Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 146:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 A la beni sila ki gen sekou nan Bondye Jacob la beni, sila ki mete espwa li nan SENYÈ a, Bondye li a,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Ala bon sa bon pou moun ki gen Bondye Jakòb la pou tout sekou l, pou moun ki mete tout espwa l nan Senyè a, Bondye li!

Gade chapit la Kopi




Sòm 146:5
17 Referans Kwoze  

‘Konsa ou va di a Joseph: Souple, mwen mande ou padon pou transgresyon a frè ou yo avèk peche pa yo, paske yo te fè ou tò.’ Koulye a, souple, padone transgresyon sèvitè Bondye a papa ou yo.” Epi Joseph te kriye lè yo te pale avèk li.


A la beni pèp ki ranje konsa beni! A la beni pèp ki gen Bondye pou SENYÈ yo beni.


Yo te pliye e yo te tonbe, men nou te leve e nou te kanpe dwat.


Beni se nasyon ki gen Bondye kon SENYÈ yo,


Konsa, SENYÈ, kisa m ap tann nan? Espwa m se nan Ou.


SENYÈ dèzame yo avèk nou. Bondye Jacob la se sitadèl nou. Tan


SENYÈ dèzame yo avèk nou. Bondye Jacob la se sitadèl nou.


Vini, gade byen zèv a SENYÈ yo ki gwo dega Li fè nan tout latè.


Paske Ou se espwa m, O SENYÈ Bondye, Ou se konfyans mwen soti nan jenès mwen.


O SENYÈ dèzame yo! A la moun ki mete konfyans li nan Ou a beni!


O SENYÈ dèzame yo, tande lapriyè mwen. Prete zorèy Ou, O Bondye Jacob la! Tan


Li te di anplis: “Mwen se Bondye a zansèt ou yo, Bondye Abraham nan, Bondye a Isaac, e Bondye a Jacob la.” Moïse te kache figi li, paske li te pè gade Bondye.


Sila ki bay atansyon a pawòl la va jwenn sa ki bon; beni se sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a.


Beni ou ye, O Israël! Kilès ki sanble avèk ou, yon pèp delivre pa SENYÈ a, ki se pwotèj k ap ba ou sekou a ki se nepe a majeste ou? Konsa, lènmi ou yo va vin kraponnen devan ou, e ou va foule wo plas yo.”


ki pa Li menm kwè nan Bondye ki te leve Li nan lanmò e te bay Li glwa, pou lafwa ak esperans nou ta kapab nan Bondye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite