Men sa Bib la di: nou tout peche, nou pa ka rive nan glwa Bondye a. Sa vle di peche nou yo separe nou ak Bondye ki sen nèt, epi li dwe jije nou pou peche nou yo.
Men, jan Women 5:8 di a, Bondye montre jan li renmen nou: nou te peche toujou, men li voye Kris mouri pou nou. Bondye ban nou yon plan pou nou sove, grasa bon nouvèl Jezikri a.
Si ou deja aksepte Kris kòm sovè ou, fòk ou pataje bon nouvèl sa a ak tout moun bò kote ou. Se konsa yo ka jwenn lavi etènèl tou, lè yo konfese Kris kòm Senyè yo.
Nan tan sa yo, nou pa ka rete bouch fèmen. Fòk nou pale de lanmou Bondye toupatou. Fòk nou ede moun yo konprann gen de chemen: youn ki mennen nan lavi etènèl, lòt la non. Ankouraje yo pou yo chèche chemen ki mennen yo nan syèl la, devan twòn Jezi a.
Mwen ba yo lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap janm peri, pèsonn p'ap janm ka rache yo nan men mwen.
Men, moun ki te resevwa li yo, moun ki te kwè nan li yo, li ba yo pouvwa pou yo vin pitit Bondye.
Mwen pa wont levanjil la. Li se yon pisans Bondye ki la pou delivre tout moun ki kwè: jwif yo anpremye, epi moun lòt nasyon yo apre sa.
Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a.
Yo rete konsa, epi tè a pran tranble byen fò. Yon zanj Bondye desann sòti nan syèl la, li vini, li woule wòch la sou kote, lèfini li chita sou li.
Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.
Yo reponn li: — Mete konfyans ou nan Senyè Jezi, epi w'a va delivre, ou menm ansanm ak tout fanmi ou.
— Anverite moun ki koute pawòl mwen, ki mete konfyans yo nan moun ki voye mwen an, l'ap gen lavi etènèl. Yo yo p'ap kondannen li. Li deja soti nan lanmò, li antre nan lavi.
Lè vòlè a vini, se vòlò li vin vòlò, se touye li vin touye, se detwi li vin detwi, se sa ase li vin fè. Mwen menm, mwen vin pou moun ka gen lavi, epi pou yo genyen l an kantite.
Bondye sitèlman renmen lèzòm, li bay sèl pitit li a pou yo. Konsa, moun ki mete konfyans yo nan li, yo p'ap peri. Okontrè, y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.
Frè m yo, mwen vle fè nou chonje bòn nouvèl mwen te anonse nou an, bòn nouvèl nou te resevwa a. Se ladan l tou nou kanpe byen fèm.
Se favè Bondye fè m lan ki fè m sa m ye a. Men, li pat gaspiye favè l lè li te fè sa pou mwen. Okontrè, mwen travay pase tout lòt apòt yo. Men, pou di vre, se pa mwen menm ki fè travay sa yo, se favè Bondye fè m lan ki fè sa konsa.
Se sa k fè, kit se mwen, kit se lòt apòt yo, sa m sot di a, se sa nou tout n'ap fè moun konnen, se pa nan lòt bagay nou te kwè.
Men sa n'ap fè nou konnen an: Kris la te leve sòti vivan nan lanmò. Bon. Kouman fè gen lòt moun nan mitan nou k'ap di moun mouri yo p'ap leve ankò?
Si moun mouri yo p'ap leve ankò, Kris la tou pa te leve sòti vivan nan lanmò.
Si Kris la pa te leve sòti vivan nan lanmò, mwen menm mwen pa ta gen anyen pou m anonse nou, epi nou menm, nou pa ta gen anyen pou nou kwè.
Sa ki pi rèd ankò, yo ta mèt di n'ap fè manti sou Bondye lè nou di Bondye te fè Kris la leve sòti vivan nan lanmò. Paske sa pa ta vre, si moun mouri pa leve.
Si moun mouri pa ka leve, Kris la tou pa te leve sòti vivan nan lanmò.
Si Kris la pa te leve sòti vivan nan lanmò, sa nou te kwè a pa ta vo anyen, paske nou ta toujou ap viv nan peche nou yo.
Konsa tou, tout moun sa yo ki te kwè nan Kris la epi ki mouri deja, yo tout se moun ki pèdi nèt tou.
Si espwa nou gen nan Kris la se sèlman pou lavi sa a li bon, nou se moun ki pi malere ki ta gen sou latè.
Se li menm k'ap delivre nou tou, depi nou kenbe l jan mwen te anonse l ban nou an. Si se pa konsa, se ta pou gremesi nou ta mete konfyans nou nan Bondye.
M'ap ekri nou lèt sa a, nou menm ki kwè nan Pitit Bondye a pou nou ka konnen nou gen lavi ki p'ap janm fini an.
Peche peye kach, se lanmò li bay. Men kado Bondye bay gratis la, se lavi etènèl nan Jezikri, Senyè nou an.
Men ki jan pouvwa Papa m lan va parèt aklè: se lè nou donnen anpil, lè nou fè wè se disip mwen nou ye.
Paske, moun ki ta vle sove lavi l va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l poutèt mwen ak Bòn Nouvèl la, li va sove li.
Gremesi bòn nouvèl mwen te anonse nou an, Bondye chwazi nou pou nou ka resevwa pa nou nan lwanj ki pou Jezikri, Senyè nou an.
Sa m'ap di nou la a, se vre wi: moun ki mete konfyans yo nan Bondye, se yo ki gen lavi ki p'ap janm fini an.
Depi lè sa a, Jezi konmanse ap mache bay mesay li a. Li t'ap di: — Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li.
Nou te tankou mouton ki pèdi bann, chak moun bò pa yo. Chatiman ki te pou tonbe sou nou an, Senyè a fè li tonbe sou li.
Lavi tout moun, papa, manman kou pitit, se pou mwen yo ye. Moun ki fè peche a, se li menm k'ap mouri.
Sou pwen sa a, Bondye moutre nou jan li renmen nou anpil. Paske nou te nan peche toujou lè Kris la mouri pou nou.
Men Bondye ki renmen yo, li fè yo gras. Li fè sa pou yo gratis, gremesi Jezikri ki vin delivre yo.
Paske, nan Liv la Bondye te di: Mwen te koute ou, jou pou m'te kote ou la. Mwen te pote ou sekou, jou pou m'te pote ou sekou a. Men jou pou n'resevwa favè Bondye a rive. Se jodi a menm ki jou delivrans lan.
Nenpòt moun ki va kite kay li, osinon frè l, osinon sè l, osinon papa l, osinon manman l, osinon pitit li, osinon jaden l, poutèt mwen, moun sa a gen pou l resevwa san (100) fwa plis pase sa, ansanm ak lavi ki p'ap janm fini an.
Si ou deklare ak bouch ou devan tout moun Jezi se Senyè a, si ou kwè tout bon nan kè ou Bondye te fè l leve sòti vivan pami mò yo, w'a sove.
Koute. Men mwen kanpe la devan pòt la, m'ap frape. Si yon moun tande vwa m, si l louvri pòt la ban mwen, m'a antre lakay li, m'a manje ansanm avè l, l'a manje ansanm avèk mwen.
Men lòd Bondye te ban nou: Mwen mete ou pou sèvi yon limyè pou lòt nasyon yo, pou ou kapab ale toupatou sou latè, moutre ki jan tout moun ka jwenn delivrans.
Se paske li renmen nou kifè li delivre nou, nou menm ki mete konfyans nou nan li. Sa pa sòti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban nou.
Men, lè Sentespri a va desann sou nou, n'a resevwa yon pouvwa. Lè sa a, n'a sèvi m temwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide ak nan tout peyi Samari, jouk nan dènye bout latè.
Konsa, se lè ou tande mesay la ou vin gen konfyans. Mesay la, se pawòl Kris la y'ap anonse.
Li gen pou l cheche tout dlo nan je yo. P'ap gen lanmò ankò, yo p'ap nan lapenn ankò, yo p'ap janm plenyen ankò, yo p'ap janm soufri ankò. Tout vye bagay sa yo pral disparèt.
Se sa k fè mwen pale nan non Kris la menm ki te voye m, tankou si se Bondye menm k'ap pale nan bouch mwen pou di nou: tanpri, nan non Kris la, tounen vin byen ak Bondye ankò.
Sèl bagay, se pou nou toujou rekonèt se Kris la ki sèl Mèt nan lavi nou. Se pou nou toujou pare pou n'reponn chak fwa moun mande nou esplikasyon sou espwa nou gen nan nou an.
Se sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt moun ki rele non Mèt la gen pou jwenn delivrans.
Ki jan y'a fè rele l, si yo poko gen konfyans nan li? Ki jan pou yo gen konfyans nan li, si yo pa tande pale sou li? Ki jan pou yo tande pale sou li,
si pa gen pèsonn pou fè konnen mesay la? Ki jan pou yo fè fè konnen mesay la, si pa gen moun yo voye pou sa? Dapre sa ki te ekri a: Ala bèl bagay lè ou wè moun k'ap pote yon Bòn Nouvèl ap vini!
Ki jan y'a fè rele l, si yo poko gen konfyans nan li? Ki jan pou yo gen konfyans nan li, si yo pa tande pale sou li? Ki jan pou yo tande pale sou li,
si pa gen pèsonn pou fè konnen mesay la? Ki jan pou yo fè fè konnen mesay la, si pa gen moun yo voye pou sa? Dapre sa ki te ekri a: Ala bèl bagay lè ou wè moun k'ap pote yon Bòn Nouvèl ap vini!
Enben, si yon moun ta vin anonse nou yon lòt Bòn Nouvèl ki pa menm ak sa nou te anonse nou an, moun sa a li te mèt se mwen menm, osinon yon zanj ki sòti nan syèl, madichon pou li!
Mwen deja di nou sa, m'ap repete nou sa ankò: Si yon moun vin anonse nou yon levanjil ki diferan ak levanjil nou te resevwa a, se pou madichon tonbe sou li!
Ala bèl sa bèl lè ou wè l'ap parèt sou mòn yo mesaje k'ap kouri pote bon nouvèl k'ap bay kè poze a! L'ap fè konnen delivrans Bondye a. L'ap di moun Siyon yo: Se Bondye ou la k'ap gouvènen!
Jezi reponn li: — Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pèsonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen.
Se li menm sèl ki ka bay delivrans paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè ki kapab delivre nou.
— Se limyè nou ye pou moun sou latè. Moun pa kapab kache yon lavil ki bati sou yon mòn.
Ni yo pa limen lanp pou mete li anba tab. Men yo mete li sou etajè pou li klere tout moun nan kay la.
Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n'ap fè yo, y'a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.
Pran prekosyon pou nou aji byen avè moun ki pa kretyen yo. Pa kite okenn chans pase.
Lè n'ap pale, di bagay ki pou fè yo kontan, ki pou enterese yo. Konn ki jan pou nou reponn chak moun.
Men pawòl verite a: Bondye ban nou lavi ki p'ap janm fini an. Se nan Pitit li a li ban nou li.
Moun ki gen Pitit la, yo gen lavi sa a tou. Men, moun ki pa gen Pitit Bondye a, yo pa gen lavi sa a nonplis.
Se bagay konsa ki byen, ki fè Bondye, Sovè nou an, plezi.
Li ta renmen wè tout moun sove, li ta renmen wè tout moun rive konn verite a.
Fè konnen pawòl Bondye a, mache bay li san pran souf, nan tout sikonstans, tan an te mèt bon li te mèt pa bon. Bay tout kalite prèv, rale zòrèy, bay konsèy, moutre moun yo verite a avèk pasyans nèt ale.
Lespri Bondye, Senyè a, desann sou mwen. Paske Senyè a chwazi m, li voye m pou m anonse bòn nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m geri tout moun k'ap soufri yo, pou m fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.
Chante pou Senyè a, fè lwanj li! Chak jou, fè konnen jan li delivre nou.
Fè nasyon yo konnen pouvwa li. Fè tout pèp yo konnen bèl bagay li fè yo.
Men, lanbisyon m se te pou m fè konnen bòn nouvèl la sèlman kote moun pat ankò janm tande nonmen non Kris la, pou m pat bati sou fondasyon lòt moun te poze,
Lapriyè pou mwen tou, pou Bondye ka mete pawòl nan bouch mwen lè m'a gen pou m pale, pou m ka pale avèk lasirans, pou moun ka rive konnen sekrè ki nan bòn nouvèl la.
Trete manman ou ak papa ou avèk onè, avèk respè. Sa se premye kòmandman an ki gen yon pwomès dèyè li:
Nou mèt wè m nan prizon kounyeya, se Bondye ki ban m misyon fè konnen bòn nouvèl la. Lapriyè pou mwen pou m ka pale avèk lasirans, jan m dwe fè l la.
Jezi di yo ankò: — Lapè avèk nou! Menm jan Papa a voye mwen an, se konsa mwen voye nou tou.
— Tounen lakay ou. Al rakonte tou sa Bondye fè pou ou. Nonm lan pati, li mache fè konnen tou sa Jezi te fè pou li nan tout lavil la.
Lè sa a, li di disip li yo: — Rekòt la anpil, men manke bra.
Soupriye mèt jaden an pou li voye plis ouvriye nan travay la.
Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l'a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale.
— Moun ki va kanpe pou mwen devan lèzòm, mwen menm tou, m'a kanpe pou li devan Papa m ki nan syèl la.
Men tou, moun ki va kanpe devan lèzòm pou di li pa konnen m, mwen menm tou, m'a kanpe devan Papa m ki nan syèl la, m'a di mwen pa konnen l.
Gremesi Jezikri, sèl ofrann san n'ap ofri bay Bondye a, se lwanj n'ap ba li tout tan. Se tout tan pou non l nan bouch nou.
Avèk moun ki fèb nan konfyans yo, m'ap viv tankou si mwen menm tou mwen te fèb, pou m sa mennen yo vini. Konsa konsa, mwen fè m tout jan ak tout moun pou m ka sove kèk nan yo pa tout mwayen posib.
Sèl bagay ki konsekan se pou nou viv yon jan ki konfòm ak bòn nouvèl Kris la. Konsa, mwen ta mèt rive vin wè nou, mwen ta mèt pa kapab, se pou m tande jan n'ap kenbe fèm, jan n'ap viv ansanm yonn ak lòt. Se pou m tande jan n'ap mennen batay la ansanm pou defann konfyans bòn nouvèl la fè nou gen nan Bondye.
Konprann sa byen, se pa tèt pa m m'ap fè nou konnen: men se Jezikri, Senyè a, m'ap fè nou konnen. Mwen menm mwen di nou se sèvi m'ap sèvi nou poutèt Jezi.
Bondye ki te di: Mwen vle pou limyè a klere nan mitan fènwa a, se li menm tou ki fè limyè li a klere nan kè nou pou li fè nou konnen pouvwa li ki yon limyè ki klere byen bèl nan figi Kris la.
Se sa ki fè, frè mwen yo, jan Bondye fè nou wè li gen kè sansib pou nou an, se pou nou ofri nou tankou yon sakrifis apa bay Bondye, yon sakrifis vivan k'ap fè li plezi. Se sèl jan pou nou sèvi Bondye tout bon vre.
Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k'ap viv ansanm ak Kris la. Nan tou sa n'ap fè, se pou nou gen respè yonn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan.
Travay di, pa fè parese. Mete aktivite nan sèvis n'ap rann Mèt la.
Pandan n'ap tann lan, fè kè n kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè.
Bay moun k'ap viv pou Bondye yo konkou lè nou wè yo nan bezwen. Resevwa moun ki vin lakay nou byen.
Mande Bondye pou l beni moun k'ap pèsekite nou. Mande benediksyon, pa mande madichon pou yo.
Fè kè n kontan ak moun ki kontan, kriye ak moun k'ap kriye.
Viv byen yonn ak lòt. Pa kite lògèy moute tèt nou. Viv tankou moun ki san pretansyon. Pa kwè nou gen pi bon konprann pase sa.
Si yon moun fè nou mal, pa chache fè l mal tou. Chache fè sa ki byen nan je tout moun.
Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun, mezi nou kapab fè li.
Mezanmi, pa tire revanj. Men kite kòlè Bondye fè travay li. Paske men sa ki ekri nan Liv la: Se mwen sèl ki gendwa tire revanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se Bondye menm ki di sa.
Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè l'a fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale.
Tande byen, se pa yon lwanj pou mwen dèske m'ap anonse bòn nouvèl la. Sa se yon obligasyon yo fè mwen. Malè pou mwen si m pa anonse bòn nouvèl la!
Men, si n'ap viv nan limyè menm jan li menm Bondye li nan limyè, lè sa a se tout bon n'ap viv ansanm yonn ak lòt. Jezi, Pitit Bondye a, va netwaye nou ak san li anba tout peche nou yo.