Espwa enpòtan anpil nan lavi nou. Kenbe espwa ou fèm nan Bondye. Mete konfyans ou nan li, w'ap wè tout sa kè ou swete rive vre. Pa janm pèdi kouraj, kontinye mache dwat devan ou pou rive atenn objektif ou yo. Pa lage pye, e mete tout sa ou vle nan men Papa nou ki nan syèl la.
Kòm kretyen, pa janm bliye espwa nou genyen pou n al wè Senyè a fasafas. Gras ak sakrifis Jezikri fè a, nou sove grasa favè Bondye, e n ap viv avè l pou letènite. Espwa nan Bondye ap delivre ou anba laperèz pou demen e anba ensètitid. Toujou fè Bondye konfyans, l'ap ba ou fòs pou simonte tout difikilte.
Paske, jan Bib la di nan Jeremi 29:11 (Vèsyon Kreyòl La): “Mwen konnen sa m' gen nan tèt mwen pou nou, se Seyè a menm ki di sa. Se plan byenèt pou nou, pa plan malè. M'ap ban nou yon avni, yon espwa.”
Mennaj mwen, se pou mwen li ye! Mwen menm, se pou li mwen ye! L'ap fè mouton l yo manje nan mitan pye wòz yo.
Men, anvan tout bagay, se pou nou gen renmen ki tankou yon kòd k'ap mare nou ansanm yonn ak lòt.
Lamou pa gen limit. Pouvwa bay mesaj Bondye ap kaba. Pouvwa pale anlang gen pou bout. Konesans gen pou fini.
Ou pa manke bèl, anmourèz mwen! Depi nan pwent zòtèy ou jouk nan pwent cheve ou, ou san defò!
Pa gen dlo ki ka touye l. Pa gen larivyè ki ka tenyen l. Yon moun te mèt ofri tout richès lakay li pou l ta achte renmen, pèsonn pa ta okipe l.
Sò mwen, bèl negès mwen, ou annik gade m yon fwa, ou fè m pèdi lòlòj mwen. M annik wè yonn nan bèl ti chenn nan kou ou yo, m pèdi tèt mwen.
Ala dous karès ou dous, mennaj mwen, bèl nègès mwen! Karès ou pi dous pase siwomyèl. Ou santi pi bon lontan pase pi bon fèy santi bon.
Pran m' avè ou non! Ann kouri ale! Wa a pran mwen nan chanm li: Nou kontan kont kontan nou, Nou kontan nou ansanm. An nou chante karès ou, yo pi dous pase siwomyèl. Jenn fi yo gen rezon renmen ou konsa!
Ala bèl ou bèl, anmourèz mwen! Ala bèl ou bèl! Zye nan tèt ou, ou ta di de bèl chelèn kristal.
Kote dezòm ka kenbe tèt ak yon moun k'ap atake yo, yon sèl p'ap kapab. Paske yon kòd trese ak twa branch pa fasil kase.
Tankou yon bèl ti flè nan mitan pikan, se konsa anmourèz mwen ye nan mitan lòt jenn fi yo.
Koulyeya, gen twa bagay ki rete: se lafwa, lesperans, lamou. Men se lamou ki gen plis valè nan twa a.
Mennaj mwen pou mwen, mwen pou mennaj mwen. L'ap fè mouton l yo manje nan mitan bèl ti flè yo.
Se poutèt sa, gason ap kite manman li ak papa li pou li atache ak madanm li, epi yo de a ap vin fè yon sèl.
Li remoute kouray mwen ak pen rezen. Li rafrechi gòj mwen ak ponm. Mwen malad sitèlman mwen renmen!
Sa pa fasil pou moun jwenn yon bon madanm. Lè li jwenn li, li gen plis valè pase yon boul lò.
Moun ki gen lamou, li gen pasyans, li gen bon kè. Li pa anvye sò moun. Li pa nan fè grandizè. Li pa nan moute kòlèt sou moun.
Lamou pa fè anyen pou fè moun wont. Lamou pa chache avantaj pa li. Li pa fè kòlè, li pa kenbe moun nan kè.
Lamou tout bon pa pran plezi nan fè sa ki mal. Tout plezi li, se nan sa ki vre.
Lacharite pèmèt sipòte tout bagay. Anyen pa brannen konfyans li. Lacharite pa pèdi espwa, l'ap toujou moutre pasyans li.
Grave mwen sou kè ou! Make mwen nan plamen ou! Lanmou fò tankou lanmò. Tankou simityè pa pran priyè, jalouzi pa nan jwèt. Lè maladi lanmou kenbe ou, Li pa lage ou yon may Lanmou limen dife nan tout kò ou. Dife sa a gen sous li soti nan Bondye.
Pa gen dlo ki ka touye l. Pa gen larivyè ki ka tenyen l. Yon moun te mèt ofri tout richès lakay li pou l ta achte renmen, pèsonn pa ta okipe l.
Men, li bon pou nou tou: se pou chak mari renmen madanm yo tankou yo renmen tèt pa yo, epitou se pou chak madanm respekte mari yo.
Jwi lavi avèk fanm ou renmen an, pandan tout jou w'ap viv lavi ki pa vo anyen an, lavi Bondye ba ou pou viv sou latè a. Jwi tout jou sa yo ki yonn pa vo lòt, paske se sèlman sa ki pou ou nan lavi a, apre tout traka ou bay tèt ou pou fè travay ou sou latè.
Grave mwen sou kè ou! Make mwen nan plamen ou! Lanmou fò tankou lanmò. Tankou simityè pa pran priyè, jalouzi pa nan jwèt. Lè maladi lanmou kenbe ou, Li pa lage ou yon may Lanmou limen dife nan tout kò ou. Dife sa a gen sous li soti nan Bondye.
Nou konnen nou renmen Bondye tout bon lè kè nou pa kase pou jou jijman an, paske n'ap viv nan lemonn tankou Kris la t'ap viv.
Mari l mete tout konfyans li nan li. Tout bagay ap mache byen lakay li.
Madanm lan p'ap janm aji mal ak mari l, l'ap pase tout lavi l ap fè l byen.
Mwen mande Senyè a pou nou gen plis renmen yonn pou lòt ak pou tout moun, menm jan mwen renmen nou.
Kote ki gen renmen, pa gen kè kase. Okontrè, lè nou renmen tout bon, si kè nou te kase, li pa kase ankò. Konsa, yon moun ki pè toujou, li poko fin renmen nèt. Paske si ou pè, se paske ou pè chatiman.
Anvan tout bagay, se pou nou yonn renmen lòt anpil. Paske, lè nou renmen, sa fè Bondye padonnen anpil peche.
Senyè a, Bondye a, di ankò: — Sa pa bon pou nonm lan rete pou kont li. M'ap fè yon lòt moun sanble avè l pou ede l.
Lè ou gen yon lòt moun avèk ou, li pi bon pase lè ou pou kont ou, paske ansanm nou bay pi bon rannman nan travay nou.
Si yonn tonbe, lòt la va ba l men pou l leve. Men, malè pou moun k'ap viv pou kont li! Si l tonbe, p'ap gen moun pou ba l men.
Tankou yon pye kayimit nan mitan yon rakbwa, se konsa mennaj mwen ye nan mitan tout jenn gason yo. Mwen renmen chita anba lonbray li. Fwi li gou nan bouch mwen.
Lè ou gen renmen nan kè ou, ou padonnen tout peche. Men, lè ou rayi moun, ou toujou ap chache kont.
Se konsa Jakòb pase setan ap travay kay Laban pou l te ka marye ak Rachèl. Sèt lanne yo te pase tankou dlo, paske li te renmen ti fi a.
Se pou ou toujou viv byen ak tout moun. Se pou ou toujou gen yon sèl pawòl. Mete pawòl mwen yo nan kou ou tankou yon kolye, kenbe yo nan kè ou pou ou pa janm bliye yo.
Si ou fè sa, Bondye va kontan ak ou, lèzòm va nonmen non ou anbyen.
Nou menm mari yo, se pou nou renmen madanm nou menm jan Kris la te renmen legliz la, jouk li te asepte mouri pou li.
Moun ki gen renmen nan kè yo pa fè moun mal: se sa k fè lè nou renmen, nou fè tou sa lalwa a mande nou fè.
(11) Lè sa a nan peyi a, moun yo yonn va renmen lòt, pèsonn p'ap bay lòt manti ankò. Moun va viv byen yonn ak lòt, pèsonn p'ap fè lòt lenjistis ankò!
Pa janm vante tèt nou. Aji avèk dousè ak pasyans ak tout moun. Se pou nou yonn sipòte lòt avèk renmen nan kè nou.
Sentespri a mete nou ansanm. Se pou nou fè tou sa nou kapab pou nou ka toujou fè yon sèl kò, pou nou viv ak kè poze ansanm yonn ak lòt.
Bouch mennaj mwen bay gou siwomyèl. Li bèl gason nan tout kò li. Se konsa mennaj mwen ye, Se konsa zanmi mwen an ye, medam Jerizalèm yo!
Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seryozite, li fè ou gen bon manyè.
Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo.
Se pou li bo mwen byen bo! Wi, karès ou dous, yo pi dous pase siwomyèl.
Yo anvayi m' pi byen pase lodè losyon sou ou. Kote ou pase, ou se sant yon bon pafen k'ap rale moun. Mwen pa sezi pou jan jenn fi yo damou pou ou!
Men dezyèm kòmandman an ki gen menm enpòtans ak premye a: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.
Pa fè granmoun gason yo repwòch twò di. Pale ak yo tankou ou ta pale ak papa ou. Aji ak jennjan yo tankou si yo te frè ou;
ak granmoun fanm yo, tankou si yo te manman ou. Ak jenn fi yo, tankou si yo te sè ou, san okenn move lide.
Menm jan an tou, nou menm mari, nan tout bagay, se pou nou viv byen ak madanm nou paske yo pi delika pase nou. Yo resevwa nan Bondye menm lavi ak nou tankou yon favè Bondye.
Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k'ap viv ansanm ak Kris la. Nan tou sa n'ap fè, se pou nou gen respè yonn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan.
Mezanmi, se pou nou yonn renmen lòt paske renmen sòti nan Bondye. Moun ki gen renmen nan kè yo, se pitit Bondye yo ye. Yo konnen ki moun Bondye ye.
Maryaj se yon bagay tout moun dwe respekte anpil. Moun ki marye yo dwe rete fidèl yonn ak lòt. Bondye gen pou jije moun k'ap mennen movèz vi yo ansanm ak moun k'ap fè adiltè yo.
enben, men sa m'ap mande nou: Fè kè m kontan nèt. Se pou nou viv byen yonn ak lòt, se pou nou yonn renmen lòt menm jan an, pou nou tout gen yon sèl lide nan tèt nou ak yon sèl santiman nan kè nou.
Okontrè, se pou nou aji byen yonn ak lòt, se pou nou gen bon kè yonn pou lòt, pou nou yonn padonnen lòt, menm jan Bondye te padonnen nou nan Kris la.