Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 64 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen


Pou direktè koral la. Yon Sòm David.

1 Tande vwa m, O Bondye nan plent mwen an. Konsève lavi m kont laperèz lènmi an.

2 Pwoteje m kont konsèy sekrè a malfektè yo, kont boulvèsman a sila ki fè mechanste yo.

3 Ki te file lang yo tankou nepe. Yo te pwente flèch pawòl anmè yo,

4 pou tire an kachèt sou sila ki inosan yo. Sibitman yo tire sou li, san lakrent.

5 Yo kenbe fèm a pwòp desen mechan yo. Yo pale sou pyèj ke y ap fòme an sekrè yo. Yo di: “Se kilès ki kab wè yo?”

6 Yo fè manèv pou enjistis e di: “Nou prè pou yon konplo byen fòme”. Paske panse lenteryè a moun se byen fon.

7 Men Bondye va tire sou yo avèk yon flèch. Sibitman, yo va blese.

8 Konsa, yo va chape tonbe. Pwòp lang pa yo va kont yo. Tout moun ki wè yo va souke tèt yo.

9 Nan moman sa a, tout moun va krent. Konsa, yo va deklare zèv Bondye yo. Ak sajès yo va konsidere sa Li te fè a.

10 Nonm ladwati a va kontan nan SENYÈ a! Yo va pran refij nan Li, epi tout moun dwat yo va fè kè kontan.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite