Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Pwovèb 4:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Chemen mechan yo tankou tenèb; yo pa konnen sou kisa pou yo tonbe.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Chemen moun mechan yo fè nwa kou lannwit. Yo pa ka wè sou kisa y'ap bite.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 4:19
16 Referans Kwoze  

Yo tatonnen nan fènwa a san limyè. Li fè yo kilbite tankou moun sou.


Li bourade pouse lwen limyè a pou rive nan tenèb, e chase jis deyò mond kote moun rete a.


Nan gwo lajounen, yo jwenn ak tenèb, e yo egare gwo midi tankou se te lannwit.


Yo pa konnen ni yo pa konprann. Yo mache toupatou nan fènwa. Tout fondasyon tè yo fin souke nèt.


Kont sila ki kite chemen ladwati yo pou mache nan chemen fènwa yo;


Pikan ak pèlen se nan chemen a pèvès yo; sila ki veye nanm li, va rete lwen yo.


Bay glwa a SENYÈ a, Bondye nou an, avan li pote fènwa, avan pye nou vin glise tonbe sou mòn k ap plen tenèb yo; pou pandan nou ap tann limyè, Li pa fè l antre nan fènwa lanmò a pou l rive nan tenèb ki san espwa.


Akoz sa, chemen pa yo va yon wout ki glise nan tenèb la; yo va vin chase jis rive nan fènwa e vin glise tonbe ladann; paske Mwen va mennen gwo kalamite sou yo nan ane règleman yo,” deklare SENYÈ a.


Pa okipe yo. Yo se avèg k ap gide avèg. Si yon avèg ap gide yon avèg, se toude k ap tonbe nan yon twou.”


Konsa, nan moman sa a, M ap deklare: ‘Mwen pa t janm konnen nou. Kite Mwen, nou tout ki pratike lenjistis.’


Men si yon moun mache lannwit, l ap tonbe, paske limyè a pa nan li.”


Akoz sa, Jésus te di yo: “Pou yon ti tan anplis, limyè a pami nou. Mache pandan nou gen limyè a, pou tenèb la pa gen tan pran nou. Sila ki mache nan tenèb la pa konnen kote l ap prale.


Men sila ki rayi frè li se nan tenèb la, epi mache nan tenèb la. Li pa konnen kote l ap w ale, paske tenèb la fin fè l avèg.


L ap pwoteje pye a sen Li yo; men, mechan yo va jwenn silans nan tenèb la; paske se pa pa lafòs ke yon nonm vin reyisi.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite