou nou ka fè sa ki byen tankou veritab pitit Bondye, antan n'ap viv nan mitan bann malonèt ak pèvèti ki sou latè yo. Se pou nou sèvi limyè pou lemonn,

Chapit   |  Vèsyon
Women 14:19

Se sa k fè, ann toujou chache bagay ki kapab ede nou viv ak kè poze, bagay ki pou penmèt nou yonn soutni lòt nan konfyans nou nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon
2 Korent 10:17-18

Paske, jan sa ekri nan Liv la: Si yon moun vle fè lwanj tèt li, se pou l fè lwanj tèt li nan sa Bondye fè pou li.

Se konsa wi: Se pa moun k'ap fè lwanj tèt yo ki bon pou travay la, men se moun Senyè a rekòmande ki bon pou travay la.

Chapit   |  Vèsyon
Efezyen 3:14-19

Wi, se poutèt sa, mwen tonbe ajenou devan Papa a,

ki bay tout fanmi ki nan syèl la ak sou latè a non yo.

M'ap mande Bondye pou li ban nou, dapre richès pouvwa li a, fòs ak kouray nan kè nou, pa mwayen pouvwa Sentespri a, pou nou ka grandi nan karaktè nou,

pou Kris la rete nan kè nou ak konfyans nou gen nan li a. M'ap mande Bondye pou nou pouse rasin, pou nou chita byen fèm nan renmen,

pou nou ka konprann, ansanm ak tout pèp Bondye a, jan renmen Kris la laj, jan li long, jan li fon, jan li wo.

Wi, mwen mande pou nou rive konnen kalite renmen Kris la gen pou nou, atout pèsonn p'ap janm ka rive konnen l nèt. Konsa, n'a vin plen nèt ak tou sa ki nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon
1 Pyè 4:8

Anvan tout bagay, se pou nou yonn renmen lòt anpil. Paske, lè nou renmen, sa fè Bondye padonnen anpil peche.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 27:2

Kite lòt moun pale byen pou ou. Pa fè sa ou menm. Kite etranje fè lwanj pou ou. Pa janm fè lwanj tèt pa ou.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 9:13

Ale non. Chache konprann sans pawòl sa yo ki nan Liv la: Mwen vle pou nou gen kè sansib. Mwen pa bezwen bèt n'ap touye fè sakrifis pou mwen yo. Paske mwen pa vin rele moun ki konprann yo bon devan Bondye, men moun ki konnen se pechè yo ye.

Chapit   |  Vèsyon
Ezayi 53:7

Yo te maltrete l, men li menm se bese li bese tèt li ase. Tankou yon ti mouton y'ap mennen labatwa, li pat janm louvri bouch li di krik. Wi, tankou yon manman mouton ki pa di krik pandan y'ap taye lenn sou do l, li pat janm louvri bouch li di anyen.

Chapit   |  Vèsyon
Ebre 10:24

Se pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè yo, pou yonn ka ankouraje lòt nan sa ki byen.

Chapit   |  Vèsyon
Women 8:9

Pou nou menm, nou p'ap viv dapre egzijans kò nou ankò, men dapre egzijans Lespri Bondye a, paske Lespri Bondye a nan nou. Si yon moun pa gen Lespri Kris la nan li, li pa pou Kris la.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 5:10-12

Benediksyon pou moun ki anba pèsekisyon lè y'ap fè sa Bondye mande, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye.

— Benediksyon pou nou lè moun va joure nou, lè y'a pèsekite nou, lè y'a fè tout kalite manti sou nou paske se moun pa m nou ye.

Fè kè nou kontan. Wi, nou mèt kontan nèt, paske yon gwo rekonpans ap tann nou nan syèl la. Se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te vini anvan nou yo.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 34:2

(3) M'ap fè lwanj li pou sa li te fè. Se pou tout moun ki anba tray tande sa pou yo ka fè kè yo kontan.

Chapit   |  Vèsyon
Efezyen 5:1-2

Se sa ki fè, paske nou se pitit Bondye renmen anpil, se pou nou chache fè tankou Bondye fè.

Chache konnen sa k'ap fè Senyè a plezi.

Nou pa gen anyen pou nou wè ak moun k'ap viv nan fènwa, moun k'ap fè bagay ki p'ap rapòte anyen. Okontrè, denonse yo pou sa yo ye.

Bagay moun sa yo ap fè an kachèt, se yon wont menm pou pale sou sa.

Men, lè ou mete tout bagay sa yo aklè nan limyè, lèzòm va wè sa yo ye tout bon.

Paske, tout bagay ki parèt aklè tounen limyè. Se poutèt sa yo di: Leve non, ou menm k'ap dòmi an, leve sòti nan mitan mò yo. Kris la va klere ou.

Se sa ki fè, konnen ki jan pou n mennen tèt nou! Pa mennen tèt nou tankou moun ki sòt, men tankou moun ki gen konprann.

Pa kite okenn okazyon pase pou fè sa ki byen. Paske, jou sa yo n'ap viv la a pa bon menm.

Se poutèt sa, pran tèt nou byen, chache konnen sa Senyè a vle nou fè.

Pa soule tèt ou ak bweson. Sa ka mennen ou nan lavi pèvèti. Okontrè se pou nou ranpli ak Sentespri.

Lè nou ansanm yonn ak lòt, sèvi ak pawòl sòm yo, kantik yo epi ak pawòl chante Lespri enspire nou. Chante kantik ak Sòm pou Senyè a, lè n'ap fè lwanj li ak tout kè nou.

Se pou nou viv ak renmen nan kè nou, menm jan Kris la te fè l la, li menm ki te renmen nou, ki te bay lavi l pou nou tankou yon ti mouton yo ofri pou touye pou Bondye, ofrann k'ap fè Bondye plezi ak bon sant li.

Chapit   |  Vèsyon
1 Pyè 3:15

Sèl bagay, se pou nou toujou rekonèt se Kris la ki sèl Mèt nan lavi nou. Se pou nou toujou pare pou n'reponn chak fwa moun mande nou esplikasyon sou espwa nou gen nan nou an.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 25:27

Twòp siwo myèl pa bon pou lasante. Konsa tou, pa chache pou moun nonmen non ou twòp.

Chapit   |  Vèsyon
Filipyen 1:27

Sèl bagay ki konsekan se pou nou viv yon jan ki konfòm ak bòn nouvèl Kris la. Konsa, mwen ta mèt rive vin wè nou, mwen ta mèt pa kapab, se pou m tande jan n'ap kenbe fèm, jan n'ap viv ansanm yonn ak lòt. Se pou m tande jan n'ap mennen batay la ansanm pou defann konfyans bòn nouvèl la fè nou gen nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon
2 Korent 5:15

Li mouri pou tout moun. Konsa, moun k'ap viv yo p'ap viv pou tèt pa yo ankò, men y'ap viv pou moun ki te mouri epi ki te leve sòti vivan nan lanmò pou yo a.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 119:71

Pinisyon an te bon nèt pou mwen! Li fè m konnen sa ou vle m fè.

Chapit   |  Vèsyon
Jak 1:19

Frè mwen renmen anpil yo, men yon bagay pou nou toujou sonje: chak moun dwe toujou atantif pou koute. Men, pa kouri pale, ni prese fè kòlè.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 5:7

Benediksyon pou moun ki gen kè sansib, paske Bondye va fè yo wè jan li gen kè sansib tou.

Chapit   |  Vèsyon
1 Tesalonisyen 4:11-12

Chache viv ak kè poze. Okipe zafè pa nou. Travay ak men nou pou nou pa rete sou kont moun.

Konsa, moun ki pa kwè nan Kris la va respekte nou, epi nou menm, nou p'ap rete sou kont pèsonn.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 35:13

Lè yo te malad, mwen te pran gwo lapenn pou yo, mwen rete san manje. Mwen bese tèt mwen pou mwen lapriyè pou yo,

Chapit   |  Vèsyon
Women 2:4

Osinon, eske se meprize w'ap meprize Bondye ki gen bon kè anpil, ki gen pasyans anpil, ki sipòte nou anpil? Se konnen ou pa konnen se pou l ka rele ou vin chanje lavi ou kifè Bondye gen bon kè konsa?

Chapit   |  Vèsyon
Kolosyen 4:6

Lè n'ap pale, di bagay ki pou fè yo kontan, ki pou enterese yo. Konn ki jan pou nou reponn chak moun.

Chapit   |  Vèsyon
1 Jan 2:15-17

Pa renmen lemonn, ni anyen ki soti nan lemonn. Si yon moun renmen vye prensip k'ap mennen lemonn yo, li pa ka renmen prensip Papa a.

Bagay ki sòti nan lemonn se egzijans lachè, se gwo tantasyon, se lògèy k'ap vire tèt moun lè yo gen anpil byen sou latè. Tou sa pa sòti nan Papa a. Se nan lemonn sa sòti.

Se pase lemonn ap pase, ansanm ak tou sa moun jwenn ladan l yo ta vle genyen. Men, moun ki fè sa Bondye vle, y'ap viv pou tout tan.

Chapit   |  Vèsyon
Women 11:18

Se poutèt sa, pa gonfle kò ou sou branch ki koupe yo. Ki jan ou kapab ap fè grandizè? Pa bliye, se yon senp branch ou ye. Se pa ou k'ap pote rasin lan. Men, se rasin lan k'ap pote ou pito.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 15:28

Yon moun ki dwat kalkile anvan li bay repons. Men, mechan yo prese bay move pawòl.

Chapit   |  Vèsyon
1 Korent 15:10

Se favè Bondye fè m lan ki fè m sa m ye a. Men, li pat gaspiye favè l lè li te fè sa pou mwen. Okontrè, mwen travay pase tout lòt apòt yo. Men, pou di vre, se pa mwen menm ki fè travay sa yo, se favè Bondye fè m lan ki fè sa konsa.

Chapit   |  Vèsyon
Galat 5:14

Paske tou sa lalwa mande nou, nou jwenn yo nan kòmandman sa a: Se pou ou renmen frè parèy ou, menm jan ou renmen tèt pa ou.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 19:14

Jezi di yo: — Kite timoun yo vin jwenn mwen non. Pa enpoze yo vini. Paske, Peyi Wa ki nan syèl la, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo li ye.

Chapit   |  Vèsyon
2 Timote 2:24-25

Yon moun k'ap sèvi Bondye pa fèt pou nan kont. Se pou l viv byen ak tout moun, se pou l konn ki jan yo fè enstriksyon moun, se pou l gen pasyans.

Se pou l korije moun ki pa dakò avè l avèk dousè. Ou pa janm konnen: Bondye ka ba yo yon chans pou yo chanje jan y'ap viv la, pou yo vin konn verite a.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 18:27

(28) Ou delivre moun ki soumèt devan ou, men ou desann moun ki konprann yo pa kanmarad pèsonn.

Chapit   |  Vèsyon
Efezyen 5:15-17

Se sa ki fè, konnen ki jan pou n mennen tèt nou! Pa mennen tèt nou tankou moun ki sòt, men tankou moun ki gen konprann.

Pa kite okenn okazyon pase pou fè sa ki byen. Paske, jou sa yo n'ap viv la a pa bon menm.

Se poutèt sa, pran tèt nou byen, chache konnen sa Senyè a vle nou fè.

Chapit   |  Vèsyon
1 Pyè 4:10

Chak moun dwe pran kado Bondye ba yo a pou yo rann lòt yo sèvis. Konsa, tankou bon jeran, n'a pran kado Bondye yo, ki divès kalite, n'a fè yo travay.

Chapit   |  Vèsyon
Jak 3:17

Pou konmanse, moun ki gen bon konprann ki sòti nan Bondye a ap fè volonte Bondye, l'ap viv byen ak tout moun, l'ap respekte tout moun, l'ap tande rezon, l'ap gen kè sansib, l'ap fè anpil anpil byen, li pa nan de fas ni nan ipokrit.

Chapit   |  Vèsyon
Filipyen 4:8

Pou fini, frè m yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou wont.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 13:10

Moun awogan yo toujou ap pouse dife. Men, moun ki koute konsèy, se moun ki gen bon konprann.

Chapit   |  Vèsyon
2 Korent 3:5

Konprann byen, mwen pat janm gen pretansyon pou m ta kapab fè bagay konsa ak pwòp kouray mwen. Sa mwen fè a, se Bondye ki fè m ka fè li.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 7:12

— Tou sa nou vle lòt moun fè pou nou, nou menm tou, fè li pou yo tou. Se sa lalwa Moyiz la ak liv pwofèt yo mande nou fè.

Chapit   |  Vèsyon
Women 13:10

Moun ki gen renmen nan kè yo pa fè moun mal: se sa k fè lè nou renmen, nou fè tou sa lalwa a mande nou fè.

Chapit   |  Vèsyon
Ebre 12:14

Chache viv ak kè poze ak tout moun. Mennen yon lavi apa pou Bondye. Si se pa sa, pa gen moun k'ap wè Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon
Women 12:20-21

Okontrè, dapre sa ki ekri ankò: Si lènmi ou grangou, ba l manje. Si li swaf dlo, ba l bwè. Lè ou fè sa, se yon chalè dife ou mete nan kò l pou fè l chanje.

Pa kite sa ki mal gen pye sou ou. Okontrè, fè sa ki byen pou n kraze sa ki mal.

Chapit   |  Vèsyon
Pwovèb 14:29

Moun ki pa fè kòlè fasil, se moun ki gen bon konprann. Men, moun ki gen san wo fè wè jan li sòt.

Chapit   |  Vèsyon
1 Tesalonisyen 5:15

Pa kite pèsonn rann mal pou mal. Okontrè, toujou chache fè sa ki byen yonn pou lòt ak sa ki byen pou tout moun.

Chapit   |  Vèsyon
Jak 2:13

Paske, lè Bondye ap jije, l'ap san pitye pou moun ki te san pitye. Men, moun ki gen pitye pou lòt va sòti tèt dwat lè jou jijman an.

Chapit   |  Vèsyon
2 Korent 4:5

Konprann sa byen, se pa tèt pa m m'ap fè nou konnen: men se Jezikri, Senyè a, m'ap fè nou konnen. Mwen menm mwen di nou se sèvi m'ap sèvi nou poutèt Jezi.

Chapit   |  Vèsyon
Women 8:28

Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l, pou byen tout moun li te fè lide rele.

Chapit   |  Vèsyon
Sòm 138:6

Wi, Senyè a anwo nan syèl la. Men, li wè moun ki soumèt devan li. Li rete byen lwen, li rekonèt moun k'ap fè grandizè yo.

Chapit   |  Vèsyon
1 Korent 2:3-5

Mwen te vin devan nou tou fèb. Mwen t'ap tranble kou fèy bwa sitèlman mwen te pè.

Lè m te fè nou konnen tout bagay sa yo, lè m te anonse nou nouvèl la, se pat avèk bèl pawòl bon konprann lèzòm mwen t'ap chache pran tèt nou. Men, se te avèk pouvwa Lespri Bondye a ki t'ap bay tout prèv pou fè nou kwè.

Konsa, konfyans nou gen nan Bondye a pa chita sou bon konprann lèzòm, men sou pouvwa Bondye.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 6:14-15

— Si nou padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou ki nan syèl la va padonnen nou tou.

Men, si nou pa padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou p'ap padonnen peche nou yo nonplis.

Chapit   |  Vèsyon
1 Pyè 5:5

Menm jan an tou, nou menm jennjan yo, se pou nou soumèt devan chèf reskonsab yo. Nan tout rapò nou yonn ak lòt, se pou nou soumèt devan Bondye. Paske Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy. Men, moun ki soumèt devan l, li ba yo favè li.

Chapit   |  Vèsyon