Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 3:34 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

34 Li moke moun k ap moke, men Li bay gras a sila ki aflije yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

34 Moun k'ap pase moun nan betiz, Bondye ap pase yo nan betiz tou. Men, moun ki fè byen, l'ap moutre yo jan li renmen yo.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 3:34
12 Referans Kwoze  

Paske malgre SENYÈ a egzalte, Li toujou okipe sila ki ba yo. Men moun ki ògeye yo, Li rekonèt yo de lwen.


Avèk sila ki san tach, Ou montre li san tach Ou. Epi avèk sila ki kwochi a, Ou parèt koken.


konsa, mwen menm anplis, va ri sou malè nou yo. Mwen va moke nou lè gran laperèz la rive,


Moun ensanse kontwole peche kon jwèt; men pami moun dwat yo, gen bòn volonte.


Li pi bon pou rete enb nan lespri avèk sila ki ba yo, pase divize piyaj ak moun ògeye yo.


Gen desizyon jijman pou mokè yo; ak kou pou do a moun ensanse yo.


Ògèy, Monte Tèt Wo, Mokè; men tit a sila ki aji nan ògèy ak ensolans yo.


Si ou saj, ou saj pou pwòp tèt ou; e si ou moke, ou pote sa a pou kont ou.


Paske se konsa Sila ki wo e egzalte, Sila ki viv jis pou tout tan an, non a Li se Sila ki Sen an, pale: “Mwen rete nan kote ki wo e ki sen, anplis ak li menm ki gen kè ki pi e ki enb, pou fè leve lespri a enb yo, e fè leve kè a sila a ki plen regrè pou peche.


Men Li bay yon pi gwo gras. Konsa, li di: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li fè gras a moun ki enb yo.”


Nou menm, jènjan yo, vin soumèt nou a lansyen yo. Ke nou tout, abiye nou avèk imilite youn anvè lòt, paske: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li bay gras a moun enb yo".


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite