Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -

Sòm 112 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Louwe SENYÈ a! A la beni nonm ki krent SENYÈ a beni! Sila ki pran gwo plezi nan kòmandman Li yo.

2 Desandan li yo va pwisan sou latè. Jenerasyon ladwati a va beni.

3 Anpil byen ak gwo richès rete lakay li. Ladwati li dire pou tout tan.

4 Limyè vin leve nan tenèb pou moun ladwati a; Li plen gras ak mizerikòd, ak jistis.

5 L ale byen pou nonm nan ki gen mizerikòd e ki prete; Li va prezève koz li a nan jijman an.

6 Paske li p ap janm ebranle. Moun dwat la va sonje jis pou tout tan.

7 Li p ap krent move nouvèl. Kè Li fèm ak konfyans nan SENYÈ a.

8 Kè li kanpe janm. Li pa pè anyen, jiskaske denyè moman an lè li gade ak kè kontan advèsè li yo.

9 Li te bay ak jenewozite a pòv yo. Ladwati li dire jis pou tout tan. Kòn li va egzalte nan lonè.

10 Mechan an va wè l e l ap vekse nèt. Li va manje dan l e vin fonn pou l disparèt. Dezi a mechan an va peri.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith

eBible.org
Swiv nou:



Piblisite