Pa kite nanm mwen antre nan konsèy pa yo; pa kite glwa mwen vin reyini avèk asanble pa yo. Akoz nan kòlè yo, yo te touye moun, e nan volonte egoyis pa yo, yo te koupe blese jarèt bèf.
Sòm 1:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Beni se nonm ki pa mache nan konsèy mechan yo ni kanpe nan pa pechè yo, ni chita nan chèz mokè yo, 1998 Haïtienne Ala bon sa bon pou moun ki pa koute konsèy mechan yo, ki pa swiv egzanp moun k'ap fè sa ki mal, ki pa chita ansanm ak moun k'ap pase Bondye nan betiz, |
Pa kite nanm mwen antre nan konsèy pa yo; pa kite glwa mwen vin reyini avèk asanble pa yo. Akoz nan kòlè yo, yo te touye moun, e nan volonte egoyis pa yo, yo te koupe blese jarèt bèf.
Li te vin rive ke kòmsi li te yon ti bagay pou li te mache nan peche a Jéroboam yo, fis a Nebat la, ke li te marye ak Jézabel, fi a Ethbaal la, wa a Sidonyen yo, li te ale sèvi Baal e te adore li.
Li menm tou te mache nan chemen lakay Achab yo, paske manman li te konseye li pou fè mal.
Èske se vrèman bon pou Ou ta oprime; pou meprize zèv men Ou yo e pou Ou gade ak favè, manèv a mechan yo?
A la beni sila ki kenbe jistis yo beni. Beni se sila ki pratike ladwati nan tout tan yo!
Louwe SENYÈ a! A la beni nonm ki krent SENYÈ a beni! Sila ki pran gwo plezi nan kòmandman Li yo.
A la beni sila ki gen sekou nan Bondye Jacob la beni, sila ki mete espwa li nan SENYÈ a, Bondye li a,
SENYÈ a pwoteje etranje yo. Li bay soutyen a òfelen an ak vèv la, men Li jennen wout mechan an.
Fè omaj a Fis la, pou L pa vin fache, epi ou ta mouri nan chemen an. Paske gwo chalè Li kab limen ase vit. A la beni se tout sila ki kache nan Li.
Sou kabann li, li fè plan mechan; Li antre nan yon wout ki p ap sòti byen; Li pa rayi mal.
Pwoteje m kont konsèy sekrè a malfektè yo, kont boulvèsman a sila ki fè mechanste yo.
“Jiskilè, O moun san bon konprann yo, nou va renmen rete san konprann anyen? Pou mokè yo rejwi yo nan moke moun e moun san konprann yo rayi konesans?
Mwen pa t chita nan sèk moun k ap fè banbòch, ni mwen pa t vante tèt mwen wo. Akoz men Ou sou mwen, mwen te chita apa pou kont mwen, paske Ou te ranpli mwen ak endiyasyon.
Mwen te di a pitit yo nan dezè a: ‘Pa mache nan règleman a papa nou yo, ni swiv règleman yo oswa souye tèt nou ak zidòl yo.
Jésus te reponn li: “Ou menm ou beni, Simon, fis Jonas la, paske chè avèk san pa t revele ou sa, men Papa M ki nan syèl la.
Li pa t dakò avèk plan yo a. Se te yon mesye ki te soti Arimathée, yon vil a Jwif yo, e li t ap tann vini wayòm Bondye a.
Selon Li menm tou pa lafwa, nou te twouve aksè a gras sa a ki fè nou kanpe fèm. Epi nou rejwi nan esperans laglwa Bondye a.
Konsa, se pou nou pran tout pwotèj a Bondye a nèt pou nou kapab reziste nan move jou a, epi lè nou fin fè tout bagay, pou nou kanpe fèm.
Nenpòt bèt ak zago divize ki remonte manje li pami tout bèt yo, sila nou kapab manje.
Beni ou ye, O Israël! Kilès ki sanble avèk ou, yon pèp delivre pa SENYÈ a, ki se pwotèj k ap ba ou sekou a ki se nepe a majeste ou? Konsa, lènmi ou yo va vin kraponnen devan ou, e ou va foule wo plas yo.”
Paske tan ki pase deja a, sifi pou nou te akonpli tout dezi a payen yo. Nou te konn pouswiv yon kous sansyèl, dezi chanèl, vin sou, banbòch, gwo fèt bwason, ak idolatri ki abominab.
Beni se sila ki lave vètman yo, pou yo kapab gen dwa nan pyebwa lavi a, e kapab, pa pòtay yo, antre nan vil la.