Biblia Todo Logo
Vèsè Biblik
- Piblisite -



149 Vèsè pou Mande Sajès nan Desizyon Enpòtan

149 Vèsè pou Mande Sajès nan Desizyon Enpòtan


Jak 1:5

Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremesi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 3:5-6

Mete tout konfyans ou nan Senyè a. Pa gade sou sa ou konnen. Toujou chonje Senyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, la moutre ou chemen pou ou pran.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 2:6

Se Senyè a ki bay konesans. Pawòl ki sòti nan bouch li bay lespri ak konprann.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 1:7

Krentif pou Bondye, se premye baz konesans. Moun fou pa konn valè konesans. Yo pase sa nan rizib.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 32:8

Senyè a di: M'a louvri lespri ou sou anpil bagay. M'a moutre ou chemen pou ou swiv la. M'a ba ou bon konsèy. M'ap voye je sou ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 16:9

Lèzòm fè plan travay yo nan kè yo. Men, se Senyè a k'ap dirije sa y'ap fè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 19:20-21

Koute konsèy y'ap ba ou. Louvri zòrèy ou pou aprann. Konsa w'a gen bon konprann jouk ou mouri. Yon moun te mèt fè tout kalite lide nan tèt li. Men, sa Senyè a vle a, se sa ki pou rive.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 3:13

Ala bon sa bon pou moun ki gen konesans, pou moun ki rive gen bon konprann!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 111:10

Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen bon konprann! Bondye ap bay moun ki gen krentif pou li bon jijman. Wi, se tout tan pou yo fè lwanj li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 4:7

Chache gen konesans, se premye bagay yon nonm lespri dwe fè. Nenpòt kisa ou ka genyen, bay li pou ou vin gen konprann.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 9:10

Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen bon konprann. Si ou konnen ki moun Bondye ye, ou gen lespri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 55:8-9

Lide pa m pa menm ak lide pa nou. Chemen pa nou pa menm ak chemen pa m. Se Senyè a menm ki di sa. Menm jan syèl la byen lwen anwo latè, se konsa lide pa m byen lwen anwo lide pa nou, chemen pa m byen lwen chemen pa nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jeremi 29:11

Se mwen menm ki konnen sa m'gen nan tèt nou pou nou. Se mwen menm Senyè a k'ap pale. Se pwojè byen mwen gen pou nou, se pa pwojè malè. Sa mwen vle pou nou, se yon denmen ki chaje espwa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:105

Pawòl ou se yon chandèl ki fè m wè kote m'ap mete pye m, se yon limyè k'ap klere chemen mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 12:15

Moun sòt toujou konprann sa y'ap fè a byen. Men, moun ki gen bon konprann koute konsèy yo ba yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 5:15-17

Se sa ki fè, konnen ki jan pou n mennen tèt nou! Pa mennen tèt nou tankou moun ki sòt, men tankou moun ki gen konprann. Pa kite okenn okazyon pase pou fè sa ki byen. Paske, jou sa yo n'ap viv la a pa bon menm. Se poutèt sa, pran tèt nou byen, chache konnen sa Senyè a vle nou fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 4:5

Pran prekosyon pou nou aji byen avè moun ki pa kretyen yo. Pa kite okenn chans pase.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 15:22

Lè ou pa pran konsèy, plan travay ou p'ap mache. Lè ou pran konsèy nan men anpil moun, ou mèt sèten travay ou ap mache byen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 2:6-7

Malgre sa, se yon bon konprann m'ap fè moun ki byen devlope nan konfyans yo konnen. Men, se pa menm bon konprann ak bon konprann moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn, ni ak bon konprann pouvwa k'ap donminen lemonn, pouvwa ki la pou disparèt. Bon konprann m'ap anonse a, se bon konprann Bondye te sere a. Li te kache nan je moun. Men, depi anvan Bondye te kreye anyen, bon konprann sa a te nan plan l pou l te ka sèvi yon lwanj pou nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 25:4-5

Senyè, fè m konnen jan ou vle m viv la! Moutre m nan ki chemen ou vle pou m mache a! Moutre m sa pou m fè pou m viv yon jan ki konfòm ak verite ou la, paske se ou menm ki delivrans mwen. Se sou ou mwen konte tout jounen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 12:2

Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l'a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 37:5

Renmèt kòz ou nan men Senyè a! Mete konfyans ou nan li, l'a ede ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 21:5

Lè ou pran san ou pou ou travay, tou sa w'ap fè ap ba ou benefis. Men, lè ou twò prese, ou p'ap janm gen anyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 7:7

— Mande, y'a ban nou. Chache, n'a jwenn. Frape, y'a louvri pou nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 10:8

Moun ki gen bon konprann koute konsèy yo ba li. Men, moun k'ap pale tankou moun fou pa lwen mouri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:66

Moutre m sa ki byen, louvri lespri m, ban m konesans, paske mwen gen konfyans nan kòmandman ou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 14:29

Moun ki pa fè kòlè fasil, se moun ki gen bon konprann. Men, moun ki gen san wo fè wè jan li sòt.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 19:8

Si ou renmen tèt ou, chache gen konprann. Pa bliye sa ou te aprann, zafè ou va mache byen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 8:11

Paske, mwen menm Bon Konprann, mwen pi bon pase boul lò. Pa gen anyen ou ta renmen genyen ki ka konpare avè m.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Wa 3:9

Tanpri, ban mwen lespri veyatif pou m ka gouvènen pèp ou a san patipri, pou m konn sa ki byen ak sa ki mal. Si se pa sa, ki jan m'a fè pou m gouvènen pèp ou a ak tout moun sa yo ki ladan l?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 11:14

Lè pa gen bon dirijan, peyi a nan ka. Men lè gen moun k'ap bay bon konsèy, peyi a sove.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 90:12

Moutre nou pou nou pa bliye jan lavi nou kout, pou nou kapab chache konprann tout bagay.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jòb 12:13

Men, Bondye gen konesans, lèfini li gen pouvwa. Li gen bon konprann, lèfini li fè sa li vle.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Danyèl 2:20-21

Li di: — Benediksyon pou Bondye pou tout tan tout tan. Se li ki gen tout konesans, se li ki gen tout fòs. Li kontwole sezon yo ak lè pou chak bagay rive. Se li ki desann wa yo, se li ki moute wa yo. Se li ki bay nèg save yo bon konprann ak nèg lespri yo konesans.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 40:13-14

Ki moun ki ka di Senyè a sa pou li fè? Ki moun ki te ba li konsèy? Ki moun Senyè a t'al jwenn pou l'te ka gen bon konprann? Ki moun ki te moutre li jan pou li rann jistis? Ki moun ki te ba li konesans? Ki moun ki te fè li konnen jan tout bagay fèt?

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 4:5-6

Chache gen konesans ak bon konprann. Pa janm bliye sa m'ap di ou la a. Pa vire do ba yo. Pa lage konesans ou. L'a toujou pwoteje ou. Renmen l, li p'ap kite anyen rive ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 8:10

Pito ou chache gen bon konprann pase pou ou gen lajan. Pito ou chache gen konesans pase pou ou gen pi bon lò.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 2:7

Fè tèt ou travay sou sa m ap di ou la a. Senyè a va fè ou konprann tout bagay.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:130

Esplikasyon nou jwenn nan pawòl ou klere lespri nou. Yo louvri lespri moun ki san konprann yo pou yo konprann.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 1:25

Paske, sa ki sanble yon bagay moun fou Bondye ap fè a, li pi bon konprann pase bon konprann lèzòm. Sa ki sanble yon feblès Bondye ap moutre, li pi fò pase fòs lèzòm.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 2:10-11

Lè sa a, w'a gen bon konprann nan ou. W'a pran tout plezi ou nan konesans ou genyen. Entelijans ou p'ap kite anyen rive ou, konesans ou pral yon pwoteksyon pou ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jòb 28:28

Apre sa, Bondye di moun konsa: — Gen krentif pou Bondye, se sa ki rele bon konprann. Vire do bay sa ki mal, men sa ki rele gen lespri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 24:3-4

Bon konprann ap fè kay ou kanpe. Bon konesans ap fè l kanpe fèm. Mwen pase bò jaden yon nonm parese, bò jaden rezen yon moun ki san konprann. Pikan te fin pran jaden an nèt. Move zèb t'ap pouse toupatou. Lantouray jaden yo te fin tonbe. Lè mwen wè sa, mwen kalkile. Mwen gade, sa ban m yon leson. Dòmi, kabicha, kouche sou do, kwaze men ou dèyè tèt ou... Se bon! W'ap rete konsa, w'ap wè ou pòv. Mizè ap tonbe sou ou tankou yon ansasen san ou pa atann. Kote ki gen konesans, pyès kay yo plen ak bon bagay ki koute chè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 21:15

Se mwen menm ki va mete pawòl nan bouch nou, ki va ban nou konprann. Konsa, nan moun ki nan kont avèk nou yo, yo yonn p'ap ka kenbe tèt ak nou, ni yo p'ap kapab demanti sa n'a di.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 13:10

Moun awogan yo toujou ap pouse dife. Men, moun ki koute konsèy, se moun ki gen bon konprann.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 23:12

Mete tèt ou anplas lè y'ap moutre ou kichòy. Louvri zòrèy ou lè yon moun ki gen konesans ap pale.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 11:33

O, gade jan Bondye rich non! Bon konprann li, konesans li, nou pa ka sonde yo! Sa depase nou anpil. Ki moun ki ka esplike jijman Bondye? Ki moun ki konprann lide li gen nan tèt li? Jan sa ekri nan Liv la:

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 19:2

Sa pa bon pou ou prese fè anyen san ou pa konprann sa w'ap fè. Si ou pa gen pasyans, ou ka nan pwoblèm.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 12:1

Moun ki renmen yo korije yo, se moun ki toujou vle konnen. Men, moun ki pa renmen yo rale zòrèy yo, se moun san konprann.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Eklezyas 7:12

Bon konprann pwoteje ou menm jan lajan ka fè l. Men, avantaj yon moun genyen lè li gen konesans avèk bon konprann, sa l konnen an ap fè l viv.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 8:35-36

Lè yon moun jwenn mwen, se lavi li jwenn. Li antre nan favè Bondye. Men moun ki vire do ban mwen ap fè tèt yo mal. Moun ki rayi m, se moun k'ap mache ak sèkèy yo anba bra yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:97-98

Ala renmen mwen renmen lalwa ou la! Se tout lajounen m'ap kalkile sou li. Kòmandman ou yo fè m gen plis konprann pase lènmi m yo. Kòmandman ou yo nan kè m tout tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jòb 5:12-13

Li gate mannigèt bakoulou yo. Li pa janm kite yo rive fè sa yo te mete nan tèt yo. Li pran moun entelijan yo nan pèlen yo te tann. Li pa kite mètdam yo reyalize plan yo fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 15:33

Lè ou gen krentif pou Bondye, ou deja konprann anpil bagay. Lè ou soumèt devan Bondye, moun va fè lwanj ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 1:17-18

M'ap mande Bondye, Senyè nou an Jezikri, papa ki gen tout pouvwa a, pou li ban nou Lespri bon konprann pou moutre nou sa Bondye ap devwale nou an pou nou ka rive konnen li byen. Mwen mande l pou l louvri lespri nou, pou nou ka konnen kisa n'ap tann nan men Bondye ki rele nou an, ki vle di eritaj Bondye pwomèt l'ap bay moun ki pou li yo, yon eritaj ki rich anpil, ki bèl anpil.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 1:5

Se pou moun ki gen konesans koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka mete sou sa yo konnen deja. Se pou moun ki gen lespri koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka konnen ki jan pou yo mennen bak yo pi byen,

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Matye 6:33

Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 3:7

Pa mete nan tèt ou ou gen plis konprann pase sa. Gen krentif pou Senyè a, refize fè sa ki mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 8:14

Se mwen ki bay bon konsèy, ki bay moun ladrès. Mwen gen konprann, mwen gen fòs pouvwa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 11:2

Kote ki gen lògèy wont pa lwen. Men, moun ki soumèt devan Bondye, se yo ki gen bon konprann.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jòb 28:12-13

Men, kote nou ka jwenn konesans lan? Kote bon konprann lan ye menm? Lèzòm pa konnen sa pou yo fè pou yo mete men sou li. Yo pa jwenn li okenn kote sou latè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 25:12-13

Si yon moun gen krentif pou Senyè a, Senyè a va moutre l chemen pou l pran. L'ap toujou gen kè kontan. Pitit li yo va pran peyi a pou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 19:11

Yon moun ki gen bon konprann pa fè kòlè fasil. Tout kalite li, se pa okipe moun ki fè mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 28:29

Tout konesans sa a se nan Bondye ki gen tout pouvwa a li sòti. Plan travay li se bèl bagay. Li bay bon konsèy, li gen anpil bon konprann.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 2:3

Se nan li tout richès ki nan bon konprann ak konesans Bondye a kache.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 15:21

Moun ki san konprann kontan lè y'ap aji tankou moun fou. Men, moun ki gen konprann ap toujou fè sa ki dwat.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 16:16

Pito ou gen bon konprann pase pou ou gen byen. Pito ou gen konesans pase ou gen lajan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 19:7

(8) Lalwa Senyè a bon sou tout pwen. Li moutre nou jan pou nou viv. Nou mèt gen konfyans nan kòmandman Senyè a. Tout moun ki pa gen konprann, l'ap ba yo konprann.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 10:23

Lè moun san konprann ap fè sa ki mal, se tankou yon jwèt pou yo. Men, yon moun lespri pran plezi l nan chache gen bon konprann.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 18:15

Moun lespri toujou ap chache gen plis konesans. Zòrèy moun konprann toujou pare pou li konnen plis toujou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 1:1-2

Ala bon sa bon pou moun ki pa koute konsèy mechan yo, ki pa swiv egzanp moun k'ap fè sa ki mal, ki pa chita ansanm ak moun k'ap pase Bondye nan betiz, men ki pran tout plezi l nan lalwa Senyè a, k'ap repase l nan tèt li lajounen kou lannwit.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Women 16:27

Wi, lwanj pou Bondye, li menm sèl ki gen bon konprann! Lwanj pou li nan Jezikri, depi tout tan epi pou tout tan! Amèn.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Lik 2:52

Jezi t'ap devlope, li te vin gen plis lespri toujou, li t'ap aji yon jan ki te fè ni Bondye ni lèzòm plezi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 3:10

Men kounyeya, avèk legliz la, tout chèf ak tout otorite ki nan syèl la pral rive konnen bon konprann Bondye a sou tout fòm li yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 19:8

(9) Regleman Senyè a se bagay ki dwat. Moun ki swiv yo ap gen kè kontan. Kòmandman li yo klè. Yo louvri je moun.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 2:2

Se poutèt sa, louvri zòrèy ou pou ou tande sa moun ki gen sajès ap di ou. Chache konprann yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Timote 3:15

Depi ou te tou piti, ou konnen sa ki nan Liv Bondye a. Se liv sa a k'ap ba ou bon konprann, bon konprann ki fè moun rive delivre, gremesi konfyans yo gen nan Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:98-99

Kòmandman ou yo fè m gen plis konprann pase lènmi m yo. Kòmandman ou yo nan kè m tout tan. Mwen gen plis konprann pase tout pwofesè m yo, paske m'ap kalkile sou prensip ou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 17:27

Moun ki gen konesans pa nan pale anpil. Moun ki rete dousman se moun ki gen konprann.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 73:24

Ou ban m konsèy pou m pa pèdi chemen m. Lèfini, ou resevwa m lakay ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Kolosyen 1:28

Konsa, m'ap fè tout moun konnen Kris la. M'ap bay tout moun konsèy, m'ap moutre yo tout bagay avè bon konprann, jan m kapab pou yo tout ka parèt devan Bondye tankou granmoun ki byen grandi nan lavi y'ap mennen ansanm ak Kris la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 14:6

Moun ki gen lògèy plen kè yo, yo mèt chache konesans, yo p'ap janm jwenn li. Men, pou moun ki gen lespri, se bagay fasil.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:169

Se pou rèl mwen rive jouk nan zòrèy ou, Senyè. Jan ou te pwomèt la, ban m bon konprann.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 28:5

Mechan pa konnen sa ki rele jistis. Men moun k'ap sèvi Senyè a konprann tout bagay.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 10:14

Moun ki gen bon konprann toujou ap aprann. Men, lè moun san konprann ap pale, malè pa lwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 15:14

Yon moun ki gen konprann toujou ap chache gen konesans. Men, moun sòt pran plezi nan pale koze san sans.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 9:11

Bon konprann ap fè ou viv lontan. L'ap fè ou wè plizyè lanne.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jak 3:17

Pou konmanse, moun ki gen bon konprann ki sòti nan Bondye a ap fè volonte Bondye, l'ap viv byen ak tout moun, l'ap respekte tout moun, l'ap tande rezon, l'ap gen kè sansib, l'ap fè anpil anpil byen, li pa nan de fas ni nan ipokrit.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 18:2

Moun sòt pa pran plezi l nan chache konprann. Tou sa l'ap chache se fè moun konprann li gen lespri.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 2:10

Bondye voye Sentespri li ki devwale sekrè travay sa a ban nou. Lespri Bondye sonde tout bagay, menm sa ki nan fon sekrè Bondye.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 3:21

Pitit mwen, kenbe pye konesans ou, pa pèdi konprann ou. Pa janm kite anyen fè ou bliye yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Wa 4:29

Bondye te bay Salomon anpil lespri, anpil bon konprann ak yon konesans nou pa ka mezire.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:34

Ban m lespri pou m ka obeyi lalwa ou, pou m fè sa l mande a ak tout kè mwen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 8:1-2

Tande byen. Sajès ap rele byen fò. Entelijans ap pale fò pou tout moun tande. Pito ou chache gen bon konprann pase pou ou gen lajan. Pito ou chache gen konesans pase pou ou gen pi bon lò. Paske, mwen menm Bon Konprann, mwen pi bon pase boul lò. Pa gen anyen ou ta renmen genyen ki ka konpare avè m. Mwen menm Bon Konprann, mwen gen lespri. Mwen gen bon tèt pou m konprann. Lè yon moun gen krentif pou Bondye, li rayi sa ki mal. Mwen pa vle wè moun ògeye ak moun awogan, moun ki gen move kondit ak moun k'ap bay manti. Se mwen ki bay bon konsèy, ki bay moun ladrès. Mwen gen konprann, mwen gen fòs pouvwa. Se mwen ki bay wa yo ladrès pou yo kòmande. Se mwen ki fè chèf yo pase bon lòd pou pa gen lenjistis. Se mwen menm ki bay tout chèf yo tèt pou yo kòmande. Se mwen menm ki fè sa tou pou tout lòt chèf yo ansanm ak tout lòt moun k'ap dirije lèzòm. Mwen renmen moun ki renmen m. Depi yon moun chache m, fòk li jwenn mwen. Mwen bay richès, mwen bay pouvwa. Mwen bay byen k'ap la pou lontan, mwen fè tout bagay byen. Tou sa mwen bay pi bon lontan pase pi bon lò ki genyen. Yo pi bon pase ajan. Li kanpe sou tèt ti mòn yo, sou bò wout la, nan mitan kalfou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 4:11

Mwen moutre ou jan pou ou viv ak bon konprann. Mwen fè ou konnen jan pou ou mache dwat.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 21:30

Devan Senyè a pa gen ni moun konnen, ni moun lespri, ni moun ki gen bon konprann.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 11:9

Moun ki san respè pou Bondye ap touye moun ak lang yo. Men, konesans ap sove moun k'ap mache dwat yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 20:18

Pran konsèy, tou sa ou gen lide fè ap mache byen. Pa kouri fè lagè san ou pa konnen sa w'ap fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 3:19

Paske, bon konprann moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo, se foli sa ye devan Bondye. Paske men sa nou jwenn ki ekri nan Liv la: - Bondye pran moun lespri yo nan pwòp pèlen yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 12:25

Tèt chaje kraze kouray yon moun. Men, yon bon pawòl fè kè l kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:144

Prensip ou yo se bagay ki dwat pou tout tan. Ban m bon konprann pou m ka viv.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 11:2

Lespri Bondye a pral desann sou li. L'ap ba li bon konprann ak lespri. L'ap ba li konesans ak ladrès pou l dirije. L'ap fè l konn Senyè a, l'ap fè l gen krentif pou li.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 22:17

Louvri zòrèy ou, koute pawòl moun ki gen bon konprann yo. Chache konprann sa m'ap moutre ou la a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:73

Se ou ki te kreye m, se ou ki te fè m ak men ou. Ban m lespri pou m ka aprann kòmandman ou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
2 Kwonik 1:10

Se poutèt sa, ban mwen konesans ak bon konprann pou m ka gouvènen pèp sa a. Si se pa sa, mwen pa wè ki jan m'a fè pou m gouvènen pèp ou a ak tout moun sa yo ladan l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 1:2-4

Pwovèb sa yo fè moun konnen sa ki rele sajès ak bon levasyon. Yo fè konprann lè se pawòl bon sans k'ap pale. Koute byen. Sajès ap rele nan lari, l'ap pale byen fò sou plas piblik. L'ap rele nan tout kalfou, nan pòtay lavil yo, toupatou kote tout moun ka tande. L'ap di: Bann egare! Kilè n'a sispann renmen fè tenten? Kilè n'a sispann pran plezi nou nan pase tout bagay nan betiz? Kilè moun fou yo va sòti pou yo aprann? Se pou n koute m lè m'ap rale zòrèy nou. M'ap di nou tou sa ki nan tèt mwen, m'ap fè nou konnen tou sa m konnen. Ki jan nou ye konsa? Mwen rele nou, nou fè tankou nou pa tande m. Mwen lonje men ban nou, nou fè tankou nou pa wè m. Anhan! Se konsa sa ye? Nou voye tout konsèy mwen te ban nou yo jete byen lwen nou. Nou refize kite m korije nou. Konsa, lè n'a nan ka, m'a ri nou. Lè malè va fè nou tranble, m'a pase nou nan rizib. Lè malè va tonbe sou nou tankou yon van siklòn, lè tray va pase sou nou tankou yon toubouyon, lè lapenn ak kè sere va pran nou, le sa a, n'a rele m, mwen menm yo rele sajès, men mwen p'ap reponn nou. N'a mache chache m toupatou, men nou p'ap jwenn mwen. Nou pat vle wè konesans, nou te toujou refize gen krentif pou Bondye. Pwovèb sa yo moutre moun tout jan pou yo viv ak bon konprann, jan pou yo gen bon kondwit, jan pou yo pa fè lenjistis ak jan pou yo mache dwat nan lavi. Nou pat janm vle koute konsèy m t'ap ban nou, nou te toujou derefize koute m lè m t'ap korije nou. Se pou nou rekòlte sa nou te simen an. Se pou nou sibi konsekans vye konsèy nou t'ap swiv yo. Moun ki san esperyans yo mouri paske yo refize aprann. Bann moun fou yo menm, yo pa pran anyen pou anyen, se sa k'ap pèdi yo tou. Men, moun ki koute sa m di yo jwenn lasirans, y'a viv ak kè poze, yo p'ap bezwen pè anyen. Pwovèb yo ap louvri lespri moun ki manke konprann. Y'ap bay jenn gason konesans ak konprann.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 22:3

Moun ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l. Men, moun sòt pote lestonmak li bay, epi se li ki peye sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 23:23

Verite, konesans, lespri ak bon konprann, se bagay ou mèt peye chè pou ou genyen. Men, pa janm vann sa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 19:23

Gen krentif pou Bondye, w'a jwenn lavi, w'ap toujou kontan. Malè p'ap rive ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 24:14

se konsa konesans ak bon konprann bon pou nanm ou. Si ou genyen yo, w'a fè chemen ou nan lavi. Sa w'ap tann lan, lavalas p'ap pote l ale.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Korent 2:12

Se pa lespri k'ap travay nan moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan nou te resevwa. Lespri nou resevwa a, se Lespri Bondye te voye ban nou an pou n te ka konnen tout favè Bondye te fè nou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:43-44

Pa janm wete pawòl verite a nan bouch mwen, paske mwen mete tout espwa mwen nan jijman ou yo. M'ap toujou obeyi lalwa ou la, pou tout tan tout tan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 3:8

Lè ou fè sa, se va tankou yon bon medikaman: W'a toujou gaya, ou p'ap janm soufri doulè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 19:14

(15) Senyè, se ou ki twou wòch kote m kache a, se ou ki delivrans mwen, mwen mande ou pou pawòl ki sòti nan bouch mwen, ak lide k'ap travay nan tèt mwen fè ou plezi.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 33:6

Li p'ap kite anyen rive pèp la ankò. Sa k'ap toujou sove yo, se va bon konprann ak konesans Bondye ap ba yo a. Pi gwo richès yo, se krentif y'a gen pou Senyè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 6:6-8

Ou menm parese, al pran leson nan men fwomi yo. Ale wè jan y'ap viv pou ou manyè konprann lavi. Yo pa bezwen moun pou di yo sa pou yo fè. Yo pa bezwen moun pou veye yo, ni pou ba yo lòd. Men, yo pase mwa chalè ap fè pwovizyon. Nan tan rekòt, yo ranmase manje mete la.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:12

Mèsi, Bondye. Moutre m tou sa ou vle m fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 14:15

Yon moun sòt ap kwè tou sa yo di l. Men, moun ki gen konprann veye kote l'ap mete pye l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 4:12

Lè w'ap viv avèk bon konprann, anyen p'ap bare wout ou. Ou mèt ap kouri, ou p'ap janm bite sou anyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 8:33

Louvri zòrèy nou pou nou tande sa m'ap moutre nou. N'a vin gen bon konprann. Pa meprize bagay konsa.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 4:13

Pa janm bliye sa yo te moutre ou, kenbe l fèm. Pa kite l chape anba men ou, se tout lavi ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 1:6

Paske, Senyè a konnen jan moun ki fè byen yo ap viv. Men, jan mechan yo ap viv la, yo gen pou yo fini mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 4:20-21

Pitit mwen, louvri lespri ou pou ou konprann byen sa m'ap di ou la a. Louvri zòrèy ou pou ou koute pawòl k'ap sòti nan bouch mwen. Pa janm kite yo sòti devan je ou. Kenbe yo nan kè ou. Pa janm bliye yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 111:2

Bagay Senyè a fè se gwo zafè! Tout moun ki kontan wè yo ap chache konprann yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 6:20-22

Pitit mwen, toujou fè sa papa ou di ou fè. Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou. Kenbe pawòl yo nan kè ou, pa janm bliye yo. Mete yo nan kou ou tankou yon kolye. Pawòl sa yo va moutre ou bon chemen nan tou sa w'ap fè. Y'ap pwoteje ou lè w'ap dòmi lannwit. Y'a ba ou konsèy lè je ou klè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:100

Mwen gen plis konprann pase granmoun cheve blan, paske mwen toujou swiv lòd ou yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:71-72

Pinisyon an te bon nèt pou mwen! Li fè m konnen sa ou vle m fè. Lalwa ou ban mwen an gen plis valè pou mwen pase tout richès ki sou latè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 23:15-16

Pitit mwen, si ou gen bon konprann, mwen p'ap manke kontan. M'a kontan anpil lè m'a tande bon pawòl k'ap sòti nan bouch ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 4:26

Chache konnen byen sa w'ap fè. Konsa, tou sa w'ap fè ap mache byen pou ou.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Ezayi 45:3

M'a ba ou tout richès ki sere kote ki fènwa a, richès ki kache nan depo kote moun pa konnen. Lè sa a, w'a konnen se mwen menm ki Senyè a. Se Bondye pèp Izrayèl la ki te rele ou fè travay sa a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Eklezyas 2:26

Moun li vle, li ba yo bon konprann, konesans ak kè kontan. Konsa tou, pou moun li vle, li fè mechan yo travay fè lajan sere pou li ka ba yo. Menm sa a tou, se rapousib van. Paske anyen pa anyen.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 9:1

Bon konprann bati kay li, li kanpe l avèk sèt gwo poto.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 4:25-27

Gade dwat devan ou. Kenbe je ou fikse sou chemen ki dwat devan ou lan. Chache konnen byen sa w'ap fè. Konsa, tou sa w'ap fè ap mache byen pou ou. Pa vire ni adwat ni agòch. Pa lage kò ou nan fè sa ki mal.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 16:7

M'ap fè lwanj Senyè a paske li ban m bon konsèy. Menm lannwit, konsyans mwen di m sa pou m fè.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 14:8

Moun ki gen bon konprann konnen sa l'ap fè. Moun sòt mete nan tèt li li konnen, men se tèt li l'ap twonpe.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 119:27

Fè m konprann ki jan pou m swiv lòd ou ban mwen yo. M'a kalkile bèl bagay ou fè yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Jòb 32:8

Men, pou di vre, se lespri Bondye ki gen tout pouvwa a sèl ki pou antre nan tèt yon moun pou ba li bon konprann!

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 13:1

Yon pitit gason ki gen bon konprann ap koute lè papa l ap rale zòrèy li. Men, moun k'ap pase moun nan betiz p'ap janm koute lè y'ap fè l obsèvasyon pou korije l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 18:13

Moun ki prese reponn san koute sa y'ap di l, se moun sòt li ye. Li gen pou l wont.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 5:1-2

Pitit mwen, louvri lespri ou pou koute sa m'ap di ou, mwen menm ki gen bon konprann. Louvri zòrèy ou pou ou tande konsèy m'ap ba ou, mwen menm ki gen bon konprann. Si se pa sa, se etranje ki va pran tout byen ou yo. Se lòt moun ki va jwi tou sa ou te travay fè. Lè w'a prèt pou ou mouri, w'a kouche sou kabann ou ap plenn. Maladi ap manje ou nan tout kò ou. Lè sa a, w'a di: Poukisa mwen pat vle kite yo rale zòrèy mwen? Mwen pat vle koute moun ki t'ap moutre m sa pou m fè. Mwen pat louvri zòrèy mwen lè yo t'ap pale m. Yon ti kras ankò, mwen t'ap nan tout kalite malè. La, devan tout moun, mwen t'ap pèdi repitasyon m. Bwè dlo nan kanari ou. Se ak madanm ou ase pou ou rete. Pa fè pitit ak fanm deyò, pou san ou pa trennen nan lari. Se pou pitit ou grandi anndan lakay ou. Yo pa ka ap sèvi ou pou y'ap sèvi moun deyò tou. Fè kè ou kontan ak madanm ou. Pran plezi ou ak madanm ou renmen depi lè ou te jenn lan. L'ap bèl, l'ap anfòm tankou nègès banda. Se pou karès li yo toujou fè kè ou kontan, se pou ou toujou renmen fè lanmou ak li. Konsa, w'a konnen jan pou ou kondi tèt ou byen. Pawòl ki sòti nan bouch ou va moutre jan ou se moun ki gen bon konprann.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 2:7

Lè yon moun mache dwat, Senyè a ba li bon konsèy. Lè yon moun serye, li pwoteje l.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
1 Jan 5:20

Nou konnen Pitit Bondye a te vini, li louvri lespri nou pou nou ka konnen Bondye tout bon an. N'ap viv ansanm ak Bondye tout bon an, gremesi Pitit li, Jezikri. Se li menm ki Bondye tout bon an, se li menm ki lavi ki p'ap janm fini an.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 22:5

Moun ki mache kwochi jwenn pikan ak pèlen sou wout yo. Si ou renmen lavi, pa fè menm wout ak yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 2:1

Pitit mwen, aprann sa m'ap moutre ou la a. Chache pou ou pa janm bliye sa mwen di ou fè a.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Pwovèb 23:24

Papa ki gen yon pitit k'ap mache dwat ap toujou kontan. Manman ki fè yon pitit ki gen bon konprann ap toujou gen kè kontan.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Eklezyas 7:11-12

Sa bon pou moun gen bon konprann. Se tankou si ou te gen anpil byen. Se yon gwo avantaj pou tout moun k'ap viv sou latè. Bon konprann pwoteje ou menm jan lajan ka fè l. Men, avantaj yon moun genyen lè li gen konesans avèk bon konprann, sa l konnen an ap fè l viv.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Efezyen 5:8-9

Nan tan lontan, nou te nan fènwa. Men kounyeya, paske n'ap viv ansanm nan Senyè a, nou nan limyè. Se sa ki fè, fòk nou mennen tèt nou tankou moun k'ap viv nan limyè a. Paske, limyè a fè moun fè bagay ki bon, bagay ki dwat ak bagay ki vre.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Sòm 19:11

(12) Mwen menm k'ap sèvi ou la, yo ban m anpil konesans. Gen gwo rekonpans pou moun k'ap obeyi yo.

Chapit   |  Vèsyon Kopi
Swiv nou:

Piblisite


Piblisite