Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 36 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Pou direktè koral la; Yon Sòm David, sèvitè SENYÈ a

1 Se Peche ki pale nan fon kè a lòm ki san Bondye. Nanpwen krent Bondye devan zye l.

2 Jan li kontan ak pwòp tèt li, li pa janm wè pwop peche pa l la.

3 Pawòl a bouch li se mechanste avèk manti. Li fè yon chemen ki pa bon.

4 Sou kabann li, li fè plan mechan; Li antre nan yon wout ki p ap sòti byen; Li pa rayi mal.

5 Lanmou dous Ou, O SENYÈ, rive jis nan syèl yo, fidelite Ou nan syèl la.

6 Ladwati Ou se tankou mòn Bondye yo, ejijman Ou yo tankou yon gran pwofondè. O SENYÈ, Ou prezève ni lòm, ni bèt.

7 Lanmou dous Ou chè, O Bondye! Pitit a lòm yo pran azil anba lonbraj zèl Ou.

8 Yo bwè jiskaske yo vin plen an abondans lakay Ou. Konsa,Ou bay yo bwè nan rivyè plezi Ou yo.

9 Paske avèk Ou, se fontèn dlo lavi a. Nan limyè pa Ou a, nou wè limyè.

10 O bay toujou lanmou dous Ou a pou sila ki konnen Ou yo, ak ladwati Ou pou sila ki dwat nan kè yo.

11 Pa kite pye ògèy vini sou mwen, ni pa kite men a mechan yo chase mwen ale.

12 Se la sila k ap fè inikite yo gen tan fin tonbe. Yo te peze desann ak fòs, e yo p ap kab leve ankò.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite