Sòm 26 - Bib Sen An: Kreyòl AyisyenYon sòm David 1 Fè m jistis, O SENYÈ, paske mwen te mache nan entegrite mwen. Mwen te mete konfyans mwen nan SENYÈ a san varye. 2 Chache anndan m, O SENYÈ, e pase mwen a leprèv. Sonde panse mwen avèk kè m. 3 Paske lanmou dous Ou a devan zye m. Mwen te mache nan verite Ou. 4 Mwen pa chita avèk mesye k ap twonpe moun yo. Ni mwen pa pale avèk sila k ap pran poz yo. 5 Mwen rayi asanble malfektè yo, e mwen pa chita avèk mechan yo. 6 Mwen va lave men m nan inosans, e mwen va antoure lotèl Ou, O SENYÈ, 7 pou m kapab pwoklame avèk vwa remèsiman a, e deklare tout mèvèy Ou yo. 8 O SENYÈ, Mwen renmen abitasyon lakay Ou, avèk kote ke glwa Ou rete a. 9 Pa retire nanm mwen ansanm avèk pechè yo, ni lavi m avèk mesye ki vèse san yo, 10 nan men a sila ki gen manèv mechan yo, ki nan mechanste pote kado vèse anba tab yo. 11 Men pou mwen, mwen va mache nan entegrite mwen. Delivre mwen e fè m gras. 12 Pye m kanpe sou yon plas byen plat. Nan asanble a, mwen va beni SENYÈ a. |
Copyright © 2017-2023 Ron Smith
eBible.org