Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Pwovèb 1:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 “Jiskilè, O moun san bon konprann yo, nou va renmen rete san konprann anyen? Pou mokè yo rejwi yo nan moke moun e moun san konprann yo rayi konesans?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 L'ap di: Bann egare! Kilè n'a sispann renmen fè tenten? Kilè n'a sispann pran plezi nou nan pase tout bagay nan betiz? Kilè moun fou yo va sòti pou yo aprann?

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 1:22
34 Referans Kwoze  

Ou va di: “Ki jan mwen te rayi enstriksyon! Ak “Ki jan kè m te rayi repwòch!


akoz yo te rayi konesans e pa t chwazi gen lakrent SENYÈ a.


Beni se nonm ki pa mache nan konsèy mechan yo ni kanpe nan pa pechè yo, ni chita nan chèz mokè yo,


Lespri a ak lamarye a di: “Vini”. Kite sila ki tande a di: “Vini!” Kite sila ki swaf la vini. Kite sila ki vle pran dlo lavi a san frè a vini.


Konnen sa dabò, ke nan dènye jou yo mokè yo va vin moke, sila k ap swiv pwòp dezi lachè yo,


“Paske chak moun ki fè mal, li rayi limyè a, e pa vin kote limyè a, akoz perèz zèv li yo ta vin parèt.


Li t ap di: “Si ou te konnen nan jou sa, menm ou menm, bagay ki konn fè lapè! Men koulye a, bagay sa yo kache de zye ou.


Men ale konprann kisa sa vle di: ‘Mwen dezire mizerikòd, pa sakrifis’, paske mwen pa t vini pou rele jis yo, men pechè yo.”


Lè mokè a vin pini, moun san konprann nan vin saj; men lè moun saj la enstwi, li resevwa konesans.


“O Jérusalem, Jérusalem, ki touye pwofèt yo e asasine sila ki te voye a li menm yo avèk kout wòch! Konbyen fwa Mwen te vle rasanble nou ansanm, kon yon poul rasanble pitit li anba zèl li, men nou pa t vle.


Jésus te reponn. Li te di: “O jenerasyon enkredil e pèvès; pandan konbyen de tan M ap avèk nou? Pandan konbyen de tan M ap sipòte nou? Mennen li ban Mwen!”


Gen desizyon jijman pou mokè yo; ak kou pou do a moun ensanse yo.


Sila ki moke a pa renmen sila ki fè l repwòch la; li pa janm ale kote moun saj.


Yon mokè chache sajès, e li pa jwenn anyen; men konesans fasil pou sila ki gen bon konprann nan.


O moun ensanse yo, vin aprann pridans! Moun fou yo, vin konprann sajès!


Konsa, mwen te wè pami moun sòt yo, e te rekonèt pami jenn yo, yon jennonm ki te manke bon sans;


Pou konbyen de tan ou va kouche konsa O parese? Se kilè ou va leve soti nan dòmi?


Li moke moun k ap moke, men Li bay gras a sila ki aflije yo.


Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès la; sila ki plen foli, meprize sajès ak lenstriksyon.


Pou avèti san konprann yo e bay konesans ak pridans a jenn yo.


Veye sa a, nou menm ki ensansib pami pèp la; Kilè n ap konprann, nou menm ki bèt?


Se kilès ki tankou Job, k ap bwè giyonnen moun tankou se dlo,


Pou konbyen de tan, Mwen va sipòte kongregasyon mechan sila k ap bougonnen kont Mwen an? Mwen fenk tande plent ke fis Israël yo ap fè kont Mwen.


Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Pou konbyen de tan nou va refize kenbe kòmandman Mwen yo, ak enstriksyon Mwen yo?


Moïse avèk Aaron te ale vè Farawon, e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: ‘Jiska konbyen de tan ou va refize imilye ou devan Mwen? Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.


Nan tèt lari ki gen zen yo, li kriye fò. Nan antre pòtay lari yo, li fè moun tande tout pawòl li yo:


Paske chemen kwochi a moun san konprann yo va touye yo. Kè kontan a sila ki plen foli va detwi yo.


Ògèy, Monte Tèt Wo, Mokè; men tit a sila ki aji nan ògèy ak ensolans yo.


Sila ki reflechi, wè mal e kache kò li; men ensanse yo antre ladann e jwenn pinisyon.


Lave kè ou retire mal la, O Jérusalem, pou ou ka sove. Pou jiskilè panse mechan nou yo va rete anndan ou?


Mwen te wè abominasyon nou yo, akadiltè ou yo e ranni ak anvi pou fè pwostitisyon lèd ou yo, sou kolin ak nan chan yo. Malè a ou menm, O Jérusalem! Pou jiskilè ou va rete pa pwòp?” Pou konbyen de tan sa va dire?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite