Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 15:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Mwen pa t chita nan sèk moun k ap fè banbòch, ni mwen pa t vante tèt mwen wo. Akoz men Ou sou mwen, mwen te chita apa pou kont mwen, paske Ou te ranpli mwen ak endiyasyon.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 Mwen pa pèdi tan m chita ak moun k'ap bay blag pou m pran plezi m ak yo. Ou te pran m anba ponyèt ou. M mete kò m sou kote, paske ou te fè m fache menm jan avè ou!

Gade chapit la Kopi




Jeremi 15:17
13 Referans Kwoze  

Kite li chita apa pou kont li, e rete an silans, akoz Li te poze sa sou li.


Beni se nonm ki pa mache nan konsèy mechan yo ni kanpe nan pa pechè yo, ni chita nan chèz mokè yo,


Konsa, “‘Soti nan mitan yo, e separe de yo’, di Senyè a. ‘Pa touche sa ki enpi. Mwen va akeyi nou.


Men si ou pa koute sa a, nanm mwen va kriye an sekrè pou kalite ògèy sa a. Wi, zye m va kriye anmè e koule anpil dlo, akoz bann mouton SENYÈ a fin kaptif nèt.


Men mwen plen ak kòlè SENYÈ a. Mwen vin bouke ak kenbe l anndan. “Vide li sou timoun lari yo ak sou jenn gason k ap rasanble; paske ni mari, ni madanm, yo va vin pran, menm sa ki nan laj ak granmoun.


Mwen kouche zye tou louvri. Mwen tankou yon zwazo izole sou twati kay la.


“Se konsa bagay la te fini. Pou mwen menm, Daniel, refleksyon mwen yo te twouble m anpil anpil, e figi m te vin pal; men mwen te kenbe bagay la nan kè m.”


“Anplis, ou pa prale nan yon kay ki gen fèt pou chita ak yo pou manje ak bwè.”


Ou wè, Mwen te deziye ou nan jou sa a sou nasyon yo, ak sou wayòm yo, pou rache, pou demoli, pou detwi, pou boulvèse, pou bati ak pou plante.”


Epi zanj SENYÈ a te di: “O SENYÈ dèzame yo, pandan konbyen de tan Ou va refize gen konpasyon pou Jérusalem ak vil a Juda yo, de kilès Ou te si tèlman pa t kontan pandan swasann-dis ane sila yo?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite