Vèsè Biblik

Piblisite


Soukategori

Bèl vèsè

Bib la chaje ak bèl vèsè ki ranpli lavi nou, ki ban nou kouraj. Vèsè sa yo, mwen toujou ap pataje yo ak moun mwen renmen yo, epi mwen mete yo sou rezo sosyal tou. Yo chak se yon gwo benediksyon, yon enspirasyon Bondye voye pou edifye nou epi gide nou vin jwenn li.

Jozye 1:9 di: "Mwen ba ou lòd pou ou fò, pou ou vanyan. Ou pa bezwen pè, ou pa bezwen dekouraje, paske Senyè a, Bondye ou la, ap avèk ou kote ou pase." Bondye pale avèk nou nan pawòl li, epi la a li di nou pou nou pran kouraj, paske l ap avèk nou.

Menm jan ak bèl vèsè sa a, w ap jwenn anpil lòt ankò ki pral chanje lavi ou.


Women 1:16

Mwen pa wont levanjil la. Li se yon pisans Bondye ki la pou delivre tout moun ki kwè: jwif yo anpremye, epi moun lòt nasyon yo apre sa.

Chapit   |  Vèsyon
Mak 16:15

Epi li di yo: — Ale toupatou sou latè, anonse Bòn Nouvèl la bay tout moun.

Chapit   |  Vèsyon
Mak 8:35

Paske, moun ki ta vle sove lavi l va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l poutèt mwen ak Bòn Nouvèl la, li va sove li.

Chapit   |  Vèsyon
Efezyen 2:8-9

Se paske li renmen nou kifè li delivre nou, nou menm ki mete konfyans nou nan li. Sa pa sòti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban nou.

Non, nou pa fè anyen pou sa. Konsa, pèsonn pa ka vante tèt yo.

Chapit   |  Vèsyon
2 Tesalonisyen 2:14

Gremesi bòn nouvèl mwen te anonse nou an, Bondye chwazi nou pou nou ka resevwa pa nou nan lwanj ki pou Jezikri, Senyè nou an.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 5:14

— Se limyè nou ye pou moun sou latè. Moun pa kapab kache yon lavil ki bati sou yon mòn.

Chapit   |  Vèsyon
1 Korent 15:1-2

Frè m yo, mwen vle fè nou chonje bòn nouvèl mwen te anonse nou an, bòn nouvèl nou te resevwa a. Se ladan l tou nou kanpe byen fèm.

Se li menm k'ap delivre nou tou, depi nou kenbe l jan mwen te anonse l ban nou an. Si se pa konsa, se ta pou gremesi nou ta mete konfyans nou nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon
Lik 4:18

Lespri Bondye a sou mwen. Li chwazi m pou m anonse bòn nouvèl la bay pòv yo. Li voye m pou m fè tout prizonye yo konnen yo lage, pou m fè tout avèg yo konnen yo kapab wè ankò, pou m delivre moun y'ap maltrete yo,

Chapit   |  Vèsyon
Women 8:1

Kounyeya, nanpwen okenn kondannasyon pou moun ki fè yon sèl kò ak Jezikri.

Chapit   |  Vèsyon
Travay 2:21

Lè sa a nenpòt moun ki va rele Bondye va delivre.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 5:16

Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n'ap fè yo, y'a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon
Women 15:29

Mwen konnen lè m'a rive wè nou an, se avèk tout benediksyon Kris la m'a rive.

Chapit   |  Vèsyon
Galat 3:11

Lalwa pa kapab fè Bondye fè pèsonn gras. Se bagay ki klè. Men sa ki ekri nan Liv la: Moun Bondye fè gras paske yo gen konfyans nan li, se yo menm ki va gen lavi.

Chapit   |  Vèsyon
Travay 13:47

Men lòd Bondye te ban nou: Mwen mete ou pou sèvi yon limyè pou lòt nasyon yo, pou ou kapab ale toupatou sou latè, moutre ki jan tout moun ka jwenn delivrans.

Chapit   |  Vèsyon
1 Tesalonisyen 1:5

Se pat avèk pawòl ase mwen te anonse nou bòn nouvèl la. Men tou, se te avèk pouvwa Sentespri a, avèk lasirans fèm sa m t'ap di a se vre. Nou menm tou, nou konnen jan mwen te mennen tèt mwen nan mitan nou. Mwen te fè l pou byen nou.

Chapit   |  Vèsyon
Travay 20:24

Mwen pa pran lavi m pou anyen, li pa gen okenn valè pou mwen. Men, mwen vle ale jouk nan bout nan sèvis mwen, mwen vle fini nèt ak travay Senyè Jezi ban mwen an, pou m anonse bòn nouvèl favè Bondye fè nou an.

Chapit   |  Vèsyon
1 Pyè 2:9

Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, prèt k'ap sèvi wa a, nasyon k'ap viv apa pou Bondye, pèp li peye pou li a. Li fè tou sa, pou nou te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a.

Chapit   |  Vèsyon
1 Korent 4:20

Paske, nan peyi kote Bondye wa a, pale anpil pa di anyen, se fè ki tout bagay la.

Chapit   |  Vèsyon
Travay 5:42

Toulejou, yo te nan tanp lan, yo t'ap mache kay an kay, yo pat janm sispann moutre moun yo anpil bagay. Yo t'ap anonse Bon Nouvèl ki pale sou Jezikri a.

Chapit   |  Vèsyon
1 Korent 3:9

Apòlòs ak mwen, se travay n'ap travay ansanm pou Bondye. Nou menm, moun Korent yo, nou se tankou yon jaden Bondye bay travay pou li. Ou ankò, nou se yon kay Bondye ap bati.

Chapit   |  Vèsyon
1 Jan 4:10

Men kisa renmen an ye: Se pa nou menm ki te renmen Bondye, se li menm pito ki te renmen nou, ki te voye Pitit li a pou nou te ka resevwa padon pou peche nou yo, gremesi Pitit la.

Chapit   |  Vèsyon
Tit 2:1

Ou menm, se pou tou sa w'ap moutre moun dakò ak bon mesay la.

Chapit   |  Vèsyon
2 Korent 5:17

Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo kounyeya.

Chapit   |  Vèsyon
1 Korent 1:18

Pou moun k'ap anfouraye tèt yo, pawòl lakwa a, se pawòl moun fou. Men pou nou menm ki sove deja yo, se pawòl pisans Bondye li ye.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 5:13

— Se sèl nou ye pou moun sou latè. Si sèl la pèdi gou l, ak kisa pou yo ba li gou ankò? Li pa vo anyen ankò. Se jete pou yo voye sa jete deyò, pou moun pile sa anba pye yo.

Chapit   |  Vèsyon
1 Korent 15:3

Bagay mwen te moutre nou, se sa mwen menm mwen te resevwa. Se yo menm ki pi konsekan. Men yo: Kris te mouri pou peche nou, dapre sa ki ekri nan Liv la.

Chapit   |  Vèsyon
1 Korent 1:24

Men pou tout moun Bondye rele yo, kit yo jwif kit yo pa jwif, Kris se pisans ak bon konprann Bondye.

Chapit   |  Vèsyon
1 Korent 15:27

Se sa ki ekri nan Liv la: Bondye mete tout bagay anba pye li. Men, lè yo di: tout bagay, nou tou konprann Bondye pa ladan l, paske se li menm k'ap mete tout bagay sou lòd Kris la.

Chapit   |  Vèsyon
Women 6:4

Se sa k fè, avèk batèm nou an nou te antere ansanm avè l, nou te mouri ansanm avè l tou. Men, menm jan Papa a te fè l leve sòti nan lanmò avèk gwo fòs pouvwa li, konsa tou nou menm nou ka mennen yon lòt lavi.

Chapit   |  Vèsyon
1 Timote 1:15

Sa se yon pawòl sèten, li merite pou nou fè li tout konfyans: Jezikri te vini sou latè pou sove lèzòm, pou mwen menm anpremye ki pi gwo pechè a.

Chapit   |  Vèsyon
Kolosyen 2:14-15

Li chire papye kote tou sa nou te dwe l yo ekri a. Papye sa a te kondannen nou devan lalwa. Kris la detwi l nèt lè li kloure l sou kwa a.

Avèk lanmò Kris sou lakwa, Bondye devide tout pouvwa ak tout otorite lespri yo te genyen nan lemonn. Li fè yo tounen rizib devan je tout moun. Li fè yo mare yo trennen yo mache devan kòtèj laviktwa Kris la.

Chapit   |  Vèsyon
2 Korent 4:7

Men, nou tout k'ap pote richès Bondye sa a nan kè nou, nou tankou veso ki fèt an tè. Tou sa se pou tout moun ka wè kokenn chenn pouvwa sa a pa sòti nan nou, men se nan Bondye li sòti.

Chapit   |  Vèsyon
1 Jan 2:24

Se poutèt sa, pawòl nou te tande depi nan konmansman an, kenbe li nan kè nou. Si nou kenbe sa nou te tande depi nan konmansman an nan kè nou, n'ap toujou fè yonn ak Papa a ansanm ak Pitit la.

Chapit   |  Vèsyon
Lik 10:22

Papa m renmèt tout bagay nan men mwen. Pèsonn pa konn kilès moun Pitit la ye, esèpte Papa a. Pèsonn pa konn kilès moun Papa a ye, esèpte Pitit la, ak moun Pitit la vle fè konnen li.

Chapit   |  Vèsyon
Galat 1:11-12

M'ap di nou sa, frè m yo, Bòn Nouvèl m'ap anonse a pa sòti nan moun.

Paske mwen menm, mwen pat resevwa l nan men pèsonn, ni se pa yon moun ki te moutre m li. Men, se Jezikri menm ki te fè m konnen li.

Chapit   |  Vèsyon
Jan 3:35

Papa a renmen Pitit la, li ba li pouvwa sou tout bagay.

Chapit   |  Vèsyon
Ezayi 53:5

Men, se pou peche nou kifè yo te mete san l deyò konsa. Se akòz mechanste nou kifè yo te kraze l anba kou konsa. Chatiman ki te pou nou an se sou li li tonbe. Se konsa li ban nou kè poze. Avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon.

Chapit   |  Vèsyon
Kolosyen 1:5-6

Depi premye jou yo fè nou konnen bonnouvèl la ki se yon mesaj verite, nou gen espwa jwenn sa Bondye sere pou nou nan syèl la. Se espwa sa a ki fè nou gen konfyans sa a ak tout renmen nan kè nou.

Bon nouvèl la gaye nan mitan nou depi premye jou nou te tande pale favè Bondye a, depi lè yo te fè nou konnen sa li ye tout bon an. Bòn nouvèl sa a lakòz nou resevwa anpil benediksyon, menm jan li fè l toupatou sou latè.

Chapit   |  Vèsyon
Efezyen 1:13-14

Konsa tou, nou menm, moun lòt nasyon yo, apre nou te fin tande mesaj laverite a, bonnouvèl k'ap fè nou konnen jan Bondye renmen nou an, nou mete konfyans nou nan Kris la, n'ap viv ansanm ak li tou. Bondye make letanp li sou nou, li ban nou Sentespri li te pwomèt la.

Sentespri sa a, se yon avalwa Bondye ban nou sou eritaj li te pwomèt li t'ap bay pèp li a. Sa ban nou garanti Bondye gen pou fin delivre moun pa l yo nèt. Se sa k fè, nou menm tou, moun lòt nasyon yo, n'ap sèvi yon lwanj pou pouvwa Bondye a tou.

Chapit   |  Vèsyon
Travay 4:12

Se li menm sèl ki ka bay delivrans paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè ki kapab delivre nou.

Chapit   |  Vèsyon
Women 10:14-15

Ki jan y'a fè rele l, si yo poko gen konfyans nan li? Ki jan pou yo gen konfyans nan li, si yo pa tande pale sou li? Ki jan pou yo tande pale sou li,

si pa gen pèsonn pou fè konnen mesay la? Ki jan pou yo fè fè konnen mesay la, si pa gen moun yo voye pou sa? Dapre sa ki te ekri a: Ala bèl bagay lè ou wè moun k'ap pote yon Bòn Nouvèl ap vini!

Chapit   |  Vèsyon
Travay 13:48

Lè moun lòt nasyon yo tande sa, yo pat manke kontan: yo pran fè lwanj pawòl Bondye a. Tout moun Bondye te chwazi davans pou resevwa lavi ki p'ap janm fini an te kwè.

Chapit   |  Vèsyon
1 Tesalonisyen 2:13

Se konsa, mwen pa sispann di Bondye mèsi tou pou jan nou te pare zòrèy nou koute lè m t'ap fè nou konnen pawòl Bondye a. Nou te resevwa l pou sa l ye a: pou pawòl Bondye, pa pou pawòl lèzòm. Se pawòl sa a k'ap travay nan kè nou, nou menm ki gen konfyans nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon
Women 10:9-10

Si ou deklare ak bouch ou devan tout moun Jezi se Senyè a, si ou kwè tout bon nan kè ou Bondye te fè l leve sòti vivan pami mò yo, w'a sove.

Paske, lè yon moun gen konfyans tout bon nan kè l, se lè sa a Bondye fè l gras. Lè yon moun deklare ak bouch li devan tout moun li gen konfyans nan Bondye, se lè sa a Bondye delivre li,

Chapit   |  Vèsyon
2 Timote 1:8-10

Ou pa bezwen wont kanpe pale pou Senyè nou an. Ou pa bezwen wont pou mwen nonplis ki nan prizon pou tèt li. Okontrè, avèk fòs kouray Bondye ap ba ou a, se pou ou asepte soufri avè m pou bòn nouvèl la.

Se Bondye ki delivre nou, se li menm ki rele nou pou n ka viv pou li. Li pat fè sa pou nou poutèt byen nou te fè. Non, sa sòti nan plan travay li menm. Se yon favè li fè nou nan Jezikri, depi lontan anvan li te kreye tout bagay.

Kounyeya, li fè nou konnen favè sa a avèk Jezikri, Sovè nou, ki te vini an. Paske, Jezikri kraze pouvwa lanmò te genyen an. Avèk bòn nouvèl la, li fè lavi ki p'ap fini nan lanmò a parèt aklè.

Chapit   |  Vèsyon
Filipyen 1:27-28

Sèl bagay ki konsekan se pou nou viv yon jan ki konfòm ak bòn nouvèl Kris la. Konsa, mwen ta mèt rive vin wè nou, mwen ta mèt pa kapab, se pou m tande jan n'ap kenbe fèm, jan n'ap viv ansanm yonn ak lòt. Se pou m tande jan n'ap mennen batay la ansanm pou defann konfyans bòn nouvèl la fè nou gen nan Bondye.

Pa kite okenn lènmi kraponnen nou. Se pou tout bagay sa yo sèvi tankou yon prèv pou fè lènmi yo wè se pèdi y'ap pèdi tèt yo. Men, pou nou menm, yo fè wè se delivre n'ap delivre. Sa se travay Bondye.

Chapit   |  Vèsyon
Galat 2:20

Se sa ki fè, viv m'ap viv koulyeya, se pa mwen k'ap viv, men se Kris k'ap viv nan mwen: Lavi sa a m'ap viv la, m'ap viv li nan konfyans mwen gen nan Pitit Bondye a ki sitèlman renmen mwen, li bay lavi li pou mwen.

Chapit   |  Vèsyon
Travay 1:8

Men, lè Sentespri a va desann sou nou, n'a resevwa yon pouvwa. Lè sa a, n'a sèvi m temwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide ak nan tout peyi Samari, jouk nan dènye bout latè.

Chapit   |  Vèsyon
Ebre 4:12

Pawòl Bondye a se pawòl ki gen nanm, li gen pouvwa. Li file pase kouto famasi. Li ka koupe jouk li jwenn kote nanm ak lespri kontre fè yonn, jouk kote vyann ak mwèl rankontre. Li jije tout santiman ak tout lide ki nan kè moun.

Chapit   |  Vèsyon
Women 5:6-8

Se konsa, lè nou pat kapab fè anyen pou tèt pa nou, Kris la mouri pou tout moun ki meprize Bondye, nan tan Bondye te fikse pou sa te rive a.

Se pa fasil pou ou jwenn yon moun asepte mouri pou yon nonm ki gen rezon. Ou ta ka jwenn yonn konsa ki ta gen kouray mouri pou yon nonm debyen.

Sou pwen sa a, Bondye moutre nou jan li renmen nou anpil. Paske nou te nan peche toujou lè Kris la mouri pou nou.

Chapit   |  Vèsyon
Women 3:23-24

Tout moun peche, Bondye ki gen pouvwa a bay yo tout do.

Men Bondye ki renmen yo, li fè yo gras. Li fè sa pou yo gratis, gremesi Jezikri ki vin delivre yo.

Chapit   |  Vèsyon
2 Korent 5:18-19

Tou sa sòti nan Bondye ki fè nou vin zanmi avè l ankò, gremesi Kris la. Se li menm tou ki fè m konfyans, ki ban m travay sa a pou mennen lèzòm vini byen avè l ankò.

Paske nan Kris la, Bondye t'ap fè tou sa li te kapab pou fè moun vin byen avè l ankò. Li pat gade sou peche lèzòm te fè. Se li menm ki mete mwen la pou fè lèzòm konnen ki jan l'ap fè yo byen avè l ankò.

Chapit   |  Vèsyon
Tit 2:11-12

Bondye fè konnen favè l pou tout moun ka delivre.

Favè Bondye a mande nou pou nou kite move lavi nou t'ap mennen an ansanm ak tout move lanvi ki nan lemonn, pou nou ka mennen yon lòt lavi ki kontwole, ki dwat, ki devwe pou Bondye pandan nou sou latè a.

Chapit   |  Vèsyon
1 Jan 5:11-12

Men pawòl verite a: Bondye ban nou lavi ki p'ap janm fini an. Se nan Pitit li a li ban nou li.

Moun ki gen Pitit la, yo gen lavi sa a tou. Men, moun ki pa gen Pitit Bondye a, yo pa gen lavi sa a nonplis.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 28:19-20

Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a.

Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.

Chapit   |  Vèsyon
Filipyen 3:20

Men nou menm, nou se sitwayen syèl la. N'ap tann Sovè nou, Jezikri Senyè nou k'ap sot nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon
Women 8:37-39

Men, sou tout bagay sa yo, nou genyen batay la nèt ale, gremesi moun ki renmen nou an.

Paske mwen gen lasirans sa a, anyen pa ka fè nou pèdi lamou Kris gen pou nou an: kit se lavi, kit se lanmò, ni zanj yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, te mèt se tan jodi a, te mèt se tan k'ap vini yo,

ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki nan zantray tè a. Non, pa gen anyen nan tout kreyasyon an ki ka rive fè nou pèdi lamou Bondye fè nou wè li gen pou nou nan Jezikri, Senyè nou an.

Chapit   |  Vèsyon
Women 15:18-19

Wi, m'ap penmèt mwen fè nou konnen sèlman sa Kris la te fè m fè ak sa li te fè m di, avèk fòs mirak ak bèl bagay ak pouvwa Lespri Bondye a. Tou sa, pou mennen moun lòt nasyon yo vin nan pye Bondye pou obeyi li. Se konsa, depi lavil Jerizalèm jouk nan peyi Iliri, mwen pa manke mache bay Bòn Nouvèl ki pale sou Kris la toupatou.

Chapit   |  Vèsyon
Kolosyen 3:1-2

Nou menm ki deja resisite ak Kris, se pou nou chache bagay ki nan syèl la kote Kris chita adwat Bondye.

Pa kite bagay ki sou latè pran tèt nou, mete lide nou sou bagay ki anwo nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon
1 Pyè 1:23

Gremesi pawòl Bondye a ki yon pawòl vivan epi ki la pou tout tan, nou resevwa yon lòt lavi. Fwa sa a, nou pa sòti nan yon jèm ki ka mouri, men nan yon jèm ki pa ka mouri.

Chapit   |  Vèsyon
Galat 5:1

Se pou n te ka lib tout bon kifè Kris la te delivre nou. Se poutèt sa, ann rete fèm nan libète sa a. Veye kò nou pou n pa tounen esklav ankò.

Chapit   |  Vèsyon
Travay 26:18

pou ou kapab louvri je yo, pou fè yo sòti nan fènwa kote yo ye a vin nan limyè, pou wete yo anba pouvwa Satan vin jwenn Bondye. Konsa, lè y'a mete konfyans yo nan mwen, y'a resevwa padon pou tout peche yo, y'a jwenn plas yo nan mitan pèp k'ap viv apa pou Bondye a.

Chapit   |  Vèsyon
Tit 3:4-7

Men, lè Bondye fè nou wè jan li gen bon kè, jan li renmen tout moun,

li te delivre nou. Li pat delivre nou paske nou te fè kèk bagay ki bon, men paske li menm li te gen pitye pou nou. Li delivre nou lè li lave nou, li voye pouvwa Sentespri li nan nou pou chanje nou nèt, pou n te ka viv yon lòt jan.

Bondye voye Sentespri li sou nou an kantite, gremesi Jezi, Kris la, ki delivre nou.

Avèk favè sa a Bondye fè nou an, li fè nou gras. Kounyeya nou ka resevwa sa n'ap tann lan: lavi ki p'ap janm fini an.

Chapit   |  Vèsyon
2 Pyè 3:9

Senyè a pa pran twòp reta pou kenbe pwomès li yo, jan kèk moun kwè a. Okontrè, se pasyans l'ap pran ak nou, paske li pa ta renmen pèsonn peri, li ta vle pou tout moun tounen vin jwenn li.

Chapit   |  Vèsyon
Jan 3:16

Bondye sitèlman renmen lèzòm, li bay sèl pitit li a pou yo. Konsa, moun ki mete konfyans yo nan li, yo p'ap peri. Okontrè, y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.

Chapit   |  Vèsyon
Women 15:4

Se konsa, tou sa ki te ekri nan Liv la depi nan tan lontan, yo te ekri yo pou moutre nou anpil bagay, wi, pou bagay nou jwenn ekri nan Liv la ka ban nou pasyans ak ankourajman pou n ka mete tout espwa nou nan Bondye.

Chapit   |  Vèsyon
Matye 5:14-16

— Se limyè nou ye pou moun sou latè. Moun pa kapab kache yon lavil ki bati sou yon mòn.

Ni yo pa limen lanp pou mete li anba tab. Men yo mete li sou etajè pou li klere tout moun nan kay la.

Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n'ap fè yo, y'a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.

Chapit   |  Vèsyon
1 Jan 4:4

Men, nou menm, pitit mwen yo, nou se moun Bondye, nou kraze fo pwofèt yo, paske lespri ki nan nou an gen plis pouvwa pase lespri ki nan moun ki pou lemonn yo.

Chapit   |  Vèsyon
Efezyen 6:10-11

Pou fini, chache fòs nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Senyè a ak nan gwo pouvwa li.

Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan.

Chapit   |  Vèsyon

Lapriyè bay Bondye

Seyè, ou se Alfa ak Omega! Papa, kreyatè syèl la ak tè a, ou se premye a, ou se dènye a, kòmansman ak finisman. Jounen jodi a, mwen vle di ou mèsi Bondye paske pawòl ou a se refij mwen, se lapè m nan mitan tribilasyon. Li ranpli m ak lajwa lè m pou kont mwen, li soutni m lè m febli. Mèsi paske pawòl ou deklare: "Pawòl ou se yon lanp pou pye m, yon limyè sou chemen m." Seyè Jezi, louvri je m ak zòrèy m pou m ka tande epi li pawòl ou, pou m ka medite sou ansèyman ou yo. Reveye nanm mwen ak entèlijans mwen pou pawòl ou ka rete grave nan kè m, pou m ka aji dapre puisans li. M'ap mande w pou pawòl ou revele l nan lavi m, paske se nan li tout bagay jwenn vrè sans yo. Ou di: "Se avèk pawòl ou ou te kreye syèl la, ak tout sa ki ladan l, avèk souf bouch ou." Seyè, ede m nouri m avèk li, paske se sèl pawòl ou ki gen pouvwa pou kontwole emosyon m, panse m ak kè m. M'ap kriye nan pye w, paske mwen rekonèt se ou menm sèl ki gen pouvwa pou libere m, paske kote Lespri Senyè a ye, gen libète. Kounye a, mwen mande w pou w mete puisans ou ak onksyon Sentespri w la sou mwen. Nan non Jezi. Amèn!